Yon Pwoblèm Ki Grav Anpil: Trayizon (2)
Nati lòm totalman diferan de esans Mwen paske nati kòwonpi lòm antyèman soti nan Satan; Satan te transfòme ak pèvèti nati lòm. Sa vle di, lòm viv anba enfliyans mal ak ledè li yo. Lòm pa grandi nan yon mond ki gen verite oswa nan yon anviwònman ki sen, e ankò mwens lòm p ap viv nan limyè a. Se poutèt sa, li pa posib pou okenn moun posede verite a nan nati yo depi lè yo fèt, e yon moun pa kapab fèt ak yon esans ki pè ak obeyi Bondye. Okontrè, moun yo posede yon nati ki reziste ak Bondye, ki dezobeyi Bondye e ki pa gen lanmou pou laverite. Nati sa a se pwoblèm mwen vle diskite a—trayizon. Trayizon se sous rezistans chak moun ak Bondye. Sa a se yon pwoblèm ki egziste sèlman nan lòm e yo pa nan Mwen. Gen moun ki pral mande: Piske tout moun ap viv nan monn lan menm jan ak Kris la, poukisa tout moun gen nati ki trayi Bondye, men Kris la pa genyen l? Se yon pwoblèm yo dwe esplike nou byen klè.
Baz egzistans limanite se repetisyon reyenkanasyon nanm nan. Nan lòt mo, chak moun gen yon vi nan kò a lè nanm yo reyenkane. Apre kò yon moun fèt, lavi li kontinye jiskaske kò a finalman rive nan limit li, ki se moman final la, lè nanm nan kite anvlòp li. Pwosesis sa a repete ankò e ankò avèk nanm yon moun ki fè ale vini youn apre lòt, e se konsa egzistans limanite prezève. Lavi kò a se lavi nanm lòm tou e nanm lòm sipòte egzistans kò lòm. Kidonk, nati lòm soti nan nanm nan, pa nan kò a. Se sèlman nanm ki nan chak moun ki konnen kijan yo te eksperimante tantasyon soufrans ak koripsyon Satan yo. Kò lòm pa konn bagay sa yo. Se poutèt sa, limanite san l pa konsyan vin pi sonm, pi sal, pi mal pandan distans ki genyen ant lòm ak Mwen menm ap ogmante plis toujou e lavi vin pi sonm pou limanite. Satan kenbe nanm limanite nan men li, kidonk, se konsa Satan okipe kò lòm tou. Kijan yon kò ak yon limanite konsa pa ta reziste ak Bondye? Kijan yo ta kapab konpatib natirèlman ak Li? Rezon ki fè mwen te jete Satan nan lè a se paske li te trayi M. Alòs, kijan lèzòm ta kapab lib de angajman yo? Se poutèt sa trayizon se nati lèzòm. Mwen kwè imedyatman ou konprann rezònman sa a, ou ta dwe tou gen kwayans nan esans Kris la. Kò ki pote Lespri Bondye se kò Bondye menm. Lespri Bondye pi gran pase tout bagay; Li gen tout pouvwa, Li sen e jis. Menm jan an tou, kò li pi gran, gen tout pouvwa, sen e jis. Yon kò konsa kapab sèlman fè sa ki jis e ki benefik pou limanite, sa ki sen, gloriye ak pisan; Li pa kapab fè anyen ki vyole verite a, ki vyole moralite ak jistis e ankò mwens Li pa kapab fè okenn bagay ki ta trayi Lespri Bondye. Lespri Bondye Sen, e konsa Satan pa kapab kòwonp kò Li; esans kò Li diferan de kò lòm. Paske se lòm, se pa Bondye Satan kowonpi a; Satan pa t ap kapab kòwonp kò Bondye ditou. Se konsa, malgre lòm ak Kris ap viv nan menm espas la, se sèlman lòm Satan posede, itilize ak pyeje. Epoutan, koripsyon Satan pa ka atenn Kris pou tout tan paske Satan p ap janm kapab monte kote ki pi wo a epi p ap janm kapab pwoche bò kote Bondye. Jodi a, nou tout dwe konprann se limanite sèlman, jan Satan kowonpi li a, ki trayi Mwen. Trayizon pap janm yon pwoblèm ki enplike Kris la.
