Vizyon Travay Bondye a (1)

Jan te travay sèt lanne pou Jezi, e li te gentan pare chemen an lè Jezi te rive. Anvan sa, yo te tande levanjil wayòm syèl la, fason Jan te preche l la nan tout peyi a, dekwa pou li te gaye nan Jide, e tout moun te rele li yon pwofèt. Nan tan sa a, Wa Ewòd te vle touye Jan, men li pa t fouti fè sa, paske pèp la te respekte Jan anpil, e Ewòd te gen lakrent si l touye Jan yo ta revòlte kont li. Travay Jan te fè a te pran rasin li pami pèp la, e li te fè Jwif yo kwè. Pandan setan li te pare chemen an pou Jezi, jouk nan moman Jezi te koumanse akonpli ministè Li. Se pou rezon sa a, Jan te pi gran nan tout pwofèt yo. Se sèlman apre yo te anprizonnen Jan ke Jezi te koumanse travay ofisyèl Li. Anvan Jan, pa te janm genyen yon pwofèt ki te pare chemen pou Bondye, paske anvan Jezi, Bondye pa te janmen vini nan lachè anvan. Donk, nan tout pwofèt yo jouk rive sou Jan, se te sèl li menm ki te pare chemen pou Bondye ki tounen moun nan, e nan fason sa a Jan te vini pi gran pwofèt nan Ansyen ak Nouvo Testaman yo. Jan te koumanse simayen levanjil wayòm syèl la setan anvan batèm Jezi. Dapre pèp la, travay li te fè a te sanble sipase travay Jezi te vin fè apre li a, men poutan, li te sèlman toujou yon pwofèt. Se pa t nan tanp lan li te travay ak preche, men li te travay e preche nan vil yo ak vilaj andeyò vil yo. Natirèlman li te fè bagay sa yo nan pami nasyon Jwif la, sitou pami sa yo ki te pòv. Se te yon bagay ki ra pou Jan ta fwote zepòl avèk moun ki te granpanpan nan sosyete a, li te sèlman simayen levanjil la pami mas pèp Jide a. Sa te fèt konsa dekwa pou l prepare bon moun pou Senyè Jezi a, e pou prepare bon plas pou Li te vin travay. Avèk yon pwofèt tankou Jan pou pare chemen an, Senyè Jezi te kapab anbake sou chemen lakwa a lamenm Li te rive. Lè Bondye te tounen lachè pou te fè travay Li, Li pa t travay pou chwazi moun, e Li pa t bezwen ale chache moun oswa yon plas pou Li travay nonplis. Li pa t fè kalite travay sa yo lè Li te vini; moun chwazi a te gentan prepare bagay sa yo pou Li anvan Li te rive. Jan te gentan fin akonpli travay sa a anvan Jezi te koumanse travay Li a, paske lè Bondye ki fèt nan lachè a te rive pou fè travay Li, Li te koumanse travay lamenm sou sa yo ki t ap tann Li depi lontan. Jezi pa t vini pou Li te fè travay rektifikasyon lèzòm. Li te vini sèlman pou Li te akonpli pwòp travay ministè Li; apa de sa, lòt bagay yo pa t gen okenn relasyon avèk Li. Lè Jan te vini, li te annik mete apa, sot nan tanp lan ak pami Jwif yo, yon gwoup nan sa yo ki te aksepte levanjil wayòm syèl la, dekwa pou Jezi Senyè a kapab sèvi ak yo pou travay Li. Jan te travay pou sèt lanne, sa vle di, li te gaye levanjil la pandan setan. Pandan travay li, Jan pa t fè anpil mirak, paske travay li se te pou pare chemen an, travay li se te travay preparasyon. Tout lòt travay, travay ke Jezi ta pral fè yo, pa t gen anyen pou wè avèk li; li senpleman te mande lèzòm pou konfese peche yo e repanti, e batize moun, dekwa pou yo ka sove. Malgre li te fè nouvo travay e louvri yon chemen kote zòm pa t janm mache anvan, tout menm li te sèlman pare chemen an pou Jezi. Li te sèlman yon pwofèt ki te fè travay preparasyon an, e li pa t kapab fè travay Jezi a. Malgre se pa t Jezi ki te premye preche levanjil wayòm syèl la, e kwake Li te kontinye pousuiv chemen ke Jan te koumanse an, pa t genyen okenn moun ki te kapab fè travay Li a, e travay Li te depase travay Jan an. Jezi pa t kapab prepare pwòp chemen pa Li; Li te akonpli travay Li a dirèkteman nan non Bondye. Alò, kèlkelanswa kantite lanne Jan te travay, li te toujou yon pwofèt, toujou sila a ki te pare chemen an. Twa lanne travay ke Jezi te fè a te depase sèt lanne travay Jan te fè a, paske sibstans travay Jezi se pa t menm bagay la. Lè Jezi te koumanse akonpli ministè Li, ki te menm lè travay Jan an te vin bout, Jan te prepare ase moun ak plas pou Senyè Jezi a te itilize, e yo te sifi pou Senyè Jezi a te koumanse twazan travay. Donk osito travay Jan an te fini, Senyè Jezi a te koumanse pwòp travay Li ofisyèlman, epi yo te mete pawòl Jan te preche yo sou kote. Sa te fèt konsa paske travay Jan te fè a se te sèlman pou fasilite tranzisyon an, e pawòl li yo pa t pawòl lavi ki ta p pouse lèzòm pou yo gen yon nouvo kwasans; finalman pawòl li yo se te sèlman sèvi pou yon ti tan.

Travay ke Jezi te fè a se pa t travay mistè; te genyen yon metòd ladan li, e tout travay la te dewoule dapre prensip natirèl. Distans pou rive nan dènye sis (6) mwa lavi Li, Jezi te konnen pou tout bon vre ke Li te vini pou te fè travay sa a, e Li te konnen ke Li te vini pou yo te klouwe L sou lakwa. Anvan yo te krisifye Li, se tout tan Jezi t ap priye Bondye Papa a, menm jan Li te priye twa (3) fwa nan jaden Jetsemane a. Apre Li te fin batize, Jezi te akonpli ministè Li pou twazan edmi, e travay ofisyèl li te dire dezan edmi. Pandan premye ane a, Satan te akize Li, lòm te toumante Li, e Li te sibi menm tantasyon ke lòm konn sibi. Li te pote laviktwa sou anpil tantasyon pandan ke Li t ap fè travay Li. Nan dènye sis (6) mwa yo, lè yo te prèt pou krisifye Jezi, Pyè te pale ak bouch li pawòl ke Jezi te Pitit Bondye vivan an, ke Li te Kris la. Se lè sa a ke tout moun vin konnen travay Li, wi se lè sa a ke piblik la vin konnen kiyès Li ye tout bon vre. Apre sa, Jezi te fè disip Li yo konnen ke yo pral krisifye Li pou byenèt lèzòm, e ke twa (3) jou apre Li va leve ankò; Li te fè yo konnen ke Li te vini pou akonpli travay laredanmsyon, e se Li menm ki te Sovè a. Se sèlman nan dènye sis (6) mwa yo ke Li te fè yo konnen ki moun Li ye tout bon vre e ki travay Li te vin fè. Tan sa a se te tan Bondye, e se nan fason sa a ke travay la te dwe akonpli. Nan tan sila, yon pòsyon nan travay Jezi a te annakò avèk Ansyen Testaman an, ansanm ak lwa Moyiz yo e pawòl Jewova yo pandan Peryòd Lalwa yo. Jezi te itilize tout bagay sa yo pou L te fè yon pòsyon travay Li. Li te preche pèp la, Li te anseye yo nan sinagòg yo, e Li te sèvi ak pwofesi pwofèt nan Ansyen Testaman yo pou repwoche Farizyen yo ki te rayi Li, e Li te itilize pawòl nan Lekriti yo pou mete dezobeyisans yo aklè e kondane yo demenm. Yo te rayi sa Jezi t ap fè yo; sitou, anpil nan travay ke Jezi te fè yo pa t fèt dapre lwa nan Lekriti, e anplis, pawòl ke Li t ap anseye yo te depase pwòp pawòl yo, e li te depase menm sa pwofèt nan Lekriti yo te pwofetize. Travay Jezi se te sèlman pou benefis redanmsyon lèzòm e pou krisifiksyon an, donk Li pa t bezwen fè plis pale anpil pou venki okenn lòm. Anpil nan sa ke Li te anseye lèzòm te soti nan pawòl ki nan Lekriti, e menm si travay Li pa t depase lekriti, tout menm Li te reyisi akonpli travay krisifiksyon an. Travay Li se pa t travay pawòl la, ni se pa t travay ki te fèt pou pot la viktwa sou lèzòm, men se te travay ki te fèt pou sove lèzòm. Li te sèlman sèvi kòm ofrann peche pou lèzòm, e Li pa t sèvi kòm sous pawòl la pou lèzòm. Lè Payen ap travay se pou pote laviktwa sou lòm, se pa t travay Payen ke Li te fè, men travay krisifiksyon an, yon travay ki te fèt pami sa yo ki te gen konfyans ke te genyen yon Bondye. Byenke travay Li te fèt sou fondasyon Lekriti, e byenke Li te sèvi ak sa pwofèt lontan yo te pwofetize pou kondane Farizyen yo, sa te sifi pou konplete travay krisifiksyon an. Si travay jodi a te fèt sou fondasyon prediksyon pwofèt lontan nan Lekriti yo, li ta enposib atò pou pote laviktwa sou nou, paske pa genyen okenn rapò nan Ansyen Testaman an sou dezobeyisans ak peche nou menm pèp Lachin yo, e pa genyen okenn dosye sou peche nou. Donk, si travay sa a t ap kontinye toujou nan Labib la, nou pa t ap janm soumèt. Labib la rakonte sèlman yon ti pòsyon istwa pèp Izrayèl la, se yon istwa ki pa kapab jije nou, e ki pa ka etabli si nou mechan oswa si nou bon. Sipoze ke Mwen ta jije nou dapre istwa Izrayelit yo—Èske nou t ap toujou suiv Mwen menm jan n ap suiv Mwen jodi a? Èske nou rekonèt kouman nou difisil? Si pa t gen pawòl ki te pale nan etap sa a, li ta enposib atò pou konplete travay laviktwa a. Paske Mwen pa t vini pou yo te klouwe M sou lakwa, Mwen dwe pale pawòl ki separe de Labib, pou Mwen pote laviktwa sou nou. Travay ke Jezi te fè a se te senpleman yon etap pi wo pase Ansyen Testaman an; travay sa te sèvi pou demare yon peryòd, e pou gide peryòd sa a. Kisa Li te di, “Mwen pa t vini pou aboli lalwa, men pou akonpli lalwa”? Tandiske te genyen yon pakèt diferans ant travay Li ak sa ke Lalwa te mande pou pratike, e nan kòmandman ke Izrayelit nan Ansyen Testaman yo te suiv, paske Li pa t vini pou obeyi lalwa, men pou akonpli li. Te genyen anpil bagay ki te fè bon sans nan metòd ke Li te itilize pou akonpli li: Travay Li te fè pi bon sans e li te pi reyèl, e anplis, te gen plis enèji ladan li e Li pa t akonpli l tankou wobo ki ap suiv règ yo. Èske Izrayelit yo pa t obsève Saba? Lè Jezi te vini, Li pa t obsève saba, paske Pitit Lòm nan se te Senyè Saba a, e lè Senyè Saba a rive, Li va fè sa Li vle. Li te vini pou akonpli lwa Ansyen Testaman yo e pou chanje lwa yo. Tout bagay ki ap fèt jodi a, yo baze sou tan prezan an, poutan yo toujou chita nan fondasyon travay Jewova nan tan Peryòd Lalwa a, e pa gen vyolasyon ki fèt nan kad sa a. Pa egzanp, pou kenbe lang ou nan brid, e pou pa komèt adiltè—èske se pa lwa nan Ansyen Testaman an yo ye? Jounen jodi a, sa ke nou bezwen fè pa sèlman kanpe jis nan Dis (10) Kòmandman yo, men yo ankadre kòmandman yo e lalwa yo nan yon nivo ki depase sa yo ki te la anvan. Poutan sa pa vle di ke sa yo ki te la anvan yo te aboli, paske chak etap travay Bondye opere sou fondasyon etap ki te la anvan an. Konsènan sa ke Jewova te prezante pèp Izrayèl la, tankou mande pèp la pou ofri sakrifis, onore paran yo, pou pa adore zidòl, pou pa toumante oswa modi moun, pou pa komèt adiltè, pou pa fimen ak bwè, e pou pa manje bagay ki mouri oubyen bwè san—èske sa pa fòme fondasyon pou sa ke nou pratike jodi a menm? Se sou fondasyon tan lontan ke travay la fonksyonen jouk jounen jodi a. Malgre yo pa pale de lwa tan lontan yo ankò, e se nouvo obligasyon ke yo mande ou suiv, lwa sa yo, olye pou yo te aboli, yo vin elve nan yon estati byen wo. Si ou di ke lwa yo te aboli sa vle di peryòd anvan an pa alamòd, tandiske genyen kèk kòmandman ke ou dwe onore pou tout tan gen tan. Moun te gentan fin pratike kòmandman nan tan lontan yo, yo gentan makònen ak lòm, e li pa nesesè pou ap peze sou kòmandman tankou “pa fimen,” e “pa bwè,” avèk tout lòt rès yo. Gen nouvo kòmandman ki tabli sou fondasyon sa a dapre bezwen nou jodi a, selon dispozisyon nou, e selon travay ki ap fèt jodi a. Lè nou deklare kòmandman pou nouvo peryòd la sa pa vle di ke kòmandman peryòd tan lontan yo aboli, sa vle di ke yo leve pi wo sou fondasyon sa a, dekwa pou fè aksyon lèzòm pi konplè, e pi konfòme avèk reyalite a. Si jodi a yo te sèlman egzije nou pou obeyi kòmandman yo e respekte lalwa Ansyen Testaman yo nan menm fason ke Izrayelit yo te konn fè l la, e si yo te menm egzije nou memorize lwa ke Jewova te ban nou yo, pa t ap genyen okenn posibilite ke nou te kapab chanje. Si nou te blije sèlman obeyi ti ponyen kòmandman limite sa yo oswa memorize bann pakèt lwa yo, vye nati nou yo ta rete fikse byen fon, e pa t ap janm genyen yon fason pou derasinen li. Donk nou ta vin deregle plis toujou, e pa ta gen youn sèl grenn nan nou ki ta vin obeyisan. Sa vle di ke yon ti ponyen kòmandman senp oswa yon pakèt lwa pa kapab ede nou rekonèt zèv Jewova. Se pa menm moun ak Izrayelit yo ke nou ye: Lè yo te suiv lalwa e memorize kòmandman yo, yo te kapab wè zèv Jewova yo, e bay adorasyon a Li menm sèl. Men nou pa kapab reyalize sa, e yon ti ponyen kòmandman nan peryòd Ansyen Testaman yo non sèlman pa kapab fè nou rann kè nou, ni yo pa kapab pwoteje nou, men angiz de sa yo va fè nou neglijan, e yo va lage nou fas atè. Paske travay Mwen se travay pou pot laviktwa, e travay la branche sou dezobeyisans ak vye nati nou. Bon pawòl Jewova ak Jezi yo pa t sifi pou pawòl grav jijman jodi a. San pawòl grav sa yo li ta enposib pou pote laviktwa sou nou menm “konesè,” ki t ap viv nan dezobeyisans depi dè milye ane. Lwa Ansyen Testaman yo pèdi pouvwa sou nou lontan, e jijman jodi a pi ekstraòdinè pase lwa ansyen yo. Sa ki pi bon pou nou se jijman, se pa ti restriksyon vid lalwa yo, paske se pa lèzòm okòmansman ke nou ye, men se lèzòm ki fin kowonpi depi dè milye ane. Sa ke lèzòm dwe akonpli kounye a ren pou ren avèk vrè eta yo jodi a, dapre dispozisyon e repitasyon lòm jounen jodi a, e ou pa bezwen obsève règ pou sa. Sa blije fèt konsa dekwa pou chanjman ka atenn vye nati ou, e dekwa pou ou rejte prensip ou yo. Èske ou panse ke kòmandman yo se règ yo ye? Nou kapab di ke se egzijans nòmal pou lòm yo ye. Se pa règ ke ou dwe suiv ke yo ye. An nou pran pa egzanp, sispann fimen—èske se yon règ ke li ye? Se pa yon règ! Se yon egzijans ke yo mete sou èt imen nòmal. Se pa yon règ, men yon preskripsyon pou limanite antye. Jodi a kèk douzèn kòmandman ki te tabli yo se pa règ yo ye nonplis; yo se sa ki nesesè pou reyalize limanite nòmal. Moun pa t posede oswa konnen bagay sa yo nan tan lontan, donk yo oblije reyalize yo jodi a, e bagay sa yo pa konte kòm règ. Lwa yo pa menm bagay ak règ yo. Lè m ap pale de règ se de seremoni, fòmalite, oswa pratik pèvès ak enjis lèzòm ke m ap pale; se yon bann règ ak règleman ki pa sèvi lòm anyen, yo pa pote okenn avantaj pou li; yo fòme yon pakèt demach ki pa gen okenn siyifikans. Se sa ki egzanplè règ yo, e nou dwe rejte règ konsa, paske yo pa ofri okenn avantaj pou lòm. Se bagay ki pote avantaj pou lòm ke nou dwe pratike.

Avan:  Tout Moun Pi Pa Konnen Bondye Se Moun Ki Kont Bondye

Pwochen:  Vizyon Travay Bondye a (2)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger