Ou ta Dwe Konnen Kòman Tout Limanite te Devlope jiska Jodi a

Tout travay ki te fèt pandan sis mil ane yo te chanje pwogresivman pandan diferan epòk yo te vini epi ale. Chanjman nan travay sa a te baze sou sitiyasyon jeneral mond lan ak sou tandans devlòpman limanite annantye. An konsekans, travay jesyon an te sèlman chanje pwogresivman. Tout bagay pa t planifye depi kòmansman kreyasyon an. Anvan mond lan te kreye, oswa yon ti bout tan apre, Jewova pa t ko planifye premye etap travay la, ki se lalwa; dezyèm etap travay la ki se lagras; oswa twazyèm etap travay la ki se konkèt, kote Li t ap kòmanse dabò avèk kèk nan desandan Moab yo, epi, atravè sa, konkeri tout linivè. Apre L te fin kreye mond lan, li pa t janm pale pawòl sa yo, ni Li pa t janm di yo apre Moab; sètènman, anvan Lòt, li pa t janm pale yo. Tout travay Bondye fèt san planifikasyon. Se egzakteman konsa tout sis lane travay jesyon L lan pase. Li pa t nan okenn ka, anvan L te kreye mond lan, ekri yon plan nan fòm yon bagay tankou “yon Tablo Rekapitilatif pou Devlòpman limanite.” Nan travay Bondye, Li eksprime sa Li ye dirèkteman; Li pa kase tèt Li pou L fòmile yon plan. Sètènman, kèk pwofèt te pwononse anpil gran pwofesi, men moun toujou paka di travay Bondye a te yon bagay ki planifye avèk presizyon; pwofesi sa yo te fèt selon travay Bondye nan tan sa a. Tout travay Li fè se bagay ki pi reyèl. Li fè l selon devlòpman chak epòk, e li baze l sou fason bagay yo chanje. Pou Li, fè travay se menm jan ak bay medikaman pou trete yon maladi; pandan L ap fè travay Li, Li obsève ak kontinye travay li selon obsèvasyon L. Nan chak etap travay Li, Bondye kapab eksprime gran sajès ak kapasite L. Li revele sajès Li ki anpil ak otorite L selon travay nenpòt epòk an patikilye, e Li pèmèt tout moun sa yo tounen kote L pandan epòk sa a pou wè tout dispozisyon L. Li satisfè bezwen moun selon travay ki dwe fèt nan chak epòk, nan fè kèlkeswa travay Li dwe fè. Li bay moun sa yo gen bezwen selon nivo Satan te kòwonpi yo. Se tankou, lè Jewova te kreye Adan ak Èv okòmansman, Li te fè sa pou pèmèt yo manifeste Bondye sou tè a epi pou yo te ka bay temwayaj pou Bondye nan kreyasyon an. Sepandan, Èv te peche apre sèpan an te fin tante l, e Adan te fè menm bagay la; nan jaden an, yo toude te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la. Konsa, Bondye te gen travay anplis pou L fè sou yo. Lè Li te wè yo toutouni, Li te kouvri kò yo ak rad ki fèt ak po bèt. Apre sa, li di Adan, “Paske w koute vwa madanm ou, epi ou manje fwi pyebwa a Mwen te ba w lòd sou li a, lè m te di, pa manje ladann nan: tè a ap modi akòz ou menm … jiskaske ou retounen ladann; paske se ladann ou soti; se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” Li di fanm lan “Mwen pral ogmante soufrans ou lè w ap fè pitit; Se nan soufrans ou pral akouche; e w ap toujou anvi mari w, epi l ap domine sou ou.” Depi lè sa a, Li te chase yo nan Jaden Edenn lan e li te fè yo viv andeyò jaden an, menm jan lòm modèn ap viv kounye a sou tè a. Bondye te kreye lòm okòmansman menm, sa pa t nan plan L pou L te kite Satan tante lòm apre l te fin kreye l epi apre sa modi lòm ak sèpan an. Li pa t vrèman gen plan sa a; se te sèlman fason bagay yo te devlope ki te ba Li nouvo ba Li nouvo travay pou L fè nan kreyasyon L lan. Apre Jewova te fin fè travay sa a pou Adan ak Èv sou tè a, limanite te kontinye devlope pandan plizyè milye ane, jiskaske “Jewova te wè mechanste lèzòm te anpil sou tè a, epi chak panse ki sot nan kè yo se te sèlman bagay mal tout tan. Jewova te vin regrèt paske li te fè lèzòm sou latè, e kè L te vin sere ak lapenn. … Men Noye te jwenn gras nan je Jewova.” Lè sa a Jewova te gen plis nouvo travay pou L fè, paske limanite Li te kreye a te anfonse twòp nan peche apre sèpan an te fin tante l. Akoz tout sikonstans sa yo, pami tout limanite, Jewova te chwazi fanmi Noe a pou epanye l e apre sa Li te fè travay Li ki se destriksyon mond lan avèk yon inondasyon. Limanite te kontinye devlope nan fason sa a jouk rive jou sa a menm, li t ap vin pi kòwonpi, e lè moman an rive kote devlòpman lòm atenn apoje l, sa pral vle di fen limanite. Depi kòmansman jiska fen mond lan, verite ki nan travay Li a te toujou la e l ap toujou konsa. Se menm jan ak fason moun yo pral klase selon kategori yo; sa lwen ka kote chak moun predestine depi okòmansman pou l fè pati yon kategori an patikilye, olye sa, chak moun kategorize pwogresivman sèlman apre yo fin sibi yon pwosesis devlòpman. Alafen, nenpòt moun ki paka bay Sali konplè pral retounen jwenn “zansèt” li yo. Okenn nan travay Bondye nan limanite pa t gentan prepare lè kreyasyon mond lan, olye sa, se devlòpman bagay ki te pèmèt Bondye fè travay Li pazapa e nan yon fason ki pi reyalis ak pi pratik. Pa egzanp, Jewova Dye pa t kreye sèpan an pou l te tante fanm lan; sa pa t nan plan espesifik li, ni sa pa t yon bagay Li te predestine entansyonèlman. Yon moun ta ka di se yon bagay ki te fèt sanzatann. Kidonk, se poutèt sa Jewova te mete Adan ak Èv deyò nan Jaden Edenn lan e Li te pwomèt pou L pa janm kreye lòm ankò. Sepandan, moun sèlman dekouvri sajès Bondye sou baz sa a. Se jis jan menm mwen te di l anvan: “Mwen egzèse sajès Mwen sou baz konplo Satan yo.” Kèlkeswa jan limanite kòwonpi a ap grandi oswa jan sèpan an tante li, Jewova toujou gen sajès Li, konsa Li angaje nan nouvo travay depi Li te kreye mond lan, e okenn nan etap travay sa yo pa janm reprann. Satan ap mete konplo yo annegzikisyon san rete, Satan te toujou kòwonpi limanite, e Jewova Dye te fè travay sajès li san kanpe. Li pa t janm echwe, ni li pa t janm sispann travay, depi mond lan te kreye. Apre Satan te fin kòwonpi lèzòm, Li te kontinye travay pami yo pou ranpòte laviktwa sou li, lènmi an ki te sous kòripsyon yo. Batay sa a ap mennen depi okòsman, e li pral kontinye jiska fen mond lan. Lè L fè tout travay sa a, Jewova Dye nonsèlman pèmèt lèzòm, ke Satan kòwonpi, resevwa gran Sali L la, men tou Li pèmèt yo wè sajès Li, tout pisans Li ak otorite L. Anplis, nan fen an, Li pral kite yo wè nati jis Li—nan pini mechan yo ak rekonpanse sa ki bon yo. Li te konbat Satan jouk jounen jodi a e Li pa janm pèdi batay. Se paske Li se yon Bondye ki saj. Poutèt sa, Bondye pa sèlman fè tout bagay nan syèl la soumèt anba otorite L, men tou Li fè tout bagay sou tè a rete anba repozpye L e, pa mwens, Li fè li fè mechan yo ki anvayi ak pèsekite limanite tonbe anba chatiman Li. Rezilta tout travay sa a reyalize akoz sajès Li. Li pa t janm revele sajès Li anvan egzistans Limanite, paske Li pa t gen lènmi nan syèl la, sou tè a, oswa nenpòt kote nan tout linivè, e pa t gen fòs fènwa ki te anvayi anyen nan lanati. Apre Akanj lan te fin trayi L, Li te kreye limanite sou tè a, e sete poutèt limanite Li te kòmanse fòmèlman lagè milenè L la avèk Satan, akanj lan—yon lagè ki vin pi chofe nan chak etap. Tout pisans Li ak sajès Li prezan nan chak etap sa yo. Se sèlman lè sa a tout bagay nan syèl la ak sou tè a te temwen sajès Bondye, tout pisans Li, e, an patikilye, reyalite Bondye a. Li toujou fè travay Li nan menm fason reyalis la jouk jounen jodi a; anplis, pandan L ap fè travay Li, Li revele tou sajès Li ak tout pisans Li. Li pèmèt ou wè verite ki nan chak etap travay la, pou wè egzakteman kòman li eksplike tout pisans Bondye, e, plis ankò, pou wè eksplikasyon definitif reyalite Bondye a.

Konsènan trayizon Jida kont Jezi a, gen kèk moun ki mande: Èske sa pa t òdone davans anvan kreyasyon mond lan? Vrèman, se Sentespri a ki te fè plan sa yo sou baz reyalite tan an. Sa te jis rive ke gen yon moun ki te rele Jida ki te toujou ap detounen lajan, konsa moun sa a te chwazi pou jwe wòl sa a e pou l te sèvi nan fason sa a. Se te yon vrè egzanp itilizasyon resous lokal yo. Jezi pa t konprann sa okòmansman, Li te sèlman aprann sa pita, apre yo te devwale Jida. Si yon lòt moun te ka jwe wòl sa a, li t ap fè l nan plas Jida. Sa ki te la pou fèt la, an reyalite, yon bagay Sentespri a te fè nan moman sa a. Travay Sentespri a te toujou fèt san planifikasyon; Li ka planifye travay Li nenpòt lè. Poukisa mwen toujou di travay Sentespri a reyalis, e li toujou nouvo, pa janm vye, e toujou fre nan degre ki pi wo a? Travay Li pa t deja planifye lè mond lan te kreye; se pa ditou sa ki te rive! Chak etap travay la fè pwòp efè l nan tan pa l, e etap yo pa entèfere youn ak lòt. Anpil fwa, plan w genyen nan lespri w yo ka Senpleman pa koresponn ak dènye travay Sentespri a. Travay Li pa senp tankou rezònman lòm, ni li pa konplèks tankou imajinasyon lòm—sa li ye se bay moun nenpòt lè ak nenpòt kote selon bezwen yo kounye a. Pa gen moun ki pi klè konsènan esans lèzòm pase L, e se presizeman pou rezon sa a anyen paka satisfè bezwen reyèl lòm jan travay Li a fè l. An konsekans, nan yon pèspektiv imen, travay Li a sanble l te planifye depi plizyè milinè davans. Kòm L ap travay pami nou kounye a, pandan tout tan L ap travay ak pale pandan L ap gade eta nou, li jis gen bon pawòl la pou di lè L rankontre tout kalte kondisyon, lè L di pawòl ki se egzakteman sa moun bezwen yo. Pran premye etap travay Li a: Tan chatiman an. Apre sa moun yo te montre tout kalte konpòtman e yo te aji an rebelyon nan kèk fason; divès eta pozitif te emèje, menm jan ak kèk eta negatif. Yo te atenn yon pwen nan negativite yo e yo te montre limit ki pi ba kote yo t ap tonbe. Bondye te fè travay Li sou baz tout bagay sa yo, konsa li te pwofite de yo pou jwenn yon rezilta ki pi bon nan travay Li. Sa vle di, Li soutni travay pami moun yo kèlkeswa eta yo ye nenpòt ki lè; Li fè chak etap travay Li selon eta reyèl moun yo. Tout kreyasyon an nan men L; kòman L ta ka pa konnen yo? Bondye fè pwochen etap travay ki dwe fèt la, nenpòt lè ak nenpòt kote, selon eta moun yo. Nan okenn ka, travay sa a pa t planifye plizyè milye ane davans; sa se ide lòm! Li travay pandan L ap obsève efè travay Li, e travay Li kontinye apwofondi ak devlope; chak fwa, apre l fin obsève rezilta travay Li yo, Li egzekite pwochen etap travay Li a. Li itilize anpil bagay pou fè tranzisyon an pwogresivman ak rann nouvo travay Li vizib pou moun yo avèk tan an. Travay nan fason sa a ka satisfè bezwen moun yo, paske Bondye konnen moun yo twò byen. Se konsa Li fè travay Li apati syèl la. Menm jan an, Bondye ki vini nan lachè a fè travay Li menm fason an, nan fè aranjman yo selon siskonstans reyèl yo ak nan travay pami lèzòm. Okenn nan travay Li pa t planifye anvan mond lan te kreye, ni yo pa t planifye avèk swen davans. De mil ane apre mond lan te kreye, Jewova te wè limanite vin tèlman kòwonpi Li te itilize bouch pwofèt Ezayi pou pwofetize ke Apre Epòk Lwa a te fini, Jewova t ap fè travay Li pou redanmsyon limanite nan Epòk Gras la. Sete plan Jewova, sètènman, men plan sa a te fèt tou selon sikonstans yo. Li t ap obsève nan tan an; Li te sètènman pat panse avè l apre l te fin kreye Adan, Ezayi te senpleman di yon pwofesi, men Jewova pa t fè preparasyon davans pou travay sa a pandan Epòk Lwa a; olye sa, Li te mete l annaplikasyon nan kòmansman Epòk Gras la, lè mesaje a te parèt nan rèv Jozèf la pou eklere l ak mesaj ki di Bondye t ap vin nan lachè, e se sèlman lè sa a travay enkanasyon Li te kòmanse. Bondye pa t, jan moun yo imajine sa, prepare pou travay enkanasyon L imedyatman apre L fin kreye mond lan; Li te sèlman deside selon devlòpman limanite ak sitiyasyon lagè Li a kont Satan.

Lè Bondye vin fèt nan lachè, Lespri L desann sou yon moun; nan lòt mo, Lespri Bondye a Li menm anvlope nan yon kò fizik. Li vini pou L fè Travay Li sou tè a e non pa pou L pote avèk Li kèk etap limite; travay Li pa gen limit ditou. Travay Sentespri a fè nan lachè a toujou detèmine pa rezilta travay Li yo, e Li itilize bagay sa yo pou detèmine kantite tan Li pral travay pandan L nan lachè a. Sentespri a revele dirèkteman chak etap travay Li, pandan l’ap egzamine travay Li toutotan L ap avanse; travay sa a pa gen anyen ki sinatirèl pase sa pou l depase limit imajinasyon lòm. Se tankou travay Jewova a lè L kreye syèl yo, tè a, ak tout bagay; Li te planifye epi travay an menm tan. Li te separe limyè a ak tenèb la, e maten ak aswè te vin egziste—sa te pran yon jou. Dezyèm jou a, Li te kreye syèl la, e sa tou te pran yon jou; apre sa Li te kreye tè a, lanmè yo, ak tout kreyati ki te peple yo, sa te mande yon lòt jou. Sa te kontinye jiska sizyèm jou a, lè Bondye te kreye lòm e kite l jere tout bagay sou tè a. Apresa, nan setyèm jou a, lè L te fin kreye tout bagay, Li te repoze. Bondye te beni setyèm jou a epi Li te chwazi l kòm yon jou apa. Li te deside mete jou sa apa sèlman apre L te fin kreye tout bagay, se pa anvan L te kreye yo. Travay sa a te fèt san planifikasyon; anvan L te kreye tout bagay, Li pa t deside kreye mond lan nan sis jou epi repoze setyèm jou a; bagay konsa pa annakò ditou ak reyalite a. Li pa t di bagay konsa, ni Li pa t planifye l. Nan okenn ka Li pa t di kreyasyon tout bagay t ap fini sizyèm jou a epi Li t ap repoze setyèm jou a, olye sa, Li te kreye selon sa ki te parèt bon pou Li nan moman an. Yon fwa Li te fin kreye tout bagay, se te deja sizyèm jou a. Si se te nan senkyèm jou a Li te fin kreye tout bagay, lè sa a Li t ap chwazi sizyèm jou a kòm yon jou apa. Sepandan, Li te fin kreye tout bagay sizyèm jou a anreyalite, e konsa setyèm jou a te vin yon jou apa, sa ki rete kòm eritaj jouk jounen jodi a. Kidonk, travay Li kounye a ap fèt nan menm fason sa a. Li pale epi satisfè bezwen nou yo selon sitiyasyon nou. Sa vle di, Lespri a pale ak travay selon sitiyasyon moun yo; L ap gade tout moun epi travay nenpòt lè ak nenpòt kote. Sa mwen fè, di, mete sou nou, ak bannou, san eksepsyon, se sa nou bezwen. Konsa, okenn nan travay mwen yo pa separe ak reyalite a; tout reyèl, pou nou tout konnen “Lespri Bondye a kontinye ap siveye tout moun.” Si tout sa te deside davans, èske li pa t ap twò fasil? Se kòm si nou panse Bondye te fè plan pou sis milinè annantye epi L te predestine limanite pou l rebèl, rezistan, kwochi ak mètdam, e pou l gen koripsyon lachè, yon tanperaman satanik, konvwatiz je, ak fè tèt li plezi. Bondye pa t destine okenn nan sa yo depi davans, men pito tout sa te rive akòz koripsyon Satan. Kèk moun ta ka di “Èske Satan pa t anba kontwòl Bondye tou? Bondye te predestine Satan t ap kòwonpi lòm nan fason sa a, epi apre sa, Bondye te fè travay Li pami lèzòm.” Èske Bondye ta vrèman predestine Satan pou l kòwonpi limanite? Bondye sèlman twò kontan pou l pèmèt limanite viv nòmalman, konsa èske Li t ap vrèman foure bouch Li nan lavi yo? Si se sa, èske ranpòte laviktwa sou Satan ak sove limanite pa t ap yon efò initil? Kòman rebelyon limanite ta ka predestine? Sa se yon bagay ki te rive akòz Satan te rantre ladan l, Konsa, kòman pou Bondye ta ka predestine l? Satan nou konsevwa ki anba kontwòl Bondye a diferan anpil de Satan ki anba kontwòl Bondye map pale a. Dapre deklarasyon nou, “Bondye gen tout pouvwa, e Satan nan men L,” Satan pa t ap janm ka trayi L. Eske nou pa t di Bondye gen tout pouvwa? Konesans nou twò abstrè, e li pa an kontak ak reyalite a, lòm pa janm ka konprann panse Bondye, ni li pa janm ka konprann sajès Li! Bondye gen tout pouvwa, se pa ditou yon bagay ki pa vre. Akanj lan te trayi Bondye paske Bondye te ba li yon pòsyon otorite okòmansman. Sètènman se yon evènman ki te rive sanzatann, menm jan Èv te tonbe anba tantasyon sèpan an. Sepandan, kèlkeswa jan Satan fè trayizon l lan, li toujou pa gen tout pouvwa menm jan ak Bondye. Jan nou te di l la, Satan senpleman gen pouvwa; kèlkeswa sa l fè, otorite Bondye ap toujou ranpòte laviktwa sou li li. Sa se vrè siyifikasyon pawòl ki di, “Bondye gen tout pouvwa epi Satan nan men L.” Kidonk, lagè kont Satan an dwe fèt yon etap alafwa. Anplis, Bondye planifye travay Li an repons ak riz Satan—sa vle di, Li pote sali bay limanite e Li revele tout pisans Li ak sajès Li nan yon fason ki apwopriye pou epòk kounye a. Menm jan an tou, travay nan dènye tan an pa t predestine byen bonè, anvan Tan Gras la; predestinasyon yo pa fèt nan yon fason òdone konsa: premyèman fè karaktè ekstèn lòm chanje; dezyèmman soumèt Lòm anba chatiman ak eprèv Li yo; twazyèmman fè lòm sibi jijman lanmò; katriyèmman fè lòm fè eksperyans tan lanmou Bondye a ak eksprime rezolisyon yon èt ki kreye; senkyèmman, pèmèt lòm wè volonte Bondye ak konnen L konplètman; e finalman, konplete lòm. Li pa t planifye tout bagay sa yo pandan Tan Gras la; olyesa, Li te kòmanse planifye yo nan epòk kounye a. Satan ap travay, menm jan ak Bondye. Satan eksprime tanperaman kòwonpi l la, tandiske Bondye pale klè e revele kèk bagay ki esansyèl. Sa se travay la k ap fèt jodi a, e sa a se menm prensip travay la yo te itilize sa fè lontan, apre kreyasyon mond lan.

Premyèman Bondye te kreye Adan ak Èv, e Li te kreye yon sèpan tou. Pami tout bagay yo, sèpan sa a te plis anpwazonnen; kò l te gen pwazon ke Satan te itilize pou jwenn avantaj. Se sèpan an ki te tante Èv pou l peche. Adan te peche apre Èv te fin peche, e toude te kapab distenge byen ak mal. Si Jewova te konnen sèpan an t ap tante Èv e Èv t ap tante Adan, poukisa Li te plase yo tout nan yon jaden? Si L te kapab prevwa tout bagay sa yo, poukisa L te kreye yon sèpan epi plase l nan Jaden Edenn lan? Poukisa Jaden Edenn lan te gen fwi pyebwa konesans byen ak mal la? Èske L te vle yo manje fwi a? Lè Jewova te vini, ni Adan ni Èv pat oze konfwonte L e se sèlman lè sa a Jewova te konnen yo te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la e yo te viktim anba riz Satan. Alafen, Li te modi sèpan an, e Li te modi Adan ak Èv tou. Lè yo de a te manje fwi pyebwa a, Jewova pa t konnen yo t ap fè sa. Limanite te vin kòwonpi nan yon pwen kote li tonbe nan mechanste ak libètinaj seksyèl, yo te ale tèlman lwen ke tout sa k te nan kè yo sete mal ak sa ki pa dwat; tout sete salte. Kidonk, Jewova te regrèt Li te kreye limanite. Apre sa, Li te fè travay Li pou detwi mond lan ak yon inondasyon, kote Noe ak pitit gason l yo te rete vivan. Gen kèk bagay ki pa t vrèman avanse e sinatirèl jan moun kapab imajine. Gen kèk moun ki mande, “Piske Bondye te konnen akanj lan t ap trayi L, poukisa L te kreye l?” Men reyalite yo: anvan tè a te egziste, akanj lan te pi gran pami zanj nan syèl yo. Li te gen otorite sou tout zanj nan syèl la; sa se otorite Bondye te ba li. Apre Bondye, li te pi gran pami zanj nan syèl yo. Pita, apre Bondye te fin kreye limanite, anba sou tè a akanj lan te fè pi gwo trayizon kont Bondye. Mwen di li te trayi Bondye paske l te vle jere limanite ak depase otorite Bondye. Se akanj lan ki te tante Èv e fè l peche, e li te fè sa paske l te vle tabli wayòm li sou tè a e fè moun yo vire do bay Bondye pou obeyi akanj lan pito. Akanj lan te tèlman wè anpil bagay ki te ka obeyi l—Zanj yo te kapab, menm jan ak moun sou tè a. Zwazo yo ak bèt yo, pyebwa yo, forè yo, montay yo, rivyè yo, ak tout bagay ki sou tè a te soukont moun yo—ki se Adan ak Èv—pandan Adan ak Èv te obeyi akanj lan. Kidonk akanj lan te vle depase otorite Bondye epi trayi Bondye. Apre sa, li te pouse anpil zanj antre nan rebelyon kont Bondye, zanj sa yo te vin tounen plizyè kalte espri malen. Èske se pa koripsyon akanj lan ki lakòz devlòpman limanite konsa jodi a? Lèzòm jan yo ye jodi a se sèlman paske akanj lan te trayi Bondye ak kòwonpi limanite. Travay pazapa sa a pa abstrè ak senp ditou jan moun kapab imajine l la. Satan fè trayizon l lan pou yon rezon, men moun yo pa rive konprann yon bagay ki senp konsa. Poukisa Bondye ki te kreye syèl yo ak tè a ak tout bagay te kreye Satan tou? Piske Bondye te tèlman meprize Satan epi Satan se lènmi L, poukisa Li te kreye Satan? Lè l te kreye Satan, se pa t yon lènmi Li t ap kreye? Bondye pa t vrèman kreye yon lènmi, olyesa, Li te kreye yon zanj, e apresa zanj sa a te trayi L. Kondisyon l te tèlman evolye ke li te vle trayi Bondye. Yon moun ta ka di sa se te yon koyensidans, men tou se te yon bagay yo pa t ka evite. Li menm jan ak lè yon moun pa ka anpeche l mouri apre l fin atenn yon nivo matirite; bagay yo yo jis devlope rive nan etap sa a. Kèk moun ki sòt anpil di, “Piske Satan se lènmi W, poukisa W te kreye l? Ou pa t konnen akanj lan t ap trayi W? Ou paka wè soti nan yon etènite al nan yon lòt? Ou pa t konnen nati akanj lan? Piske Ou te byen konnen li t ap trayi W, poukisa Ou te fè l yon akanj? Non sèlman li te trayi W, men tou li te mennen anpil lòt zanj avèk li e desann nan mond mòtèl yo pou kòwonpi limanite, men jouk jounen jodi a, Ou toujou paka konplete plan jesyon sis mil ane W la.” Èske pawòl sa yo kòrèk? Lè w panse fason sa a, èske w p ap mete tèt ou nan plis pwoblèm pase sa ki nesesè? Gen lòt moun ki di, “Si Satan pa t kòwonpi limanite jouk jodi a, Bondye pa t ap bay limanite Sali konsa. Konsa, sajès ak tout pisans Bondye t ap envizib; ki kote sajès Li t ap revele? Kidonk Bondye te kreye yon ras moun pou Satan pou Li te kapab revele tout pisans Li apresa—sinon, kòman lòm t ap ka dekouvri sajès Bondye? Si lòm pa t reziste ak Bondye oswa fè rebèl kont Li, li pa t ap nesesè pou L revele travay Li yo. Si tout kreyasyon an te adore L epi soumèt anba L, Bondye pa t ap gen travay pou L fè.” Sa menm depase reyalite a, paske pa gen anyen ki sal nan Bondye, konsa Li paka kreye salte. Li revele travay Li yo kounye a sèlman pou L ranpòte laviktwa sou lènmi Li an, pou sove moun Li te kreye yo epi ranpòte laviktwa sou demon yo ak Satan ki rayi, trayi ak reziste Bondye, sa ki te anba dominasyon L e ki te pou Li okòmansman. Bondye vle kale demon sa yo, e pandan L ap fè sa, Li revele tout pisans Li a tout bagay. Limanite ak tout bagay kounye a anba dominasyon Satan e yo kouche anba dominasyon mechan an. Bondye vle revele travay Li yo a tout bagay pou moun kapab konnen L, e konsa ranpòte laviktwa sou Satan epi byen kraze lènmi L yo. Tout travay Li yo nèt akonpli pandan L ap revele aksyon Li yo. Tout kreyasyon L lan anba dominasyon Satan, konsa Bondye vle revele yo tout pisans Li, ranpòte laviktwa sou Satan nan konsa. Si pa t gen Satan, Li pa t ap bezwen revele zèv Li yo. Si se pa t anmèdman Satan, Bondye t ap kreye limanite epi kite l viv nan Jaden Edenn lan. Poukisa, anvan trayizon Satan, Bondye pa t janm revele zanj yo oswa akanj lan tout zèv Li yo? Si, okòmansman, tout zanj yo ak akanj lan te konnen Bondye e soumèt anba L, Bondye pa t ap poze aksyon travay san sans sa yo. Akoz egzistans Satan ak demon yo, lèzom, tou, te reziste ak Bondye, e ranpli rabouch ak karaktè rebèl. Kidonk Bondye vle revele travay Li yo. Paske L vle fè lagè avèk Satan, Li dwe itilize pwòp otorite L ak tout aksyon L pou ranpòte laviktwa sou li; nan fason sa a, travay Sali Li fè pami lèzòm lan ap pèmèt yo wè sajès Li ak tout pisans Li. Travay Bondye ap fè jodi a gen anpil sans, e li pa sanble nan okenn fason ak sa moun fè referans lè yo di, “Èske travay Ou fè a pa kontradiktwa? Èske siksesyon travay sa a se pa senpleman yon egzèsis pou kreye pwoblèm pou tèt Ou? Ou te kreye Satan e pèmèt li trayi W epi reziste ak Ou. Ou te kreye lèzòm, epi remèt yo bay Satan apresa, sa ki pèmèt Adan ak Èv tonbe nan tantasyon. Piske W te fè tout bagay sa yo pa ekspre, poukisa W toujou deteste limanite? Poukisa W rayi Satan? Èske tout sa yo se pa pwòp zèv Ou? Kisa k genyen pou W rayi?” Kèk moun ridikil di bagay sa yo. Yo vle renmen Bondye, men anndan yo, yo plenyen kont Bondye. Ala yon kontradiksyon! Ou pa konprann laverite, ou gen twòp panse sinatirèl e ou menm deklare Bondye te fè yon erè—ala ou ridikil! Se ou k ap jwe ak laverite; zafè Bondye te fè Erè a se pa vre! Gen kèk moun ki menm plenyen san rete, “Se Ou ki te kreye Satan, e Ou te pouse Satan desann pami lèzòm epi remèt li yo. Yon fwa lèzòm te posede tanperaman satanik la, Ou pa t padone yo; okontrè, ou te rayi yo nan yon sèten degre. Anvan Ou te renmen yo nan yon sèten degre, men kounye a Ou deteste yo. Se Ou menm ki te rayi limanite, men se Ou menm tou ki te renmen limanite. Kisa k ap pase la a egzakteman? Èske sa pa yon kontradiksyon?” Kèlkeswa jan w gade l, se sa ki te rive nan syèl la; se fason sa a akanj lan te trayi Bondye e limanite te kòwonpi, e se konsa lèzòm te kontinye rive jouk jodi a. Kèlkeswa jan ou eksprime l, sa se tout istwa a. Sepandan, ou dwe konprann ke tout objektif travay sa a Bondye ap fè jodi a se pou sove w epi ranpòte laviktwa sou Satan.

Paske zanj te patikilyèman frèl e yo pa t posede kapasite pou pale de yo, yo te vin awogan menm kote yo te ba yo otorite a. Sa te patikilyèman vrè pou akanj lan, ki te gen fonksyon ki pi wo pase fonksyon nenpòt lòt zanj. Yon wa pami zanj yo, li te dirije plizyè milyon nan yo, e anba Jewova, autorite l depase otorite nenpòt pami lòt zanj yo. Li te vle fè si fè sa, e pou mennen zanj yo anba pami lèzòm pou kontwole mond lan. Bondye te di Li se Moun ki anchaj linivè a; men akanj lan te reklame se li menm ki anchaj linivè a—depi lè a, akanj lan te trayi Bondye. Bondye te kreye yon lòt mond nan syèl la, e akanj lan te vle kontwole mond sa a epi tou desann nan wayòm mòtèl yo. Èske Bondye te ka pèmèt li fè sa? Konsa, Bondye te frape akanj lan epi lage l desann nan lèzè. Depi lè l te kòwonpi lèzòm, Bondye te fè lagè ak akanj lan pou l sove yo; li te itilize sis mil ane sa yo pou fè l pèdi batay la. Konsepsyon nou sou yon Bondye ki gen tout pouvwa enkonpatib ak travay Bondye ap fè kounye a; li totalman enpratikab, e li se vrèman yo fo ide! An reyalite, se te sèlman apre trayizon akanj lan Bondye te deklare l se lènmi L. Se te sèlman akoz trayizon l akanj lan te pase limanite anba pye l apre l te fin rive nan wayòm mòtèl yo, e se pou rezon sa a limanite te devlope rive nan pwen sa a. Apre sa te fin pase, Bondye te pwomèt Satan, “M ap ranpòte laviktwa sou ou epi sove tout moun mwen te kreye yo.” Okòmansman sa pa t konvenk Satan, li te reponn, “Onètman kisa W ka fè m? Èske W ka vrèman lage m desann nan lèzè? Èske W ka vrèman ranpòte laviktwa sou mwen?” Apre Bondye te fin jete l desann nan lèzè, Li pa t okipe ankò, epi pita Li te kòmanse sove limanite ak fè pwòp travay Li malgre twoub Satan yo t ap kontinye. Satan te ka fè si, fè sa, men tout sa se te gras ak pouvwa Bondye te ba li anvan an; li te ale nan lèzè ak bagay sa yo, e li kenbe yo jiska jodi a. Lè L t ap lage akanj lan desann nan lèzè, Bondye pa t repran otorite l la, e konsa Satan te kontinye kòwonpi limanite. Bondye, yon lòt pa, te kòmanse sove limanite, ke Satan te kòwonpi tousuit apre kreyasyon l. Bondye pa t revele aksyon l yo pandan L te nan syèl; sepandan, anvan kreyasyon tè a, li te pèmèt moun yo nan mond li te kreye nan syèl la wè travay Li yo, konsa Li t ap gide moun sa yo anwo syèl la, Li te ba yo sajès ak entelijans, e Li te dirije moun sa yo pou yo viv nan mond sa a. Natirèlman, okenn nan nou pa t janm tande pale de sa anvan. Pita, apre Bondye te fin kreye lèzòm, akanj lan te kòmanse kòwonpi yo; sou tè a, tout limanite te tonbe nan dezòd. Se te sèlman lè sa a Bondye te kòmanse lagè Li kont Satan, e se te sèlman lè sa a lèzòm te kòmanse wè aksyon Li yo. Okòmansman, travay sa yo te kache pou limanite. Apre Satan te fin lage anba nan lèzè, li te fè pwòp zafè pa l e Bondye te kontinye fé pwòp travay Li, nan kontinye fè lagè kont Satan, jiska dènye jou yo. Kounye a se lè kote satan ta dwe detwi. Okòmansman, Bondye te ba li otorite, e pita Li te frappe l desann nan lèzè, men li te rebèl. Apre sa a, li te kòwonpi limanite sou tè a, men Bondye te la ap jere limanite. Bondye te itilize jesyon l de lèzòm pou ranpòte laviktwa sou Satan. Lè l kòwonpi moun yo, Satan mete fen nan desten yo epi twouble travay Bondye a. Yon lòt pa, travay Bondye a se Sali limanite. Ki etap nan travay Bondye fè a ki pa fè t pou sove limanite? Ki etap ki pa fèt pou netwaye moun yo, e pou fè yo konpòte yo yon fason ki jis epi viv imaj sila yo moun ka renmen? Satan, sepandan, pa fè sa. Li kòwonpi limanite; li kontinye ap fè travay kòripsyon l kont limanite nan linivè a. Sètènman, Bondye fè pwòp travay Li tou, lè L pa okipe Satan. Kèlkeswa kantite otorite Satan genyen, otorite sa a se toujou Bondye ki te ba li l; An reyalite Bondye te senpleman pa ba l tout otorite L, e konsa kèlkeswa sa Satan fè, li pa janm ka depase Bondye e l ap toujou anba kontwòl Bondye. Bondye pa t revele okenn nan travay Li yo pandan L te nan syèl. Li te senpleman bay Satan yon ti pòsyon otorite e pèmèt li egzèse kontwòl sou lòt zanj yo. Kidonk, kèlkeswa sa Satan fè, li pa ka depase Bondye, paske otorite Bondye te ba li okòmansman an limite. Pandan Bondye ap travay, Satan ap pètibe. Nan dènye jou yo, pètibasyon li yo pral fini; menm jan an, travay Bondye a pral fini tou e kalte moun Bondye vle konplete yo pral konplete. Bondye dirije moun yo pozitivman; vi Li se dlo ki bay lavi a, li pa ka mezire e li san limit. Satan te kòwonpi lòm nan yon sèten degre; alafen, dlo ki bay lavi a pral konplete lòm, e li pral enposib pou Satan entèfere e fè travay li. Konsa, Bondye pral kapab gen moun sa yo konplètman. Menm kounye a, Satan toujou refize aksepte sa; li kontinye ap opoze ak Bondye, men Bondye pa okipe l. Bondye te di, “M pral ranpòte laviktwa sou tout fòs fènwa Satan yo e sou tout enfliyans ki fè nwa.” Sa se travay ki dwe fèt kounye a nan lachè, e li se tou sa ki rann lachè a enpòtan: sa vle di, pou lonplete etap travay viktwa sou Satan nan dènye jou yo, epi disparèt tout bagay ki pou Satan. Viktwa Bondye sou Satan inevitab! An reyalite, Satan te de deja echwe sa fè lontan. Lè levanjil la te kòmanse gaye sou tè gwo dragon wouj la—sa vle di, lè Bondye ki vini nan lachè a te kòmanse travay Li, e travay sa a te demare—laviktwa sou Satan te total, paske objektif enkanasyon an menm se te pou bat Satan. Dèke Satan te wè Bondye te vini nan lachè yon fwa ankò e Li te kòmanse fè travay Li, ke okenn fòs pa t ka bloke, kidonk li te etone lè l wè travay sa a, e li pa t oze fè plis betiz. Okòmansman Satan te panse, tou, li te gen anpil sajès, e li te entewonp ak pèsekite travay Bondye; sepandan, li pa t atann li Bondye t ap vini nan lachè yon fwa ankò, oswa sa nan travay Li a, Bondye t ap itilize rebelyon Satan pou sèvi kòm yon revelasyon ak jijman pou limanite, konsa pran lèzòm ak fòs ponyèt Li, epi ranpòte laviktwa sou Satan. Bondye pi saj pase Satan, e travay Li depase l. Kidonk, jan Mwen te di sa anvan, “Travay Mwen fè a fèt pou reponn a riz Satan yo; alafen, M pral revele tout pouvwa Mwen ak enpisans Satan.” Bondye pral fè travay Li an premyè liy, tankiske Satan pral trennen dèyè, jiskaske, alafen, li finalman detwi—li p ap menm konnen sa ki frapel! Li pral rann li kont de verite a yon fwa li fin kraze ak krabinen, e lè sa a, l ap deja ensinere nan letan dife a. Èske lè sa a li p ap konvenk nèt? Paske lè sa a Satan p ap gen plan pou l anplwaye ankò!

Nan travay pazapa sa a ki reyalis ki souvan plonje kè Bondye nan lapenn pou limanite, konsa lagè Li avèk Satan te dire sis mil ane, e Bondye te di “Mwen p pa janm kreye limanite ankò, ni Mwen p pa bay zanj yo otorite.” Depi lè sa a, lè zanj yo te vin travay sou tè a, yo te senpleman swiv Bondye pou fè menm travay la; Li pa t janm ba yo okenn otorite ankò. Kòman zanj yo ke izrayelit yo te wè te fè travay yo? Yo te revele tèt yo nan rèv e yo te transmèt pawòl Jewova yo. Lè Jezi te resisite twa jou apre L te krisifye, se zanj yo ki te woule wòch la mete akote. Lespri Bondye pa t fè travay sa a pèsonèlman. Se zanj yo sèlman ki te fè kalte travay sa a; yo te jwe yon wòl sipò, men yo pa t gen otorite, paske Bondye pa t ap janm ba yo okenn otorite. Apre yo te fin travay pandan kèk tan, moun Bondye te itilize sou tè a te pran pozisyon Bondye e yo te di, “Mwen vle depase linivè! Mwen vle kanpe nan twazyèm syèl la! Nou vle kenbe rèy pouvwa souvren an!” Yo t ap vin awogan apre plizyè jou travay; yo te vle posede otorite souvren sou tè a, pou tabli yon lòt nasyon, pou gen tout bagay anba pye yo, e pou kanpe nan twazyèm syèl la. Èske w konnen ou se senpleman yon moun Bondye itilize? Kòman w ta ka monte nan twazyèm syèl la? Bondye vin sou tè a pou l travay, an silans, san l pa rele, e lè sa a li ale apre l fin fè travay Li diskrètman. Li pa t janm rele jan lèzòm fè l, men pito Li pratik lè L ap fè travay Li. Ni li pa janm antre nan yon legliz epi rele, “M ap elimine nou tout! M pral modi nou ak pini nou!” Li senpleman kontinye fè pwòp travay Li, e Li ale yon fwa Li fini. Pastè relijye sa yo ki geri malad e chase demon, preche lòt moun apati de chè a, fè gwo diskou long, epi diskite sou sijè ki pa reyalis yo tout fè awogans kont pati esansyèl la! Yo pa lòt bagay ke desandan akanj lan!

Apre L fin fè travay sis mil ane L la jiska jounen jodi a, Bondye deja revele anpil nan aksyon L yo, ki premye objektif yo se ranpòte laviktwa sou Satan epi sove tout limanite. Li ap itilize opòtinite sa a pou pèmèt tout bagay nan syèl la, tout bagay sou tè a, tout bagay nan lanmè yo, ak tout dènye bagay kreyasyon Bondye a sou tè a wè tout pouvwa Li ak temwanye pou tout aksyon L yo. L ap sezi opòtinite viktwa sou Satan an ofri pou revele aksyon L yo bay lèzòm, e pou pèmèt yo glorifye L ak egzalte sajès Li nan ranpòte laviktwa sou Satan. Tout bagay sou tè a, nan syèl la, ak nan lanmè yo bay Bondye glwa, fè lwanj pou tout pouvwa Li, fè lwanj pou chak nan aksyon l yo, rele non Li ki sen. Sa se prèv viktwa Li sou Satan; se prèv Li kraze Satan. Pi enpòtan ankò, se prèv Sali L pou limanite. Tout kreyasyon Bondye a ba L glwa, fè lwanj pou Li pou viktwa l sou lènmi L ak retou viktoriye Li, ak fè lwanj pou Li antanke gran Wa viktoriye a. Objektif Li se pa senpleman ranpòte laviktwa sou Satan, ki se rezon ki fè travay Li te kontinye pandan sis mil ane. Li itilize viktwa sou Satan an pou sove limanite; Li itilize defèt Satan an pou revele tout aksyon L yo ak tout glwa L. Li pral glorifye, e tout bann zanj yo pral wè tout glwa Li. Mesaje yo nan syèl la, moun yo sou tè a, ak tout sijè kreyasyon an sou tè a pral wè glwa Kreyatè a. Sa se travay Li fè a. kreyasyon L nan syèl la ak sou tè a yo tout pral temwanye glwa Li, e Li pral retounen triyonfalman apre L fin fè viktwa total sou Satan, e pèmèt limanite glorifye L, konsa ranpòte yon doub viktwa nan travay Li. Alafen, Li pral pran ak fòs ponyèt Li tout limanite, e Li pral elimine tout moun ki reziste oswa fè rebèl; nan yon lòt sans, Li pral elimine tout sila yo ki pou Satan. Kounye a ou se temwen anpil aksyon Bondye, men ou toujou reziste, toujou rebèl, e ou pa soumèt ou; ou nouri anpil bagay nan ou, e ou fè sa w vle. Ou swiv pwòp anvi w ak preferans ou; tout sa se rebelyon ak rezistans. Tout Kwayans nan Bondye nan enterè lachè ak dezi yon moun, menm jan ak nan enterè bagay yon moun renmen, mond lan, ak Satan, se bagay sal; li rezistan ak rebèl nan nati. Jounen jodi a, gen tout kalte lafwa: genyen k ap chache abri kont dezas, e gen lòt k ap chache jwenn benediksyon; genyen ki vle konprann mistè yo, tandiske toujou gen lòt k ap chache lajan. Gen tout fòm rezistans e tout se blasfèm! Di yon moun reziste oswa fè rebèl—èske sa pa fè referans ak konpòtman sa yo? Anpil moun nan jou sa yo ap bougonnen, plenyen, oswa fè jijman. Tout sa yo se travay malen an; yo se egzanp rezistans ak rebelyon lèzòm. Moun sa yo posede ak okipe pa Satan. Moun Bondye genyen yo se sila yo ki soumèt ak Li konplètman; yo se moun ki te kòwonpi pa Satan, men yo sove ak konkeri pa travay aktyèl Bondye a, ki te andire tribilasyon, e ki, alafen, Bondye genyen yo konplètman, yo pa anba dominasyon Satan ankò, yo libere anba bagay ki pa jis, e yo vle viv lasentete—sila yo pi sen pami moun yo; yo se vrèman moun ki sen yo. Si aksyon w kounye a pa konfòm ak menm yon pati nan egzijans Bondye yo, alò ou pral elimine. Sa a enkontestab. Tout bagay depann de sa k ap pase kounye a; menm si w te predestine oswa chwazi, aksyon w yo jodi a toujou detèmine rezilta w. Si w pa ka kenbe kounye a, ou pral elimine. Si w pa ka kenbe kounye a, kòman w ap ka fè l pita? Yon gwo mirak konsa parèt devan w, men w toujou pa kwè. Kòman, alò, ou pral kwè nan Bondye pita, lè Li fin fè travay Li e L p ap fè travay konsa ankò? Lè sa a, l ap menm pi enposib pou w swiv Li. Pita, Bondye pral apiye sou atitid ou, konesans ou konsènan travay Bondye ki vini nan lachè a, e eksperyans ou pou detèmine si w se pechè oswa si w jis, oswa pou detèmine si w fin bon nèt oswa elimine. Ou dwe wè klè kounye a. Sentespri a fè travay Li konsa: Li detèmine rezilta w selon konpòtman w jodi a. Kiyès ki pale pawòl jodi a? Kiyès ki fè travay jodi a? Kiyès ki deside w ap elimine jodi a? Kiyès ki deside pou fè w fin bon nèt? Èske se pa sa Mwen fè? Mwen se Sila a ki pale pawòl sa yo; Mwen se moun ki fè travay sa a. Modi, pini, ak jije moun tout fè pati travay Mwen. Alafen, sa pral depann de Mwen pou elimine w. Tout bagay sa yo se zafè pa M! Fè w fin bon nèt se zafè pa m, epi pèmèt ou jwi benediksyon yo se zafè pa M tou. Tout sa se travay Mwen fè. Rezilta w pa t predestine pa Jewova; L ap detèmine pa Bondye jodi a. L ap detèmine kounye a menm; li pa t detèmine depi lontan anvan mond lan te kreye. Gen kèk moun sòt ki di, “Petèt gen yon bagay ki pa bon nan je w, e ou pa wè Mwen fason ou ta dwe fè sa. Alafen, ou pral jis wè sa Lespri a revele!” Jezi okòmansman te chwazi Jida kòm disip Li. Moun mande: “Kòman L ta fè chwazi yo disip ki t ap trayi L?” Okòmansman, Jida pa t gen entansyon trayi Jezi; sa te senpleman rive nan tan apre. Nan moman sa a Jezi te gade Jida favorableman; Li te fè nonm nan swiv Li, epi Li te ba l responsab zafè finans yo. Si Jezi te konnen Jida t ap detounen lajan an, Li pa t ap janm kite l responsab zafè sa yo. Moun ka di Jezi pa t konnen okòmansman nonm sa a te kwochi epi mètdam, oswa li t ap twonpe frè l ak sè l yo. Pita, apre Jida te swiv Jezi pandan kèk tan, Jezi te wè l t ap flate frè l ak sè l yo epi flate Bondye. Moun yo te dekouvri tou Jida te konn pran lajan nan sak lajan an, e lè sa a yo te di Jezi sa. Se te sèlman lè sa a Jezi te vin konnen tout sa k t ap pase. Paske Jezi te dwe fè travay krisifiksyon an e l te bezwen yon moun pou trayi L, e konsa paske Jida te jis vin kalte moun ki bon pou jwe wòl sa a, Jezi te di, “Pral gen youn nan nou ki pral trayi M. Pitit gason lòm nan pral itilize trayizon sa a pou l krisifye, epi Li pral resisite apre twa jou.” Lè sa a, Jezi pa t vrèman chwazi Jida pou l trayi L; okontrè, Li te espere Jida t ap yon disip fidèl. Sanzatann, Jida te vin revele l yon dejenere avaris ki te trayi Seyè a, konsa Jezi te itilize sitiyasyon sa a pou chwazi Jida pou travay sa a. Si tout douz disip Jezi yo te fidèl e pèsonn tankou Jida pa t pami yo, lè sa a moun ki pou trayi Jezi a t ap fini pa yon moun ki pa t youn pami disip yo. Sepandan, lè sa a, sa te jis rive ke te gen youn pami disip yo ki te renmen podven: Jida. Kidonk Jezi te itilize nonm sa a pou konplete travay Li. Ala sa te senp! Jezi pa t predetèmine l nan kòmansman travay Li; Li te sèlman pran desizyon sa a yon fwa bagay yo te devlope rive nan yon sèten pwen. Se te desizyon Jezi, sa vle di se te desizyon Sentespri Bondye a Li menm. Okòmansman, se te Jezi ki te chwazi Jida; Lè Jida te trayi Jezi apre sa, se te yon bagay Sentespri a te fè pou sèvi pwòp objektif Li yo. Se te travay Sentespri a ki te fèt lè sa a. Lè Jezi te chwazi Jida, Li pa t gen okenn ide Jida t ap trayi L. Li te sèlman konnen nonm sa a se te Jida Iskaryo. Rezilta nou yo, tou, detèmine selon nivo soumisyon nou jodi a ak selon nivo kwasans lavi nou, non pa selon okenn nosyon moun ke rezilta w yo te predesdine lè kreyasyon mond lan. Ou dwe pèsevwa bagay sa yo klèman. Okenn nan travay sa a pa fèt jan w imajine li ye a.

Avan:  Vrè Istwa ki Dèyè Travay Laj Redanmsyon an

Pwochen:  Konsènan Apelasyon ak Idantite

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger