Sila yo Ki Pa Akòde ak Kris La Se Advèsè Bondye Asireman
Tout moun vle wè vrè vizaj Jezi epi tout moun vle pou yo avèk Li. Mwen pa kwè ankenn frè oubyen sè t ap di li pa anvi wè oubyen avèk Jezi. Avan nou wè Jezi—avan nou wè Bondye ki tounen moun nan—nou gen tandans amize nou ak tout kalite lide, pa egzanp, konsènan aparans Jezi, fason li pale, fason li viv, eksetera. Men depi nou fin wè l tout bon, lide nou yo ap chanje nèt. Poukisa? Eske w anvi konnen? Nou pa kapab inyore sa lòm panse, sa se vre—men plis toujou, nati Kris la pa tolere pou moun makiye li. Nou panse Kris se yon moun ki pa ka mouri oubyen yon saj, men pèsonn pa konsidere Li kòm yon moun nòmal ki posede nati Bondye. Konsa, anpil nan moun ki swaf pou wè Bondye lajounen kou lannuit se lenmi Bondye yo ye, epi yo pa gen anyen pou wè ak Li. Èske sa se pa yon erè lòm fè? Jis kounye a nou panse kwayans ak fidelite nou sifi pou fè nou merite wè Kris la ak je nou, men m ap egzòte nou pou nou chache mwayen ki pi pratik. Paske nan tan ki pase yo, jodi a, nan tan ki gen pou vini yo, anpil nan moun ki te an kontak ak Kris la te echwe oubyen yo gen pou yo echwe; yo tout jwe wòl Farizyen yo. Ki rezon ki fè nou echwe? Se jis paske nan konsepsyon nou, nou gen yon Bondye ki leve byen wo epi ki merite pou yo admire l. Men verite a pa jan lòm swete l la. Non sèlman Kris la pa leve byen wo, men pito Li tou piti; Non sèlman Li se yon moun, men Li se yon moun nòmal; Non sèlman Li pa ka monte nan syèl, men Li pa menm lib pou l ale kote l vle sou latè. E poutèt sa yo trete Li menn jan yo t ap trete nenpòt moun nòmal; moun yo trete Li konsa konsa lè yo bò kote li, epi yo pale ak Li vaykevay, pandan y ap tann “vrè Kris la” ki gen pou vini an. Nou konsidere Kris ki vini deja a tankou Li te nenpòt moun, epi nou konsidere pawòl Li yo tankou pawòl yon moun konsa konsa. Pou rezon sa a, nou pa resevwa anyen nan men Kris, okontrè se montre ou montre jan w lèd nan limyè a.
Apre w fin an kontak ak Kris, ou ka panse dispozisyon w fin transfòme nèt, ou ka panse ou se yon moun ki fidèl nan swiv Kris, epi pa gen pèsonn ki pi merite resevwa benediksyon Kris pase w—epi paske w pase nan anpil wout, ou fè anpil travay, epi ou pote anpil fwi, ou pa ka pa mitan moun k ap resevwa kouwòn yo alafen. Epoutan gen yon verite ou petèt pa konnen: Dispozisyon kowonpi lòm epi rebelyon li ak tèt di li, yo tout ap parèt aklè lè li wè ak Kris, epi rebelyon ak tèt rèd yo ki devwale lè sa a ap parèt nèt epi pi klè pase jan sa konn fèt deja. Se paske Kris se Pitit lòm nan—yon Pitit lòm ki se yon moun tout bon—paske moun pa ni onore ni respekte Li. Se paske Bondye viv nan lachè ki fè rebelyon lòm parèt aklè nèt konsa epi nan tout ti detay li. Se poutèt sa mwen di vini Kris la detere tout rebelyon limanite epi dezabiye nati lèzòm pou l fè l parèt jan l ye. Se tankou lè yo “fè tig la desann mòn nan pou l tonbe nan pyèj oubyen yo atire yon lou pou l soti nan twou li pou yo ka pyeje l.” Eske w ka oze pretann ou fidèl ak Bondye? Ekse w ka oze ouvri bouch ou pou w di ou bay Bondye yon obeyisans san mank? Èske w ka oze di ou pa rebèl? Gen moun ki pral di: “Chak fwa Bondye plase mwen nan yon nouvo anviwònman, mwen toujou soumèt san plenyen, epi apre sa mwen pa fè okenn move lide sou Bondye.” Gen moun ki pral di: “Kelkeswa travay Bondye ban m fè mwen bay tout mwen menm e mwen pa janm fè neglijans.” Nan ka sa a, men sa mwen mande nou: Èske nou ka akòde nou ak Kris lè n ap viv bò kote L? Epi pou konbyen tan n ap akòde nou avè L? Yon jou? De jou? Inèd tan? Dezèd tan? Lafwa nou kapab byen jwenn konpliman, men pèseverans nou manke. Depi ou kòmanse ap viv ak Kris tout bon, jan w panse w bon ak jan w panse w enpòtan an pral parèt aklè nan pawòl ak aksyon ou, piti piti, epi se konsa tou dezi pou w monte tèt ou, tanperaman wòklò ou genyen, ak mank satisfaksyon ou, yo pral devwale nòmalman. Alafen, awogans ou pral vin pi gran toujou, jiskaske ou rive lenmi ak Kris tankou dife lenmi ak dlo, epi lè sa a sa w ye tout bon an pral parèt aklè. Lè sa a, move konsepsyon ou yo p ap ka rete kache ankò, plenyen w yo tou, pral parèt poukont yo, epi eta w kòm moun ki gate pral devwale nèt. Epoutan, malgre sa, ou pral kontinye refize rekonèt jan ou rebèl, w ap pito panse yon Kris konsa se pa yon nonm ki fasil pou yo aksepte, paske Li fè moun twòp egzijans, epi ou t ap soumèt devan L nèt ale si Li te yon Kris ki pi koul. Nou kwè rebelyon nou an gen plas li, paske nou fè tèt rèd avè L sèlman lè Li pouse nou twò lwen. Pa menm yon fwa nou pa janm reflechi pou wè kòman nou pa konsidere Kris kòm Bondye, epi nou manke anvi pou obeyi Li. Men pito, ou kontinye ap egzije pou Kris travay selon dezi pa w, epi depi li fè yon grenn bagay ki depaman ak jan ou menm ou panse, ou kwè Li pa Bondye men Li se yon moun. Eske pa gen anpil nan nou ki meprize L nan fason sa a? Anfen, nan kiyès nou kwè menm? Epitou, nan ki wout n ap chèche?
Nou toujou swete wè Kris, men mwen sipliye nou pou nou pa leve tèt nou wo konsa; nenpòt moun ka wè Kris, men mwen di pèsonn pa pare pou L wè Kris. Paske nati lòm chaje ak mechanste, awogans ak rebelyon nan moman ou wè Kris la, nati ou ap detwi ou epi kondane w a mò. Asosyasyon ak yon frè oubyen yon sè ka pa montre anpil bagay sou ou, men li pa senp konsa lè ou asosye w ak Kris. Nenpòt ki lè, konsepsyon w yo ka pran rasin, awogans ou ka kòmanse pouse, epi nati rebèl ou a ka kòmanse donnen. Èske nati lòm sa a ou genyen an ka pare pou li asosye ak Kris? Èske w pare tout bon pou w trete Li kòm Bondye tout tan chak jou? Èkse w ap soumèt devan Bondye tout bon vre? N ap adore Bondye ki leve byen wo a nan kè nou kòm Jewova, pandan nou konsidere Kris ki vizib la tankou yon moun. Bon sans nou two ba, epi nati lòm nou twò gate! Nou pa kapab gade Kris kòm Bondye tout tan; se sèlman yon lè konsa, lè nou anvi fè chèlbè, nou rale Li pou nou adore Li kòm Bondye? Se poutèt sa mwen di nou pa moun ki kwè nan Bondye, men nou se yon ekip bandi k ap goumen kont Kris. Menm moun ki montre yo bon ak lòt moun, yo jwenn sa yo merite, epoutan Kris, ki te fè kalite travay sa a nan mitan nou, pa t resevwa ni lanmou lòm ni rekonpans ak soumisyon li merite. Èske se pa yon bagay ki bay kè kase?
Li posib pandan tout tan w kwè nan Bondye a, ou pa janm bay pèsonn madichon oubyen kòmèt yon move zak, epoutan nan asoyasyon ou ak Kris, ou pa ka pale verite, ni aji ak onètete, oubyen obeyi pawòl Kris la; nan ka sa a, Mwen di ou se moun ki pi mechan epi ki pi dangere ki genyen nan mond lan. Ou kapab bon moun depase epi ou bay tout ou menm pou fanmi w, pou zanmi w, pou madanm ou (oubyen mari w), pou pitit gason w ak pitit fi w, pou paran ou, epi ou pa janm pwofite lòt moun, men si ou pa kapab akòde ansanm ak Kris, ou pa ka aji ann amoni ak Li, enben menm si ou bay tout ou menm pou w ka soulaje pwochen w, oubyen ou byen pran swen papa w, manman w ak moun lakay ou, Mwen ta di ou toujou rete yon mechan, e plis toujou ou plen ak riz mètdam. Pa panse ou byen akòde ak Kris senpman paske ou antann ou byen ak lòt moun oubyen ou fè bon zèv. Eske w panse entansyon pou w fè byen kapab rache benediksyon sot nan Syèl? Eske w panse lè w fè de twa bon zèv sa ap kapab ranplase obeyisans ou? Pa gen youn nan nou ki kapab aksepte pou yo pran l pou yo netwaye l, epi nou tout nou twouve li difisil pou n aksepte Kris kòm yon moun nòmal, malgre sa nou toujou ap klewonnen nou obeyisan ak Bondye. Yon lafwa tankou pa nou an rale sou nou pinisyon nou merite a. Sispann fè tèt nou plezi ak bann manti n ap bay tèt nou yo lè nou di nou swete wè Kris, paske nou two piti, nou tèlman piti nou pa menm diy pou nou wè L. Lè ou fin debarase nèt anba nati rebèl ou a, epi ou kapab ann amoni ak Kris, nan moman sa a Bondye ap parèt devan ou nòmalman. Si ou ale wè Bondye san ou pa pase nan netwayaj ak jijman, ebyen ou tounen kanmenm yon advèsè pou Bondye e w ap fè wout pou al detwi. Se nan nati lòm menm sa ye pou li pa danse kole ak Bondye, paske tout moun te tonbe kote ki pi fon an anba dominasyon koripsyon Satan. Si lòm eseye asosye li ak Bondye pandan li nan mitan koripsyon l lan, se sèten pa gen anyen ki bon ki ka soti nan sa; aksyon ak pawòl li yo p ap manke ekspoze koripsyon li a nan chak kwen li rive, epi lè l asosye ak Bondye nati rebèl li a ap devwale devan deyè. San li pa konnen, lòm vin pou l kanpe kont Kris, li vin twonpe Kris, epi li vin abandone Kris; lè sa rive, lòm ap vin nan yon eta ki pi frajil toujou, epi si sa kontinye, l ap tonbe anba pinisyon.
Gen moun ki ka panse, si asosye ak Bondye se yon danje konsa, ebyen li petèt pi saj pou bay Bondye distans Li. Kisa ki posib pou yon moun konsa benefisye? Eske yo ka fidèl ak Bondye? Se tout bon vre asosye ak Bondye se yon bagay ki difisil anpil—men se paske lòm kowonpi, se pa paske Bondye pa ka asosye Li ak lòm. Li t ap pi bon pou nou si nou fè plis jefò pou nou konnen verite sou pwòp tèt pa nou. Poukisa nou pa jwenn favè nan men Bondye? Poukisa dispozisyon nou se abominasyon pou Li? Poukisa diskou nou yo ba Li repiyans. Depi nou kòmanse montre yon tikras fidelite, nou chante lwanj pou tèt nou, epi nou egzije pou yo ban nou rekonpans pou yon ti kontribisyon tou piti; nou monte kòlèt nou sou lòt yo lè nou montre yon ti gout obeyisans, epi nou vin meprize Bondye lè n ap akonpli yon travay ki pa gen anpil enpòtans. Pou nou pran ka Bondye, nou mande lajan, kado, ak konpliman. Sa fè kè nou fè nou mal lè nou bay youn oubyen de pyès lajan; lè nou bay dis, n ap tann benedisyon epi n ap tann yo ban nou ochan. Kalite moun tankou nou, se yon ofans pou yo pale de sa oubyen tande pale de sa. Eske gen bagay ki merite lwanj nan pawòl ak aksyon nou yo? Sila yo ki fè djòb yo ak sila yo ki pa fè l; sila yo ki dirje ak sila yo ki suiv yo; sila yo ki pran ka Bondye ak sila yo pa fè l; sila yo ki bay ak sila yo ki pa bay; sila yo ki preche ak sila yo ki resevwa pawòl la, eksetera: tout moun sa yo fè lwanj pou tèt yo. Èske n pa twouve sa rizib? Nou konnen byen nou kwè nan Bondye, malgre sa nou pa ka akòde nou ak Bondye. Malgre nou konnen byen pwòp nou pa gen okenn merit, nou pèsiste nan vante tèt nou menm jan an. Eske nou pa santi bon sans nou fin dekonstonbre jiskaske nou pa ka kontwole tèt nou ankò. Avèk yon bon sans konsa, kòman nou fè pare pou nou asosye ak Bondye? Eske nou pa pè pou tèt nou nan pwen nou rive a? Dispozisyon nou deja dekonstonbre nan yon pwen kote nou pa kapab akòde nou ak Bondye. Piske se konsa sa ye, èske lafwa nou an pa komik? Èske lafwa nou an pa yon rans? Kòman ou pral apwoche avni ou? Kòman ou pral chwazi ki chemen pou w pran?