Anpil Moun Jwenn Apèl, men se Kèk Yo Chwazi
Mwen te chèche anpil moun sou latè pou vin disip Mwen. Pami tout disip sa yo, genyen sila yo k ap sèvi kòm prèt, sila yo ki dirije, sila yo ki se pitit gason Bondye, sila yo ki se pèp Bondye, ak sila yo ki rann sèvis. Mwen klase yo sou baz lwayote yo montre pou Mwen. Lè tout fin klase dapre espès yo, sa vle di, lè nati chak kalite moun fin parèt klè, mwen pral konte yo chak nan kategori lejitim yo epi m ap mete chak espès nan plas konvenab pa yo, yon fason pou akonpli Sali Mwen pou limanite. An gwoup, mwen rele sila yo ke mwen swete sove nan kay Mwen an, epi apre sa mwen lakòz yo aksepte travay Mwen nan dènye jou yo. Nan menm moman an tou, mwen klase yo dapre espès yo, apre sa mwen rekonpanse oswa pini yo chak sou baz aksyon yo. Sa yo se etap ki konstitye travay Mwen.
Jodia, mwen viv sou tè a, epi mwen viv nan mitan lòm. Moun fè eksperyans travay Mwen, epi obsève pawòl mwen yo, epi ansanm ak sa mwen akòde chak disip mwen yo tout verite yo, pou yo ka resevwa lavi nan mwen epi konsa jwenn yon wout ke yo ka suiv. Paske Mwen se Bondyeki bay lavi a. Pandan anpil ane nan travay mwen an, moun yo te resevwa anpil, epi rejete anpil bagay, men mwen kontinye di yo pa vrèman kwè nan Mwen. Paske moun yo sèlman rekonèt Mwen se Bondye avèk bouch yo, men yo pa dakò ak verite mwen pale yo, epi, anplis de sa, yo pa pratike verite mwen mande yo. Sa ki vle di, moun yo rekonèt egzistans Bondye sèlman, men yo pa rekonèt verite a; moun yo rekonèt egzistans Bondye sèlman, men yo pa rekonèt lavi a; moun yo rekonèt non Bondye sèlman, men san se pa esans Li. Mwen deteste yo pou zèl yo, paske yo sèlman eksprime bèl pawòl pou twonpe Mwen; okenn nan yo pa adore Mwen tout bon. Pawòl nou yo ranpli ak tantasyon sèpan an; anplis, yo chaje ak lògèy jiska lekstrèm, yon veritab pwoklamasyon akanj lan. Sa ki pi rèd la, aksyon nou yo blaze epi dechire nan yon nivo dezonoran; dezi san kontwòl ak entansyon konvwatiz nou yo se yon ofans nan zòrèy mwen. Nou tout vin tounen cheniy nan kay Mwen an, bagay ki merite jete avèk degou. Paske okenn nan nou pa renmen verite a; okontrè, nou anvi pou nou beni, pou monte nan syèl, pou jwenn vizyon mayifik Kris la ka p egzèse pouvwa Li sou tè a. Men eske nou janm panse kijan moun tankou nou, moun ki sitèlman kòwonpi, ki pa genyen okenn ide kisa Bondye ye, ta ka diy pou suiv Bondye? Kijan ou pral ka monte nan syèl? Kijan ou pral ka diy pou jwenn sèn mayifik konsa, sèn san parèy nan mayifisans yo? Bouch nou ranpli avèk pawòl twonpri ak salte, trayizon ak awogans. Ou pa janm pale pawòl nan senserite ak Mwen, okenn pawòl sakre, okenn pawòl soumisyon devan Mwen apre ou fè eksperyans pawòl Mwen. Kisa, alafen, lafwa nou sanble? Pa genyen okenn lòt bay sof dezi ak lajan nan kè nou, epi anyen sof bagay materyèl nan panse nou yo. Chak jou, nou ap kalkile kijan pou jwenn yon bagay nan men Mwen. Chak jou, nou konte kantite richès ak kantite bagay materyèl nou te jwenn nan Mwen. Chak jou, n ap tann plis benediksyon toujou pou desann sou nou konsa pou nou kapab jwi, an pi gran kantite ak nan pi gwo nivo, bagay moun ka jwi. Se pa Mwen ki nan panse nou yo tout tan nèt, ni verite ki soti nan Mwen yo, men okontrè se mari oswa madanm nou, pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, ak bagay nou manje ak mete sou nou yo. Nou reflechi sou kijan nou pral genyen pi gwo, pi gran jwisans toujou. Men menm lè nou ranpli lestomak nou pou l eklate, eske se pa kadav nou toujou ye? Menm lè, sou deyò, nou dekore tèt nou ak bèl rad, eske nou pa toujou kadav k ap mache san enèji lavi? Nou travay di pou satisfè lèstomak nou, jistan cheve nou kòmanse gri, men okenn nan nou pa sakrifye yon grenn cheve pou travay Mwen an. Nou ap bouje san rete, n ap akable kò nou epi fatige sèvo nou, pou satisfè pwòp lachè nou, ak pou pitit gason ak pitit fi nou yo—men okenn nan nou pa montre enkyetid ni sousi pou volonte Mwen. Kisa menm nou kontinye espere pou jwenn nan Mwen?
Mwen pa janm prese lè m ap travay. Kelkeswa jan moun yo suiv Mwen, Mwen fè travay Mwen dapre chak etap, dapre plan Mwen an. Donk malgre tout rebelyon nou yo kont Mwen, Mwen toujou ap travay san rete, epi mwen toujou kontinye pale pawòl mwen dwe pale yo. Mwen rele nan kay Mwen an sila yo ke mwen te predestine, pou yo ka vin tande pawòl Mwen yo. Tout sila yo ki soumèt devan pawòl Mwen yo, ki swaf pawòl mwen yo, Mwen mennen yo devan twòn Mwen an; tout sila yo ki vire do bay pawòl Mwen yo, ki pa obeyi Mwen, epi ouvètman kanpe kont Mwen, Mwen plase yo sou yon bò pou rete tann pinisyon final yo. Tout moun ap viv nan mitan kòripsyon epi anba men sila a ki mechan an, epi konsa se pa anpil nan sila yo k ap suiv Mwen yo ki ap chèche verite a. Sa ki vle di, pifò pa adore Mwen sensèman; yo pa adore Mwen avèk verite a, men yo eseye pou genyen konfyans mwen atravè kòripsyon ak rebelyon, pa mwayen twonpri. Se pou rezon sa Mwen di: Anpil jwenn apèl, men se kèk ki chwazi. Sila yo ki jwenn apèl yo te kòwonpi jouk nan zo epi yo tout ap viv nan menm epòk la—men sila yo ki chwazi yo se yon pòsyon nan yo, se sila yo ki kwè nan epi rekonèt verite a, epi ki pratike verite a. Moun sa yo se yon ti kantite nan tout ansanm nan, epi nan mitan yo mwen pral resevwa plis glwa. Lè nou mezire tèt nou pa rapò ak pawòl sa yo, eske nou konnen si nou nan pami moun chwazi yo? Kisa lafen nou pral sanble?
Jan mwen te di, sila yo ki suiv Mwen yo anpil men sila yo ki vrèman renmen Mwen yo pa anpil. Petèt kèk moun ka di, “Eske mwen t ap peye yon gran pri konsa si mwen pa te renmen ou? Eske mwen t ap suiv Ou rive nan pwen sa si mwen pa t renmen Ou?” Asireman, ou genyen anpil rezon, epi lanmou ou, se sèten, gran anpil, men kisa ki se esans lanmou ou pou Mwen? “Lanmou,” jan yo rele li a, fè referans ak yon emosyon ki pur e san tach, kote ou itilize kè ou pou renmen, pou santi, epi pou bay atansyon. Nan lanmou pa genyen okenn kondisyon, ni baryè, ni okenn distans. Nan lanmou pa genyen sispèk ditou, ni twonpri, ni okenn mètdam. Nan lanmou pa genyen okenn machandaj ak anyen enpu. Si ou renmen, lè sa ou pa p twonpe, plenyen, trayi, fè rebèl, fè egzijans ni chèche pou genyen yon bagay oswa genyen yon sètèn kantite. Si ou renmen, lè sa ou pral dedye tèt ou ak kè kontan, ou pral soufri difikilte ak kè kontan, ou pral vin ann akò avèk Mwen, ou pral abandone fanmi ou, avni ou, jenès ou, ak maryaj ou. Sinon, lanmou ou la pa t ap lanmou ditou, men twonpri ak trayizon! Ki kalite lanmou pa w la ye? Eske se yon vrè lanmou? Oswa fo? Ki kantite ou te abandone? Ki kantite ou te ofri? Ki kantite lanmou mwen te resevwa de ou? Eske ou konnen? Kè nou ranpli ak mechanste, trayizon, ak twonpri—epi si se konsa, ki kantite nan lanmou nou ki enpu? Nou panse nou deja abandone ase pou Mwen; nou panse lanmou nou pou Mwen deja ase. Men apre sa poukisa pawòl ak aksyon nou yo toujou se rebelyon ak twonpri? N ap suiv Mwen, men nou pa rekonèt pawòl Mwen an. Eske sa konsidere kòm lanmou? Nap suiv Mwen, men apresa mete Mwen sou kote. Eske sa konsidere kòm lanmou? N ap suiv Mwen, men nou pa fè Mwen konfyans. Eske sa konsidere kòm lanmou? N ap suiv Mwen, men nou pa ka aksepte egzistans Mwen. Eske sa konsidere kòm lanmou? N ap suiv Mwen, men nou pa trete Mwen yon jan ki konfòm ak moun Mwen ye a, epi nou rann bagay yo difisil pou Mwen tout jan m vire l. Eske sa konsidere kòm lanmou? N ap suiv Mwen, men nou eseye ridikilize ak twonpe Mwen nan tout bagay. Eske sa konsidere kòm lanmou? N ap sèvi Mwen, men nou pa gen krentif pou Mwen. Eske sa konsidere kòm lanmou? Nou nan opozisyon kont Mwen nan tout domèn ak tout bagay. Eske tout sa konsidere kòm lanmou? Nou konsakre anpil, se vre, men nou pa janm pratike sa Mwen mande nou an. Eske sa ka konsidere kòm lanmou? Lè ou byen reflechi ou konprann pa genyen menm yon tikras lanmou pou Mwen anndan nou. Apre tout bann ane travay sa yo ak tout pakèt pawòl Mwen te founi yo, ki kantite nou kenbe an reyalite? Eske sa pa merite yon koudèy atantif sou sa ki pase deja? M ap avèti nou: Sila yo Mwen rele pou Mwen yo se pa sila yo ki pa te janm kòwonpi yo: men pito, sila yo mwen te chwazi yo se sila yo ki renmen Mwen tout bon. Se pou sa, nou dwe rete vijilan nan pawòl ak aksyon nou yo, epi egzaminen entansyon ak panse nou yo yon fason pou yo pa depase limit la. Nan moman dènye jou sa yo, fè tout sa nou kapab pou nou ofri lanmou nou nèt devan Mwen, si se pa sa kòlè Mwen pa p janm ekate de nou!