Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 4
Tout pèp Mwen an k ap sèvi M nan ta dwe vire gade dèyè nan pase yo: Èske lanmou nou pou Mwen te plen tach salte ladan? Èske fidelite nou anvè M te pafè epi san rezèv? Èske konesans nou sou Mwen te djanm? Ki valè plas Mwen te okipe nan kè nou? Èske Mwen te ranpli kè nou konplètman? Nan ki mezi pawòl Mwen yo te akonpli nan nou? Pinga nou pran Mwen pou enbesil! Bagay sa yo klè kou kristal pou Mwen! Jodi a, pandan M ap fè nou tande vwa Sali M nan, èske lanmou nou ogmante pou Mwen? Èske gen yon pati nan fidelite nou pou Mwen ki vin pafè? Èske nou apwofondi konesans nou gen sou Mwen? Lwanj nou te konn ofri M nan tan pase yo, èske yo tounen yon baz solid pou konesans nou jodi a? Konbyen nan nou ki ranpli ak Lespri Mwen? Ki mezi plas imaj Mwen okipe nan nou? Èske pawòl Mwen yo touche nou? Èske pawòl Mwen yo frape pòt kay ki nan nou an? Èske nou santi vreman nou pa gen okenn kote pou nou sere lawonte nou? Èske nou kwè vreman nou pa kalifye pou nou pote non pèp Mwen an? Si nou bliye nèt tout kesyon sa yo ki poze anwo a, sa montre nou se moun k ap fè lapèch nan dlo sal, nou la sèlman pou fè ranplisaj, epi nan moman Mwen te gentan chwazi davans, nou tout pral elimine epi nou pral jete nan twou san fon an pou yon dezyèm fwa. Pawòl sa yo se avètisman Mwen, e nenpòt moun ki pran yo alalejè, jijman Mwen pral frape yo, epi yo pral rankontre ak yon katastwòf nan moman ki te fikse a. Èske se pa vre? Èske M oblije bay lòt ekzanp pou M montre sa? Èske fòk Mwen pale pi klè toujou pou M kapab ban nou yon ekzanp? Depi nan moman kreyasyon an pou jis jounen jodi a, anpil moun te dezobeyi pawòl Mwen, epi Mwen te chase moun sa yo, elimine yo nan travay gerizon Mwen an; finalman, kò yo fin deperi epi lespri yo tonbe nan lanfè, e menm jodi a, yo kontinye ap resevwa gwo chatiman. Genyen anpil moun ki te obsève pawòl Mwen, men yo te dozado ak limyè Mwen epi ekleraj Mwen, konsa Mwen te mete yo sou kote, yo tonbe anba kontwòl Satan epi yo vin fè pati moun ki kanpe anfas Mwen. (Jodi a, tout moun ki kanpe dirèkteman anfas Mwen, se sèlman sou aparans y ap obeyi pawòl Mwen, epi y ap dezobeyi lesansyèl pawòl Mwen yo.) Gen anpil moun ki sèlman koute pawòl Mwen te pale yè yo, men ki toujou kenbe “fatra” pase yo, ki pa bay nouvo “pwodui” yo valè. Non sèlman Satan pran moun sa yo fè yo tounen prizonye l, men yo vin tounen pechè pou tout tan, epi yo tounen lennmi M, epi se anfas Mwen dirèkteman yo kanpe. Kalite moun sa yo mete M nan gwo kòlè, y ap sibi jijman M, epi jodi a yo toujou avèg, toujou anndan kacho fènwa yo (ki vle di moun sa yo se pouriti yo ye, kadav ensansib ki anba kontwòl Satan; paske Mwen mete yon vwal nan je yo, Mwen di se avèg yo ye). Li t ap bon pou nou jwenn yon ekzanp kòm referans, ki ta kapab ede nou pran leson:
Depi nou tande non Pòl, nou pral panse sou istwa li, epi sou kèk istwa yo rakonte sou li ki pa vre, epi ki pa gen okenn reyalite nan yo. Se paran l ki te pwofesè l depi li te tou piti, epi li vin resevwa lavi nan Mwen, epi, jan Mwen te gentan deside sa davans, li vin posede dimansyon Mwen te bezwen an. Nan laj 19 an, li te li divès liv sou lavi; konsa Mwen pa bezwen antre nan detay sou fason, granmesi dimansyon li, epi gras ak limyè M ak ekleraj Mwen, non sèlman li te kapab pale sou kesyon espirityèl yo avèk entelijans, men li te gen kapasite pou l sezi entansyon Mwen. Natirèlman, sa pa retire konbinezon faktè entèn ak faktè ekstèn. Men kanmenm, sèl defo l te genyen, souvan li te djòlè epi endiferan akoz talan li yo. Kòm konsekans, akoz dezobeyisans li, ki te reprezante akanj la dirèkteman anpati, lè Mwen te vini nan lachè pou premye fwa, li te fè anpil efò pou l ban M defi. Li te youn nan sila yo ki pa konn pawòl Mwen, epi plas Mwen nan kè l te deja disparèt. Moun konsa yo kanpe anfas divinite M dirèkteman, epi Mwen frape yo, epi se sèlman alafen yo mete ajenou epi konfese peche yo. Ki fè, lè m fin sèvi ak pwen fò li yo—ki vle di, lè li fin travay pou Mwen pandan kèk tan, li retounen nan ansyen abitid li yo, e menm si li pa t dezobeyi pawòl Mwen yo dirèkteman, li te dezobeyi direksyon ak limyè Mwen te mete anndan l yo, konsa tout sa li te gentan fè vin san enpòtans; ki vle di, kouwòn laglwa li t ap pale a te tounen yon pawòl vid, yon pwodui li te imajine, paske jis kounye a Mwen soumèt li anba jijman M, li prizonye anba kòd Mwen.
Dapre ekzanp ki site anwo a, nou kapab wè nenpòt kiyès ki kanpe anfas Mwen (pa sèlman ki opoze ak dimansyon chanèl Mwen, men sitou ki opoze ak pawòl Mwen epi Lespri Mwen—ki vle di divinite Mwen), resevwa jijman Mwen nan chè yo. Lè Lespri M vire do ba ou, ou plonje desann, ou desann dirèkteman nan Adès (lanfè). Menm lè kò chanèl ou sou tè a, ou tankou yon moun ki soufri maladi mantal: Ou pèdi larezon, epi touswit, ou santi w tankou si w te yon kadav, atèlpwen w ap sipliye M pou Mwen touye kò chanèl ou san pèdi tan. Pi fò nan nou ki gen lespri kapab konprann sikonstans sa yo trèbyen, konsa M pa bezwen antre nan plis detay. Nan tan pase yo, lè M t ap travay ak yon imanite nòmal, pi fò moun te gentan pran mezi kòlè Mwen ak majeste M, epi yo te gentan konnen yon ti kras sou sajès Mwen ak karaktè M. Jodi a, M ap pale epi aji dirèkteman ak divinite M, e toujou genyen enpe moun ki pral wè kòlè M ak jijman M ak de grenn je yo; anplis, travay prensipal dezyèm pati tan jijman an se fè tout pèp Mwen an konnen andirèk tout aksyon M yo nan lachè, epi pou M fè nou tout wè karaktè M andirèk. Epoutan, paske Mwen nan lachè, Mwen fè atansyon ak feblès nou. Lespwa Mwen, se pou nou pa trete lespri nou, nanm nou ak kò nou tankou jwèt, epi konsakre yo pou Satan san reflechi. Li pi bon pou nou bay tout sa nou genyen valè epi pa trete yo tankou jwèt paske bagay sa yo makònen ak destine nou. Èske nou kapab konprann vreman sans reyèl pawòl Mwen yo? Èske nou kapab konsidere vrè santiman M yo tout bon?
Èske nou dispoze pou nou pwofite benediksyon M yo sou latè, benediksyon ki sanble ak sa ki nan syèl la? Èske nou dispoze pou nou ancheri fason nou konprann Mwen, jwisans pawòl Mwen yo, epi sa nou konnen sou Mwen, tankou bagay ki gen plis valè ak plis sans nan lavi nou? Èske nou kapab tout bon pou nou soumèt anba M san rezèv, san nou pa panse ak pwòp vizyon pa nou? Èske nou vreman kapab asepte pou nou mouri anba men M epi pou nou kite M kondui nou tankou mouton? Èske genyen pami nou ki kapab akonpli bagay sa yo? Èske se ta tout moun Mwen asepte yo epi ki resevwa pwomès Mwen yo, se ta yo ki jwenn benediksyon M yo? Èske gen yon bagay nou konprann nan pawòl sa yo? Si M ap pase nou aleprèv, èske nou kapab lage kò nou nan men M, epi nan mitan eprèv sa yo, chèche konprann ki sa Mwen vle, epi santi kè M? M pa swete pou nou kapab di mo touchan oswa rakonte bèl istwa; Mwen pito mande nou pou nou kapab fè yon bèl temwayaj pou Mwen, epi pou nou kapab byen antre tout bon nan reyalite a. Si mwen pa t dirèk nan pawòl Mwen yo, èske nou t ap kapab vire do bay tout sa ki antoure nou epi ranje kò nou yon fason pou M sèvi avèk nou? Èske se pa reyalite sa a mwen ekzije? Kiyès ki kapab sezi sans pawòl Mwen? Epoutan Mwen mande nou pou nou pa kite okenn laperèz fè nou vin lou, pou nou detèmine nan rantre nou, epi sezi lesansyèl nan pawòl Mwen yo, Sa ap evite nou mal konprann pawòl Mwen yo, pou nou pa klè sou kiyès Mwen ye, epi konsa vyole dekrè administratif Mwen yo. Mwen swete nou sezi entansyon Mwen pou nou nan pawòl Mwen yo. Pa panse sou pwòp vizyon pa nou ankò, epi aji jan nou te deside devan M nan pou nou soumèt anba direksyon Bondye nan tout bagay. Tout moun ki prezan lakay Mwen ta dwe fè tout sa yo kapab fè; ou ta dwe ofri tout sa ki pi bon nan ou pou dènye etap travay Mwen an sou latè. Èske w vreman dispoze pou w mete bagay sa yo anpratik?
23 Fevriye 1992