Sovè a Gentan Retounen Sou Yon “Nyaj Blan”

Pandan plizyè milenè, lòm te swete pou li anmezi assiste lè Sovè a ap vini. Lòm te anvi wè Jezi Sovè a monte sou yon nwaj blan pandan l ap desann, an pèsòn, nan mitan sila yo k ap soupire ak espere Li pandan plizyè milye ane. Lòm te swete tou ke Sovè a retounen e reyini avèk yo; sa vle di, swete ke Jezi Sovè a, ki te separe ak lòm pandan plizyè milye ane, retounen, e, yon fwa ankò, akonpli travay redanmsyon Li te fè nan mitan Jwif yo, pou Li gen konpasyon ak renmen lòm, pou Li padone peche lòm epote peche lòm e menm sipòte tout transgresyon lòm, e delivre lòm anba peche. Sa lòm swete, se pou Jezi Sovè a menm jan Li te ye anvan—yon Sovè ki gen renmen, bonte, ak respè, ki pa janm fache sou lòm, e ki pa janm fè lòm repwòch, men ki padone e pran tout peche lòm, e k ap mouri menm, tankou anvan, sou lakwa pou lòm. Depi Jezi ale a, disip yo ki te swiv Li, menm jan ak tout sen ki te sove nan non Li, yo swaf Li anpil eap tann Li. Tout moun gras Jezi Kris te sove pandan epòk Lagras la yo t ap tann ak enpasyans jou rejwisans sa a nan fen tan an lè Jezi Sovè a desann sou yon nwaj blan pou parèt devan tout moun. Natirèlman, sa a tou se dezi kolektif tout moun ki aksepte non Jezi Sovè a jodi a. Chak moun nan linivè ki konnen delivrans Jezi Sovè a yo swaf ak enpasyans pou Jezikri rive sanzatann pou akonpli sa Jezi te di sou latè: “M ap rive menm jan mwen te ale a.” Lòm kwè ke, apre krisifiksyon ak rezireksyon an, Jezi retounen nan syèl sou yon nwaj blan pou Li pran plas Li a dwat Sila ki anwo nèt la. Menm jan an, Jezi dwe desann ankò sou yon nwaj blan (nwaj sa fe referans a nwaj Jezi te monte sou li lè Li te retounen nan syèl la), nan mitan sila yo ki swaf Li ak enpasyans pandan plizyè milye ane, e Li pral pran pòtre e mete rad Jwif yo. Apre li fin parèt pou lòm, Li pral ba yo manje, e fè dlo vivan jayi pou yo, e Li pral viv nan mitan lòm, plen ak gras ak renmen, vivan e reyèl. Tout nosyon sa yo se sa moun kwè. Men, Jezi Sovè a pa t fè sa; Li te fè kontrè ak sa moun te panse. Li pa t rive nan mitan moun ki te swaf retou Li, e Li pa t parèt pou tout moun pandan Li te monte sou nwaj blan an. Li gentan rive, men Lòm pa konnen Li, e yo rete inyoran de Li. Lòm sèlman ap tann Li pou granmesi, san konnen ke Li te gentan desann sou yon “nwaj blan” (nwaj la ki se Lespri Li, pawòl Li, tout dispozisyon Li ak tout sa Li ye), e kounye a Li nan mitan yon gwoup venkè ke Li pral fè pandan dènye jou yo. Lòm pa konnen sa: Malgre tout afeksyon ak lanmou Sen Sovè Jezi genyen pou lòm, ki jan Li ka travay nan “tanp” sa yo ki abite pa salte ak move lespri? Menm si lòm ap tann Li rive, ki jan Li ta ka parèt pou sila yo k ap manje kò moun ki enjis, bwè san moun ki enjis, e mete rad moun ki enjis ki kwè nan Li men pa konnen Li, e ki toujou ap pran-L daso? Lòm konnen sèlman ke Jezi Sovè a plen panmou ak konpasyon kap debòde, e ke Li se ofrann peche a, chaje ak delivrans. Sepandan, lòm pa gen okenn lide ke Li se Bondye Li menm, ki plen jis nan bouch ak jistis, majeste, kòlè, ak jijman, gen otorite, e plen ak diyite. Se poutèt sa, menm si lòm swaf anpil e anvi ak tout fòs retouRedanmtè a, e menm si lapriyè yo deplase Syèl la, Jezi Sovè a pa parèt pou moun ki kwè nan Li, men ki pa konnen Li.

“Jewova” se non mwen pran pandan travay Mwen an Izrayèl, e sa vle di Bondye pèp Izrayèl la (pèp Bondye chwazi a) ki ka gen pitye pou lòm, madichonnen lòm, e gide lavi lòm; Bondye ki posede gwo pouvwa e ki plen ak sajès. “Jezi” se Emanyèl, ki vle di ofrann peche ki chaje ak lanmou, plen konpasyon e ki rachte lòm. Li te fè travay Epòk Lagras la, e Li reprezante Epòk Lagras la, e ka sèlman reprezante yon pati nan travay plan jesyon an. Sa vle di, se sèl Jewova ki se Bondye pèp chwazi Izrayèl la, Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb, Bondye Moyiz, ak Bondye tout pèp Izrayèl la. Se konsa, nan epòk kounyea, tout Izrayelit yo, sof pèp Jwif la, ap adore Jewova. Yo fè sakrifis pou Li sou lotèl e sèvi Li nan tanp lan nan mete rad prèt’. Sa yo espere se pou Jewova reparèt. Sèl Jezi se Redanmtè limanite, e Li se ofrann peche ki rachte limanite anba peche. Sa ki vle di, non Jezi soti nan Epòk Lagras e vi-n egziste akòz zèv delivrans la nan epòk Lagras. Non Jezi vi-n egziste pou pèmèt moun ki nan Epòk Lagras yo refèt ankò ak sove, e se yon non patikilye pou delivrans limanite tout entye. Konsa, non Jezi reprezante travay redanmsyon an, e li deziyen epòk Lagras la. Non Jewova se yon non espesyal pou pèp Izrayèl ki t ap viv anba lalwa. Nan chak epòk ak chak etap nan travay, Non mwen pa san orijin, men genyen siyifikasyon ki reprezante kèk bagay: Chak non reprezante yon epòk. “Jewova” reprezante epòk Lalwa, e se non onorifik Bondye pèp Izrayèl la ap adore a. “Jezi” reprezante epòk Lagras la, ese non Bondye tout moun ki te rachte pandan epòk Lagras la. Si lòm toujou anvi swete pou Jezi Sovè a vini pandan dènye jou yo, e toujou espere Li vini ak pòtre Li te genyen nan peyi Jide, lè sa a tout plan jesyon sis mil ane an t ap sispann nan epòk Redanmsyon an, e pa t ap kapab pwogrese pi lwen. Dènye jou yo, met sou sa, pa t ap janm rive, e epòk la pa t ap janm fini. Se paske Jezi Sovè se sèlman pou redanmsyon ak delivrans limanite. Mwen pran non Jezi sèlman pou sove tout pechè nan tan Lagras yo, men se pa ak non sa a mwen pral mete fen a tout limanite. Byenke Jewova, Jezi, ak Mesi a tout reprezante Lespri Mwen, non sa yo endike sèlman diferan epòk nan plan jesyon Mwen an, epa reprezante Mwen nan tout Mwen menm. Non moun ki sou latè rele Mwen pa ka eksprime tout dispozisyon Mwen ak tout sa mwen ye. Yo se sèlman non diferan ke yo sèvi pou rele Mwen nan diferan epòk. Se konsa, lè epòk final la—epòk dènye jou yo—rive, non Mwen pral chanje ankò. Yo pa ta dwe rele Mwen Jewova, ni Jezi, mwens ankò Mesi a—yo dwe rele Mwen Bondye Toupisan an Li Menm, esou non sa a mwen pral mete fen a tout epòk la. Yo te rele mwen yon fwa Jewova. Yo te rele-M tou Mesi a, e moun yo te rele Mwen yon fwa Jezi Sovè a ak renmen epi respè. Jodi a, sepandan, mwen pa Jewova oswa Jezi ankò ke moun yo te konnen nan tan lontan an; Mwen se Bondye ki retounen nan dènye jou yo, Bondye ki pral mete fen nan epòk la. Mwen se Bondye Limenm ki leve depi nan bout tè a, ranpli ak tout dispozisyon Mwen, ak plen otorite, onè, ak glwa. Moun yo pa janm angaje avè Mwen, pa janm konnen Mwen, epi yo toujou inyore tanperaman Mwen. Depi kreyasyon mond lan jouk jounen jodi a, pa gen yon sèl moun ki wè Mwen. se Bondye ki parèt pou lòm nan dènye jou yo, men Ki kache pami lòm. Li abite pami lòm, vrè ak reyèl, tankou solèy la k ap boule ak flanm dife tou limen, ranpli avèk pouvwa ak otorite k ap debòde. Pa gen yon sèl moun oswa bagay ki pa p jije ak pawòl Mwen, e pa yon sèl moun oswa bagay ki pa dwe pirifye nan boule nan dife. Evantyèlman tout nasyon yo pral beni akoz pawòl Mwen yo, ekraze tou an miyèt moso akoz pawòl mwen yo. Nan fason sa a, tout moun pandan dènye jou yo pral wè ke mwen se Sovè a ki retounen, e mwen se Bondye Toupisan k ap konkeri tout limanite. Etout moun va wè ke yon fwa Mwen te ofrann peche pou lòm, men ke pandan dènye jou yo Mwen vi-n tounen tou flanm dife solèy la ki boule tout bagay, ansanm ak Solèy jistis ki revele tout bagay. se travay Mwen nan dènye jou yo. Mwen pran non sa a e mwen gen dispozisyon sa a pou tout moun wè ke mwen se yon Bondye jis, solèy cho a, flanm dife a, yon fason pou tout moun adore Mwen, sèl vrè Bondye a, e pou yo ka wè vrè figi Mwen: Mwen pa sèlman Bondye Izrayelit yo, e mwen pa sèlman Redanmtè a; Mwen se Bondye tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè ak lanmè yo.

Si Sovè a rive nan dènye jou yo e yo toujou rele Li Jezi, epi yo fèt yon lòt fwa nan peyi Jide e fè travay Li la lè sa a, sa a t ap pwouve ke mwen sèlman kreye pèp Izrayèl la esèlman rachte pèp Izrayèl la, e ke mwen pa gen anyen pou wè ak moun lòt nasyon yo. Èske sa pap an kontradiksyon ak pawòl Mwen yo ke “Mwen se Seyè a ki kreye syèl yo ak tè a ak tout bagay”? Mwen kite Jide e fè travay Mwen nan mitan moun lòt nasyon yo paske Mwen pa sèlman Bondye pèp Izrayèl la, men Bondye tout kreyati. Mwen parèt nan mitan moun lòt nasyon yo nan dènye jou yo paske Mwen pa sèlman Jewova, Bondye pèp Izrayèl la, men, plis ankò, paske Mwen se Kreyatè tout moun mwen chwazi nan mitan lòt nasyon yo. Mwen pa sèlman kreye pèp Izrayèl la, peyi Lejip, ak Liban, men tout lòt nasyon yo anplis pèp Izrayèl. Se poutèt sa, Mwen se Seyè tout kreyati. Mwen sèlman itilize pèp Izrayèl kòm pwen depa travay Mwen, sèvi ak Jide ak Galile kòm fòtrès travay redanmsyon Mwen, e kounye a, mwen itilize lòt nasyon yo kòm baz ki pral sèvi pou mwen mete fin a epòk la entyèman. Mwen fè de etap travay nan Izrayèl (de etap travay sa yo ki se epòk Lalwa ak epòk Lagras), e mwen reyalize de lòt etap travay (epòk Lagras ak epòk Wayòm) nan tout peyi deyò Izrayèl. Pami pèp lòt nasyon yo, mwen pral fè travay konkèt la, e konsa fini ak epòk la. Si lòm toujou rele Mwen Jezi Kris, men li pa konnen ke mwen kòmanse yon nouvo tan pandan dènye jou yo eMwen angaje nan nouvo travay, e si lòm kontinye fè tèt di nan tann Jezi Sovè a rive, Lè sa a, M ap rele moun yo tankou sila yo ki pa kwè nan Mwen; yo se moun ki pa konnen Mwen, ekwayans yo nan Mwen fo. Èske moun sa yo ka temwen vini Jezi Sovè a ki soti nan syèl? Sa y ap tann se pa vini mwen, men vini Wa Jwif la. Yo p ap tann pou Mwen detwi move mond ansyen sa a, men pito swaf pou Jezi vini yon dezyèm fwa, pou li ka delivre yo. Y ap tann yon fwa ankò pou Jezi rachte tout limanite soti nan tè sal ak enjis sa a. Ki jan moun sa yo ka moun k ap fini travay Mwen pandan dènye jou yo? Dezi lòm pa kapab akonpli volonte Mwen oswa akonpli travay Mwen, paske lòm sèlman admire oswa renmen travay ke mwen te fè anvan, e pa gen okenn lide ke Mwen se Bondye Li menm ki toujou nouvo e pa janm granmoun. Lòm sèlman konnen mwen se Jewova ak Jezi, e li pa gen okenn lide ke Mwen se Dènye Sila k ap mete fen nan limanite. Tout sa lòm dezire ekonnen soti nan pwòp nosyon yo, e se sa sèlman yo ka wè ak pwòp je yo. Sa pa aliyen ak travay M ap fè, men nan dezakò avèk li. Si travay Mwen te fèt dapre lide lòm, lè sa a kilè’ lt ap fini? Kilè limanite t ap antre nan repo? Eki jan Mwen t ap ka antre nan setyèm jou a, jou Saba a? Mwen travay dapre plan Mwen ak selon objektif Mwen—pa selon entansyon lòm.

Avan:  Okenn Moun ki Fèt Avèk Lachè ak San pa Kapab Chape Jou Kolè a

Pwochen:  Travay Simaye Levanjil la se Travay pou sove Lòm li ye tou

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger