Tout Moun Pi Pa Konnen Bondye Se Moun Ki Kont Bondye
Pou konprann objektif travay Bondye, ki efè travay Li fè nan lòm, epi kisa ki egzakteman volonte L’ pou lòm: se sa tout moun k’ap swiv Bondye ta dwe sezi. Jounen jodi a konesans travay Bondye se sa menm ke tout moun manke. Travay ke Bondye fè nan moun, tout travay Bondye yo, epi ki egzakteman volonte Bondye pou lòm, depi kreyasyon monn nan rive jouk kounye a—bagay sa yo lòm pa ni konnen ni konprann yo. Non sèlman mankman sa a parèt nan monn relijye a, men tou nan tout sa yo ki kwè nan Bondye. Lè jou a rive pou w’ wè Bondye tout bon vre, lè ou vreman apresye sajès Li, lè w’ wè tout zèv ke Bondye fè yo, lè ou rekonèt sa Bondye ye ak sa Li genyen—lè ou wè bonte Li, sajès, mèvèy, ak tout sa Li reyalize nan lèzòm—se lè sa a w’ap fè siksè nan lafwa w’ nan Bondye. Lè yo di ke Bondye san limit epi Li plen ak jenewozite, nan ki fason Li san limit la menm, epi nan ki fason Li plen ak jenewozite a? Si ou pa konprann sa, lè sa a yo pa konsidere w kon yon moun ki kwè nan Bondye. Poukisa Mwen di sila yo ki nan monn relijye a pa kwè nan Bondye men yo se malfektè, menm ras ak dyab la? lè Mwen di yo se malfektè, se paske yo pa konprann volonte Bondye ak yo pa ka wè sajès Li. Bondye pa t’ revele yo zèv Li nan okenn moman. Yo avèg; yo pa ka wè zèv Bondye, Bondye abandonnen yo, epi yo bon jan manke swen ak proteksyon Bondye, san pale de travay Sentespri a. Tout sa yo ki pa gen travay Bondye nan yo tout se malfektè epi yo se advèsè Bondye. Advèsè Bondye M’ap pale a gen pou wè ak sa yo ki pa konnen Bondye, sa yo ki rekonèt Bondye sèlman nan bouch yo epi poutan ki pa konnen Li, sa yo k’ap swiv Bondye epi poutan ki pa obeyi Li, ak sa yo k’ap benyen nan gras Bondye epi poutan yo pa kapab kanpe pou sèvi Li temwen. San yon konpreyansyon sou objektif travay Bondye oswa yon konpreyansyon sou travay ke Bondye fè nan lòm, li pa ka annakò ak volonte Bondye, ni li pa ka kanpe pou sèvi Bondye temwen. Rezon ki fè lèzòm opoze ak Bondye soti, yon bò, nan dispozisyon li ki kowonpi, epi yon lòt bò li pa konnen Bondye epi ankò nan mank konprann prinsip jan Bondye fonksyone ak volonte L’ pou lèzòm. De bagay sa yo, mete yo ansanm, rasanble yon istwa de rezistans Lòm kont Bondye. Bebe nan lafwa yo opoze ak Bondye paske opozisyon sa a chita nan nati yo, Pandan ke opozisyon sa yo ki ki gen anpil tan nan lafwa yo soti nan mank konprann Li, mete sou dispozisyon kowonpi yo a. Nan tan anvan ke Bondye te vin fèt nan lachè a, fason pou konnen si yon nonm te opoze ak Bondye te chita sou si li kenbe lòd ke Bondye ki nan syèl la te tabli yo. Pa egzanp, nan Tan Lalwa a, nenpòt moun ki pa t’ obsève lalwa Seyè a te konsidere tankou yon moun ki opoze ak Bondye; nenpòt moun ki te vòlò ofrann ki te ofri bay Seyè a, oswa nenpòt moun ki te kanpe kont sa yo ke Seyè a te fè favè a, te konsidere kou yon moun ki opoze ak Bondye, epi yo t’ap kalonnen l’ ak wòch jouk li mouri; nenpòt moun ki pa t’ respekte papa l’ ak manman l’, epi nenpòt moun ki te frape oswa madichonnen yon lòt, te konsidere kou yon moun ki pa t’ obsève lalwa. Epi tou tout moun ki pa t’ obsève lalwa Seyè a te konsidere tankou moun ki kanpe kont Li. Pa t’ gen sa ankò nan Tan Lagras la, lè nenpòt moun te kanpe kont Jezi te konsidere tankou moun ki kanpe kont Bondye, epi nenpòt moun ki pa t’ obeyi pawòl ke Jezi t’ap di yo te konsidere kou yon moun ki kanpe kont Bondye. Nan tan sa a, fason ke yo te defini opozisyon avèk Bondye te vin pi egzat ak pi pratik. Nan tan lè Bondye pot ko fèt nan lachè a, fason pou te konnen si yon nonm opoze ak Bondye te chita sou adorasyon lèzòm bay Bondye et mete rega yo sou Bondye envisib ki nan syèl la. Fason opozisyon ak Bondye te defini nan tan sa a pa t’ pratik ditou, paske lòm pa t’ kapab wè Bondye, ni li pa t’ konnen ak kisa Bondye sanble, oswa kouman Li fonksyone ak kouman Li pale. Lòm pa t’ gen okenn lide de Bondye, epi li te kwè nan Bondye nan yon fason ki vag, paske Bondye pot ko revele L’ bay lòm. Konsa, nenpòt jan lòm ta kwè nan Bondye nan tèt li, Bondye pa t’ kondannen lòm ni fè l’ tròp ekzijans, paske lòm pa t’ ka wè Bondye menm. Lè Bondye vin tounen moun a epi vin travay nan mitan lèzòm. Yo tout te wè Li ak tande pawòl Li, epi yo tout te wè zèv ke Bondye te fè nan kò lachè Li a. nan moman sa a, tout panse lòm te gen sou Bondye tounen kim. Kanta sa yo ki te wè Bondye vini nan lachè a, yo p’ap kondannen si yo gen volonte pou obeyi Li, kote sa yo menm ki fè espre kanpe kont Bondye y’ap konsidere tankou advèsè Bondye. Se antikris kalte moun sa yo ye, lènmi ki ak tout volonte yo kanpe kont Bondye. Sa yo ki tande vye lide sou Bondye men ki toujou prè epi gen volonte pou obeyi Li yo p’ap kondannen. Bondye kondannen lòm sou baz entansyon ak aksyon li yo, janmen pou panse ak lide li yo. S’Il ta dwe kondannen lòm poutèt panse ak lide li yo, lè sa a, pa gen yon moun ki t’ap chape anba men kolè Bondye. Sila yo ki kanpe volontèman kont Bondye ki te vin tounen moun nan, ap jwenn pinisyon pou dezobeyisans yo. Pou sa ki gen pou wè avèk moun sa yo ki kanpe kont Bondye volontèman an, opozisyon yo a soti nan lide yo sou Bondye, sa ki mennen yo nan fè pil aksyon ki derange travay Bondye. Moun sa yo fè espère pou reziste epi detwi travay Bondye a. Yo pa sèlman genyen vye lide sou Bondye, men tou yo angaje yo nan aktivite ki derange travay Bondye, epi poutèt rezon sa a kalte moun sa yo ap kondannen. Sila yo ki pa fè espre pou deranje travay Bondye a yo p’ap kondannen yo tankou pechè paske yo kapab obeyi volontèman epi pa antre nan aktivite ki kòz dezòd ak twoub. Moun konsa yo p’ap kondannen yo. Poutan, lè moun fè eksperyans travay Bondye pandan anpil tan, si yo kontinye ap di vye lide sou Bondye epi rete san yo pa kapab konprann travay Bondye ki vin tounen moun nan, e si nenpòt kantite tan yo fè ap fè eksperyans travay Bondye, yo kontinye plen ak nosyon sou Bondye e toujou pa ka rive konnen Li, lè sa a, menm si yo pa angaje yo nan aktivite dezòd, kè yo kanmenm plen avèk vye lide sou Bondye, epi menm lè nosyon sa yo pa parèt a klè, moun konsa pa itil anyen nan travay Bondye a. Yo pa kapab simaye levanjil la pou Bondye oswa kanpe pou sèvi L’ temwen. Moun konsa se voryen epi yo sòt. Paske yo pa konnen Bondye epi ankò plis yo pa kapab voye vye lide yo gen sou Bondye yo jete, kidonk yo se moun ki kondannen. Nou ka di konsa: li nòmal pou bebe nan lafwa yo kenbe vye lide yo gen sou Bondye yo, oswa pa konnen anyen sou Li, men pou yon moun ki te kwè nan Bondye pandan anpil tan ak fè yon bon pati eksperyans nan travay Li, li pa t’ap nòmal pou yon moun konsa kontinye kenbe vye lide sa yo, epi li t’ap menm mwens nòmal pou yon moun konsa pa gen okenn konesans sou Bondye. Se paske sa pa yon kondisyon nòmal kifè yo kondannen yo. Tout moun anòmal sa yo tout se fatra; yo se moun ki pi opoze ak Bondye epi k’ap jwi gras Bondye pou grenmesi. Tout kalte moun sa yo ap elimine lè sa va fini!
Nenpòt moun ki pa konprann objektif travay Bondye a se moun ki kont Li, epi yon moun ki rive konprann objektif travay Bondye men ki toujou pa chache sastifè Bondye yo dwe plis konsidere l’ kou advèsè Bondye. Gen sila yo ki li Bib la nan gran legliz ak repete l’ tout lajounen, poutan menm yonn nan yo pa konprann objektif travay Bondye a. Menm yonn nan yo pa kapab konnen Bondye; menm yonn nan yo pou pi piti pa annakò ak volonte Bondye. Yo tout pa vo anyen, yo se vye moun, yo chak kanpe anlè pou fè Bondye leson. Yo opoze ak Bondye volontèman menm pandan y’ap pote banyè Li. Yo di yo gen konfyans nan Bondye, poutan y’ap mange vyann ak bwè san moun toujou. Tout jan de moun sa yo se move lespri k’ap devore nanm moun, yo se tèt demon ki fè ekspre kanpe nan chemen sa yo k’ap eseye antre nan bon chemen an, epi yo se wòch k’ap fè moun bite ki anpeche sa yo k’ap chache Bondye. Yo ka sanble “bon moun” men kouman moun sa yo k’ap swiv yo ka rive konnen ke yo pa anyen ke antikris la k’ap mennen moun pou kanpe kont Bondye? kouman moun k’ap swiv yo ka rive konnen ke yo se move lespri vivan ki la pou devore nanm moun? sa yo ki mete tèt yo wo nan presans Bondye se moun ki pi degoutan, poutan sa yo ki imilye tèt yo se yo ki pi onore. Epi sa yo ki panse yo konprann travay Bondye epi tou, ki kapab anonse travay Bondye a bay lòt moun tankou gro fanfawon tankou y’ap gade L’ menm—moun sa yo se moun ki pi San konprann. Kalte moun sa yo pa gen temwanyay Bondye, yo arogan epi plen ak ògèy. Sila yo ki kwè ke yo gen twò piti konesans sou Bondye, malgre ke yo genyen eksperyans toutbon ak konesans pratik sou Li, se moun sa yo Li pi renmen. Se jan de moun sa yo sèlman ki vreman gen temwanyaj epitou se moun sa yo ke Bondye ka vreman fè vin pi bon. Sila yo ki pa konprann volonte Bondye yo se advèsè Bondye; Sa yo ki konprann volonte Bondye epoutan ki pa pratike verite a se advèsè Bondye; sa yo k’ap mange ak bwè pawòl Bondye epi poutan ki tounen kont sa pawòl Bondye ye, yo se advèsè Bondye; sa yo ki gen nosyon sou Bondye ki vin tounen moun nan, e anplis ki gen yon lespri ki lage nan rebelyon, se advèsè Bondye; epi sa yo k’ap jije Bondye se advèsè Bondye; epi nenpòt moun ki pa kapab konnen Bondye oswa rann temwanyay sou Bondye se advèsè Bondye. Kidonk Mwen sipliye nou angras: Si nou gen lafwa tout bon ke nou ka mache nan chemen an, enben kontinye swiv li. Men si nou pa kapab evite opoze ak Bondye, enben nou t’ap fè pi byen si nou ta ale anvan li twò ta. Sinon, chans pou ke bagay yo tounen mal pou nou wo anpil anpil, paske nati nou twò kowonpi. Nan fidelite oswa obeyisans, oswa yon kè ki swaf jistis ak laverite, oswa lanmou pou Bondye, ou pa gen yon dòz oswa yon iota. Yo ka di sitiyasyon w’ devan Bondye se yon veritab bòdèl. Ou paka konfòme w’ ak sa ou dwe konfòme w’, epi w’ pa kapab di sa ki dwe di. Sa ou dwe mete an pratik, ou pa rive metel an pratik, e fonksyon ou ta dwe ranpli, ou vin pakap ranpli l’. Ou pa genyen fidelite, konsyans, obeyisans oswa rezolisyon ke w’ ta dwe genyen an. Ou pa t’ sipòte soufrans ki te la pou ou pou w’ sipòte, epi w’ pa gen lafwa ke w’ ta dwe genyen. Se senp, nou pa gen okenn merit: Nou pa wont kontinye viv? Ban Mwen konvenk nou, ke nou t’ap fè pi byen fèmen je nou nan repo ki p’ap janm fini an, konsa pa kite Bondye enkyete pou nou ak soufri pou nou. Nou kwè nan Bondye epi poutan nou pa konn volonte L’; nou manje ak bwè pawòl Bondye epi poutan nou pa kapab kenbe komandman ke Bondye bay lòm. Nou kwè nan Bondye epi poutan nou pa konnen Li, n’ap viv san goumen pou yon objektif, san valè, san okenn sans. Ou se yon moun k’ap viv epi poutan w’ san konsyans, san entegrite, oswa krediblite nan pi ba nivo a—èske n’ ka kontinye rele tèt nou moun? Nou kwè nan Bondye epi poutan n’ap twonpe L’; sa k’ pi rèd la, nou pran kòb Bondye ak manje tout ofrann ki prepare pou Li. Epi poutan, nou toujou pa rive montre menm yon ti konsiderasyon pou santiman ki nan Bondye oswa yon ti kras konsyans anvè Li alafen. Nou pa menm ka reponn ak pi piti nan demand ke Bondye fè. Eske nou ka kontinye rele tèt nou moun? Manje manje ke Bondye ba ou ak respire oksijèn Li ba ou, benyen nan gras Li, epi alafen ou pa gen yon ti kras konesans sou Bondye. Okontrè, ou vin tounen yon voryen ki opoze ak Bondye. Sa pa fè de ou yon bèt ki menm pi ba pase yon chyen? nan tout bèt yo, èske gen ladan yo ki pi malveyan pase nou?
Pastè ak ansyen sa yo ki kanpe byen wo sou chè k’ap preche lòt moun se advèsè Bondye epi yo se alye satan; èske sila yo nan mitan nou ki pa kanpe wo sou chè pou preche lòt yo pa ta pi gran advèsè Bondye? Eske nou pa menm plis ke yo, nan kòkòday avèk satan? Sila yo ki pa konprann objektif travay Bondye pa konnen kijan pou mete yo dakò ak volonte Bondye. Se vre wi, li enposib pou sa yo ki konprann objektif travay Bondye pa konnen kijan pou mete yo dakò avèk volonte. Travay Bondye pa janm yon erè; men pito, se chemen lèzòm pran ki gen defo. Èske Moun sa yo ki dejenere a ki ak tout volonte yo opoze ak Bondye pa pi mal epi malveyan ke pastè ak ansyen sa yo? Yon pil se yo menm ki opoze ak Bondye, men nan mitan yo genyen yon pil kote diferan yo opoze ak Bondye. Menm jan gen tout kalte kwayan, konsa tou gen tout kalte fason ke yo opoze ak Bondye, yonn diferan ak lòt. Pa yon sèl nan sa yo ki pa rive rekonèt byen klè objektif travay Bondye ka sove. Nenpòt jan lòm te opoze ak Bondye nan tan lontan an, lè lòm vin konprann objektif travay Bondye epi li konsakre efò li pou l’ satisfè Bondye, Bondye ap efase tout ansyen peche l’ yo byen pwòp. Toutotan ke lòm ap chache verite a epi pratike verite a, Bondye pa pral sonje sa li te fè. Ankò plis, se sou jan lòm pratike verite a ke Bondye ap jistifye l’. Sa se jistis Bondye a. Anvan lòm te wè Bondye epi viv eksperyans travay Li, nenpòt jan lòm aji ak Bondye, Li pa kenbe l’ nan lespri L’. Poutan, yon fwa ke lòm fin wè Bondye e viv eksperyans travay Li, Bondye pral antre tout zèv ak tout zak lòm yo nan “liv la” paske lòm wè Bondye ak viv nan mitan travay Li.
Lè lòm fin vreman wè kisa Bondye posede ak kisa L’ ye, lè l’ fin wè ke Bondye pi gran, epi lè li vin Konprann tout bon travay Bondye a, e plis, lè vye mannyè lòm yo chanje, lè sa a lòm pral voye byen lwen tout bon vre tanperaman rebelyon li an ki opoze ak Bondye. Nou ka di ke tout moun nan yon tan te opoze ak Bondye epi tout moun nan yon tan t’ap fè rebèl ak bondye. Men poutan, si ak volonte ou obeyi Bondye ki vin fèt nan lachè a, epi depi lè sa a satisfè kè Bondye avèk fidelite, pratike verite a jan ou dwe, fè devwa ou jan ou dwe, epi kenbe regleman yo jan ou dwe kenbe yo, lè sa a ou se moun ki gen volonte pou voye rebelyon ou a jete pou satisfè Bondye epi moun ke Bondye ap fè vin pi bon. Èske w’ ta dwe fè tèt di refize admèt erè w’ yo epi pa gen okenn entansyon pou repanti, èske w’ ta dwe kontinye avèk konpòtman rebelyon w’ yo san ti kras entansyon pou mete w’dakò avèk Bondye epi satisfè L’, yon moun tèt di epi ki pa ka korije tankou w’ ap san okenn dout jwenn pinisyon epi w’ p’ap janm yon moun ke Bondye ap fè vin pi bon, konsa, ou se lennmi Bondye Jodi a epi demen w’ap toujou ret lennmi Bondye, epitou w’ap toujou rete lennmi Bondye apre demen; w’ap pou toutan yon advèsè ak lennmi Bondye. nan ka sa a, kouman Bondye ta fè kite w’ ale? Opoze ak Bondye se yon bagay ki nan nati lòm, men lòm pa dwe fè ekspre ap chache “sekrè” opoze avèk Bondye jous paske chanje nati li se yon travay ki enposib. Si se ta konsa, lè sa a li t’ap pi bon pou retire kò w’ anvan l’ twò ta, pou chatiman yo pa vin pi grav pou ou demen, epi pou nati brital ou a pa eklate epi vin pa ka gouvènen joustan Bondye fini ak kò dezòd ou a lè sa fini. Ou kwè nan Bondye pou resevwa benediksyon; men alafen se malè sèlman ki rive ou, èske sa pa t’ap yon wont? Mwen soupliye nou an gras, fè yon lòt plan pito. Nenpòt bagay ou ka fè t’ap pi bon pase kwè nan Bondye: Se vre wi li pa ka sa pou gen yon sèl chemen. Eske w’ pa t’ap kontinye viv si w’ pa t’ chache verite a? Poukisa ou an dezakò ak Bondye nan fason sa a?