Tout nanm Satan kòwonpi yo nan esklavaj nan pwopriyete Satan. Sèlman sila yo ki kwè nan Kris la ki separe, sove nan kan Satan an epi kondui nan wayòm nan jodi a. Moun sa yo p ap viv anba enfliyans Satan ankò. Malgre sa, nati lèzòm toujou anrasinen nan kò lòm, sa vle di menm si nanm nou te sove, nati nou toujou jan li te ye anvan an e chans pou nou trayi Mwen yo rete san pousan. Se poutèt sa travay mwen dire lontan, paske nati nou entretab. Nan moman an, nou tout ap travèse eprèv yo ak tout fòs nou pandan n ap ranpli devwa nou men nou chak kapab trayi Mwen ak retounen sou anpriz Satan, nan kan li yo ak retounen nan ansyen modèl vi nou—sa a se yon reyalite nou pa ka nye. Nan tan sa a, li pa pral posib pou nou prezante yon ti fragman imanite oswa resanblans moun, jan nou ap fè kounye a. Nan ka ki pi grav yo, ou pral detwi, e, plis pase sa, kondane pou tout tan, pran pinisyon ki sevè, pa janm ka reyenkane ankò. Sa a se pwoblèm nan ki poze devan ou. M ap fè nou sonje nan fason sa a, premyèman, pou travay Mwen an pa t pou granmesi, epi dezyèmman, pou nou tout kapab viv nan jou limyè. An verite, si wi ou non travay Mwen se pou granmesi se pa pwoblèm fondamantal la. Sa ki pi enpòtan se nou an mezi pou nou genyen yon lavi ki gen kè kontan ak yon avni mèvèye. Travay Mwen se travay pou sove nanm moun. Si nanm ou tonbe nan men Satan, kò ou pa pral viv anpè. Si Mwen pwoteje kò ou, nanm ou tou ap anba pwoteksyon Mwen. Si Mwen rayi ou tout bon, kò ak nanm ou ap tonbe yon sèl kou nan men Satan. Èske ou kapab imajine sitiyasyon ou lè sa a? Si, yon jou pawòl Mwen yo pèdi nan nou, lè sa a, Mwen pral livre nou bay Satan tout kote, sa ki pral lage nou nan yon gwo soufrans jiskaske kòlè Mwen apeze konplètman, oswa Mwen pral pini pèsonèlman nou menm lòm ki enkorijib paske kè nou ki trayi Mwen p ap janm chanje.
Kounye a nou tout ta dwe gade tèt nou pi rapid nou kapab pou wè ki kantite trayizon ki rete ant Mwen menm avèk nou. M ap tann repons nou avèk enpasyans. Nou pa bezwen sipèfisyèl nan relasyon nou avèk Mwen. Mwen pa janm fè jwèt ak moun. Si Mwen di Mwen pral fè yon bagay m ap fè l vre. Mwen espere nou chak pral pran pawòl Mwen yo oserye e pa panse yo tankou se blag. Sa Mwen vle se aksyon konkrè nan men nou, pa imajinasyon nou. Apre sa, nou dwe reponn kesyon Mwen yo, ki se sa yo:
1. Si ou vrèman se yon moun k ap fè sèvis, èske ou kapab rann Mwen sèvis la avèk fidelite, san okenn eleman neglijans oswa negativite?
2. Si ou dekouvri Mwen pa t janm apresye ou, èske w ap toujou kapab rete epi rann Mwen sèvis pou tout lavi?
3. Si Mwen toujou frèt anpil ak ou malgre tout gwo efò ou te fè yo, èske w ap kapab kontinye travay pou Mwen nan fènwa?
4. Si, apre ou fin fè sakrifis pou Mwen, Mwen pa satisfè ti demann ou yo, èske w ap dekouraje ak desi de Mwen, oswa menm vin fache epi di gwo mo?
5. Si ou te toujou fidèl, avèk anpil lanmou pou Mwen, epoutan ou soufri touman maladi, povrete, ak abandon zanmi ak fanmi ou, oswa si w ap andire nenpòt lòt malè nan lavi, èske fidelite ak lanmou ou pou Mwen ap toujou kontinye?
6. Si okenn nan sa ou te imajine nan kè ou pa koresponn ak sa Mwen te fè, kijan ou pral mache sou chemen lavni ou?
7. Si ou pa resevwa okenn nan bagay ou te espere resevwa yo, èske w ap kapab kontinye rete disip Mwen?
8. Si ou pa janm konprann objektif ak siyifikasyon travay Mwen, èske ou kapab yon moun obeyisan ki p ap fè jijman abitrè epi tire konklizyon?
9. Èske ou kapab cheri tout pawòl Mwen te di ak tout travay Mwen te fè pandan Mwen te ansanm ak limanite?
10. Èske ou kapab disip fidèl Mwen, prè pou andire soufrans pou tout lavi pou Mwen, menm si ou pa resevwa anyen?
11. Akòz Mwen, èske ou kapab renonse konsidere, planifye, oswa prepare chemen avni pou ou siviv?
Kesyon sa yo reprezante dènye kondisyon Mwen anvè nou e Mwen espere nou tout kapab ban Mwen repons. Si ou te akonpli youn oubyen de bagay kesyon sa yo mande ou, alòs ou dwe kontinye fè efò. Si ou pa kapab akonpli yon sèl nan kondisyon sa yo, asireman ou se kalite moun yo pral jete nan lanfè. Pou moun sa yo, Mwen pa bezwen di anyen anplis ankò, paske asireman yo se moun ki pa kapab akòde yo avèk Mwen. Kòman Mwen ta kapab kenbe yon moun lakay Mwen ki kapab trayi M nan nenpòt sikonstans? Pou sila yo ki kapab toujou trayi M nan anpil sikonstans yo, Mwen pral obsève pèfòmans yo anvan Mwen pran lòt dispozisyon. Epoutan, tout moun ki kapab trayi Mwen, kèlkeswa kondisyon an, Mwen p ap janm bliye; M ap sonje yo nan kè Mwen epi tann opòtinite pou yo rachte move zak yo. Kondisyon Mwen te soulve yo se tout pwoblèm ou dwe egzamine yo nan ou menm. Mwen espere nou tout kapab konsidere yo seryezman epi pa gen relasyon sipèfisyèl avèk Mwen. Nan yon avni ki pwòch, Mwen pral verifye repons nou te ban Mwen parapò ak kondisyon Mwen yo. Nan moman sa a, Mwen pa pral mande nou anyen anplis epi Mwen pa pral bay avètisman ki pi serye. Olye de sa, Mwen pral egzèse otorite Mwen. Sila yo ki ta dwe rete yo ap rete, sila yo ki ta dwe rekonpanse yo ap rekonpanse, sila yo ki ta dwe al jwenn Satan yo pral jwenn Satan, sila yo ki ta dwe pini sevèman yo pral pini sevèman e sila yo ki ta dwe peri yo pral detwi. Konsa, p ap gen pèsonn pou deranje M nan jou Mwen yo. Èske ou kwè nan pawòl Mwen yo? Èske ou kwè nan chatiman? Èske ou kwè Mwen pral pini tout mechan sa yo ki twonpe e ki trayi Mwen? Èske ou espere pou jou sa a vini pi bonè oswa pou li vini pita? Èske ou se moun ki pè chatiman oswa moun ki ka reziste kont Mwen menm si yo dwe andire chatiman? Lè jou sa a rive, èske ou ka imajine si ou pral viv nan mitan aklamasyon ak griyen dan oswa si ou pral kriye ak manje dan ou? Ki kalite fen ou espere rankontre? Èske ou reflechi tout bon sou kesyon si ou kwè nan Mwen san pou san oswa doute de Mwen san pou san? Èske ou deja reflechi avèk swen sou ki kalite konsekans ak rezilta aksyon ak konpòtman ou pral gen sou ou? Èske ou vrèman espere tout pawòl Mwen yo pral akonpli nan lè yo oswa èske ou pè anpil pou pawòl Mwen yo pral akonpli nan lè yo? Si ou espere Mwen ale byento yon fason pou akonpli pawòl Mwen yo, kijan ou ta dwe trete pwòp mo ak aksyon ou? Si ou pa espere depa Mwen epi ou pa espere pou tout pawòl Mwen yo akonpli imedyatman, poukisa ou kwè nan Mwen? Èske ou konnen vrèman poukisa w ap suiv Mwen? Si rezon ou se senpman pou elaji orizon ou, ou pa bezwen enkyete ou konsa. Si se pou ou beni epi evite dezas k ap vini an, poukisa ou pa preyokipe de kondwit ou? Poukisa ou pa mande tèt ou si wi ou non ou kapab reponn ak kondisyon Mwen yo? Poukisa ou pa mande tèt ou tou si wi ou non ou kalifye pou resevwa benediksyon ki pral vini yo?