Kijan Pyè Te rive konnen Jezi
Pandan tan Pyè te pase avèk Jezi, li te wè anpil bèl kalite nan Jezi, anpil aspè ki merite imitasyon, ak anpil aspè ki te anrichi li. Menm si Pyè te wè Bondye nan Jezi nan plizyè fason, epi li te wè anpil bèl kalite, li pa t konnen Jezi okòmansman. Pyè te kòmanse swiv Jezi lè li te gen 20 tan, epi li te kontinye swiv Li pandan sizan. Pandan tan sa a, li pa t janm rive konnen Jezi; Pyè te vle swiv Jezi sèlman paske li te admire Li. Lè Jezi te premye rele l sou rivaj lanmè Galile a, Li te mande l: “Simon Barjona, èske w vle swiv mwen?” Pyè te reponn: “Mwen dwe swiv moun Papa a ki nan syèl la voye a. Mwen dwe rekonèt moun Sentespri a chwazi a. Mwen ap swiv Ou.” Nan epòk sa a, Pyè te deja tande pale de yon nonm yo te rele Jezi—Sila ki te pi gran nan pwofèt yo ak epi Pitit Gason Bondye renmen anpil la—epi Pyè te toujou ap espere rankontre Li, e li te espere jwenn yon chans pou wè Li (paske se nan sans sa a Sentespri a te dirije li). Malgre Pyè pa t janm wè Li, epi se sèlman rimè li te konn tande sou Li, Pezape yon swaf ak adorasyon pou Jezi te grandi nan kè l, epi souvan li te anvi wè Jezi yon jou. E kòman Jezi te rele Pyè? Li menm tou te tande pale de yon nonm yo rele Pyè, epoutan, se pa Sentespri ki te mande Li: “Ale nan lanmè Galile a, kote gen yon moun yo rele Simon Barjona.” Jezi te tande yon moun di te gen yon nonm yo rele Simon Barjona, epi gen moun ki te konn tande prèch li, ke li menm tou t ap preche levanjil wayòm syèl la, epi tout moun ki te konn tande li yo te konn tonbe kriye sou emosyon. Lè Jezi te tande sa, Li te swiv nonm sa a jouk nan lanmè Galile a. Lè Pyè te fin asepte apèl Jezi a, li te swiv Li.
Pandan tan li t ap swiv Jezi a, Pyè te fè anpil opinyon sou Li e li te toujou jije Jezi selon pwòp konpreyansyon li. Malgre Pyè te konprann Lespri a yon ti kras, konpreyansyon li te yon ti jan pa klè, se poutèt sa li te di: “Mwen dwe swiv moun sa a Papa a ki nan syèl la voye a. Mwen dwe rekonèt Sila Sentespri te chwazi a.” Li pa te konprann bagay Jezi te fè yo, e li te manke klè sou yo. Kèk tan apre li t ap swiv Li, Pyè te kòmanse entèrese nan sa Li t ap fè ak nan sa Li t ap di, epi nan Jezi li menm. Li te vin santi Jezi te enspire afeksyon ak respè; li te renmen asosye avèk Li epi rete bò kote Li, epi nan koute pawòl Jezi yo, li te jwenn pwovizyon ak èd. Pandan tan li t ap swiv Jezi a, Pyè te obsève e li te bay tout bagay ki konsène lavi Jezi anpil enpòtans: Aksyon Li yo, pawòl Li yo, mouvman Li yo, ak ekspresyon Li. Li te vin byen konprann Jezi pa t menmjan ak yon moun òdinè. Menm si li te gen aparans yon moun toutafè nòmal, Li te ranpli ak lanmou, ak konpasyon, ak tolerans pou moun. Tout sa Li te fè oswa Li te di te ede lòt moun anpil, epi Pyè te wè e li te vin jwenn nan men Jezi bagay li pa t janm wè ni posede. Li te wè menmsi Jezi pa t ni yon jeyan gason, ni sanble yon moun ki pa nòmal, Li te vrèman parèt ekstwòdinè epi diferan. Menm si Pyè pa t kapab fin esplike sa nèt, li te kapab wè kòman Jezi te aji yon fason ki diferan de tout lòt moun yo, paske bagay Li te fè yo te diferan nèt ak sa yon moun òdinè te kapab fè. Depi lè li te an kontak ak Jezi, Pyè te wè tou kòman karaktè Li te diferan de yon nonm òdinè. Li te toujou poze nan fason L ap aji, epi Li pa t janm prese, Li pa t janm ekzajere ni souzestime yon sijè, e Li te mennen lavi Li nan yon fason ki te montre yon karaktè alafwa nòmal e admirab. Nan konvèsasyon, Jezi te pale klè epi avèk elegans, Li te toujou kominike ak kè kontan, men nan trankilite—epoutan Li pa t janm pèdi diyite Li pandan Li t ap fè travay Li. Pyè te wè Jezi te konn fè silans pafwa, pandan ke gen lòt fwa, Li te konn pale san rete. Pafwa kè Li te tèlman kontan, Li te konn parèt tankou yon pijon k ap vòltije, vole adwat agòch, epi lòt fwa, Li te konn tèlman tris ke Li pa t konn pale ditou, Li te sanble chaje ak lapenn tankou yon manman ki san fòs epi ki bouke. Pafwa Li te plen ak kòlè tankou yon sòlda brav ki touprèt pou touye yon lènmi oswa, nan kèk okazyon, Li te konn menm sanble ak yon lyon k ap gwonde. Pafwa Li te konn ri; lòt fwa, Li te konn priye epi kriye. Kèlkeswa jan Jezi te aji, Pyè te vin aprann gen yon lanmou ak yon respè san limit pou Li. Ri Jezi te ranpli l ak lakontantman, lapenn Li te plonje l nan soufrans, kòlè Li te fè l pè, tandiske mizèrikòd Li, padon Li, ak lòd sevè Li te pase moun yo, tout sa te fè l vin renmen Jezi tout bon epi devlope yon vrè respè ak yon vrè dezi pou Li. Natirèlman, se sèlman apre Pyè te viv ansanm ak Jezi pandan plizyè lane, Li te vin konprann tout bagay sa yo pezape.
Pyè se te yon nonm patikilyèman sansib, ki te fèt ak yon entèlijans natirèl, men li te fè anpil bagay nan tèt cho lè li t ap swiv Jezi. Okòmansman, li te gen kèk lide sou Jezi. Li te mande: “Moun yo di Ou se yon pwofèt, ebyen èske lè ou te gen uit an, epi W te kòmanse gen konprann, Ou te konnen Ou se Bondye? Èske Ou te konnen se Sentespri a ki te mete W nan vant manman W?” Jezi te reponn: “Non, Mwen pa t konnen. Èske Mwen pa sanble yon moun nòmal nan je w? Mwen se menm ak nenpòt ki lòt moun. Moun Papa a voye a se yon moun nòmal, se pa yon moun ekstwòdinè. Epi, menm si travay M ap fè a reprezante Papa M ki nan syèl la, aparans Mwen, moun Mwen ye a, ak kò chanèl Mwen pa kapab reprezante Papa M ki nan syèl la totalman—sèlman yon pati nan Li. Menm si Mwen soti nan Lespri, Mwen toujou yon moun òdinè, epi Papa M te voye M sou tè sa a tankou yon moun nòmal, pa yon moun ekstwòdinè.” Se sèlman lè Pyè te tande sa, li te vin gen yon ti konpreyansyon sou Jezi. Epi se sèlman apre li te fin pase yon bann ak yon pakèt èdtan nan travay Jezi, nan ansèyman Li, anba swen Li kòm gadò, epi nan resevwa sipò Li, Pyè te vin gen yon konpreyansyon ki pi pwofon. Lè Jezi te rive nan 30tyèm ane li, Li te pale ak Pyè sou krisifiksyon Li ki te gen pou rive, e ke Li te vini pou L fè yon etap nan travay la—travay krisifiksyon an—pou rachte tout limanite. Jezi te di Pyè ankò, twa jou apre krisifiksyon an, Pitit lòm nan t ap leve ankò, epi kou Li te fin leve, Li t ap parèt devan pèp la pandan 40 jou. Lè Pyè te tande pawòl sa yo, li te tris, li te bay pawòl sa yo tout enpòtans yo; depi lè sa a, li te vin pi pre Jezi. Aprè kèk tan eksperyans, Pyè te vin reyalize ke tout sa Jezi te fè te sòti nan Bondye, e li te vin panse Jezi te merite pou moun renmen L yon fason espesyal. Se sèlman lè li te vin gen konpreyansyon sa a Sentespri a te klere l andedan. Se lè sa a Jezi te tounen vin jwenn disip li yo ak lòt moun ki t ap swiv Li, epi Li te mande yo: “Jan, ki moun ou di Mwen ye menm?” Jan te reponn: “Ou se Moyiz.” Li te vire sou Lik: “E ou menm, Lik, ki moun ou di Mwen ye?” Lik te reponn: “Ou se pi gran nan pwofèt yo.” Apre sa, Li te mande yon sè, epi sè a te reponn: “Ou se pi gran nan pwofèt yo ki pale anpil pawòl depi tout tan ak pou tout tan. Pwofesi pyès moun pa pi gran pase pa Ou yo, ni konesans pyès moun pa depase pa Ou yo; Ou se yon pwofèt.” Lè sa a, Jezi te vire bò kote Pyè, Li mande li: “Pyè, ki moun ou di Mwen ye?” Pyè te reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an. Ou soti nan syèl la. Ou pa fè pati latè a. Ou pa menm ak kreyasyon Bondye yo. Nou sou latè, epi Ou isit la avèk nou, men Ou menm Ou soti nan syèl, Ou pa moun mond la, Ou pa moun latè a.” Se te atravè eksperyans Li Sentespri a te klere l, se sa ki te pèmèt li rive nan konpreyansyon sa a. Aprè li te fin jwenn limyè sa a, li te menm admire plis toujou tout bagay Jezi te fè, li te konsidere Li te merite pou yo renmen L plis toujou, e li te toujou ezite nan kè l pou l ta separe ak Jezi. Se konsa, premye fwa Jezi te fè Pyè wè L apre yo te kloure L sou kwa a, epi Li te fin resisite, Pyè te rele ak yon lakontantman san parèy: “Seyè! Ou leve sòti vivan!” Apre sa, tout pandan li t ap kriye, Pyè te pran yon gwo papa pwason, li kwit li, li sèvi Jezi. Jezi te souri, men Li pa t pale. Menm si Pyè te konnen Jezi te resisite, li pa t konprann mistè a. Lè li te bay Jezi pwason an pou L manje, Jezi pa t refize, men Li pa t pale oswa chita pou manje. Olye de sa, Li te disparèt toudenkou. Sa te yon gwo chòk pou Pyè, e se sèlman lè sa a li te konprann Jezi ki te resisite a te diferan ak Jezi anvan an. Yon fwa li te konprann sa, Pyè te gen gwo lapenn, men tou li te jwenn konsolasyon lè l te vin konnen Seyè a te akonpli travay Li. Li te konnen Jezi te konplete travay Li, li te vin konnen tan pou Jezi te pase ak lòm nan te fini, e kounye a lòm t ap gen pou l swiv pwòp chemen pa l. Yon lè Jezi te di l: “Nou menm tou nou dwe bwè nan gode anmè mwen te bwè a (se sa Li te di apre Li te fin resisite). Nou menm tou nou dwe mache nan chemen Mwen te mache a. Nou dwe bay lavi nou pou Mwen.” Kontrèman ak kounye a, travay nan epòk sa a pa t konn pran fòm yon konvèsasyon fasafas. Pandan Tan lagras la, travay Sentespri a te sitou kache, epi Pyè te soufri anpil difikilte. Pafwa, Pyè te konn rive nan pwen pou l te di: “Bondye se sèlman lavi sa a mwen genyen. Menm si li pa vo anpil bagay pou Ou, mwen vle dedye li ak Ou. Menm si lèzòm pa diy pou renmen Ou, epi lanmou yo ak kè yo pa vo anyen, mwen kwè Ou konnen dezi kè lèzòm. E menm si kò lèzòm pa pa ranpli kondisyon pou W asepte yo, mwen swete pou Ou aksepte kè mwen.” Lè li te fè priyè sa yo, sa te ba l ankourajman, sitou lè l te priye: “Mwen prè pou konsakre kè mwen ann antye bay Bondye. Menm si mwen pa kapab fè anyen pou Bondye, mwen vle satisfè Li fidèlman epi konsakre tèt mwen ba Li ak tout kè mwen. Mwen kwè Bondye dwe gade kè mwen.” Li te di: “Mwen pa mande lòt bagay nan lavi mwen, sèlman pou Bondye asepte panse lanmou mwen pou Bondye ak dezi kè mwen. Mwen te avèk Seyè Jezi pou anpil tan, men mwen pa t janm renmen Li; sa a se pi gwo dèt mwen. Menm si mwen te rete avè L, mwen pa t konnen L, e mwen menm te di kèk bagay ki pa t kòrèk dèyè do L. Lè m reflechi sou bagay sa yo, sa fè m santi mwen gen plis dèt toujou anvè Senyè Jezi.” Li te toujou priye konsa. Li te di: “Mwen gen mwens valè pase pousyè. Mwen pa ka fè anyen, men mwen dedye kè fidèl sa a bay Bondye.”
Pyè te rive nan pwen ki pi wo nan eksperyans li yo, lè kò li te prèske fin kraze nèt, men Jezi te toujou ba li kouraj anndan l. Epi yon fwa, Jezi te parèt devan Pyè. Pandan Pyè te nan gwo soufrans, pandan li te santi kè li fin dechire, Jezi te pale konsa ak li: “Ou te ansanm avè M sou latè, e Mwen te la avèk ou. E menm si avan sa nou te ansanm nan syèl, apretou, se mond espirityèl la. Kounye a, M ap retounen nan mond espirityèl la, epi ou menm ou sou latè, paske Mwen pa moun latè, e menm si ou menm nonplis ou pa moun latè, ou dwe akonpli misyon ou sou latè. Paske ou se yon sèvitè, ou dwe akonpli devwa ou.” Lè l te tande li t ap kapab retounen bò kote Bondye, sa te rekonfòte Pyè. Nan moman sa a, Pyè te sitèlman nan agoni, li pa t prèske kite kabann ditou; li te tèlman santi remò ke li te rive nan pwen pou l di: “Mwen tèlman kowonpi ke mwen pa kapab satisfè Bondye.” Jezi te parèt devan l epi Li te di l: “Pyè, èske se bliye ou ta bliye angajman ou te pran yon yon fwa devan M? Èske se tout bon ou bliye tout sa Mwen te di? Èske w bliye angajman ou te pran pou Mwen an?” Lè Pyè te wè se Jezi, li te leve sou kabann li, epi Jezi te rekonfòte l konsa: “Mwen pa moun latè, Mwen te di w sa deja—ou dwe konprann sa, men èske w bliye yon lòt bagay Mwen te di w? ‘Ou menm tou, ou pa moun latè, ou pa moun mond sa a.’ Kounye a menm, gen travay ou bezwen fè. Ou pa kapab aflije konsa. Ou pa kapab ap soufri konsa. Menm si lèzòm ak Bondye pa kapab egziste ansanm nan menm mond lan, Mwen gen travay pa M, epi ou gen travay pa w, e yon jou, lè travay ou fini, n ap ansanm nan yon menm wayòm, epi M ap kondui w pou w rete ansanm avè M pou tout tan.” Pyè te rekonfòte epi li te reprann asirans apre li te fin tande pawòl sa yo. Li te konnen soufrans sa a se te yon soufrans li t ap bezwen andire epi eksperimante, e depi lè sa a, li te enspire. Jezi te parèt espesyalman devan l nan chak moman kle sa yo, pou ba li yon limyè ak yon direksyon espesyal, epi Li te fè gwo travay nan li. E ki sa Pyè te plis regrèt? Pa lontan apre, Pyè te di “Ou se Pitit Bondye vivan an,” Jezi te poze Pyè yon lòt kesyon (Menm lè li pa ekri konsa nan Bib la). Jezi te mande l: “Pyè! Èske w te janm renmen M?” Pyè te konprann sa Jezi te vle di, epi li reponn: “Seyè! Mwen te renmen Papa a ki nan syèl la, men mwen rekonèt mwen pa t janm renmen W.” Jezi di apre sa: “Si moun yo pa renmen Papa a ki nan syèl la, kijan y ap fè renmen Pitit la ki sou tè a? E si moun yo pa renmen Pitit la Bondye ki se Papa a voye a, kijan y ap fè renmen Papa a ki nan syèl la? Si moun yo renmen Pitit la ki sou tè a tout bon, konsa tou yo renmen Papa a ki nan syèl la tout bon.” Lè Pyè te tande pawòl sa yo, li te vin rann li kont kisa li te manke. Li te toujou santi remò jiskaske li te kriye sou pawòl “mwen te renmen Papa a ki nan syèl la, men mwen pa t janm renmen W.” Apre Jezi te fin resisite epi monte nan syèl, li te santi plis remò toujou ak lapenn pou pawòl sa yo. Lè li sonje travay pase li ak nivo li kounye a, souvan li te konn vini devan Jezi nan lapriyè, li te konn toujou santi regrè ak yon dèt paske li pa t rankontre volonte Bondye epi paske li pa t alawotè prensip BonDye yo. Pwoblèm sa yo te vin tounen pi gwo chay sou do l. Li te di: “Yon jou, m ap dedye ba Ou tout sa mwen genyen ak tout sa mwen ye, epi m ap ba Ou kèlkeswa sa ki gen plis valè a.” Li te di toujou: “Bondye! Mwen genyen yon sèl lafwa ak yon sèl lanmou. Lavi m pa vo anyen epi kò mwen pa gen okenn valè. Mwen genyen yon sèl lafwa ak yon sèl lanmou. Mwen genyen lafwa nan Ou nan panse m, epi lanmou pou Ou andedan kè m; se de (2) bagay sa yo sèlman mwen genyen pou m ba Ou, epi anyen ankò.” Pyè te jwenn gwo ankourajman nan pawòl Jezi yo, paske avan yo te krisifye Jezi, li te di Pyè: “Mwen pa pou mond sa a, ou menm tou, ou pa pou mond sa a.” Pita, lè Pyè te rive nan pwen kote li te gen gwo lapenn, Jezi te fè l sonje: “Pyè, èske w te bliye? Mwen pa pou mond sa a, e se te sèlman pou travay Mwen ki fè Mwen te ale pi bonè. Ou menm nonplis pa pou mond sa a, èske se tout bon ou te bliye? Mwen te di w sa de (2) fwa, Ou pa sonje?” Lè Pyè te tande sa, li te reponn: “Mwen pa t bliye non!” Apre sa Jezi te di: “Ou te pase yon moman kè kontan ansanm avè M nan syèl la, ou te pase yon bon bout tan bò kote M. Ou manke M, e Mwen manke w. Menm lè kreyasyon yo pa vo lapenn pou atire atansyon M, kijan pou M pa ta renmen yon moun ki inosan epi emab? Èske w te bliye pwomès Mwen? Ou dwe asepte komisyon M ba w fè sou tè a; ou dwe akonpli travay Mwen konfye w la. Yon jou, asireman M ap kondui w pou mete w bò kote m.” Apre li te fin tande sa, Pyè te vin pran plis kouraj toujou e li te menm resevwa yon pi gwo enspirasyon, atèlpwen jiskaske lè li te sou kwa a, li te kapab di: “Bondye! Mwen pa kapab renmen W ase! Menm si W mande m pou m mouri, m ap toujou pa kapab renmen W ase. Kèlkeswa kote ou voye nanm mwen, kit Ou akonpli pwomès pase W yo ou non, kèlkeswa sa W fè ann apre, mwen renmen W epi mwen kwè nan Ou.” Sa li te kenbe byen fèm, se te lafwa li ak yon lanmou tout bon.
Yon jou swa, plizyè nan disip yo, Pyè te la tou, te nan yon bato lapèch ansanm ak Jezi, epi Pyè te poze Jezi yon kesyon tou senp: “Seyè, mwen ta renmen poze W yon kesyon ki nan lespri m depi lontan.” Jezi te reponn: “Ebyen poze li!” Se konsa Pyè te mande: “Èske se Ou ki te fè travay ki te akonpli pandan Tan Lalwa a?” Jezi te souri pandan Li t ap di: “Pitit sa a, tan li inosan!” Apre sa, Li te kontinye ak sijè a: “Se pa t Mwen menm. Se te travay Jehovah ak Moyiz.” Pyè te tande sa epi li te di byen fò: “O! Konsa, se pa t travay Ou.” Kou Pyè te fin di sa, Jezi pa t pale ankò. Pyè t ap panse nan li menm: “Se pa t Ou ki te fè l, kidonk sa pa etonan Ou vini pou detwi lalwa, kòm se pa t travay Ou.” Anmenmtan, kè li te soulaje. Apre sa, Jezi te reyalize kijan Pyè te nayif, men kòm nan peryòd sa a li pa t ko gen konprann, Jezi pa t di anyen anplis, ni Li pa t demanti l yon fason dirèk. Yon fwa Jezi t ap preche nan yon sinagòg kote anpil moun te prezan, Pyè te la tou. Nan mesaj li a Jezi te di: “Sila k ap vini sòti nan letènite rive nan letènite a pral fè travay redanmsyon an pandan Tan Lagras la pou rachte tout limanite anba peche, men se pa okenn règ ki pral kontrenn Li retire moun nan peche. L ap sòti nan lalwa pou L antre nan Tan Lagras la. L ap rachte tout limanite. L ap avanse sòti nan Tan Lalwa a pou L pase nan Tan Lagras la, men pèsonn pa konnen Li, Limenm ki sòti nan Jewova. Travay Moyiz te akonpli a, se Jewova ki te ba li l. Moyiz te ekri lalwa akoz travay Jewova te fè a.” Kou L te fin di sa, Li te kontinye: “Sila yo ki aboli kòmandman Tan Lagras la pandan Tan Lagras la pral fè rankont ak kalamite. Yo dwe kanpe nan tanp lan, epi resevwa destriksyon Bondye, epi dife ap tonbe sou yo.” Pawòl sa yo te gen efè sou Pyè lè l te tande yo, e pandan tout tan eksperyans li, Jezi te gide epi soutni Pyè; pale avè l kè ak kè, sa ki te vin bay Pyè yon pi bon konprann menm tou piti sou Jezi. Lè Pyè te vin ap panse sou sijè Jezi te preche jou sa a, ak kesyon li te poze Jezi lè yo te ansanm nan bato lapèch la, repons Jezi te bay la, epitou jan Li te souri a, finalman Pyè te vin konprann tout bagay. Apre sa, Sentespri te vin klere Pyè, e se sèlman lè sa li te vin konprann ke Jezi se Pitit Bondye vivan an. Bon konprann Pyè te sòti nan ekleraj Sentespri a, men te genyen yon seri etap nan konpreyansyon li. Se te nan poze kesyon, tande Jezi k ap preche, apre sa, nan resevwa kominyon espesyal Jezi ak direksyon espesyal Li, Pyè te vin reyalize ke Jezi se te Pitit Bondye vivan an. Se pa yon bagay ki te rive fèt nan yon sèl jou, se te yon seri etap, e sa ta pral ede li nan eksperyans li ta pral gen pou l fè pi devan yo. Poukisa Jezi pa fè travay pèfeksyon sa a nan lòt moun, men sèlman nan Pyè? Paske se sèlman Pyè ki te rive konprann Jezi se Pitit Bondye vivan an; pèsonn lòt moun pa t konn sa. Malgre te gen anpil disip ki te konnen anpil bagay pandan yo t ap swiv Jezi, konesans yo te san pwofondè. Se poutèt sa Jezi te chwazi Pyè tankou yon modèl moun ki vin pafè. Sa Jezi te di Pyè yo se menm bagay L ap di moun jodi a, ki dwe rive nan menm nivo konesans ak Pyè epi antre nan lavi menm jan avè l. Se ann akò ak ekzijans sa a epi nan chemen sa a Bondye ap pèfeksyone chak moun. Poukisa gen ekzijans jodi a pou moun genyen lafwa tout bon ak lanmou tout bon? Nou menm tou nou dwe eksperimante sa Pyè te eksperimante yo; fwi Pyè te rekòlte yo gras ak eksperyans li yo dwe manifeste nan nou tou; e nou menm tou, nou dwe eksperimante doulè Pyè te soufri yo. Wout n ap mache a, se sou menm wout sa a Pyè te mache. Soufrans n ap soufri a, se menm soufrans sa a Pyè te soufri. Lè nou resevwa laglwa e lè nou ap viv pou tout bon, lè sa a lavi nou selon imaj lavi Pyè. Chemen an se menm nan li ye, e yon moun ap vin pafè lè w swiv li. Se vre, dimansyon nou enpe manke pa rapò ak dimansyon Pyè, paske tan yo chanje, menm jan ak etandi koripsyon lèzòm, epi paske Jide se te yon wayòm ki te la nan tan lontan ak yon ansyen kilti. Konsa, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou amelyore dimansyon nou.
Pyè se te yon moun ki te sansib anpil, prevwayan nan tout sa li t ap fè, epitou li te onèt depase mezi. Li te soufri anpil difikilte. Premye kontak li ak lasosyete te fèt lè l te gen 14 an, lè li te kòmanse al lekòl ak nan sinagòg la tou. Li te gen anpil chalè epi li te toujou volontè pou l ale nan reyinyon yo. Nan epòk la, Jezi pa t ko kòmanse travay Li ofisyèlman; Tan Lagras la te apenn kòmanse. Pyè te kòmanse antre an kontak ak pèsonaj relijye yo lè l te gen 14 an; lè li vin gen 18 an, li te gen kontak ak elit relijye yo, men apre li te fin wè tout briganday ki te kache dèyè larelijyon, li te rale kò l ladan. Lè li te dekouvri nan ki pwen moun sa yo te mètdam, sounwa, entrigan, sa te ba l anpil degoutans (se konsa Sentespri a t ap travay nan moman an, pou rann li pafè. Li te pouse l espesyalman epi Li te fè kèk travay espesyal sou li), epi konsa li te wete kò l nan sinagòg la nan laj 18 an. Paran li yo te pèsekite l e yo pa t vle kite l kwè (se demon yo te ye epi yo pa t kwayan). Finalman, Pyè te kite lakay li epi li te vwayaje toupatou, li te fè lapèch epi preche pandan dezan, pandan tan sa a li te gen kèk moun anba direksyon li. Kounye a, ou ta dwe kapab wè aklè wout egzak Pyè te pran an. Si ou kapab wè chemen Pyè a aklè, ebyen w ap gen sètitid sou travay ki akonpli jodi a, konsa ou p ap ni plenyen, ni rete pasif, oswa konvwate okenn bagay. Ou ta dwe santi nan ki etadespri Pyè te ye nan epòk la: chagren te anpare li; li pa t enterese mande ni avni ni benediksyon ankò. Li pa t ap chèche ni pwofi, ni bonè, ni renome, ni richès nan mond lan; li te sèlman ap chèche pou l viv lavi ki fè plis sans lan, ki vle di rann Bondye lanmou Li a epi konsakre bay Bondye sa li te bay plis valè nan lavi l. Konsa li t ap santi li satisfè nan kè l. Li te konn priye Jezi souvan ak pawòl sa yo: “Seyè Jezi Kris, mwen te renmen W yon fwa, men mwen pa t janm renmen W tout bon. Malgre mwen te konn di mwen gen lafwa nan Ou, mwen pa t janm renmen W ak yon kè sensè. Mwen te sèlman respekte W, adore W, epi manke W, men mwen pa t janm renmen W ni montre mwen gen lafwa nan Ou tout bon.” Li te toujou ap priye pou pran rezolisyon li, e pawòl Jezi yo te toujou ankouraje l epi li te jwenn motivasyon ladan yo. Pita, apre yon peryòd eksperyans, Jezi te teste l, Li t ap pouse l pou fè l anvi prezans Li pi plis toujou. Li te di: “Seyè Jezikri! Se pa de manke Ou manke m, se pa ti anvi mwen pa genyen pou m wè W. Mwen gen twòp mank, e m pa kapab konpanse lanmou Ou. M ap sipliye w pou W Mennen m ale avan lontan. Ki lè W ap gen bezwen m? Ki lè W ap Mennen m ale? Ki lè m ap gen chans wè vizaj Ou yon lòt fwa ankò? M pa swete kontinye viv pi lontan nan kò sa a, pou m kontinye vin kowonpi, ni m pa swete vin rebele pi devan. Mwen pare pou m dedye tout sa m genyen ba Ou pi vit mwen kapab, e m pa swete pou m rann ou tris ankò pi devan.” Se konsa li te priye, men li pa t konnen nan moman sa a kisa Jezi t ap pèfeksyone nan li. Pandan li te nan agoni eprèv li a, Jezi te parèt devan l ankò epi li te di l: “Pyè Mwen vle rann ou pafè, yon fason pou w tounen yon mòso fwi, sila ki se kristalizasyon pèfeksyon M nan ou, epi ki kapab ban m kè kontan. Èske w kapab temwaye pou Mwen tout bon? Èske w te fè sa Mwen mande w pou w fè? Èske w viv pawòl Mwen te pale yo? Ou te renmen M yon fwa, men menm si w te renmen M, èske w te viv Mwen nan lavi w? Kisa w te fè pou Mwen? Ou rekonèt ou pa merite lanmou Mwen, men kisa w te fè pou Mwen?” Pyè te reyalize li pa t fè anyen pou Jezi epi li te raple l sèman li te fè anvan pou l bay Bondye lavi li. Konsa, li te sispann plenyen, epi priyè li yo apre sa te vin amelyore. Li te priye konsa: “Seyè Jezi Kris! Mwen te kite w yon fwa, epi Ou menm tou te kite m yon fwa. Nou pase tan apa, epi nou pase tan ansanm. Pou jiskounye a, Ou renmen m plis pase tout lòt bagay. Mwen rebele kont Ou plizyè fwa, e mwen fè w chagren plizyè fwa. Kijan mwen kapab bliye bagay sa yo? Mwen toujou genyen nan lespri m, e mwen pa janm bliye travay Ou fè nan mwen epi sa Ou konfye mwen. Mwen fè tout sa mwen kapab pou travay Ou akonpli nan mwen an. Ou konnen sa mwen kapab fè, epi Ou konnen tou ki wòl mwen kapab jwe. Mwen swete soumèt mwen anba direksyon Ou, epi m ap dedye tout sa mwen genyen pou Ou. Se sèl Ou menm ki konnen kisa mwen kapab fè pou Ou. Menm lè Satan tèlman fè m fè tenten epi mwen te rebele kont Ou, Mwen kwè Ou p ap sonje transgresyon sa yo ni Ou p ap trete m selon yo. Mwen swete dedye tout lavi m pou Ou. Mwen pa mande anyen, epi mwen pa genyen nonplis okenn lòt espwa ni pwojè; mwen sèlman swete aji selon entansyon Ou epi fè volonte W. M ape bwè nan koup anmè W la, epi mwen livre tèt mwen ba Ou pou W kòmande m.”
Nou dwe klè nan sa ki regade wout n ap mache a; nou dwe klè nan sa ki regade wout nou pral pran pi devan an, kisa Bondye ap rann pafè, e se sa Li konfye nou. Petèt yon jou n ap gen pou nou pase anba eprèv, lè moman sa a rive, si nou kapab tire enspirasyon nan eksperyans Pyè yo, sa ap montre nou vrèman ap mache sou chemen Pyè a. Pyè te resevwa konpliman nan men Bondye akoz li te gen lafwa ak lanmou tout bon pou Bondye epi akoz senserite li anvè Bondye. E se poutèt onètete li ak dezi li te genyen pou Bondye andedan kè l ki fè Bondye te rann li pafè. Si nou genyen tout bon menm lanmou ak lafwa Pyè te genyen yo, ebyen asireman Jezi ap rann nou pafè.