Èske travay Bondye a se yon travay senp jan lòm panse a?
Etan moun ki kwè nan Bondye, nou chak ta dwe apresye kijan nou resevwa pou tout bon pi gran ekzaltasyon ak sali nou te kapab jwenn, lè nou resevwa travay Bondye a nan dènye jou yo, ak plan travay Li, L ap akonpli nan nou menm jodi a. BonDye fè gwoup moun sa a tounen sèl pwen santral travay Li atravè tout linivè. Li sakrifye tout san ki nan kè L pou nou; Li reklame nou epi Li fè nou kado tout zèv Sentespri a, atravè tout linivè. Se poutèt sa mwen di nou se sila yo ki genyen plis chans. Plis toujou, Li transfere laglwa Li ki te ann Izrayèl, pèp chwazi Li a, sou nou, epi Li gen pou l fè objektif plan Li a manifeste totalman atravè gwoup sa a. Konsa, se nou menm ki pral resevwa eritaj Bondye a, pi plis toujou, nou se eritye laglwa Bondye. Nou tout sonje pawòl sa yo petèt: “Paske ti soufrans nou yo, ki la pou yon ti tan, ap pare pou nou yon pouvwa ki p ap janm fini epi ki depase soufrans sa yo.” Nou tout te tande pawòl sa yo deja, men okenn nan nou pa t konprann vrè sans yo. Jodi a, nou pran konsyans tout bon de vrè siyifikasyon yo. Bondye pral akonpli pawòl sa yo pandan dènye jou yo, e yo pral akonpli nan moun ki te sibi pèsekisyon brital anba men gran dragon wouj la sou teritwa kote li plwaye kò l la. Gran dragon wouj la pèsekite Bondye epi li se lennmi Bondye, konsa, sou tè sa a, sila yo ki kwè nan Bondye, yo gen pou yo sibi imilyasyon ak opresyon, epi pawòl sa yo akonpli nan nou, gwoup moun sa a, kòm rezilta. Paske se sou tè sa a, ki opoze ak Bondye, l ap reyalize, tout travay Bondye a vin bite sou gwo difikilte, epi akonplisman anpil nan pawòl Li yo pran tan; kidonk youn nan rezilta pawòl Bondye a, se rafinman moun yo, sa ki reprezante tou yon pati nan soufrans yo. Sa difisil anpil pou Bondye akonpli travay Li sou teritwa gran dragon wouj la – men, se atravè difikilte sa a Bondye reyalize yon etap nan travay Li a, konsa Li manifeste sajès Li ak mèvèy Li yo, epi Li sèvi ak opòtinite sa a pou l rann gwoup moun sa a fètefouni. Se atravè soufrans moun yo, atravè karaktè yo, epi atravè tout dispozisyon satanik moun yo sou tè malpwòpte sa a Bondye reyalize travay pirifikasyon ak konkèt Li a, pou Li kapab jwenn glwa nan sa, epi pou Li kapab genyen sila yo ki pral pote temwayaj aksyon Li yo. Men tout sans tout sakrifis Bondye fè pou gwoup moun sa yo. Kidonk, se atravè sila yo ki opoze ak Li menm Bondye reyalize travay konkèt Li a, e se sèlman konsa gran pouvwa Bondye a kapab manifeste aklè. Pou nou di sa yon lòt jan, se sèlman sila yo ki sou tè kowonpi a ki merite pou yo eritye laglwa Bondye, e se sa sèlman ki kapab mete kokenn chenn pouvwa Bondye genyen an ann evidans. Se sa ki fè mwen di se sou tè kowonpi a, epi pami sila yo k ap viv sou tè kowonpi a, Bondye jwenn tout glwa Li. Se volonte Bondye sa menm. Etap travay Jezi a se menm bagay la: Se sèlman nan mitan Farizyen yo ki t ap pèsekite L, Li te kapab glorifye; si se pa t pèsekisyon Farizyen yo ak trayizon Jida a, yo pa t ap janm ni pase Jezi nan rizib, ni pale mal sou Li, ale wè pou yo ta krisifye L, epi konsa Li pa t ap janm jwenn glwa. Kote Bondye fè travay Li nan chak epòk, epi kote Li akonpli zèv Li nan lachè, se la Li jwenn glwa e se la Li rachte sila yo ke Li deside pou L genyen. Se konsa plan travay Bondye a ye, e se konsa Li fè jesyon travay Li.
Nan plan Bondye ki kouvri plizyè milye lane, genyen de(2) pati nan travay la ki akonpli nan lachè; Premye a se travay krisifiksyon an, ki glorifye Li, lòt la se travay konkèt ak pèfeksyon an nan dènye jou yo, ki glorifye Li. Se konsa Bondye jere travay Li. Se poutèt sa nou pa dwe gade travay Bondye, oswa misyon Bondye pou nou tankou yon bagay ki tou senp. Nou tout se eritye kantite laglwa etènèl Bondye a, ki depase tout mezi, e se Bondye ki te òdone l konsa menm. Nan de(2) pati ki nan laglwa Li yo, gen youn ki manifeste nan nou; Bondye akòde nou yon pati ankè nan laglwa Li a, kòm eritaj pa nou. Se konsa Bondye ekzalte pou nou, e se plan sa a Li te deside davans pou nou depi byen lontan. Lè nou konsidere grandè travay Bondye akonpli sou tè kote gran dragon wouj la abite a, si travay sa a se yon lòt kote li te akonpli, sa fè lontan li t ap pote anpil fwi epi moun t ap asepte l san pwoblèm. Plis toujou, li t ap lontan pi fasil pou klèje oksidantal yo, ki kwè nan Bondye, asepte travay sa a, paske etap travay Jezi akonpli a sèvi kòm yon presedan. Se poutèt sa Bondye pa kapab akonpli etap travay glorifikasyon sa a yon lòt kote; si pèp yo ap soutni l, si nasyon yo ba li rekonesans, li p ap kapab enpoze l. Se egzakteman siyifikasyon ekstwòdinè sa a etap travay sa a genyen sou tè sa a. Pa genyen yon sèl moun pami nou ke lalwa pwoteje – okontrè, lalwa pini nou. Plis pwoblèm toujou, moun pa konprann nou: Kit se pwòch nou, paran nou, zanmi nou, oswa kòlèg nou, youn pa konprann nou. Lè Bondye “abandone” nou, li enposib pou nou kontinye viv sou latè, men malgre sa, moun pa kapab sipòte pou yo rete lwen Bondye, se la tout siyifikasyon konkèt Bondye sou lezòm, e se laglwa Bondye sa. Sa nou eritye jodi a depase lontan sa apòt yo ak pwofèt yo te eritye nan tan pase yo, e li menm pi gran toujou pase sa Moyiz ak Pyè te eritye. Benediksyon pa kapab vini nan yon sèl jou oswa de(2) jou; se gwo sakrifis ki pou fè nou merite li. Sa vle di nou dwe posede yon lanmou ki sibi yon rafinman, nou dwe posede yon lafwa ki gran, epi nou dwe genyen tout kantite verite Bondye ekzije pou nou rive genyen yo; plis toujou, nou dwe vire fas nou bay lajistis, san nou pa ni entimide ni vag, epi nou dwe genyen yon lanmou pèmanan epi san relach pou Bondye. Nou dwe pran bon jan rezolisyon, dwe gen chanjman ki pwodui nan dispozisyon lavi nou, koripsyon ki nan nou an dwe geri, fòk nou asepte tout sa Bondye fè san plenyen, epi nou dwe obeyisan jiska lamò. Se nan dimansyon sa a nou dwe rive, se objektif final travay Bondye a, e se sa Bondye reklame nan men gwoup moun sa a. Paske Li ban nou, asireman L ap mande nou tou anretou, epi asireman demand L ap fè nou yo ap byen adapte. Se sa k fè, tout travay Bondye ap fè a genyen yon rezon, ki montre poukisa, anpil anpil fwa, Bondye travay ak anpil disiplin epi presizyon. Se pou rezon sa nou dwe ranpli ak lafwa nan Bondye. An rezime, tout travay Bondye a se nan benefis nou li fèt, yon fason pou nou kapab vin diy pou nou resevwa eritaj Li a. Se pa plis pou benefis laglwa Bondye, men se nan benefis sali nou, epi pou pèfeksyone gwoup moun sa a ki te tèlman aflije sou tè kowonpi sa a. Nou dwe konprann volonte Bondye. Epi konsa, m ap ekzòte tout moun iyoran sa yo ki san okenn bon konprann ni bon sans: Pa teste Bondye, epi sispann reziste. Bondye deja sibi soufrans okenn moun pako janm andire, epi sa fè lontan, Li te menm andire imilyasyon ki pi gran toujou, nan plas lòm. Ki sa ankò nou pa ta kapab kite ale? Ki sa ki kapab pi enpòtan pase volonte Bondye? Ki sa ki ta kapab pi gran pase lanmou Bondye? Li deja ase difisil pou Bondye reyalize travay Li sou tè kowonpi sa a; si, mete sou sa, lòm ap komèt transgresyon jan l pito, ak tout volonte l, travay Bondye a ap oblije pran plis tan toujou. An rezime, sa pa nan enterè pèsonn, li p ap pwofite pèsonn. Tan an pa kapab limite Bondye; travay Li ak laglwa Li vini anvan tout bagay. Se poutèt sa, Li ap peye nenpòt ki pri pou travay Li, kèlkeswa tan sa ap pran. Sa a se dispozisyon Bondye: Li p ap janm repoze toutotan travay Li a pa fin akonpli. Travay Li ap fini sèlman lè Li fin genyen dezyèm pati laglwa Li a. Si, atravè tout linivè, Bondye pa fini dezyèm pati glorifikasyon Li a, jou Li a p ap janm rive, men Li p ap janm lage pèp chwazi Li a, laglwa Li p ap janm desann sou Izrayèl, epi plan Li a p ap janm rive nan finisman li. Nou ta dwe kapab wè volonte Bondye, epi wè kòman travay Bondye a pa senp menmjan ak kreyasyon syèl la ak tè a, ak tout lòt bagay yo. Se paske travay jodi a se transfòmasyon sila yo ki te kowonpi, ki anestezi nan pi wo degre, se pirifye sila yo ki te kreye, men ki pran mak fabrik Satan. Se pa kreyasyon Adan oubyen Èv, Mwens toujou, se pa kreyasyon limyè a, oubyen kreyasyon chak plant ak bèt. Bondye pirifye bagay Satan te kowonpi, Li vin genyen yo yon lòt fwa ankò; tout bagay sa yo retounen vin pou Li ankò, epi yo devni laglwa Li. Se pa nan fason lòm imajine a, se pa yon bagay senp tankou kreyasyon syèl la ak tè a, ak tout sa ki ladan yo, oubyen travay madichonnen Satan jis nan labim nan; se pito travay transfòmasyon lòm nan, transfòme bagay ki negatif epi ki pa pou Li yo, fè yo tounen bagay ki pozitif, epi ki vin pou Li tout bon vre. Se verite sa a ki dèyè etap sa a nan travay Bondye a. Nou dwe konprann sa, epi evite senplifye bagay yo depase mezi. Travay Bondye a pa sanble ak okenn travay òdinè. Mèvèy Li ak sajès Li depase lespri moun. Bondye pa kreye tout bagay pandan etap travay sa a, men Li pa detwi yo nonplis. Olye sa, Li transfòme tout sa Li te kreye, epi Li pirifye tout sa Satan te kowonpi. Epi se konsa Bondye angaje L nan yon gran misyon ki se tout siyifikasyon travay Bondye a. Èske travay Bondye a, jan nou wè li nan pawòl sa yo, se yon travay ki sitèlman senp?