Sou eksperyans

Nan tout eksperyans Pyè yo, li te rankontre plizyè santèn eprèv. Malgre moun Jodiya konnen tèm « eprèv » la, yo pa konprann vrè sans li ni sikonstans ki gen rapò avèk li. Bondye modere detèminasyon moun, Li rafine lafwa yo, epi Li rann chak pati nan yo pafè; e se sitou atravè eprèv Bondye fè sa, e eprèv sa yo se travay Lespri Sen an fè an sekrè tou. Se kòmsi Bondye abandone moun, se poutèt sa, si yo pa pran prekosyon, y ap konsidere eprèv sa yo kòm tantasyon Satan. An reyalite, anpil eprèv kapab konsidere kòm tantasyon, e sa se prensip ak règ Bondye suiv nan fason Li travay. Si moun yo vrèman ap viv nan prezans Bondye, y ap konsidere bagay sa yo kòm eprèv ki soti nan Bondye, epi yo pap kite yo glise ale. Si yon moun di paske Bondye avèk li, Satan pap janm pwoche bò kote l, sa pa fin kòrèk. Si se te konsa, ki jan nou ta esplike ke Jezi te fè fas ak tantasyon apre Li te fin jene pandan karant jou nan dezè a? Se poutèt sa, si moun yo byen plase opinyon yo sou kwayans yo nan Bondye, y ap wè anpil bagay pi klè, epi yo pap gen yon konpreyansyon ki defòme. Si yon moun vrèman gen detèminasyon pou Bondye rann li pafè, li dwe konsidere tout bagay li rankontre yo sou plizyè aspè, san li pa panche niagoch ni adwat. Si ou pa gen konesans sou travay Bondye, ou pap konnen kijan pou w kopere avèk Bondye. Si ou pa konnen prensip travay Bondye yo, epi ou pa konnen kijan Satan ap travay sou moun, ou pap gen okenn chemen pou pratike. Menm si ou chèche avèk anpil zèl, sa sèlman pap pèmèt ou rive jwenn rezilta Bondye mande yo. Mòd eksperyans sa a sanble ak fason Lawrence te fè a: li pa t gen okenn disènman ditou, li te sèlman konsantre sou eksperyans, san li pa t konnen ditou kisa travay Satan an ye, kisa travay Lespri Sen an ye, nan ki eta moun ye lè li pa nan prezans Bondye, ni ki kalite moun Bondye vle rann pafè. Li pa gen disènman sou prensip pou adopte lè l ap aji avèk diferan kalite moun, sou fason pou konprann entansyon Bondye genyen nan moman prezan an, sou fason pou konnen dispozisyon Bondye, ni nan direksyon ki moun, nan ki sikonstans, e nan ki epòk mizèrikòd Bondye, majeste Li ak jistis Li ap oryante. Si moun yo pa gen plizyè vizyon kòm baz pou eksperyans yo, yo pap menm kapab pale de lavi, alewè pou eksperyans; yo annik kontinye aksepte epi sipòte tout bagay san konprann. Li difisil pou rann yon moun konsa pafè. Si ou pa gen okenn nan vizyon nou pale de yo pi wo a, sa se yon gwo prèv ou se yon tèt pa klè, ou tankou yon poto sèl ki toujou kanpe ann Izrayèl. Yon moun konsa pa itil, li pa vo anyen! Gen kèk moun ki toujou soumèt tèt yo je fèmen; yo toujou konnen tèt yo, epi lè y ap fè fas ak nouvo bagay, yo toujou sèvi ak pwòp fason pa yo pou aji ak monn nan, oswa yo sèvi ak « sajès » pou regle ti bagay ki pa menm merite pou yo pale de yo. Moun konsa pa gen okenn disènman, epi se kòmsi nan nati yo, genyen tandans kite moun ap maltrete yo; yo toujou rete menm jan an, yo pa janm chanje. Moun konsa se tèt pa klè ki pa menm gen yon ti disènman. Yo pa konnen ki mezi apropriye pou yo pran selon sikonstans yo oswa selon diferan kalite moun. Moun konsa pa gen eksperyans. Mwen wè kèk moun ki rive konnen tèt yo tèlman byen, lè yo wè kote move lespri ap travay nan yon moun, yo toujou bese tèt yo epi yo bay tèt yo tò, san yo pa oze leve kanpe pou kondane yo. E lè yo rankontre travay Lespri Sen an ki evidan, yo pa oze soumèt yo. Yo kwè move lespri yo nan men Bondye tou, epi yo pa gen menm yon ti kouraj pou leve kanpe epi reziste kont yo. Moun konsa fè Bondye wont, epi yo pa kapab pote okenn gwo chay pou Li. Moun ki gen tèt pa klè konsa pa egzèse menm yon ti disènman. Se poutèt sa, yo dwe elimine mòd eksperyans sa a, paske li pa akseptab nan je Bondye.

Bondye vrèman fè anpil travay sou moun; pafwa Li mete yo anba eprèv, pafwa Li kreye sikonstans pou Li ka modere yo, epi pafwa Li gide yo ak pawòl Li epi korije mankman yo. Pafwa, Lespri Sen an mennen moun nan sikonstans Bondye prepare pou yo, epi san yo pa rann yo kont, yo dekouvri anpil bagay yo te manke Atravè sa moun di ak sa yo fè, ansanm ak fason yo konpòte yo ak fason yo jere bagay yo, san yo pa konnen, Lespri Sen an klere je yo sou anpil bagay yo pa t konprann anvan, sa ki pèmèt yo wè anpil bagay ak anpil moun pi klè, epi san yo pa rann yo kont, yo vin konprann anpil bagay yo pa t konnen anvan. Lè ou antre an kontak ak mond lan, gradyèlman ou vin kòmanse gen disènman sou bagay ki nan mond lan, epi anvan ou rive nan fen lavi ou, ou ka rive nan konklizyon sa a: « Vrèman vre, li difisil pou yon moun viv kòm moun. » Si ou pase kèk tan ap fè eksperyans devan Bondye, epi ou rive konprann travay Bondye ak dispozisyon Li, san ou pa rann ou kont, ou pral vin gen anpil konesans, epi nivo espirityèl ou ap grandi gradyèlman. Ou pral wè anpil bagay espirityèl pi klè, epi w ap pi klè anrapò ak travay Bondye an patikilye. Ou pral aksepte pawòl Bondye, travay Bondye, chak aksyon Bondye, dispozisyon Bondye, ansanm ak sa Bondye ye ak sa Li genyen menm jan ak pwòp lavi pa ou. Si tout sa ou fè se mache san direksyon nan monn nan, zèl ou ap vin pi rèd toujou, epi opozisyon ou genyen kont Bondye ap vin pi plis toujou; kijan Bondye ka sèvi avèk ou konsa? Paske gen twòp « selon opinyon pa mwen » nan ou, Bondye pa sèvi avèk ou. Plis ou nan prezans Bondye, se plis eksperyans ou pral genyen. Si ou toujou ap viv nan monn nan tankou yon bèt—bouch ou ap deklare ou kwè nan Bondye, men kè ou yon lòt kote—epi si ou toujou ap etidye filozofi sou fason pou w aji nan mond lan, èske tout efò ou te fè anvan yo pap vin pou granmesi? Se poutèt sa, plis moun nan prezans Bondye, se plis li fasil pou Bondye rann yo pafè. Se chemen sa a Lespri Sen an suiv pou Li fè travay Li. Si ou pa konprann sa, li pap posib pou ou antre nan bon chemen an, epi Bondye pap ka rann ou pafè. Ou pap kapab gen yon lavi espirityèl nòmal; se kòmsi ou andikape, epi w ap gen sèlman pwòp travay di pa ou san travay Bondye. Èske sa pa yon erè nan fason ou fè eksperyans? Ou pa nesesèman nan prezans Bondye jis paske ou priye; pafwa se lè w ap reflechi sou Bondye oswa lè w ap medite sou travay Li, pafwa se lè w ap regle yon bagay, epi pafwa se atravè sa yon evènman revele sou ou, se konsa ou antre nan prezans Bondye. Pifò moun di: « Èske mwen pa nan prezans Bondye, piske mwen priye souvan? » Anpil moun priye san rete « nan prezans Bondye ». Menmsi lapriyè toujou sou bouch yo, yo pa vrèman ap viv nan prezans Bondye. Se sèl fason sa a moun konsa kapab kenbe kondisyon yo nan prezans Bondye; yo pa kapab sèvi ak kè yo pou antre an kontak ak Bondye tout tan, e yo pa kapab nonplis vin devan Bondye atravè eksperyans, kit se lè yo medite, lè yo rete an silans pou yo reflechi, oswa lè yo sèvi ak kè yo pou antre an kontak ak Bondye ki nan kè yo, pandan y ap pran fado Bondye an konsiderasyon. Yo sèlman ofri lapriyè bay Bondye ki nan syèl la ak bouch yo. Pifò moun pa gen Bondye nan kè yo, epi Bondye la sèlman lè yo pwoche bò kote Li; pifò tan, Bondye pa la ditou. Èske sa pa montre lè yon moun pa gen Bondye nan kè li? Si yo te vrèman gen Bondye nan kè yo, èske yo ta ka fè bagay vòlè ak bèt fè? Si yon moun vrèman gen krentif pou Bondye, l ap mete vrè kè li an kontak avèk Bondye, epi pawòl Bondye ap toujou okipe panse ak lide li yo. Li pap fè erè ni nan sa l di ni nan sa l fè, epi li pap fè anyen ki opoze ak Bondye yon fason ki evidan. Se sa ki estanda pou yon moun ki kwè.

Anvan:  Moun ki Rive Jwenn Delivrans se Sila ki Dispoze Pratike Verite a

Apre:  Konsantre Nou Plis sou Reyalite a

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Connect with us on Messenger