Moun ki Rive Jwenn Delivrans se Sila ki Dispoze Pratike Verite a
Necesite pou genyen yon lavi legliz nòmal souvan mansyone nan sèmon yo. Kidonk, poukisa lavi legliz la poko amelyore, e li toujou menm ansyen bagay la? Poukisa pa genyen yon fason pou viv ki totalman nouvo e diferan? Èske sa ta ka nòmal pou yon moun ki fèt nan ane katreven dis yo ap viv tankou yon anperè yon epòk ki pase? Malgre sa moun manje ak bwè kounye a se delis ke moun te raman goute nan epòk ki te pase yo, pa gen okenn gwo chanjman nan lavi legliz la. Se tankou mete ansyen diven nan nouvo boutèy. Alò, a kisa sa a itil ke Bondye di tout bagay sa yo? Nan pifò kote, legliz yo pa chanje ditou. Mwen wè sa ak pwòp je Mwen, e sa klè nan kè Mwen; menm si Mwen pa esperimante lavi legliz la pou tèt Mwen, Mwen konnen kondisyon rasanbleman legliz yo tankou pòch mwen. Yo pa fè anpil pwogrè. Sa fè nou retounen nan pawòl sa a—se tankou mete ansyen diven nan nouvo boutèy. Anyen pa chanje! Lè yon moun ap gide yo, yo cho tankou dife, men lè pa gen pèsonn pou sipòte yo, yo tankou yon blòk glas. Se pa anpil moun ki ka pale de bagay pratik, e se raman anpil yon moun ka pran kontwòl lan. Malgre sèmon yo wo nivo, li ra anpil pou w jwenn nenpot moun reyisi penetre yo. Gen kèk moun sèlman ki bay valè ak pawòl Bondye a. Yo vin gen dlo nan je lè yo pran pawòl Bondye a, yo kontan lè yo mete l sou kote, e yo vin san gou epi san briyans lè yo kite l. Pou m pale aklè, nou tou senpleman pa apresye pawòl Bondye a, epi nou pa janm wè pawòl ki soti nan pwòp Bouch Li jodi a tankou yon trezò. Ou jis vin enkyè lè w ap li pawòl Li, e ou santi w strese lè w ap memorize li, e lè sa rive pou mete pawòl Bondye an pratik, se tankou eseye pran yon moso tofu ak yon grenn cheve chwal—enposib. Ou chaje ak enèji lè w ap li pawòl Bondye, men ou bliye li lè wap pratike li. An reyalite, pa gen okenn bezwen pou pale pawòl sa yo avèk anpil dilijans ak pasyans, men lefèt ke moun jis koute san yo pa mete pawòl Bondye an pratik vin tounen yon obstak pou travay Li. Mwen pa ka pa soulve sa, mwen pa ka pa pale de sa. Mwen santi m oblije fè sa; se pa paske m pran plezi nan ekspoze feblès lòt moun. Èske nou panse pratik nou an plis ou mwens adekwa—ke lè revelasyon yo nan pik yo, patisipasyon nou an tou nan pik li? Èske se tèlman senp konsa? Nou pa janm egzamine fondasyon kote eksperyans nou yo bati finalman! Kounye a, nou vrèman pa ka rele rasanbleman nou yo yon lavi legliz nòmal, ni yo pa reprezante yon lavi espirityèl nòmal ditou. Yo se jis rasanbleman moun ki renmen pale ak chante. Pou pale aklè, pa gen pratikman okenn reyalite ladan li ditou. Pou klarifye plis, si ou pa pratike verite a, ki kote reyalite a ye? Èske se pa vante tèt ou si ou di ou gen reyalite a? Moun ki toujou ap fè travay yo awogan e yo gen anpil lògèy, pandan moun ki toujou obeyi yo rete trankil epi yo pa atire atansyon sou yo, san okenn opòtinite pou fòmasyon. Moun kap fè travay la pa fè anyen lòt ke pale, yap fè gwo diskou san rete, epi disip yo sèlman ap koute. Pa gen okenn transfòmasyon pou pale; Tout sa yo se fason yo te konn fè bagay yo nan tan lontan! Jodi a, lefètke ou kapab soumèt ou epi ou pa oze entèfere oswa aji jan ou vle, se akoz dekrè administratif Bondye yo rive; se pa yon chanjman ou fè atravè eksperyans ou. Lefètke ou pa oze fè kèk bagay ankò ki vyole dekrè administratif Bondye yo jodi a se paske travay pawòl Bondye yo te gen yon efè klè e yo te konkeri moun. Kite M mande yon moun: Ki kantite nan sa ou reyalize jodi a ke ou te genyen ak swè pwòp travay di ou? Ki kantite ladan yo se Bondye ki te di ou yo dirèkteman? Kijan ou tap reponn? Èske ou tap sezi ak bèbè? Poukisa se lòt moun ki kapab pale sou anpil eksperyans pratik pa yo pou ba ou nouriti, alòske ou menm ou annik ap jwi manje lòt moun te prepare? Èske ou pa santi ou wont? Nou ka fè yon ankèt pou chèche konnen reyalite yo lè nou egzamine moun ki pi bon pase nou yo: Ki kantite verite ou konprann? Ki kantite nan yo ou finalman mete an pratik? Kiyès ou renmen plis, Bondye oswa tèt ou? Èske ou bay pi souvan, oswa ou resevwa pi souvan? Konbyen fwa, lè ou te gen move entansyon, ou te rebele kont ansyen pwòp tèt ou epi ou te satisfè entansyon Bondye? Sèlman kèk kesyon sa yo ap fè anpil moun sezi, pa konn sa pou yo di. Paske pifò moun, menm si yo reyalize entansyon yo pa kòrèk, yo toujou fè sa ki mal an konesans de koz, e yo pa menm pre pou rebele kont pwòp chè yo. Pifò moun kite peche gaye san kontwòl andan yo, kite peche dirije chak aksyon yo. Yo pa kapab simonte peche yo, e yo kontinye viv nan peche. Kounye a nou rive nan etap sa a, kiyès ki pa konnen konbyen move bagay yo te fè? Si ou di ou pa konnen, enben ou manti kou chen. Pou M pale klè, se paske ou pa gen volonte pou rebele kont ansyen pwòp tèt ou. Ki itilite pou ou di tout pakèt “pawòl repantans ki soti nan kè w”, men ki pa vo anyen? Èske sa ede ou grandi nan lavi w? Nou ka di ke konnen tèt ou se travay a plen tan ou. Mwen pèfeksyone moun atravè soumisyon yo ak pratik pawòl Bondye yo. Si ou sèlman mete pawòl Bondye yo tankou yon rad sou ou, jis pou bay tèt ou yon bèl aparans epi parèt byen devan moun, èske se pa tèt ou ak lòt moun w ap twonpe? Si tout sa w genyen se pale epi w pa janm mete l an pratik, kisa ou ap rive jwenn?
Anpil moun ka pale tou piti sou pratik epi yo ka pale de enpresyon pèsonèl yo, men majorite sa y ap di a se limyè yo jwenn nan pawòl lòt moun. Pa gen anyen ladan li menm ki soti nan pwòp pratik pèsonèl yo, ni li pa enkli sa yo wè nan eksperyans yo. Mwen te deja dekòtike kesyon sa a; pa panse mwen pa konn anyen. Ou se sèlman yon tig an papye, epoutan ou pale de soumèt Satan? De rann temwayaj viktorye? De viv imaj Bondye a nèt? Tout sa yo se tenten! Èske ou panse tout pawòl Bondye pale jodi yo se pou ou admire sèlman? Bouch ou pale de rebele kont ansyen pwòp tèt ou epi mete verite a an pratik, poutan men ou ap fè lòt zak epi kè ou ap planifye lòt bagay—ki kalite moun nou ye? Poukisa kè ou ak men ou pa dakò youn ak lòt? Gen anpil sèmon ki vin tounen pawòl vid; èske sa pa fè kè w kase? Si ou pa kapab mete pawòl Bondye yo an pratik, sa pwouve ou poko antre nan fason Sentespri a travay, travay Sentespri a poko fèt nan ou, epi ou poko resevwa gidans li. Si ou di ou kapab sèlman konprann pawòl Bondye a men ou pa kapab metel an pratik, lè sa a ou se yon moun ki pa renmen verite a. Bondye pa vin rachte kalite moun sa a. Jezi te soufri yon gwo agoni lè yo te kloure li sou kwa a pou L te ka rachte pechè yo, rachte pòv yo, ak rachte moun ki pi ba yo. Yo te kloure Li sou kwa a kòm yon sakrifis pou peche. Si ou pa ka pratike pawòl Bondye a, ou ta dwe ale pi vit ke ou kapab; pa rete trennen nan kay Bondye a tankou yon pwofitè. Anpil moun menm jwenn li difisil pou yo sispann fè bagay ki klèman opoze ak Bondye. Èske se pa lanmò yap mande? Kòman yo ka ap pale de antre nan wayòm Bondye a? Èske yo tap gen odas pou wè figi Bondye? Ou ap manje manje Bondye ba ou, ou ap fè bagay kòwonpi ki kont Bondye, ou ap aji ak mechanste, riz ak fè konplo, menm lè Bondye pèmèt ou jwi benediksyon li akode ou—èske ou pa santi yo ap boule men ou lè ou resevwa yo? Èske ou pa santi figi ou ap vin wouj? Apre ou fin fè yon bagay kont Bondye, apre ou fin fè konplo pou “pran chemen pa ou e,” èske ou pa santi ou pè? Si ou pa santi anyen, kòman ou ka pale de yon avni? Depi lontan pa t gen avni pou ou, donk ki pi gwo atant ou ka genyen toujou? Si ou di yon bagay san ou pa wont epi ou pa santi okenn remò, epi kè ou pa gen okenn konsyans, èske sa pa vle di Bondye deja abandone ou? Pale ak aji san kontwòl ak san limit vin tounen nati ou; kòman Bondye ka janm rann ou pafè lè w konsa? Èske ou t ap kapab mache toupatou nan mond lan? Ki moun ki tap kite ou konvenk yo? Moun ki konnen vrè nati ou yo tap kenbe distans yo. Èske sa pa pinisyon Bondye? An rezime, si se sèlman pale san pratike, pa gen okenn kwasans. Menm si Sentespri a ap travay sou ou pandan w ap pale, si ou pa pratike, Sentespri a ap sispann travay. Si w kontinye konsa, kijan ou ka pale de lavni oswa de konsakre tout ou menm nan travay Bondye a? Ou ka sèlman pale de ofri tout kòw, poutan ou poko ba li kèw ki vrèman renmen Bondye a. Tout sa Li resevwa nan men ou se entansyon ou pou pale; Li pa resevwa entansyon ou pou pratike verite a. Èske sa se vrè nivo ou? Si ou ta kontinye konsa, kilè Bondye pral rann ou pafè? Èske ou pa enkyete pou avni ou ki sonm ak tris la? Èske ou pa santi Bondye pèdi espwa nan ou? Èske ou pa konnen Bondye vle pèfeksyone plis moun ak moun ki pi nouvo? Èske ansyen bagay yo ka kenbe plas yo? Nou pa peye atansyon ak pawòl Bondye yo jodi a: Èske nap tann demen?