Kòman Lòm Ki Te Limite Bondye nan Ide l yo KaResevwa Revelasyon Bondye yo?

Travay Bondye a toujou ap avanse, e Menm si objektif travay Li pa chanje, metòd Li itilize pou L travay toujou ap chanje, sa vle di sila yo k ap swiv Bondye toujou ap chanje tou. Plis Bondye fè travay, se plis konesans lòm sou Bondye konplè. Chanjman ki koresponn yo rive tou nan tanperaman lòm apre travay Bondye a. Sepandan, se paske travay Bondye a toujou ap chanje ki fè sila yo ki pa konnen travay Sentespri a ak moun ridikil sa yo ki pa konnen verite a kòmanse reziste ak Bondye. Travay Bondye pa janm annakò ak ide lòm yo, paske travay Li toujou nouvo e li pa janm ansyen, e Li pa janm refè ansyen travay, men pito L ap pouse devan ak tavay ki pa t janm fèt avan. Kòm Bondye pa refè travay Li, e lòm toujou jije travay Bondye kounye a pa rapò a travay Li te fè nan tan pase a, li vin difisil anpil pou Bondye fè chak etap travay nouvo epòk la. Lòm gen twòp difikilte! Li twò konsèvatè nan panse l! Pèsonn pa konnen travay Bondye a, men tout moun delimite l. Lè l kite Bondye, lòm pèdi lavi, laverite, ak benediksyon Bondye yo, men li pa aksepte lavi nonplis ni laverite, ankò mwens pi gran benediksyon Bondye bay limanite yo. Tout moun vle gen Bondye, men yo paka tolere okenn chanjman nan travay Bondye. Sila yo ki pa aksepte nouvo travay Bondye a kwè travay Bondye a enchajab, li toujou rete nan menm pozisyon. Nan kwayans yo, tout sa moun bezwen pou jwenn Sali etènèl nan men Bondye se obsève lalwa, e toutan yo repanti ak konfese peche yo, volonte Bondye ap toujou satisfè. Yo fè pati moun ki panse Bondye ka sèlman Bondye ki anba lalwa a ak Bondye ki te kloure sou lakwa pou lòm lan; yo panse tou Bondye pa ta dwe e pa ka depase Bib la. Se presizeman opinyon sa yo ki soude yo byen fò ak ansyen lwa yo e ki kloure yo nan yon seri règ ki mouri. Menm genyen plis ki kwè kèlkeswa nouvo travay Bondye ka fè, fòk li jistifye pa pwofesi yo, e nan chak etap travay sa a, tout sila k ap swiv Li yo ak yon “vrè” kè, Li dwe montre yo divès revelasyon tou; sinon, travay sa a pa t ap ka travay Bondye. Li deja pa yon bagay fasil pou lòm rive konnen Bondye. Mete sou sa kè lòm ki ridikil, ak nati rebèl li kote l panse l enpòtan epi l ògeye, li vin pi difisil toujou pou l aksepte nouvo travay Bondye a. Lòm pa ni bay travay Bondye bon konsiderasyon, ni li pa aksepte l avèk imilite; olyesa, li adopte yon atitid mepri pandan l ap tann revelasyon ak direksyon nan men Bondye. Èske sa se pa konpòtman sila yo ki fè rebèl ak reziste ak Bondye? Kòman moun sa yo kapab genyen apwobasyon Bondye?

Jezi te di travay Jewova a te pran reta nan Epòk Gras la, menm jan mwen di l jodi a, travay Jezi a te pran reta tou. Si se te Epòk Lalwa a sèlman ki te genyen e pa t gen Epòk Gras la, Jezi pa t ap krisifye e L pa t ap ka rachte tout limanite. Si te gen sèlman Epòk Lalwa a, èske lòm t ap janm ka rive jouk jodi a? Listwa ap avanse, e èske listwa se pa lwa natirèl travay Bondye a? Èske se pa reprezantasyon jesyon L pou lòm nan tout linivè? Listwa ap avanse, travay Bondye a ap avanse tou. Volonte Bondye toujou ap chanje. Li pa ta ka rete nan yon sèl etap travay la pandan sis mil ane, paske jan tout moun konnen l, Bondye toujou nouvo, Li pa janm ansyen, e Li pa t ap ka posibleman kontinye fè travay tankou krisifiksyon an, kloure sou lakwa yon fwa, de fwa, twa fwa…. Li t ap ridikil pou panse konsa. Bondye pa kontinye fè menm travay la; travay Li toujou ap chanje e li toujou nouvo, menm jan ak fason mwen di nou nouvo pawòl e fè nouvo travay chak jou. Se travay sa a mwen fè, e sa ki kle a se pawòl “nouvo” ak “mèvèye” yo. “Bondye pa chanje, e Bondye ap toujou Bondye”: pawòl sa a se vrèman laverite; sibstans Bondye a pa chanje, Bondye toujou Bondye, e Li pa ta janm ka tounen Satan, men sa pa pwouve travay Li konstan ak envaryab menm jan ak sibstans Li. Nou deklare Bondye paka chanje, men kòman, lè sa a, nou ka eksplike Bondye toujou nouvo e Li pa janm ansyen? Travay Bondye a ap simaye san rete e li toujou ap chanje, e volonte L toujou ap manifeste e fè lòm konnen l. Lè lòm fè eksperyans travay Bondye a, tanperaman l chanje san kanpe, menm jan ak konesans li. Ki kote, lè sa a, chanjman sa a fèt? Se pa nan travay Bondye a ki toujou ap chanje a? Si tanperaman lòm ka chanje, poukisa lòm pa ka pèmèt travay Mwen ak pawòl Mwen chanje san rete tou? Èske M dwe sijè a restriksyon lòm? Nan sa, èske nou pap itilize move agiman ak lojik pèvèti?

Apre rezireksyon L, Jezi parèt devan disip yo, Li di, “M ap voye sa Papa M te pwomèt la sou nou: men nou dwe rete nan lavil Jerizalèm, jouk pouvwa k ap soti an wo nan syèl la tonbe sou nou.” Èske nou konnen kòman nou ka eksplike pawòl sa yo? èske nou gen pouvwa Li kounye a? Èske nou konprann a kisa “pouvwa” fè referans? Jezi te pwoklame Lespri verite a t ap desann sou moun yo nan dènye tan an. Dènye tan an rive. Èske nou konprann kòman Lespri verite a eksprime pawòl yo? Ki kote Lespri verite a parèt ak travay? Nan liv pwofèt Ezayi a, yo pa t janm mansyone yon timoun ki rele Jezi t ap fèt nan epòk Nouvo Testaman an; yo te senpleman ekri yon ti gason ki rele Emanyèl t ap fèt. Poukisa non “Jezi” a pa t mansyone? Non sa a pa ekri okenn kote nan Ansyen Testaman an; alò, poukisa nou toujou kwè nan Jezi. Sètènman, nou pa t kòmanse kwè nan Jezi apre nou te fin wè L ak pwòp je nou, pa vre? Oswa èske nou te kòmanse kwè lè nou te resevwa yon revelasyon? Èske Bondye ta vrèman montre gras sa a? Èske Li ta lage gwo benediksyon sa yo sou nou? Kisa ki baz kwayans nou nan Jezi? Poukisa nou pa kwè Bondye te vini nan lachè jodi a? Poukisa nou di absans yon revelasyon ki soti nan Bondye pwouve Li pa t vini nan lachè? Èske Bondye dwe enfòme moun avan L kòmanse travay Li? Èske L dwe dabò resevwa apwobasyon yo? Ezayi te senpleman pwoklame yon tigason t ap fèt yon kote yo konn bay bèt manje; li pa t janm pwofetize Mari t ap fè Jezi. Sou kisa egzakteman nou baze kwayans nou nan Jezi ki te soti nan vant Mari a? Sètènman pa gen konfizyon nan kwayans nou! Gen moun ki di non Bondye pa chanje. Poukisa, alò, non Jewova te vin Jezi? Yo te pwofetize Mesi a t ap vini, alò poukisa yon nonm ki rele Jezi te vini? Poukisa non Bondye te chanje? Èske travay sa a pa t fèt depi lontan? Èske Bondye pa ka fè travay ki pi nèf jodi a? Travay yè a ka modifye, e travay Jezi a ka vin apre travay Jewova a? Alò, lòt travay pa ka vin apre travay Jezi a? Si non Jewova ka chanje pou l vin Jezi, alò non Jezi a pa ka chanje tou? Pa gen anyen dwòl nan sa; se jis moun yo lespri yo twò senp. Bondye ap toujou Bondye. Kèlkeswa jan travay Li chanje, e kèlkeswa jan non L ka chanje, dispozisyon L ak sajès Li p ap janm chanje. Si nou kwè yo ka rele Bondye Jezi sèlman, konesans nou byen twò limite. Èske nou oze deklare Jezi ap non Bondye pou toutan, Bondye ap toutan e toujou pote non Jezi, e sa p ap janm chanje? Nou oze deklare avèk sètitid se non Jezi a ki te acheve Epòk Lalwa a e L ap acheve dènye Epòk la tou? Kiyès ki ka di gras Jezi a ka fini epòk la? Si konpreyasyon nou manke klè sou verite sa yo, non sèlman nou p ap ka preche levanjil la, men tou nou p ap ka kanpe fèm. Lè jou a rive pou nou rezoud tout difikilte moun relijye sa yo e rejte tout fo ide yo, sa pral pwouve nou nan yon sèten etap travay la tout bon e nou pa gen okenn dout. Si nou pa ka rejte fo ide yo, yo pral pyeje nou ak pale nou mal. Èske sa se pa t ap yon wont?

Tout jwif yo te li Ansyen Testaman an e yo te konnen nan pwofesi Ezayi a yon tigason t ap fèt yon kote yo konn bay bèt manje. Poukisa, alò, malgre yo te byen konnen pwofesi sa a, yo te pèsekite Jezi kanmèm? Èske se pa akoz nati rebèl yo ak inyorans yo sou travay Sentespri a? Nan tan sa a, Farizyen yo te kwè travay Jezi a te dwe diferan de sa yo te konnen sou tigason pwofesi a te anonse a, e moun yo jodi a rejte Bondye paske travay Bondye nan lachè a pa annakò ak Bib la. Èske esans rebelyon yo kont Bondye se pa menm bagay la? Èske nou ka aksepte, san poze kesyon, tout travay Sentespri a? Si se travay Sentespri a, alò li se bon kouran an, e nou ta dwe aksepte l san okenn dout; nou pa ta dwe chwazi kisa pou nou aksepte. Si nou gen plis konesans ki soti nan Bondye e nou pran plis prekosyon ak Li, se pa yon bagay ki enjistifye? Nou pa bezwen chèche plis jistifikasyon nan Bib la; Si se travay Sentespri a, nou dwe aksepte l, paske nou kwè nan Bondye pou swiv Li, e nou pa ta dwe ankete sou Li. Nou pa ta dwe chèche plis prèv sou Mwen pou pwouve Mwen se Bondye nou, men nou ta dwe kapab disène si M nan avantaj nou—Se sa ki pi enpòtan. Menm si nou jwenn plis prèv irefitab nan Bib la, li pa ka mennen nou konplètman devan M. Nou senpleman bloke nan limit Bib la, e non pa devan Mwen; Bib la pa ka ede nou konnen Mwen, ni li pa ka apwofondi lanmou nou pou Mwen. Menm si Bib la te pwofetize yon tigason t ap fèt, pèsonn pa t ka konprann sou kiyès pwofesi sa a t ap akonpli, paske lòm pa t konnen travay Bondye a, e se sa ki te fè Farizyen yo kanpe kont Jezi. Gen moun ki konnen travay Mwen an pa nan enterè lòm, men yo kontinye kwè Jezi ak Mwen se de moun konplètman separe, ki enkonpatib youn ak lòt. Nan moman an, Jezi te sèlman bay disip Li yo yon seri sèmon nan Epòk gras la sou sijè sa yo tankou kòman pou travay, rasanble, sipliye nan lapriyè, trete lòt moun, elatriye. Travay Li fè a sete travay Gras la, e li te bay eksplikasyon sèlman sou fason pou disip yo ak sila yo ki t ap swiv Li te dwe travay. Li te sèlman fè travay Epòk Gras la e pa ditou travay dènye tan an. Lè Jewova te etabli lwa Ansyen Testaman an nan Epòk Lalwa a; poukisa Li pa t fè travay Epòk Gras la? Poukisa Li pa t endike sa klèman avan travay Epòk Gras la? Èske sa pa t ap ede lòm aksepte l? Li te sèlman pwofetize yon tigason t ap fèt e Li t ap vin gen pouvwa, men Li pa t fè travay Epòk Gras la davans. Travay Bondye a nan chak Epòk gen limit ki klè; Li sèlman fè travay Epòk aktyèl la e Li pa janm fè pwochen etap travay la davans. Se sèlman konsa travay reprezantasyon L lan pou chak epòk ka fèt davans. Jezi te pale sèlman de siy dènye tan yo, de kòman pou moun pasyan ak kòman pou yo sove, kòman pou repanti ak konfese, ak kòman pou pote kwa a, e andire soufrans; Li pa t janm pale de kòman lòm nan dènye tan an t ap reyisi antre, ni de kòman l ta dwe chèche satisfè volonte Bondye. Konsa, li pa ridikil pou fouye Bib la pou chèche travay Bondye nan dènye tan an? Kisa nou ka wè lè nou senpleman akwoche ak Bib la? Ke seswa yon moun k ap ekspoze Bib la oswa yon predikatè, kiyès ki te ka wè travay jodi a davans?

“Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a di legliz yo.” Èske nou tande pawòl Sentespri yo kounye a? Pawòl Bondye yo vini sou nou. Èske nou tande yo? Bondye fè travay pawòl yo nan dènye tan an, e pawòl sa yo se pawòl Sentespri a, paske Bondye se Sentespri a e Li ka vini nan lachè tou; kidonk, pawòl Sentespri yo, jan yo te pale nan tan pase a, se pawòl Bondye ki vin lachè jodi a. Gen anpil moun ridikil ki kwè depi se Sentespri a k ap pale, vwa L ta dwe pale apati de syèl la pou moun tande. Nenpòt moun ki panse konsa, li pa konnen travay Bondye a. An reyalite, pawòl Sentespri yo se pawòl Bondye ki tounen lachè. Sentespri a paka pale ak moun yo dirèkteman; menm nan Epòk Lalwa a, Jewova pa t pale dirèkteman ak moun yo. Èske li pa t ap byen mwens pwobab pou L ta fè sa nan Epòk jodi a? Paske pou Bondye pale pou fè travay, Li dwe vini nan lachè; sinon, travay Li pa t ap kapab akonpli objektif li yo. Sila yo ki nye Bondye vini nan lachè se sila yo ki pa konnen Lespri a oswa prensip Bondye travay ak yo. Sila yo ki kwè kounye a se Epòk Sentespri a, men ki pa aksepte nouvo travay Li se moun k ap viv nan yon lafwa ki vag e abstrè. Moun sa yo p ap janm resevwa travay Sentespri a. Sila yo ki mande Sentespri a sèlman pou L pale ak fè travay Li dirèkteman, e ki pa aksepte pawòl oswa travay Bondye nan lachè a, p ap janm ka antre nan nouvo epòk la oswa Bondye p ap janm ba yo Sali konplè a!

Avan:  Nou ta Dwe Mete Avantaj Estati Ba Nou Apa, epi Konprann Volonte Bondye pou Sove Lèzòm

Pwochen:  Sèlman Sila yo Ki Konnen Bondye ak Travay Li Kapab Satisfè Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger