Yon Pwoblèm Ki Grav Anpil: Trayizon (1)

Avan lontan, travay Mwen ap fini, epi anpil aneansanmvin tounen yon souvni ensipòtab. Mwen pat janm sispann repete pawòl Mwen yo epi mwen te toujou deplwayenouvo travay Mwen an. Sètènman, konsèy Mwen an se yon pati nesesè nan chak travay map fè. San konsèy Mwen, nou tout tap devye nan wout nouepi nou t’ap menm pèdi konplètman. Kounye a, travay Mwen prèske fini epi li nan faz final li a. Mwen toujou swete egzekite travay bay konsèy la, sa vle di, pou Mwen ofri nou pawòl konsèy pou nou tande. Mwen espere sèlman ke nou gen kapasite pou nou pa kite soufrans Mwen te pran yo gaspiye, epi, anplis de sa, pou nou ka konprann gran swenmwen te pran, epi pou nou trete pawòl Mwen yo tankou se fondasyon pou fason nou dwe konpòte nou antanke moun. Ke yo se jan de pawòl nou vle tande ou pa, ke nou renmen aksepte yo oswa ke yo difisil pou nou aksepte, nou dwe trete yo avèk respè. Sinon, karaktè ak konpòteman vag epi neglijan nou yo ap deranje Mwen seryezman epi, an reyalite, M’ap degoute yo. Mwen espere anpil ke nou tout ka li pawòl Mwen yo ankò e ankò—plizyè milye fwa—epi ke nou ka menm vin konnen yo tout pa kè. Se sèlman nan fason sa an ap gen kapasite pou nou pa desevwa Mwen nan sa M ap atann de nou. Poutan, okenn nan nou p’ap viv konsa kounye a. Okontrè, nou tout plonje nan yon vi debòch, yon vi manje ak bwè pou satisfè dezi kè nou, epi okenn nan nou pa itilize pawòl Mwen yo pou anrichi kè nou ak nanm nou. Pou rezon sa, mwen rive fè yon konklizyon sou vrè nati lèzòm: lèzòm ka trayi Mwen nenpòt lè, epi pyès moun pa ka fidèl ak pawòl mwen totalman.

“Satan tèlman kòwonpi lèzòm ke yo pa sanble ak moun ankò.” Kounye a, majorite moun rekonèt fraz sa a nan yon nivo. Mwen di sa paske “rekonesans” mwen mansyone a se senpleman yon jan de rekonesans ki sipèfisyèl, ki opoze a vrè konesans lan. Kòm okenn nan nou pa ka evalye tèt nou kòrekteman ni analize tèt nou konplètman, nou toujou ap doute de pawòl Mwen yo. Men fwa sa a, M’ap itilize verite pou Mwen eskplike yon pi gwo pwoblèm ki egziste anndan nou. Pwoblèm sa se trayizon. Nou tout konnen mo “trayizon” an, paske majorite moun fè yon bagay ki trayi yon lòt moun, tankou mari kap trayi madanm li, madanm kap trayi mari li, Yon pitit gason kap trayi papa li, yon piti fi k’ap trayi manman li, yon esklav k’ap trayi mèt li, zanim k’ap trayi yonn lòt, fanmi k’ap trayi yonn lòt, moun k’ap vann kap trayi moun kap achte, etc. Tout egzanp sa yo genyen nati trayizon an. An rezime, trayizon se yon fòm konpòtman ki vyole yon pwomès, vyole prensip moral, oswa ki aji kont etik lèzòm, ki montre lèzòm pèdi. Yon fason jeneral, antan ke yon moun ki te fèt nan mond sa, wap rive fè yon bagay ki reprezante trayizon verite a kanmenm, menm si ou pa sonje si ou te janm fè yon bagay pou trayi yon lòt moun, oswa si ou te trayi lòt moun anpil fwa deja. Puiske, ou kapab trayi paranw yo oswa zanmiw yo, alò ou kapab trayi lòt moun, epi anplis ou kapab trayi Mwen ak fè bagay Mwen pa vle wè. Mwen te ka di tou, trayizon pa yon senp konpòtman imoral ki sipèfisyèl, men li se yon bagay kikontrè ak verite a. Sa se sous rezistans ak dezobeyisans lèzòm menm kont Mwen. Se poutèt sa mwen rezime li nan fason sa: trayizon se nati lèzòm, e nati sa se gwo ènmi relasyon tout moun avèk Mwen.

Tout konpòtman ki pa ka obeyi Mwen konplètman se trayizon. Konpòtman ki pa ka fidèl avèk Mwen se trayizon. Lè nou twonpe Mwen epi itlize mansonj pou twonpe Mwen, sa se trayizon. Lè nou kwè nanplizyè nosyon epi nou pwopaje yo tout kote, sa se trayizon. Lè nou pa kakenbe temwanyaj ak enterè Mwen fèm, sa se trayizon. Lè nou bay fo souri pandan ke nan kè nou nou lwen mwen, sase trayizon. Tout sa yo se aksyon trayizon ke nou te konn toujou ap komèt, epi yo kontinye ap fèt pami nou. Okenn nan nou pa konsidere sa kòm yon pwoblèm, men se pa sa Mwen panse. Mwen pa ka trete trayizon yon moun kont Mwen tankou yon bagay ki pa gen enpòtans, epi sètènmanmwen pa ka inyore sa. Kounye a, lè M ap travay pami nou, nou konpòte nou nan fason sa—si yon jou pa gen moun ki pou veye sou nou, èske nou pap tankou bandi ki deklare tèt yo wa? Lè sa rive epi nou lakoz yon katastròf, kiyès kap la pou netwaye dega nou yo? Nou panse kèk aksyon trayizon se senp ensidan okazyonèl, se pa konpòtman pèsistan nou, epi nou pa merite pou yo trete nou di, nan yon fason ki blese fyète nou. Si nou vrèman panse sa, alò nou manke bon sans. Lè nou panse sa nou tankou yon echantiyon epi yon modèl rebelyon. Nati lòm se lavi li; se yon prensip li konte sou lipoul viv, epi li pa ka chanje sa. Nati trayizon an se menm jan—si ou ka fè yon bagay pou trayi yon fanmi oswa yon zanmi, sa pwouve li fè pati lavi ou epi li se yon nati ou te fèt avè’l. Sa se yon bagay pyès moun pa ka nye. Pa egzanp, si yon moun renmen vòlè afè lòt moun, alò “renmen vòlè” sa a fè pati de vi yo, menm si yo ka vòlè kèk fwa epi yo pa vòlè lòt fwa. Ke yo vòlè oswa yo pa vòlè, sa pa ka pwouve aksyon vòlè a se sèlman yon fòm konpòtman. Okontrè, sa pwouve aksyon vòlè yo a fè pati lavi yo—sa vle di, nati yo. Kèk moun ap mande: puiske se nati yo, alò poukisa, lè yo wè bèl bagay, yo pa vòlè yo kèk fwa? Repons lan trè senp. Genyen anpil rezon ki fè yo pa vòlè yo. Yo ka pa vòlè yon bagay paske li twò gwo pou yo pran pandan moun ap siveye, oswa paske moman an pa favorab pou yo fè sa, oswa bagay la twò chè, oswa yo twò byen pwoteje li, oswa petèt yo pa gen okenn enterè ladann, oswa yo pa ka wè ki itilite li ka genyen pou yo, etc. Tout rezon sa yo posib. Men kèlkeswa jan sa ye, ke yo volè oswa yo pa vòlè, sa pa ka pwouve panse sa egziste sèlman tankou yon ekla limyè kap pase byen vit. Okontrè, se yon pati nan nati yo ki difisil pou amelyore. Yon moun konsa pap satisfè lèl vòlè yon sèl fwa sèlman; ide pou yo reklame zafè lòt moun tankou zafè pa yo vini nenpòt lè yo jwenn yon bagay ki bèl, oswa yon sitiyasyon favorab. Se poutèt sa Mwen di ke sous panse sa pa yon bagay yo senpleman chwazi okazyonèlman, men li nan pwòp nati moun sa a.

Nenpòt moun ka itilize pwòp pawòl yo ak aksyon yo pou reprezante vrè fòm yo. Vrè fòm sa a senati yo menm. Si ou se yon moun ki pale yon fason ki pa dwat, alò ou gen yon nati ki pa dwat. Si nati ou rize, alò wap aji yon fason ki rize, epi wap rann li fasil pou’w twonpe lòt moun. Si nati ou mechan, pawòl ou yo kapab agreab pou tande, men aksyon ou yo pap ka kache aksyon malefik ou yo. Si nati ou se parès, alò nan tout sa wap di wap bay lòt moun responsab neglijans ak parès ou, epi aksyon ou yo ap lan epi vag, epi w’ap trè fò nan kache verite. Si nati ou gen konpasyon, alò pawòl ou ap rezonab, epi aksyon ou yo ap konfòme yo avèk verite a byen tou. Si nati ou fidèl, alò pawòl ou yo ap sensè tout bon vre epi fason ou aji ap ekilibre, li pap gen anyen ki ka deranje Mèt ou a. Si nati ou chanèl oswa visye pou lajan, alò kè ou ap ranpli souvan avèk bagay sa yo, epi san’w pa konnen wap komèt dezobeyisans, aksyon imoral moun pap bliye fasil epi moun ap degoute. Egzakteman jan Mwen te di a, siw gen yon nati trayizon, alò ou pap ka soti ladann fasil. Pa rete kwè si ou pa fè lòt moun mal, alò ou pa gen yon nati trayizon. Si se sa ou panse ebyen, vrèman, se revòlte wap revòlte. Tout pawòl Mwen yo, chak fwa Mwen pale, adrese a tout moun, se pa sèlman yon sèl moun oswa yon sèl kategori moun. Jis paske ou pa trayi Mwen nan yon bagay sa pa pwouve ou pa ka trayi Mwen nan yon lòt bagay. Nan chache verite, kèk moun pèdi konfyans yo atravè difikilte nan maryaj yo. Kèk moun renonse ak obligasyon yo pou yo fidèl avèk Mwen pandan yon kriz familyal. Kèk moun abandone Mwen pou yo chache yon moman kè kontan ak plezi. Kèk moun t’ap prefere tonbe nan yon ravin fè nwa olye pou yo t’ap viv nan limyè epi jwenn plezi travay Sentespri a. Kèk moun inyore konsèy zanmi yo pou yo ka satisfè dezi yo pou richès, e menm kounye a yo pa rekonèt erè yo epi chanje direksyon yo. Kèk moun ap viv pou yon ti tan anba enfliyans non Mwen pou yo ka resevwa pwoteksyon Mwen, pandan gen lòt ki konsakre yo yon ti kras a Mwen menm sou presyon paske yo atache yo ak lavi epi yo pè mouri. Èske sa yo ak lòt aksyon imoral ak, an plis, lòt aksyon malonèt, yo pa tou senpleman konpòtman ke moun itlize pou trayi Mwen nan fon kè yo? Mwen konnen byen ke moun pa planifye davans pou yo trayi Mwen; trayizon yo se yon revelasyon natirèl sou nati yo. Pa gen moun ki vle trayi Mwen, epi pa gen moun ki kontan paske yo te fè yon bagay pou trayi Mwen. Okontrè, yap tranble avèk krent, se pa vre? Alò, èske n ap panse ak fason pou nou rachte tout trayizon sa yo, ak ki fason nou ka chanje sitiyasyon ki egziste kounye a?

Avan:  Kijan pou Konnen Bondye ki sou Tè a

Pwochen:  Yon Pwoblèm Ki Grav Anpil: Trayizon (2)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger