Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 6

Ou dwe sansib sou kesyon ki gen rapò ak lespri a, atantif anvè pawòl Mwen, epi ou dwe vrèman an mezi pou valorize Lespri Mwen ansanm ak sa Mwen ye, ak pawòl Mwen ansanm ak sa Mwen ye, kòm yon bagay konplè ki enseparab, yon fason pou tout moun ka satisfè M nan prezans Mwen. Mwen te mete pye sou tout sa ki ekziste, Mwen te gade atravè vas etandilinivè a, epi Mwen te mache nan mitan tout moun, Mwen t ap goute dousè ak amètim nan mitan lèzòm—poutan lèzòm pat janm reyèlman konnen Mwen, yo pa te janm prete okenn atansyon ak Mwen pandan vwayaj Mwen yo. Paske mwen te fè silans, epi Mwen pa te janm fè aksyon sinatirèl, pèsonn pa t janm wè Mwen tout bon vre. Jodi a pa menm jan ak tan lontan an: Mwen pral fè bagay moun poko janm wè depi tan kreyasyon an, Mwen pral pale pawòl moun poko janm tande pandan tout tan yo, paske Mwen mande pou tout moun vin konnen Mwen ki nan lachè a. Sa yo se etap nan jesyon Mwen an, men lòm pa gen okenn lide sou sa. Malgre mwen te pale aklè, moun yo rete nan konfizyon; li difisil pou fè yo konprann. Eske se pa mesken lòm mesken? Èske se pa ekzakteman sa mwen vle rezoud la? Pandan plizyè lane, Mwen pa t fè anyen nan lòm; pandan plizyè lane, malgre yo te an kontak dirèk avèk lachè enkane Mwen an, pa gen moun ki te janm tande vwa ki soti dirèkteman nan divinite Mwen an. Se konsa moun yo vin oblije manke konesans sou Mwen, menm si sa pa t afekte lanmou yo pou Mwen atravè tan yo. Epoutan, Jodi a, Mwen akonpli yon travay mirak nan nou, yon travay moun pa ka konprann e ki san mezi, e Mwen pale anpil pawòl. E poutan, nan sikonstans parèy sa yo, toujou gen anpil moun ki reziste ak Mwen dirèkteman nan prezans Mwen. Kite M ba ou kèk egzanp kounye a.

Chak jou w ap priye yon Bondye ki vag, w ap eseye konprann volonte Mwen epi rive konprann sans lavi a. Poutan, lè ou fè fas ak pawòl Mwen yo, ou gade yo yon fason diferan; ou konsidere pawòl Mwen yo avèk Lespri Mwen an tankou yon bagay konplè, poutan ou mete moun Mwen ye a sou kote, pandan ou kwè ke moun Mwen ye a nan nati Li pa an mezi pou di pawòl sa yo, ke se Lespri Mwen k ap kontwole yo. E sa ki gen rapò ak konesans ou nan kalite sikonstans sa yo? Ou kwè nan pawòl Mwen yo jiska yon sèten pwen, epoutan diferan konsepsyon ou genyen sou lachè Mwen abiye M avèk li a, youn pi grav pase lòt. Ou pase chak jou ap etidye li, epi ou di, “Poukisa Li fè bagay yo nan fason sa a? Èske yo reyèlman soti nan Bondye? Enposib! Li pa twò diferan pa rapò ak mwen—Li se yon moun nòmal, òdinè tou.” Kijan yo fè ka eksplike sikonstans parèy sa yo?

Kilès nan nou ki pa posede bagay ki anwo yo? Ki moun ki pa okipe pa bagay sa yo? Yo sanble bagay ou kenbe, tankou moso byen pèsonèl, ke ou pa janm vle kite ale. Sa k pi mal la, ou pa fè efò pèsonèl; olye desa, ou rete tann pou Mwen fè li Mwen menm. Pou di vre, pa gen yon sèl moun ki p ap chache ki rive konnen Mwen san difikilte. Sa yo se pa pawòl frivòl Mwen ap anseye nou. Paske Mwen ka ba ou yon lòt egzanp apati yon lòt pèspektiv pou referans ou.

Anpalan de Pyè, moun yo pa manke di bon bagay sou li. Yo imedyatman raple jan li te renye Bondye twa fwa, kijan li te teste Bondye lè li te rann Satan sèvis epi kijan yo te finalman kloure li sou kwa a tèt anba pou Bondye, eksetera. Kounye a, Mwen pral konsantre Mwen nan dekri pou nou kijan Pyè te konnen Mwen epi kòman li te fini. Pyè te gen bon kalib, men sikonstans li yo pa t menm jan ak pa Pòl yo: Paran li yo te pèsekite Mwen, se demon yo te ye ke Satan te posede, epi, kòm konsekans, yo pa t anseye Pyè anyen konsènan Bondye. Pyè te entelijan, li te gen talan, epi paran li yo te dòlote li depi lè li te jèn. Poutan, lè li vin granmoun tèt li, li te vin lènmi ak yo paske li pa t janm sispann chèche konnen Mwen, epi apresa li te vire do ba yo. Se paske, plis pase tout bagay, li te kwè ke syèl la ansanm ak latè a ansanm ak tout bagay se nan men Sila a ki gen tout pouvwa a yo ye e ke tout bagay pozitif soti nan Bondye epi yo soti dirèkteman nan Li san yo pa pase nan men Satan. Opozisyon paran Pyè yo te ba li yon pi gwo konesans sou bonte ak mizèrikòd Mwen, se konsa sa t ap ogmante dezi pou li chache Mwen. Li te konsantre non sèlman sou manje ak bwè pawòl Mwen yo, men, anplis de sa, sou konprann volonte Mwen, e li te toujou vijilan nan kè li. Kòm konsekans, li te toujou sansib nan lespri li, e poutèt sa li te toujou fè Mwen plezi nan tout sa li te fè. Li te toujou konsantre sou echèk moun nan tan pase yo pou li ka ankouraje tèt li avanse, pandan li te pè anpil pou li pat pran nan pyèj echèk. Konsa tou, li te konsantre l pou li rive byen konprann lafwa ak lanmou tout sa yo ki te renmen Bondye pandan tout tan pase yo. Nan fason sa a—non sèlman nan aspè negatif, men sa ki pi enpòtan toujou, nan aspè pozitif—li te grandi pi vit, kote ke li te menm rive gen pi gwo konesans pase tout lòt yo nan prezans Mwen. Li pa difisil pou imajine, nan ka sa a, kijan li te mete tout bagay li te genyen nan men Mwen, kijan li te menm soumèt desizyon l ap pran sou zafè manje, rad, dòmi ansanm ak kote li rete, e okontrè li te jwi richès Mwen yo akoz li te satisfè Mwen nan tout bagay. Mwen te soumèt li anba anpil eprèv—eprèv, natirèlman, ki te kite l mwatye mò—men nan mitan santèn zeprèv sa yo, li pa t janm pèdi lafwa nan Mwen ni li pa t santi l dekouraje nan Mwen. Menm lè mwen te di mwen te abandone li, li te toujou pa t janm dekouraje epi li te kontinye renmen Mwen nan yon fason pratik epi selon anyen prensip pratik yo. Mwen te di li Mwen pa ta pral fè lwanj pou li malgre li te renmen Mwen, ke Mwen ta pral fini pa jete li nan men Satan. Men nan mitan zeprèv sa yo, zeprèv ki pa t vini sou lachè li, men ki te sou fòm pawòl, li te toujou priye Mwen epi li te di Mwen: “O Bondye! Pami syèl la ak latè a ansanm tout bagay, eske gen yon lòm, yon kreyati oswa yon bagay ki pa nan men Ou, Moun ki gen tout pouvwa a? Lè Ou gen kè sansib pou mwen, kè mwen rejwi anpil avèk gras Ou. Lè Ou jije mwen, alòske mwen pa vo anyen menm, mwen rive konprann pi byen jan li enposib pou konprann zèv Ou yo, paske Ou ranpli avèk otorite ak sajès. Menm si lachè mwen soufri zeprèv, lespri mwen rekonfòte. Kijan pou mwen pa ta louwe sajès ou ansanm ak aksyon Ou yo? Menm si mwen ta dwe mouri aprè mwen te fin konnen Ou, kijan pou mwen pa ta ka fè sa avèk anpil jwa? Ou menm ki se Moun ki gen tout pouvwa a! Eske Ou vrèman pa swete kite mwen wè Ou? Èske mwen reyèlman pa nan kondisyon pou mwen resevwa jijman Ou? Èske petèt gen yon bagay nan mwen Ou pa vle wè?” Pandan zeprèv parèy sa yo, menm si Pyè pa t kapab byen konprann volonte Mwen, li te evidan ke li te fyè epi se te yon onè pou li pou Mwen te itilize li (menm si li te resevwa jijman Mwen an pou limanite te ka wè majeste Mwen ansanm ak kòlè Mwen), epitou zeprèv sa yo pa t dekonstonbre li. Poutèt lwayote li devan Mwen, e poutèt benediksyon Mwen ba li, li sèvi yon egzanp ak yon modèl pou lòm pandan plizyè milye lane. Èske sa pa jisteman sa nou ta dwe imite? Reflechi lontan e anpil sou rezon ki fè Mwen te bay yon kontrandi long konsa sou Pyè; sa yo ta dwe prensip nou swiv lè nou ap aji.

Menm si se kèk moun ki konnen Mwen, Mwen pa dechennen kòlè Mwen sou lòm, paske moun yo manke anpil, e li difisil pou yo atenn nivo Mwen mande yo. Se konsa, Mwen te toleran ak moun pandan plizyè milye lane, jiska jodi a, e poutan mwen espere nou pa pral pran woulib ak tèt nou sou baz tolerans Mwen an. Atravè Pyè, ou ta dwe vin konnen Mwen epi chache Mwen; apati tout explwa li yo, ou ta dwe vin gen plis limyè ke w pa t janm genyen avan, e konsa atenn nivo ke lòm pat janm rive atenn avan sa. Toupatou nan Kòsmòs la ak fimaman an, pami tout bagay ki nan syèl la ak sou latè a, tout bagay ki sou latè a ak nan syèl la bay tout efò yo nan dènye etap travay Mwen an. Nou sètènman pa vle pou nou se espektatè, pou fòs Satan yo ap domine nou? Satan toujou prezan, li ap devore konesans sou Mwen nan kè moun, li ap manje dan li yo epi li ap gonfle grif li yo nan dènye debat li avan l fin mouri. Èske nou vle viktim plan riz li yo nan moman sa a? Èske nou vle detwi lavi nou nan moman kote travay Mwen an fin konplè nèt? Èske nou ap tann pou Mwen montre tolerans Mwen yon lòt fwa ankò? Kontinye chèche konnen Mwen se kle, men li endispansab pou nou konsantre sou pratik. Pawòl Mwen yo revele ban nou dirèkteman, e Mwen espere nou ka swiv konsèy Mwen yo, epi nou pa gen plan ak anbisyon pou tèt nou ankò.

27 Fevriye 1992

Avan:  Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 5

Pwochen:  Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 8

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger