Konsènan Bib la (1)

Ki jan yo ta dwe konsidere Bib la nan kwayans nan Bondye? Sa a se yon kesyon prensip. Poukisa n ap fè kominyon sou kesyon sa a? Se paske, alavni, nou pral preche levanjil la anpil epi simaye travay Epòk Wayòm nan; kidonk, li pa sifi pou nou annik pataje konesans nou genyen sou travay Bondye jodi a. Pou nou simaye travay Li a, li pi enpòtan pou nou kapab rezoud ansyen nosyon relijye moun yo ak ansyen fason yo te konn kwè, pou nou konvenk yo nèt. E pou rive nan pwen sa a, sa enplike Bib la. Pandan plizyè ane, fason tradisyonèl moun yo te konn kwè a (sètadi, sa ki nan Krisyanis la, youn nan twa gwo relijyon nan mond lan, te konn pratike) se te li Bib la. Kite Bib la se pa kwè nan Senyè a; kite Bib la se tonbe nan etewodòksi ak erezi. Menm lè moun li lòt liv, fondasyon liv sa yo dwe baze sou eksplikasyon Bib la. Sa vle di, si ou kwè nan Senyè a, ou dwe li Bib la, epi andeyò Bib la, ou pa dwe venere okenn liv ki pa gen rapò ak Bib la. Si nou fè sa, n ap trayi Bondye. Depi lè Bib la te parèt, kwayans moun yo nan Senyè a se te yon kwayans ki chita sou Bib la. Olye pou yo di moun yo kwè nan Senyè a, li ta pi bon pou yo di yo kwè nan Bib la; olye pou yo di yo kòmanse li Bib la, li ta pi bon pou yo di yo kòmanse kwè nan Bib la; epi olye pou yo di yo retounen devan Senyè a, li ta pi bon pou yo di yo retounen devan Bib la. Konsa, moun yo adore Bib la kòmsi li te Bondye, yo konsidere l kòm lavi yo menm, e pèdi l ta menm bagay ak pèdi lavi yo. Moun yo konsidere Bib la kòm yon bagay ki nan menm nivo ak Bondye, e gen kèk ladan yo ki menm konsidere l kòm pi wo pase Bondye. Menm lè moun yo pa fè eksperyans travay Sentespri a , menm lè yo pa kapab santi prezans Bondye, yo ka kontinye viv; men lè yo pèdi Bib la, oswa lè yo pèdi chapit ak pawòl moun plis konnen nan Bib la, se tankou yo te pèdi lavi yo. Se poutèt sa, depi moun yo kòmanse kwè nan Senyè a, yo kòmanse li Bib la epi memorize l. Plis yo kapab memorize pawòl ki nan Bib la, se plis yo konsidere sa kòm prèv lanmou yo genyen pou Senyè a ak grandè lafwa yo. Moun ki li Bib la epi ki kapab pale sou li avèk lòt moun yo konsidere kòm pi bon frè ak sè yo. Pandan tout ane sa yo, yo mezire lafwa ak fidelite moun yo anvè Senyè a selon nivo konpreyansyon yo genyen sou Bib la. Pifò moun pa konprann toutbon poukisa yo dwe kwè nan Bondye, ni ki jan pou yo kwè nan Bondye, yo sèlman ap chèche endis je fèmen pou yo dekode chapit Bib la je fèmen. Moun yo pa janm chèche swiv direksyon travay Sentespri a; pandan tout tan sa a, yo sèlman etidye ak egzamine Bib la san rete, e pèsonn pa janm dekouvri okenn nouvo travay Sentespri a andeyò Bib la. Pèsonn pa kapab separe tèt li ak Bib la, e pèsonn pa janm oze fè sa. Pandan tout ane sa yo, moun yo etidye Bib la, yo bay yon pakèt eksplikasyon, yo fè anpil efò; yo gen anpil opinyon ki diferan sou Bib la tou, e yo kontinye debat sou yo san rete . Se konsa, jodi a, gen plis pase de mil denominasyon ki fòme. Yo tout vle jwenn eksplikasyon ki pi wo oswa mistè ki pi fon nan Bib la; yo vle eksplore l, dekouvri ladan l kontèks travay Jewova ann Izrayèl, kontèks travay Jezi nan Jide, oswa lòt mistè pèsonn lòt moun pa konnen. Fason moun yo konsidere Bib la chita sou obsesyon ak lafwa, e pèsonn pa kapab gen yon konpreyansyon totalman klè sou verite ki dèyè Bib la oswa sou esans li. Menm jodi a, moun toujou gen yon santiman admirasyon pou Bib la yo pa ka esplike; yo menm vin pi obsede avè l e yo gen plis lafwa nan li toujou. Jodi a, tout moun vle dekouvri pwofesi konsènan travay Bondye nan dènye jou yo nan Bib la; yo vle konnen ki travay Bondye pral fè nan dènye jou yo ak ki siy ki pral anonse yo. Konsa, adorasyon yo pou Bib la vin pi chofe toujou, epi plis dènye jou yo ap pwoche, se plis yo bay pwofesi biblik yo yon kwayans avèg, sitou sa ki gen rapò ak dènye jou yo. Avèk yon lafwa avèg konsa ak yon konfyans konsa nan Bib la, yo pa gen okenn dezi pou chèche travay Sentespri a. Nan nosyon moun yo, yo kwè se sèlman Bib la ki kapab pote travay Sentespri a; se sèlman nan Bib la yo kapab jwenn tras Bondye; se sèlman nan Bib la mistè travay Bondye yo kache; se sèlman Bib la—se pa lòt liv oswa lòt moun—ki kapab fè tout bagay konsènan Bondye ak tout travay Li a vin klè; Bib la ka fè travay syèl la desann sou tè a; epi Bib la kapab kòmanse epòk yo epi fè yo fini. Avèk nosyon sa yo, moun yo pa gen okenn anvi chèche travay Sentespri a. Kidonk, kèlkeswa kantite èd Bib la te bay moun nan tan lontan, li vin tounen yon obstak pou dènye travay Bondye a. San Bib la, moun yo te kapab chèche tras Bondye lòt kote; men jodi a, tras pye Bondye vin “limite” ak sa ki nan Bib la, epi simaye dènye travay Li a vin de fwa pi difisil toujou, tankou yon gwo lit pou monte yon pant. Tout sa se akoz chapit ak pawòl ki pi popilè nan Bib la, ansanm ak anpil pwofesi ki nan Bib la. Bib la vin tounen yon zidòl nan lespri moun yo; li vin tounen yon devinèt nan lespri yo, epi yo tou senpleman pa kapab kwè Bondye kapab travay andeyò Bib la. Yo pa kapab kwè moun kapab jwenn Bondye andeyò Bib la, alewè pou yo ta kapab kwè Bondye ta ka separe Li ak Bib la nan dènye travay Li a epi kòmanse yon nouvo travay. Yon bagay konsa pa menm ka pase nan tèt moun; yo pa kapab kwè sa, e yo pa kapab menm imajine sa. Bib la vin tounen yon gwo obstak pou moun yo aksepte nouvo travay Bondye a, epi li rann li difisil pou nouvo travay Bondye a gaye. Kidonk, si nou pa konprann vrè istwa ki dèyè Bib la, nou p ap kapab preche levanjil la avèk siksè toupatou, ni nou p ap kapab rann temwayaj konsènan nouvo travay la toupatou. Malgre jodi a nou pa li Bib la, nou toujou gen yon atitid trè favorab anvè li; sa vle di, Bib la ka pa nan men nou, men anpil nan nosyon nou yo soti ladan l. Nou pa konprann orijin Bib la ni vrè istwa de premye etap travay Bondye yo. Malgre nou pa li Bib la souvan, nou dwe konprann Bib la; nou dwe rive gen yon konesans kòrèk sou Bib la, epi se sèlman konsa n ap kapab konnen ki sa plan jesyon Bondye a ki dire sis mil ane a ye. N ap sèvi ak bagay sa yo pou nou konvenk moun yo, pou nou fè yo rekonèt kouran sa a kòm vrè chemen an, pou nou fè yo rekonèt chemen n ap suiv jodi a se chemen verite a, pou yo rekonèt se Sentespri a k ap dirije l, e se pa yon moun ki te louvri chemen sa a.

Apre Bondye te fin fè travay Epòk Lalwa a, yo te pwodui Ansyen Testaman an, epi se lè sa a moun yo te kòmanse li Bib la. Apre Jezi te vini, Li te fè travay Epòk Gras la, epi apot Li yo te ekri Nouvo Testaman an. Se konsa Ansyen Testaman ak Nouvo Testaman Bib la te vin egziste, e jouk jounen jodi a, tout moun ki kwè nan Bondye ap li Bib la. Bib la se yon liv istwa. Natirèlman, li gen ladan l tou kèk pwofesi pwofèt yo te bay davans, e pwofesi sa yo pa istwa ditou. Bib la gen plizyè pati ladan l—li pa gen pwofesi sèlman, oswa travay Jewova a sèlman, ni se pa sèlman lèt Pòl yo li gen ladan l nonplis. Ou dwe konnen konbyen pati Bib la genyen; Ansyen Testaman an gen ladan l Jenèz, Egzòd…, epi gen liv pwofetik pwofèt yo te ekri tou. Nan fen an, Ansyen Testaman an fini ak Liv Malachi a. Li rakonte travay Epòk Lalwa a, travay Jewova te dirije a; soti nan Jenèz rive nan Liv Malachi a, se yon rapò konplè sou tout travay Epòk Lalwa a. Sa vle di, Ansyen Testaman an rakonte tout sa moun yo te viv pandan Jewova t ap gide yo nan Epòk Lalwa a. Pandan Epòk Lalwa nan Ansyen Testaman an, Jewova te leve yon gwo kantite pwofèt pou bay pwofesi nan non Li, pou bay divès tribi ak nasyon enstriksyon, epi pou anonse davans travay Jewova t ap fè a. Tout moun sa yo Jewova te chwazi pou leve te resevwa Lespri pwofesi a nan men Li. Yo te kapab wè vizyon Jewova yo epi tande vwa Li; konsa, Li te enspire yo, epi yo te ekri pwofesi. Travay yo te fè a se te ekspresyon vwa Jewova, se te ekspresyon pwofesi Jewova a; e travay Jewova nan epòk sa a se te gide moun yo avèk Lespri a senpleman; Li pa t vin chè, epi moun yo pa t wè anyen nan figi Li. Se konsa, Li te leve anpil pwofèt pou fè travay Li, epi Li te ba yo mesaj pwofetik yo pou yo transmèt bay chak tribi ak chak fanmi ann Izrayèl. Travay yo se te bay pwofesi; kèk ladan yo te ekri enstriksyon Jewova te ba yo pou montre lòt moun yo. Jewova te leve moun sa yo pou bay pwofesi, pou anonse davans travay ki t ap fèt alavni oswa travay ki te gen pou fèt toujou nan epòk sa a, yon fason pou moun yo te kapab wè mèvèy ak sajès Jewova. Liv pwofesi sa yo te byen diferan ak lòt liv ki nan Bib la; se te pawòl moun ki te resevwa Lespri pwofesi a te di oswa ekri yo te ye—se te moun ki te resevwa vizyon oswa tande vwa Jewova a. Apa liv pwofesi yo, tout lòt bagay ki nan Ansyen Testaman an se dosye moun yo te ekri apre Jewova te fin fè travay Li. Liv sa yo pa kapab ranplase prediksyon pwofèt Jewova te chwazi yo te fè; pa egzanp, Jenèz ak Egzòd pa kapab konpare ak Liv Ezayi ak Liv Danyèl. Pwofesi yo te bay anvan travay la te fèt; tandiske lòt liv yo te ekri apre travay la te fin fèt, paske se sa moun yo te kapab fè. Pwofèt epòk sa a te resevwa enspirasyon nan men Jewova epi yo te bay kèk pwofesi; yo te pale anpil pawòl, epi yo te pwofetize bagay ki t ap gen pou fèt nan Epòk Gras la, ansanm ak destriksyon mond lan nan dènye jou yo—travay Jewova te planifye pou Li fè. Tout lòt liv ki rete yo rakonte travay Jewova te fè ann Izrayèl. Kidonk, lè nou li Bib la, se sitou sou sa Jewova te fè ann Izrayèl n ap li; Ansyen Testaman Bib la prensipalman rakonte travay Jewova te fè pou gide Izrayèl, fason Li te sèvi ak Moyiz pou gide Izrayelit yo soti ann Ejip, pou delivre yo anba chenn Farawon yo, epi mennen yo nan dezè a; apre sa, yo te antre nan peyi Kanaran, epi yo te viv nan peyi Kanaran. Apa de sa, tout rès la se dokiman travay Jewova te fè ann Izrayèl. Tout sa ki ekri nan Ansyen Testaman an se travay Jewova ann Izrayèl—sa vle di, travay Jewova te fè nan tè kote Li te kreye Adan ak Èv la. Depi lè Bondye te kòmanse gide moun ki sou tè a ofisyèlman apre Noye, tout sa ki ekri nan Ansyen Testaman an se travay Li te fè ann Izrayèl. E poukisa pa gen okenn dokiman sou travay Li te fè andeyò Izrayèl? Paske tè Izrayèl se bèso limanite, epi okòmansman pa t gen okenn lòt nasyon apa Izrayèl, e Jewova pa t travay nan okenn lòt kote. Konsa, sa ki ekri nan Ansyen Testaman Bib la se sèlman travay Bondye te fè ann Izrayèl nan epòk sa a. Pawòl pwofèt yo te pale yo, tankou Ezayi, Danyèl, Jeremi ak Ezekyèl… te anonse davans lòt travay Li t ap fè sou tè a; yo te anonse davans travay Jewova Bondye Li menm t ap fè. Tout sa te soti nan Bondye nèt; se te travay Sentespri a. Apa liv pwofèt sa yo, tout lòt bagay yo se dokiman sou eksperyans moun yo te fè nan travay Jewova t ap fè nan epòk sa a.

Travay kreyasyon an te fèt anvan limanite te egziste, men Liv Jenèz la pa t parèt jiskapre limanite te egziste; se te yon liv Moyiz te ekri pandan Epòk Lalwa a. Se menm jan ak bagay k ap pase nan mitan nou jodi a: apre bagay yo fin rive, nou ekri yo pou nou montre yo bay moun ki pral viv alavni; epi pou moun ki pral viv alavni yo, sa nou te ekri yo se bagay ki te pase nan tan lontan—yo kapab li yo sèlman kòm istwa. Bagay ki ekri nan Ansyen Testaman an se travay Jewova ann Izrayèl, epi sa ki ekri nan Nouvo Testaman an se travay Jezi te fè pandan Epòk Gras la; yo dokimante travay Bondye te fè nan de epòk diferan. Ansyen Testaman an dokimante travay Bondye pandan Epòk Lalwa a; se poutèt sa, Ansyen Testaman an se yon liv istwa. Nouvo Testaman an se rezilta travay Epòk Gras la, epi lè nouvo travay la te kòmanse, Nouvo Testaman an tou te vin pase mòd; se poutèt sa, Nouvo Testaman an se yon liv istwa tou. Natirèlman, Nouvo Testaman an pa osi sistematik ke Ansyen Testaman an, ni li pa rakonte menm kantite bagay. Tout pakèt pawòl Jewova te pale yo, yo ekri nan Ansyen Testaman Bib la, tandiske se sèlman kèk nan pawòl Jezi yo ki ekri nan Kat Levanjil yo. Natirèlman, Jezi te fè anpil travay tou, men yo pa t ekri l an detay. Gen mwens bagay ki ekri nan Nouvo Testaman an paske Jezi te fè mwens travay; kantite travay Li te fè pandan twa zan edmi Li te pase sou tè a, ansanm ak travay apot yo, te pi piti lontan pase travay Jewova. Se konsa, gen mwens liv nan Nouvo Testaman an pase nan Ansyen Testaman an.

Egzakteman, ki kalite liv Bib la ye? Ansyen Testaman an se travay Bondye pandan Epòk Lalwa a. Ansyen Testaman Bib la rakonte tout travay Jewova te fè pandan Epòk Lalwa a ansanm ak travay Li te fè pou kreye tout bagay. Tout sa li rakonte se travay Jewova te fè, epi finalman, li mete fen nan istwa travay Jewova a avèk Liv Malachi a. Ansyen Testaman an rakonte de travay Bondye te fè: Youn se travay kreyasyon an, epi lòt la se travay Li te fè pou bay lalwa a. Toude se travay Jewova te fè. Epòk Lalwa a reprezante travay Bondye te fè sou non Jewova Bondye; se tout travay ki te fèt sitou sou non Jewova a. Kidonk, Ansyen Testaman an rakonte travay Jewova. Nouvo Testaman an rakonte travay Jezi te fè, travay ki te fèt sitou sou non Jezi. Siyifikasyon non Jezi a ansanm ak travay Li te fè a se sitou nan Nouvo Testaman an yo rakonte yo. Pandan Epòk Lalwa nan Ansyen Testaman an, Jewova te bati tanp lan ak lotèl la ann Izrayèl. Li te gide lavi Izrayelit yo sou tè a, e Li te pwouve yo se pèp Li te chwazi a, premye gwoup moun Li te chwazi sou tè a e ki te ann akò avèk entansyon Li, premye gwoup moun Li te dirije pèsonèlman. Douz tribi Izrayèl yo te premye pèp Jewova te chwazi, e se poutèt sa Li te toujou travay nan mitan yo, jouk travay Jewova te fè nan Epòk Lalwa a te fini. Dezyèm etap travay la se te travay Epòk Gras Nouvo Testaman an, e li te fèt nan mitan pèp jwif la, nan youn nan douz tribi Izrayèl yo. Dimansyon travay sa a te pi piti, paske Jezi se te Bondye ki te vin nan lachè a. Jezi te travay sèlman nan tout peyi Jide a, e Li te fè sèlman twa zan edmi travay; konsa, sa ki ekri nan Nouvo Testaman an pa kapab rive depase kantite travay ki ekri nan Ansyen Testaman an. Travay Jezi te fè nan Epòk Gras la se sitou Kat Levanjil yo ki rakonte l. Chemen moun ki te viv nan Epòk Gras la te pran an se te chanjman ki te pi sipèfisyèl nan lavi yo ak nan dispozisyon yo, e pifò nan chanjman sa yo ekri nan lèt yo. Lèt yo montre fason Sentespri a t ap travay nan epòk sa a. (Natirèlman, kit Pòl te resevwa chatiman, kit malè te tonbe sou li, nan travay li te fè a, se Sentespri a ki te enstwi li; li te yon moun Sentespri a t ap sèvi avè l nan epòk sa a. Pyè tou te yon moun Sentespri a te sèvi avè l, men li pa t fè menm kantite travay tankou Pòl. Malgre travay Pòl te gen enpèfeksyon lòm ladan l, men nan lèt Pòl te ekri yo, nou kapab wè fason Sentespri a t ap travay nan epòk sa a. Chemen Pòl te montre a se te bon chemen an, li te kòrèk, e se te chemen Sentespri a t ap fè moun yo suiv la.)

Si ou vle wè travay Epòk Lalwa a, epi wè ki jan Izrayelit yo te suiv chemen Jewova a, alò ou dwe li Ansyen Testaman an; si ou vle konprann travay Epòk Gras la, alò ou dwe li Nouvo Testaman an. Men, ki jan ou kapab wè travay dènye jou yo? Ou dwe aksepte direksyon Bondye bay jodi a, epi antre nan travay Li ap fè jodi a, paske sa a se nouvo travay la, e pèsonn pa t janm ekri li nan Bib la anvan. Jodi a, Bondye vin nan lachè epi Li chwazi lòt moun pami moun chwazi Lachin yo. Bondye travay sou moun sa yo; Li kontinye travay Li t ap fè sou tè a, epi Li kontinye travay nan Epòk Gras la. Travay jodi a se yon chemen moun pa t janm mache anvan, ak yon chemen pèsonn pa t janm wè. Se yon travay ki pa t janm fèt anvan—se dènye travay Bondye ap fè sou tè a. Kidonk, travay ki pa t janm fèt anvan an se pa istwa, paske jodi a se jodi a, e li poko tounen tan pase. Moun yo pa konnen Bondye fè yon travay ki pi gran e ki pi nouvo sou tè a, andeyò Izrayèl, e travay sa a deja depase limit Izrayèl, depase sa pwofèt yo te anonse davans; se yon travay nouvo e yon mèvèy Bondye ap fè andeyò pwofesi yo, yon travay ki pi nouvo pase sa ki te fèt ann Izrayèl, yon travay moun pa kapab ni konprann nèt ni imajine. Ki jan Bib la ta kapab gen yon dosye klè sou yon travay konsa? Ki moun ki te kapab ekri davans chak ti detay nan travay jodi a, san li pa t bliye anyen? Ki moun ki te kapab ekri travay sa a ki pi gran, ki gen plis sajès e ki depase tout konvansyon, nan liv sa a ki tèlman ansyen li vin mwazi? Travay k ap fèt kounye a se pa istwa, e konsa, si ou vle mache nan nouvo chemen jodi a, ou dwe kite Bib la dèyè, ou dwe ale pi lwen pase liv pwofesi yo oswa liv istwa ki nan Bib la. Se sèlman lè sa a w ap kapab mache byen nan nouvo chemen an, e se sèlman lè sa a w ap kapab antre nan nouvo dimansyon an ak nouvo travay la. Ou dwe konprann poukisa, jodi a, yo mande ou pou ou pa li Bib la, poukisa gen yon lòt travay ki apa de Bib la, poukisa Bondye pa chèche yon pratik ki pi nouvo e ki gen plis detay nan Bib la, epi poukisa, olye de sa, gen yon travay ki gen plis pouvwa k ap fèt andeyò Bib la. Se tout bagay sa yo nou dwe konprann. Ou dwe konnen diferans ki genyen ant ansyen travay la ak nouvo travay la, e menm si ou pa li Bib la, ou dwe kapab analize Bib la an pwofondè; si se pa sa, w ap toujou adore Bib la, e l ap difisil pou ou antre nan nouvo travay la epi sibi nouvo chanjman. Piske gen yon chemen ki pi wo, poukisa pou ou etidye chemen sa a ki ba e ki demode? Piske gen nouvo pawòl ak nouvo travay, poukisa pou ou toujou ap viv nan mitan ansyen dokiman istorik yo? Nouvo pawòl yo kapab ba ou sa ou bezwen, e sa pwouve se nouvo travay la yo ye; ansyen dokiman yo pa kapab satisfè ou ni reponn ak bezwen ou genyen kounye a, e sa pwouve yo se istwa, se pa travay k ap fèt kounye a. Chemen ki pi wo a se travay ki pi nouvo a, e nan nouvo travay la, kèlkeswa jan chemen tan lontan an te wo, se jis istwa pase moun ap sonje; e kèlkeswa valè li genyen kòm referans, li toujou rete ansyen chemen an. Menm si yo ekri ansyen chemen an nan “liv sakre” a, ansyen chemen an se istwa; menm si pa gen yon sèl paj nan “liv sakre” a ki ekri nouvo chemen an, nouvo chemen an se sa k ap fèt kounye a. Chemen sa a kapab sove ou, e chemen sa a kapab chanje ou, paske se travay Sentespri a.

Nou tout dwe konprann Bib la—travay sa a gen yon enpòtans kapital! Jodi a, ou pa bezwen li Bib la, paske pa gen anyen nouvo ladan l; tout bagay ladan l se bagay ki fin pase. Bib la se yon liv istwa, e si, pandan Epòk Gras la, ou te manje ak bwè Ansyen Testaman an, epi si ou te mete an pratik sa yo te mande nan epòk Ansyen Testaman an pandan Epòk Gras la, Jezi t ap rejte ou e Li t ap kondane ou; si ou te aplike Ansyen Testaman an nan travay Jezi a, ou t ap vin tankou yon Farizyen. Si, jodi a, ou mete Ansyen Testaman an ak Nouvo Testaman an ansanm pou ou manje ak bwè ladan yo epi mete yo an pratik, Bondye jodi a ap kondane ou; ou p ap ka suiv travay Sentespri a ap fè jodi a! Si ou manje ak bwè Ansyen Testaman an ak Nouvo Testaman an, alò ou deyò kouran Sentespri a! Nan epòk Jezi a, Jezi te dirije Juif yo ak tout moun ki t ap suiv Li selon travay Sentespri a t ap fè nan Li nan epòk sa a. Li pa t pran Bib la kòm baz pou sa Li t ap fè, men Li te pale selon travay Li t ap fè a; Li pa t okipe sa Bib la te di, ni Li pa t chèche yon chemen nan Bib la pou Li dirije moun ki t ap suiv Li yo. Depi lè Li te kòmanse travay la, Li te preche chemen repantans lan—yon pawòl yo pa t mansyone ditou nan anpil pwofesi ki te nan Ansyen Testaman an. Non sèlman Li pa t aji dapre Bib la, men Li te montre yon nouvo chemen tou, epi Li te fè yon nouvo travay. Li pa t janm fè referans ak Bib la lè Li t ap preche. Pandan Epòk Lalwa a, pèsonn pa t janm kapab fè mirak Li te fè pou geri moun malad ak chase demon. Menm jan an tou, travay Li, ansèyman Li yo, ansanm ak otorite ak pouvwa pawòl Li yo te depase sa nenpòt moun te genyen nan Epòk Lalwa a. Jezi te tou senpleman fè nouvo travay Li a, e malgre anpil moun te kondane Li lè yo te sèvi ak Bib la, e menm te sèvi ak Ansyen Testaman an pou kloure Li sou kwa a, travay Li te depase Ansyen Testaman an. Si se pa t konsa, poukisa moun yo te kloure Li sou kwa a? Èske se pa t paske Ansyen Testaman an pa t di anyen konsènan ansèyman Li yo ak pouvwa Li genyen pou geri moun malad ak chase demon? Li te fè travay Li pou montre yon nouvo chemen; se pa t pou Li te chwazi fè yon batay kont Bib la pa espre, ni se pa t pou Li te mete Ansyen Testaman an sou kote pa espre. Li te tou senpleman vini pou Li akonpli ministè Li, pou Li pote nouvo travay la bay moun ki te anvi Li e ki t ap chèche Li. Li pa t vini pou Li eksplike Ansyen Testaman an oswa soutni travay li. Travay Li pa t fèt pou pèmèt Epòk Lalwa a kontinye devlope. Li pa t bay okenn konsiderasyon pou konnen si travay Li a te gen Bib la kòm baz li oswa non, men Li te tou senpleman vini pou Li fè travay Li te dwe fè a. Se poutèt sa, Li pa t eksplike pwofesi Ansyen Testaman yo, ni Li pa t travay dapre pawòl Epòk Lalwa nan Ansyen Testaman an. Li te inyore sa Ansyen Testaman an te di; Li pa t okipe si sa te ann akò ak travay Li a ou pa, e Li pa t okipe sa lòt moun te konnen konsènan travay Li a, ni fason yo te kondane l. Li te tou senpleman kontinye fè travay Li te dwe fè a, malgre anpil moun te sèvi ak pwofesi pwofèt Ansyen Testaman yo te bay davans yo pou kondane Li. Pou moun yo, li te sanble travay Li a pa t gen okenn baz, e te gen anpil bagay ladan l ki pa t ann akò ak sa ki te ekri nan Ansyen Testaman an. Èske se pa t erè moun yo te fè? Èske Bondye bezwen suiv règ lè L ap fè travay Li? E èske Bondye dwe travay dapre sa pwofèt yo te anonse davans? Apre tout bagay, kiyès ki pi gran: Bondye oswa Bib la? Poukisa Bondye dwe travay dapre Bib la? Èske sa ta vle di Bondye pa gen dwa ale pi lwen pase Bib la? Èske Bondye pa kapab kite Bib la dèyè pou Li fè yon lòt travay? Poukisa Jezi ak disip Li yo pa t obsève saba a? Si Li te dwe aji dapre saba a ak dapre kòmandman Ansyen Testaman an, poukisa Jezi, apre Li te vini, pa t obsève saba a, men okontrè Li te lave pye moun, Li te kouvri tèt Li, Li te kase pen, epi Li te bwè diven? Èske tout bagay sa yo pa t absan nan kòmandman Ansyen Testaman an? Si Jezi te suiv Ansyen Testaman an, poukisa Li te vyole règleman sa yo? Ou dwe konnen kiyès ki te la an premye: Bondye oswa Bib la! Piske Li se Senyè Saba a, èske Li pa t kapab Senyè Bib la tou?

Travay Jezi te fè pandan epòk Nouvo Testaman an te kòmanse yon nouvo travay. Li pa t travay dapre travay Ansyen Testaman an, ni Li pa t aplike pawòl Jewova te pale nan Ansyen Testaman an. Li te fè pwòp travay pa Li, e Li te fè yon travay ki te pi nouvo, yon travay ki te pi wo pase lalwa. Se poutèt sa, Li te di: “Pa panse se pou M detwi lalwa oswa pwofèt yo Mwen vini; se pa pou M detwi yo Mwen vini, men se pou M akonpli yo.” Kidonk, dapre sa Li te akonpli, anpil règleman te vin kraze. Nan Jou Saba a, lè Li t ap travèse jaden ble yo avèk disip Li yo, yo te keyi tèt ble yo epi yo te manje yo; Li pa t obsève Saba a, e Li te di: “Pitit lòm nan se Senyè menm jou saba a.” Nan epòk sa a, dapre règleman Izrayelit yo, nenpòt moun ki pa t obsève Saba a te dwe mouri anba kout wòch. Men, Jezi pa t ni antre nan tanp lan ni respekte jou Saba a, e travay Li a se pa t travay Jewova te fè pandan epòk Ansyen Testaman an. Kidonk, travay Jezi te fè a te depase lalwa Ansyen Testaman an; li te pi wo pase lalwa a, e Li pa t suiv Ansyen Testaman an lè Li t ap fè travay Li a. Pandan Epòk Gras la, Jezi te deja sispann travay dapre lalwa Ansyen Testaman an, e Li te deja separe ak règleman sa yo. Men Izrayelit yo te toujou atache anpil ak Ekriti yo epi kondane Jezi—èske sa pa t vle di yo t ap nye travay Jezi a? Jodi a, monn relijye a atache anpil ak Bib la tou, e gen kèk moun ki di: “Bib la se yon liv sakre, e yo dwe li l.” Gen kèk moun ki di: “Kèlkeswa epòk la, yo pa ka mete travay Bondye sou kote. Ansyen Testaman an se alyans Bondye te fè avèk Izrayelit yo, e yo pa kapab jete l; epi yo dwe toujou obsève Saba a!” Èske yo pa twò absid? Poukisa Jezi pa t obsève Saba a? Èske Li t ap peche? Kiyès ki kapab konprann kesyon sa a nèt? Kèlkeswa jan moun li Bib la, l ap enposib pou yo konnen travay Bondye a avèk kapasite konpreyansyon pa yo. Non sèlman yo pap rive gen yon konesans ki pwòp sou Bondye, men nosyon yo ap vin egzajere pi plis toujou, jiskaske yo kòmanse opoze ak Bondye. Si Bondye pa t vin nan lachè jodi a, pwòp nosyon moun yo t ap mennen yo nan destriksyon, epi yo t ap mouri anba chatiman Bondye a.

Anvan:  Se Sèlman Lè Lòm Fè Eksperyans Rafinman Li Ka Posede Vrè Lanmou

Apre:  Amelyorasyon Kalib Moun Fèt pou Yo ka Resevwa Sali Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Connect with us on Messenger