Limanite Kowonpi Pi Bezwen Delivrans Bondye Lachè

Bondye tounen lachè paske objektif travay Li a pa espri Satan, oswa okenn bagay enkòporèl, men lòm, ki se lachè e ki te kowonpi pa Satan. Se presizeman paske lachè lòm te kowonpi ke Bondye fè lòm chanèl tounen sijè travay Li a; an plis, paske lòm se sijè koripsyon, Bondye fè lòm tounen sèl sijè travay Li atravè tout etap travay sali Li. Lòm se yon èt mòtèl, li se lachè ak san, e se sèl Bondye ki ka sove lòm. Konsa, Bondye dwe tounen lachè ki genyen menm karakteristik ak lòm pou Li ka fè travay Li, pou travay Li ka gen pi bon efè. Bondye dwe tounen lachè pou fè travay Li ak presizyon paske lòm se lachè, li enkapab simonte peche oubyen retire tèt li nan lachè. Byen ke esans ak idantite Bondye nan lachè diferan anpil de esans ak idantite lòm, men aparans Li menm jan ak pa lòm: Li gen aparans yon moun nòmal, e Li viv tankou yon moun nòmal, e sa ki wè Li paka fè diferans ant yon moun nòmal ak Li. Aparans nòmal sa a e limanite nòmal sa ase pou Li fè travay diven Li nan limanite nòmal. Lachè Li pèmèt Li fè travay Li nan limanite nòmal e ede Li fè travay pami lèzòm, e limanite nòmal, an plis, ede Li reyalize travay delivrans pami lèzòm. Malgre limanite nòmal Li lakòz anpil pwoblèm pami lèzòm, pwoblèm sa yo pa gen repèkisyon sou efè nòmal travay Li. Pou fè l kout, travay Li nan lachè nòmal gen benefis siprèm pou lòm. Malgre majorite moun pa aksepte limanite nòmal Li, travay Li ka kanmenm bay rezilta, e rezilta sa yo fèt gras a limanite nòmal Li. Pa gen okenn dout sou sa. Apati travay Li nan lachè, lèzòm jwenn dis fwa ou douzèn fwa plis bagay ke nosyon ki egziste pami lèzòm konsènan limanite nòmal Li, e travay Li ap finalman disparèt nosyon sa yo. E efè travay Li reyalize, Ki se, konesans lòm gen de Li, depase nosyon lèzòm genyen de Li anpil. Pa gen okenn fason pou imajine oubyen mezire travay Li fè nan lachè, paske lachè Li diferan de nenpòt ki lachè imen; byen ke kokiy deyò a idantik, esans lan pa menm. Lachè Li pote anpil nosyon pami lèzòm a pwopo Bondye, men lachè Li kapab pèmèt lèzòm jwenn anpil konesans tou, e ka menm pran ak fòs ponyèt nenpòt moun ki genyen menm kokiy sa. Paske Li pa sèlman imen, men Li se Bondye avèk yon kokiy imen, e pèson paka imajine oswa konprann Li. Tout moun renmen ak byen akeyi yon Bondye envizib yo pa ka manyen. Si Bondye se jis yon espri ki envizib pou lòm, li vin twò fasil pou lòm kwè nan Bondye. Moun kapab imajine sa yo vle, yo ka chwazi nenpòt imaj yo renmen kòm imaj Bondye pou fè tèt yo plezi, pou ba tèt yo kè kontan. Konsa, moun kapab fè nenpòt kisa Bondye pa yo a yo pi renmen e swete pou yo fè, san ezitasyon. An plis, moun kwè pa gen lòt moun ki pi lwayal ak devwe a Bondye ke yo menm, e ke lòt yo se payen chen ki pa lwayal a Bondye. Yo ka di se sa moun kwayans yo nan Bondye vag e baze sou doktrin ap chèche; sa y ap chèche se menm bagay la avèk yon ti kal varyasyon. Se sèlman imaj Bondye nan imajinasyon yo diferan, men esans yo se menm bagay.

Lèzòm pa gen okenn pwoblèm ak kwayans vag li gen nan Bondye e yo kwè nan Bondye fason ki fè yo plezi. Sa se youn nan “dwa ak libète lèzòm,” ke pèsòn paka pale ladan l, paske moun kwè nan Bondye pa yo e pa nan Bondye okenn lòt moun; se pwopriyete prive pa yo, e prèske tout moun genyen jan de pwopriyete prive sa. Moun wè pwopriyete sa kòm yon trezò presye, men pou Bondye pa gen anyen ki pi ba e san valè ke sa, paske pa gen endikasyon pi klè opozisyon kont Bondye ke pwopriyete prive sa lèzòm genyen an. Se gras a travay Bondye nan lachè ki fè Bondye tounen lachè ak yon fòm fizik, lòm ka wè e manyen. Li pa yon espri san fòm, men lachè lòm ka wè e pran kontak ak Li. Men, majorite Bondye moun kwè ladan se Bondye san lachè ki pa gen fòm, ki yo menm tou gen fòm yo vle. Se konsa, Bondye nan lachè a vin tounen lenmi majorite sa ki kwè nan Bondye, e sa ki pa aksepte Bondye nan lachè, e yo toulède vin tounen advèsè Bondye. Lòm genyen lide pa akoz de jan li panse a, ni akoz de rebelyon li, men akoz de pwopriyete prive lòm fè a. Se akoz de pwopriyete sa majorite moun mouri, e se Bondye vag sa ke yo paka manyen, yo paka wè, e ki pa egziste nan reyalite ki gate lavi lòm. Lavi lèzòm andanje pa akoz Bondye nan lachè, ankò mwens akòz Bondye nan paradi, men akoz Bondye nan pwòp imajinasyon lèzòm. Sèl rezon ki fè Bondye nan lachè a vin nan lachè se akòz bezwen limanite kowonpi. Se akoz bezwen lèzòm, pa bezwen Bondye, e tout sakrifis Li ak soufrans Li se nan enterè limanite, men pa pou benefis Bondye Limenm. Pa gen avantaj ak enkonvenyan oubyen rekonpans pou Bondye; Li p ap resevwa yon rekòt pi devan, men sa yo te dwe Li depi okòmansman. Tout sa Li fè e Li sakrifye pou limanite se pa pou Li ka jwenn gwo rekonpans, men se sèlman nan enterè limanite. Byen ke travay Bondye nan lachè genyen anpil difikilte ou pa ka imajine, efè li genyen finalman depase anpil efè travay Lespri a fè dirèkteman. Travay lachè genyen anpil pwoblèm, e lachè paka genyen menm idantite grandyoz ak Lespri. Li pa ka reyalize menm aksyon sipènatirèl Lespri, ankò mwens posede menm otorite ak Lespri. sepandan, esans travay lachè ki pa remakab sa a fè pi siperyè ke travay Lespri fè dirèkteman, e lachè sa Limenm se repons bezwen tout limanite. Pou sa ki dwe sove yo, valè itilizasyon Lespri a trè enferyè a pa lachè a: Travay Lespri a kapab kouvri tout linivè, travèse tout montay, rivyè, lak, e lanmè, men travay lachè aji dirèkteman sou tout moun ki pran kontak ak Li. Sa ki plis, lèzòm konprann ak kwè nan Bondye nan lachè ak fòm fizik la, ki ka ogmante konesans lèzòm de Bondye, e ki kite yon enpresyon pi pwofon apwopo zèv Bondye an reyalite. Travay Lespri chaje ak mystè; li difisil pou èt mòtèl konprann, e menm menm pi difisil pou yo wè, alò yo ka sèlman konte sou imajinasyon yo. Travay lachè, li menm, nòmal, e baze sou reyalite, e posede gran sajès, e se yon fè je fizik lòm ka wè; lòm ka fè eksperyans sajès travay Bondye a pèsonèlman, e li pa bezwen anplwaye imajinasyon fètil li. Sa se presizyon e vrè valè travay Bondye nan lachè. Lespri a ka sèlman fè bagay ki envizib pou lòm e ki difisil pou l imajine, pa egzanp iliminasyon Lespri a, deplasman Lespri a, e konsèy Lespri a, men pou lòm ki gen yon nanm, sa pa bay okenn siyifikasyon klè. Yo sèlman bay yon deplasman, oubyen yon siyifikasyon global, e yo paka bay enstriksyon avèk pawòl. Travay Bondye nan lachè, sepandan, diferan anpil: Li enplike mennen nan bon chimen ak lapawòl, li gen yon volonte klè, ak objektif byen defini. Se konsa, lòm pa bezwen tatonnen, oswa sèvi ak imajinasyon li, alevwa pou fè sipozisyon. Sa se klate travay lachè a, ak gwo diferans li ak travay Lespri a. Travay Lespri a bon sèlman nan yon dimansyon limite e li pa ka ranplase travay lachè a. Travay lachè a bay lòm objektif ki pi egzak ak nesesè lontan ak yon konesans pi reyèl ak plis valè lontan ke travay Lespri. Travay ki gen pi gwo valè pou limanite kòwonpi se sa ki bay pawòl egzak, objektif klè pou pouswiv, e ki ka wè ak manyen. Se sèlman travay reyalis ak konsèy alè ki adapte ak sa moun vle, epi sèlman travay reyèl ka sove lèzòm nan tanperaman kòwonpi ak deprave li. Se sèl Bondye nan lachè ki ka fè sa a; sèlman Bondye nan lachè ka sove lèzòm de ansyen tanperaman kowonpi ak deprave li. Byenke Lespri se esans ki kole ak Bondye, mòd travay sa yo se sèl Bondye nan lachè ki ka fè yo. Si Lespri a travay pou kont Li; lè sa a Li p ap posib pou travay la efikas—sa se yon verite klè. Malgre pifò moun te vin lènmi Bondye akòz kò sa a, lè Li fini travay Li, moun ki kont Li yo pral non sèlman sispann lènmi Li, men yo pral vin temwen Li. Yo pral vin temwen Li pran ak fòs ponyèt, temwen ki konpatib avè Li e ki pa ka separe ak Li. Li pral fè lèzòm konnen enpòtans travay Li nan lachè pou lèzòm, epi moun pral konnen enpòtans lachè genyen nan sans egzistans lèzòm, yo pral konnen valè reyèl Li nan kwasans lavi moun, epi, anplis, yo pral konnen lachè sa a ap vin yon sous lavi ke lèzòm p ap dakò separe avè l. Malgre Bondye nan lachè pa koresponn ak idantite ak pozisyon Bondye ditou, e pou lèzòm Li pa sanble konpatib ak estati reyèl Li, lachè sa, ki pa genyen imaj Bondye vre, oswa vre idantite Bondye, ka fè travay Lespri Bondye a paka fè dirèkteman. Sa se vrè sans ak valè Bondye nan lachè, e se sans ak valè sa a lèzòm pa kapab apresye e rekonèt. Malgre tout limanite respekte Lespri Bondye e meprize Bondye nan lachè, kèlkeswa jan yo wè ak panse, vrè sans ak valè lachè a depase pa Lespri a lontan. Natirèlman, sa a sèlman konsène limanite kowonpi an. Pou nenpòt moun k ap chache verite epi ki anvi aparans Bondye, travay Lespri a ka sèlman bay sansasyon oswa enspirasyon, ak yon santiman ekstrawòdinè ki ineksplikab ak inimajinab, ak yon gran santiman ki gran, siperyè, epi admirab, men tou, li pa aksesib e li pa disponib pou tout moun. Lòm ak Lespri Bondye ka sèlman youn ap gade lòt adistans, tankou si gen yon gwo distans ant yo, epi yo pa janm ka sanble, kòmsi gen yon obstak envizib ki separe lòm ak Bondye. An reyalite, se yon ilizyon Lespri Bondye a bay moun, paske Lespri Bondye a ak moun pa menm kalite epi yo p ap janm ka viv ansanm nan menm mond lan, epi paske Lespri Bondye pa posede anyen nan moun. Kidonk, lèzòm pa bezwen Lespri a, paske Lespri a pa ka fè dirèkteman travay lèzòm plis bezwen an. Travay lachè ofri lèzòm objektif reyèl pou yo pouswiv, pawòl klè ak sans Li reyèl e nòmal, Li enb epi òdinè. Malgre lòm ka genyen krentif pou Li, pou pifò moun li fasil pou konprann Li: Moun ka wè figi Li, ak tande vwa Li, epi li pa bezwen gade Li de lwen. Lachè sa a, parèt aksesib ak lòm, pa byen lwen oswa inimajinab, men vizib ak touchab, paske lachè sa a nan menm mond ak lèzòm.

Pou tout moun k ap viv nan lachè, chanje tanperaman yo mande pou yo gen objektif pou yo pouswiv, epi konnen Bondye mande pou temwen zak reyèl ak vrè figi Bondye. Toulède ka fèt sèlman pa Bondye nan lachè, epi toulède ka fèt sèlman nan kò nòmal e reyèl. Se poutèt sa enkanasyon an nesesè, e men poukisa li nesesè pou tout limanite kòwonpi. Kòm moun oblije konnen Bondye, imaj vag ki pa natirèl bondye yo dwe disparèt nan kè yo, e kòm yo oblije debarase yo de tanperaman kowonpi yo, yo dwe premyèman konnen tanperaman kòwonpi yo. Si sèlman lèzòm fè travay pou imaj vag Bondye disparèt nan kè lèzòm, lè sa a li p ap bay rezilta apwopriye a. Imaj vag Bondye yo nan kè lèzòm pa ka ekspoze, rejte, oubyen elimine totalman ak pawòl sèlman. Nan fè sa, li t ap toujou pa posib pou disparèt bagay sa yo ki byen anrasinen nan moun yo. Sèlman lè w ranplase bagay vag ki pa natirèl sa yo ak Bondye pratik la e vrè imaj Bondye a, epi pazapa fè yo konnen yo, nou jwenn bon rezilta a. Lòm konprann ke Bondye li t ap chache nan tan lontan an vag e sipènatirèl. Sa ki ka reyalize efè sa a se pa lidèchip Lespri a dirèk, ankòmwens ansèyman yon seri moun, men Bondye nan lachè. Tout moun wè lide lèzòm lè Bondye nan lachè ap fè travay Li ofisyèlman, paske nòmalite ak reyalite Bondye nan lachè a se kontrè Bondye vag e sipènatirèl ki nan imajinasyon lèzòm. Lide orijinal lèzòm devwale sèlman lè yo pa menm ak pa Bondye nan lachè. San konparezon ak Bondye nan lachè, yo pa t ap konn lide lèzòm; sètadi, san reyalite a kòm yon zouti, bagay vag yo pa t ap ka revele. Pa gen moun ki kapab sèvi ak lapawòl pou fè travay sa a, e pa gen moun ki kapab atikile travay sa a ak lapawòl. Se sèlman Bondye Li menm ki ka fè pwòp travay Li, e pa gen lòt moun ki ka fè travay sa a nan non Li. Kèlkeswa nivo langaj lèzòm rich, li pa kapab atikile reyalite ak nòmalite Bondye. Lèzòm ka sèlman konnen Bondye nan yon fason ki pi pratik, epi yo ka wè Li pi klè, si Bondye ap travay pèsonèlman nan mitan lèzòm epi montre imaj Li ak èt Li nèt. Pa gen okenn èt imen nan lachè ki ka reyalize efè sa a. Natirèlman, Lespri Bondye a tou pa kapab reyalize efè sa a. Bondye ka sove moun kowonpi anba enfliyans Satan, men travay sa a pa ka fèt dirèkteman pa Lespri Bondye; Okontrè, li ka fèt sèlman pa lachè Lespri Bondye pote a, pa Bondye ki enkane nan lachè. Lachè sa a se moun e Li se Bondye tou, se yon lòm ki posede imanite nòmal e Bondye tou nan tout divinite. Se konsa, mèmsi lachè sa a se pa Lespri Bondye a, e diferan anpil de Lespri a, li se toujou Bondye nan lachè Li menm ki sove moun, ki se Lespri ak lachè a tou. Kèlkeswa jan yo rele Li, alafen se toujou Bondye Li menm ki sove limanite. Paske Lespri Bondye paka separe ak lachè a, e travay lachè a se travay Lespri Bondye a tou. Se jis travay sa pa fèt sou idantite Lespri a, men li fèt ak idantite lachè a. Travay ki dwe fèt dirèkteman pa Lespri a pa bezwen lachè e travay ki mande se lachè a ki pou fè yo Lespri a paka fè yo dirèkteman, e sèl Bondye nan lachè ki ka fè l. Se sa travay sa mande, e se sa lèzòm kowonpi bezwen. Nan twa etap travay Bondye a, se sèlman yon sèl etap Lespri a te fè, e lòt de etap ki rete yo se Bondye nan lachè a ki te fè yo, e pa dirèkteman pa Lespri a. Travay nan tan lalwa Lespri a te fè pa t gen chanje tanperaman kòwonpi lèzòm, e li pa te gen okenn relasyon nan zafè konesans lèzòm de Bondye. Travay Bondye nan lachè nan tan lagras ak nan tan rwayòm, sepandan, enplike tanperaman kòwonpi lèzòm ak konesans li de Bondye, epi li se yon pati enpòtan ak krisyal nan travay delivrans. Se poutèt sa, limanite kowonpi a, gen plis bezwen travay dirèk Bondye nan lachè a. Limanite bezwen Bondye nan lachè a pou pran swen li sipòte li, wouze li, ba li manje, jije ak pini li, e li bezwen plis gras ak pi plis delivrans nan men Bondye nan lachè a. Se sèl Bondye nan lachè a ki ka bon zanmi lèzòm, gadò lèzòm, èd lèzòm jwenn jodya, ak tout bagay sa yo se nesesite enkanasyon jodya ak nan tan lontan.

Satan kowonp Lèzòm e se li ki pi wo nan tout kreyati Bondye yo, alò lèzòm nan bezwen delivrans Bondye. Objè delivrans Bondye a se lèzòm, se pa Satan, e sa k ap sove a se lachè lòm e nanm lòm, se pa demon an. Satan se objè destriksyon Bondye, e lòm se objè delivrans Bondye, e lachè lòm kowonpi pa Satan, donk premye bagay ki dwe sove se lachè lòm. Lachè lòm kowonpi jis nan zo, e li tounen yon bagay ki kanpe anfas Bondye, tèlman sa li kanpe anfas Li ouvètman e li nye egzistans Bondye. Lachè kowonpi sa jis twò enkontwolab, e pa gen anyen ki pi difisil pou sipòte ou chanje ke dispozisyon kowonpi lachè a. Satan vin nan lachè lòm pou kreye pwoblèm, e itilize lachè lòm pou deranje travay Bondye e afebli plan Bondye, e konsa lòm tounen Satan, e tounen lenmi Bondye. Pou lòm ka sove, yo dwe pran li ak fòs ponyèt anvan. Se poutèt sa Bondye leve defi a e vin nan lachè a pou fè travay Li planifye pou l fè a, e batay ak Satan. Bi li se delivrans lèzòm, ki kowonpi, e bat ak elimine Satan nèt, ki kanpe anfas Li. Li bat Satan atravè travay pran lèzòm ak fòs ponyèt, pandan Li ap sove limanite kowonpi a menm tan. Konsa, se yon travay ki reyalize 2 objektif a la fwa. Li travay nan lachè, e pale nan lachè e egzekite tout travay nan lachè pou Li kapab mye kominike ak lèzòm, mye mache pran lèzòm. Dènye fwa Bondye tounen lachè, travay dènye jou yo ap konkli nan lachè. Li ap klase tout moun pa rapò ak espès, konkli tout manajman Li, e konkli tou tout travay Li nan lachè. Aprè tout travay Li sou latè fini, Li ap gen tout viktwa. Lè Li travay nan lachè Li ap mache pran e genyen limanite nèt. Eske sa pa vle di manajman Li an jeneral ap rive nan bout li? Lè Bondye konkli travay Li nan lachè, paske li bat Satan nèt e li viktorye, Satan p ap gen lòt chans pou l kowonp lèzòm ankò. Travay premye enkanasyon Bondye a te redansyon e padone peche lèzòm. Kounya se travay mache pran ak fòs ponyèt e gen kontwòl limanite, pou Satan pa gen mwayen ankò pou l fè travay li, e ap pèdi konplètman, e Bondye ap gen yon viktwa total kapital. Sa se travay lachè, e se travay ki fèt pa Bondye Limenm. Travay inisyal 3 etap travay Bondye yo te fèt pa Lespri, e non pa lachè. Travay final 3 etap travay Bondye yo, sepandan, fèt pa Bondye nan lachè, e non pa Lespri dirèkteman. Travay redansyon etap entèmedyè fèt pa Bondye nan lachè tou. Atravè tout travay manajman an, travay ki pi enpòtan an se sove lèzòm de enfliyans Satan. Travay kle a se mache pran tout moun kowonpi ak fòs ponyèt, e konsa ap genyen restorasyon respè ki te gen pou Bondye nan kè lèzòm Li mache pran ak fòs ponyèt, e pèmèt li reyalize yon vi nòmal, ki se, vi nòmal yon kreyati Bondye. Travay sa krisyal, e se nannan travay manajman. Nan 3 etap travay delivrans la, premye etap travay la nan tan lalwa te lwen de esans travay manajman; li te jis gen yon ti aparans travay delivrans la, e li pa t kòmansman travay Bondye pou sove lèzòm de domèn Satan. Premye etap travay la te fèt dirèkteman pa Lespri paske, anba lalwa, lèzòm te sèlman konnen pou yo respekte lalwa a, e lèzòm pa t gen plis verite, e paske travay nan tan lalwa te raman enkli chanjman nan tanperaman lèzòm, li te mwens konsène pa kòman sove lèzòm nan domèn Satan. Konsa Lespri Bondye a konplete etap siprèmman senp travay sa ki pa t konsène tanperaman kowonpi lèzòm. Etap travay sa pa te gen gwo relasyon ak nannan manajman, e l pa t gen yon gwo korelasyon ak travay ofisyèl delivrans lèzòm, e donk li pa t bezwen Bondye vin lachè pou Li ka fè travay Li pèsonèlman. Travay Lespri a fè enplisit e inimajinab, e li efreyan anpil e li Pa apwochab pou lèzòm; Lespri a pa kalifye pou Li fè travay delivrans la dirèkteman, e Li pa kalifye pou Li bay lèzòm lavi. Sa k pi bon pou lèzòm se transfòme travay Lespri a nan yon fason ki pi prè lèzòm, sètadi, sa k pi bon pou lèzòm se pou Bondye tounen yon moun nòmal òdinè pou Li fè travay Li. Sa nesesite Bondye vin nan lachè pou Li ranplase Lespri nan travay Li, e pou lèzòm, pa gen okenn lòt pi bon fason pou Bondye travay. Pami twa etap travay sa yo, de etap fèt pa lachè, e de etap sa yo se faz kle de travay manajman an. De enkanasyon yo konplemantè mityèlman e yo konplemante youn lòt pafètman. Premye etap enkanasyon Bondye a prepare fondasyon pou dezyèm nan, e yo ka di ke de enkanasyon Bondye sa yo fòme yon sèl e youn pa enkonpatib ak lòt. De etap travay Bondye sa yo egzekite pa Bondye nan idantite lachè paske yo tèlman enpòtan pou tout travay manajman. Yo ka prèske di ke san travay de enkanasyon Bondye yo, tout travay manajman an t ap bloke, e travay pou sove limanite a pa t ap anyen ankò ke pawòl anlè. Ke travay sa enpòtan ou non baze sou bezwen limanite, sou reyalite koripsyon limanite, e sou pwofondè dezobeyisans Satan e jan li deranje travay la. Moun ki ideal pou tach la yo chwazi apati de travay travayè a ap gen pou l fè, ak enpòtans travay la. Lè n konsidere enpòtans travay sa, an tèm ki metòd travay pou adopte—travay ki fèt dirèkteman pa Lespri Bondye, oubyen travay ki fèt pa Bondye nan lachè, oubyen travay ki fèt atravè lèzòm—premye sa pou elimine se travay ki fèt atravè lèzòm, e, baze sou nati travay la, e nati travay Lespri a konpare ak pa lachè a, li klè travay ki fèt pa lachè a pi pwofitab pou lèzòm pase travay ki fèt dirèkteman pa Lespri, e ke li ofri plis avantaj. Sa se panse Bondye lè Li t ap deside si travay la te dwe fèt pa Lespri oswa pa lachè. Gen yon siyifikasyon ak yon baz pou chak etap travay la. Yo pa imajinasyon san fondman, ni yo pa fèt konsa konsa; gen yon sajès la dan yo. Se verite sa ki genyen nan tout travay Bondye ap fè. An patikilye, genyen menm yon pi gwo plan Bondye nan gwo travay ke Bondye nan lachè k ap travay pami lèzòm pèsonèlman. Konsa, sajès Bondye ak Bondye konplètman parèt nan chak aksyon, panse, e lide nan travay Li; sa se pati ki pi konkrè e systematik nan Bondye. Panse sibtil ak lide sa yo difisil pou lèzòm imajine, e difisil pou lèzòm kwè, e, anplis, difisil pou lèzòm konnen. Travay lèzòm fè fèt sou prensip jeneral, ki, pou lèzòm, trè satisfezan. Men lè w konpare l ak travay Bondye diferans la twò gran; malgre ke aksyon Bondye yo gran e travay Bondye nan yon nechèl ekstraòdinè, dèyè yo genyen anpil ti detay presi pou plan ak aranjman ke lèzòm pa ka imajine. Chak etap nan travay Li non sèlman fèt selon prensip, men tou chak etap genyen anpil bagay ke ou pa ka di nan langaj imen. E se bagay sa yo lèzòm pa ka wè. Kelkeswa li se travay Lespri a oubyen se travzay Bondye nan lachè, chak gen plan travay Li. Li pa travay san fondman, e Li pa fè travay ki pa enpòtan. Lè lespri a travay dirèkteman, se ak objektif Li, e Li vini tounen lachè (sa vle di lè Li transfòme kokiy deyò Li) pou travay, se ankò pi plis ak objektif Li. Pouki lòt rezon Li ta chanje idantite Li fasilamn? Pou ki lòt rezon Li ta fasilman vin tounen yon moun ke yo gade ba e y ap pèsekite?

Travay Li nan lachè a gen pi gwo enpòtans, e yo pale konsènan travay la, e Sa ki konkli travay la finalman se Bondye nan lachè, e pa Lespri a. Genyen ki kwè ke Bondye ka yon lè sanzatann vin sou latè e parèt devan lòm, kote Li ap pèsonèlman jije tout limanite, Li ap teste yo youn pa youn san Li pa kite okenn. Sa ki panse fason sa pa konn etap sa nan travay enkanasyon. Bondye pa jije lòm youn pa youn, e Li pa teste lòm youn pa youn: pou Li fè sa, sa pa t ap travay jijman. Èske koripsyon tout limanite pa menm? Èske esans tout limanite pa menm? Sa yo jije se esans kowonpi limanite, esans lòm kowonpi pa Satan, e tout peche lòm. Bondye pa jije fot trivyal ki sanzenpòtans lòm. Travay jijman reprezantatif, e li pa reyalize, spesyalman pou yon moun presi. Olye sa, se travay kote yo jije yon gwoup moun pou yo ka reprezante jijman tout limanite. Lè Li reyalize travay Li pèsonèlman pou yon gwoup moun, Bondye nan lachè itilize travay Li pou reprezante travay tout limanite, aprè l ap simaye gradyèlman. Se konsa travay jijman ye tou. Bondye pa jije yon tip moun presi oubyen yon gwoup moun presi, men li jije defo tout limanite—opozisyon lòm kont Bondye, pa egzanp, oswa mank respè lòm pou Li, oubyen deranjman travay Li pa lòm, etc. sa ki jije a se esans opozisyon limanite genyen kont Bondye, e travay sa se travay mache pran yo ak fòs ponyèt nan dènye jou yo. Travay e pawòl Bondye nan lachè ke lèzòm wè se travay jijman devan gwo twòn blan pandan dènye jou yo, ke lèzòm te kreye nan tan pase. Travay k ap fèt aktyèlman pa Bondye nan lachè se egzakteman jijman devan gwo twòn blan an. Bondye nan lachè jodya se Bondye ki jije tout limanite pandan dènye jou yo. Lachè sa a e travay Li, pawòl Li, e tout dispozisyon Li se Li an antye. Byen ke chan travay Li limite, e pa dirèkteman enkli tout linivè, esans travay jijman se jijman dirèk tout limanite—pa sèlman nan enterè moun ki chwazi nan Lachin yo, ni se pa pou yon ti kantite moun. Pandan travay Bondye nan lachè byen ke chan travay sa pa enkli tout linivè, li reprezante travay tout linivè a, e aprè Li konkli travay la anndan chan travay lachè Li. Li ap imedyatman elaji travay sa nan tout linivè, menm jan prèch Jezi a pwopaje atravè linivè aprè rezireksyon Li e asansyon Li. Kèlkeswa se travay Lespri ou travay lachè, se travay ki reyalize nan yon chan limite, men ki reprezante travay tout linivè a. Pandan dènye jou yo, Bondye fè travay Li ak idantite lachè Li, e Bondye nan lachè se Bondye ki jije lèzòm devan gwo twòn blan an. Kèlkeswa Li se Lespri ou lachè, Li ki fè travay jijman an se Bondye ki jije limanite pandan dènye jou yo. Sa a defini a pati travay Li, e li pa defini pa rapò aparans ekstèn Li ou plizyè lòt faktè. Byen ke lòm gen lide a pwopo pawòl sa yo, pa gen pèsòn ki ka nye zafè jijman Bondye nan lachè kap mache pran tout limanite ak fòs ponyèt. Kèlkeswa sa lèzòm panse de sa, verite, se, aprè tou, verite. Pa gen pèsòn ki ka di: “Travay la fèt pa Bondye, men lachè pa Bondye.” Sa se stipidite, paske travay sa pa ka fèt pa okenn moun eksepte Bondye nan lachè. Pliske travay sa konplete deja, apre travay sa, travay jijman lèzòm pa Bondye p ap parèt yon dezyèm fwa; Bondye nan dezyèm enkanasyon Li konkli tout travay manajman an nèt deja, e pa pral gen yon katriyèm etap nan travay Bondye a. Paske sa ki jije a se lèzòm, lèzòm ki fèt ak lachè e ki kowonpi, e se pa lespri Satan ki jije dirèkteman, travay jijman konsa pa reyalize nan mond spirityèl la, men pami lèzòm. Pa gen pèsòn ki pi pare, e kalifye, ke Bondye nan lachè pou fè travay jije koripsyon lachè lèzòm. Si jijman sa te reyalize dirèkteman pa Lespri Bondye, li pa t ap kouvri tout moun. Anplis, travay konsa t ap difisil pou lèzòm aksepte, paske Lespri a pa kapab vin fas-a-fas ak lòm, e akoz de sa, efè yo pa t ap imedya, ankò mwens pou lèzòm ta ka wè dispozisyon ki paka ofanse Bondye a pi klèman. Satan ka pèdi konbat a konplètman si Bondye nan lachè jije koripsyon limanite. Lè l se menm bagay a lòm ki posede limanite nòmal, Bondye nan lachè ka dirèkteman jije defo lèzòm; sa se mak sentete ke Li fèt avè l la, e nivo ekstraòdinè Li. Se sèlman Bondye ki kalifye, e ki nan pozisyon pou jije lèzòm, paske Li posede verite a, e dwati, e konsa Li kapab jije lèzòm. Sa ki san verite e dwati pa ka jije lòt, si travay sa te fèt pa Lespri Bondye, li pa t ap vle di viktwa sou Satan. Lespri a tou nòmalman gen plis valè pase èt mòtèl, e Lespri Bondye tou nòmalman sen, e gen viktwa sou lachè. Si Lespri a te fè travay sa dirèkteman, Li pa t ap kapab jije tout dezobeyisans lèzòm e pa t ap kapab revele tout defo lèzòm. Paske travay jijman an reyalize atravè lide lèzòm apwopo Bondye, e lèzòm pa t janm gen okenn lide apwopo Lespri a, e konsa Lespri a pa ka revele pi byen defo lèzòm e ankò mwens ekspoze konplètman defo sa yo. Bondye nan lachè se lenmi tout sa ki pa konnen Li. Nan jije lide lèzòm e opozisyon yo kont Li, Li ekspoze tout dezobeyisans limanite. Efè travay Li nan lachè pi aparan ke pa travay Lespri a. E konsa, jijman tout limanite pa reyalize dirèkteman pa Lespri men pa travay Bondye nan lachè. Lèzòm ka wè ak manyen Bondye nan lachè, e Bondye nan lachè ka mache pran lèzòm ak fòs ponyèt konplètman. Nan relasyon l ak Bondye nan lachè, lòm pwogrese de opozisyon a obeyisans, de pèsekisyon a akseptans, de lide a konesans, e de rejeksyon a lanmou—sa yo se efè travay Bondye nan lachè. Lòm ka sèlman sove atravè akseptans jijman Li, lòm sèlman gradyèlman vin konnen Li atravè pawòl nan bouch Li, Li mache pran lèzòm ak fòs ponyèt pandan opozisyon yo kont Li, e li resevwa sous lavi de Li pandan li aksepte pinisyon Li. Tout travay sa a se travay Bondye nan lachè, e pa travay Bondye nan idantite Li kòm Lespri. Travay ki fèt pa Bondye lachè se pi bon travay la, e travay ki pi pwofon an, e pati krisyal nan 3 etap travay Bondye se 2 etap travay enkanasyon an. Koripsyon jis nan zo lèzòm se yon gwo obstak a travay Bondye nan lachè. Patikilyèman, travay ki fèt sou moun dènye jou yo ekstrèman difisil, e anviwonman an ostil, e nivo tout tip moun yo vrèman pòv. Malgre sa nan fen travay sa, l ap bay bon rezilta kanmenm, san okenn zerè; sa a se efè travay lachè, e efè sa a pi konvenkan ke pa travay Lespri a. 3 etap travay Bondye a ap konkli nan lachè, e yo dwe konkli pa Bondye lachè. Travay ki pi enpòtan e pi krisyal la fèt nan lachè, e delivrans lèzòm dwe egzekite pèsonèlman pa Bondye lachè. Menm si tout limanite santi ke Bondye lachè pa sanble gen lyen ak lèzòm, an fèt lachè sa konsène destine e egzistans tout limanite.

Tout etap travay Bondye fèt nan enterè limanite e konsantre sou tout limanite. Menm si se travay Li nan lachè, li kanmenm dirije vè tout limanite: Li se Bondye tout limanite, e Li se Bondye tout èt ki kreye e ki pa kreye. Byen ke travay Li nan lachè nan yon chan limite, e sijè travay Li limite tou a chak fwa Li tounen lachè pou l fè travay Li Li chwazi yon sijè travay Li ki siprèmman reprezantatif: Li pa chwazi yon gwoup moun senp e ki pa remakab pou Li travay sou yo, men olye sa li pran kòm sijè travay Li, yon gwoup moun ki kapab reprezantan travay Li nan lachè. Gwoup moun sa yo chwazi pa Li paske chan travay Li nan lachè limite, e li prepare spesyalman pou lachè enkane Li, e li chwazi spesyalman pou travay Li nan lachè. Seleksyon Bondye de sijè travay Li pa san baz, men li fèt selon prensip: Sijè travay la dwe fè travay Bondye nan lachè benefisye, e dwe kapab reprezante tout limanite. Pa egzanp, Juif yo te kapab reprezante tout limanite pa akseptasyon redanpsyon pèsonèl Jezi, e Chinwa yo kapab reprezante tout limanite nan akseptasyon konkèt pèsonèl Bondye nan lachè. Gen yon baz pou reprezantasyon Juif yo de tout limanite, e gen yon baz tou pou reprezantasyon Chinwa yo de tout limanite nan akseptasyon konkèt pèsonèl Bondye. Pa gen anyen ki revele enpòtans redanpsyon plis ke travay redanpsyon ki fèt pami Juif yo, e pa gen anyen ki revele presizyon e siksè travay konkèt plis ke travay konkèt k ap fèt pami Chinwa. Travay e pawòl Bondye lachè parèt sible sèlman yon ti gwoup moun, men an fèt, travay Li pami ti gwoup sa se travay tout linivè, e pawòl Li dirije sou tout limanite. Aprè travay Li nan lachè fini, sa ki suiv Li ap kòmanse pwopaje travay Li fè pami yo. Pi bon bagay apwopo travay Li nan lachè Li ka kite pawòl egzak e egzòtasyon, e volonte spesifik Li pou limanite pou sa ki suiv Li, pou aprè sa sèvitè Li ka pi presizeman e pi konkrètman transmèt tout travay Li nan lachè e volonte Li pou tout limanite, bay sa ki aksepte wout sa. Se sèlman travay Bondye lachè pami lèzòm ki vrèman akonpli fè ke Bondye ansanm e viv ansanm ak lèzòm. Se sèlman travay sa ki akonpli dezi lèzòm pou gade vizaj Bondye, wè travay Bondye, e tande pawòl pèsonèl Bondye. Bondye lachè mete yon fen nan tan kote do Jehovah sèlman te parèt pou limanite, e li tou fini, tan kwayans limanite nan Bondye vag la. An patikilye, travay dènye Bondye enkane a pote tout limanite nan yon tan ki pi reyalis, pi pratik, e pi bèl. Li pa sèlman konkli tan lalwa e doktrin men pi enpòtan ankò, Li revele bay tout limanite yon Bondye ki reyèl e nòmal, ki dwat e sen, ki deklete travay plan manajman e ki demontre mistè e destinasyon limanite, ki kreye limanite e pote yon fen nan travay manajman, e ki te ret kache pandan plis pase plizyè milye ane. Li fini ak tan vag la konplètman, Li konkli tan kote tout limanite te swete chèche vizaj Bondye men yo pa t kapab, Li fini ak tan kote tout limanite te sèvi Satan, e Li mennen tout limanite nan yon tan ki konplètman nouvo. Tout sa a se rezilta travay Bondye lachè nan plas Bondye Lespri. Lè Bondye travay nan lachè Li, sa ki suiv li pa nan chèche e tatonnen dèyè bagay sa yo ki sanble egziste e pa egziste, e yo sispann devine volonte Bondye vag la. Lè Bondye pwopaje travay Li nan lachè, sa ki suiv Li pral transmèt travay Li fè nan lachè bay tout relijyon e denominasyon, e y a kominike tout pawòl Li nan zorèy tout limanite. Tout sa moun ki resevwa prèch Li tande ap tounen prèv travay Li, y ap tounen bagay lèzòm wè e tande pèsonèlman, y ap tounen prèv olye rimè. Prèv sa yo se evidans Li itilize pou pwopaje travay Li, e yo se zouti Li itilize nan pwopagasyon travay la tou. San egzistans prèv, prèch Li pa t ap pwopaje atravè tout peyi e tout kote; san prèv men sèlman ak imajinasyon lèzòm, Li pa t ap janm kapab fè travay mache pran tout linivè ak fòs ponyèt. Lèzòm paka manyen Lespri a, e li envizib pou lèzòm, e travay Lespri a paka kite plis evidans oubyen prèv travay Bondye pou lèzòm. Lèzòm p ap janm wè vrè fas Bondye, l ap toujou kwè nan yon Bondye vag ki pa egziste. Lèzòm p ap janm wè fas Bondye, ni l p ap janm tande pawòl Bondye pale pèsonèlman. Imajinasyon lèzòm, aprètou, vid, e paka ranplase vrè vizaj Bondye; dispozisyon Bondye nan nannan, e travay Bondye Limenm, lèzòm paka imite l. Bondye envizib la nan paradi e travay Li ka sèlman vin sou latè a grasa Bondye lachè ki pèsonèlman fè travay Li pami lèzòm. Sa a se fason ki pi bon pou Bondye parèt devan lèzòm, kote lèzòm wè Bondye e vin konn vrè vizaj Bondye, e li pa ka reyalize pa yon Bondye ki pa nan lachè. Paske Li reyalize travay Li jiska etap sa, travay Bondye a reyalize pi gwo efè deja, e li te yon siksè total. Travay pèsonèl Bondye lachè konplete deja 90 pousan nan tout travay manajman Li. Lachè sa a bay yon pi bon kòmansman nan tout travay Li, e yon rezume pou tout traval Li, e Li te pibliye tout travay Li, e fè renouvèlman apwofondi nan tout travay sa. Apati de kounya pa pral gen okenn lòt Bondye nan lachè pou fè katryèm etap travay Bondye a, e pa pral genyen okenn travay ekstraòdinè yon twazyèm enkanasyon Bondye.

Chak etap travay Bondye lachè reprezante travay Li pou tout tan sa, e li pa reprezante yon sèten periòd, jan l ye pou travay lèzòm. Alò fen travay dènye enkanasyon Li pa vle di travay Li fini nèt, paske travay Li nan lachè fèt pou tout tan, e li pa sèlman reprezante tan Li fè travay Li nan lachè. Se jis Li fini travay Li pou tout tan pandan tan Li te nan lachè, apre sa li simaye tout kote. Apre Bondye lachè akonpli ministè Li, Li ap kite travay lavni pou moun ki swiv Li. Konsa travay Li pou tout tan ap kontinye san kanpe. Yo pral konsidere travay tan enkanasyon konplè lè li simaye nan tout linivè. Travay Bondye nan lachè kòmanse yon nouvo tan, e sa k ap kontinye travay Li se sa Li ap itilize yo. Tout travay lèzòm fè andedan ministè Bondye lachè, e li pa kapab ale pi lwen ke sa. Si Bondye lachè p at vin fè travay Li, lèzòm pa t ap kapab mete fen nan ansyen tan an e pa t ap kapab kòmanse yon nouvo tan. Travay lèzòm fè jis nan limit devwa li ki rete posib pou lèzòm fè kòm imen, e li pa reprezante travay Bondye. Sèlman Bondye lachè ka vini konplete travay Li dwe fè e, apa de Li, pèsonn paka fè travay sa nan non Li. Byen si, sa m ap pale la a konsène travay enkanasyon an. Premyèman Bondye lachè sa a pote yon etap travay ki pa konfòm ak lide lèzòm, apre sa Li fè plis travay ki pa konfòm ak lide lèzòm. Objektif travay la se mache pran lèzòm ak fòs ponyèt. Nan yon sans, enkanasyon Bondye pa konfòme ak lide lèzòm, an plis de sa Li fè plis travay ki pa konfòm ak lide lèzòm, se sak fè lèzòm devlope opinyon ki pi kritik de Li. Li jis fè travay mache pran yo ak fòs ponyèt nan mitan moun ki gen anpil lide sou Li. Kèlkeswa jan yo trete Li, depi Li fin akonpli ministè Li, tout moun ap vin sou dominasyon Li. Reyalite travay sa pa sèlman vizib nan mitan chinwa, men li reprezante tou kijan yo pral mache pran tout limanite ak fòs ponyèt. Enpak li genyen sou moun sa yo se yon siy ki montre enpak li dwe akonpi nan tout limanite, e enpak travay Li fè nan lavni ta dwe menm depase enpak sou moun sa yo. Travay Bondye nan lachè pa gen pil vakam, ni li pa fèt ankachèt. Li reyèl e aktyèl, e se yon travay kote en plis en egal de. Li pa kache pou pèsonn, ni li pa twonpe pèsonn. Sa moun wè reyèl ak otantik, e sa lèzòm jwenn se verite reyèl la ak konesans. Lè travay la fini, lèzòm pral genyen yon nouvo konesans de Li, e moun ki vrèman pouswiv yo p at genyen okenn lide de Li ankò. Se pa sèlman enpak travay Li sou Chinwa, men li reprezante tou enpak travay Li nan mache pran tout limanite ak fòs ponyèt. Paske pa gen anyen pi bon pou travay mache pran tout limanite ak fòs ponyèt ke lachè sa, e travay lachè sa, e tout bagay nan lachè sa. Yo pote benefis pou travay Li jodya, e yo pote benefis pou travay Li a lavni. Lachè sa gen pou l mache pran tout limanite ak fòs ponyèt, e li pral genyen tout limanite. Pa gen pi bon travay kote tout limanite pral wè Bondye, e obeyi Bondye, e konnen Bondye. Travay lèzòm reprezante yon dimansyon limite, e lè Bondye fè travay Li Li pa pale a yon seri de moun, men Li pale ak tout limanite e tout sa ki aksepte pawòl Li. Lafen Li ap pale de li se lafen tout limanite se pa lafen yon moun egzak. Li pa bay pèsonn tretman spesyal, ni li pa fè pèsonn abi, e Li travay pou, e pale ak, tout limanite. Bondye lachè sa deja klase tout limanite selon espès, Li deja jije tout limanite, e Li prepare yon kote pou tout limanite ale. Malgre Bondye fè travay Li sèlman Lachin, an reyalite, Li deja rezoud travay tout linivè. Li pa ka tann travay Li simaye nan mitan tout limanite avan Li di pawòl ak fè aranjman etap pa etap. Eske li p ap twò ta? Li trè kapab konplete travay lavni an avans. Paske sa k ap travay la se Bondye lachè, Li ap fè travay san limit nan yon espas ki limite, epi apre sa Li pral fè lèzòm fè devwa lèzòm ta dwe fè; sa se prensip travay Li. Li ka viv ak lèzòm sèlman pou yon tan e Li pa ka akonpaye lèzòm jistan travay tout tan an konkli. Se paske Li se Bondye Li di travay Li ap fè nan lavni davans. Apre sa Li pral klase tout limanite selon espès jan Li di, e limanite ap antre nan travay etap pa etap Li a selon pawòl Li. Pèsonn pa pral sove, epi tout moun dwe pratike selon prensip sa. Konsa alavni se pawòl Li k ap dirije tan an, se pa Lespri k ap dirije.

Travay Bondye lachè dwe fèt nan lachè. Si li te fèt dirèkteman pa Lespri Bondye, li pa t ap genyen okenn efè. Menm si li te fèt pa Lespri a, travay la pa t ap genyen anpil enpòtans, epi li finalman pa t ap konvenkan. Tout kreyati vle konnenn si travay Kreyatè a genyen enpòtans epi ki sa li reprezante, epi ki sa li fè, pou enterè, epi si travay Bondye a genyen anpil otorite ak sajès, epi si li gen yon gran valè ak enpòtans. Travay Li fè Li fè l pou delivrans tout limanite, pou kapab bat Satan, epi pou rann temwayaj sou tèt Li pami tout bagay. Konsa travay Li fè dwe genyen anpil enpòtans. Satan kowonp Kò moun, fè yo avèg anpil, epi fè li mal jisnan zo. Rezon pi fondamantal ki fè Bondye travay pèsonèlman nan lachè se paske objektif delivrans Li a se lèzòm, ki se lachè, e paske Satan sèvi ak kò lèzòm pou deranje travay Bondye. Batay kont Satan se an reyalite travay mache pran lèzòm ak fòs ponyèt, e an menm tan, lèzòm se objè delivrans Bondye. Se sa k fè, travay Bondye nan lachè a esansyèl. Satan kowonp kò lèzòm, e lèzòm vin tounen Satan an pèsonn, e li vin objè Bondye dwe bat la. Konsa, travay goumen ak Satan e sove limanite fèt sou latè, e Bondye dwe pran fòm moun pou goumen ak Satan. Sa se travay ki pratik anpil. Lè Bondye ap travay nan lachè, an reyalite Li ap goumen ak Satan nan lachè. Lè Li travay nan lachè, Li ap fè travay Li nan Rwayòm spirityèl, e Li fèt tout travay Li nan rwayòm spirityèl reyèl sou latè. Moun yo mache pran ak fòs ponyèt se lèzòm, lèzòm ki dezobeyi Li, e moun yo bat la se Satan an pèsonn (byen si, se lèzòm tou), ki se enmy Li, e moun ki delivre finalman se lèzòm. Konsa, li vin menm pi nesesè pou Bondye pran fòm moun ki gen yon kokiy deyò yon kreyasyon, konsa Li ka byen goumen ak Satan, pou mache pran lèzòm, ki pa obeyi Li e ki gen menm kokiy deyò ak Li, e pou sove limanite ki gen menm kokiy deyò ak Li e ke Satan frape. Enmy Li se lèzòm, objektif Li se mache pran lèzòm ak fòs ponyèt, e objektif delivrans Li se lèzòm Li te kreye. Konsa, Li oblije vin moun, e konsa, travay Li vin pi fasil. Li ka bat Satan e mache pran limanite ak fòs ponyèt, e, an plis, Li kapab delivre limanite. Malgre lachè sa nòmal ak reyèl, Li pa nenpòt ki lachè ki sèlman imen, men lachè ki ni imen ni diven. Se diferans ant Li ak lòm, e sa se mak idantite Bondye. Sèlman mòd lachè sa ka fè travay Li gen entansyon fè, e akonpli ministè Bondye lachè, e fè travay Li konplètman nan mitan lèzòm. Si li pat konsa, travay Li nan mitan lèzòm pa t ap gen valè e t ap plen twou vid. Menm si Bondye ka goumen ak lespri Satan e fè viktwa, vye nati kowonpi lèzòm pa janm ka rezoud, e sa ki pa obeyi Bondye ki opoze Li pa ka janm vrèman vin sijè dominasyon Li, ki vle di, Li p ap janm ka mache pran tout limanite ak fòs ponyèt, e p ap janm ka genyen tout limanite. Si travay Li sou latè pa ka rezoud, alò jesyon Li a pa pral janm rive nan bout li, e tout limanite p ap janm gen repo. Si Bondye pa ka jwenn repo ak tout kreyati Li yo, alò pa pral janm gen rezilta jesyon travay sa e an repons laglwa Bondye ap disparèt. Malgre lachè Li pa gen otorite, travay Li fè ap gen yon enpak. Se direksyon inevitab travay Li a. Kèlkeswa lachè Li genyen otorite ou pa, depi Li kapab fè travay Bondye a Limenm, alò, Li se Bondye menm. Kèlkeswa jan lachè sa nòmal ak òdinè, Li ka fè travay Li dwe fè a, paske lachè sa se Bondye e li pa jis yon imen. Rezon lachè sa ka fè travay lèzòm pa ka fè se paske nannan esans Li pa menm jan ak pa imen, e rezon Li ka sove lèzòm se paske idantite Li diferan de pa tout imen. Lachè sa trè enpòtan pou limanite paske Li se lòm e, ankò plis Li se Bondye, paske Li ka fè travay okenn moun òdinè nan lachè pa ka fè, e paske Li ka sove lèzòm kowonpi, ki ap viv ansanm ak Li sou latè. Byen ke Li menm jan ak lòm, Bondye lachè pi enpòtan pou limanite ke nenpòt moun ki gen gwo valè, paske Li ka fè travay Lespri Bondye a pa ka fè, Li pi kapab temwaye de Bondye Limenm ke Lespri Bondye a, e Li pi kapab pran limanite ke Lespri Bondye a. Kòm rezilta, malgre lachè sa nòmal ak òdinè, kontribisyon Li a limanite ak enpòtans Li nan egzistans limanite fè Li ekstrèman presye, e vrè valè ak enpòtans lachè sa pa ka mezire ak pa okenn imen. Menm si lachè sa pa ka detui Satan dirèktemen, Li ka itilize travay Li pou mache pran lèzòm ak fòs ponyèt epi bat Satan, e fè Satan met ajenou devan Li. Se paske Bondye enkane Li ka bat Satan e ka sove limanite. Li pa detui Satan dirèkteman, men okontrè Li vin lachè pou fè travay mache pran limanite a, ke Satan te kowonp. Konsa, Li pi kapab temwaye de tèt Li devan kreyati Li yo, e Li pi kapab sove lèzòm kowonpi. Bondye lachè ki bat Satan se yon pi gwo temwayaj, e pi konvenkan, ke destriksyon dirèk Satan pa Lespri Bondye a. Bondye lachè pi kapab ede lèzòm konnen Kreyatè a e Li pi kapab temwaye de tèt Li nan mitan kreyati Li yo.

Avan:  Konnen Twa Etap Travay Bondye a Se Chemen pou Konnen Bondye

Pwochen:  Vrè nati kò Bondye Abite a

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger