Okenn Moun ki Fèt Avèk Lachè ak San pa Kapab Chape Jou Kolè a
Jodi a, Mwen egzòte nou konsa pou nou ka genyen avantaj pou nou chape, dekwa pou travay Mwen kapab pwogrese san tèt chaje, e pou travay Mwen kòmanse nan linivè antye a kapab akonpli nan yon fason ki pi diy e pi pafè, se sa ki va revele pawòl, otorite, grandè, ak jijman Mwen devan popilasyon tout peyi ak tout nasyon. Travay ke Mwen fè pami nou se kòmansman travay Mwen nan tout linivè. Malgre kounye a nou gentan nan tan dènye jou yo, konnen ke “dènye jou yo” se sèlman yon fason yo rele yon peryòd; menm jan ak Peryòd Lalwa e Peryòd Lagras, sa vle di yon peryòd, e sa eksplike yon peryòd antye olye de dènye ane yo oswa mwa yo. Poutan dènye jou yo pap menm bagay ditou avèk Peryòd Lagras la ak Peryòd Lalwa a. Se pa nan peyi Izrayèl ke travay dènye jou yo va akonpli non, men se pami Lòt Nasyon yo; travay la se laviktwa ke Mwen pote avèk tout nasyon ak tout ras moun ki pa soti anndan peyi Izrayèl, ki va kanpe devan twòn Mwen, dekwa pou glwa Mwen nan tou linivè kapab ranpli lemonn antye ak syèl la. Konsa Mwen va resevwa pi gran glwa, pou tout kreyati sou latè kapab pase laglwa Mwen bay tout nasyon, pou tout tan nan jenerasyon k ap vini yo, e tout kreyati nan syèl la ak sou latè va wè tout glwa ke Mwen resevwa sou latè. Travay ki va akonpli pandan dènye jou yo se travay konkèt la. Se pap yon gid pou lavi tout pèp sou latè, men se va akonplisman yon lavi milenè ki san fen, ki plen ak touman pou lèzòm sou latè. An konsekans, travay nan dènye jou yo se pa tankou travay milenè nan peyi Izrayèl la, ni li p ap tankou travay ki te fèt an Jide a pandan de (2) milenè jiska dezyèm enkanasyon Bondye a. Moun nan dènye jou yo te sèlman resevwa reaparisyon Redanmtè a an pèsòn, e yo resevwa zèv ak pawòl pèsonèl Bondye. Sa p ap pran de mil (2000) ane pou dènye jou yo akonpli; yo va pase byen vit, tankou lè Jezi te akonpli travay nan peryòd Lagras la nan Jide. Se paske dènye jou yo se akonplisman tout peryòd la an antye. Yo se akonplisman ak finisman si mil (6000) ane a, e yo akonpli pelerinaj lavi touman lèzòm. Yo pa transpòte lèzòm antye nan yon nouvo peyòd, ni yo pa penmèt lavi lèzòm kontinye; sa pa t ap gen okenn valè pou plan jesyon Mwen an oswa pou legzistans lèzòm. Si lèzòm te kontinye konsa, dyab la t ap fin devore yo tout nèt, e tout nanm sa yo ki pou Mwen yo t ap fin peri nan men li nèt. Travay Mwen va dire sèlman sis mil (6000) ane, e Mwen te pwomèt nou ke kontwòl dyab la genyen sou tout lèzòm p ap dire plis pase sis mil (6000) ane. Donk, kounye a tan an fin pase. Mwen pa p ni kontinye ni M p ap mize ankò: Pandan dènye jou yo M ap kraze Satan anba pye M, Map reprann tout glwa Mwen, e M ap reklame tout nanm ki pou Mwen yo sou tè sa dekwa pou nanm sa yo ki aflije kapab chape nan lanmè soufrans lan, e se konsa tout zèv Mwen sou latè va fin akonpli. Apati de jou sa a, Mwen pa p janm vin tounen moun sou latè ankò, e Lespri tou puisan Mwen pa p janm travay sou latè nonplis. Se yon sèl bagay M’ap fè sou latè: M ap refè lèzòm, lòm va yon popilasyon ki sen e se li menm ki va vil sen Mwen sou tè a. Men konnen sa byen, Mwen p ap detwi lemonn antye, ni Mwen p ap detwi tout moun. M ap kenbe rès tyè ki rete a—tyè ki renmen Mwen e ke Mwen te vin posede yo, e M ap fè tyè sa fètil e yo va miltipliye sou tè a menm jan Izrayelit te fè anba lalwa a, M ap nouri yo avèk yon pakèt mouton e bèt vivan, epi avèk tout richès sou tè a. Popilasyon lèzòm sa a va rete avèk Mwen pou tout tan, men se p ap menm lòm jodi a ki sal anpil la non, se va yon rasanbleman tout lèzòm ke Mwen te rachte. Lòm konsa p ap gen defo, yo p ap twouble, ni Satan p ap ka atake yo, e se yo menm sèl ki va egziste sou latè apre ke Mwen fin triyonfe sou Satan. Se va moun ke Mwen te konkeri jodi a, e ki resevwa pwomès Mwen. Donk moun ke Mwen te konkeri pandan dènye jou yo se menm moun sa yo ki va chape e ki va resevwa benediksyon Mwen ki va dire pou tout tan. Se sa sèlman ki va prèv triyonf Mwen sou Satan, e sèl pwofi Mwen nan batay Mwen avèk Satan. Mwente sere pwofi lagè sa yo pou yo pat tonbe nan domèn Satan, e yo se sèl kristalizasyon ak fwi plan sis mil (6000) ane ke M ap jere a. Yo soti nan tout nasyon ak dominasyon, nan tout kote ak tout peyi nan linivè antye. Yo pa soti nan menm ras, yo pale diferan lang, yo pa gen menm tradisyon, yo pa gen menm koulè po, e yo epapiye nan tout nasyon ak denominasyon sou latè, e nan tout kwen lemonn. Finalman yo va rasanble pou fòme lèzòm konplè, yon rasanbleman lèzòm ke fòs Satan pa ka branle. Sa yo ki pa t sove e ke Mwen pa t konkeri va koule an silans nan fon lanmè, e dife Mwen va devore yo pou tout tan. M ap detwi vye limanite kowonpi sa a, menm jan ke Mwen te detwi premye pitit gason ak bèt vivan nan Lejip, e Mwen te kite sèlman Izrayelit yo ki te manje vyann mouton, ki te bwè san mouton, e ki te make lento pòt yo avèk san mouton yo. Èske moun ke Mwen te konkeri yo, e ki soti nan fanmi Mwen, èske yo pa menm moun ki manje vyann mouton ki se Mwen menm, e ki bwè san mouton ki se Mwen Menm, e ke Mwen te rachte e ki ap adore Mwen? Èske laglwa Mwen pa toujou akonpanye moun sa yo? Èske sa yo ki pa gen vyann mouton ki se Mwen menm nan pa t deja koule an silans nan fon lanmè a? Jodi a nou kanpe kont Mwen, e jodi a pawòl Mwen yo se tankou pawòl ke Jewova te pale ak pitit gason e pitit pitit gason Izrayèl yo. Poutan rebelyon ki nan fon kè nou an ogmante kòlè Mwen, sa vin pote plis soufrans sou kò nou, plis jijman sou peche nou, e plis kòlè sou lenjistis nou. Ki moun ki ta kapab chape nan jou kòlè Mwen, lè nou trete M konsa jodi a? Lenjistis ki moun ki ta kapab chape zye chatiman Mwen yo? Peche ki moun ki ta ka chape men Mwen, Tou Pisan an? Dezobeyisans ki moun ki ta ka chape jijman Mwen menm, Tou Pisa an? Mwen menm, Jewova, M ap pale konsa avè nou, desandan fanmi moun lòt nasyon yo, e pawòl ke M ap di nou la sipase tout deklarasyon Peryòd Lalwa ak Peryòd Lagras la, Poutan nou pi rebèl pase tout moun peyi Lejip yo. Eske nou pa mete kòlè Mwen nan rezèv pandan ke M ap fè travay Mwen nan trankilite? Kouman nou te ka chape jou Mwen menm nan, Tou Pisa an, san pyès domaj?
Mwen te travay e pale konsa pami nou, Mwen itilize anpil enèji ak efò, men depi ki lè nou te janm koute sa Mwen di nou klèman? Ki kote nou te janm koube devan M, Tou Pisan an? Poukisa nou trete M konsa? Poukisa tout bagay nou di epi fè provoke kòlè Mwen plis? Poukisa kè nou di konsa? Èske Mwen te janm frape nou? Poukisa tout sa nou fè se ban M sousi ak chagren? Èske n ap tann jou kòlè Mwen, Jewova, pou desann sou nou? Èske n ap tann pou M deklannche kòlè Mwen sou nou akoz dezobeyisans nou? Èske tout sa Mwen fè se pa pou nou? Poutan nou toujou trete Mwen, Jewova, konsa: nou vòlè sakrifis Mwen yo, nou pran ofrann ki sou lotèl lakay Mwen pou pote yo nan kav lou pou nouri pitit lou ak pitit pitit lou yo; moun ap goumen youn ak lòt, youn ap atake lòt avèk move rega ak epe, ak lans, nou voye pawòl Mwen menm, Jewova, jete nan latrin pou pawòl sa yo vin sal men jan ak dechè moun. Kote entegrite nou? Pèsonalite nou antan ke moun vin sovaj! Gen lontan depi kè nou tounen wòch. Èske nou pa konnen ke lè jou kòlè Mwen an rive se lè sa a Mwen va jije mechanste ke nou komèt kont Mwen menm, Tou Pisan an, jodi a? Èske nou panse ke lè nou twonpe M konsa, lè nou jete pawòl Mwen nan labou e nou pa koute yo—èske nou panse ke lè nou aji konsa dèyè do Mwen nou kapab chape rega kòlè Mwen? Èske nou pa konnen ke zye Mwen menm, Jewova, gentan wè nou, lè nou te vòlè sakrifis Mwen yo e konvwate sa ke Mwen posede? Èske nou pa konnen ke lè nou te vòlè sakrifis Mwen yo, nou te fè sa devan lotèl kote yo ofri sakrifis yo? Kouman pou n ta kwè ke nou entelijan ase pou nou ka twonpe M konsa? Kouman pou M ta kenbe kòlè M lwen peche ensipòtab nou yo? Kouman pou raj kòlè Mwen ta fè inyore aksyon mechan nou yo? Mechanste ke nou komèt jodi a pa ba nou okenn chans pou nou chape, men li sere chatiman pou avni nou; li lakoz chatiman Mwen, Tou Pisan an, pou nou. Kouman move zak nou you ak move pawòl nou yo ta ka chape chatiman Mwen? Kouman pou lapriyè nou ta fè rive nan zòrèy Mwen? Kouman pou M ta ka ba nou yon fason pou n chape lenjistis nou? Kouman pou M ta abandone aksyon mechan nou yo lè nou te rebele kont Mwen? Kouman pou Mwen pa ta koupe lang nou ki anpwazonnen menm jan ak lang sèpan? Nou pa chache Mwen pou avantaj lajistis nou, men nou fè sa pou anpile kolè Mwen akoz enjistis nou. Kijan pou M ta ka padone nou? Nan zye mwen, Tou Pisan an, pawòl nou ak aksyon nou yo sal. Zye Mwen, Tou Pisan an, wè lenjistis nou kòm chatiman ki p ap fini. Kouman pou bon chatiman ak jijman Mwen ta ale lwen nou? Paske nou fè M sa, nou ban M chagren e nou fè M fache, kouman pou M ta kite nou chape anba men Mwen, e kite nou chape jou ke Mwen, Jewova, te pini e modi nou an? Èske nou pa konnen ke tout move pawòl ak deklarasyon nou yo gentan rive nan zòrèy Mwen? Èske nou pa konnen ke lenjistis nou gentan souye ròb sakre ladwati Mwen an? Èske nou pa konnen ke dezobeyisans nou gentan deklannche kòlè efreyan Mwen an? Èske nou pa konnen ke depi lontan nou kite Mwen ap bouyi ak kòlè, e pasyans Mwen gentan bout? Èske nou pa konnen ke nou gentan domaje kò Mwen, e kounye a li tankou vye tòchon chire? Mwen andire twòp, Mwen pa ka kenbe ankò, se pousa Mwen relache kòlè Mwen, Mwen p ap tolere nou ankò. Èske nou pa konnen ke move aksyon nou gentan rive jouk nan zye Mwen, e rèl Mwen yo gentan rive jouk kot Papa Mwen? Kouman pou Li ta kite nou trete M konsa? Èske okenn nan travay ke M ap fè nan nou yo, se pa pou benefis nou yo ye? Tandiske kiyès pami nou ki vin gen plis lanmou pou travay Mwen, Jewova? Èske Mwen ta enfidèl a volonte Papa Mwen paske Mwen fèb, e a koz de yon soufrans Mwen te andire? Èske nou pa konprann kè Mwen? M ap pale ak nou menm jan Jewova te fè l la; èske Mwen p at abandone anpil bagay pou nou? Malgre Mwen prè pou sipòte tout soufrans sa yo pou avantaj travay Papa Mwen, kouman pou nou ta chape chatiman ke M mete sou nou akoz de soufrans Mwen?Èske nou pa pwofite de anpil bagay nan Mwen? Jodi a Papa Mwen ofri Mwen ba nou; èske nou pa konnen ke nou benefisye plis pase pawòl ki plen ak benediksyon Mwen yo? Èske nou pa konnen ke lavi pa M te boukante pou lavi nou ansanm ak tout bagay ke nou apresye? Èske nou pa konnen ke Papa Mwen itilize lavi Mwen pou lite ak Satan, e ke Li te ban nou lavi Mwen, ki vin lakòz nou resevwa san fwa plis, e ki pèmèt nou chape yon bann ak yon pakèt tantasyon? Èske nou pa konnen ke se sèlman akoz de travay Mwen ke nou chape anpil tantasyon ak anpil chatiman dife? Èske nou pa konnen ke se sèlman akoz de Mwen ke Papa Mwen pèmèt nou rejwi jiskounye a? Kouman fè nou rete rebèl ak tèt di jodi a, se kòmsi po kè nou vin rèd Kouman mechanste ke nou komèt jodi a ta ka chape jou kòlè ki va vini lè M kite tè a? Kouman Mwen ta penmèt sa yo ki gen kou rèd ak tèt di chape kòlè Jewova?
Panse byen a tan lontan: Kilè Mwen te gade nou mal, M te pale mal ak nou? Kilè Mwen te nan chire pit ak nou? Kilè Mwen te repwoche nou san rezon? Kilè Mwen te repwoche nou nan figi nou? Èske se pa pou benefis travay Mwen ke Mwen priye Papa M pou pa kite nou tonbe nan tout tantasyon? Poukisa nou trete M konsa? Èske Mwen te janm itilize otorite Mwen pou M frape kò nou? Poukisa se konsa nou rekonpanse Mwen? Aprè nou fin aji cho frèt avèk Mwen, nou pa ni cho ni frèt, e kounye a n ap eseye flate t Mwen, n ap kache M bagay yo, epi bouch nou plen ak krache lenjistis. Èske nou panse ke lang nou yo kapab twonpe Lespri Mwen? Èske nou panse ke lang nou yo kapab chape kòlè Mwen? Èske nou panse ke lang nou kapab pase jijman, jan yo vle, sou zèv Mwen, Jewova? Èske Mwen se Bondye ke lòm ka jije? Èske Mwen ta pèmèt yon ti vètè blasfème Mwen konsa? Kouman pou M ta plase piti gason dezobeyisans sa yo pami benediksyon Mwen yo ki pa janm fini an? Pawòl nou ak aksyon nou te parèt aklè lontan e yo kondane nou. Lè Mwen t ap detire syèl la pou kreye tout bagay, Mwen pa t penmèt okenn kreyati patisipe jan yo vle, ni Mwen pa t penmèt anyen deranje travay Mwen jan li vle, e Mwen pa t kite anyen deranje fason Mwen te jere bagay yo, fason li vle. Mwen pa t tolere ni lòm ni anyen; kouman pou M ta epanye moun ki mechan e sovaj avè M? Kouman pou M ta padone sa yo ki rebèl kont pawòl Mwen? Kouman pou M ta epanye sa yo ki dezobeyi Mwen? Èske destine lòm se pa nan men M li ye, Tou Pisan an? Kouman pou M ta konsidere dezobeyisans nou ak lenjistis nou kòm si yo te dwat? Kouman peche nou fè souye sentete Mwen? Salte moun ki pa dwat la pa ka souye Mwen, ni tou, Mwen pa renmen ofrann moun ki pa dwat la. Si ou te fidèl avè Mwen menm, Jewova, èske ou ta pran sakrifis ki sou lotèl Mwen yo pou ou?Èske ou ta itilize lang anpwazonnen w lan pou blasfème non sen Mwen an? Èske ou ta rebele kont pawòl Mwen konsa? Èske ou ta itilize glwa ak non sen Mwen kòm yon zouti pou sèvi Satan, mechan an? Lavi Mwen se pou jwisans moun ki sen yo. Kouman pou M ta kite w jwe ak lavi Mwen jan ou vle, e itilize li kòm yon zouti pou leve kerèl pami nou? Kijan nou fè san kè konsa, san okenn sans sou sa ki bon, nan fason n ap aji avèk Mwen? Èske nou pa konnen ke Mwen gentan ekri mechanste nou yo nan pawòl lavi sa yo? Kijan pou nou ta chape jou kòlè a lè M ap pini Lejip? Kouman Mwen ta penmèt nou rejte ak rebele kont Mwen konsa, chak fwa se menm bagay la? M ap di nou sa, nan yon fason nou ka konprann, lè jou an vini, chatiman Lejip va parèt pi dous pase chatiman nou! M ap di nou anverite: Pèseverans Mwen te tou pare pou zak mechanste nou yo, e se pou chatiman nou jou sa a ke pèseverans mwen va rete djanm. Èske se pa nou menm ki pral soufri jijman kòlè Mwen lè pasyans Mwen fini? Èske tout bagay se pa nan men Mwen, Tou Pisan an, ke yo ye? Kijan pou M ta penmèt nou dezobeyi Mwen konsa, anba syèl yo? Lavi nou pral mizerab anpil paske nou te rankontre Mesi a, ke yo te pwofetize ki va vini, men ki pa t janm vini an. Èske se pa lènmi Li nou ye? Jezi te fè zanmi avèk nou, men nou se lènmi Mesi a. Èske nou pa konnen ke malgre nou zanmi avèk Jezi, zak mechanste nou ranpli veso moun ki detestab yo? Malgre nou pwòch ak Jewova, èske nou pa konnen ke pawòl mechanste nou yo rive jouk nan zòrèy Jewova e yo deklannche kòlè Li? Kòman pou Li ta zanmi avèk ou, epi pou Li pa ta boule veso ou yo, ki plen avèk zak mechanste? Kouman pou Li pa ta fè lenmi avèk ou?