Diferans Esansyèl Ant Bondye Enkane aak Moun Bondye Itilize yo
Ane Lespri Bondye a t ap fouye yo pandan l ap travay sou tè a anpil, e moun Bondye te itilize pou fè travay Li pandan tout epòk yo anpil. Men, pandan tout tan sa a, Lespri Bondye a te san yon kote apwopriyepou L repoze, se poutèt sa Bondye pase diferan moun nan mitan yo pou fè travay Li. Tout te di, se atravè moun travay Li fèt. Sa ki vle di, pandan tout ane sa yo, travay Bondye a pa t janm sispann, men li te kontinye avanse nan moun, jouk rive jodi a. Malgre Bondye te pale tout pawòl sa yo ak tout travay sa a, lòm toujou pa konnen Bondye, tout sa se paske Bondye pa janm parèt devan lòm e tou paske Li pa gen okenn fòm yo ka touche Epi konsa, Bondye dwe mennen travay sa a—travay pou fè tout moun konnen enpòtans pratik Bondye pratik la nan finismn li. Pou akonpli objektif sa a, Bondye dwe revele Lespri li yon fason preatik bay limanite epi fè travay Li nan mitan yo. Sa vle di, se sèlman lè Lespri a pran fòm fizik, Li mete chè ak zo sou Li, epi Li mache vizib pami lèzòm, akonpaye yo nan lavi yo, pafwa montre epi pafwa kache tèt Li, se sèlman lè sa moun yo kapab rive nan yon konpreyansyon ki pi pwofonsou Li. Si Bondye te sèlman rete nan kò a, Li pa tap kapab fini travay Li yo ann antye. Epi apre Li fin travay nan kò a pandan kèk tan, fin akonpli ministè ki bezwen fèt nan kò a, Bondye pral kite kò a epi Li pral travay nan wayòm espirityèl sou fòmkò a, menm jan Jezi te fè sa apre li te travay kèk tan nan eta mounnòmal epi Li te konplete tout travay Li te bezwen pou Li konplete. Nouu ka sonje pasaj sa a nan “Chimen an … (5)”: “Mwen sonje Papa m di m, ‘Sou latè, chache sèlman fè volonte Papa wepiakonpli komisyon L. Pa gen lòt bagay ki konsène w.’” Kisa ou wè nan pasaj sa a? Lè Bondye vini sou tè a, Li fè sèlman travay Li nan divinite, ki se sa Lespri nan syèl la te konfye Bondye enkane a. Lè li vini, Li sèlman pale toupatou nan peyi a, pou bay pawòl li yo pwa nan itilize diferan mwayen ak diferan pèspektiv. Objektif ak prensip travay Lise prensipalman bay moun e anseye moun, epi Li pa okipe Lak bagay tankou relasyon moun ak moun swa detay nan lavi moun yo. Ministè prensipal li se pale pou Lespri a. Sa vle di, lè Lespri Bondye parèt byen klè nan yon kò Li sèlman bay lòm lavi e degaje verite a. Li pa enplike tèt Li nan travay lòm, sa ki vle di, Li pa patisipe nan travay limanite. Moun pa ka fè travay Bondye sèl ka fè e Bondye pa patisipe nan travay ki pou moun. Nan tout ane yo depi Bondye te vin sou tè sa a pou l fè travay Li, Li te toujou fè l atravè moun. Epoutan, yo pa ka konsidere moun sa yo kòm Bondye enkane—sèlman yo se moun Bondye itilize. Bondye jodi a, pandanstan, kapab pale dirèkteman dapre pozisyon Li kòm Bondye. Li voye vwa Lespri a epi travay sou non Lespri a. Tout moun Bondye te itilize pandan tout epòk yo se, menm jan an tou, egzanp Lespri Bondye k ap travay nan yon kò lachè—kidonk poukisa yo pa ka rele Bondye? Men, jodi Bondye se Li menm ki Lespri Bondye k ap travay dirèkteman nan kò a, e Jezi te Lespri Bondye k ap travay nan kò a tou; se Bondye yo rele tou de. Kidonk, kisa ki diferans lan? Moun sa yo Bondye te itilize nan tout epòk yo, yo tout te kapab panse ak rezone yon fason ki nòmal. Yo tout te konprann prensip konduit lèzòm. Yo te gen lide moun nòmal yo, epi se tout bagay moun nòmal yo ta dwe posede ki te posede yo. Pifò nan yo te gen talan eksepsyonèl ak entèlijans natirèl. Nan travay sou moun sa yo, Lespri Bondye sèvi ak talan yo, ki se kado Bondye ba yo. Lespri Bondye a mete talan yo ann aplikasyon, lè L sèvi avèk fòs yo nan sèvis Bondye. Men, sibstans Bondye pa gen lide ni panse, yo pa melanje ak entansyon moun, e Li pa menm manke sa moun nòmal yo posede. Sa ki vle di, Li pa menm abitye ak prensip konduit lòm yo. Men kijan sa ye lè Bondye jodi a vini sou tè a. Travay Li ak pawòl Li yopa melanje ak entansyon moun oswa panse moun, men yo se yon manifestasyon dirèk entansyon nan Lespri a, epi Li travay dirèkteman sou non Bondye. Sa vle di, Lespri a pale dirèkteman, sa vle di, divinite a fè travay la dirèkteman, san li pa melanje ditou ak entansyon lòm yo. Pou di sa yon lòt, Bondye enkane a fè yon sèl kò ak divinite dirèkteman, Li pa gen panse oswa lide moun, epi Li pa gen okenn konpreyansyon sou prensip konduit moun. Si sèlman divinite te nan travay (sa vle di si se sèlman Bondye Li menm ki t ap travay), pa tap gen okenn fason pou travay Bondye a ka fèt sou latè. Konsa, lè Bondye vini sou tè a, Li dwe gen yon ti kantite moun Li itilize pou travay nan limanite yo ansanm avèk travay Bondye fè nan divinite a. Pou di sa yon lòt jan, Li itilize travay moun pou kenbe travay diven Li. Si se pa sa, pa tap gen okenn fason pou lòm angaje dirèkteman nan travay diven an. Men kijan sa te ye pou Jezi ak disip Li yo. Pandan tan Li nan mond lan, Jezi te aboli ansyen lwa yo epi te etabli nouvo kòmandman. Li te pale anpil pawòl tou. Tout travay sa a te fèt nan divinite a. Lòt moun yo, tankou Pyè, Pòl, ak Jan, tout te repoze travay ki vin apre yo sou fondasyon pawòl Jezi yo. Sa ki vle di, Bondye te lanse travay Li nan epòk sa a, ki antre an konmansman Epòk Gras la; sa vle di, Li te inogire yon nouvo epòk, ki aboli ansyen an, epi tou ki akonpli pawòl sa yo, “Bondye se kòmansman an ak fen an.” Pou di sa yon lòt jan, lòm dwe fè travay imen sou fondasyon travay diven an. Yon fwa Jezi te findi tout sa Li te bezwen di e fini travay Li sou tè a, Li kite lòm. Apre sa, tout moun, nan travay yo, te fè sa dapre prensip ki eksprime nan pawòl Li yo, epi yo te pratike yo dapre verite Li te pale yo. Tout moun sa yo te travay pou Jezi. Si se te Jezi sèlman ki t ap fè travay la, kèlkeswa kantitepawòl Li te pale, moun yo pa t ap gen mwayen pou yo angaje yo ak pawòl Li yo, paske Li t ap travay nan divinite a e li te kapab pale pawòl divinite yo, e li pa t ap ka eksplike bagay sa yo nan pwen kote moun nòmal yo ta kapab konprann pawòl Li yo. E konsa, li te dwe gen apot ak pwofèt ki te vin apre L yo pou konplete travay Li. Sa a se prensipBobdye enkane a suiv pou fè travay Li—lè L sèvi avèk kò enkane a pou Li pale e travay yon fason pouLi konplete travay divinite a, epi aprè sa Li sèvi avèk kèk moun, oswa petèt plis, ki selon pwòp kè Bondye pou konplete travay Li. Sa vle di, Bondye sèvi ak moun ki selon kè Li pou fè travay pran swen epi awoze nan limanite yo pou moun Bondye chwazi yo ka antre nan reyalite verite a.
Si, lè Li te vin nan kò a, Bondye te fè sèlman travay divinite a, epi pa te gen okenn moun selon kè L pou travay ansanm avèk Li, lòm pa t ap anmezi pou konprann volonte Bondye oswa angaje ak Bondye. Bondye dwe sèvi ak mounnòmal yo ki selon kè L poukonplete travay sa a, pou yo veye epi pou yo pran swen legliz yo, yon fason pou akonpli nivo pwosesis mantal lòm, sa vle di sèvo l kapab imajine. Nou ka di, Bondye sèvi ak yon ti kantite moun ki selon kè L pou “tradui” travay Li fè nan divinite L, pou travay la ka ouvè—pou transfòme langaj Bondye an langaj moun, pou moun ka onprann li. Si Bondye pa t fè sa, pèsonn pa ta konprann langaj diven Bondye a, paske moun ki selon kè Bondye yo, apre tou, se yon ti minorite, epi kapasite konpreyansyon lòm fèb. Se poutèt sa Bondye chwazi metòd sa a sèlman lè Li ap travay nan kò enkane a. Si te gen sèlman travay diven, pa tap gen okenn fason pou lòm konnen oswa angaje ak Bondye, paske lòm pa konprann langaj Bondye a. Lòm kapab konprann langaj sa a sèlman atravè sèvis moun ki selon kè Bondye yo, ki se moun ki rann pawòl Li yo klè. Epoutan si te gen sèlman moun sa yo k ap travay nan limanite, ki te ka sèlman kenbe lavi nòmal lòm nan; sa pa tap kapab transfòme dispozisyon moun. Travay Bondye a pa t apkapab gen yon nouvo pwen depa; tap gen sèlman menm vye chante yo, menm vye charabya yo. Se sèlman atravè sèvis Bondye enkanea, ki di tout sa ki bezwen di epi fè tout sa ki bezwen fèt pandan peryòd enkanasyon Li, apresa moun yo travay epi fè eksperyansdapre pawòl Li yo, sèlman konsa dispozisyon lavi yo pral kapab chanje, epi sèlman konsa yo pral kapab mache ak tan yo. Moun ki travay nan divinite a reprezante Bondye, pandan moun ki travay nan eta moun se moun Bondye itilize. Sa ki vle di, Bondye enkane adiferan tout bonak moun Bondye itilize yo. Bondye enkane a kapab fè travay divinite a, tandiske moun Bondye ap itilize yo pa kapab. Nan kòmansman chak epòk, Lespri Bondye a pale pèsonèlman epi lanse nouvo epòk la pou mennen lòm nan yon nouvo kòmansman. Lè li fin pale, sa vle di travay Bondye nan divinite Li fini. Apre sa, tout moun swiv egzanp moun Bondye itilize yo pou antre nan eksperyans lavi yo. Menm jan an, se nan etap sa atou Bondye pote moun nan nouvo epòk la epi bay moun yon nouvo pwen depa—lè travay Bondye nan kò a fini.
Bondye pa vini sou tè a pou L rann eta moun nòmal Li pafè, ni Li pa vin fè travay moun nòmal. Li vini sèlman fè travay divinite a nan eta moun nòmal la. Sa Bondye pale sou eta moun nòmal lase pa jan moun imajine. Lòm defini “eta mounnòmal” tankou gen yon madanm, oswa yon mari, ak pitit gason ak pitit fi, ki se prèv yon moun se yon moun nòmal; Bondye, poutan, pa wè l konsa. Li wè eta mounnòmal tankou gen panse moun nòmal, lavi moun nòmal, epi fèt tankou moun nòmal. Men, eta moun nòmal Li pa gen ladan madanm, oswa yon mari, ak timoun nan fason moun konsidere eta moun nòmal Li. Sa vle di, pou lòm, eta moun nòmal Bondye pale a se sa lèzòm t ap konsidere ki pa moun, ki prèske manke emosyon epi ki pa sanble gen bezwen ditou pou kò a, jis tankou Jezi, ki te gen sèlman eksteryè yon moun nòmal e ki te pran aparans yon moun nòmal, men nan natiLi ki pa t posede antyèman tout sa yon moun nòmal ta dwe posede. Apati de sa a yon moun ka wè, sibstans Bondye enkane a pa kouvri touteta mounnòmal la, men se sèlman yon pòsyon nan bagay moun ta dwe posede, yon fason pou sipòte woutin lavi mounnòmal yo epi soutni kapasite rezonman moun nòmal yo. Men, bagay sa yo pa gen anyen pou wè ak sa lòm konsidere kòm eta moun nòmal la. Yo se sa Bondye enkane ata dwe posede. Epoutan gen moun ki kenbe lide, kòm kwa yo ka di Bondyeenkane a posede eta moun nòmal sèlman si Li gen yon madanm, pitit gason ak pitit fi, yon fanmi; san bagay sa yo, yo di, Li pa yon moun nòmal. Mwen mande w enben, “Èske Bondye gen yon madanm? Èske li posib pou Bondye gen yon mari? Eske Bondye ka fè pitit?” Èske sa yo se pa fo? Men, Bondye enkane a pa ka soti nan yon fant wòche yo oswa soti tonbe nan syèl la. Li ka fèt sèlman nan yon fanmi moun nòmal. Se poutèt sa Li gen paran ak sè. Sa yo se bagay ki seeta mounnòmal, Bondye enkane a ta dwe genyen. Se konsa sa te pase ak Jezi; Jezi te gen yon papa ak yon manman, sè ak frè, e tout bagay sa yo te nòmal. Men, si Li te gen yon madanm, pitit gason ak pitit fi, enbeneta moun Li pa tapeta moun ki nòmalBondye te gen entansyon pou Bondye enkane a posede a. Si se te sa, Li pa ta kapab travay sou non divinite a. Se te egzakteman rezon ki fè Li pa t gen yon madanm oswa pitit, e ankò se moun nòmal ki fè L nan yon fanmi nòmal, pou Li te kapab fè travay divinite a. Pou rann sapi klè, sa Bondye konsidere kòm yon moun nòmal se yon moun ki fèt nan yon fanmi nòmal. Se sèlman yon moun konsa ki kalifye pou fè travay diven. Si, yon lòt kote, moun nan te gen yon madanm, pitit, oswa yon mari, moun sa a pa ta ap kapab fè travay diven, paske li tap posede sèlman eta mounnòmalyo mande a men li pa tap posede eta moun nòmal Bondye mande a. Sa Bondye konsidere, e sa moun konprann lan, yo souvan diferananpil, vreman lwen yonn lòt. Nan etapsa a nan travay Bondyea gen anpil bagay ki ale kont epi ki diferan anpil ak konsepsyon moun yo. Yon moun ta kapab di, etap sa a nan travay Bondye a gentout mendivinite a nan pat la, eta moun lan kijwe yon wòl sipò. Paske Bondye vini sou tè a pou Li fè travay Li Li menm, olye Li kite moun mete men ladan l, Li enkane tèt Li nan kò a (nan yon moun ki pa konplè e ki nòmal) pou fè travay Li. Li itilize enkanasyon sa a pou prezante moun yon nouvo epòk, pou di lèzòm pwochen etap nan travay Li, epi pou mande moun yo pratike daprewout ki trase nan pawòl Li yo. Se konsa travay Bondye a nan kò a fini; Li sou pwen pou L kite lèzòm, nan pa abite ankò nan kò eta moun nòmal la, men pito Li deplase lwen moun pou kontinye yon lòt pati nan travay Li. Aprè sa a, lè l sèvi avèk moun ki selon kè L, Li kontinye travay Li sou tè a nan mitan gwoup moun sa yo, men nan imanite yo.
Bondye enkane a pa ka rete ak moun pou tout tan paske Bondye gen anpil lòt travay pou Li fè toujou. Li pa ka mare nan kò a; Li oblije jete kò a pou L fè travay Li dwe fè, menm si Li fè travay sa a nan fòm kò a. Lè Bondye vini sou tè a, Li pa rete tann jiskaske Li te rive nan fòm yon moun nòmal ta dwe atenn anvan Li mouri epi kite lòm. Kèlkeswa jan kò Li vye, lè travay Li fini, Li prale, Li ap kite lòm. Pa gen epòk pou Li, Li pa konte jou Li yo dapre dire lavi moun; olye de sa, Li fini lavi Ki nan kò a ann akò avèk etap travay Li yo. Ka gen moun ki santi, lè Bondye vini nan kò a, Li dwe vyeyinan yon sèten mezi, Li dwe vinyon gran moun, rive fin vye granmoun, epi pati sèlman lè kò sa a echwe. Sa a se imajinasyon lòm; Bondye pa travay konsa. Li vini nan kò a sèlman pou fè travay Li sipoze fè a, epi Li pa viv lavi yon nonm nòmal ki te fèt nan paran yo, ki grandi, ki fòme yon fanmi e ki kòmanse yon karyè, ki genyen epi leve timoun yo, oswa ki fè eksperyans sa ki wo ak sa ki ba nan lavi—tout aktivite yon nonm nòmal. Lè Bondye vini sou tè a, sa a se Lespri Bondye a ki abiye ak kò a, ki vini nan kò a, men Bondye pa viv lavi yon moun nòmal. Li sèlman vin akonpli yon pati nan plan jesyon Li an. Aprè sa Li pral kite lòm. Lè Li vini nan kò a, Lespri Bondye a pa rann eta mounnòmal kò a pafè. Pito, nan yon tan Bondye te prepare avan, divinite a ale travay dirèkteman. Lè sa a, apre Li fin fè tout sa Li bezwen fè yo epi konplete ministè Li nèt, travay Lespri Bondye a nan etap sa a fini, nan pwen kote lavi Bondye enkane a fini tou, menm si kò lachè Li pat viv tout tan li ka fè. Sa vle di, kèlkeswa etap nan lavi kò lachè a rive, kèlkeswa jan li viv sou tè a lontan, se travay Lespri a ki deside tout bagay. Li pa gen anyen pou Li wè ak sa moun konsidere kòm eta mounnòmal. Pran Jezi kòm yon egzanp. Li te viv nan kò a pandan tranntwa zan edmi. N asa ki konène kantite tan kò yon moun ka viv, Li pa ta dwe mouri nan lè sa a, epi Li pa ta dwe ale. Men, sa pa t enterese Lespri Bondye a. Piske travay Li te fini, nan pwen sa a yo te wete kò a, li disparèt ansanm ak Lespri a. Sa a se prensip Bondye itilize pou L travay nan kò a. Epi konsa, an verite, eta Bondye enkane a kòm moun, se pa li ki pi enpòtan. Pou repete, Li pa vini sou tè a pou L viv lavi yon moun nòmal. Li pa bati an premye yon lavi moun nòmal epi apre L kòmanse travay. Pito, depi Li fèt nan yon fanmi moun nòmal, Li kapab fè travay diven, travay kip a tache ak entansyon lòm, ki pa chanèl, ki pa adopte sètènman fason sosyete a oswa ki enplike panse oswa konsepsyon lòm yo, epi, anplis, sa pa enplike filozofi lòm sou lavi. Sa a se travay Bondye enkanea gen entansyon fè, epitou li se enpòtans pratik enkanasyon Li. Bondye vini nan kò a sitou pou Li fè yon etap nan travay ki bezwen fèt nan kò a, san li pa sibi lòt pwosesis san enpòtans epi, nan sa ki konsène eksperyans yon moun ki nòmal, Li pa genyen yo. Travay kò Bondye enkane a bezwen fè a pa gen ladan eksperyans nòmal lòm yo. Konsa, Bondye vini nan kò a nan sousi pou akonpli travay Li bezwen akonpli nan kò a. Rès la pa gen anyen pou L wè avèL; Li pa pase nan anpil pwosesis san enpòtans. Yon fwa travay Li fini, enpòtans enkanasyon Li fini tou. Fini etap sa a vle di travay Li bezwen fè nan kò a fini, epi ministè kò Lifini. Men, Li pa ka kontinye travay nan kò a nètalkole. Li gen pou Li ale yon lòt kote pou Li al travay, yon kote andeyò kò a. Se sèlman konsa travay Li kapab fini avèk siksè, epi avanse nan pi gwo rezilta. Bondye ap travay dapre plan orijinal Li. Ki travay Li bezwen fèe ki travay Li te fini, Li konnen yo klèman tankou pla men L. Bondye mennen chak moun mache nan yon chimen Li te deja prepare. Pa gen moun ki ka chape anba sa a. Se sèlman moun ki swiv jan Lespri Bondye a gide yo ki pral kapab antre nan repo. Li posib, nan travay pitayo, se pa pral Bondye ki pale nan kò a pou gide moun, men yon Lespri avèk moun ka touche k ap gide lavi lòm. Se sèlman lè sa a lòm pral kapab touche Bondye konkrètman, gade Bondye, epi pi byen antre nan reyalite Bondye mande a, pou Bondye pratik la fè l vin pafè. Sa a se travay Bondye gen entansyon akonpli a, epi se sa Li te planifye depi lontan an. Depi la a, nou tout tadwe wè ki chimen nou ta dwe pran!