Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 29

Jou ke tout bagay te resisite a, Mwen te vin pami lèzòm, epi Mwen te pase kèk nwit ak kèk jou mèvèye avèk yo. Se sèlman nan nivo sa lèzòm santi ke Mwen enpe aproche yo, epi pandan entèraksyon yo avèk Mwen ap fèt pi souvan, yo wè kèk bagay nan sa Mwen genyen ak sa Mwen ye—kòm rezilta, yo vin gen konesans de Mwen. Pami tout pèp yo, Mwen leve tèt Mwen epi M obsève, epi yo tout wè Mwen. Poutan lè katastròf frape mond lan, toudenkou yo vin enkyè, epi imaj Mwen disparèt nan kè yo, puiske yo panike lè yo wè dezas yo rive, yo pa fè okenn atansyon ak egzòtasyon M yo. Mwen vizite lèzòm pandan anpil ane, poutan yo toujou rete enkonsyan epi yo pa janm konnen Mwen. Jodi a M’ap di yo sa avèk pwòp bouch Mwen, epi M ap fè tout pèp vin devan Mwen pou resevwa yon bagay nan men M, men poutan yo toujou rete lwen Mwen, donk yo vin pa konnen Mwen. Lè Mwen depoze Pye Mwen nan linivè epi jiska bout latè, lèzòm pral kòmanse reflechi sou tèt yo, epi tout pèp yo pral vin jwenn Mwen, y ap koube yo devan Mwen epi y ap adore Mwen. Sa ap jou louwanj Mwen, jou M ap retounen an, epi tou jou Mwen prale a. Kounye a, Mwen kòmanse travay Mwen pami tout limanite, fòmèlman Mwen angaje Mwen nan tout mond lan konsènan konklizyon plan jesyon Mwen an. Depi jodi a jiska la fen, nenpòt moun ki pa pridan ka plonje nan yon chatiman san pitye, epi sa ka rive nenpòt moman. Sa p ap fèt paske Mwen pa gen konpasyon; men pito, se yon etap nan plan jesyon Mwen an; tout bagay dwe pase daprè pwosesis plan Mwen an, epi okenn moun pa ka chanje sa. Lè Mwen kòmanse travay Mwen an fòmèlman, tout moun pran menm direksyon avè M, jiskaske tout moun nan mond lan konsantre yo pou yo mache avèk Mwen, genyen “jibilasyon” tout kote nan mond lan, epi Mwen motive lèzòm pou yo avanse. Kòm konsekans, Mwen mete gran dragon rouj la limenm nan yon eta foli ak konfizyon, epi sa itil travay Mwen, epi tou, malgre se pa volonte li, li pa kapab swiv pwòp dezi li, men li pa gen lòt chwa ke pou l soumèt li ak kontwòl Mwen. Nan tout plan M yo, gran dragon wouj la se obstak Mwen, ènmi Mwen, epi tou sèvitè Mwen; nan sans sa, Mwen pa janm modere “kondisyon” mwen avèk li. Poutèt sa, dènye etap travay enkanasyon Mwen an vin konplè nan kay li a. Nan fason sa, gran dragon wouj la vin plis ka fè travay pou Mwen kòmsadwa, atravè sa, M ap pote viktwa sou li epi acheve plan Mwen an. Pandan M ap travay, tout zanj yo anbake avèk Mwen nan yon batay desizif epi yo deside akonpli dezi M yo nan dènye etap la, pou moun ki sou latè ka koube devan M menm jan ak zanj yo, epi pou yo pa gen okenn dezi pou yo opoze Mwen, epi pou yo pa fè anyen ki revòlte kont Mwen. Sa yo se fason travay Mwen an ap dewoule nan linivè antye.

Objektif ak enpòtans avènman Mwen pami lèzòm se pou sove tout limanite, pou pote tout limanite tounen nan kay Mwen an, pou reyini syèl la ak tè a, epi pou fè lòm bay “sinyal” ant syèl la ak tè a, paske sa se fonksyon natirèl lòm. Nan moman Mwen te kreye lèzòm, mwen te prepare tout bagay pou yo, epi aprè, Mwen te pèmèt lèzòm resevwa, selon kondisyon Mwen yo, richès Mwen te ba yo. Konsa, Mwen di se anba direksyon Mwen limanite jwenn richès sa yo jodi a. Epi tout sa se plan Mwen. Pami tout limanite, yon kantite moun yo pa ka fin konte egziste anba pwoteksyon lanmou mwen, epi anpil lòt ke yo pa ka fin konte ap viv anba chatiman rayisman Mwen. Menmsi tout moun priye Mwen, yo toujou pa kapab chanje sikonstans akytèl yo; yon fwa ke yo pèdi espwa, yo ka sèlman kite lanati aji epi sispann obeyi Mwen, paske sa se tout sa lòm ka akonpli. E pou eta lavi lòm, lòm toujou nan necesite vrè vi a, li toujou poko wè atravè injistis, dezolasyon, ak kondisyon mizerab mond lan—donk, si se pa t pou avènman katastwòf yo, pi fò moun t ap ambrase Manman Lanati, epi yo t ap toujou plonje yo nan plezi ki nan “lavi” a. Èske se pa sa ki reyalite mond lan? Èske sa pa pawòl sali a ke Mwen pale avèk lòm? Poukisa, pami lèzòm, okenn moun pa t janm renmen M tout bon vre? Poukisa lèzòm renmen Mwen sèlman lè yo ap sibi chatiman ak eprèv, poutan okenn moun pa renmen M pandan yo anba pwoteksyon Mwen? Mwen voye chatiman Mwen sou lèzòm anpil fwa. Yo voye je gade li, men aprè yo inyore li, epi yo pa etidye oswa reflechi sou li nan moman an, donk tout sa ki vin tonbe sou lèzòm se yon jijman san pitye. Sa se tou senpleman yonn nan metòd travay Mwen, men se toujou nan objektif pou chanje lèzòm epi pou fè yo renmen Mwen.

M ap renye nan wayòm nan, epi, anplis, M ap renye nan linivè antye; Mwen se Wa Wayòm nan epi an menm tan Mwen se Chèf linivè a. Depi jodi a jiska la fen, Mwen pral rasanble tout sila yo ke Mwen pa t chwazi epi Mwen pral kòmanse travay Mwen pami payen yo, epi Mwen pral anonse dekrè administratif Mwen yo ak tout linivè antye, pou M ka anbake M nan pwochen etap travay Mwen an avèk siksè. M pral itilize chatiman pou M pwopaje travay Mwen an pami payen yo, sa ki vle di, M pral itilize lafòs kont tout sila yo ki se payen. Natirèlman, travay sa pral fèt an menm tan ak travay travay Mwen pami sila ke M chwazi yo. Lè moun Mwen yo ap dirije epi egzèse pouvwa sou latè, sa pral jou ke Mwen pral konkeri tout moun sou latè tou, epi, anplis, sa pral moman repo Mwen—epi se sèlman lè sa a Mwen pral parèt devan tout sila yo ke Mwen te konkeri. M ap parèt sou montay sen an, epi M ap kache tèt Mwen pou mond salte a pa wè Mwen. Tout sila ke Mwen te konkeri yo epi ki vin obeyisan devan Mwen ap kapab wè vizaj Mwen avèk pwòp je yo, epi y ap kapab tande vwa Mwen avèk pwòp zòrèy yo. Sa se benediksyon pou sila yo ki fèt nan dènye jou yo, sa se benediksyon Mwen te predestine, epi okenn moun pa ka chanje sa. Jodi a, Mwen travay nan fason sa pou avantaj travay Mwen nan lavni. Tout travay Mwen konekte yonn ak lòt, nan yo tout, genyen yon apèl ak yon repons: pa janm gen yon etap ki kanpe toudenkou, epi pa janm gen yon etap ki reyalize pou kont li pa rapò ak yon lòt. Èske se pa vre? Èske travay nan tan pase yo pa fondasyon travay jodi a? Èske pawòl nan tan pase yo pa pyonye pawòl jodi a? Èske etap nan tan pase yo pa orijin etap jodi a? Lè Mwen ouvè gwo woulo liv la, sa se lè M ap chatye tout moun nan tout linivè a, lè tout moun tout kote nan mond lan ap sibi eprèv, epi sa se dènye nivo travay Mwen an; tout moun ap viv sou yon tè ki san limyè, epi tout moun ap viv nan mitan menas ke pwòp anviwonman yo poze. Nou te ka di tou, se lavi ke lèzòm pa t janm eksperimante depi tan kreyasyon an jiska jounen jodi a, epi pyès moun a travè epòk yo pa t janm “jwi” yon vi konsa, alò Mwen di ke Mwen fè travay ki pa t janm fèt avan. Sa se vrè sans bagay yo, sa se sinifikasyon santral la. Paske jou Mwen an ap apwoche pi prè tout limanite, paske li pa sanble lwen men li jis devan je lèzòm, kiyès ki ka pa gen krent an konsekans? Epi kiyès ki ka pa kontan de sa? Vil sal Babilòn nan rive nan bout li; lòm jwenn yon lòt mond tou nèf ankò, epi syèl la ak tè a vin chanje epi renouvle.

Lè Mwen parèt devan tout nasyon ak tout pèp, nyaj blan yo ap ajite nan syèl la epi y ap kouvri Mwen. Epi tou, zwazo yo sou latè ap chante epi danse avèk kè kontan pou Mwen, y ap anbeli atmosfè a sou latè, epi y ap lakoz tout bagay sou latè vin aktif, pou yo pa janm “deplase dousman pou y ap desann,” men pito pou yo viv nan atmosfè ki gen lavi ladann. Lè Mwen nan nyaj yo, lèzòm p ap prèske wè vizaj Mwen avèk je Mwen, epi nan moman sa y ap santi yo enpe pè. Nan tan pase yo, lèzòm te tande temwanyaj istorik de Mwen nan lejand yo, epi kòm rezilta yo sèlman kwè a mwatye epi yo doute a mwatye de Mwen. Yo pa konnen kote Mwen ye, oswa konbyen visaj mwen gran—èske li laj tankou lanmè a, oswa san limit tankou patiraj vè yo? Pa gen moun ki konn bagay sa yo. Se sèlman lè lèzòm wè vizaj Mwen nan nyaj yo Jodi a y ap santi ke Mwen menm ki konn nan lejand lan reyèl, nan ka sa y ap yon ti jan pi byen dispoze anvè Mwen, epi se sèlman akoz de zèv Mwen ke admirasyon yo pou Mwen ap vin yon ti jan pi gran. Men lèzòm toujou pa konnen Mwen, epi yo sèlman wè yon pati nan Mwen nan nyaj yo. Aprè sa, M ap lonje men Mwen epi M ap montre lèzòm yo. Lèzòm ap etone, epi y ap met men sou bouch yo, y ap pè anpil pou men Mwen pa frape yo, donk y ap ajoute yon ti kal respè nan admirasyon yo. Lèzòm ap fikse je yo sou chak mouvman Mwen fè, y ap pè anpil anpil pou M pa frape yo si yo pa fè atansyon—poutan Mwen pa anpeche paske lòm ap gade Mwe, epi Mwen kontinye ap fè travay nan men Mwen yo. Se sèlman nan tout travay mwen fè ke lèzòm montre favè anvè Mwen, konsa yo vin devan mwen pezape pou yo ka ini yo avè M. Lè Mwen revele tèt Mwen bay lèzòm nan totalite grandè Mwen, lèzòm pral wè vizaj Mwen, epi depi kòmansman jou sa jiska la fen Mwen pa p janm kache oswa bare tèt Mwen pou lèzòm pa wèm ankò. Atravè linivè, M ap parèt piblikman devan tout moun, epi tout sila yo ki fèt ak lachè e le san ap wè tout zèv Mwen yo. Tout sila yo ki gen lespri a nan yo pral sètènman abite nan lapè nan kay Mwen an, epi asireman y ap jwi anpil benediksyon mèvèye avèk Mwen. Tout sila yo ke Mwen sousye de yo a ap sètènman epanye de chatiman epi y ap sètènman evite doulè lespri ak agoni kò a. M ap parèt piblikman devan tout pèp, Map gouvène epi M ap egzèse pwisans, pou sant kadav pa anvayi mond lan ankò; olye de sa, bon pafen Mwen an ap gaye nan tout mond lan, paske jou pa M nan ap apwoche, lèzòm ap reveye yo, tout bagay ki nan mond lan nan lòd, epi jou egzistans mond lan ap disparèt, paske Mwen rive!

6 Avril 1992

Avan:  Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 26

Pwochen:  Ki Vizyon Kwayan yo Ta Dwe Genyen

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger