Nou ta Dwe Mete Avantaj Estati Ba Nou Apa, epi Konprann Volonte Bondye pou Sove Lèzòm

Pou lèzom, li pa posib pou ras Moab yo fèt konplè, ni yo pa gen kalite pou yo ta fèt konsa. Timoun David yo, sou bò pa yo, sètènman yo gen espwa, e konsa vre yo ka fèt konplè. Si yon moun se ras Moab, li pa ka fèt konplè. Jiskounya, nou toujou pa konnen enpòtans travay ki ap fèt pami nou an. Nan nivo sa, nou toujou kenbe plan avni nou nan kè nou, e nou refize vire do ba yo. Jounen jodia, sa pa fè moun ni cho ni frèt, lè Bondye chwazi travay ak yon gwoup moun tankou nou ki pi pa merite sa. Eske se ta yon erè Li ta fè nan travay sila? Eske se pa yon travay ki ap kenbe pou yon ti bout tan? Pou kisa Bondye ki konnen trè byen ke nou se pitit Moab, desann egzakteman pou vin travay nan mitan nou? Eske nou te janm panse sa? Eske Bondye te janm konsidere sa lè Li t ap fè travay li a? Eske li aji yon fason ensolan? Eske Li pat konnen depi okòmansman ke nou sòti nan ras Moab? Eske nou pat konnen pou nou te konsidere bagay sa yo? Kote bon sans nou fè? Eske bèl panse nou te konn fè yo vin kwochi? Kote entelijans nou ak sajès nou fè? Eske nou panse nou tèlman gen bon kè, nou pa okipe ti bagay sa yo? Lespri nou pi enterese a bagay tankou plan avni nou ak desten nou, men depi se lòt bagay, li angoudi, fad, epi inyoran nèt. Nan kisa nou kwè sou latè? Plan avni nou? Oubyen Bondye? Eske se pa nan sèl bèl destinasyon nou ke nou kwè? Se pa sa ki plan avni nou? Ki valè mannyè nan lavi ke nou konprann kounya? Kisa nou reyalize? Eske nou panse ke travay sa kap fèt la sou ras Moab yo, ap fèt pou imilye yo? Eske li fèt eksprè pou montre jan nou lèd? Eske li fèt ak entansyon pou fè nou aksepte chatiman an, epi lage nou nan letan dife a? Mwen pa janm di ke nou pa gen yon demen, e mwen pa di tou ke nou ta sipoze disparèt oubyen al nan lanfè. Èske mwen te anonse bagay sa yo devan tout moun? Nou di ke nou sanzespwa, men èske se pa yon konklizyon ke nou tire nou menm? Èske se pa efè pwòp lide nou? Èske konklizyon nou yo konte? Si mwen di nou pa beni, lè sa a nou pral panse tout bon vre ke nou pèdi; epi si mwen di nou beni, lè sa a definitivman yo pat detwi nou. Mwen sèlman di ke nou se ras Moab; Mwen pa di ke yap disparèt nou. Se tout bon vre ke ras Moab yo te modi, e yo se yon ras moun kowonpi. Nou te pale de peche avan, eske nou tout se pa pechè nou ye? Eske tout pechè se pa Satan ki kowonpi yo? Eske tout pechè pa reprezante yon defi e antre nan rebelyon kont Bondye? Eske yo pa dwe modi moun ki bay Bondye defi? Eske yo pa dwe detwi tout pechè? Nan ka sa kiyès nan moun ki fèt ak vyann ak san ki ka sove? Kòman nou fè siviv jis jodia? Nou vin negatif paske nou se ras Moab; eske nou pa fè pati lèzòm, ki se pechè? Kijan nou fè ap viv jis jodi a? Lè yo pale de pèfeksyon, nou kontan. Kou nou tande fòk nou viv gwo tribilasyon, nou santi ke sa ap ba nou pi gwo benediksyon. Nou panse ke nou ka vin gayan lè nou sòti nan tribilasyon e ke anplis, sa se gwo benediksyon Bondye e gwo egzaltasyon Li de nou menm. Lè yo mansyone Moab, gwo diskisyon kòmanse nan mitan nou; granmoun kou timoun vin santi yon tristès ki pa ka dekri e nou pa gen okenn lajwa nan kè nou e nou regrèt nou te fèt. Nou pa konprann enpòtans etap sa nan travay kap fèt sou ras Moab yo; nou konn sèlman chache gwo pozisyon, e chak fwa ke nou wè pa gen espwa, nou fè bak. Lè yo te mansyone pèfeksyon ak destinasyon fiti nou, nou te santi ke nou ere, e nou te mete lafwa nou nan Bondye pou nou te ka jwenn benediksyon e pou nou te ka genyen yon bon destinasyon. Gen moun ki gen laperèz akoz pozisyon sosyal yo. Paske yo pa gen anpil valè ak gwo pozisyon sosyal, yo pa swete chache pèfeksyone tèt yo. Premyèman, nou pale de pèfeksyon epi apre nou mansyone ras Moab yo, de fason ke moun yo nye wout pèfeksyon ki te mansyone avan. Tout bon, depi nan kòmansman jiska la fen, nou pa janm konnen enpòtans travay sa, e nou pa fè efò pou nou konnen enpòtans li. Nou twò piti e nou pa ka pran okenn ti difikilte. Lè nou wè ke pozisyon nou twò ba, nou vin negatif, e nou pèdi konfyans nesesè pou nou kontinye ap chache. Moun senpleman konsidere ke lè w jwenn lagras epi wap jwi lapè, sa se synbòl lafwa, e yo wè chache benediksyon kòm baz kwayans yo nan Bondye. Pa gen anpil moun ki chache konn Bondye oubyen chache yon chanjman lan tanperaman yo. Nan kwayans pa yo, moun ap chache pou wè si Bondye ta ba yo yon destinasyon adapte ak tout gras ke yo bezwen, pou yo fè Li tounen sèvitè yo, pou yo fè Li gen yon relasyon pasifik e amikal ak yo pou ke, kèlkeswa lè a, pa janm gen konfli ant yo. Sa vle di, kwayans yo nan Bondye egzije ke Li pwomèt pou reponn ak tout egzijans yo e pou ba yo tout sa ke yo mande nan lapriyè yo, an akò ak sa yo li nan Bib la: “Map koute tout priyè nou.” Yo espere ke Bondye pa jije ni trete ak pèsonn, paske Li te toujou sovè Jezi ki gen mizerikòd ki gen toujou kenbe bon relasyon ak moun toutan e tout kote. Men kijan moun yo kwè nan Bondye: San oken wonte, se jis mande Bondye, yo kwè ke yo rebèl oubyen yo obeyisan, Bondye ap ba yo tout bagay je fèmen. Tout tan yap touche dèt nan men Bondye, yo kwè ke li dwe peye yo san oken rezistans, e anplis peye doub; yo panse, ke Bondye jwenn yon bagay nan men yo ou pa, se sèl yo ki ka manipile Li, e Li pa ka jere moun jan Li vle, ankò mwens, revele sajès Li ak tanperaman dwat Li, ki kache depi yon pakèt lane, a moun, lè Li vle e san pèmisyon yo. Yo jis konfese peche yo a Bondye, epi yo kwè ke Bondye ap jis padone yo, ke Li pap fatige ap fè bagay sa, e ke sa ap kontinye pou tout tan. Yo jis bay Bondye lòd, epi yo kwè ke L ap obeyi yo, paske li ekri nan Bib la, ke Bondye pa vini pou lèzòm sèvi li, men pou Li sèvi lèzòm, e ke Li la kòm sèvitè yo. Nou pat toujou kwè nan pawòl sa? Nenpòt lè nou pa ka jwenn yon bagay nan men Bondye, nou pare pou nou kouri; lè nou pa konprann yon bagay, nou kenbe Li nan kè, e nou menm rive nan pwen ke nou joure Li. Nou pa janm senpleman kite Bondye li menm eksprime konplètman sajès ak sezisman Li, olye de sa, nou vle senpleman jwi fasilite ak konfò pou yon ti tan. Jiskounya atitid ou ak kwayans ou nan Bondye toujou rete menm jan li te ye lontan an. Si Bondye montre nou yon ti kras otorite l, nou vin malere. Kounya nou wè ki grandè pouvwa nou? Pa panse, nou tout fidèl a Bondye, alòske vye mès nou yo pa chanje. Lè anyen pa rive nou, nou kwè ke tout bagay ap mache e ke lanmou nou pou Bondye rive nan disèt wotè. Lè nenpòt ti bagay pase nou, nou tonbe ajenou fas atè, Eske se sa ki lwayote a Bondye?

Si etap final nan travay konkèt la ta kòmanse nan Izrayèl, Lè sa a, travay konkèt sa pa t ap gen okenn sans. Travay la pi enpòtan lè li fèt nan peyi Lachin, ak lè li fèt pou moun tankou nou yo. Nou se moun ki pi ba yo, moun ki gen mwens estati yo; nou se moun ki nan nivo ki pi ba nan sosyete sa a, epi nou se moun ki plis pat rekonèt Bondye okònmansman an. Nou se moun ki te pèdi ki te pi lwen Bondye e ki te pase pi move soufrans. Paske etap sa a nan travay la, se sèlman pou konkeri, Eske li pa pi apwopriye pou nou, si yo chwazi nou pou rann temwayaj a lavni? Si premye etap nan travay konkèt la pa ta dwe fèt sou nou moun sa yo, Lè sa a, li t ap vin difisil pou nou fè travay konkèt nou gen pou nou fè a avanse, paske rezilta travay konkèt ki gen pou fèt apre a, ap depann sou reyalite travay k ap fèt jodya. Travay konkèt aktyèl la se sèlman konmansman travay konkèt global la. Nou se premye gwoup ke nou dwe konkeri; nou se reprezantan tout limanite ke nou pral konkeri. Moun ki gen konesans tout bon pral wè ke tout travay Bondye fè jodya gran, e ke li pa sèlman pèmèt moun yo konnen pwòp rebelyon yo, men tou, lik revele estati yo. Objektif ak siyifikasyon pawòl Li yo se pa pou dekouraje moun, ni ranvèse yo. Se pou yo jwen iliminasyon ak delivrans nan pawòl Li yo; se pou reveye lespri yo pa mwayen pawòl Li yo. Depi lè kreyasyon mond lan, lèzòm ap viv anba domèn Satan an, san yo pa konnen, ni kwè ke gen yon Bondye. Si moun sa yo ka fè pati de gwo delivrans Bondye a epi Bondye ka monte yo wo, tout bon sa montre lanmou Bondye; tout moun ki gen bon konprann ap kwè sa. E moun ki pa gen konesans sa yo? Yo pral di, “Ah, Bondye di nou se ras Moab; Li te di sa ak pwòp bouch Li. Èske nou ka toujou jwenn yon bon rezilta? Ki moun ki fè nou ras Moab? Ki moun ki te fè nou reziste Li anpil nan tan lontan an? Bondye vini pou kondane nou; nou pa wè ki jan Li te toujou jije nou, depi nan konmansman an? Paske nou te reziste kont Bondye, se konsa yo ta dwe pini nou.” Èske pawòl sa yo kòrèk? Jodi a Bondye jije nou, pini nou, kondane nou, men nou dwe konnen ke rezon kondanasyon nou an se pou nou ka konnen tèt nou. Li kondane, madichonnen, jije, ak pini nou, pou nou ka konnen tèt nou, konsa pou atitid nou chanje, epi, anplis, pou nou ka konnen valè nou, epi wè ke tout aksyon Bondye dwat epi an akò avèk dispozisyon Li ak sa travay Li mande, li travay selon plan Li pou sove lèzòm, e li se Bondye ki jis, ki renmen, sove, jije, ak pini moun. Si ou konnen sèlman ran sosyal ou ba, ou kowonpi, ak dezobeyisan, men ou pa konnen Bondye vle montre byen klè Li vle sove w nan jijman ak pinisyon Li ba ou jodya, ebyen ou pa gen okenn fason pou pran eksperyans, ale vwa pou ta kontinye avanse. Bondye pa vini pou touye oswa detwi, men pou jije, madichonnen, pini, epi sove. Jiskaske plan jesyon 6,000 ane Li a fini—anvan Li revele rezilta chak kategori moun—travay Bondye sou tè a pral sèlman pou delivre; objektif travay la se pou fè moun ki renmen Li yo konplè, konplètman—epi fè yo soumèt anba dominasyon Li. Kèlkeswa jan Bondye sove moun, Li fè tout sa pou Li fè yo abandone vye nati satanik yo a; sa vle di, Li sove yo lè Li fè yo chache lavi. Si yo pa fè sa, tout bon, yo pap gen okenn fason pou yo aksepte delivrans Bondye a. Lavi ki pap janm fini an se travay Bondye, Li menm, epi chache lavi a se yon defi ke moun dwe pran pou yo aksepte delivrans lan. Nan je lèzòm, delivrans se lanmou pou Bondye, e lanmou pou Bondye pa ka chatiman, jijman ak madichon; sali dwe gen lanmou, konpasyon, epi, anplis de sa, mo konsolasyon, menm jan ak benediksyon san limit Bondye bay. Moun yo kwè lè Bondye sove moun, Li chanje yo ak benediksyon Li ak lagras Li, konsa yo ka bay Bondye kè yo. Sa vle di, depi Li manyen yo, Li sove yo. Mòd delivrans sa yo, se yon kontra ki siyen. Se sèlman lè Bondye fè san fwa plis pou yo lèzòm vin soumèt devan non Li, epi fè efò pou fè byen pou Li epi pote glwa pou Li. Se pa sa Bondye vle pou limanite. Bondye vini travay sou tè a yon fason pou Li sove limanite kowonpi a; pa genyen manti nan sa. Si te genyen, Li pa t ap asire Li vin fè travay Li an pèsòn. Nan tan lontan, mwayen delivrans Li yo te enplike montre anpil lanmou ak konpasyon, sak fè li te bay Satan tout Li menm an echanj pou tout limanite. Tan jodya pa menm jan ak tan lontan: delivrans yo ba nou jodya rive nan moman dènye jou yo, pandan klasifikasyon chak gwoup selon espes li; mwayen delivrans nou se pa lanmou oswa konpasyon, men pinisyon ak jijman, yon fason pou lèzòm ka sove pi byen. Se konsa, tout sa nou resevwa se pinisyon, jijman, ak kal san pitye, men konnen sa a: Nan kale di sa pa gen lide pinisyon ditou. Kèlkeswa jan M pale di, sa ki rive sou nou se kèk mo ke nou ka wè ki mechan anpil, e kèlkeswa jan mwen move, sa ki ap tonbe sou nou se ap toujou pawòl pou anseye nou, epi mwen pa vle fè nou mal oswa touye nou. Èske sa yo se pa verite? Konnen sèjousi, kit se jijman ki jis, kit se rafinman ak pinisyon, tout aksyon sa yo se pou sove nou. Menm si jodya chak gwoup klase selon espès li oswa nou ekspoze tout kategori lèzòm, bi travay ak pawòl Bondye a, se pou Li sove sa ki renmen Bondye tout bon yo. Jijman jis se pou pirifye lèzòm, epi rafinman san konsiderasyon fèt pou netwaye yo; mo piman bouk oswa pinisyon, toulède la pou pirifye epi pou delivre nou. Se konsa, metòd delivrans jodya kontrè ak sa lontan an. Jodya, nou jwenn delivrans gras a yon jijman ki jis, e sa se yon bon zouti pou klasifye chak nan nou selon espès li. Anplis, pinisyon mechan pote pi bon delivrans pou nou—e kisa nou ka di devan mòd pinisyon ak jijman sa yo? Eske nou pa te toujou jwi delivrans, depi nan konmansman jiska lafen? Nou te wè Bondye vin sou tè a, epi reyalize pisans Li ak bon konprann Li; anplis de sa, nou te fè eksperyans kale ak disipline plizyè fwa. Sepandan, èske nou pa resevwa gras sipwèm tou? Èske benediksyon nou yo pa pi gran pase pa nenpòt lòt moun? Favè nou jwenn pi abondan menm pase tout bèl pouvwa ak richès Salomon te jwi! Reflechi sou sa: Si entansyon Mwen lè Mwen vini an sete kondane ak pini nou olye de sove ou, eske nou t ap viv tout tan sa a? Èske nou pechè, moun ki fèt ak vyann ak san t ap genyen lavi jouk jounen jodya? Si objektif mwen te senpleman pini nou, alò, poukisa mwen ta vin tounen vyan epi angaje nan gwo misyon sa a? Èske pini nou senp mòtèl pa t ap fèt ak yon sèl mo Mwen di? Èske Mwen ta toujou bezwen detwi nou apre Mwen kondane nou pa eksprè. Èske nou toujou pa kwè pawòl Mwen? Èske Mwen ka sove lèzòm senpleman ak lanmou ak konpasyon? Oubyen èske Mwen ka sèlman itilize krisifiksyon pou sove lèzòm? Èske atitid jis Mwen an pa pi favorab pou fè lèzòm obeyisan nèt? Èske li pa pi kapab byen sove moun?

Menm si pawòl Mwen yo ka sevè, yo tout te di pou delivre lèzòm, menm jan Mwen sèlman di pawòl men Mwen pa pini fizikman. Pawòl sa yo lakòz moun viv nan limyè a, yo konnen ke limyè a egziste, yo konnen ke limyè a gen anpil valè, e, menm plis konsa, yo konnen ki jan pawòl sa yo bon pou yo, menm jan yo konnen ke Bondye se delivrans. Mèmsi Mwen di anpil pawòl pou pini ak jije, sa pawòl sa yo vle di pa janm aplike sou nou. Mwen vin fè travay Mwen epi pale pawòl Mwen, e menm si pawòl Mwen yo sevè, yo di pou jije koripsyon nou ak rebelyon nou. Rezon ki fè Mwen fè sa a, se toujou pou sove lèzòm anba men Satan; Mwen ap sèvi ak pawòl Mwen pou Mwen sove lèzòm. Objektif Mwen se pa fè moun mal ak pawòl Mwen. Pawòl Mwen yo sevè se pou Mwen ka jwenn rezilta nan travay Mwen. Se sèlman nan travay sa lèzòm ap rive konnen tèt yo epi abandone atitid rebèl la. Travay ki pi enpòtan pawòl la fè, li pèmèt moun mete verite a an pratik apre yo fin konprann li, reyalize chanjman nan atitid yo, epi vin konnen tèt yo ak travay Bondye a. Sèlman fè travay la ak la pawòl ka rann kominikasyon ant Bondye ak lèzòm posib, epi sèlman la pawòl ki ka eksplike verite a. Travay nan fason sa a se pi bon mwayen pou konkeri lèzòm; apa de pale pawòl la, pa gen okenn lòt metòd ki kapab bay moun yon konpreyansyon pi klè sou verite a, ak travay Bondye a. Konsa, nan dènye etap travay Li a, Bondye pale ak Lèzòm pou Li ka debloke pou yo tout verite ak mistè yo poko konprann, sa ki pèmèt yo jwenn nan men Bondye vrè chemen an ak lavi a, kidonk satisfè volonte Li. Rezon travay Bondye a sou lèzòm se pou pèmèt yo satisfè volonte Bondye, epi li fèt pou pote delivrans. Se poutèt sa, pandan tan Li ap delivre lèzòm, Li pa fè travay pinisyon yo a. Pandan Bondye ap pote delivrans pou lèzòm, Bondye pa pini sa ki mal ni rekonpanse sa ki byen, ni li pa revele ki kote divès kalite moun prale. Olye de sa, se sèlman apre etap final travay Li a fin fèt, Li pral fè travay pini sa ki mal ak rekonpanse sa ki byen, epi sèlman lè sa a, li pral revele kijan tout diferan kalite moun ap fini. Moun ki pini yo se ap moun yo vrèman pa ka sove, pandan ke moun ki sove yo se ap moun ki te jwenn delivrans Bondye pandan tan Li t ap delivre lèzòm nan. Pandan travay delivrans Bondye a ap fèt, chak moun ki ka sove ap sove depi li posib, e okenn nan yo pap abandone, paske bi travay Bondye a se pou sove lèzòm. Tout moun ki, pandan tan Bondye t ap delivre lèzòm nan, pat kapab reyalize yon chanjman nan atitid yo—menm jan ak tout lòt moun ki pat kapab soumèt devan Bondye konplètman—yo ap merite pinisyon. Etap sa a nan travay la—travay la pawòl—pral débloke pou moun tout fason ak mistè yo pa konprann, pou yo ka konprann volonte Bondye ak kisa Bondye mande yo, epi pou yo ka konn kondisyon yo, pou mete pawòl Bondye yo an pratik, epi reyalize chanjman nan atitid yo. Bondye sèvi ak pawòl sèlman pou fè travay li epi li *pa pini moun paske yo te yon ti jan rebèl; sa a se paske kounye a se tan travay delivrans lan. Si yo te pini tout moun ki aji an rebèl, lè sa a pesonn pa ta gen opòtinite pou sove; yo t ap pini tout moun epi lage yo nan lanfè. Bi pawòl ki jije lèzòm se pou pèmèt yo konnen tèt yo epi soumèt devan Bondye; se pa pou yo pini yo ak jijman sa yo. Pandan tan travay la pawòl la, anpil moun pral ekspoze rebelyon yo ak *defi, menm jan ak dezobeyisans yo pou Bondye ki pran fòm moun. Malgre sa, li pa pral pini tout moun sa yo pou tèt sa, men olye de sa, Li ap mete sou kote sèlman moun ki nan koripsyon jis nan zo epi ki pa ka sove. Li pral bay Satan kò yo, epi, nan kèk ka, detwi kò yo. Moun ki rete yo ap kontinye swiv ak eksperyans yo te fè lè yo regle kèk pwoblèm ak yo epi poli yo. Si, pandan y ap swiv, moun sa yo toujou pa kapab aksepte ke yo regle kèk pwoblèm yo ak poli yo, epi yo vin deplizanpli dejenere, lè sa a yo pral pèdi chans yo pou delivrans lan. Chak moun ki te soumèt paske la pawòl te konkeri yo, ap gen ase chans pou yo delivre; Delivrans Bondye a pou chak nan moun sa yo pral montre jan Li gen bon kè. *Nan lòt mo, yo pral montre anpil tolerans pou yo. Toutotan moun ka vire do kite move wout la, e toutotan yo ka repanti, Bondye ap ba yo opòtinite pou jwenn delivrans Li. Lè lèzòm premye fè rebèl kont Bondye, Li pa gen okenn dezi pou touye yo; olye de sa, Li fè tout sa Li kapab pou sove yo. Si yon moun reyèlman pa genyen chans pou li sove, lè sa a, Bondye pral mete yo sou kote. Rezon ki fè Bondye pran tan pou pini sèten moun se paske Li vle sove tout moun ki ka sove. Li jije, eklere, ak gide moun sèlman avèk la pawòl, epi li pa sèvi ak yon baton pou touye yo. Anplwaye la pawòl pou delivre lèzòm se objektif ak enpòtans dènye etap travay la.

Avan:  Konsènan Apelasyon ak Idantite

Pwochen:  Kòman Lòm Ki Te Limite Bondye nan Ide l yo KaResevwa Revelasyon Bondye yo?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger