Pawòl Bondye pou tout linivè—Chapit 8
Lè revelasyon M yo va rive nan pi wo nivo yo, epi lè jijman M nan rive nan dènye bout li, lè sa a moman an ap rive kote Mwen pral revele tout pèp Mwen an epi fè yo vin konplè. M ap vwayaje nan tout kwen linivè ap chèche san rete sila yo k ap mache nan sans volonte M epi ki kòrèk pou M itilize yo. Kiyès ki kapab leve epi kolabore ak Mwen? Lanmou lèzòm pou Mwen tou zwit, epitou se yon ti zing lafwa yo gen nan Mwen. Si M pa t dirije fòs pawòl mwen sou feblès moun yo, yo t ap fè djòlè epi ekzajere, chante kantamwa epi vini ak teyori tèt chaje, tankou si yo te omnisyan epi konnen tout bagay nan sa k ap pase sou latè. Pami sila yo ki te rete “fidèl” avè M nan tan pase yo, ak sila yo ki “kenbe fèm” devan M jodi a, kiyès ki toujou pèmèt yo ap pale angran? Kiyès ki pa toujou pran plezi nan pwòp pwennvi yo? Lè M pa t ekspoze moun yo dirèkteman, yo pa t gen okenn kote pou yo te kache epi lawonte t ap toumante yo. Kijan sa t ap ye si Mwen te pale yon lòt jan? Moun yo t ap gen yon gran santiman ke yo gen dèt, yo t ap kwè anyen pa kapab geri yo, epi yo tout t ap rete anchennen byen sere nan pasivite yo. Lè moun yo pèdi lespwa, sali wayòm nan sonnen ofisyèlman, ki se, jan moun yo te di a, “moman kote sèt Lespri Bondye yo kòmanse travay.” Ki vle di, se nan moman sa lavi wayòm nan kòmanse ofisyèlman sou latè; se moman kote divinite Mwen sòti pou li aji dirèkteman (san okenn “tretman” mantal). Tout moun ap kouri, tankou si yo te reprann konesans oswa reveye nan yon rèv, epi, pandan yo reveye, yo sezi pou yo wè nan ki sitiyasyon yo ye. Nan tan pase yo, Mwen te di anpil sou konstriksyon legliz; Mwen te revele anpil mistè, men lè travay sa a rive nan bout li, li fini yon fason brital. Men konstriksyon wayòm nan diferan. Se sèlman lè lagè espirityèl la rive nan dènye etap li M ap rekòmanse travay Mwen sou latè. Sa vle di, se sèlman lè tout moun pwòch retrèt yo M ap kòmanse, epi mete kanpe nouvo travay Mwen an ofisyèlman. Diferans ki genyen ant konstriksyon wayòm nan ak konstriksyon legliz la se ke nan konstriksyon legliz la, Mwen te travay avèk yon imanite ki te genyen divinite a ap gouvènen l; Mwen te aji dirèkteman ak ansyen nati lòm nan, pandan M te montre nan ki eta li lèd, epi ekspoze tout sa ki te konpoze l. Kòm rezilta, yo te aprann konnen tèt yo sou baz sa a, epi yo te dakò sa nan kè yo ak nan pawòl yo. Nan konstriksyon wayòm nan, Mwen aji dirèkteman atravè divinite M, e Mwen pèmèt tout moun konnen ki sa M genyen, epi ki sa Mwen ye sou baz konesans yo de pawòl Mwen, pandan Mwen pèmèt yo finalman pou yo rive konnen M kòm lachè enkane. Se konsa limanite pral sispann rapouswiv Bondye vag la, e se konsa yo pral sispann kenbe yon plas nan kè yo pou Bondye ki nan syèl la; ki vle di M ap fè limanite konnen aksyon M ap akonpli pandan mwen se lachè enkane, epi konsa M ap mete yon pwen final nan tan Mwen sou latè.
Konstriksyon wayòm nan vize domenn espirityèl la dirèkteman. Sa vle di, eta batay la nan wayòm espirityèl la parèt aklè pami tout pèp Mwen an dirèkteman, epi sa sifi pou montre non sèlman anndan legliz la, men tou, e pi plis toujou nan Tan Wayòm nan, chak moun nan lagè anpèmanans. Malgre kò fizik yo, wayòm espirityèl la revele dirèkteman, epi yo rantre ankontak ak lavi nan wayòm espirityèl la. Konsa, lè nou kòmanse fidèl, nou dwe prepare nou kòrèkteman pou pati nan travay Mwen an ki pral kòmanse a. Nou dwe fè kado tout kè nou; se sèlman konsa nou kapab satisfè kè Mwen. Anyen pa enterese M nan sa ki te pase anvan nan legliz; jodi a, se wayòm nan. Nan plan Mwen, Satan, depi odepa, swiv chak etap epi, tankou yon sententèwonp pou sajès Mwen, toujou eseye jwenn wout ak mwayen pou l deranje plan orijinal Mwen. Epoutan, èske M ta kapab tonbe nan magouy mètdam li yo? Tout bagay nan syèl la epi sou latè itil Mwen; èske magouy mètdam Satan yo te kapab diferan? Se ekzakteman la kwazman sajès Mwen ye; se ekzakteman sa ki mèveye nan aksyon M yo, e se prensip fonksyònman tout plan jesyon Mwen an. Pandan tan konstriksyon wayòm nan, Mwen toujou pa eskive magouy mètdam Satan yo, men Mwen kontinye fè travay Mwen dwe akonpli a. Pami linivè ak tout bagay, Mwen chwazi aksyon Satan yo kòm konba Mwen. Èske se pa yon manifestasyon sajès Mwen? Èske se pa ekzakteman sa ki mèveye nan travay Mwen? Nan okazyon rantre nan Tan Wayòm nan, tout bagay nan syèl la epi sou latè ap transfòme totalman, e y ap selebre epi rejwi. Èske nou diferan? Nan kè kiyès ki pa genyen dousè myèl la? Kiyès ki p ap eklate ak lajwa? Kiyès ki p ap danse avèk plezi? Kiyès ki p ap di pawòl lwanj?
Èske nou sezi bi ak orijin tout sa Mwen pale epi diskite pi wo a, oswa nou pa sezi? Si M pat di sa, anpil moun t ap panse Mwen te sèlman ap bavade, epi yo pa t ap kapab konprann sous pawòl Mwen yo. Si nou pran swen medite sou yo, nou va konnen enpòtans yo. Nou t ap fè byen pou nou li yo avèk swen: Kiyès nan pawòl Mwen yo ki pa yon benefis pou ou? Kiyès ki pa kontribiye pou fè lavi w grandi? Kiyès ki pa pale de reyalite wayòm espirityèl la? Pi fò moun panse pa gen amoni oubyen larezon nan pawòl Mwen yo, ke yo manke esplikasyon ak entèpretasyon. Èske pawòl Mwen yo ta vreman abstrè oswa enkonpreyansib konsa? Èske nou soumèt anba pawòl Mwen yo tout bon? Èske nou asepte pawòl Mwen yo tout bon? Èske nou pa pran yo pou jwèt? Èske nou pa sèvi ak yo tankou rad pou nou kouvri sa ki lèd nan aparans nou? Nan gran etandi mond sa a, kiyès Mwen te egzaminen pèsonèlman? Kiyès ki te tande vwa Lespri Mwen pale avè l pèsonèlman? Gen tèlman moun k ap tatonnen epi k ap chèche nan fènwa; genyen tèlman k ap priye nan kalamite, genyen tèlman ki grangou epi ki santi fredi, k ap gade ak lespwa; epi genyen tèlman ki anba chenn Satan; epoutan genyen tèlman ki pa konnen ki kote pou yo vire gade, genyen tèlman k ap trayi M nan mitan bonè yo, genyen tèlman ki engra epi genyen tèlman ki fidèl ak magouy mètdam Satan yo. Kiyès pami nou ki se Jòb? Kiyès ki se Pyè? Poukisa Mwen te toujou ap site non Jòb? Poukisa Mwen pale de Pyè anpil fwa konsa? Èske nou deja byen verifye kisa M espere pou nou? Nou ta dwe pase plis tan ap reflechi sou kesyon sa yo.
Pyè te fidèl avè M pandan anpil lane, men li pa t janm bougonnen oswa plenyen; menm Jòb pa t egal avè l, e atravè tan yo, tout sen yo te lwen nivo Pyè. Non sèlman li te chèche konnen M, men tou li te vin konnen M pandan yon tan kote Satan t ap ekzekite magouy mètdam li yo. Sa te kondui Pyè pou l sèvi M pandan anpil lane, toujou mache nan volonte M, epi pou rezon sa a, Satan pa te janm kapab eksplwate l. Pyè te tire leson nan lafwa Jòb, men tou li te wè feblès Jòb yo aklè. Malgre Jòb te genyen yon lafwa wo nivo, li te manke konesans sou bagay ki nan wayòm espirityèl la, sa te fè l di anpil pawòl ki pa t koresponn ak reyalite; sa montre konesans Jòb te lejè epi li pa t ap kapab pèfeksyone. Konsa, Pyè te toujou konsantre l mache selon lespri, epi li te toujou pran san l pou l obsève dinamik wayòm espirityèl la. Kòm rezilta, non sèlman li te kapab verifye enpe nan sa M te vle, men li te genyen tou yon minimòm konesans sou magouy mètdam Satan yo. Poutèt sa, konesans li sou Mwen te grandi pou l vin pi gran pase pa tout lòt moun atravè tan yo.
Apati eksperyans Pyè a, li pa difisil pou wè ke si tout moun swete konnen M, y ap bezwen konsantre atansyon yo pou bay lespri yo yon konsiderasyon atantif. M pa mande pou nou “konsakre” pou Mwen yon montan detèmine aleksteryè; se yon bezwen segondè. Si w pa konnen M, ebyen tout lafwa, lanmou, ak fidelite w ap pale a se chimè; yo mou, epi w asire pou w vin yon moun k ap fè djòlè devan M men ki pa konn tèt li. Konsa, ou pral pran nan pyèj Satan ankò epi w p ap kapab sòti ladan; w ap tounen yon pitit pèdisyon epi yon bagay ki pou detwi. Men, si w frèt epi w pa gen sousi pou pawòl Mwen, ebyen ou kanpe anfas Mwen san okenn dout. Sa a se yon reyalite, e w t ap fè byen pou w gade atravè baryè wayòm espirityèl la kantite ak varyete lespri Mwen chatye. Kiyès ladan yo, anfas pawòl Mwen ki pa t pasif, ensansib, epi pa asepte l? Kiyès ladan yo ki pa t fwonte konsènan pawòl Mwen? Kiyès ladan yo ki pa t eseye jwenn fot nan pawòl Mwen? Kiyès ladan yo ki pa t eseye sèvi ak pawòl Mwen kòm “zam defans” pou yo “pwoteje” tèt yo? Yo pa t sèvi ak sa ki di nan pawòl Mwen tankou yon mwayen pou yo konnen M, men senpman tankou jwèt pou yo jwe. Nan fason yo aji a, èske yo pa reziste avè M dirèkteman? Kiyès ki se pawòl Mwen? Kiyès ki se Lespri Mwen? Mwen poze nou kesyon sa yo konbyen fwa, men èske nou deja jwenn enfòmasyon ki pi ekzak epi ki pi klè sou yo? Èske nou janm vrèman eksperimante yo? M ap fè nou sonje yon fwa ankò: Si nou pa konnen pawòl Mwen, ni asepte yo, ni mete yo anpratik, ebyen nou p ap ka evite pou nou tounen objè chatiman Mwen! Asireman n ap tounen viktim Satan!
29 Fevriye 1992