Ou Dwe Viv pou Laverite Paske Ou Kwè nan Bondye
Pwoblèm komen ki egziste kay toutmoun sèke yo konprann Laverite men yo pa rive mete li an pratik. Se paske, yon bò, yo pa vle peye pri a, epi yon lòt bò, disènman yo twò piti; yo pa kapab wè laplipa difikilte lavi chak jou yo pou sa yo ye, epi yo pa konnen kijan pou yo pratike kòrèkteman. Paske eksperyans moun yo twò sipèfisyèl, kalite yo twò pòv, epi degre yo konprann laverite a limite, yo pa gen okenn mwayen pou rezoud difikilte yo rankontre nan lavi chak jou yo. Yo kwè nan Bondye nan bouch sèlman, epi yo pa kapab fè Bondye antre nan lavi chak jou yo. Sa vle di, Bondye se Bondye, lavi se lavi, epi se kòmsi moun yo pa gen okenn relasyon avèk Bondye nan lavi yo. Se sa tout moun panse. Lè moun yo kwè nan Bondye fason sa a, Bondye pa p genyen moun yo epi pèfeksyone yo reyèlman vre. An reyalite, se pa paske pawòl Bondye a pa di tout sa pou l dimen pito se kapasite moun yo pou resevwa pawòl Li a ki tou senpleman twò piti. Yon moun ta kapab di ke prèske pèsonn moun pa aji selon entansyon orijinal Bondye yo; okontrè, lafwa yo nan Bondye li selon pwòp entansyon pa yo, lide relijye yo te genyen nan tan pase yo, ak pwòp fason pa yo ke yo konn fè bagay yo. Yo ra, moun sila a yo ki sibi yon transfòmasyon apre yo aksepte pawòl Bondye a epi ki kòmanse aji selon volonte Li. Olye de sa, yo pèsiste nan kwayans pa yo ki chaje avèk erè. Lè moun kòmanse kwè nan Bondye, yo fè sa sou baz règ konvansyonèl relijyon, yo viv epi yo fè entèaksyon avèk lòt moun antyèman sou baz pwòp filozofi lavi pa yo. Yon moun ta kapab di ke se konsa sa ye pou nèf moun sou dis. Gen yon tikras moun ki fè yon lòt plan epi ki chanje paj apre yo kòmanse kwè nan Bondye. Limanite pa rive konsidere pawòl Bondye a kòm laverite, oswa pran l kòm vérité pou mete li an pratik.
Annou konsidere, pa egzanp, lafwa nan Jezi. Ke yon moun te fenk kòmanse kwè oswa li te kwè depi lontan, yo tout tou senpleman mete an sèvis tout talan yo genyen epi montre tout ladrès yo genyen. Moun yo tou senpleman ajoute “lafwa nan Bondye,” twa mo sa a yo, nan lavi yo abitye viv la, san yo pa fè chanjman nan karaktè yo, epi lafwa yo nan Bondye pa grandi ditou. Pouswit yo a pa t ni cho ni frèt. Yo pa t di ke yo te pral abandone lafwa yo, men yo pa t konsakre tout bagay a Bondye nonplis. Yo pa t janm vrèman renmen Bondye oswa obeyi Li. Lafwa yo nan Bondye se te yon melanj bagay otantik ak bagay fo, yo te abòde li avèk yon grenn je ouvè ak yon grenn je fèmen, epi yo pa t sensè nan pratike lafwa yo. Yo te kontinye nan yon eta ki sitèlman gen konfizyon, epi finalman yo te mouri nan yon lanmò ki pa klè. Ki bi tout bagay sa a? Jodi a, pou kwè nan Bondye pratik la, ou dwe mete pye ou nan bon chemen an. Si ou kwè nan Bondye, ou pa ta dwe chèche benediksyon sèlman, men renmen Bondye epi konnen Bondye tou. Gras a Limyè Li, gras a pwòp rechèch endividyèl ou, ou kapab manje ak bwè pawòl Li, devlope yon vrè konpreyansyon Bondye, epi gen yon vrè lanmou pou Bondye ki soti nan fon kè ou. Annou di sa yon lòt fason, lè lanmou w pou Bondye pi otantik, epi pèsonn pa kapab detwi oswa bloke lanmou w pou Li, lè sa a ou nan bon chemen kwayans ou nan Bondye. Sa pwouve ke w se pwopriyete Bondye paske kè ou déjà pou Bondye epi okenn lòt bagay pa kapab vin posede ou. Gras a eksperyans ou, gras a pri ou te peye a, epi gras a travay Bondye, ou kapab devlope yon lanmou san kondisyon pou Bondye—epi lè ou fè sa, w ap vin libere anba enfliyans Satan epi w ap vin viv nan limyè pawòl Bondye a. Se sèlman lè ou libere tèt ou anba enfliyans fènwa a moun kapab di ou genyen Bondye. Nan kwayans ou nan Bondye, se bi sa a ou dwe vize. Sa a se devwa nou chak. Okenn moun pami nou pa ta dwe satisfè avèk fason bagay yo ye kounye a. Ou pa kapab gen de opinyon sou travay Bondye a, ni ou pa kapab konsidere li alalejè. Ou ta dwe panse a Bondye avèk tout respè tout tan, epi fè tout bagay nan enterè Li. Epi kèlkeswa lè w ap pale oswa aji, ou ta dwe mete enterè kay Bondye a an premye. Se sèlman konsa ou kapab selon kè Bondye.
