Nati Kris La Se Obeyisans ak Volonte Papa a Ki Nan Syèl la

Bondye ki vin nan lachè a rele Kris la, e Kris la se kò ki kouvri ak Lespri Bondye a. Kò sa a pa tankou nenpòt moun ki sòti nan lachè. Diferans sa se paske Kris la pa t fèt selon lachè ak san; Li se Lespri a ki vin nan lachè. Li gen yon nati moun ki nòmal ak yon divinite ki konplè anmenmtan. Pa gen pyès moun ki genyen divinite Li a. Nati moun nòmal Li a kenbe tout aktivite nòmal Li yo nan lachè pandan divinite Li akonpli travay Bondye a Li menm. Kit se nati moun Li oubyen divinite Li, toude koube anba volonte Papa a ki nan syèl la. Nati Kris la se Lespri a, ki se divinite a. Kidonk, nati Li se nati Bondye Li menm; nati sa a pa pral deranje pwòp travay Li, epi Li pa t ap ka fè anyen ki detwi pwòp travay Li a ni Li pa t ap di pyès pawòl ki ale kont pwòp volonte Li. Kidonk, Bondye ki tounen moun nan pa t ap janm fè pyès travay ditou k’ap deranje pwòp jesyon Li. Se sa tout moun dwe konprann. Nati travay Sentespri a se pou sove lòm, e se nan enterè pwòp jesyon Bondye a. Menm jan an tou, travay Kris la se pou sove lòm, e se nan enterè volonte Bondye. Piske Bondye tounen moun, Li reyalize nati Li nan kò Li, akòz kò Li sifi pou fè travay Li a. Kidonk, tout travay Lespri Bondye a te ranplase ak travay Kris la pandan tan enkanasyon an, epi se travay Kris la ki nan kè tout travay pandan tan enkanasyon an. Li pa ka melanje avèk travay ki sòti nan pyès lòt epòk. E piske Bondye tounen moun, Li travay sou idantite lachè a; piske Li vin fèt nan lachè, enben Li fini travay Li dwe fè a nan lachè. Kit li se Lespri Bondye oswa kit li se Kris la, toude se Bondye Li menm, epi Li fè travay Li dwe fè a, epi akonpli ministè Li dwe akonpli a.

Nati Bondye a menm ekzèse otorite, men Li kapab koube totalman anba otorite ki sòti nan Li a. Kit se se travay Lespri a oswa travay nan lachè a, youn pa nan kont ak lòt. Lespri Bondye a se otorite sou tout kreyasyon an. Lachè avèk nati Bondye a gen otorite tou men Bondye ki vin nan lachè a ka fè tout travay ki obeyi ak volonte Papa a ki nan syèl la. Yon moun pa ka rive fè sa oswa imajine sa. Bondye poukont Li se otorite, men kò Li ka soumèt anba otorite Li. Se sa sa souzantann lè yo di “Kris la obeyi ak volonte Bondye Papa a.” Bondye se yon Espri e Li ka fè travay sali a, menm jan Bondye ka tounen moun. Antouka, Bondye Li menm fè pwòp travay Li; Li pa ni kanpe ni pètibe, ankò mwens pou Li fè yon travay ki kontraditwa, paske bon jan travay ke Lespri ak lachè a fè a sanble. Kit li se Lespri oswa lachè, toude travay pou akonpli yon sèl volonte epi jere menm travay. Malgre Lespri ak lachè gen de karakteristik diferan, men nati yo menm; toude gen nati Bondye Li menm ak idantite Bondye Li menm. Bondye poutèt pa Li pa gen pyès siy dezobeyisans; Nati Li bon. Li se ekspresyon tout bote ak bonte, tout lanmou tou. Menm nan lachè, Bondye pa fè anyen ki dezobeyi Bondye Papa a. Menm si sa ta koute pou Li sakrifye lavi Li, Li t ap dispoze fè sa ak tout kè Li, epi Li pa t ap fè okenn lòt chwa. Bondye pa gen anyen nan Li ki montre Li konsidere tèt Li kòm jis oubyen enpòtan, ni Li pa gen lògèy ak awogans; Li pa gen pyès bagay ki kwochi. Tout bagay ki dezobeyi Bondye sòti nan Satan, Satan se sous tout salte ak mechanste. Rezon ki fè lòm gen karacteristk ki menm ak pa Satan yo se paske Satan te kowonpi epi manipile lòm. Satan pa t kowonpi Kris la, kidonk Li gen karakteristik Bondye sèlman, epi Li pa gen okenn karakteristik Satan. Kelkeswa jan travay la di oswa jan lachè a fèb, Bondye, pandan L ap vin nan lachè a, pa pral janm fè anyen k ap deranje travay Bondye Li menm, ankò mwens abandone volonte Bondye Papa a nan dezobeyisans. Li ta pito soufri doulè nan kò Li olye L trayi volonte Bondye Papa a; se ekzakteman jan Jezi te di l nan priyè a, “Papa, si se posib, wete gode soufrans sa devan M, toutfwa se pa jan Mwen vle a, men se jan Ou vle a.” Lèzòm fè pwòp chwa yo, men Kris la pa fè sa. Malgre Li gen idantite Bondye poutèt pa L, Li toujou chache volonte Bondye Papa a, epi akonpli sa Bondye Papa a te konfye L pou fè a, nan pèspektiv lachè a. Sa a se pa yon bagay ke lòm pa ka atenn. Sa ki sòti nan Satan pa ka gen nati Bondye ladan l, li ka gen sa ki dezobeyi ak reziste kont Bondye sèlman. Sa pa kapab obeyi Bondye totalman, ankò mwens obeyi Bondye volontèman. Tout moun sof Kris la ka fè sa ki reziste kont Bondye, epi pa gen menm yon moun ki ka akonpli travay Bondye konfye yo a dirèkteman; pa menm gen youn ki kapab konsidere jesyon Bondye a tankou pwòp travay yo pou yo fè. Nati Kris la se obeyisans ak volonte Papa a ki nan syèl la, dezobeyisans ak Bondye se karakteristik Satan. De kalite sa yo pa mache ansanm, e nenpòt moun ki gen kalite Satan yo pa ka rele yo Kris. Rezon ki fè lòm pa paka fè travay Bondye a nan plas Li se paske lòm pa gen okenn sibtans Bondye. Lòm travay pou Bondye nan avantaj enterè pèsonèl avèk pwojè avni lòm, men Kris la ap travay pou fè volonte Bondye Papa a.

Nati moun Kris la se divinite Li ki gouvènen L. Malgre Li nan lachè, nati moun Li a pa menm jan ak pa lòm ki nan lachè a nèt. Li gen karaktè ki pwòp a Li menm, epitou sa a se divinite Li ki gouvènen L tou. Divinite Li pa gen pyès feblès, feblès Kris la gen rapò ak nati moun Li. Nan yon degre kelkonk, feblès sa a limite divinite Li, men limit sa yo nan yon mezi ak nan yon tan, epi yo pa san limit nèt. Lè lè a rive pou akonpli travay divinite Li, sa fèt malgre nati moun Li a. Nati moun Kris la se divinite Li ki dirije L nèt. Apa lavi nòmal nati moun Li a, se divinite Li ki enfliyanse, afekte, e dirije tout lòt aksyon nati moun Li a. Malgre Kris la gen yon nati moun, sa pa deranje travay divinite Li, e se paske se divinite Li ki dirije nati moun Kris la presizeman; malgre nati moun Li pa gen matirite nan fason li kondi tèt li ak lòt moun, sa pa afekte travay nòmal divinite Li a. Lè mwen di nati moun Li a pa t rive kòwonpi, mwen vle di se divinite Li ki ka kòmande nati moun Li a, epi Li gen yon sans ki pi wo pase pa lòm òdinè yo. Nati moun Li pi kapab pou divinite a dirije nan Travay Li, nati moun Li plis kapab pou eksprime travay divinite a, e li plis kapab pou koube anba yon travay konsa. Kòm Bondye ap travay nan lachè, Li pa janm pa wè devwa moun ki nan lachè yo dwe akonpli; Li kapab adore Bondye ki nan syèl la avèk yon kè ki sensè. Li gen nati Bondye, epi idantite Li se pa Bondye a menm. Se sèlman Li vin sou latè e tounen yon moun ke yo kreye, avèk anvlòp deyò a ki sòti yon moun yo kreye, epi kounye a ki gen yon nati moun Li pa t genyen anvan. Li anmezi pou adore Bondye ki nan syèl la; sa a se Bondye a menm e pèsòn pa ka imite l. Idantite Li se Bondye menm. Se nan pèspektiv lachè a Li adore Bondye; kidonk, pawòl “Kris la adore Bondye ki nan syèl la” pa fo. Sa Li mande lòm se presizeman pwòp tèt Li; Li gentan akonpli tout sa Li mande lòm avan L mande yo yon bagay konsa. Li pa t ap janm fè lòt moun demand pandan Li menm Li retire tèt Li, paske tout sa fè pati moun Li ye a. Nenpòt jan Li fè travay Li, Li p ap aji yon fason k ap dezobeyi Bondye. Kèlkeswa sa Li mande lòm, pa gen pyès demand k ap depase sa lòm pa ka atenn. Tout sa Li fè se sa ki fè volonte Bondye epi se nan avantaj jesyon Li a. Divinite Kris la pi wo pase tout moun; kidonk, Li se otorite ki pi wo sou tout sa ki kreye yo. Otorite sa a se divinite Li, ki se dispozisyon ak nati Bondye Li menm, se sa ki detèmine idantite Li. Kidonk, kèlkeswa jan nati moun Li a nòmal, nou pa nye ke Li gen idantite Bondye Li menm; kèlkeswa sou pwen Li pale e kèlkeswa jan Li obeyi volonte Bondye, yo pa ka di Li pa Bondye Li menm. Moun ki fou ak moun ki pa gen konesans souvan konsidere nati moun nòmal Kris la tankou yon defo. Kèlkeswa jan Li eksprime e revele moun divinite Li ye a, moun p ap kapab rekonèt ke Li se Kris la. Epi plis Kris la demoutre obeyisans ak imilite Li, se plis moun fou yo konsidere Kris la alalejè. Gen menm sila yo ki mete l sou kote epi meprize Li, poutan yo mete “gwo moun” gran imaj yo sou yon tab pou yo adore yo. Rezistans ak dezobeyisans lòm kont Bondye sòti nan lefèt ke nati Bondye ki vin nan lachè a koube anba volonte Bondye, menm jan ak nati moun nòmal Kris la; se sa ki sous rezistans ak dezobeyisans kont Bondye. Si Kris la pa t gen ni aparans nati moun Li a ni Li pa t chache volonte Bondye Papa a kòm yon èt yo kreye, men olye sa Li te gen yon nati moun ki leve byen wo, lè sa a t ap gen plis chans pou pa gen okenn dezobeyisans nan mitan lòm. Rezon ki fè lòm toujou vle kwè nan yon Bondye envizib ki nan syèl la se paske Bondye ki nan syèl la pa gen nati moun, ni Li pa gen menm yon sèl kalite ki nan yon èt ki kreye. Se poutèt sa, lòm toujou ba Li pi gran ochan an, men yo kontinye meprize Kris la.

Malgre Kris la sou latè kapab travay nan enterè Bondye Limenm, Li pa vini ak entansyon pou L montre tout moun imaj Li nan lachè. Li pa vini pou tout moun wè L; Li vini pou L pèmèt men Li dirije lòm, e konsa lòm va rantre nan yon nouvo epòk. Fonksyon lachè Kris la se pou travay Bondye Limenm, sa vle, pou travay Bondye nan lachè a epi pa pèmèt lòm konprann nati lachè Li a nèt. Kèlkeswa jan Li travay, pa gen anyen Li fè ki depase sa lachè ka rive fè. Nenpòt jan Li travay, Li fè sa nan lachè ak yon nati moun ki nòmal, epi Li pa revele lòm tout vrè vizaj Bondye. Anplis de sa, travay Li nan lachè pa t janm sipènatirèl oswa inestimab jan lòm wè l la. Menm si Kris la reprezante Bondye Limenm nan lachè epi ekzekite travay ke Bondye Limenm te dwe fè a an pèsòn, Li pa nye egzistans Bondye ki nan syèl la ni Li pa proklame pwòp zèv Li febrilman. Olye sa, Li rete kache, avèk imilite, nan lachè Li. Apa Kris la, sila yo ki proklame tèt yo Kris la pa genyen kalite Li yo. Lè yo konpare l ak tandans awogan e egoyis fo Kris sa yo, li vin klè sou ki kalite lachè ki Kris la vrèman. Plis yo fo, se plis fo Kris sa yo ap fè tèt yo parèt, epi yo vin pi kapab pou fè mirak ak pwodij pou twonpe lòm. Fo kris yo pa gen kalite Bondye yo; pa gen pyès eleman ki nan fo Kris yo ki souye Kris la. Bondye tounen moun sèlman pou konplete travay lachè a, se pa sèlman pou pèmèt lòm wè Li. Olye sa, Li kite travay Li afime idantite Li, epi Li kite sa Li revele yo sètifye nati Li. Nati Li pa san fondman; se pa men Li ki te sezi idantite Li; se travay Li ak nati Li ki detèmine sa. Malgre Li gen nati Bondye poutèt pa L epi Li kapab fè travay Bondye a Limenm, Li toujou, apre tou, lachè, sa ki pa menm ak Lespri a. Li pa Bondye avèk kalite Lespri yo, Li se Bondye nan yon anvlòp lachè. Kidonk, kèlkeswa jan Li nòmal ak jan Li fèb, epi nenpòt jan Li chache volonte Bondye Papa a, yo pa ka nye divinite Li. Anndan Bondye ki tounen moun nan pa sèlman genyen yon nati moun ki nòmal ak feblès li yo; men tou genyen mèvèy ak sa ki ensondab nan divinite Li, menm jan ak tout zèv Li yo nan lachè. Kidonk, nati moun ak divinite ekziste nan Kris la alafwa reyèlman e pratikman. Se pa yon bagay ki vid oswa sinatirèl ditou. Li vini sou tè a ak premye objektif pou ekzekite yon travay; li enperatif pou genyen yon nati moun ki nòmal pou ekzekite travay sa sou tè a; sinon kelkeswa jan pouvwa divinite Li a gran, fonksyon orijinal li a pa p ka byen itilize. Byenke aspè moun Li a gen gwo enpòtans, men se pa nati Li sa. Nati Li se divinite a; kidonk, nan moman Li kòmanse ministè Li sou tè a se moman sa Li kòmanse esprime sa divinite Li a ye. Nati moun Li a ekziste sèlman pou jere lavi nòmal lachè Li a yon fason pou divinite Li ka fè yon travay nòmal nan lachè; se divinite a ki dirije travay Li a nèt. Se lè Li fin fè travay Li, L ap rive akonpli ministè Li. Sa lòm dwe konnen, se ansanm travay Li, epi se atravè travay Li L ap fè lòm rive konnen Li. Pandan dire travay Li a, Li esprime sa divinite Li a ye nèt, sa se yon dispozisyon ki pa tache ak nati moun oswa tache ak panse e konpòtman moun. Lè lè a rive pou tout ministè Li rive nan bout li, enben L ap gentan esprime nati Li te dwe esprime a nèt e pafètman. Se pa enstriksyon pyès moun ki gide travay Li; epitou espresyon nati Li lib, epi se pa lespri ki kontwole l oswa panse ki jere l, sa revele natirèlman. Sa a se yon bagay pèsòn pa ka akonpli. Menm si anviwònman yo difisil oswa kondisyon yo pa favorab, Li kapab esprime dispozisyon Li nan yon moman ki apwopriye. Moun ki se Kris la esprime sa Kris la ye, tandike sila yo ki pa sa pa genyen nati Kris la. Kidonk, menm si yo tout reziste Li oubyen fè lide sou Li, youn pa kapab nye sou baz lide lòm ke nati Kris esprime a se nan Bondye l sòti. Tout moun k ap chache Kris la avèk yon kè ki sensè oswa chache Bondye avèk entansyon ap dakò Li se Kris la sou baz espresyon divinite Li a. Yo pa ta p janm renye Kris la sou baz yon aspè kèlkonk sou Li ki pa konfòm ak nosyon lòm yo. Byenke lòm fou anpil, men yo tout konnen ekzakteman kisa volonte lòm ye e kisa ki sòti nan Bondye. Se sèlman yon pakèt moun ki chwazi reziste Kris la akòz entansyon yo. Si se pa t sa, enben pa menm yon sèl moun t ap gen rezon pou renye ekzistans Kris la, paske divinite Kris esprime a ekziste reyèlman, epi yo ka temwanye travay Li avèk je yo konsa.

Travay ak espresyon Kris la detèmine nati Li. Li kapab fin fè sa yo te konfye L la avèk yon kè ki sensè. Li kapab adore Bondye ki nan syèl la avèk yon kè ki sensè epi chache volonte Bondye Papa a ak yon kè ki sensè. Se nati Li ki detèmine tout bagay sa yo. E konsa tou nati Li detèmine revelasyon natirèl Li a; rezon ki fè mwen rele sa “revelasyon natirèl la” se paske espresyon Li pa yon imitasyon, oswa resilta edikasyon lòm, oubyen rezilta plizyè ane travay lòm. Li pa t aprann sa oubyen akapare l Limenm; olye sa, se yon bagay ki nan Li. Lòm ka renye travay Li yo, espresyon Li yo, nati moun Li a e tout lavi nati moun nòmal Li a, men pa gen moun ki ka renye ke Li adore Bondye nan syèl la avèk yon kè ki sensè; pa gen moun ki ka renye ke L te vini pou akonpli volonte Papa a ki nan syèl la, epi pèsòn moun pa ka nye senserite Li itilize pou chache Bondye Papa a. Byenke imaj Li pa fè sans yo plèzi, diskou Li pa gen yon aparans estrawòdinè, epi travay Li pa kraze latè oswa souke syèl la jan lòm imajine l la, Li se Kris la tout bon vre, Li fè volonte Papa a ki nan syèl la avèk yon kè ki sensè, Li soumèt nèt devan Papa a ki nan syèl la, epi Li obeyisan jouk li rive asepte mouri. Sa se paske nati Li se nati Kris la. Verite sa a difisil pou moun kwè, men se yon reyalite. Lè ministè Kris la va fini nèt, lòm ap kapab wè apati travay Li ke nati Li ak moun Li ye reprezante nati ak sa Bondye nan syèl la ye. Nan moman sa a, adisyon tout travay Li yo kapab konfime Li se Pawòl ki tounen moun nan tout bon vre, men se pa menm jan ak yon moun ki gen chè ak san. Chak etap nan travay Kris la sou latè gen yon enpòtans ki mache avè l, men moun ki esperimante travay reyèl sa nan chak etap li pa kapab kapte enpòtans travay Li a. Sa a konsa pou anpil nan etap travay Bondye fè yo, espesyalman nan dezyèm enkanasyon Li a. Pifò sila yo ki te sèlman tande oubyen wè pawòl Kris la men ki pa t janm wè Li, yo pa gen pyès nosyon sou travay Li a; sila yo ki wè epi tande pawòl Li yo, menm jan ak sila yo ki esperimante travay Li a, wè l difisil pou aksepte travay Li a. Eske se pa paske aparans ak nati moun nòmal Kris la pa nan gou lòm? Sila yo ki aksepte travay Li aprè Kris la fin ale a pa p gen difikilte sa yo, paske yo sèlman aksepte travay Li epi yo pa vin an kontak ak nati moun nòmal Kris la. Lòm pa kapab jete nosyon li genyen sou Bondye yo, okontrè li ekzaminen Bondye anpil; sa konsa paske lòm konsantre l sèlman sou aparans Li epi li pa kapab rekonèt nati Li apati travay Li ak pawòl Li yo. Si lòm fèmen je l sou aparans Kris la oubyen evite diskite sou nati moun Kris la, epi diskite sou divinite Li sèlman, kote pyès moun pa ka atenn travay ak pawòl Li yo, enben nosyon lòm yo ap redwi a mwatye, sa ap menm rive nan yon nivo kote tout difikilte lòm yo ap rezoud. Nan kad travay Bondye ki tounen moun nan, lòm vin pa kapab tolere Bondye epi li plen ak anpil lide sou Li, epi ka rezistans ak dezobeyisans yo anpil. Lòm pa kapab tolere ekzistans Bondye, moutre konpreyansyon pou imilite ak sekrè Kris la, oubyen padone nati Kris la ki obeyi Papa a ki nan syèl la. Kidonk, Li pa kapab rete avèk lòm pou letènite apre Li fini ak travay Li a, paske lòm pa vle kite Bondye viv bò kote li. Si lòm pa ka tolere L nan kad peryòd travay Li a, enben kouman yo ka tolere Li viv bò kote yo aprè Li fin akonpli ministè Li pandan L ap gade yo k ap fè esperyans ak pawòl Li yo? Enben èske anpil moun pa t ap tonbe akòs de Li? Lòm sèlman kite L travay sou latè; sa se pi gwo nivo tolerans lòm. Si se pa t pou travay Li a, lòm t ap bani Li sou latè lontan sa, konsa kouman yo t ap tolere Li yon fwa travay Li fini? Enben èske lòm pa t ap tiye L epi tòtire L jouk Li mouri? Si yo pa t rele Li Kris la, enben Li pa t ap kapab travay pami lèzòm vre; si Li pa t travay avèk idantite Bondye a Limenm, epi okontrè travay tankou yon moun nòmal, enben lòm pa t ap tolere Li pwononse menm yon sèl fraz, ankò mwens tolere yon ti kras nan travay Li a. Konsa Li ka sèlman pote idantite sa a ak Li nan travay Li. Nan fason sa a, travay Li gen plis pouvwa pase si Li pa t fè sa, paske lèzòm prè pou obeyi nivo ak gwo idantite. Si Li pa t pote idantite Bondye Limenm pandan Li t ap travay la oswa parèt tankou Bondye poutèt Li, enben Li pa t ap gen opòtinite pou L travay ditou. Malgre lefèt Li gen nati Bondye ak sa Kris la ye a, lòm pa t ap lache epi kite Li fè travay Li fasil konsa pami lèzòm. Li pote idantite Bondye Limenm nan travay Li; malgre travay sa gen yon douzèn fwa plis pouvwa pase sa Li te fè san idantite sa a, lòm toujou pa obeyisan anvè Li, paske lòm soumèt sèlman devan nivo Li e non devan nati Li. Si se sa, kilè Kris va petèt kite pòs Li yon jou, epi lòm va pèmèt Li rete vivan menm pou yon jou? Bondye vle viv sou latè avèk lòm yon fason pou L ka wè ki rezilta travay Li fè ak men Li yo va pwodwi nan ane k ap vini yo. Sepandan, lòm pa kapab tolere prezans Li menm pou yon jou, konsa Li ka sèlman bay vag. Se deja pi wo nivo tolerans ak gras lòm ka rive pou kite Bondye fè travay Li te dwe fè a epi ranpli ministè Li pami lòm. Malgre sila yo Li te ale chache ak fòs ponyèt Li a moutre L gras sa a, men yo toujou pèmèt Li rete pou jouk travay Li fini sèlman, pa pou yon moman anplis. Si se konsa sa ye, e pou lòt moun Li pa t rive genyen yo? Eske se pa rezon sa a ki fè lòm trete Bondye ki tounen moun nan nan fason sa a paske Li se Kris la nan yon anvlòp moun nòmal? Si Li te gen divinite sèlman men Li pa t gen yon nati moun nòmal, enben èske pwoblèm lòm yo pa t ap rezoud avèk yon pi gran fasilite? Lòm rekonèt divinite Li malgre li epi li pa moutre pyès enterè pou anvlòp moun òdinè Li a, malgre lefèt ke nati Li se ekzakteman nati Kris la ki soumèt anba volonte Papa a ki nan syèl la. Konsa, Li te ka sèlman anile travay Li pandan L pami lòm pou Li pataje jwa ak lapenn ak yo anmenm tan, paske lèzòm pa t ka tolere ekzistans Li ankò.

Avan:  Travay Bondye ak Pratik Lèzòm

Pwochen:  Restore Lavi Nòmal Lòm epi Mennen Li nan yon Destinasyon Mèveye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger