Konnen Bondye se Chemen Ki Mennen nan Krent Bondye ak Evite Mal

Nou chak dwe egzamine yon lòt fwa jan nou te kwè nan Bondye pandan tout lavi nou, pou nou ka wè, pandan n ap suiv Bondye, si nou vrèman konprann, si nou byen sezi, e si nou rive konnen Bondye tout bon, si nou vrèman konnen kòman Bondye konsidere divès kalite moun yo, epi si ou vrèman konprann travay Bondye ap fè sou ou epi kòman Bondye defini chak aksyon w. Bondye sa a, ki bò kote w, k ap gide direksyon w ap avanse a, k ap dirije desten w, e k ap konble bezwen w yo—nan ki mezi ou konprann Bondye sa a, finalman? Nan ki nivo ou vrèman konnen Bondye sa a? Èske w konnen ki travay Li fè sou ou chak jou? Èske w konnen sou ki prensip ak objektif Li chita chak aksyon Li? Èske w konnen kòman li gide w? Èske w konnen ak ki mwayen Li sèvi pou l pran swen w? Èske w konnen selon ki metòd L ap dirije w? Èske w konnen sa li swete resevwa nan men w ak sa li swete reyalize nan ou? Èske w konnen kòman Li konsidere divès fason ou konpòte w yo? Èske w konnen si w se yon moun Li renmen? Èske w konnen ki sous lajwa, kòlè, tristès, ak plezi Li, panse ak lide ki deyè yo, ak esans Li? Anfen, èske w konnen Bondye sa ou kwè nan Li a ki kalite Bondye Li ye? Èske kesyon sa yo a lòt ki sanble ak yo se bagay ou poko janm konprann oubyen reflechi sou yo? Pandan w ap kontinye ak kwayans ou gen nan Bondye a, èske pandan w ap reyèlman apresye epi fè eksperyans pawòl Bondye yo, ou fè disparèt mal konprann ou gen sou Li yo? Èske apre w fin resevwa koreksyon ak chatiman Bondye, ou rive nan bon jan obeyisans ak konpasyon? Nan mitan chatiman ak jijman Bondye, èske w rive konnen rebelyon ak nati satanik lòm, epi genyen menm yon tikras konprann konsènan sentete Bondye? Èske, anba gid ak limyè pawòl Bondye yo, ou kòmanse gade lavi a yon lòt jan? Èske, nan mitan eprèv Bondye voye yo, ou santi jan li pa tolere ofans ansanm ak sa Li egzije w e kòman L ap sove w? Si ou pa konnen sa mal konprann Bondye ye, epi kòman pou w fè disparèt mal konprann sa a, ebyen yo ka di ou pa t janm antre nan yon kominyon tout bon ak Bondye e ou pa t janm konprann Bondye, oubyen omwens yo ka di ou pa t janm swete konprann Li. Si ou pa konnen kisa koreksyon ak chatiman Bondye ye, ebyen se sèten ou pa konnen kisa obeyisans ak sansiblite ye, oubyen omwens ou pa janm obeyi oubyen sansib pou Bondye tout bon vre. Si ou pa janm fè eksperyans chatiman ak jijman Bondye, ebyen se sèten ou pa p konnen kisa sentete Li ye, epi w ap mwens konprann toujou kisa rebelyon lòm ye. Si ou pa t janm vrèman kòrèk nan fason w gade lavi a, oubyen gen yon objektif kòrèk nan lavi, men ou kontinye nan yon konfizyon epi w pa deside sou pwochen wout w ap pran nan vi a, rive menm nan yon pwen kote ou ezite avanse, ebyen se sèten ou poko janm resevwa limyè ak direksyon Bondye; yo ka di tou ou poko janm vrèman resewa pwovizyon oubyen ranpli ak pawòl Bondye yo. Si ou poko sibi eprèv Bondye yo, ebyen ou pa bezwen mande si w ap konnen kòman Bondye pa sitire ofans lèzòm, nonplis ou pa p konprann sa Bondye mande w alafen, e mwens toujou, alafen, ki travay l ap fè pou jere epi sove lèzòm. Sa pa enpòtan ki kantite ane yon moun genyen depi l kwè nan Bondye, si li pa janm fè eksperyans oubyen konprann anyen nan pawòl Bondye yo, ebyen se sèten li pa p mache nan chemen ki mennen nan Sali a, se sèten lafwa li nan Bondye pa gen anyen anndan l vre, se sèten konesans li sou Bondye se zewo, e ou pa bezwen mande si li gen yon tikras lide sou sa respè pou Bondye ye.

Sa Bondye posede ak sa li ye, esans Bondye, dispozisyon Bondye—yo fè konnen tout sa yo nan Pawòl Li pou lèzòm. Lè li fè eksperyans ak pawòl Bondye yo, pandan l ap mete l an pratik lòm ap rive konprann objektif ki dèyè pawòl Bondye pale yo, epi konprann e apresye rezilta Bondye ap chèche nan pawòl Li yo. Pou limanite, tout sa yo se bagay lòm dwe fè eksperyans ak yo, konprann, epi mete men sou yo pou li rive nan verite ak lavi, konprann entansyon Bondye, vin gen dispozisyon li transfòme, epi vin kapab obeyi souverènte ak plan Bondye. Nan menm moman lòm ap fè eksperyans, konprann, epi mete men sou bagay sa yo, pwogresivman l ap gentan kòmanse konprann Bondye, e lè sa a l ap gentan pran divès nivo konesans sou Li. Konpreyansyon ak konesans sa a pa soti nan yon bagay lòm te imajine oubyen konpoze, men pito nan sa li apresye, sa li viv, sa li santi, e sa l konfime nan li menm. Sèlman apre li fin apresye, viv, santi, epi konfime bagay sa yo, konesans lòm sou Bondye ap gen kichòy anndan l; se sèlman konesans lòm pran lè sa a ki reyèl, ki vrè, ki egzat, e pwosesis sa—pou rive genyen bon jan konprann ak konesans sou Bondye nan apresye, viv, santi, e konfime pawòl Li yo—pa lòt bagay ke yon vrè kominyon ant lòm ak Bondye. Nan mitan kalite kominyon sa a, lòm vin konprann epi sezi tout bon entansyon Bondye yo, li vin konprann e konnen tout bon sa Bondye posede ak sa Li ye, li vin konprann e konnen tout bon esans Bondye; pwogresivman li vin konprann e konnen dispozisyon Bondye, li rive sèten tout bon epi gen yon definisyon kòrèk sou reyalite dominasyon Bondye sou tout kreyasyon an, epi li rive gen yon enfliyans enpòtan sou Bondye ansanm ak konesans idantite ak pozisyon Bondye. Nan mitan kalite kominyon sa a, lòm chanje lide li sou Bondye etap pa etap, li sispann imajine Li vaykevay, oubyen kite pwòp sa li panse sou Bondye domine li, oubyen pou l ta mal konprann Li, oubyen kondane Li, oubyen jije Li, oubyen doute de Li. Konsa, lòm ap gen mwens chirepit ak Bondye, l ap gen mwens konfli ak Bondye, epi ap gen mwens okazyon kote lòm fè rebèl ak Bondye. Okontrè, sansiblite ak obeyisans lòm gen pou Bondye ap vin pi gran, epi respè li pou Bondye ap vin pi reyèl e pi pwofon. Nan mitan yon kalite kominyon konsa, non sèlman lòm ap rive jwenn pwovizyon verite ak batèm lavi a, men anmenmtan tou l ap rive konnen Bondye tout bon. Nan mitan kalite kominyon sa a, non sèlman lòm ap transfòme nan dispozisyon li e l ap resevwa delivrans lan, men anmenmtan tou l ap rekòlte bon jan respè ak bon jan adorasyon yon kreyati dwe Bondye. Apre li fin gen kalite kominyon sa a, lafwa lòm nan Bondye p ap yon fèy papye blanch ankò, oubyen yon promès ki fèt nan bouch, oubyen yon rechèch je femen ak idolatri; se sèl ak kalite kominyon sa a lavi lòm ap grandi rive nan matirite chak jou ki pase, epi se sèlman kounye a dispozisyon li ap vin transfòme piti piti, e pwogresivman lafwa li nan Bondye ap soti nan yon eta kwayans vag e ki manke konviksyon, pou li tounen bon jan obeyisans ak sansiblite, pou li tounen bon jan respè, epi lòm tou, nan chemen l ap pase pou suiv Bondye a, ap pwogrese soti nan yon eta pasif rive nan yon eta aktif, soti nan negatif rive nan pozitif; se sèlman ak kalite kominyon sa a lòm ap rive konprann Bondye tout bon, e konnen Bondye tout bon. Paske pi fò moun pa janm antre nan yon bon jan kominyon ak Bondye, konesans yo sou Bondye rete nan nivo teyori, nan nivo lèt ak dotrin. Sa vle di, pi fò moun, kèlkeswa kantite ane yo genyen depi yo kwè nan Bondye, nan sa ki konsène konnen Bondye yo toujou menm kote yo te kòmanse a, yo kole nan premye nivo fòm omaj tradisyonèl yo, ak sipèstisyon fewodal ak touch womantik ki mache ak yo. Si konesans lòm ta bloke nan pwen kote l te kòmanse a, sa ta vle di li prèske pa egziste. Andeyò deklarasyon lòm fè sou pozisyon ak idantite Bondye, lafwa lòm rete toujou nan yon eta kote li pa fin sèten. Si se konsa, nan ki nivo lòm ka respekte Bondye tout bon?

Sa pa enpòtan jan kwayans ou nan egzistans Bondye fèm, sa pa ka ranplase jan ou konnen Bondye, ni respè ou genyen pou Bondye. Sa pa enpòtan nan ki nivo ou jwi benediksyon Li yo ak gras Li, sa pa ka ranplase jan ou konnen Bondye. Sa pa enpòtan ki kantite volonte ou genyen pou konsakre tout ou menm epi sakrifye tout ou menm poutèt Li, sa pa ka ranplase jan ou konnen Bondye. Petèt ou vin tèlman abitye ak pawòl Bondye pale yo, oubyen ou menm konnen yo pakè e ou ka resite yo san reflechi, men sa pa ka ranplase jan ou konnen Bondye. Kèlkeswa entansyon lòm ta ka genyen pou suiv Bondye, si li pa t janm gen bonjan kominyon ak Bondye oubyen bonjan eksperyans ak pawòl Bondye yo, ebyen konesans li sou Bondye pa t ap kanpe sou anyen, oubyen li t ap chita sèlman sou yon rèv je klè ki pa janm fini; paske atout ou ta mèt te “kole zepòl” ak Bondye an pasan, oubyen ou ta rankontre Li fasafas, konesans ou sou Bondye t ap toujou egal a zewo, e respè ou gen pou Bondye pa t ap plis pase yon pawòl anlè oubyen yon lide san reyalite.

Anpil moun kenbe pawòl Bondye yo pou yo li chak jou ki pase, yo menm rive pran san yo pou kenbe nan tèt yo tout pasaj ki popilè yo kòm byen ki pi chè pou yo, epi anplis yo preche pawòl Bondye yo tout kote, y ap nouri epi ede moun yo ak pawòl Bondye yo. Yo panse lè yo fè sa se temwayaj yo bay pou Bondye, temwayaj pou pawòl Li yo, lè yo fè sa yo swiv chemen Bondye a; yo panse se lè yo fè sa yo viv selon pawòl Bondye yo, se lè yo fè sa yo antre pawòl Li nan lavi reyèl yo, se sa k ap fè yo resevwa konpliman nan men Bondye, epi k ap fè yo sove e rann yo pafè. Men menm pandan y ap preche pawòl Bondye yo, yo pa janm konfòme yo ak pawòl Bondye yo nan sa y ap pratike, oubyen eseye aliyen yo ak sa ki revele nan pawòl Bondye yo. Okontrè, yo sèvi ak pawòl Bondye yo pou jwenn adorasyon ak konfyans lòt moun nan fè mètdam, pou yo ka jere pwòp zafè yo, epi pou yo detounen epi volè glwa Bondye. Se pou granmesi yo espere esplwate okazyon yo jwenn pou gaye pawòl Bondye pou yo ka resevwa travay Bondye ak konpliman Li kòm rekonpans. Konbyen ane ki pase deja, epi moun sa yo, non sèlman yo pa t kapab jwenn konpliman nan men Bondye nan pwosesis pou preche pawòl Bondye yo, epi non sèlman yo pa t dekouvri chemen yo dwe swiv nan pwosesis pou pote temwyaj pou pawòl Bondye yo; epi non sèlman yo pa t ede oubyen oubyen pran swen tèt yo nan pwosesis pou yo ede epi pran swen lòt yo ak pawòl Bondye yo, epi non sèlman yo pa t kapab konnen Bondye, oubyen reveye nan yo menm yon krent tout bon pou Bondye nan pwosesis pou fè tout bagay sa yo; men okontrè, mal konprann yo sou Bondye grandi pi fon pase l te janm ye, jan yo manke konfyans nan Bondye vin pi grav pase l te janm ye, e sa yo imajine sou Li vin pi egzajere toujou. Yo jwenn pwovizyon ak direksyon nan teyori yo gen sou pawòl Bondye yo, yo sanble yo totalman ozanj, kòm si yo t ap itilize kapasite yo byen fasil san fè efò, kòm si yo ta twouve objektif yo nan lavi, sa vle di misyon yo, epi kòm si yo ta genyen yon nouvo lavi epi yo ta sove, kòm si, ak pawòl Bondye yo k ap jwe anba lang yo tankou recital, yo rive genyen verite a, konprann entansyon Bondye yo, epi dekouvri chemen ki mennen nan konnen Bondye, kòm si, nan pwosesis pou preche pawòl Bondye yo, yo souvan rive fasafas ak Bondye. Men tout, yo souvan “touche” prèt pou kriye, epi souvan “Bondye” ki nan pawòl Bondye yo dirije yo, yo sanble ap touche san rete sansiblite ak bon kè Li, epi anmentan yo rive mete men sou delivrans Bondye a ak jesyon Li, yo rive konnen esans Li, e yo rive konprann dispozisyon Li ki dwat. Sou baz fondasyon sa a, yo sanble kwè pi fèm toujou nan egzistans Bondye, yo sanble pi byen konnen kòman Li egzalte, epi santi grandè ak transandans Li. Lè yo pandye konsa sou yon konesans sipèfisyèl pawòl Bondye yo, lafwa yo ta sanble grandi, detèminasyon yo pou pase nan soufrans ranfòse, epi yo pi pwofonde nan konnen Bondye. Men se apèn si yo konnen sa, jiskaske yo fè eksperyans pawòl Bondye yo tout bon, tout konesans yo gen sou Bondye ak lide yo sou Li soti nan reyalite yo imajine ak nan sipozisyon y ap fè. Lafwa yo p ap ka kanpe devan nenpòt ki tès Bondye ta pase li, sa yo rele nivo espirityèl yo a senpman pa t ap ka reziste anba eprèv ak enspeksyon Bondye, detèminasyon yo se sèlman yon chato ki bati sou sab, epi konesans yo pretann yo gen sou Bondye pa plis pase yon envansyon imajinasyon yo. An reyalite, moun sa yo, ki, jan sa te ye, te mete anpil efò nan pawòl Bondye yo, yo pa janm byen konprann kisa ki yon lafwa tout bon, kisa ki yon obeyisans tout bon, kisa ki sanbiblite tout bon, oubyen kilè moun konnen Bondye tout bon. Yon pran teyori, imajinasyon, konesans, don, tradisyon, sipèstisyon, e menm valè moral limanite, epi yo fè yon tounen “kapital” yo ak “zam” pou kwè nan Bondye e swiv Li, yo menm fè yo tounen fondasyon pou kwayans yo nan Bondye ak pou yo swiv Li. Anmentan tou, yo pran kapital ak zam sa yo e yo fè yo tounen talisman majic ki sèvi pou yo konnen Bondye, pou yo fè fas ak epi regle ak enspeksyon Bondye yo, eprèv, chatiman ak jijman Li yo. Alafen, sa yo rekòlte pa plis pase konklizyon sou Bondye ki chita sou relijyon, sou sipèstisyon fewodal, ak sou tout sa ki womantik, biza, epi difisil pou konprann. Fason yo konnen epi defini Bondye pase nan menm moul ak pa moun sa yo ki kwè sèlman nan Syèl Anlè a, oubyen Granmoun ki nan Syèl la, pandan reyalite Bondye, esans Li, dispozisyon Li, byen Li ak sa Li ye, eksetera—tout sa ki gen rapò ak Bondye reyèl la Li menm—se bagay konesans yo pa rive konprann, konesans yo divòse nèt ak bagay sa yo, menm jan pòl nò byen lwen ak pòl sid. Nan fason sa a, menm si moun sa yo ap viv anba provizyon ak nouriti pawòl Bondye yo, poutan yo pa kapab vrèman swiv chemen krenn Bondye ak evite mal la. Vrè rezon ki fè sa se paske yo pa t janm rive abitye ak Bondye, yo pa t janm gen yon kontak oubyen yon kominyon tout bon ak Li, e se sa ki fè li enposib pou yo menm ak Bondye youn rive konprann lòt, oubyen pou yo reveye nan yo menm yon bon jan kwayans, pou yo bon jan swiv, oubyen gen yon bon jan adorasyon pou Bondye. Paske yo dwe konsidere pawòl Bondye konsa, paske yo dwe konsidere Bondye konsa—pozisyon sa a ak atitid sa a kondane yo pou yo soti ak de men vid nan sa y ap antreprann yo, li kondane yo pou nan tout letènite yo pa janm kapab swiv chemen krenn Bondye ak evite mal la. Objektif y ap vize a siyifi yo se lènmi Bondye pou tout tan, e pou tout tan yo pa p janm kapab resevwa delivrans.

Si nan ka yon moun ki te swiv Bondye pandan anpil ane e ki te jwi pwovizyon pawòl Li yo pandan anpil ane, definisyon yo sou Bondye pou lesansyèl rete menm ak pa yon moun ki prostène pou onore zidòl, ebyen sa ta vle di moun sa pa rive touche reyalite pawòl Bondye yo. Sa se paske li senpman pa t antre nan reyalite pawòl Bondye yo, e pou rezon sa reyalite a, verite a, entansyon yo, ak egzijans yo fè limanite, tout bagay sa yo ki fè pati pawòl Bondye yo, pa gen anyen ditou pou wè ak moun sa a. Se vle di, li pa enpòtan jan yon moun konsa travay di sou sans sipèfisyèl pawòl Bondye yo, tout sa pa vo anyen. Paske sa l ap chèche se senpman pawòl, sa li twouve oblije senpman pawòl tou. Menm lè pawòl Bondye pale yo senp oubyen pwofon nan jan yo parèt, yo tout se verite ki nesesè pou lòm pandan l ap antre nan lavi a, yo se fontèn dlo vivan ki bay lòm kapasite pou l siviv ni nan lespri ni nan lachè. Yo founi sa lòm bezwen pou rete an vi; prensip ak kwayans pou li mennen lavi chak jou; chemen, objektif, ak direksyon li dwe pase pou li resevwa delivrans; chak verite li dwe posede kòm yon kreyati devan Bondye; epi chak verite sou fason lòm obeyi epi adore Bondye. Yo se garanti ki asire siviv lòm, yo se pen lòm pou chak jou, e yo se tou sipò solid ki rann lòm fò e fè l kapab kanpe. Yo rich nan reyalite ki mache ak verite eta moun nòmal la nan jan limanite ki kreye a viv li a, yo rich nan verite ki pèmèt lèzòm libere tèt yo anba koripsyon epi chape anba pyèj Satan yo, rich nan ansèyman san pran souf la, egzòtasyon, ankourajman, ak konsolasyon Kreyatè a by limanite kreye a. Yo se limyè k ap gide epi klere lèzòm pou yo konprann tout sa ki pozitif, garanti ki bay asirans lòm gen pou viv e rive posede tout sa ki dwat ak sa ki bon, kritè ki sèvi pou mezire tout moun, epi evènman ak objè, epitou yo se makè ki montre lòm direksyon delivrans lan ak chemen limyè a. Se sèlman nan eksperyans pratik ak pawòl Bondye yo lòm ka jwenn pwovizyon verite ak lavi; se sèlman ladan lòm rive konprann sa ki yon eta moun nòmal, sa ki yon lavi ki gen sans, sa ki yon kreyati tout bon, sa ki obeyisans reyèl pou Bondye; se sèlman ladan lòm ka rive konprann kòman li dwe sansib pou Bondye, koman pou li akonpli devwa yon kreyati, epi kòman pou li posede resanblans yon moun tout bon; se sèlman ladan lòm ka rive konprann sa sa vle di yon lafwa tout bon ak yon adorasyon tout bon; se sèlman ladan lòm ka rive konprann kiyès ki Chèf syèl yo ak tè a ak tout bagay; se sèlman ladan lòm rive konprann pa ki mwayen Youn ki se Mèt tout kreyasyon an egziste, vin parèt, epi travay. San yon eksperyans reyèl ak pawòl Bondye yo, lòm pa gen okenn konesans reyèl oubyen disèneman sou pawòl Bondye yo ak verite a. Yon moun konsa se yon bonjan kadav vivan, yon vrè kokiy vid, e tout konesans ki gen rapò ak Kreyatè a pa gen anyen ditou pou l wè ak Li. Nan je Bondye, yon moun konsa pa t janm kwè nan Li, ni li pa t janm swiv Li, epi konsa Bondye pa rekonèt li ni kòm moun ki kwè nan Li ni kòm moun k ap swiv Li, ankò mwens kòm yon kreyati tout bon.

Yon kreyati tout bon dwe konnen kiyès ki Kreyatè li, poukisa lòm te kreye, kòman pou l akonpli reskonsablite yon kreyati, epi kòman adore Seyè tout kreyasyon an, li dwe konprann, sezi, konnen, epi sansib pou entansyon Kreyatè a, sa li vle yo, sa li egzije yo, epi li dwe aji ann akò ak fason Kreyatè a—gen krent pou Bondye epi kouri pou mal.

Sa sa vle di gen krent pou Bondye? E kòman yon moun ka kouri pou mal?

“Gen krent pou Bondye” pa vle di yon laperèz ak yon kraponnay ou pa ka eksprime, ni tou li pa vle di ou mawon L, ni pran distans ak Li, ni tou se pa konsidere L kòm yon zidòl ni se pa sipèstisyon. Okontrè, se admirasyon, estim, konfyans, konpreyansyon, sansiblite, obeyisans, konsekrasyon, renmen, anmenmtan tou se adorasyon san kondisyon e san plenyen, remèt Li sa Li merite, ak soumisyon. San yon konsenans tout bon sou Bondye, limanite p ap gen yon admirasyon tout bon, yon konfyans tout bon, yon konpreyansyon tout bon, yon sansiblite ak yon obeyisans tout bon, men sèlman yon laperèz ak malèz, sèlman dout, mal konprann, mawon, ak evite; san yon konesans tout bon sou Bondye, limanite p ap gen yon konsekrasyon epi li p ap bay Bondye sa L merite tout bon; san yon konesans tout bon sou Bondye, limanite p ap gen yon adorasyon ak yon soumisyon tout bon, sèlman sevi L je fèmen kòm yon zidòl ak fè sipèstisyon; san yon konesans tout bon sou Bondye, limanite pa gen okenn posiblite pou l ta aji ann akò ak chemen Bondye a, oubyen gen krent Bondye, oubyen kouri pou mal. Okontrè, chak aktivite ak konpòtman kote lòm angaje l ap ranpli ak rebelyon ak defi, akizasyon pou sal non L ak jijman malveyan sou Li, epi ak konpòtman mechanste ki lekontrè ak verite a e ak vrè sans pawòl Bondye yo.

Yon fwa limanite gen yon konfyans tout bon nan Bondye, y ap sensè nan swiv Li ak nan depann de Li; se sèlman lè li gen yon konfyans reyèl epi depann de Bondye, limanite kapab konprann Li tout bon; yon konpreyansyon reyèl sou Bondye mache ak yon sanblite reyèl pou Li. Sèlman ak yon sansiblite tout bon pou Bondye limanite kapab genyen yon obeyisans tout bon; sèlman ak yon obeyisans tout bon pou Bondye limanite kapab gen yon konsekrasyon tout bon; sèlman ak yon konsekrasyon tout bon pou Bondye limanite kapab remèt Bondye sa L merite san kondisyon e san plenyen; sèlman ak yon konfyans epi yon depandans tout bon, yon konpreyansyon ak yon sansiblite tout bon, yon obeyisans tout bon, yon konsekrasyon tout bon ak ba Li sa L merite tout bon, limanite kapab rive vrèman konnen dispozisyon ak esans Bondye, epi konnen idantite Kreyatè a; sèlman lè yo rive konnen Kreyatè a tout bon, limanite ap kapab reveye nan yo menm yon adorasyon ak yon soumisyon tout bon; sèlman lè yo gen vrè adorasyon ak soumisyon pou Kreyatè a limanite ap kapab vrèman mete sou kote chemen mechanste li yo, sa vle di, kouri pou mal.

Se sa yo ki fè pati tout pwosesis pou “krenn Bondye ak kouri pou mal,” epitou sa yo se tout sa ki anndan krenn Bondye ak kouri pou mal. Se chemen moun dwe pase pou rive nan krenn Bondye ak kouri pou mal.

“Krenn Bondye ak kouri pou mal” epi konnen Bondye soude ansanm ak yon pakèt fil, e koneksyon ki gen ant yo a pale pou tèt li. Si yon moun swete rive nan kouri pou mal, li dwe an premye gen yon bonjan krent pou Bondye; si yon moun swete rive gen yon krent reyèl pou Bondye, li dwe an premye gen yon konesans reyèl sou Bondye; si yon moun swete rive konnen Bondye, li dwe an premye fè eksperyans pawòl Bondye yo, antre nan reyalite pawòl Bondye yo, fè eksperyans chatiman ak disiplin Bondye, chatiman ak jijman Li; si yon moun swete fè eksperyans pawòl Bondye yo li dwe an premye rive fasafas ak pawòl Bondye yo, rive fasafas ak Bondye, e mande Bondye pou li founi li okazyon pou li fè eksperyans pawòl Bondye yo sou fòm tout kalite anviwònman ki gen moun, evènman, ak objè; si yon moun swete rive fasafas ak Bondye e ak pawòl Bondye yo, li dwe an premye posede yon kè senp ak onèt, pare pou aksepte verite a, gen volonte pou andire soufrans, detèminasyon ak kouraj pou kouri pou mal, epi anbisyon pou li vin yon kreyati tout bon…. Nan fason sa a, padan w ap avanse mach pa mach, w ap avanse pi pre Bondye pase w te janm ye, kè w ap vini pi pwòp pase l te janm ye, e lavi w ak enpòtans lavi w, anmenmtan ak konesans ou sou Bondye, y ap vin gen plis sans pase yo te janm genyen, e y ap klere plis pase yo te janm klere. Jiskaske, yon jou, ou ap santi Kreyatè a pa yon devinèt ankò, Kreyatè a pa t janm kache pou ou, Kreyatè a pa t janm kache fas Li pou ou, Kreyatè pa lwen ou ditou, Kreyatè a ap sispann Youn ou anvi san rete nan panse w yo men ou pa ka rive touche ak santiman w yo, Li reyèlman e vrèman kanpe ap veye sou bò dwat ak bò goch ou, L ap pran swen lavi w, epi L ap kontwole destine w. Li pa yon kote ki byen lwen, ni Li pa fèmen tèt Li an sekrè anlè byen wo nan nyaj yo. Li la bò kote w, L ap dirije tout ou menm, Li se tout sa w genyen. Yon Bondye konsa pèmèt ou renmen Li nan kè w, vlope ak Li, kole sou Li, admire Li, pè pou w pa pèdi L, e refize renonse ak Li ankò, dezobeyi Li ankò, oubyen mawon pou Li ankò oubyen pran distans ak Li ankò. Sèl sa w vle se sansib pou Li, obeyi Li, remèt Li tout sa li ba ou, epi soumèt anba dominasyon Li. Ou sispann refize kite Li gide ou, pran swen ou, veye sou ou, epi kenbe ou, ou sispann refize sa Li dikte ak òdone pou ou. Tout sa ou vle se swiv Li, mache bò kote Li, tout sa ou vle se aksepte Li kòm sèl Seyè ou, sèl Bondye ou.

18 Out 2014

Avan:  Bondye Prezide Sou Desten tout Limanite

Pwochen:  Kontanple Aparans Bondye a nan Jijman ak Chatiman Li

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger