Sou lavi Pyè
Pyè se te modèl Bondye te bay limanite, yon limyè tout moun te konnen. Poukisa Bondye te leve yon moun ki pa t gen anyen espesyal pou l sèvi kòm egzanp, e poukisa jenerasyon apre jenerasyon te fè lwanj pou li? Li klè, sa lye dirèkteman ak fason li te eksprime lanmou li pou Bondye ansanm ak detèminasyon li pou l renmen Bondye. Kanta pou fason kè Pyè ki te renmen Bondye a te manifeste, ak jan eksperyans lavi l te ye toutbonvre, nou dwe retounen nan Epòk Lagras la pou n egzamine ankò koutim epòk la epi obsève Pyè jan l te ye nan epòk sa a.
Pyè te fèt nan yon fanmi Jwif òdinè ki t ap viv nan fè agrikilti. Paran l yo te konn pran swen tout fanmi an gras ak travay latè, epi se li menm ki te pi gran nan mitan timoun yo; li te gen kat frè ak sè. Natirèlman, sa a pa pati prensipal nan istwa nou an; se Pyè ki pèsonaj santral la. Lè Pyè te gen laj senkan, paran l yo te kòmanse aprann li li. Nan epòk sa a, pèp Jwif la te gen anpil konesans, e yo te espesyalman avanse nan domèn tankou agrikilti, endistri ak komès. Gras ak anviwònman sosyal yo, tou de paran Pyè yo te fè etid siperyè. Malgre yo te soti an pwovens, yo te byen edike e yo te nan menm nivo ak etidyan inivèsite mwayen jodi a. Pyè te fèt nan milye sosyal ki te favorab; kidonk, se te yon chans pou li. Li te entèlijan e li te gen anpil lespri; li te fasil pou l konprann nouvo ide. Apre li te fin kòmanse etid li yo, li te kapab tire konklizyon nan sa l te aprann yo san okenn difikilte. Paran l yo te fyè dèske yo te gen yon pitit gason ki te entèlijan e ki te gen anpil lespri konsa; se poutèt sa, yo te fè gwo sakrifis pou sipòte edikasyon l, avèk espwa ke li t ap rive distenge tèt li epi jwenn yon pozisyon ofisyèl nan sosyete a. San l pa t rann li kont, Pyè te vin enterese ak Bondye. Konsa, lè l te gen katòzan pandan li te nan lekòl segondè, li te santi yon gwo repiyans pou kilti ansyen Lagrès li t ap etidye a; sitou, li te rayi plis toujou pèsonaj yo envante ak evènman imajinè ki nan istwa ansyen Lagrès la. Apati moman sa a, Pyè—ki te fèk antre nan jenès li—te kòmanse chèche konprann lavi moun epi angaje li nan sosyete a. Li pa t remèt paran l yo sakrifis yo te fè pou li yo sou baz konsyans, paske li te wè klèman jan moun yo t ap viv nan yon eta kote yo t ap twonpe tèt yo, y ap mennen yon vi ki pa gen sans, epi y ap detwi pwòp vi yo jis pou yo ka fè konkirans pou jwenn repitasyon ak pwofi. Fason li te wè bagay yo te gen yon gwo rapò ak anviwònman sosyal kote l t ap viv la. Plis moun te gen konesans, se plis relasyon yo ak lòt moun ansanm ak mond enteryè yo te konplike; e konsa, yo te santi espas kote yo t ap viv la te pi vid toujou. Nan sikonstans sa yo, Pyè te konn pase tan lib li ap fè vizit toupatou; pifò moun li te konn vizite yo se te moun nan domèn relijyon. Li sanble ta gen yon santiman vag nan kè l ki te fè l panse petèt relijyon te ka bay repons pou divès kalite kesyon konplike ki gen nan mond kote moun ap viv la; se konsa, san paran l pa t konnen, li te konn al asiste sèvis relijye nan yon sinagòg ki te toupre kay li. Yon ti tan apre, Pyè, yon jèn gason ki te toujou gen bon karaktè e ki te fò nan etid li, te vin rayi ale lekòl. Anba sipèvizyon paran l yo, li te fini lekòl segondè anba fòse; lè l te fin fè sa, se kòmsi li te sòti nan gwo lanmè konesans lan pou l rive sou rivaj, epi li te pran yon gwo souf soulajman—depi lè sa a, li te libere de tout obligasyon lekòl ak tout kontrent.
Apre l te fin lekòl, li te kòmanse ap li tout kalite liv, men lè l te gen disètan, natirèlman li pa t gen anpil eksperyans sou jan mond lan ye an jeneral. Apre l te fin lekòl, li te viv gras ak travay latè, toutpandan li t ap chèche jwenn tan pou l li liv epi asiste sèvis relijye. Paran l yo, ki te gen gwo espwa pou li, te konn bay Syèl la madichon souvan dèske yo te mennen yon “pitit gason rebèl” konsa nan mond lan; men, menm sa pa t ka kanpe sou chemen grangou ak swaf li pou jistis. Pyè te te sibi anpil echèk nan eksperyans li, men li te gen yon kè ki te swaf anpil, e li te grandi rapid menm jan zèb pouse apre lapli. Yon ti tan apre, li te gen “chans” rankontre kèk moun ki te gen gwo pozisyon nan domèn relijye a; kòm li te gen yon gwo dezi, li te kòmanse frekante yo pi souvan, jiskaske li te vin pase prèske tout tan li avèk yo. Pandan l te plonje nankè kontan ak satisfaksyon, toudenkou li te vin reyalize ke pifò nan moun sa yo te kwè ak bouch yo sèlman, san yo pa t kwè nan kè yo. Ki jan Pyè, ki te gen yon nanm dwat e ki te san tach, te ka sipòte yon kou konsa? Li te rann li kont ke prèske tout moun li te frekante yo te tankou bèt sovaj anba aparans moun—yo te bèt ki te gen figi moun. Nan epòk sa a, Pyète nayif anpil; se poutèt sa, nan plizyè okazyon, li te sipliye yo ak tout kè l. Men, ki jan ofisyèl sa yo nan mond relijye a, ki te gen anpil riz epi ki tap twonpe moun, te ka koute siplikasyon jèn gason sa a ki te chaje ak pasyon? Se nan moman sa a Pyè te santi vid ki genyen toutbon nan lavi moun. Depi nan premye pa li te fè nan lavi a, li te echwe... Yon ane apre, li te kite sinagòg la epi li te kòmanse viv poukont li.
Echèk sa a te fè Pyè, ki te gen dizwitan, vin genyen plismatirite ak plis eksperyans nan lavi a. Pa t rete okenn tras ankò nan nayivte li te genyen lè l te pi jèn; echèk li te sibi a te kraze inosans ak senplisite li te genyen kòm jèn moun san okenn pitye, epi li te kòmanse viv kòm pechè. Apre sa, yo te konn wè moun k ap tande lè l ap preche pandan l te sou bato l la. Kòm li te konn fè travay lapèch pou li viv, li te konn simaye mesaj la kèlkeswa kote l ale; mesaj li yo te kaptive moun ki te tande lè lap preche yo, paske pawòl li yo te touche kè moun òdinè yo, e senserite l te vrèman touche yo. Souvan, li te anseye moun pou yo trete lòt moun avèk senserite, pou yo fè apèl ak Souvren syèl la, tè a ak tout bagay ki ladan yo nan nenpòt sitiyasyon, epi pou yo pa neglije konsyans yo pou yo fè bagay ki lakoz lawont; nan tout bagay, yo te dwe fè sa ki fè Bondye yo te renmen nan kè yo a plezi... Souvan, moun te santi yo touche anpil apre yo fin tande prèch li yo; yo tout te santi yo jwenn enspirasyon nan men l, e souvan sa te fè yo kriye. Nan epòk sa a, tout moun ki t ap swiv li yo te gen anpil admirasyon pou li. Yo tout te pòv, epi natirèlman, pa t gen anpil ladan yo akoz jan sosyete a te ye nan epòk sa a. Gwoup relijye nan sosyete a te pèsekite Pyè tou nan epòk sa a. Tout bagay sa yo te oblije li, pandan dezan, deplase soti yon kote al nan yon lòt epi viv yon lavi solitè. Pandan de ane eksperyans ekstraòdinè sa yo, li te vin gen anpil konesans epi li te aprann anpil bagay li pa t konnen anvan; jiskaske li pa t sanble ditou ak moun li te ye lè l te gen 14 zan an, li te sanble pa gen anyen an komen ankò avèk moun sa a. Pandan dezan sa yo, li te rankontre tout kalite moun epi li te dekouvri divès verite sou sosyete a; sa te fè l kòmanse piti piti libere tèt li anba tout kalite rityèl ki soti nan mond relijye a. Evolisyon ki t ap fèt nan travay Sentespri a nan epòk sa a te gen yon gwo enpak sou li tou; lè sa a, Jezi te deja ap travay depi plizyè ane, kidonk travay Sentespri a t ap fè lè sa a te enfliyanse travay Pyè a, byenke li pa t ankò rankontre Jezi. Se poutèt sa, lè Pyè t ap preche, li te jwenn anpil bagay jenerasyon sen ki te pase anvan yo pa t janm genyen. Natirèlman, nan epòk sa a, li te gen yon ti konesans sou Jezi, men li pa t janm ko gen okazyon rankontre avèk li fasafas. Li te sèlman espere epi gen yon gwo anvi pou l wè pèsonaj selès sa a ki te fèt pa mwayen Sentespri a.
Yon swa, lè solèy t apral kouche, Pyè t ap peche nan bato l la (toupre rivaj kote yo te konn rele Lanmè Galile a). Li te gen yon baton lapèch nan men l, men li te gen lòt bagay nan tèt li. Solèy ki t ap kouche a te klere sifas dlo a, sa ki te fè l sanble ak yon gwo oseyan san. Limyè a te reflete sou figi Pyè—yon figi ki te montre li jèn, men ki te rete kalm e poze; li te sanble byen lwen nan refleksyon li. Nan moman sa a, yon ti van te leve, epi toudenkou li te santi jan lavi l te vid e poukont li; sa te fè l santi yon gwo tristès imedyatman. Pandan vag lanmè yo t ap briye anba limyè a, li te klè ke li pa t gen okenn anvipeche pwason. Pandan li te plonje nan refleksyon, toudenkou li tande yon moun dèyè l ki di: «Simon Barjona, pitit Jwif yo, lavi w se yon lavi solitid. Èske w ap swiv mwen?» Pyè te sezi, epi san pèdi tan, li te lage baton lapèch li t ap kenbe a; baton an te koule touswit pou l al tonbe nan fon lanmè a. Pyè te vire rapidman epi li te wè yon mesye kanpe nan bato l la. Li te gade l byen: cheve mesye a, ki te rive jis sou zepòl li, te gen yon ti koulè jòn tankou lò anba limyè solèy la; li te mete rad gri, li te gen yon wotè mwayen, epi li te abiye depi nan tèt rive nan pye tankou yon Jwif. Nan limyè ki t ap bese a, rad gri mesye a te parèt yon ti jan nwa, epi figi l te sanble gen yon ti klète. Plizyè fwa, Pyè te chèche rankontre Jezi, men li pa t janm rive fè sa. Nan moman sa a, byen fon nan nanm li, Pyè te kwè mesye sa a se moun sen li t ap chèche nan kè l la; konsa, li te lage kò l atè nan bato a epi li di: «Èske se Ou menm ki Seyè a, Sila a ki vini pou preche levanjil wayòm syèl la? Mwen te tande pale de sa Ou fè yo, men mwen pa t janm wè Ou. Mwen te vle swiv Ou, men mwen pa t ka jwenn Ou.» Lè sa a, Jezi te deplase al nan kabin bato a, kote Li te chita byen trankil. Li di: « Leve, vin chita bò kote Mwen! Mwen vin chèche moun ki renmen Mwen toutbonvre yo. Mwen vini espesyalman pou Mpreche levanjil wayòm syèl la, epi Mwenvini pou Mvwayaje toupatou pou Mchèche moun ki gen panse yo ki fè yon sel avèM. Èske ou dispoze?» Pyè te reponn: «Fòk mwen swiv moun Papa ki nan syèl la voye a. Fòk mwen rekonèt moun Sentespri a chwazi a. Piske mwen renmen Papa ki nan syèl la, ki jan pou m pa ta dispoze swiv ou?» Malgre te gen anpil lide relijye nan pawòl Pyè yo, Jezi te souri epi Li te fè yon siy ak tèt Li pou montre Li satisfè. Nan moman sa a, yon santiman lanmou tankou sa yon papa genyen pou pitit li te grandi nan kè Li pou Pyè.
Pyè te swiv Jezi pandan plizyè ane e li te wè anpil bagay lakay Li moun pa t janm wè lakay lòt moun. Apre li te fin swiv Li pandan yon ane, Jezi te chwazi Pyè pami douz disip yo. (Natirèlman, Jezi pa t di sa byen fò, e lòt moun yo pa t okouran sa ditou.) Nan lavi l, Pyè te konsidere chak aksyon Jezi kòm yon egzanp. Sa ki te make l plis toujou, se fason Jezi te konn preche a ki te grave nan kè l. Li te montre anpil konsiderasyon ak fidelite anvè Jezi, epi li pa t janm plenyen kont Li. Konsa, li te vin tounen yon konpayon fidèl pou Jezi kèlkeswa kote Li te ale. Pyè te obsève ansèyman Jezi yo, pawòl dous Li yo, sa Li te manje, rad Li, kote Li te rete, ak fason Li te vwayaje. Li te imite Jezi nan tout aspè. Li pa t janm konsidere tèt li kòm moun ki jis, men li te abandone tout sa ki pat itil ankò, pou l te swiv egzanp Jezi nan pawòl kou nan aksyon. Se lè sa a Pyè te santi syèl la, tè a ak tout bagay te nan men Toupisan an. Se poutèt sa, Pyè pa t gen okenn chwa pèsonèl; li te absòbe tout sa Jezi te ye epi li te pran l kòm egzanp. Pyè te konstate nan lavi Jezi ke Li pa t janm konsidere tèt Li kòm moun ki jis oswa ki siperyè nan aksyon Li, ni Li pa t janm fè djòlè pou tèt Li; okontrè, Li te transfòme moun avèk lanmou. Pyè te wè vrè nati Jezi nan divès sitiyasyon, e se poutèt sa, tout sa ki te konsène Jezi te tounen yon modèl pou l imite. Eksperyans Pyè yo te fè l vin pi byen konprann jan Jezi bèl; li te di bagay tankou: « Mwen te chèche Toupisan an ki nan syèl la, epi mwen te wè mèvèy syèl la, tè a ak tout bagay ki ladan yo; se sèlman konsa mwen te vin gen yon konpreyansyon pwofon sou jan Toupisan an bèl. Sepandan, mwen pa t janm gen vrè lanmou nan kè m, epi mwen pa t janm wè bote Toupisan an ak pwòp je m. Jodi a, mwen jwenn gras nan je Toupisan an, epi finalman mwen santi jan Bondye bèl. Finalman, mwen dekouvri ke se pa sèlman paske Bondye kreye tout bagay ki fè limanite renmen Li; nan lavi mwen chak jou, mwen dekouvri jan Li gen yon bote ki pa gen limit. Kijan sa ta ka limite sèlman nan sa nou ka dekouvri kounye a?» Pandan tan t ap pase, anpil bèl kalite te parèt lakay Pyè tou. Li te vin soumèt anpil devan Jezi; natirèlman, li te rankontre kèk difikilte tou. Lè Jezi te mennen l al preche nan divès kote, Pyè te toujou montre imilite epi li te koute mesaj Jezi t ap bay yo. Li pa t janm vin awogan poutèt kantite tan li te pase ap swiv Jezi. Apre Jezi te fin di l rezon ki fè Li te vini an se te pou yo kloure l sou kwa a epi pou l akonpli travay li a, Pyè te souvan santi yon gwo lapenn nan kè l epi li te konn kriye poukont li an kachèt. Malgre sa, jou “malere” sa a te finalman rive. Apre yo te fin arete Jezi, Pyè te kriye poukont li nan bato lapèch li a epi li te fè anpil lapriyè pou sa. Men, nan fon kè l, li te konnen se te volonte Bondye Papa a, e pa t gen pèsonn ki te ka chanje sa. Se sèlman akoz lanmou li te genyen ki fè li te rete boulvèse e avèk dlo nan je. Natirèlman, sa se yon feblès moun genyen. Konsa, lè li te aprann yo t ap kloure Jezi sou kwa a, li te mande Jezi: « Apre ou fin ale, èske W ap tounen vin nan mitan nou pou W veye sou nou? Èske n ap toujou ka wè W?» Malgre pawòl sa yo tenayif epi plen ak nosyon lezòm, Jezi te konprann jan soufrans Pyè a te difisil; konsa, atravè lanmou Li, Li te pran an konsiderasyon feblès Pyè a: «Pyè, Mwen renmen ou. Èske ou konn sa? Malgre sa w ap di a pa gen okenn rezon dèyè l, Papa a te pwomèt ke apre rezirèksyon Mwen an, M ap parèt devan moun pandan 40 jou. Èske ou pa kwè ke Lespri Mwen pral souvan vide gras sou nou tout?» Malgre sa te pote yon ti konsolasyon pou Pyè, li te toujou santi te gen yon bagay ki manke; se poutèt sa, apre Jezi te fin resisite, Li te parèt devan l aklè pou premye fwa. Sepandan, pou anpeche Pyè kontinye rete kole ak pwòp lide pa l, Jezi te refize gwo repa Pyè te prepare pou Li a, epi Li te disparèt nan yon batje. Apati moman sa a, finalman Pyè te vin gen yon konpreyansyon pi pwofon sou Seyè Jezi e li te vin renmen Li plis toujou. Apre rezirèksyon Li a, Jezi te parèt devan Pyè plizyè fwa. Li te parèt devan Pyè twa lòt fwa ankò apre karant jou yo te fin pase epi Li te fin monte nan syèl la. Chak fwa Li te parèt, se te jis anvan travay Sentespri a te fini epi yon nouvo travay ta pral kòmanse.
Pandan tout lavi l, Pyè te konn fè lapèch pou l viv, men sa ki te pi enpòtan toujou, li tap viv pou l preche. Nan dènye ane lavi l yo, li te ekri premye ak dezyèm lèt Pyè yo, ansanm ak plizyè lòt lèt bay legliz Filadèlfi nan epòk sa a. Li te touche moun nan epòk sa a anpil. Olye li te itilize kalifikasyon li pou l te reprimande moun, li te ba yo pito pwovizyon lavi ki nesesè. Li pa t janm bliye ansèyman Jezi te bay yo anvan Li te ale, epi yo te enspire l pandan tout lavi li. Pandan l t ap swiv Jezi, li te deside bay lavi li pou l remèt lanmou li te jwenn nan men Senyè a epi pou l swiv egzanp Li nan tout bagay. Jezi te dakò ak sa, kidonk lè Pyè te gen 53 zan (plis pase 20 tan apre Jezi te fin ale), Jezi te parèt devan l pou ede l reyalize objektif li a. Nan sèt ane ki te vin apre sa, Pyè te pase lavi l ap aprann konnen tèt li. Yon jou, lè sèt ane sa yo ap fini, yo te krisifye l tèt anba, konsa yo te mete fen nan lavi ekstraòdinè li a.