Pandan W ap Admire Kò Espirityèl Jezi, Bondye ap Gentan Fè Syèl la Ak Tè a Vin Nouvo

Eske ou swete wè Jezi? Eskè ou swete viv avèk Jezi? Eske ou swete tande pawòl Jezi di? Si wi, alò kòman w ap akeyi retou Jezi? Eske ou prepare nèt? Kòman w ap akeyi retou Jezi? Mwen panse tout frè ak sè k ap suiv Jezi ta renmen ba l yon bon akèy. Men èske n te konsidere sa a: Eske w ap vrèman konnen Jezi lè Li retounen? Eske n ap konprann tout bagay Li di? Eske n ap vrèman aksepte tout zèv Li fè san kondisyon? Tout moun ki li Labib konnen Jezi ap retounen, epi tout moun ki li Labib ap tann retou Li avèk anpresman. Nou tout gen atansyon nou konsantre sou moman sa a ki gen pou rive, epi senserite nou merite felisite, lafwa nou se vrèman yon bagay moun ta renmen genyen, men èske nou konsyan nou komèt yon erè ki grav? Nan ki fason Jezi gen pou l retounen? Nou kwè Jezi ap retounen nan yon nyaj blan, men m ap mande nou: Ak ki sa nyaj blan sa a fè referans? Avèk tout kwayan sa yo Jezi genyen k ap tann retou Li, nan mitan ki moun l ap desann? Si nou pami moun Jezi ap desann nan mitan yo an premye, èske lòt moun p ap wè sa tankou yon gwo enjistis? Mwen konnen nou se moun ki gen anpil senserite, epi ki fidèl anvè Jezi, men èske nou janm rankontre Jezi? Eske nou konnen nati Li? Eske nou janm viv avèk Li? Jous nan ki pwen nou vrèman konprann Jezi? Gen moun k ap di pawòl sa yo mete yo nan yon sitiyasyon difisil ki fè yo jennen. Y ap di: “Mwen si tèlman li Bib la soti nan premye pou rive nan dènye paj la. Kòman mwen ta ka fè pa konnen Jezi? Kèlkeswa dispozisyon Jezi, m menm konnen koulè rad Li te renmen mete. Eske ou p ap rabese mwen lè w di, mwen pa konprann Li?” Mwen pwopoze pou ou pa fè diskisyon sou pwoblèm sa yo; li pi bon pou n kalme nou epi abòde kesyon nou pral konsidere yo: Premyèman, èske ou konnen ki sa ki reyalite ak sa ki teyori? Dezyèmman, èske ou konnen ki sa ki move konsepsyon, epi ki sa ki verite? Twazyèmman, èske ou konnen ki sa ki imajinasyon ak sa ki reyèl?

Gen moun ki pa rekonèt yo pa konprann Jezi. Epoutan mwen di nou pa konprann Li ditou, epi nou pa menm konprann yon sèl nan pawòl Jezi yo. Se paske nou chak suiv Li akoz istwa ki rakonte nan Bib la, akoz sa lòt moun di. Nou pa janm wè Jezi, nou pa t menm viv avè l, nou pa t menm kenbe Li konpayi pou yon ti tan yon fwa. Nan ka sa a, konpreyansyon nou de Jezi pa anyen, sof teyori. Li pa reyèl non plis. Petèt gen moun ki wè foto Jezi deja, oswa gen moun ki vizite kay kote Jezi te rete a pèsonèlman. Petèt gen moun ki touche rad Jezi. Epoutan konpreyansyon ou de Jezi toujou rete teyorik, li pa pratik, menm si pèsonèlman ou te goute manje Li te manje. Kèlkeswa ka a, ou pa janm wè Jezi, epi ou pa janm kenbe Li konpayi fizikman, e se sa k fè konpreyansyon ou de Jezi ap toujou teyori ki vid epi ki pa reyèl. Petèt ou pa twò enterese nan pawòl mwen yo, men m ap mande ou sa: Malgre ou ka li anpil travay ekriven ou pi renmen an fè, èske ou ka konprann Li nèt san ou pa janm pase tan avèk Li? Eske ou konnen ak ki sa pèsonalite Li sanble? Eske ou konnen ki kalite lavi l ap mennen? Eske ou konnen kichòy sou kondisyon emosyonèl Li? Ou pa menm ka fin konnen yon moun ou admire nèt, alò kòman ou ta ka rive konprann Jezikri? Tout sa ou konprann de Jezi gen yon pakèt imajinasyon ak move konsepsyon ladan yo epi yo pa gen okenn verite oswa reyalite ladan yo. Panse sa yo enfekte epi yo chanèl anpil. Kòman yon konpreyansyon konsa ta ka rann ou kalifye pou ou akeyi retou Jezi? Jezi p ap resevwa moun ki chaje fantezi ak konsepsyon lachè. Kòman moun ki pa konprann Jezi ka fè vin kwayan Li?

Eske nou swete konnen rezon prensipal ki te fè Farizyen yo kont Jezi? Eske nou swete konnen vrè nati Farizyen yo? Yo te chaje fantezi konsènan Mesi a. Sa ki pi mal la, yo te sèlman kwè Mesi a t ap vini, men yo pa t chache verite lavi a. Se poutèt sa, jouk jodi a, yo toujou ap tann Mesi a, paske yo pa gen okenn konesans sou chemen lavi a, epi yo pa konnen ki sa chemen verite a ye. Nou di kòman moun san konprann, tèt di epi inyoran konsa ta ka resevwa benediksyon Bondye? Kòman yo ta ka wè Mesi a? Yo te kont Jezi paske yo pa t konnen direksyon travay Sentespri a, paske yo pa t konnen chemen verite Jezi t ap pale a, epi yo pa t konprann Mesi a. Paske yo pa t janm wè Mesi a epi yo pa t janm an konpayi Mesi a, yo te komèt erè nan rete atache pou granmesi ak non Mesi a pandan yo te kont nati Mesi a pa tout mwayen posib. Ofon, Farizyen sa yo te gen kou rèd, yo te awogan, epi yo pa t obeyi verite a. Prensip lafwa yo nan Bondye se te: Kèlkeswa nivo pwofondè mesaj ou preche, kèlkeswa nivo otorite ou genyen, se pa ou menm ki Kris la si yo pa rele ou Mesi a. Eske opinyon sa yo pa san sans, èske yo pa rizib? Anplis, m ap mande nou: Eske se pa yon bagay ki fasil anpil pou n komèt menm erè ak premye Farizyen yo, paske nou pa genyen yon ti kras konpreyansyon sou Jezi? Eske ou gen kapasite pou ou rekonèt chemen verite a? Eske ou ka vrèman bay garanti ou p ap pran pozisyon kont Kris? Eske ou ka suiv travay Sentespri a? Si ou pa konnen si w ap pran pozisyon kont Kris, alò m ap di ou, ou deja sou wout lanmò? Tout moun ki pa t konnen Mesi a te kapab pran pozisyon kont Jezi, rejte Jezi, pale Li mal. Moun ki pa konprann Jezi yo tout ka rejte Li, joure Li. Anplis, yo ka wè retou Jezi tankou riz Satan, epi plis moun ap kondane retou Jezi sou fòm yon moun. Eske tout bagay sa yo pa fè nou pè? Sa n ap gen pou n fè fas ak Li se yon blasfèm kont Sentespri a, se gaspiye pawòl Sentespri a pou legliz yo, epi se meprize tout sa Jezi esprime. Ki sa nou ka resevwa nan men Jezi si nou bwouye nan pwen sa? Kòman nou ka konprann travay Jezi lè Li retounen sou fòm moun sou yon nyaj blan, si nan rebelyon nou nou refize pran konsyans de erè nou? M ap di nou sa: Moun ki pa resevwa verite a, poutan k ap tann retou Kris la sou nyaj blan yo je fèmen, ap pale mal kont Sentespri a, yo se kategori moun k ap gen pou detui. Nou sèlman swete resevwa gras Jezi, epi nou sèlman vle jwi benediksyon wayòm syèl la, Epoutan nou pa janm obeyi pawòl Kris te pwononse yo, epi nou pa janm resevwa verite Jezi eskprime lè Li retounen sou fòm moun. Ki sa n ap kenbe an n echanj pou retou Jezi sou yon nyaj blan? Eske se nan senserite nou n ap komèt peche detanzantan, epi n ap konfese san rete? Ki sa n ap ofri an sakrifis bay Jezi k ap retounen sou yon nyaj blan? Eske se ane travay nou te fè ki fè n ap glorifye pwòp tèt nou? Ki sa n ap kenbe pou fè Jezi k ap retounen an fè nou konfyans? Eske se nati awogan nou genyen an ki pa obeyi okenn verite?

Fidelite nou se sèlman pawòl nan bouch, konesans nou sèlman entèlèktyèl epi konseptyèl, travay nou yo fèt nan lide pou resevwa benediksyon syèl la, alò ak ki sa lafwa nou dwe sanble? Menm jodi a, n ap kenbe tèt ak pawòl verite a. Nou pa konnen ki sa Bondye ye, nou pa konnen ki sa Kris ye, nou pa konnen kòman pou n respekte Jewova, nou pa konnen kòman pou n antre nan travay Sentespri a, epi nou pa konnen kòman pou n fè diferans ant travay Bondye Li menm ak riz moun. Nou sèlman konn kondane nenpòt pawòl verite Bondye eksprime ki pa konfòm ak pwòp panse pa nou. Kote imilite ou? Kote obeyisans ou? Kote fidelite ou? Kote dezi ou genyen pou ou chache verite a? Kote respè ou pou Bondye? M ap di nou, moun ki kwè nan Bondye akoz siy yo se vrèman kategori moun sa yo k ap detui. Moun ki pa ka resevwa pawòl Jezi k ap retounen sou fòm moun nan se pitit lanfè yo ye, se desandan akanj lan, kategori ki gen pou detui pou tout tan. Anpil moun ka pa bay sa m di enpòtans, men mwen toujou vle di chak swadizan sen k ap suiv Jezi, lè nou wè Jezi ak pwòp je nou desann sot nan syèl la sou yon nyaj blan, se solèy jistis la k ap parèt an piblik. Petèt se va yon moman k ap pote anpil kontantman pou ou, epoutan ou dwe konnen lè ou temwen Jezi desann sot nan syèl la se va yon tan tou kote w ap tou desann nan lanfè pou ou sibi pinisyon. Se pral tan kote plan jesyon Bondye a pral pran fen epi se va moman kote Bondye pral rekonpanse moun ki fè byen epi pini mechan yo. Paske jijman Bondye ap gentan fini avan moun wè siy yo, lè verite a eksprime sèlman. Moun ki aksepte verite a epi ki p ap chache siy, ki pirifye, ap gen pou retounen devan twòn Bondye epi antre nan bra kreyatè a. Se sèlman moun ki kontinye kwè “Jezi ki pa monte sou yon nyaj blan an se yon fo Kris” k ap tonbe anba pinisyon etènèl paske yo sèlman kwè nan Jezi ki montre siy, men yo pa rekonèt Jezi ki pwononse jijman sevè epi ki kominike vrè chemen lavi a. Alò se sèl Jezi sa a ki ka boule avèk yo lè Li retounen yon fason vizib sou yon nyaj blan. Tèt yo di twòp, yo gen twòp konfyans nan tèt yo, yo twò awogan. Kòman Jezi ta ka rekonpanse moun ki dejenere konsa? Retou Jezi se yon gwo delivrans pou moun ki ka aksepte verite a, men pou moun ki pa ka aksepte verite a se yon siy kondanasyon. Nou dwe chwazi pwòp chemen nou epi nou pa dwe pale kont Sentespri a epi rejte verite a. Ou pa dwe yon moun ki inyoran epi ki awogan, men yon moun ki obeyi direksyon Sentespri a, ki anvi verite a epi k ap chache Li; se sèl fason sa a, nou ka tire yon avantaj. M ap konseye n pou n mache nan chemen lafwa nan Bondye avèk prekosyon. Pa kouri tire konklizyon; anplis, evite gen yon atitid vag, yon atitid ki pa chita sou refleksyon pou sa ki konsène konfyans nou nan Bondye. Omwens nou dwe konnen moun ki kwè nan Bondye dwe gen imilite ak respè. Moun ki tande verite a epi ki meprize Li se moun ki san konprann epi ki inyoran. Moun ki tande verite a epi ki kouri tire konklizyon oswa ki kondane l san refleksyon se moun ki anvayi ak awogans. Pa gen pyès moun ki kwè nan Jezi ki kalifye pou modi oswa pou kondane lòt moun. Nou tout ta dwe yon moun ki gen bon sans epi ki aksepte verite a. Petèt, apre ou fin tande chemen verite a epi ou fin li pawòl lavi a, ou kwè se sèlman youn nan 10 000 pawòl sa yo ki ann akò ak konviksyon ou, ki ann akò ak Labib, epi ou dwe kontinye chache dimilyèm nan nan pawòl sa yo. M ap toujou konseye ou pou ou gen imilite, pou ou pa twò kwè nan tèt ou, epi pou ou pa mete tèt ou nan yon pozisyon ki twò wo. W ap jwenn plis limyè toujou avèk yon kè ki gen yon ti kras respè konsa pou Bondye. Si ou egzamine avèk swen epi ou kontanple pawòl sa yo detanzantan, w ap konprann si wi ou non se lavi yo ye. Petèt, aprè lekti kèk fraz, gen moun k ap kondane pawòl sa yo je fèmen, pandan y ap di: “se jis iliminasyon Sentespri a,” oswa, “se yon fo Kris ki vin pou twonpe moun.” Moun ki di bagay sa yo gen je yo bouche ak inyorans! Konpreyansyon ou genyen de travay ak sajès Bondye twò piti, se poutèt sa m ap konseye ou pou ou rekòmanse a zewo! Nou pa dwe kondane pawòl Bondye di je fèmen akoz fo Kris yo k ap parèt nan dènye tan yo, epi nou pa sipoze moun k ap pale kont Sentespri a paske nou pè pran nan riz. Eske sa pa ta domaj? Si apre anpil refleksyon, nou toujou kwè pawòl sa yo pa verite a, pawòl sa yo pa chemen an epi se pa sa Bondye eksprime, alò w ap finalman tonbe anba pinisyon, epi ou p ap jwenn benediksyon. Si ou pa ka aksepte verite sa a ki esprime yon fason evidan, yon fason ki klè, alò èske ou pa diskalifye pou sali Bondye a? Eske ou pa yon moun ki pa beni ase pou retounen devan twòn Bondye? Panse sou sa! Pa aji tankou moun ki pa pridan epi ki vyolan; pa trete konfyans nan Bondye tankou yon jwèt. Panse pou byen destinasyon ou, pou byen pèspektiv ou, pou byen lavi ou, evite jwe ou menm. Eske ou ka aksepte pawòl sa yo?

Avan:  Bondye ak Lòm Pral Antre nan Repo Ansanm

Pwochen:  Sila yo Ki Pa Akòde ak Kris La Se Advèsè Bondye Asireman

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger