Ki Vizyon Kwayan yo Ta Dwe Genyen

Kisa lòm tire depi lè li te premye kòmanse kwè nan Bondye? Kisa ou vin konnen sou Bondye? Nan ki pwen ou chanje akoz kwayans ou nan Bondye? Jodi an, nou tout konnen kwayans lòm nan Bondye pa la sèlman pou l sove nanm li ak byennèt lachè li, ni li pa pou l rann lavi l rich nan renmen Bondye ak lòt bagay ankò. Nan eta bagay yo ye la, si ou renmen Bondye pou byennèt lachè oswa plezi ki la pou yon moman, alò menmsi, alafen, lanmou ou pou Bondye atenn dènye nivo li epi ou pa mande anyen anplis, lanmou sa a ou ap chèche an toujou yon lanmou ki pa otantik e li pa ka fè Bondye plezi. Sila yo ki itilize lanmou pou Bondye pou anrichi egzistans raz yo an epi pou ranpli yon vid nan kè yo se tip moun ki saf yon lavi ki fasil, non pa sila yo ki ap chache tout bon pou yo renmen Bondye. Yon lanmou nan fason sa se yon bagay fòse, se pousuit yon gratifikasyon mantal, e Bondye pa bezwen l. Ki tip lanmou, eben, pa w lan ye? Pou kisa ou renmen Bondye? Ki mezi lanmou tout bon pou Bondye ki nan ou kounya? Lanmou gwo majorite nan nou an genyen nan fason ki mansyone anwo an. Sèl sa yon lanmou konsa ka fè se konsève sitiyasyon aktyèl lan; li pa ka atenn karakteristik enchanjab, ni li pa ka pran rasin nan lòm. Tip lanmou sa a sèlman tankou yon flè ki fleri epi ki fletri san l pa pote fwi. Nan lòt tèm, apre ou te renmen Bondye yon fwa nan yon fason konsa, si pa gen pèsòn pou kondi ou sou wout pou fè an, eben ou ap chite. Si ou ka sèlman renmen Bondye nan tan pou renmen Bondye an men apresa dispozisyon lavi ou rete san chanje, alò ou ap rete enkapab pou chape sot anba vwal enfliyans fènwa, ou ap rete enkapab pou ou libere ou anba lyen Satan ak riz li yo. Bondye pa ka pran pèsòn moun ki nan fason sa a totalman; alafen, lespri, nanm ak kò yo ap toujou pou Satan. Pa ka gen okenn dout sou sa. Tout sila yo Bondye pa ka jwenn yo ap tounen nan plas orijinal yo, sa vle di, tounen al jwenn Satan, e yo pral desann nan lak dife ak souf lan pou aksepte pwochen etap pinisyon nan men Bondye an. Sila yo Bondye jwenn lan se sila yo ki te abandone Satan epi chape anba domèn li. Yo konte yo ofisyèlman pami pèp wayòm lan. Se konsa pèp wayòm lan fèt. Èske ou vle tout bon pou ou vin tip moun sa a? Èske ou vle tout bon Bondye jwenn ou? Èske ou vle tout bon chape anba domèn Satan epi tounen al jwenn Bondye? Èske kounya se pou Satan ou ye oswa yo konte ou pami pèp wayòm lan? Bagay sa yo ta dwe deja klè, epi pa egzije okenn esplikasyon anplis.

Lontan, anpil moun te chèche ak yon anbisyon epi nosyon foli, yo te chèche akoz pwòp lespwa yo. Ann mete sou kote sousi sa yo pou kounya; sa ki gen yon enpòtans kle kounya se pou jwenn yon fason pou pratike ki pral pèmèt chak grenn nan nou kenbe yon kondisyon nòmal devan Bondye epi gradyèlman libere nou anba enfliyans Satan, pou Bondye ka jwenn nou epi pou nou viv sa Bondye mande nou sou tè an. Se sèlman nan fason sa a nou ka akonpli entansyon Bondye. Anpil moun kwè nan Bondye, poutan yo pa konn ni sa Bondye vle ni sa Satan vle. Yo kwè nan yon fason ki sanble ak foli epi ki bay konfizyon, yo senpman ap suiv kouran an, epi kidonk yo pa t janm gen yon lavi Kretyen nòmal; anplis sa, yo pa t janm gen relasyon pèsonèl ki nòmal, ankò mwens yon relasyon ak Bondye. Apati sa a nou ka wè difikilte ak fay lòm epi lòt faktè ki ka kontrekare volonte Bondye yo anpil. Sa ase pou pwouve lòm poko sou bon ray wout nan Bondye an, ni li pa antre nan eksperyans reyèl lavi lèzòm lan. Kidonk sa sa vle di pou nou sou bon wout kwayans nan Bondye an? Sou bon wout lan vle di ou ka rete kè poze devan Bondye toutan epi pwofite yon kominyon nòmal ak Bondye, vin konnen gradyèlman sa ki manke nan lòm epi vin ap pran dousman yon konesans apwofondi sou Bondye. Nan sa a, lespri ou jwenn konesans tounèf ak limyè tounèf chak jou; dezi ou grandi, ou chèche antre nan laverite an, epi chak jou gen limyè tounèf ak konpreyansyon tounèf. Nan chemen sa a, ou libere ou gradyèlman anba enfliyans Satan epi ou grandi nan lavi ou. Moun konsa te antre sou bon wout lan. Evalye pwòp eksperyans reyèl ou yo epi egzaminen chemen ou pousuiv nan lafwa ou. Anvizaje tèt ou vizavi tout sa yo: Èske ou sou bon wout lan? Nan ki sa ou libere anba chèn ak enfliyans Satan? Si ou poko sou bon wout lan, eben lyen ou yo ak Satan poko koupe. Kòm sa se sitiyasyon an, èske rechèch ou pou ou renmen Bondye pral kondi ou nan yon lanmou ki otantik, detèmine epi san tach? Ou di anyen pa ka ebranle lanmou ou pou Bondye e lanmou sa a sensè, poutan ou poko libere tèt ou anba chèn Satan. Èske se pa nan rizib ou ap eseye pase Bondye? Si ou swete atenn yon eta kote lanmou ou pou Bondye san falsifikasyon e ou swete pou Bondye pran ou totalman epi pou yo konte ou pami pèp wayòm lan, alò ou dwe dabò plase tèt ou sou bon chemen kwayans nan Bondye an.

Avan:  Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 29

Pwochen:  Lòm Kowonpi Pa Kapab Reprezante Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger