Travay Bondye ak Pratik Lèzòm
Travay Bondye pami moun pa kapab fèt san moun, paske se moun ki objè travay sa a, epi lòm se sèl kreyati ki kapab bay temwayaj pou Bondye. Lavi moun ak tout sa moun ap fè pa kapab separe ak Bondye, epi se men Bondye ki kontwole tout bagay, epi nou kapab menm di pèsonn pa kapab egziste san okenn koneksyon ak Bondye. Pèsonn pa kapab demanti sa, paske se yon reyalite. Tout sa Bondye fè se nan benefis limanite epi Li fè yo nan sans pou L konbat plan Satan yo. Tout sa lèzòm bezwen soti nan Bondye, epi Bondye se sous lavi lèzòm. Konsa lòm senpleman pa kapab separe ak Bondye. Bondye, an plis de sa, pa t janm gen lide pou L separe ak lòm. Travay Bondye ap fè a se pou byennèt tout limanite, e tout sa Li panse toujou bon. Konsa, pou lòm, travay Bondye ak panse Bondye (kidonk, volonte Bondye), se de(2) “vizyon” lòm ta dwe konnen. Vizyon sa yo se jesyon travay Bondye, ni se pa yon travay lòm kapab akonpli. Ekzijans Bondye fè lòm pandan Limenm L ap fè travay Li, pote non “pratik” lòm. Vizyon yo, se travay Bondye a Li menm, oubyen yo se volonte Li pou limanite, oubyen ankò yo se bi epi enpòtans travay Li. Nou kapab di tou vizyon yo fè pati jesyon an, paske jesyon sa a se travay Bondye pou lèzòm, ki vle di se travay Bondye ap fè pami lèzòm. Travay sa a se prèv ak chemen ki pèmèt moun konnen Bondye, e li genyen pi plis enpòtans pou lòm. Si, pase pou yo konsantre atansyon yo sou travay Bondye a, moun yo prefere konsantre atansyon yo sou doktrin kwayans nan Bondye yo, oswa yon bann ti detay san enpòtans, ebyen yo senpman p ap konnen Bondye, e, an plis, yo p ap vin selon kè Bondye. Travay Bondye a ki nesesè anpil anpil pou moun kapab konnen Bondye, pote non vizyon. Vizyon sa yo se travay Bondye, volonte Bondye, bi ak enpòtans travay Bondye; tout se pou benefis moun. Pratik la limenm gen rapò ak sa lòm ta dwe fè, sa kreyati k ap swiv Bondye yo sipoze fè, se devwa lòm li ye tou. Sa lèzòm dwe fè, se pa yon bagay yo te konprann depi okòmansman, men se egzijans Bondye fè lòm pandan Limenm L ap travay. Ofiramezi, egzijans sa yo ap vin pi pwofon epi pi elve amezi Bondye ap travay. Pa egzanp, nan Tan Lalwa a, lòm te dwe swiv lalwa, epi nan Tan Lagras la, lòm te dwe pote kwa a. Tan Wayòm nan diferan: Egzijans lòm yo vin pi elve pase jan sa te ye nan Tan Lalwa a ak nan Tan Lagras la. Ofiramezi vizyon yo ap pi elve, egzijans ki devan lòm yo ap vin pi elve, epi y ap vin pi klè, pi reyèl tou. Se menmjan an, vizyon yo ap vin pi reyèl toujou. Tout vizyon reyèl sa yo, non sèlman yo favorize obeyisans lòm dwe genyen pou Bondye, men plis toujou, yo favorize konesans lòm de Bondye.
Pa rapò ak tan anvan yo, travay Bondye a pandan Tan Wayòm nan pi pratik, li plis oryante sou esans lòm ak chanjman nan karaktè li, epi li pi kapab bay Bondye temwayaj Limenm pou tout sila yo k ap swiv Li. Ki vle di tou, pandan Tan Wayòm nan, pandan L ap travay, Bondye plis devwale tèt Li bay lòm plis pase Li te janm fè sa nan tan pase yo, ki vle di vizyon lòm ta dwe konnen yo pi elve pase sa ki te nan tout tan anvan yo. Paske travay Bondye a pami lèzòm antre nan yon teritwa li pa t janm ye anvan, vizyon lòm vin konnen yo pandan Tan Wayòm nan, se yo ki pi elve atravè tout travay jesyon an. Travay Bondye a antre nan yon teritwa li pa t janm antre anvan, konsa, vizyon lòm dwe konnen yo vin pi elve pase tout lòt vizyon yo, epi pratik lòm ki konekte ak vizyon sa yo pi elve tou pase tout lòt pratik nan tan avan yo, paske pratik lòm nan chanje ofiramezi ansanm ak vizyon yo, epi pèfeksyon vizyon yo mete mak li sou pèfeksyon egzijans lòm dwe satisfè yo. Depi jesyon Bondye a kanpe, pratik lòm nan ap kanpe tou, epi san travay Bondye, lòm p ap gen okenn chwa sof pou l kenbe doktrin tan pase yo, oubyen ankò li senpman p ap gen okenn kote pou l vire gade. Si pa genyen nouvo vizyon, lòm p ap genyen nouvo pratik nonplis; si pa genyen vizyon konplè, lòm p ap genyen pratik ki pafè; si pa genyen vizyon pi elve, lòm p ap genyen pratik siperyè. Pratik lèzòm chanje avèk chak pa Bondye fè, epi, menmjan an, konesans ak eksperyans lèzòm chanje avèk travay Bondye. Kèlkeswa kapasite lòm ta genyen, li toujou enseparab ak Bondye, e si Bondye ta sispann travay menm pou yon ti moman, lòm t ap mouri touswit anba kòlè L. Lòm pa gen okenn rezon pou l fè djòlè, kèlkeswa nivo konesans li jodi a, kèlkeswa fondè eksperyans li, li enseparab ak travay Bondye—paske pratik lèzòm, epi sa yo ta dwe ap chèche nan kwayans yo nan Bondye enseparab ak vizyon yo. Nan chak sikonstans nan travay Bondye a, genyen vizyon ke lòm ta dwe konnen, epi lòm gen egzijans mezi vizyon sa yo. Si lòm pa t gen vizyon sa yo kòm fondman, li pa t ap kapab pratike ditou, ni lòm pa t ap kapab swiv Bondye san l pa fayi. Si lòm pa konnen Bondye oswa konprann volonte Bondye, ebyen tout sa lòm ap fè, se pou granmesi, epi li p ap kapab jwenn akò Bondye. Kèlkeswa gran kantite don lòm ta genyen, sa pa anpeche l enseparab ak travay Bondye epi direksyon Bondye. Kèlkeswa bonte lòm ta mete nan aksyon l oswa kantite aksyon lòm ta akonpli, yo p ap janm kapab ranplase travay Bondye. Konsa, nan okenn sikonstans, pratik lòm pa kapab separe ak vizyon yo. Sila yo ki pa asepte nouvo vizyon yo pa genyen nouvo pratik nonplis. Pratik yo pa genyen okenn rapò ak laverite paske se doktrin y ap obeyi epi se lalwa tou mouri a y ap swiv; yo pa genyen nouvo vizyon ditou, epi kòm rezilta, yo pa mete anyen ki nan tan nouvo a an pratik. Yo pèdi vizyon yo, epi nan aji konsa, yo pèdi travay Sentespri a tou, epi yo pèdi laverite. Sila yo ki pa genyen laverite, yo se pitit estipidite, yo se enkanasyon Satan. Kèlkeswa kalite moun yon moun ye, li pa kapab pa genyen vizyon travay Bondye, epi li pa kapab pa genyen prezans Sentespri a; depi yon moun pèdi vizyon yo, li desann menm kote a nan lanfè epi l ap viv nan fènwa. Moun ki san vizyon yo se sila yo k ap swiv Bondye tankou tèt cho, se sila yo ki pa genyen travay Sentespri a nan yo, epi y ap viv nan lanfè. Moun konsa p ap pouswiv verite a, men yo sèlman afiche non Bondye tankou yon pankat. Sila yo ki pa konnen travay Sentespri a, ki pa konnen Bondye enkane a, ki pa konnen twa etap travay ki nan totalite jesyon Bondye a—yo pa konnen vizyon yo, epi konsa yo pa gen verite a. E sila yo ki pa posede verite a, èske tout se pa mechan yo ye? Sila yo ki genyen volonte pou yo mete laverite anpratik, ki genyen volonte pou yo chèche konesans Bondye, epi ki kolabore tout bon ak Bondye, se pou moun sa yo vizyon yo aji tankou yon fondasyon. Bondye apwouve yo paske yo kolabore ak Bondye, e se kolaborasyon sa a lòm ta dwe mete anpratik.
Vizyon yo genyen plizyè chemen pou pratike. Vizyon yo tou genyen ladan yo egzijans pratik moun yo dwe satisfè, menmjan ak travay Bondye a ke lòm ta dwe konnen. Nan tan pase yo, pandan rasanbleman espesyal yo oswa gran rasanbleman yo ki te konn fèt plizyè kote, se yon sèl pwen nan chemen pratik la moun te konn diskite. Se yon pratik konsa ki te dwe pratike pandan Tan Lagras la, ki pa t prèske gen okenn relasyon ak konesans Bondye, paske vizyon Tan Lagras la se te sèlman vizyon Jezi krisifye, e pa t genyen vizyon ki te pi gran. Lòm te sipoze konnen sèlman travay redanmsyon limanite a atravè krisifiksyon an, konsa, pandan Tan Lagras la, pa t genyen lòt vizyon pou lòm te konnen. Nan fason sa a, konesans lòm te gen sou Bondye pa t sifi ditou, epi apre konesans lanmou ak konpasyon Jezi, se sèlman ti bagay tou zwit ki te genyen pou mete anpratik, bagay ki te byen lwen ak sa ki genyen jounen jodi a. Nan tan pase, sou kèlkeswa fòm li te fè yon asanble, lòm pa t kapab pale sou yon konesans pratik nan travay Bondye a, pi mal toujou, pèsonn pa t kapab esplike aklè ki chemen pratik ki te plis konfòm pou lòm antre ladann. Lòm te sèlman mete kèk detay senp sou yon fondman tolerans ak pasyans; pa te genyen ditou okenn chanjman nan esans pratik li, paske nan menm tan sa a Bondye pa t fè okenn travay nouvo, epi sèl egzijans Li te fè lòm se te byenveyans ak pasyans, oswa pote kwa a. Andeyò pratik sa yo, pa t gen vizyon ki te pi elve pase krisifiksyon Jezi. Nan tan pase yo, moun pa t konn tande pale de okenn lòt vizyon paske Bondye pa t fè anpil travay, epi paske li te sèlman fè lòm kèk egzijans limite. Konsa, kèlkeswa sa lòm te fè, li pa t kapab transgrese obligasyon sa yo, obligasyon yo te senp epi byen lejè pou lòm te mete anpratik. Jodi a, se de lòt vizyon M ap pale, paske jodi a, gen plis travay ki deja fèt, yon travay ki depase plizyè fwa Tan Lalwa a ak Tan Lagras la. Egzijans lòm genyen yo pi elve tou plizyè fwa pase sa li te genyen nan tan pase a. Si lòm pa kapab konnen yon travay konsa tout bon, ebyen li pa t ap genyen anpil enpòtans; nou kapab di lòm ap mal pou l konnen yon travay konsa tout bon si l pa konsakre tout lavi l ap fè efò pou sa. Nan travay konkèt la, pale sèlman de chemen pratik la t ap rann konkèt lòm vin enposib. Pale senpman de vizyon, san fè lòm okenn egzijans t ap rann konkèt lòm vin enposib toujou. Si yo te pale sèlman de pawòl chemen pratik la, san anyen ankò, ebyen li t ap enposib pou frape talon Achille lòm, oubyen pou voye jete nosyon lòm yo, epi li t ap vin enposib tou pou fè konkèt lòm konplètman. Vizyon yo se prensipal enstriman konkèt lòm, men si pa t genyen chemen pratik andeyò vizyon yo, ebyen lòm pa t ap gen okenn mwayen pou l swiv, epi li t ap pi pa gen mwayen antre toujou. Se konsa prensip travay Bondye a te ye depi nan kòmansman pou rive nan finisman: Nan vizyon yo, genyen sa moun kapab mete anpratik, epitou genyen vizyon ki ajoute sou pratik la. Degre chanjman alafwa nan lavi lòm ak nan karaktè li mache ak chanjman nan vizyon yo. Si lòm te konte sèlman sou pwòp efò li, li t ap enposib pou l reyalize okenn chanjman enpòtan. Vizyon yo pale de travay Bondye Li menm epi de jesyon Bondye a. Pratik la endike chemen pratik lòm ak chemen egzistans lòm; nan tout jesyon Bondye a, relasyon ant vizyon ak pratik se relasyon Bondye ak lòm. Si vizyon yo te elimine, oubyen si se sèlman pale yo te pale de yo, san pale de pratik, oubyen si se sèlman vizyon yo te ye epi pratik lòm nan te elimine, ebyen bagay konsa pa te kapab pase pou jesyon Bondye, yo t ap plis pa kapab di travay Bondye a te fèt pou benefis limanite; nan fason sa, non sèlman devwa lòm t ap elimine, men se t ap yon demanti finalite travay Bondye a. Si depi nan kòmansman pou jis nan finisman, lòm te sèlman oblije pratike, san travay Bondye a pa t enplike ladann, epi anplis, si lòm pa t oblije konnen travay Bondye a, ebyen yon travay konsa t ap pi pa kapab pote non travay Bondye a. Si lòm pa t konnen Bondye, ni konnen volonte Bondye epi li te jis ap egzèse pratik li, san l pa konn sa l ap fè, tou vag, tou distrè, ebyen li pa t ap janm devni yon kreyati kalifye tout bon. Konsa, toule de(2) bagay sa yo endispansab. Si te genyen sèlman travay Bondye a, ki vle di, si se te sèlman vizyon ki te genyen epi pa t genyen patisipasyon oswa pratik lòm, ebyen bagay konsa pa ta kapab pote non jesyon Bondye a. Si te genyen sèlman pratik ak rantre lòm, ebyen kèlkeswa nivo chemen lòm ta antre ladann nan, sa a tou pa t ap aseptab. Rantre lòm dwe evolye ofiramezi, pazapa ak travay la epi vizyon yo; li pa kapab chanje pou yon kapris. Prensip ki dirije pratik lòm yo pa lib ni san kondisyon, men yo fikse nan limit ki defini pou sa. Prensip sa yo chanje ofiramezi ak vizyon travay la. Donk, jesyon Bondye a rezime finalman nan travay Bondye a ak pratik lòm nan.
Travay jesyon an te pran nesans sèlman akoz limanite, ki vle di li te jwenn egzistans li sèlman akoz egzistans limanite. Pa t genyen jesyon avan limanite, oubyen okòmansman, lè syèl la ak tè ak tout lòt bagay te fin kreye. Si, nan tout travay Bondye a, pa t genyen pratik pou benefis lòm, ki vle di, si Bondye pa t fè limanite kowonpi a egzijans ki te nesesè (si, nan travay Bondye te akonpli a, pa t genyen yon chemen konvenab pou pratik lòm), ebyen travay sa a pa t kapab pote non jesyon Bondye. Si travay Bondye a nan tout entegralite l, se te sèlman di limanite kijan pou l pratike, epi Bondye pa t antreprann anyen Li menm pèsonèlman, epi Li pa t montre menm yon ti kras nan omnipotans Li ak sajès Li, ebyen kèlkeswa nivo egzijans Bondye ta fè lòm, kèlkeswa konbyen tan Bondye ta abite pami lèzòm, lòm pa t ap konn anyen nan karaktè Bondye; si se ta konsa, ebyen yon kalite travay konsa pa t ap merite ditou pou l pote non jesyon Bondye a. Avèk mo ki tou senp, an nou di travay jesyon Bondye a se travay Bondye akonpli a, ak tout travay sila yo ki se moun pa Bondye yo fè, anba direksyon Bondye. Yon travay konsa kapab rezime kòm yon travay jesyon. Pou nou di sa yon lòt jan, travay Bondye pami lèzòm, epi kolaborasyon tout moun k ap swiv Li yo avè L, yon fason kolektif, pote non jesyon. La, travay Bondye a rele vizyon, epi kolaborasyon lòm nan rele pratik. Plis nivo travay Bondye a wo (ki vle di plis vizyon yo wo), se plis karaktè Bondye parèt pi klè pou lòm, se plis li deparye ak nosyon lòm yo, epi se plis nivo pratik lòm ak kolaborasyon li vin pi wo. Plis nivo ekzijans Li fè lòm yo ap monte wo, se plis travay Bondye a deparye avèk nosyon lòm yo, ki vin lakoz eprèv lòm yo ak nivo li dwe respekte yo vin pran plis wotè toujou. Lè travay sa a va fini, tout vizyon yo ap gentan reyalize, e tout sa lòm dwe mete anpratik yo ap rive nan pi wo nivo pèfeksyon an. Se nan moman sa a tou chak moun pral klase selon kategori li, paske lòm ap deja konnen sa li dwe konnen an. Konsa, lè vizyon yo rive nan pi wo nivo yo, travay la pral pwoche asireman nan finisman li, epi pratik lòm nan ap rive tou nan pi wo nivo li. Pratik lòm nan baze sou travay Bondye a, e se granmesi pratik lòm nan ak kolaborasyon li ki asire plenitid ekspresyon jesyon Bondye a. Lòm se pyès prensipal travay Bondye a, li se objè tout travay jesyon Bondye a, epi li se pwodui tout jesyon Bondye a. Si Bondye t ap travay poukont Li, san kolaborasyon lòm, ebyen pa t ap gen anyen ki t ap kapab sèvi pou kristalize tout travay Li a, konsa travay jesyon Bondye a pa t ap genyen okenn enpòtans ditou. Akote travay Bondye a, se sèlman si Bondye chwazi objè ki apwopriye pou l eksprime travay Li, epi bay prèv omnipotans Li ak sajès Li, se sèlman konsa Bondye kapab rive nan bi jesyon Li an, epi reyalize objektif pou Li sèvi ak tout travay sa a pou L pote laviktwa nètalkole sou Satan. Konsa, lòm se yon eleman endispansab nan travay jesyon Bondye a, epi se lòm sèl ki kapab pèmèt jesyon Bondye a pote fwi epi rive atenn objektif li; apre lòm, pa gen okenn lòt fòm vi ki kapab jwe yon wòl konsa. Si lòm destine pou l devni veritab kristalizasyon travay jesyon Bondye a, ebyen dezobeyisans limanite kowonpi a dwe disparèt konplètman. Sa vin kreye egzijans pou lòm resevwa yon pratik ki adapte ak chak peryòd diferan, epi pou Bondye akonpli travay ki koresponn nan pami lèzòm. Finalman, se sèlman konsa Bondye ap vin genyen yon gwoup moun ki se kristalizasyon travay jesyon Bondye a. Travay Bondye pami lèzòm pa kapab bay temwayaj pou Bondye Limenm, tou senpman atravè travay Bondye a poukont li; pou li kapab reyalize, yon temwayaj konsa bezwen kretyen vivan tou ki aseptab pou travay Bondye a. Bondye pral travay toudabò sou moun sa yo, apre sa, travay Li a pral eksprime atravè yo menm, se konsa, temwayaj sa a sou volonte Li pral rive pami kreyati yo, epi konsa, Bondye pral rive nan bout travay Li a. Bondye p ap travay poukont Li pou L pote laviktwa sou Satan, paske Li pa kapab temwaye dirèkteman pou tèt Li pami tout kreyati yo. Si Li ta fè l konsa, sa t ap vin enposib pou konvenk lòm konplètman, poutèt sa, Bondye bezwen travay sou lòm pou L fè konkèt li, e se sèlman lè sa L ap kapab jwenn temwayaj pami tout kreyati yo. Si se te sèlman Bondye ki t ap travay, san kolaborasyon lòm, oubyen si lòm pa t oblije kolabore, ebyen lòm pa t ap janm kapab konnen karaktè Bondye, ni li pa t ap janm pran konsyans de volonte Bondye; travay Bondye a pa t ap kapab pote non travay jesyon Bondye. Si se sèlman lòm ki t ap redi poukont li, ki t ap chèche epi travay di, san li pa konprann anyen nan travay Bondye a, ebyen se sèlman teyat lòm t ap rive fè. San travay Sentespri a, tout sa lòm fè sòti nan Satan, li rebèl epi li malfektè; Satan manifeste nan tout sa limanite kowonpi a ap fè, epi pa gen anyen ki an akò avèk Bondye, epi tout sa lòm fè se manifestasyon Satan. Pa gen anyen nan sa ki pale la ki andeyò vizyon yo ak pratik la. Sou baz vizyon yo, lòm jwenn pratik la ak chemen obeyisans la, yon fason pou li kapab mete nosyon l yo sou kote, epi fè pwovizyon bagay li pa t posede nan tan pase yo. Bondye egzije pou lòm kolabore avèk Li, pou lòm soumèt konplètman anba egzijans li yo, epi lòm mande pou l wè travay Bondye Limenm akonpli a, pou l fè eksperyans pwisans san limit Bondye, epi pou l konnen karaktè Bondye. Pou rezime, se sa yo ki jesyon Bondye a. Inyon Bondye ak lòm, se jesyon an, e se jesyon ki pi wo nivo a.
Tout sa vle di vizyon yo koresponn prensipalman ak travay pa Bondye Li menm, sa vle di tou pratik la se travay lòm li ye, li pa gen okenn relasyon ak Bondye ditou. Bondye akonpli travay Li Limenm, epi lòm akonpli pratik li limenm. Sa Bondye gen pou L fè Limenm, lòm pa gen anyen pou l fè ladan, epi sa lòm dwe pratike limenm pa gen okenn rapò ak Bondye. Travay Bondye se pwòp ministè Li, ki pa gen okenn rapò ak lòm. Lòm pa gen okenn bezwen pou l fè travay sa a, epitou lòm pa t ap gen kapasite pou l fè travay Bondye dwe akonpli. Lòm gen devwa pou l akonpli sa li dwe pratike, kit se sakrifis lavi li, oubyen livre li bay Satan pou temwayaj—tout sa se lòm ki dwe akonpli l. Bondye Limenm reyalize tout travay li te sipoze fè, epi yo montre lòm travay li ta dwe fè, epi travay ki rete a, se lòm ki pou fè l. Bondye pa fè travay siplemantè. Li sèlman fè travay ki koresponn ak ministè Li, epi Li sèlman montre lòm chemen an, epi li fè travay louvri chemen an sèlman, men Li pa fè travay asfalte chemen an; tout moun dwe konprann sa. Mete laverite anpratik vle di mete pawòl Bondye anpratik, e tout sa se devwa lòm, se sa lòm dwe fè, e sa pa gen anyen pou l wè ditou ak Bondye. Si lòm ap egzije pou Bondye Limenm tou sibi touman ak rafinman nan laverite, menmjan ak lòm limenm, ebyen lòm tonbe nan dezobeyisans. Travay Bondye se akonpli ministè Li, epi devwa lòm se obeyi ak tout lòd Bondye pase l, san okenn rezistans. Lòm gen devwa pou l akonpli sa li dwe atenn nan, kèlkeswa fason Bondye ap travay oubyen ap viv la. Se sèl Bondye Limenm ki gen dwa fè lòm egzijans, ki vle di se sèl Bondye Limenm ki kalifye pou L fè lòm egzijans. Lòm pa ta dwe gen okenn chwa, e sèl sa li ta dwe fè se soumèt li epi pratike san rezèv; se sans sa a lòm ta dwe posede. Depi Bondye fin fè travay Li te dwe akonpli a, lòm dwe fè eksperyans travay sa a, etap pa etap. Si, alafen, lè tout jesyon Bondye a fin rive nan bout li, lòm toujou pako janm fè sa Bondye egzije, ebyen lòm ta dwe sibi yon pinisyon. Si lòm pa ranpli egzijans Bondye yo, se dezobeyisans li ki lakoz; sa pa vle di se Bondye ki te manke presizyon nan travay Li. Tout sila yo ki pa kapab mete pawòl Bondye anpratik, sila yo ki pa kapab satisfè egzijans Bondye, epi sila yo ki pa kapab bay fidelite yo epi akonpli devwa yo, yo tout pral sibi pinisyon. Jodi a, sa nou gen devwa pou n akonpli, se pa egzijans siplemantè, men se devwa lòm, epi sa tout moun nèt ta dwe fè. Si menm devwa nou, nou montre nou pa kapab fè, oswa nou pa kapab byen fè, ebyen èske se pa pwoblèm nou chèche bay tèt nou? Èske se pa lanmò n ap machande? Kijan nou fè kontinye ap tann pou nou gen yon avni epi lòt debouche? Travay Bondye a fèt nan benefis limanite, epi lòm bay kolaborasyon li nan benefis jesyon Bondye a. Apre Bondye fin fè tout sa li te sipoze fè, se devwa lòm pou li pratike san rezèv epi kolabore ak Bondye. Nan travay Bondye a, lòm pa dwe refize fè okenn efò, li dwe ofri fidelite li epi li pa ta dwe kite yon pakèt nosyon ap tante l, oubyen chita yon kote l ap tann lanmò. Bondye kapab sakrifye tèt li pou lòm, ebyen poukisa lòm pa kapab ofri Bondye fidelite l? Bondye dispoze kè L ak lespri L pou lòm, poukisa lòm pa kapab ofri enpe kolaborasyon? Bondye travay pou limanite, poukisa lòm pa kapab fè menm yon pati nan devwa l yo nan benefis jesyon Bondye a? Travay Bondye a rive jis isit, jiskounye a nou toujou wè men nou pa aji, nou tande men nou pa bouje. Moun sa yo èske se pa objè pèdisyon yo ye? Bondye deja konsakre tout Limenm pou lòm, ebyen poukisa, jodi a, lòm pa kapab pran devwa l oserye pou l akonpli l? Pou Bondye, travay Li se premye priyorite l, e travay jesyon L lan gen plis enpòtans pase tout bagay. Pou lòm, mete pawòl Bondye anpratik epi satisfè egzijans Bondye yo se premye priyorite l. Se sa nou tout ta dwe konprann. Pawòl nou sot tande la yo rive menm nan nwayo esans nou, epi travay Bondye a antre nan teritwa kote li pa t ko janm antre. Anpil moun toujou pa konprann laverite ak manti nan chemen sa a; yo toujou la ap tann epi gade, epi yo pa fè devwa yo. Pase pou yo fè sa, yo rete ap ekzaminen chak mo ak chak aksyon Bondye, yo konsantre atansyon yo sou ki sa L ap manje ak ki rad Li mete, epi nosyon yo ap vin davantaj pi serye. Èske moun sa yo se pa bwi y ap fè pou granmesi? Kijan de kalite moun konsa ta kapab moun k ap chèche Bondye? Epi kijan yo ta kapab moun ki gen entansyon pou yo soumèt devan Bondye? Yo mete fidelite yo ak devwa yo nan fon lespri yo epi yo prefere konsantre yo sou lokalizasyon Bondye. Moun sa yo se yon eskandal yo ye! Si lòm konprann tout sa li sipoze konprann epi mete anpratik tout sa li sipoze mete anpratik, ebyen asireman Bondye ap lage bendiksyon L sou lòm, paske sa li egzije lòm se devwa lòm li ye, se sa lòm ta dwe fè li ye. Si lòm pa kapab konprann sa li dwe konprann, epi li pa kapab mete anpratik sa li dwe mete anpratik, ebyen lòm ap resevwa pinisyon. Sila yo ki p ap kolabore ak Bondye se lennmi Bondye, sila yo ki pa asepte nouvo travay la kanpe kont li, menm si moun sa yo pa fè anyen ki montre aklè yo kanpe kont li. Tout moun ki pa mete laverite Bondye egzije a anpratik, yo se moun ki chwazi ak tout volonte yo pou yo kanpe anfas pawòl Bondye epi pou yo dezobeyi L, menm si moun sa yo bay travay Sentespri a yon atansyon espesyal. Moun ki pa obeyi pawòl Bondye epi ki pa soumèt yo devan Bondye, se rebèl yo ye, e yo kanpe anfas Bondye. Moun ki pa akonpli devwa yo se moun ki pa kolabore ak Bondye, e moun ki pa kolabore ak Bondye se yo menm ki pa asepte travay Sentespri a.
Lè travay Bondye a rive nan yon pwen, epi jesyon Li rive nan yon pwen, tout sila yo k ap mache selon kè L, y ap kapab satisfè egzijans li yo. Bondye fè lòm egzijans selon pwòp kritè pa L epi selon sa lòm kapab akonpli. Pandan L ap pale de jesyon L, Li tou montre lòm chemen an, epi li montre lòm kote pou l pase pou l rete vivan. Gesyon Bondye ak pratik lòm nan menm etap nan travay la toule de(2), epi y ap reyalize ansanm. Pawòl sou jesyon Bondye konsènen chanjman nan karaktè lòm, epi pawòl sou sa lòm ta dwe fè, epi sou chanjman nan karaktè lòm pa rapò ak travay Bondye; pa gen okenn moman kote de(2) sa yo kapab separe. Pratik lòm ap chanje, etap pa etap. Se paske egzijans Bondye fè lòm yo ap chanje tou, epi paske travay Bondye toujou ap chanje pandan l ap vanse. Si pratik lòm rete prizonye nan pyèj doktrin, sa pwouve travay ak direksyon Bondye manke l; si pratik lòm pa janm chanje oubyen li pa janm ale pi lwen, ebyen sa pwouve lòm ap reyalize pratik li selon pwòp volonte l, epi se pa pratik laverite; si lòm pa gen chemen pou l mache, ebyen li deja tonbe nan men Satan epi se Satan k ap kontwole li, ki vle di se movezespri k ap kontwole l. Si pratik lòm pa ale pi lwen, ebyen travay Bondye a p ap devlope, e si pa gen chanjman nan travay Bondye a, ebyen antre lòm nan ap kanpe, sa a se san mank. Nan tout travay Bondye a, si lòm te dwe toujou konfòme l anba lalwa Jewova a, ebyen travay Bondye a pa t ap pwogrese, anplis li t ap vin pi pa posib pou mete fen nan tan sa a nèt. Si lòm te toujou ap pote kwa a, epi li t ap pratike pasyans ak imilite, ebyen li t ap vin enposib pou travay Bondye a kontinye pwogrese. Sis mil lane jesyon pa kapab annik fini konsa pami moun ki te sèlman gen pou yo konfòme yo anba lalwa, oubyen ki te sèlman ap pote lakwa a, epi pratike pasyans ak imilite. Alaplas, tout travay jesyon Bondye a ap konkli ak sila yo, nan dènye jou yo, ki konnen Bondye, ki sove anba grif Satan epi ki retire tèt yo nèt anba enfliyans Satan. Men direksyon travay Bondye a san mank. Poukisa yo di pratik sila yo ki nan legliz relijye yo pase mòd? Se paske sa y ap mete anpratik la pa gen relasyon ak travay jodi a. Nan Tan Lagras la, sa yo t ap mete anpratik la, se te sa, men amezi tan sa a pase epi travay Bondye a chanje, ofiramezi pratik yo a vin pase mòd. Genyen yon nouvo travay ak yon limyè tou nèf ki kite li dèyè. Sou baz fondasyon original li, travay Sentespri a pwogrese sou plizyè etap nan pwofonfè li. Epoutan moun sa yo toujou rete bloke nan etap inisyal travay Bondye a, epi yo toujou rete kole nan ansyen pratik yo ak ansyen limyè a. Travay Bondye kapab konnen gwo chanjman nan twa oswa senk an, kidonk èske se pi gran transfòmasyon toujou ki pa ta kapab rive depi 2000 an? Si lòm pa gen nouvo limyè oswa pratik, sa vle di li pa t ap mache ak travay Sentespri a. Sa a se echèk lòm; pèsonn pa kapab refize asepte egzistans nouvo travay Bondye a paske sila yo ki te gen travay Sentespri a oparavan kontinye ap obsève pratik tan pase yo jis jounen jodi a. Travay Sentespri a toujou ap vanse, e tout sila yo ki nan kouran Sentespri a, ta dwe ap pwogrese plis anpwofondè toujou epi chanje tou, etap pa etap. Yo pa dwe kanpe sou yon sèl etap. Sèlman sila yo ki pa konnen travay Sentespri t ap rete nan travay orijinal li a, epi refize asepte nouvo travay Sentespri a. Sèl sila yo ki refize obeyi pa t ap kapab resevwa travay Sentespri a. Si pratik lòm nan pa swiv kadans nouvo travay Sentespri a, ebyen asireman pratik lòm nan koupe avèk travay jodi a epi li an kontradiksyon avèk travay jodi a. Moun demode sa yo senpman pa kapab akonpli volonte Bondye, e yo plis pa t ap kapab janm devni moun ki ta finalman temwaye pou Bondye. Tout travay jesyon an, anplis, pa t ap janm kapab konkli nan mitan yon gwoup moun konsa. Pou sila yo ki toujou rete kole sou lwa Jewova yo, epi sila yo ki te soufri pou lakwa otrefwa, si yo pa kapab asepte etap travay dènye jou yo, ebyen tout sa yo te fè a pral anven epi gaspiye. Ekspresyon travay Sentespri a ki pi klè se anbrase li touswit, kounye a, epi sispann kole sou pase a. Sila yo ki pa swiv travay jodi a epi ki separe ak pratik jodi a se sila yo ki opoze epi ki pa asepte travay Sentespri a. Kalite moun konsa, se moun k ap bay travay Bondye a defi. Menm si yo kole sou limyè pase a, se pa manti ke yo pa konnen travay Sentespri a. Poukisa te gen tout pale sa sou chanjman nan pratik lòm nan, sou diferans nan pratik yo ant pase a ak jodi a, sou kijan pratik yo te reyalize nan tan anvan yo, epi kijan sa fèt jodi a? Kalite divizyon sa yo nan pratik lòm nan toujou diskite paske travay Sentespri a toujou ap pwogrese tout tan, epi paske pratik lòm nan dwe chanje tout tan. Si lòm rete kwense nan yon etap, ebyen sa pwouve li pa kapab swiv nouvo travay ni limyè tou nèf Bondye a; sa pa pwouve plan jesyon Bondye a pa chanje. Sila yo ki andeyò kouran Sentespri a toujou panse yo gen rezon, men an reyalite, travay Bondye a sispann nan yo depi lontan, epi travay Sentespri a absan nan yo. Depi lontan travay Bondye a te transfere sou yon lòt gwoup moun, yon gwoup li planifye se ladan pou l fini nouvo travay li a. Paske sila yo ki nan larelijyon pa kapab asepte nouvo travay Bondye a, yo kanpe sèlman sou travay ansyen ki te akonpli nan tan pase yo, Konsa, Bondye vire do bay moun sa yo, epi L ap akonpli nouvo travay Li sou moun ki asepte nouvo travay sa a. Moun sa yo kolabore nan nouvo travay Li a, e se sèlman konsa jesyon li a ap rive akonpli. Jesyon Bondye a toujou ap pwogrese epi pratik lòm nan toujou ap monte pi wo. Bondye toujou ap travay, epi lòm toujou nan bezwen, konsa toule de(2) rive nan pi wo nivo yo, epi Bondye ak lòm rive nan yon linyon pafè. Se ekspresyon akonplisman travay Bondye a, epi se rezilta final tout jesyon Bondye a.
Chak etap nan travay Bondye a koresponn ak yon seri ekzijans pou lòm. Tout sila yo ki nan kouran Sentespri a posede prezans ak disiplin Sentespri a, epi sila yo ki pa nan kouran Sentespri a, yo anba kòmandman Satan, epi yo pa posede youn nan zèv Sentespri a. Sila yo ki nan kouran Sentespri a se sila yo ki asepte nouvo travay Bondye a, epi k ap kolabore nan nouvo travay Bondye a. Si sila yo ki nan kouran an pa kapab kolabore, epi yo pa kapab mete anpratik laverite Bondye egzije pandan tan sa a, ebyen y ap tonbe anba disiplin, epi si sa pi mal Sentespri pral vire do ba yo. Sila yo ki asepte nouvo travay Sentespri a pral viv nan kouran Sentespri a, epi yo va resevwa swen ak pwoteksyon Sentespri a. Sila yo ki gen volonte pou mete laverite anpratik, Sentespri ap klere yo, e sila yo ki pa gen volonte pou mete laverite anpratik, Sentespri ap disipline yo, e yo kapab menm pran pinisyon. Kèlkeswa ki kalite moun, moun yo ye, depi yo nan kouran Sentespri a, Bondye ap pran reskonsablite tout sila yo ki asepte nouvo travay Li a pou lanmou Non li. Sila yo ki glorifye non Li epi ki pare pou mete pawòl Li yo anpratik pral resevwa benediksyon Li; sila yo ki dezobeyi Li epi ki pa mete pawòl Li yo anpratik pral resevwa chatiman Li. Moun ki nan kouran Sentespri a se sila yo ki asepte nouvo travay la, e depi yo te asepte nouvo travay la, yo ta dwe kolabore ak Bondye nan yon fason ki kòrèk, epi yo pa ta dwe ap aji tankou rebèl ki pa akonpli devwa yo. Se sèl egzijans sa a Bondye fè lòm. Se pa pou moun ki pa asepte nouvo travay la: Yo andeyò kouran Sentespri a, epi disiplin ak repwòch Sentespri a pa pou yo. Tout lajounen, moun sa yo ap viv nan lachè, y ap viv nan lespri pa yo, epi tout sa y ap fè se annakò ak doktrin ki sòti nan analiz ak rechèch pwòp sèvo yo fè. Se pa sa nouvo travay Sentespri a egzije, alewè pou sa ta kolaborasyon ak Bondye. Sila yo ki pa asepte nouvo travay Bondye a pa jwenn prezans Bondye, plis toujou, yo pa genyen benediksyon ak pwoteksyon Bondye. Pifò nan pawòl ak aksyon yo koresponn ak ansyen egzijans ki te genyen nan travay Sentespri a; sa yo se doktrin, se pa laverite. Yon doktrin ak yon nòmalizasyon konsa sifi pou pwouve rasanbleman moun sa yo pa lòt bagay ke relijyon; se pa yo menm ki eli yo, ni yo pa objè travay Bondye. Asanble ki reyini yo tout ansanm nan kapab sèlman pote non yon gran kongrè larelijyon, li pa kapab pote non legliz. Se yon reyalite ki tabli san diskisyon. Yo pa genyen nouvo travay Sentespri a; sa y ap fè yo fè panse ak larelijyon, sa y ap viv yo ranpli ak larelijyon; yo pa posede prezans ak travay Sentespri a, alewè pou yo ta kandida pou resevwa disiplin ak limyè Sentespri a. Moun sa yo se kadav yo ye ki pa gen lavi nan yo, se mouchavè ki pa gen tikras espirityalite. Yo pa gen okenn konesans sou rebelyon ak opozisyon lòm, okenn konesans sou sa lòm fè ki mal, yo pi pa konnen anyen nan travay Bondye ak sa Bondye vle jodi a. Tout se yon bann iyoran, moun ba nivo, epi vèmin ki pa taye pou yo pote non kwayan! Pa gen anyen yo fè ki gen enfliyans sou jesyon Bondye a, ale wè pou yo ta kapab deranje plan Bondye. Pawòl yo ak aksyon yo twò degoutan, twò enspire pitye, epi yo jis pa merite okenn kòmantè. Pa gen anyen moun ki pa nan kouran Sentespri a fè ki gen pou wè ak nouvo travay Sentespri a. Pou rezon sa a, kèlkeswa sa yo fè, yo andeyò disiplin Sentespri a, epi plis toujou, yo pa genyen limyè Sentespri a. Paske yo tout se moun ki pa renmen laverite, yo tout se moun Sentespri a rayi epi rejte. Yo pote non mechan paske y ap mache selon lachè epi y ap fè sa ki fè yo plezi sou non Bondye. Pandan Bondye ap travay, yo montre aklè yo pa vle wè Li, epi y ap kouri nan direksyon ki opoze ak Li. Echèk lòm pou li kolabore ak Bondye se larebelyon menm nan dènye ekstrèm li, konsa èske moun sa yo ki chwazi pou yo nan lesefrape ak Bondye Limenm p ap resevwa sa yo merite a? Gen moun, lè y ap tande ki mal moun sa yo ap fè, ki anvi ba yo madichon, alòske Bondye Limenm pa okipe yo. Pou lòm, li ta sanble aksyon yo gen rapò ak non Bondye, men an rayalite, pou Bondye Limenm, yo pa gen okenn relasyon ak non Li, ni ak temwayaj Li. Kèlkeswa sa moun sa yo fè, sa pa genyen okenn rapò ak Bondye: Sa pa gen rapò ni ak non Li ni ak travay L ap fè kounye a. Moun sa yo ap desann tèt yo, epi y ap manifeste Satan; se mechan yo ye k ap mete zak yo pil sou pil pou jou kòlè a. Jodi a, kèlkeswa aksyon yo, depi yo pa anpeche jesyon Bondye a, ni yo pa gen pou wè ak nouvo travay Bondye a, moun sa yo p ap sibi chatiman yo merite a, paske jou kòlè a pako rive. Gen anpil bagay moun yo kwè Bondye te dwe gentan regle, epi yo panse mechan sa yo ta dwe jwenn chatiman yo merite a pi vit posib. Men paske travay ki nan plan Bondye a pako fini jiskounye a, epi jou kòlè a pako rive, sila yo k ap fè enjistis kontinye ap akonpli zak enjis yo. Genyen ki di, “Sila yo ki nan larelijyon pa genyen prezans oswa travay Sentespri a, epi yo pote lawonte pou non Bondye; ebyen poukisa Bondye pa detwi yo, pase pou L kontinye ap tolere konpòtman deregle yo?” Moun sa yo, ki se manifestasyon Satan epi k ap eksprime lachè, yo iyoran, moun ba nivo; yo se moun ki pèdi larezon. Yo p ap wè avennman kòlè Bondye a pa avan yo rive konprann kijan Bondye ap fè travay li nan mitan lèzòm, epi kou yo fin soumèt yo nèt, tout mechan sa yo pral resevwa chatiman yo, e pa menm yon sèl ladan yo p ap kapab chape anba jou kòlè a. Pou kounye a, tan an pou lèzòm resevwa chatiman an pako rive, men se moman reyalizasyon travay konkèt la, sòf pou sila yo ki antravè jesyon Bondye a, nan ka sa a, y ap resevwa pinisyon ki koresponn ak gravite zak yo komèt la. Pandan jesyon Bondye a sou limanite, tout sila yo ki nan kouran Sentespri a genyen relasyon ak Bondye. Sila yo Sentespri a rayi epi rejte ap viv anba enfliyans Satan, epi sa y ap mete anpratik pa genyen okenn rapò ak Bondye. Se sèlman sila yo ki asepte nouvo travay Bondye a epi ki kolabore ak Li, ki genyen relasyon ak Bondye, paske travay Bondye a vize sèlman sila yo ki asepte li, epi li pa vize tout moun, kèlkeswa si yo te asepte l ou non. Travay Bondye ap fè toujou gen yon objè e li pa fèt sou yon kapris. Sila yo ki asosye ak Satan pa konfòm pou pote temwayaj pou Bondye, ale wè pou yo ta konfòm pou kolabore ak Bondye.
Chak etap nan travay Sentespri a egzije tou temwayaj lòm. Chak etap nan travay la se yon batay ant Bondye ak Satan, e se Satan ki vize nan batay la, alòske sila a ki pral vin pafè, granmesi travay sa a, se lòm. Travay Bondye a pral pote fwi ou pa, toudepan fason lòm ap temwaye pou Bondye. Temwayaj sa a se sa Bondye egzije nan men sila yo k ap swiv Li; se yon temwayaj ki fèt devan Satan, epitou li se prèv efè travay sa a. Tout jesyon Bondye a divize an twa etap, epi pou chak etap, lòm resevwa egzijans ki mache ak etap la. Anplis, amezi tan yo ap pase e pwogrese, egzijans Bondye yo pou tout limanite vin pran pi wo nivo. Konsa, pazapa, travay jesyon Bondye a ap rive nan pi wo nivo li, jistan lòm wè reyalite “Vèb la ki vini nan lachè” a, epi konsa, egzijans lòm yo pral pi elve, menmjan ak egzijans lòm genyen pou l rann temwayaj la. Toutotan lòm plis kapab kolabore ak Bondye pou tout bon, se plis li glorifye Bondye. Kolaborasyon lòm se temwayaj li dwe bay la, e temwayaj li dwe bay la se pratik lòm nan. Konsa, kesyon pou konnen si travay Bondye a genyen efè li dwe genyen an ou non, e si kapab genyen yon vrè temwayaj ou non, kesyon sa yo makònnen avèk kolaborasyon epi temwayaj lòm. Lè travay la va fini, ki vle di lè tout jesyon Bondye a va rive nan bout li, lòm pral gen egzijans pou l rann pi gwo temwayaj toujou, e lè travay Bondye a rive nan bout li, pratik lòm ak antre li ap rive nan pi wo nivo yo. Nan tan pase yo, lòm te gen egzijans pou l te konfòme l anba lalwa ak kòmandman yo, epi li te gen egzijans pou l gen pasyans ak imilite. Jodi a, egzijans lòm genyen se obeyi tout dispozisyon Bondye yo epi genyen yon lanmou san limit pou Bondye, epi finalman li gen devwa pou l renmen Bondye nan mitan tribilasyon yo. Twa etap sa yo se egzijans Bondye fè lòm, youn apre lòt, pandan tout travay jesyon Li an. Chak etap nan travay Bondye a rive pi lwen pase sa anvan an, nan chak etap, egzijans ki vini pou lòm yo pi djanm pase sa anvan an, epi konsa, tout jesyon Bondye a ankè ap pran fòm ofiramezi. Se paske, menm, egzijans lòm yo ap monte pi wo chak fwa, ki fè karaktè lòm ap pwoche ofiramezi pou l rive nan nivo Bondye egzije a, e se lè sa a sèlman tout limanite ap kòmanse ekate enfliyans Satan ofiramezi jistan, lè travay Bondye a fin bout nèt, tout limanite ap sove anba enfliyans Satan. Lè moman sa a va rive, travay Bondye a ap rive nan dènye bout li, epi kolaborasyon lòm ak Bondye pou chanje karaktè li p ap gen rezondèt li ankò, epi tout limanite pral viv nan limyè Bondye a, epi apati moman sa a, p ap genyen rebelyon ni opozisyon ak Bondye ankò. Bondye pa gen anyen L ap mande lòm ankò, epi kolaborasyon an pral mache pi byen ant lòm ak Bondye, se limenm ki pral lavi lòm ak Bondye ansanm, lavi ki pral vini apre jesyon Bondye a fin bout konplètman, epi apre Bondye fin sove lòm nèt anba grif Satan. Sila yo ki pa kapab swiv tras Bondye pazapa p ap kapab janm rive nan yon lavi konsa. Se yo menm menm k ap desann tèt yo nan fènwa a, kote yo pral kriye epi manje dan yo; yo se moun ki te kwè nan Bondye men ki pa t janm t ap swiv Li, ki te kwè nan Bondye men ki pa t janm obeyi tout travay Li a. Depi yon moun kwè nan Bondye, li dwe swiv tras Bondye toupre, pazapa; li dwe “swiv Ti Mouton an tout kote Li fè.” Se sèlman moun sa yo k ap chèche vrè chemen an, se sèlman yo ki konnen travay Sentespri a. Moun k ap swiv lèt ak doktrin tèt bese se sila yo travay Sentespri a elimine. Nan chak peryòd, Bondye pral kòmanse travay ki nouvo, epi nan chak peryòd, pral genyen yon nouvo kòmansman pami lèzòm. Si se sèlman anba verite tankou “Jewova se Bondye” ak “Jezi se Kris la” lòm soumèt li, ki se verite ki te aplike sèlman nan epòk ki te koresponn ak yo, ebyen lòm p ap janm kenbe ak travay Sentespri a, epi li p ap janm kapab benefisye travay Sentespri a. Kèlkeswa fason Bondye travay, lòm ap swiv san li pa doute, epi l ap swiv ak atansyon. Nan kondisyon sa a, kijan Sentespri a ta fè elimine lòm? Kèlkeswa sa Bondye fè, depi lòm asire ke se travay Sentespri a, epi li kolabore nan travay Sentespri a san okenn dout, epi li eseye respekte egzijans Bondye yo, ebyen kijan pou li ta fè resevwa pinisyon? Travay Bondye a pa janm kanpe, li pa janm sispann avanse, e tout tan travay jesyon Li a pako fini, Li toujou okipe, ni li pa janm kanpe. Men lòm diferan: depi li fin genyen yon ti pati nan travay Sentespri a, li trete li tankou si l pa t ap janm chanje; depi li fin genyen yon tikal konesans, li pa al swiv tras travay Bondye ki pi resan yo; depi li fin wè yon ti kras nan travay Bondye a, li gentan fikse Bondye tankou yon estati an bwa espesyal, epi li kwè Bondye ap toujou rete nan fòm li wè L devan l lan, ke se konsa sa te ye nan tan pase yo, epi sa ap toujou rete konsa nan tan ki gen pou vini yo; depi li fin genyen mòso konesans, men ki pa vreman pwofon, lòm gentan tèlman fyè ke li bliye pwòp tèt li, epi li kòmanse pwoklame san rezon yon karaktè ak yon jan Bondye ye ki senpman pa egziste; epi paske li fin asire sou yon etap nan travay Sentespri a, kèlkeswa kalite moun ki vin ap pwoklame nouvo travay Bondye a, lòm pa asepte l. Sila yo se moun ki pa kapab asepte nouvo travay Sentespri a; yo twò konsèvatè, yo pa kapab asepte bagay ki nouvo. Moun konsa yo se sila yo ki kwè nan Bondye men ki rejte Bondye tou. Lòm kwè Izrayelit yo te nan erè paske yo te “sèlman kwè nan Jewova epi yo pa t kwè nan Jezi,” epoutan majorite moun yo ap jwe yon wòl kote yo “sèlman kwè nan Jewova epi yo rejte Jezi,” epi y ap “soupire pou retou Mesi a, pandan yo opoze ak Mesi ki rele Jezi a.” Kidonk, se pa yon sipriz ke moun yo toujou ap viv anba kontwòl Satan apre yo te fin asepte yon etap nan travay Sentespri a, epi yo toujou pa resevwa benediksyon Bondye. Èske sa se pa rezilta rebelyon lèzòm? Kretyen toupatou sou latè ki pa konfòme yo ak nouvo travay jodi a, tout anbrase lespwa y ap gen chans, pandan yo kwè Bondye ap akonpli tout sa yo swete. Epoutan yo pa fouti di avèk asirans poukisa Bondye pral mennen yo monte jis nan twazyèm syèl, ni yo pa asire nan ki fason Jezi ap vin resevwa yo sou yon niyaj blan, yo pi pa kapab di toujou avèk yon asirans total si Jezi ap vini vrèman sou yon niyaj blan nan jou yo imajine a. Yo tout nan laperèz epi yo pèdi; yo menm poukont yo pa menm konnen si Bondye ap pran yo chak, ti gwoup tout kalite moun, ki soti nan tout kalite denominasyon. Travay Bondye ap fè jodi a, tan prezan an, volonte Bondye—yo pa konprann anyen nan bagay sa yo, epi yo pa kapab fè anyen apa konte jou sou dwèt yo. Se sèlman sila yo k ap swiv tras Ti Mouton an pou jouk lafen ki kapab genyen benedisksyon final la, alòske “moun entelijan” sa yo, ki pa kapab swiv pou jouk lafen men ki kwè yo genyen tout bagay, pa kapab temwaye aparisyon Bondye. Yo chak kwè yo se moun ki pi entelijan sou latè, epi yo kanpe devlopman nètale travay Bondye a san okenn rezon, epi sanble yo vrèman kwè ak tout konviksyon yo ke Bondye ap mennen yo nan syèl, yomenm ki “genyen pi plis fidelite avèk Bondye, k ap swiv Bondye, epi ki respekte pawòl Bondye.” Menm lè yo genyen “pi gran fidelite” pou pawòl Bondye pale yo, pawòl yo ak aksyon yo toujou degoutan anpil paske yo kanpe anfas travay Sentespri a, epi yo fè mètdam ak bagay ki pa bon. Sila yo ki pa swiv pou jouk lafen, ki pa swiv travay Sentespri a, epi ki sèlman rete atache ak ansyen travay la pa sèlman echwe nan rete fidèl ak Bondye, men okontrè, yo se moun ki kanpe anfas Bondye, yo se moun tan nouvo a rejte, epi yo pral resevwa pinisyon yo. Èske gen moun ki pi deplorab pase yo? Genyen anpil ki menm kwè ke tout sila yo ki rejte ansyen lwa a epi ki asepte nouvo travay la, yo san konsyans. Moun sa yo, ki sèlman ap pale de “konsyans,” men ki pa konnen travay Sentespri a, finalman y ap wè se pwòp konsyans yo k ap detwi atant yo. Travay Bondye a pa konfòme l ak doktrin, e menmsi se kapab pwòp travay Li, Bondye pa atache avè l. Tout sa ki dwe demanti ap demanti, tout sa ki dwe elimine ap elimine. Epoutan, lòm pa mete tèt li kòm zanmi Bondye lè l kenbe sèlman yon ti pati nan travay jesyon Bondye a. Èske se pa yon absidite lòm komèt? Èske se pa iyorans lòm? Plis moun yo timid epi twò pridan paske yo pè pou yo pa jwenn benediksyon Bondye, se plis yo p ap kapab resevwa pi gwo benediksyon, ni resevwa benediksyon final la. Moun sa yo k ap respekte lalwa tèt bese, tout montre yon fidelite san rezèv anvè lalwa, e plis y ap montre yon fidelite konsa pou lalwa, se plis yo se rebel ki kanpe anfas Bondye. Tan nou ye la a, se Tan Wayòm nan men se pa Tan Lalwa a, epi travay jodi a ak travay tan pase yo pa kapab pale ak menm souf la, ni travay tan pase yo pa kapab konpare ak travay jodi a. Travay Bondye a chanje, epi pratik lòm nan chanje tou; se pa yon kesyon kenbe lalwa byen fò oubyen pote kwa a, kidonk fidelite moun yo pou lalwa ak kwa a pa pral jwenn akò Bondye.
Lòm pral fètefouni nan Tan Wayòm nan. Apre travay konkèt la, lòm pral bezwen soumèt anba rafinman ak tribilasyon. Sila yo ki pote laviktwa epi ki temwaye pandan tribilasyon an se yo menm finalman ki pral fètefouni; yo se sila yo ki genyen batay la. Pandan tribilasyon sa a, lòm genyen egzijans pou l asepte rafinman sa a, e rafinman sa a se dènye pati nan travay Bondye a. Se dènye fwa lòm pral rafine anvan konklizyon tout travay jesyon Bondye a, epi tout sila yo k ap swiv Bondye dwe asepte tès final sa a, epi yo dwe asepte dènye rafinman sa a. Sila yo ki akable anba tribilasyon an se moun ki pa genyen travay Sentespri a ak direksyon Bondye, men sila yo ki te vrèman soumèt epi ki chèche Bondye tout bon pral kenbe fèm finalman; yo se sila yo ki genyen imanite nan yo, epi ki vreman renmen Bondye. Kèlkeswa sa Bondye fè, sila yo ki pote laviktwa p ap manke vizyon e y ap toujou mete laverite anpratik san yo pa defayi nan temwayaj yo. Yo se sila yo k ap reyisi sòti finalman anba gran tribilasyon an. Menmsi sila yo k ap fè lapèch nan dlo twoub yo kapab fè rekiyè jodi a, pèsonn p ap kapab chape anba tribilasyon final la, ni pèsonn p ap kapab chape anba tès final la. Pou sila yo ki pote laviktwa, yon tribilasyon konsa se yon rafinman fòmidab; men pou sila yo k ap fè lapèch nan dlo twoub, se travay eliminasyon total la. Kèlkeswa fason yo te pran eprèv la, soumisyon sila yo ki genyen Bondye nan kè yo pa janm chanje; men pou sila yo ki pa genyen Bondye nan kè yo, depi travay Bondye a pa nan avantaj lachè yo, yo chanje fason yo konprann Bondye, epi yo menm kite Bondye. Moun sa yo se yomenm ki p ap rete fèm pou jouk lafen, ki sèlman ap chèche benediksyon Bondye men ki pa gen dezi pou yo ofri tèt yo pou Bondye epi dedye lavi yo ba Li. Moun ba nivo sa yo, tout pral deyò lè travay Bondye a rive nan dènye bout li, epi yo pa merite okenn senpati. Sila yo ki san imanite pa kapab renmen Bondye ak tout kè yo. Lè anviwonnman asire epi an sekirite, oswa lè gen avantaj pou pwofite, yo montre yon obeyisans total pou Bondye, men depi sa yo vle a pa garanti oswa si yo pa jwenn li finalman, yo levekanpe touswit. Menm nan espas yon nwit sèlman, yo kapab transfòme sòti nan yon moun ki gen bonjan epi “byenveyan” pou yo tounen yon ansasen repousan epi fewòs, ki kapab, toudenkou epi san okenn rezon, trete moun ki t ap fè yo byen lavèy tankou yon lennmi mòtèl. Si M pa chase demon sa yo, demon sa yo ki ta kapab touye san yo pa bat je yo, èske yo p ap tounen yon danje kache? Travay pou sove lòm nan pako akonpli dèyè akonplisman travay konkèt la. Menmsi travay konkèt la rive nan dènye bout li, travay pirifikasyon lòm nan pako fini; yon travay konsa gen pou li fini sèlman lè lòm fin pirifye nèt, lè sila yo ki vrèman soumèt yo ak Bondye fin fètefouni, epi lè madigra sa yo ki pa gen Bondye nan kè yo fin deyò. Sila yo ki pa satisfè Bondye nan dènye etap travay Li a ap elimine nèt, epi sila yo ki elimine se pa djab la yo ye. Kòm yo pa kapab satisfè Bondye, yo rebele kont Bondye, e malgre moun sa yo ap swiv Bondye jodi a, se pa yon prèv key o se sila yo k ap rete finalman. Nan pawòl ki di “sila yo ki swiv Bondye pou jouk lafen ap sove,” sans “swiv” la se kenbe fèm nan mitan tribilasyon yo. Jodi a, anpil moun panse swiv Bondye se fasil, men lè travay Bondye a prèske rive nan finisman li, ou va konnen kisa “swiv” la vle di tout bon. Jis paske ou toujou kapab swiv Bondye jodi a apre ou fin soumèt ou, sa pa yon prèv ke w se youn nan sila yo k ap vin pafè. Sila yo ki pa kapab sipòte eprèv, ki pa kapab pote laviktwa nan mitan tribilasyon pral finalman enkapab pou yo kenbe fèm, konsa yo p ap kapab swiv Bondye pou jouk lafen. Sila yo k ap swiv Bondye tout bon kapab reziste anba eprèv travay yo, alòske sila yo ki p ap swiv Bondye tout bon pa kapab reziste anba okenn nan eprèv Bondye yo. Yon lè konsa yo pral deyò, pandan sila yo ki pote laviktwa ap rete nan wayòm nan. Se eprèv li jwenn nan travay li ki kapab di si yon moun ap cheche Bondye oswa non, ki vle di eprèv ki sòti nan Bondye, ki pa gen anyen pou wè ak desizyon lòm limenm. Bondye pa rejte pèsonn pou fè kapris; tout sa Li fè kapab konvenk lòm san rezèv. Li pa fè anyen lòm pa kapab wè, ni okenn travay ki pa kapab konvenk lòm. Genyen reyalite ki la pou pwouve ke sa lòm kwè a vrè ou non, e se pa lòm ki deside kisa pou l kwè. Pa gen dout ke “ble a pa kapab tounen zèb, ni zèb la pa kapab tounen ble.” Tout sila yo ki kwè nan Bondye tout bon ap rete finalman nan wayòm nan, e Bondye p ap janm maltrete okenn moun ki renmen Li tout bon. Sou baz reskonsablite yo ak temwayaj yo, sila yo ki pote laviktwa nan wayòm nan pral sèvi kòm pè oswa disip, epi tout sila yo ki pote laviktwa nan mitan tribilasyon yo pral tounen kò pè yo anndan wayòm nan. Kò pè yo pral fòme lè travay levanjil la atravè tout linivè rive nan dènye bout li. Lè moman sa a va rive, sa lòm ta dwe gen pou l fè a, se pral akonplisman devwa li nan wayòm Bondye a, epi lavi li ansanm ak Bondye nan wayòm nan. Nan kò pè a, ap genyen sakrifikatè prensipal epi pè, epi rès yo se pral pitit Bondye yo ak pèp Bondye a. Se temwayaj yo te bay Bondye pandan tribilasyon an ki detèmine tout sa; tit sa yo pa pral bay sou baz kapris. Depi pozisyon lòm fin etabli, travay Bondye a pral kanpe, paske chak moun ap klase selon kalite li epi l ap retounen nan pozisyon orijinal li, e sa se mak akonplisman travay Bondye a, se rezilta final travay Bondye a ak Pratik lòm, epi se estabilizasyon vizyon Bondye yo ak kolaborasyon lòm. Finalman, lòm pral jwenn repo nan wayòm Bondye a, epi Bondye, bò kote pa L, pral retounen lakay Li pou L repoze Se pral rezilta final 6 000 lane kolaborasyon ant lòm ak Bondye.