Sèt Loraj yo Sonnen—Y ap Pwofetize Ke Levanjil Wayòm lan Pral Pwopaje Atravè Tout Linivè
M ap pwopaje travay Mwen an pami nasyon payen yo. Laglwa Mwen ap briye atravè tout linivè; volonte Mwen enkane anndan tout kalite pèp, se men Mwen k ap gide yo tout epi k ap dirije travay ke mwen ba yo pou yo fè yo. Depi lè sa a, Mwen te antre nan yon nouvo peryòd k ap mennen tout moun nan yon lòt monn. Lè mwen te retounen nan “peyi” Mwen an, Mwen te menm kòmanse yon lòt pati nan travay nan plan orijinal Mwen an, yon fason pou lòm ka rive konnen Mwen pi pwofon. Mwen gade linivè a nan tout entegralite li e Mwen wè ke[a] se pi bon moman pou travay Mwen an, kidonk M ap prese fè ale vini pandan M ap fè nouvo travay mwen an sou lòm. Sa se yon nouvo peryòd, anfennkont, epi Mwen te pote yon nouvo travay yon fason pou mennen plis nouvo moun nan nouvo peryòd la epi yon fason pou mete sou kote sila yo ke Mwen pral elimine yo. Nan nasyon gwo dragon wouj la, Mwen te reyalize yon gwo travay ke lèzòm pa konprann, sa ki lakòz ke yo sekwe nan van an, apresa anpil moun egare toudousman pandan van an ap soufle. An verite, sa se “glasi” a ke Mwen pral netwaye a; se sa ke Mwen dezire epi se plan Mwen li ye tou. Paske gen anpil mechan ki te fofile antre pandan M ap travay la, men Mwen pa prese ditou pou Mwen chase yo. Nan yon sèten pwen, mwen pral dispèse yo lè moman an rive. Se sèlman aprè sa fèt ke Mwen pral devni sous lavi a, k ap pèmèt tout moun ki vrèman renmen Mwen yo resevwa nan men Mwen fwi nan pye figye a ansanm ak pafen nan flè lis la. Nan peyi kote Satan rete a, peyi pousyè a, pagen lò pi ki rete, se sèlman sab, e kidonk, pandan M ap fè fas ak sikonstans sa yo, Mwen fè yon gwo travay. Ou dwe konnen ke sa Mwen jwenn nan san tach, se yon lò ki rafine, se pa sab. Kòman pou mechan yo ta ka rete lakay Mwen? Kòman mwen ta ka pèmèt rena tounen parazit nan paradi Mwen an? Mwen anplwaye tout metòd imajinab pou Mwen ka chase bagay sa yo. Avan Mwen revele volonte Mwen, pagen moun ki konnen kisa Mwen pral fè. Pandan M ap pwofite opòtinite sa a, Mwen chase mechan sa yo epi yo fòse yo kite prezans Mwen an. Se sa Mwen fè ak mechan yo, men pral toujou gen yon jou pou yo fè sèvis pou Mwen. Dezi lezòm genyen pou yo resevwa benediksyon twò gwo; kidonk Mwen vire kò M epi Mwen montre vizaj glorye Mwen an ak Payen yo yon fason pou tout moun kapab viv nan yon monn ki pou yo epi pou yo ka jije tèt yo, pandan M ap kontinye di pawòl ke Mwen dwe di yo epi pandan Mwen ap alimante lèzòm avèk sa yo bezwen. Lè lèzòm reprann sans yo, lè sa a M ap gentan fin pwopaje Travay Mwen an lontan sa. Lè sa a Mwen pral eksprime volonte Mwen bay lèzòm epi Mwen pral kòmanse dezyèm pati travay Mwen an sou lèzòm, pandan M ap kite tout moun swiv Mwen deprè yon fason pou yo ka vin ann akò avèk travay Mwen an pandan M ap kite lèzòm fè tout sa yo kapab pou yo ka akonpli ansanm ak Mwen travay ke Mwen dwe fè a.
Pagen moun ki gen lafwa ke yo pral wè laglwa Mwen epi Mwen pa fòse yo, men Mwen pito retire laglwa Mwen nan mitan lèzòm epi Mwen pote li nan yon lòt monn. Lè lèzòm repanti ankò, lè sa a Mwen pral pran laglwa Mwen epi Mwen pral montre li menm ak plis moun ki gen lafwa. Se apati prensip sa a ke Mwen travay. Paske gen yon tan kote laglwa Mwen kite Kanaran epi gen yon tan tou kote laglwa Mwen kite moun ki eli yo. Anplis desa, gen yon tan kote laglwa Mwen kite tout tè a, sa ki lakòz li vin sonm epi sa plonje li nan tenèb. Menm peyi Kanaran pa pral wè limyè solèy la; tout moun pral pèdi lafwa yo, men pagen moun ki ka pran chans pou kite pafen nan peyi Kanaran an. Se sèlman lè Mwen antre nan nouvo syèl la ansanm ak nan nouvo tè a ke Mwen pral pran lòt pòsyon laglwa Mwen an epi Mwen pral revele l premyèman nan peyi Kanaran, sa k ap lakòz yon ekla limyè briye sou tout tè a, ki plonje nan tenèb pwofon lannwit lan, pou pèmèt tout tè a tounen limyè. Kite tout moun ki sou tout tè a vin pran fòs nan pisans limyè a, sa k ap pèmèt laglwa Mwen ogmante epi parèt yon lòt fwa ankò nan chak nasyon. Se pou tout limanite reyalize ke Mwen te vin nan monn imen an depi lontan e depi lontan Mwen te pote laglwa Mwen soti ann Izrayèl pou ale nan Lès la; paske laglwa Mwen briye soti nan Lès, kote yo te pote li soti depi nan Peryòd Gras la pou rive jodi a. Men se te ann Izrayèl Mwen te soti epi se te apati la Mwen te ale nan Lès. Se sèlman lè limyè Lès la vin blan pwogresivman ke tenèb ki kouvri tout tè a pral kòmanse tounen limyè e se sèlman lè sa a ke lòm pral dekouvri ke Mwen te kite Izrayèl depi lontan sa epi M’ ap monte ankò nan Lès la. Alòske Mwen te desann yon sèl fwa ann Izrayèl epi Mwen te kite li apresa, Mwen pa kapab fèt ann Izrayèl ankò paske travay Mwen an ap dirije tout linivè a epi, anplis desa, zeklè yo ap klere direkteman soti nan Lès pou rive nan Lwès. Pou rezon sa a, Mwen te desann nan Lès epi Mwen te pote Kanaran bay moun nan Lès yo. Mwen swete mennen moun ki tout kote sou tè a nan peyi Kanaran epitou M ap kontinye delivre mesaj nan peyi Kanaran yon fason pou Mwen kontwole tout linivè a. Nan moman sa a, pagen limyè sou tout tè a eksepte nan Kanaran epi grangou ansanm ak fredi menase tout moun. Mwen te bay Izrayèl laglwa Mwen epi apresa Mwen te retire l, epi apresa Mwen te mennen Izrayelit yo nan Lès ansanm ak tout limanite nan Lès. Mwen te mennen yo tout nan limyè a yon fason pou yo ka fè yon sèl ak li e asosye avèl l pou yo pa bezwen nan chache l ankò. Mwen pral kite tout moun k ap chache wè limyè a ankò epi k ap chache wè laglwa ke Mwen te genyen ann Izrayèl la; Mwen pral fè yo wè ke Mwen te desann depi lontan sou yon nyaj blan nan mitan lèzòm, Mwen pral kite yo wè yon kantite nyaj blan moun paka konte ansanm ak fwi nan kantite abondan yo a epi, anplis desa, Mwen pral kite yo wè Seyè Bondye Izrayèl la. Mwen pral kite yo gade Mèt Jwif yo, Mesi ke y ap tann depi lontan an ansanm ak tout aparans Mwen ke wa yo te pèsekite atravè tout tan yo. Mwen pral travay sou tout linivè a epi Mwen pral akonpli yon gwo travay pandan M ap revele tout glwa Mwen ansanm ak tout aksyon Mwen yo bay lòm nan dènye jou yo. Mwen pral montre vizaj glorye Mwen an nan tout plenitid li ak sila yo ki t ap tann Mwen pandan plizyè lane, ak sila yo ki te dezire pou Mwen te vini sou yon nyaj blan, ak Izrayèl ki te dezire ke Mwen parèt ankò ansanm ak tout limanite k ap pèsekite Mwen, yon fason pou tout moun konnen ke Mwen te retire laglwa Mwen lontan sa e pote li nan Lès, yon fason pou li pa nan Jide ankò. Paske dènye jou yo deja rive!
M ap fè travay Mwen atravè tout linivè a, epitou nan Lès la, toujou gen gwo aksidan k’ap fè gwo bri san rete k ap sekwe tout nasyon yo ansanm ak denominasyon yo. Se vwa Mwen ki rann lèzòm ekziste jodi a. Mwen pral lakòz pou vwa Mwen gen kontwòl tout moun, pou yo tonbe nan kouran sa a epi pou yo soumèt yo devan Mwen, paske Mwen gen lontan depi Mwen te reprann laglwa Mwen sou tout tè a epi Mwen te fè l parèt ankò nan Lès la. Kimoun ki pa dezire pou wè laglwa Mwen? Kimoun ki p ap tann ak enpasyans Retou Mwen? Kimoun ki pa swaf pou reyaparisyon Mwen? Kimoun ki p ap soupire pou bote Mwen? Kimoun ki pa ta vle vini nan limyè a? Kimoun ki pa ta vle gade nan richès Kanaran yo? Kimoun ki pa ta dezire retou Redanptè a? Kimoun ki p ap adore Gran Bondye ki gen tout pouwva a? Vwa Mwen pral pwopaje sou tout tè a; Mwen swete, pandan M ap rankontre pèp eli Mwen an, pale plis pawòl avèk yo. Menm jan ak loraj pisan yo ki sekwe montay yo ansanm ak rivyè yo, Mwen pale pawòl Mwen yo ak tout linivè a epi ak tout moun. Se poutèt sa, pawòl nan bouch Mwen te devni trezò pou lòm epitou tout moun bay pawòl Mwen yo anpil valè. Zeklè yo briye soti nan Lès pou rive jouk nan Lwès. Pawòl Mwen yo tèlman konsa ke lòm retisan pou abandone yo epi an menm tan li twouve yo ensondab, men se tank li pran plis plezi nan yo. Tout moun kontan epi gen lajwa, y ap selebre Vini Mwen an kòmsi se te yon ti bebe ki fenk fèt. Pa mwayen vwa Mwen, Mwen pral mennen tout moun devan Mwen. Dezòmè, Mwen pral fòmèlman antre nan ras lèzòm lan yon fason pou yo ka vin adore Mwen. Avèk laglwa ke Mwen reyone a ansanm ak pawòl nan bouch Mwen yo, Mwen pral fè ansòt ke tout moun vin devan Mwen epi wè ke zeklè a ap briye soti nan Lès epitou Mwen te desann soti sou “Montay Olivye a” ki nan Lès la. Yo pral wè ke Mwen te deja sou latè depi lontan, pa antanke Pitit Jwif yo ankò men antanke Zeklè nan Lès la. Paske sa fè lontan depi Mwen te resisite epi Mwen te soti nan mitan lèzòm epi apresa Mwen te reparèt avèk laglwa nan mitan lèzòm. Mwen se Moun ke yo te konn adore plizyè syèk oparavan an epitou Mwen se timoun ke Izrayelit yo te abandone plizyè syèk oparavan an. Anplis desa, Mwen se Bondye gloriye ki gen tout glwa nan tan prezan an! Se pou tout moun vin devan twòn Mwen an e wè vizaj glorye Mwen an, epi pou yo tande vwa Mwen epi gade zèv Mwen yo. Sa se entegralite volonte Mwen an; se fen an epi se pwen kilminan plan Mwen an epitou se objektif administrasyon Mwen an. Se pou tout nasyon adore Mwen, chak lang rekonèt Mwen, pou tout moun gen lafwa nan mwen epi chak pèp soumèt devan Mwen!
Nòt anba paj:
a. tèks orijinal la pagen “wè ke.”