Nan Lafwa, Yon Moun Dwe Konsantre l Sou Reyalite—Angaje nan Rityèl Relijye se pa Lafwa
Konbyen pratik relijye ou obsève? Konbyen fwa ou fè rebèl ak pawòl Bondye epi w’ fè wout pa w’? Konbyen fwa w’ mete pawòl Bondye an pratik paske ou vrèman konsidere chay li yo e wap chèche satisfè volonte L? Ou dwe konprann pawòl Bondye epi mete l’ an pratik jan sa dwe ye. Se pou gen prinsip nan tout aksyon w’ ak zèv ou yo, men sa pa vle di respekte regleman yo oswa fè yon bagay ki pa nan volonte w’ pou fè moun wè; okontrè, sa vle di pratike verite a, e viv jan pawòl Bondye mande. Se sèl kalite pratik sa a ki fè Bondye plezi. Nenpòt fason yon moun aji ki fè Bondye plezi pa yon règ, men se pratik verite a. Gen moun ki gen tandans fè moun wè yo. Lè yo nan prezans frè ak sè yo, yo ka di yo gen rekonesans pou Bondye, men kou yo dèyè do yo, yo pa pratike laverite epi yo aji antyèman diferan. Èske se pa Farizyen relijye yo ye? Yon moun ki renmen Bondye tout bon e ki genyen verite a se li menm ki fidèl anvè Bondye men ki p’ap fè moun wè. Yon moun konsa gen volonte pou l’ pratike laverite lè pwoblem yo vini, e li pa pale ni aji yon fason ki kont konsyans li. Moun konsa demontre sajès lè problèm yo vini, e li gen prensip nan aksyon li nenpòt jan sa ye. Moun konsa ka bay bon jan sèvis. Genyen kap di souvan ak pwent bouch yo dèt yo anvè Bondye; yo pase jounen yo ak sousi yo femen nan enkyetid, bay lè moun ki afekte e pran pòz yo fè pitye. Sa lèd anpil! Si w’ ta mande yo “Ou ka dim koman ou gen rekonesans anvè Bondye?” lè sa a, yo t’ap rete “bouch B.” Si ou fidèl anvè Bondye w’ pa bezwen pale sa an piblik; olye sa, bay prèv ke w’ renmen Bondye nan bon jan pratik, ak priye L’ avèk yon kè sensè. Sa yo k’ap regle zafè yo ak Bondye nan bouch e de fason sipèfisyèl yo tout se ipokrit! Gen kèk menm se chak fwa y’ap priye yo pale sou rekonesans yo anvè Bondye, e yo tonbe kriye chak fwa y’ap priye, menm si Senstepri pa menm travese yo. Moun konsa posede pa nosyon ak rityèl relijye; yo viv dapre nosyon ak rityèl sa yo, yo toujou kwè ke bagay sa yo fè Bondye plezi ak Li renmen moun k’ap sèvi’ L nan fason sipèfisyèl, nan kriye avèk lapenn. Ki sa ki bon ki ka sot nan moun san sans sa yo? Pou fè wè ke yo gen imilite kèk nan yo pran pòz yo dou lè y’ap pale nan prezans lòt moun. Kèk nan yo chwazi menm sèvi moun lè yo nan prezans lòt moun, aji tankou ti mouton ki pa gen ti kras fòs. Èske se yon fason ki apwopriye pou moun wayòm nan? Moun wayòm nan dwe vivan ak lib, inosan ak ouvè, onèt e chaje ak lanmou, epi viv yon fason ki lib. Yo dwe gen entegrite ak diyite e kapab sèvi temwen tout kote yo pase; moun sa yo Bondye ak Lezòm renmen yo. Sa yo ki se bebe nan lafwa fè twòp bagay pou fè wè; Yo dwe anvan sibi yon peryòd tretman ak “brizman.” Moun ki gen lafwa ki fon nan Bondye pa diferan pa deyòde lòt moun, men aksyon yo ak zèv yo louab. Se sèlman moun sa yo ki konsidere kòm moun k’ap viv pawòl Bondye a. Si w’ap preche levanjil la chak jou a plizyè moun nan yon efò pou fè yo sove, poutan alafen yo toujou ap viv dapre règleman ak doktrin, konsa ou paka pote glwa pou Bondye. Moun konsa se moun figi relijye yo genyen, e yo ipokrit. Chak fwa moun relijye sa yo rasanble, yo ka mande, “sè, koman w’ ye pandan jou sa yo?” Li ka reponn “M’ santi m dwe rekonesan anvè Bondye men mwen paka satisfè volonte L’.” Yon lòt ka di, “Mwen menm tou mwen santi-m dwe Bondye e m’ pa ka satisfè L’.” kèk fraz ak mo sa yo sèlman eksprime bagay lèd yo genyen fon nan kè yo; se pawòl ki pi degoutan ki genyen e yo repiyan nèt. Nati moun sa yo opoze ak Bondye. Sa yo ki konsantre yo sou reyalite pale tout sa ki nan lespri yo, e yo ouvri sa ki nan kè yo lè yo an zanmi. Yo pa nan fè fo mouvman, yo pa nan montre ni politès oswa vye plezantri. Yo toujou dwat ak yo pa swiv règleman pwofàn. Gen moun ki renmen fè wè, rive nan yon pwen kote yo vin san sans nèt. Lè youn ap chante, yo komanse danse, san yo pa reyalize ke diri yo kite nan chodyè yo a gentan boule. Moun sa yo se pa moun Bondye yo ye ni yo pa merite onè, epi yo twò frivòl. Tout bagay sa yo parèt konsa lè manke reyalite. Lè kèk moun ap pale de kesyon lavi espirityèl, menm si yap pale ke yo pa dwe Bondye anyen, yo gen yon bonjan lanmou ki fon pou Li. Jan w’ santi w’ dwe Bondye pa gen anyen pou l’ wè ak lòt moun; ou dwe Bondye men pa lòm. Kisa sa rapòte w’ pou toutan w’ap pale de sa ak lòt moun? Ou dwe mete enpòtans sou antre nan reyalite a, men se pa montre zèl oswa fè wè’w. Kisa bon aksyon sipèfisyel lèzòm reprezante? Yo reprezante lachè, e menm pi bon pratik pou fè wè pa reprezante lavi; yo sèlman montre pwòp tanperaman individyèl ou. Pratik lezòm pou fè wè pa ka satisfè dezi Bondye. Ou toujou ap pale de jan w’ gen rekonesans anvè Bondye, poutan w’ paka pote anyen nan lavi lòt moun, oswa fè yo vin renmen Bondye. Ou panse sa w’ap fè yo ap satisfè Bondye? Ou santi aksyon w’ yo nan chemen volonte Bondye, ak yo soti nan lespri a, men an verite yo tout se bagay ki san sans! Ou panse ke sa ki fè w’ plezi ak sa w’ pare pou w’ fè se ekzakteman sa yo ki fè BonDye kontan. Èske dezi w’ yo ka reprezante Bondye, Èske karaktè yon moun ka represente Bondye? Sa k’ fè w’ plezi se sa menm ke Bondye rayi, ak abitid ou yo se yo menm Bondye deteste ak voye jete. Si w’ santi w’ dwe rekonesan, al lapriye devan Bondye; pa gen rezon pou pale de sa ak lòt moun. Si w’ pa priye devan Bondye, e a la plas se fè w’ap fè wè-w’ toutan an prezans lòt moun, èske sa ka satisfè volonte Bondye? Si aksyon-w yo toujou egziste selman an aparans, Lè sa a, sa vle di w’ap aji pou granmesi nèt ale. Ki kalite moun sa yo k’ap fe selman bon aksyon sipèfisyel san yo pa nan reyalite a? Moun sa yo se selman farizyen ipokrit ak figi moun relijye yo ye! si w’ pa vire do bay pratik fè wè ak pa kapab change, alòs eleman ipokrizi ki nan ou yo ap vin grandi plis. Plis eleman ipokrizi yo anpil plis w’ap gen resistans pou Bondye. Lè sa va fini, jan de moun sa yo siman ap detwi!