Chapit 9

Nan imajinasyon moun, dayè, Bondye se Bondye, epi lèzòm se lèzòm: Bondye pa pale lang lèzòm nan, ni lèzòm pa ka pale lang Bondye a nonplis. Pou Bondye, satisfè egzijans lèzòm fè sou Li se yon jwèt timoun, tandiske egzijans Bondye fè sou limanite depase sa lèzòm kapab atenn oswa menm oze imajine. Sepandan, verite a se egzakteman lekontrè: Bondye sèlman mande lèzòm « 0,1 pousan ». Sa pa sèlman etone tout moun, men sa fè yo santi yo vrèman debousole tou, kòmsi yo te pèdi nan mitan lanmè. Se sèlman grasa ekleraj ak gras moun yo rive jwenn yon ti konesans sou entansyon Bondye yo. Sepandan, nan dat premye mas la, tout moun te vin debousole epi yo t ap grate tèt yo ankò; Bondye te mande pou pèp Li a vin tankou nèj k ap briye, Li pa t mande pou yo vin tankou nyaj k ap flote. Kidonk, a kisa “nèj” sa a fè referans? Epi kisa “nyaj k ap flote” yo endike? Nan pwen sa a, Bondye chwazi espre pou L pa bay siyifikasyon pawòl sa yo, men olye de sa Li kite tout moun tonbe nan yon bwouya konfizyon, e kòm rezilta, sa fè yo gen plis lafwa toujou pou yo chèche. Piske sa se yon egzijans byen presi ki fèt pou pèp Bondye a, epi se pa anyen lòt, tout moun, san yo pa rann yo kont, pase plis tan ap medite sou pawòl ensondab sa yo. Kòm rezilta, divès kalite lide boujonnen nan sèvo yo, flokon nèj k ap flote ap pase devan je yo, epi nyaj k ap flote nan syèl la parèt imedyatman nan lespri yo. Kidonk, poukisa Bondye mande pou pèp Li a se nèj, e pa nyaj k ap flote? Ki vrè siyifikasyon ki genyen la a? A kisa pawòl sa yo fè referans, presizeman? “Nèj” la pa sèlman rann lanati bèl, men li bon tou pou tè agrikòl yo; li ekselan pou touye bakteri epi dezenfekte. Apre anpil nèj fin tonbe, nèj k ap briye a kouvri tout bakteri yo, epi tout zòn nan imedyatman vin ranpli ak lavi. Menm jan an tou, pèp Bondye a pa dwe sèlman konnen Bondye ki enkane, men yo dwe disipline kò yo tou sou reyalite enkanasyon Bondye a; lè yo fè sa, y ap viv imanite nòmal la. Se konsa nèj la fè lanati parèt bèl; finalman, matirite pèp Bondye a pral mete yon fen ak gwo dragon wouj la, pou tabli wayòm Bondye a sou tè a, epi pou glorifye e pwoklame non sen Bondye a yon fason pou tout wayòm nan sou tè a kapab ranpli ak dwati Bondye, pou l briye ak bèlte L, epi pou l klere klere ak limyè gloriye Li. Toupatou, pral gen sèn lapè ak satisfaksyon, lajwa ak akonplisman, ansanm ak yon bèlte k ap renouvle san rete. Divès kalite flewo ki egziste kounye a—sa vle di, mikwòb dispozisyon satanik kowonpi sa yo, tankou enjistis, magouy ak twonpri, move dezi, ak lòt ankò—pral elimine nèt, epi konsa syèl la ak tè a toulede ap renouvle. Sa a se vrè siyifikasyon “apre anpil nèj fin tonbe” a. Moun ki se nyaj k ap flote yo sanble ak kalite moun Bondye mansyone yo k ap suiv kouran an; si gen nenpòt tantasyon ki soti nan Satan oswa eprèv ki soti nan Bondye, y ap flote ale imedyatman, e yo p ap egziste ankò. Pa menm yon ti kras nan sibstans yo ap siviv, paske y ap gentan disparèt depi byen lontan. Si moun yo se nyaj k ap flote, lè sa a yo pa sèlman enkapab pou yo viv imaj Bondye, men yo fè non Li wont tou, paske moun sa yo an danje pou yo rache yo nenpòt ki lè oswa nenpòt ki kote, yo se manje pou Satan devore, epi lè Satan rache yo met deyò, yo pral trayi Bondye epi y ap rann Satan sèvis. Sa klèman fè non Bondye wont, epi se sa Bondye rayi pi plis; moun konsa se lènmi Bondye. Konsa, yo pa ni posede esans moun nòmal ni okenn valè pratik. Se poutèt sa Bondye fè kalite egzijans sa yo sou pèp Li a. Sepandan, apre yo fin konprann yon bagay nan pawòl sa yo, moun yo santi yo pèdi sou sa pou yo fè annapre, paske sijè pawòl Bondye yo vire sou Bondye Li menm, sa ki mete yo nan yon pozisyon difisil: “Se paske Mwen soti nan tè sen an epi Mwen pa tankou lotis la, ki gen yon non sèlman men ki pa gen okenn esans, paske li soti nan labou epi li pa soti nan tè sen an.” Poukisa, apre Li fin pale sou egzijans Li yo pou pèp Li a, Bondye dekri pwòp nesans pa L? Èske sa ta vle di gen yon koneksyon ant toulède? Anfèt, gen yon koneksyon entim antre yo; si sa pa t konsa, Bondye pa t ap pale ak moun yo sou sa an long e an laj konsa. Nan mitan fèy vèt yo, lotis la ap balanse ale vini nan briz leje a. Li bèl pou wè, epi moun ba li anpil valè. Moun yo tou senpleman pa janm bouke avè l, epi y ap mouri anvi pou yo naje nan dlo a pou yo keyi yon flè lotis dekwa pou yo ka gade l pi pre. Sepandan, Bondye di lotis la soti nan labou, epi li gen yon non sèlman men li pa gen okenn esans; sanble Bondye pa bay lotis la valè, epi pawòl Li yo montre aklè Li gen yon sèten degoutans pou li. Pandan ane yo, anpil moun te fè anpil lwanj pou lotis paske yo soti nan labou san yo pa sal, yo menm fè lwanj pou yo kòm bagay ki prèske pa gen parèy epi ki bèl yon fason moun pa ka dekri. Men, nan je Bondye, lotis yo pa vo anyen. Sa a se egzakteman diferans ki genyen ant Bondye ak lèzòm. Konsa, yon moun ka wè diferans ki genyen ant Bondye ak lèzòm nan gwo tankou distans ki genyen ant vout syèl la ak fondasyon tè a menm. Piske yon lotis soti nan labou, eleman nitritif li bezwen yo soti la tou. Se tou senpleman lefètke lotis la kapab makiye tèt li pou l parèt bèl, epi konsa li ofri yon bèl plezi pou je k ap gade. Anpil moun wè sèlman bèl aparans deyò lotis la, men pèsonn pa wè lavi ki kache anndan l lan sal epi plen malpwòpte. Konsa, Bondye di li gen yon non sèlman men li pa gen okenn esans—sa ki konplètman kòrèk epi ki se verite a. Èske se pa egzakteman konsa pèp Bondye a ye jodi a? Soumisyon yo ak lafwa yo nan Bondye sèlman sipèfisyèl. Devan Bondye, y ap chèche jwenn favè L epi y ap fè wè pou yo ka fè L satisfè ak yo; sepandan, anndan yo, yo toujou gen dispozisyon satanik kowonpi, epi vant yo plen ak malpwòpte. Se poutèt sa Bondye poze lèzòm kesyon, L ap mande si lwayote yo anvè Bondye gen malpwòpte ladan l oswa si l pwòp epi l fèt ak tout kè yo. Lè yo te moun k ap rann sèvis, anpil moun te fè lwanj pou Bondye nan bouch yo men yo te modi L nan kè yo. Ak pawòl yo, yo te soumèt devan Bondye, men nan kè yo, yo te rebele kont Li. Bouch yo te pwononse pawòl negatif, epi nan kè yo, yo te reziste kont Bondye an kachèt. Te menm genyen moun aksyon yo te byen kowòdone: Yo te pwononse vye pawòl sal nan bouch yo epi yo t ap fè jès ak men yo, yo te konplètman san fren, epi yo te bay yon ekspresyon klè e vivan sou vrè figi gwo dragon wouj la. Moun konsa vrèman merite pou yo rele yo desandans gwo dragon wouj la. Sepandan, jodi a, yo kanpe nan plas moun k ap rann sèvis ki lwayal yo epi y ap aji kòmsi yo se pèp lwayal Bondye—ala moun san wont! Sa pa etone pèsonn, poutan; yo soti nan labou, donk yo oblije montre vrè koulè yo. Piske Bondye sen epi Li san melanj, epi Li reyèl e vrè, lachè Li soti nan Lespri a. Sa a sèten epi li pa gen diskisyon posib sou li. Lachè Li pa sèlman ka rann temwayaj pou Bondye Li menm, men li kapab swiv volonte Bondye nèt tou. Sa a se youn nan aspè esans Bondye. Lefètke lachè a soti nan Lespri a avèk yon imaj, sa vle di lachè Lespri a abiye Tèt li avè l la diferan nan sibstans li parapò ak lachè lèzòm, epi diferans sa a chita sitou nan lespri yo. Sa “Lespri ki gen yon imaj” la fè referans ak li a se fason divinite a kapab travay nòmalman pa anndan, kòm rezilta lefètke L kouvri ak imanite nòmal la. Sa pa gen okenn tras bagay sinatirèl ditou, epi imanite a pa limite li. “imaj Lespri” a fè referans ak divinite konplè a, epi imanite a pa limite li. Konsa, dispozisyon natirèl Bondye ak vrè imaj Li kapab viv konplètman nan lachè enkane a, ki pa sèlman nòmal epi estab, men ki posede majeste ak kòlè. Premye lachè enkane a te kapab prezante sèlman Bondye ki nan nosyon moun yo; sa vle di, Li te sèlman kapab reyalize siy ak mirak epi bay pwofesi. Konsa, Li pa t viv aspè pratik Bondye a nèt, e se poutèt sa Li pa t reprezantasyon Lespri ki gen yon imaj la; se te tou senpleman divinite a ki te parèt dirèkteman. Anplis de sa, piske L te depase imanite nòmal la, yo pa t rele L Bondye pratik ki konplè a Li menm, men te gen yon ti kras nan Bondye imajinè ki nan syèl la nan fason yo te konprann Li; Li te Bondye ki dapre konsepsyon moun yo. Sa a se diferans fondamantalki genyen ant de lachè enkane yo.

Nan pwen ki pi wo nan linivè a, Bondye ap veye sou chak mouvman limanite ansanm ak tout sa moun yo di ak sa yo fè. Li menm obsève chak panse yo ak chak lide yo ak yon klète absoli, san L pa neglije menm ti bagay ki pi piti a; konsa, pawòl Li yo pèse kè moun yo, yo frape egzakteman sa moun yo ap panse a ak yon sèl kou, dirèkteman epi san mank. “Malgre moun yo ‘konnen’ Lespri Mwen, yo toujou komèt yon ofans kont Lespri Mwen. Pawòl Mwen yo devwale figi lèd tout moun yo, ansanm ak panse yo ak lide yo, epi yo fè tout moun sou tè a tonbe nan mitan egzamen apwofondi Mwen an.” Apati de sa, li klè malgre egzijans Bondye fè limanite yo pa twò di, malgre sa, moun yo toujou enkapab pou yo sipòte egzamen apwofondi Lespri Bondye a. “Malgre yo tonbe, kè yo pa oze ale lwen Mwen. Pami kreyati yo, kiyès ki pa devlope “lanmou” pou Mwen kòm rezilta zèv Mwen yo?” Apati de sa, yon moun kapab wè pi klè toujou tout sajès ak tout pouvwa Bondye a, e konsa Li montre aklè tout sa pèp Bondye a t ap panse lè yo te nan pozisyon moun k ap rann sèvis yo: Apre yon “dil” ki te fini “mal”, “plizyè santèn milye” oswa “milyon” ki te nan tèt yo a te tounen zewo. Sepandan, poutèt dekrè administratif Bondye yo epi poutèt majeste ak kòlè Bondye—menmsi yo te bese tèt yo paske yo dekouraje anpil—yo te toujou sèvi Bondye pandan yo te nan yon eta negatif, epi tout pratik yo te konn fè nan epòk pase yo te vin tounen pawòl vid, san yo pa t pran yo oserye ankò ditou. Olye de sa, yo t ap suiv pwòp dezi yo, yo t ap fè bagay ki te fè ni yo menm ni lòt moun “kontan” pou yo te ka jwenn eksitasyon, dekwa pou yo pase tan yo epi gaspiye l... Se sa ki t ap pase reyèlman nan mitan lèzòm. Konsa, Bondye ouvri kè L bay limanite epi L di: « Kiyès ki pa devlope yon kè ki gen “dezi” poutèt pawòl Mwen yo? Nan kiyès santiman atachman pa pran nesans poutèt lanmou Mwen? » Pou di verite, lèzòm tout dispoze aksepte pawòl Bondye yo, epi pa gen youn pami yo ki pa renmen li pawòl Bondye yo; se jis yo pa kapab mete pawòl Bondye yo an pratik, paske nati yo anpeche yo fè sa. Apre yo fin li pawòl Bondye yo, anpil moun pa kapab sipòte lide pou yo separe avèk yo, epi lanmou yo gen pou Bondye a ap bouyi anndan yo. Konsa, Bondye modi Satan yon lòt fwa ankò, Li ekspoze figi lèd li a yon lòt fwa ankò. “Epòk sa a kote Satan ap fè ravaj epi l ap dirije tankou yon diktatè anraje a” se egzakteman epòk tou kote Bondye kòmanse gwo travay ofisyèl Li sou tè a. Apre sa, Li kòmanse travay pou elimine mond lan nèt. Pou di sa yon fason, plis Satan ap fè ravaj, se pi vit jou Bondye a ap rive. Konsa, plis Bondye pale de fason Satan ap fè ravaj, se pi pre jou kote Bondye pral aneyanti mond lan ap pwoche. Sa a se deklarasyon Bondye fè bay Satan.

Poukisa Bondye te di plizyè fwa, “...anplis de sa, “dèyè do Mwen”, yo chak ap lage kò yo nan move zafè sal sa yo ki “merite lwanj”. Èske ou panse lachè Mwen abiye Mwen avè l la, pa konn anyen sou aksyon ou, konpòtman ou, ak pawòl ou?” Li pa t sèlman di pawòl sa yo youn oswa de fwa. Poukisa? Yon fwa Bondye fin konsole moun yo, epi yo pran konsyans de lapenn Bondye genyen pou limanite, li vin fasil pou yo bliye sa k dèyè yo epi fè efò pou yo vanse devan. Malgre sa, Bondye pa bay moun yo okenn ti souf menm, men Li peze byen fò sou panse yo nan chak etap. Konsa, Li di moun yo san rete pou yo konnen tèt yo, pou yo sispann debòch yo a, pou yo pa lage kò yo nan move zafè sal sa yo ki merite lwanj ankò, epi pou yo pa janm twonpe Bondye ki nan lachè a ankò. Malgre nati moun yo pa chanje, dayè, gen yon avantaj nan raple yo sa kèk fwa ankò. Apre sa, Bondye pale nan yon pèspektiv imen pou L devwale mistè ki nan kè yo: “Pandan plizyè ane Mwen te andire van ak lapli, epi konsa tou Mwen te fè eksperyans gou anmè mond lèzòm nan; epoutan, lè Mwen byen reflechi, kèlkeswa kantite soufrans lan sa pa ka fè moun ki nan lachè yo pèdi espwa nan Mwen, alewè pou okenn dousè ta fè yo vin frèt, pèdi kouraj, oswa abandone Mwen. Èske lanmou yo pou Mwen vrèman redui nan yon kesyon manke anmè ak dousè?” “Tout sa ki anba solèy la vid.” Pawòl sa yo vrèman gen yon siyifikasyon pwofon. Konsa, Bondye ap di pa gen anyen ki kapab fè lèzòm pèdi espwa nan Li oswa vin frèt anvè Li. Si moun yo pa renmen Bondye, ebyen yo ta mèt mouri; si yo pa renmen Bondye, ebyen soufrans yo a se pou gremesi epi benediksyon y ap jwi yo vid, epi y ap ajoute sou peche yo. Piske pa gen yon sèl moun ki vrèman renmen Bondye, Li di: “Èske lanmou yo pou Mwen vrèman redui nan yon kesyon manke anmè ak dousè?” Pami moun nan mond la, kijan nenpòt moun ta kapab egziste san anmè ak dousè? Toutan Bondye ap di: “Pa gen yon sèl moun ki janm vrèman wè fas Mwen oswa janm vrèman tande vwa Mwen, se paske yo pa vrèman konnen Mwen.” Bondye di lèzòm pa vrèman konnen Li, men poukisa Li mande lèzòm pou yo konnen Li? Èske sa se pa yon kontradiksyon? Chak pawòl Bondye la pou atenn yon objektif byen presi. Poutèt lèzòm angoudi, Bondye anplwaye prensip pou L fè 100 pousan nan travay Li sou lèzòm dekwa pou finalman L kapab posede 0,1 pousan nan kè yo chak. Se sa ki metòd travay Bondye, epi Bondye dwe aji konsa pou L atenn objektif Li yo. Sa a se egzakteman sajès ki nan pawòl Bondye yo. Èske nou rive byen konprann sa?

Bondye di: “Lè Mwen menm, nan lachè a, devwale mistè Mwen yo dirèkteman epi fè entansyon Mwen yo parèt aklè, nou pa konprann; nou sèlman tande son pawòl Mwen yo, men nou pa byen konprann sans yo. Kè Mwen ranpli ak gwo lapenn. Malgre Mwen nan lachè, Mwen pa kapab reyalize travay ministè lachè a.” Sou yon bò, pawòl sa yo fè moun yo, poutèt yo angoudi, pran inisyativ pou yo kopere ak Bondye; yon lòt bò, Bondye devwale vrè figi divinite Li nan lachè a. Piske lèzòm gen yon pwa espirityèl ki twò fèb, manifestasyon divinite a pandan peryòd Bondye nan lachè a fèt sèlman an fonksyon kapasite yo genyen pou yo aksepte l. Pandan etap travay sa a, pifò moun rete enkapab pou yo aksepte l konplètman, sa ki sifi pou montre jan yo pa reseptif. Konsa, pandan travay sa a, divinite a pa akonpli tout fonksyon orijinal li a; li sèlman akonpli yon ti pati ladan l. Sa montre ke nan travay ki gen pou fèt alavni, divinite a pral manifeste tèt li piti piti dapre eta rekiperasyon limanite a. Sepandan, divinite a pa grandi piti piti; okontrè, se sa Bondye enkane a posede natirèlman, epi li pa tankou pwa espirityèl lèzòm.

Te gen yon objektif ak yon siyifikasyon nan fason Bondye te kreye lèzòm, se poutèt sa Li te di: “Si kòlè Mwen te elimine tout moun nèt, ki siyifikasyon sa t ap genyen lefètke Mwen te kreye syèl la ak tè a?” Apre lèzòm te fin kowonpi, Bondye te planifye pou L genyen yon pati ladan yo pou jwisans Li; Li pa t planifye pou tout moun te detwi, ni pou yo te elimine nèt apre pi piti vyolasyon yo ta fè kont dekrè admnistratif Bondye yo. Sa a se pa entansyon Bondye; jan Bondye te di a, sa pa t ap gen okenn sans. Se egzakteman poutèt “mank sans” sa a sajès Bondye vin parèt aklè. Bondye pale epi L travay atravè divès mwayen pou L chatye, jije, epi frape tout moun, pou L ka finalman chwazi moun ki vrèman renmen L yo—èske sa pa gen plis siyifikasyon toujou? Se egzakteman nan fason sa a zèv Bondye yo devwale, epi konsa kreyasyon lèzòm nan vin gen plis siyifikasyon toujou. Konsa, majorite pawòl Bondye yo se sèlman yon kalite avètisman; sa se pou L atenn yon objektif, epi se egzakteman sa ki vrè sitiyasyon ki dèyè yon pati nan pawòl Li yo.

Anvan:  Sou lavi Pyè

Apre:  Chapit 9

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Connect with us on Messenger