Nan lafwa yo nan Bondye, pi gwo fot moun yo sè ke yo kwè nan pawòl sèlman, epi Bondye absan nèt nan lavi chak jou yo. An reyalite, tout moun kwè nan egzistans Bondye, men Bondye pa fè pati lavi chak jou yo. Bouch moun yo di Bondye anpil priyè, men Bondye gen yon ti plas tou piti nan kè yo, se konsa Bondye mete yo aleprèv ankò epi ankò. Se paske moun yo pa pwòp ki fè Bondye pa gen lòt altènativ ke mete yo aleprèv, pou yo ka santi yo wont epi pou yo vin konnen tèt yo nan mitan eprèv sa a yo. Si se pa t sa, limanite t ap tounen desandan akanj lan, epi li t ap vin deplizanpli konwonpi. Nan pwosesis lafwa yo nan Bondye, chak moun voye jete anpil nan entansyon ak objektif pèsonèl yo anba netwayaj san rete Bondye a. Si se pa t sa, Bondye pa t ap gen okenn mwayen pou Li sèvi avèk okenn moun, epi okenn mwayen pou Li fè travay Li ta dwe fè nan moun yo. Bondye netwaye moun yo dabò, epi atravè pwosesis sa a, yo kapab vin konnen tèt yo epi Bondye kapab chanje yo. Se sèlman lè sa a Bondye fè lavi Li travay nan yo, epi se sèlman konsa kè yo kapab vin pou Bondye konplètman. Se konsa mwen di, kwè nan Bondye pa senp jan moun yo di l la. Jan Bondye wè sa, si w gen konesans sèlman men ou pa gen pawòl Li a kòm lavi, epi si w limite sèlman a pwòp konesans oumen ou pa kapab pratike laverite oswa viv pawòl Bondye a, enben sa se yon prèv ankò ke w pa gen yon kè ki renmen Bondye, epi sa montre ke kè w pa pou Bondye. Yon moun kapab vin konnen Bondye lè li kwè nan Li: Sa a se bi final la, ak bi bi pouswit lèzòm ap reyalize a. Ou dwe fè efò pou w viv pawòl Bondye yo pou yo kapab konkretize nan pratik ou. Si se konesans doktrin sèlman ou genyen, enben lafwa ou nan Bondye p ap sèvi anyen. Se sèlman si lè w pratike epi ou viv pawòl Li ke yo kapab konsidere lafwa w konplè epi annakò avèk volonte Bondye. Sou wout sa a, anpil moun kapab pale ak anpil konesans, men nan moman lanmò yo, je yo ap koule anpil dlo, epi yo rayi tèt yo paske yo te gaspiye tan yo te viv la epi yo te viv jouk rive nan yon laj avanse pou anyen. Yo senpleman konprann doktrin yo, men yo pa kapab mete laverite a an pratik oswa rann temwayaj devan Bondye; olye de sa, yo senpleman ap kouri pasi pala, pandan yo okipe tankou yon myèl, epi se sèlman lè yo tou pre lanmò ke yo finalman wè yo manke vrè temwayaj la, ke yo pa konnen Bondye ditou. Epi èske li pa twò ta? Poukisa ou pa pwofite de jounen an epi pouswiv laverite ou renmen an? Poukisa pou w rete tann jouk demen? Si nan lavi ou pa soufri pou laverite oswa chèche genyen li, èske sa ta vle di ou vle regrèt lè lè lanmò w rive? Si se konsa, poukisa pou nou kwè nan Bondye? An verite, gen anpil bagay kote moun yo, si yo fè yon ti efò tou piti, yo kapab mete laverite a an pratik epi avèk sa satisfè Bondye. Se sèlman paske demon posede kè moun yo tout tan ke yo pa kapab aji nan enterè Bondye, epi yo toujou ap fè prese nan enterè lachè yo, san yo pa jwenn okenn rezilta alafen. Poutèt sa, pwoblèm ak difikilte ap akable moun yo tout tan. Èske bagay sa a yo se pa touman Satan? Èske bagay sa a se pa kòripsyon lachè a? Ou pa ta dwe eseye twonpe Bondye pandan w ap bat bouch ou. Olye de sa, ou dwe poze bon jan aksyon. Pa twonpe tèt ou—kisa sa ta itil? Kisa w ka genyen lè w ap viv nan enterè lachè ou epi lite pou pwofi ak renome?