Deklarasyon kris nan kòmansman—Chapit 103
Yon vwa leve byen fò tankou yon kout loraj, epi li souke linivè tout antye. Vwa a sonnen tèlman fò, pa gen pèsonn ki gentan wete kò yo. Genyen ki mouri, genyen ki detwi, epi gen lòt ki pase anba jijman. Se vrèman yon espektak moun pako janm wè. Koute avèk atansyon: Bri kout loraj yo melanje avèk son moun k ap kriye, e son sa a sòti nan Adès, li sòti nan lanfè. Se kri anmè pitit rebelyon yo ke Mwen te jije. Sila yo ki pa t koute sa M ap di yo epi ki pa t mete pawòl Mwen yo anpratik, Mwen te jije yo ak severite epi yo te resevwa madichon kòlè Mwen. Vwa Mwen se jijman ak kòlè; Mwen p ap trete pèsonn ak dousè, ni Mwen p ap montre okenn mizerikòd pou pèsonn, paske se Mwen menm ki Bondye jistis la, epi Mwen gen yon kòlè ki posede M; Mwen gen yon dife ki posede M, ak pirifikasyon epi destriksyon. Pa gen anyen ki kache oswa ki emosyonèl nan Mwen, men okontrè, tout bagay transparan, jis epi san patipri. Paske premye pitit gason M yo deja avè M sou twòn nan, ap reye sou tout nasyon yo ak tout pèp yo, bagay sa yo ak moun sa yo ki enjis epi ki pa dwat kòmanse jwenn jijman yo kounye a. Mwen pral sonde yo youn pa youn, san M pa rate anyen epi mete tout afè yo nèt deyò. Paske jijman M nan te revele epi li te ouvè konplètman, e Mwen pa t sere anyen ditou; Mwen pral jete byen lwen tout sa ki pa dakò ak volonte M, e M ap kite l peri nan twou san fon an pou letènite. Se la M ap kite l boule pou tout tan. Sa a se jistis Mwen epi se dwati Mwen. Pèsonn pa kapab chanje sa, epi tout bagay dwe anba kòmandman Mwen.
Pi fò moun pase trè sou deklarasyon M yo, yo panse pawòl yo pa plis pase pawòl, epi aksyon yo se aksyon. Yo avèg! Èske se konnen yo pa konnen se Mwen menm ki Bondye fidèl la? Pawòl Mwen ak aksyon M yo reyalize ansanm. Èske se pa sa li ye vrèman? Moun yo sèlman pa konprann pawòl Mwen yo, e se sèlman sila yo ki te jwenn limyè ki kapab konprann tout bon vre. Sa a se yon reyalite. Depi moun yo wè pawòl Mwen, laperèz anvayi yo epi yo kouri lage kò yo toupatou pou yo kache. Sa pi rèd toujou lè se jijman Mwen ki tonbe. Lè M te kreye tout bagay, lè Mwen detwi mond la e lè Mwen mete premye pitit gason M yo fètefouni—tout bagay sa yo, se yon sèl mo nan bouch Mwen ki te akonpli yo. Se paske pawòl Mwen limenm se otorite; li se jijman an. Nou kapab di moun Mwen ye a, se Li menm ki jistis la epi majeste a; se yon reyalite ki p ap janm chanje. Se yon aspè nan dekrè administratif Mwen yo; se youn nan fason Mwen jije moun. Nan je pa M, tout bagay nèt—tankou tout moun, tout aktivite ak tout bagay—se nan men M epi anba jijman M yo tout ye. Pèsonn ni okenn bagay pa kapab oze konpòte l tankou sovaj oswa jan l pito, tout bagay dwe akonpli ankonfòmite ak pawòl Mwen pwononse yo. Anndan nosyon lèzòm yo, tout moun kwè nan pawòl ki di kiyès Mwen ye. Lè lespri M bay pawòl la, tout moun ap doute. Moun yo pa menm gen yon ti konesans toupiti sou omnipotans Mwen, e pafwa yo menm ban M chay pote. M ap di w kounye a, nenpòt moun ki doute pawòl Mwen, epi nenpòt moun ki pran pawòl Mwen alalejè, se yo menm yo pral detwi, se yo menm ki pitit pèdisyon an pou tout tan. Se la nou kapab wè se yon ti kantite premye pitit gason tou piti ki genyen, paske se konsa Mwen travay. Jan Mwen te di l deja, Mwen akonpli tout bagay san M pa bouje yon ti dwèt; Mwen itilize pawòl Mwen sèlman. Kidonk se la omnipotans Mwen chita. Nan pawòl Mwen, pèsonn pa kapab jwenn ni sous ni entansyon sa M ap di yo. Moun pa kapab reyisi fè sa, sèl fason yo kapab aji se lè yo swiv direksyon Mwen, epi lè yo fè tout bagay konfòm ak volonte Mwen, selon jistis Mwen, sa ki pral pèmèt fanmi Mwen an jwenn lajistis ak lapè, viv pou tout tan, epi rete fèm pou tout tan san yo pa janm ebranle.
Jijman M ap vini sou tout moun, dekrè administratif Mwen yo regade tout moun, epi pawòl Mwen yo ak tèt Mwen parèt aklè pou tout moun. Sa a se tan pou gran travay Lespri Mwen an (nan moman sa a, y ap distenge moun ki pral beni yo ak sa ki pral soufri anba malè yo, youn ak lòt). Depi lè pawòl Mwen yo fin sòti, Mwen te gentan distenge sila yo ki pral beni, menmjan ak sila yo ki pral soufri anba malè. Sa klè tankou kristal, epi Mwen kapab wè sa nan yon sèl koudèy. (Mwen di sa parapò ak imanite Mwen; kidonk, pawòl sa yo pa gen kontradiksyon ak predestinasyon M e seleksyon Mwen.) M ap pwomennen nan mòn yo ak rivyè yo epi pami tout bagay, atravè espas yo nan linivè a, pandan M ap obsève epi netwaye chak kote, yon fason pou espas sal sa yo ak teritwa deboche sa yo sispann ekziste epi pou yo boule nèt jouk yo tounen anyen akòz pawòl Mwen. Pou Mwen menm, tout bagay fasil. Si jodi a se te moman Mwen te chwazi davans pou destriksyon mond sa a, Mwen te ka anglouti li ak yon sèl mo Mwen t ap pwononse. Sepandan, se pa moman an kounye a. Tout bagay dwe pare anvan pou M fè travay sa a, pou plan Mwen pa gen okenn pwoblèm epi pou jesyon Mwen an pa entèwonp. Mwen konnen kijan pou m fè sa nan tèt poze: Mwen gen sajès Mwen, epi Mwen gen pwòp aranjman M. Moun p ap bezwen bouje yon dwèt; fè atansyon pou nou pa mouri anba men M. Pwen sa a te touche deja nan dekrè administratif Mwen yo. Moun kapab wè ladan kijan dekrè administratif Mwen yo sevè, epitou prensip ki mache ak yo, ki genyen de(2) bò: Sou yon bò, M ap touye tout sila yo ki pa mache dwat selon volonte M epi ki vyole dekrè administratif Mwen yo; sou yon lòt bò, nan kòlè Mwen, M ap lage madichon sou nenpòt moun ki vyole dekrè administratif Mwen yo. De aspè sa yo endispansab, epi se yo ki prensip ekzekitif ki kanpe dèyè dekrè administratif Mwen yo. Tout moun anba tretman de prensip sa yo, san emosyon, kèlkeswa degre fidelite yon moun ye. Sa sifi pou montre jistis Mwen, majeste M ak kòlè Mwen, sa ki pral boule nèt tout bagay ki sou latè, tout bagay ki nan mond sa a epi tout bagay ki pa konfòm ak volonte M. Nan pawòl Mwen, gen mistè ki rete kache, konsa tou nan pawòl Mwen, gen mistè ki deja revele. Kidonk, dapre nosyon lèzòm e nan lespri moun, pawòl Mwen yo rete enkonpreyansib pou jamè, epi kè M rete ensondab. Ki vle di, Mwen dwe ekate lèzom byen lwen pwòp nosyon yo ak panse yo. Se eleman ki pi enpòtan nan plan jesyon Mwen an. Mwen dwe fè l konsa pou M kapab genyen premye pitit gason M yo, epi pou m kapab akonpli bagay Mwen vle fè yo.
Katastwòf yo ap vin pi grav toulejou nan mond la, epi nan lakay Mwen, gwo dezas yo ap vin gen plis fòs chak jou. Moun yo pa gen okenn kote pou yo kache vrèman, okenn kachèt pou yo fèmen tèt yo. Paske tranzisyon an ap fèt kounye a, moun yo pa konnen ki kote yo pral pase etap k ap vini an. Sa ap vin klè sèlman apre jijman Mwen an. Sonje byen! Sa yo se etap travay Mwen an, e se konsa Mwen fè travay Mwen. M ap rekonfòte tout premye pitit gason M yo youn pa youn, epi m ap leve yo pazapa; kanta pou sila yo ki te sèlman la pou bay sèvis, M pral elimine yo epi M ap vire do bay tout, youn pa youn. Sa a se yon pati nan plan jesyon Mwen an. Lè yo fin devwale sila yo ki te sèlman la pou bay sèvis yo, premye pitit gason M yo pral parèt tou. (Pou Mwen, sa fasil nèt. Apre yo fin tande pawòl Mwen, sila yo ki te sèlman la pou bay sèvis yo ap wete kò yo ofiramezi devan jijman Mwen ak menas pawòl Mwen yo, epi se sèl premye pitit gason M yo k ap rete. Se p ap yon bagay volontè, ni se pa yon bagay volonte lèzòm kapab chanje; se pito Lespri M anpèsòn k ap travay.) Sa a se pa yon evennman ki lwen, e nou dwe kòmanse kapab santi li apati faz sa a Mwen ye la nan travay Mwen ak pawòl Mwen yo. Rezon ki ta fè M di tout sa, mete sou nati enprevizib deklarasyon M yo, moun pa kapab sonde yo. Mwen pale ak premye pitit gason M yo ak yon vwa rekonfòtan, ki plen mizerikòd ak lanmou (paske M toujou ap klere moun sa yo, e Mwen p ap kite yo paske Mwen te predestine yo), alòske Mwen trete lòt moun ki pa fè pati premye pitit gason M yo avèk yon jijman sevè, ak menas, epi ak presyon ki fè yo toujou santi yon laperèz, ki lakoz nè yo toujou ap travay. Depi sitiyasyon an devlope rive nan yon pwen, yo pral chape anba eta sa a (lè m ap detwi mond la, moun sa yo ap nan twou san fon an), men yo p ap janm rive chape anba men jijman M, ni libere tèt yo anba sitiyasyon sa a. Sa a se jijman pa yo; sa se chatiman pa yo. Jou etranje yo ap rive a, M ap fè konnen moun sa yo, youn pa youn. Sa yo se etap travay Mwen an. Èske nou konprann kounye a ki entansyon ki dèyè deklarasyon pawòl Mwen te di anvan yo? Dapre mwen, yon bagay ki pa t akonpli se menm ak yon bagay ki te akonpli, men yon bagay ki te akonpli pa oblije yon bagay ki te reyisi. Sa a se paske Mwen gen sajès pa M ak fason pa M pou M travay, bagay lèzòm pa ka sonde senpman. Depi lè Mwen te fin jwenn rezilta ak etap sa a (lè M te fin fè konnen tout mechan k ap reziste ak Mwen yo), Mwen pral kòmanse etap annapre a, paske volonte M pa gen antrav epi pèsonn pa pran chans mete barikad pou bare plan jesyon Mwen an, epi anyen pa pran chans mete okenn barikad—yo tout dwe bay wout la blanch! Pitit gran dragon wouj la, koute M! Mwen sòti nan Siyon e Mwen te tounen moun nan mond lan pou M te kapab genyen premye pitit gason M yo, pou m imilye papa nou (pawòl sa yo se pou desandan gran dragon wouj la), pou M sipòte premye pitit gason M yo epi pou M repare tò ki te komèt sou premye pitit gason M yo. Konsa, sispann konpòte nou tankou sovaj; M ap kite premye pitit Mwen yo pran pa ak nou. Nan tan pase yo, pitit Mwen yo te sibi presyon ak move tretman, epi paske papa a ap ekzèse pouvwa L pou pitit Li, pitit Mwen yo pral retounen nan bra M ak chalè lanmou m, pou yo pa ni pran presyon, ni sibi move tretman ankò. Mwen pa enjis; sa montre jistis Mwen, epi se vreman “renmen sila yo Mwen renmen epi rayi sila yo Mwen rayi.” Si nou di Mwen enjis, ebyen se pou nou prese wete kò nou san pèdi tan. Pinga nou sanwont ni reskiyè lakay Mwen. Ou ta dwe rantre lakay ou prese prese pou m pa oblije wè w devan M ankò. Twou san fon an, se li ki destinasyon nou epi se la nou pral repoze. Si nou lakay Mwen, p ap gen plas pou nou paske se bèt pou pote chay nou ye; nou se zouti M ap itilize. Lè nou p ap itil Mwen anyen ankò, M ap jete nou nan dife pou fè nou tounen sann. Sa a se dekrè administratif Mwen; se konsa Mwen dwe fè l, e se sèlman sa ki montre ki fason Mwen travay, epi ki revele jistis Mwen ak majeste M. Pi enpòtan toujou, se sèlman konsa premye pitit gason M yo ap kapab gouvène avè M sou pouvwa a.