Prepare Ase Bon Zèv pou Destinasyon Ou an

Mwen te fè anpil travay pami nou epi, asireman, mwen te pale anpil pawòl. Poutan, mwen pa ka anpeche m santi ke pawòl mwen yo ak travay mwen pa antyèman akonpli objektif Travay mwen nan dènye jou yo. Paske nan dènye jou yo, travay Mwen pa pou byen kèk moun oswa kèk pèp, men pou demontre dispozisyon ki nan Mwen an. Poutan pou yon pakèt rezon—petèt yon mank tan oswa yon orè travay ki ankonbre—moun yo pa te genyen tout konesans de Mwen akoz karaktè M. Konsa, Mwen angaje M nan nouvo plan Mwen an, travay final Mwen an, epi louvri yon nouvo paj nan travay Mwen an, pou tout moun ki wè Mwen kapab frape pwatrin yo, kriye epi jemi san rete akoz egzistans Mwen. Se paske Mwen pote lafen limanite nan monn sa a, epi apati moman sa a, mwen devwale tout volonte Mwen nèt devan limanite, pou tout moun ki konnen M ak moun ki pa konnen M yo kapab gade ak lajwa epi wè Mwen te vrèman vini monn lòm nan, Mwen te vini sou latè kote tout bagay miltipliye. Sa se plan Mwen epi se sèl “konfesyon” Mwen depi lè Mwen te kreye limanite. Se pou nou bay tout atansyon nou ak chak mouvman Mwen, paske baton mwen an ap apwoche ankò toupre limanite, ak tout moun ki opoze ak Mwen yo.

Ansanm ak syèl yo, Mwen kòmanse travay Mwen dwe fè a. Epi konsa mwen fofile nan mitan pil moun epi deplase ant syèl la ak tè a, san pèsonn pa janm apèsi mouvman Mwen yo oswa remake pawòl Mwen yo. kidonk, plan Mwen an ap kontinye pwogrese san pwoblèm. Se sèlman paske sans nou yo te vin tèlman abime ke nou vin enkonsyan de etap travay Mwen yo. Men asireman gen yon jou k’ap vini lè nou pral reyalize entansyon Mwen yo. Jodia, mwen viv ansanm avèk nou epi mwen soufri ansanm avèk nou, epi depi lè sa a mwen vin konprann atitid limanite genyen anvè Mwen. Mwen pa swete pale plis sou sa, ni blame nou pandan M ap pran plis ekzanp nan sijè sa a ki plen doulè. Mwen espere nou sonje tout bagay nou te fè nan kè nou, pou nou kapab rann kont nan jou n ap rankontre ankò a. Mwen pa vle akize pèsonn nan nou yon fason ki enjis, paske Mwen te toujou aji avèk jistis, ak ekite, epi ak lonè. Asireman, mwen kwè ke nou kapab onèt, epi pa fè anyen ki kont syèl la ak tè a oswa ki kont pwòp konsyans nou. Sa se sèl bagay Mwen mande nou. Anpil moun santi yo ajite epi malalèz paske yo te fè move aksyon ki atwòs, epi anpil nan yo santi yo wont tèt yo paske yo pa te janm fè menm yon sèl bon zèv. Poutan genyen anpil ki lwen pou yo ta santi yo dezonore akòz peche yo, yo vin pi mal, sa k ap rache mask ki kache karaktè orib yo a ki poko konplètman ekspoze—pou teste karaktè Mwen. Mwen pa sousye m, ni Mwen pa prete atansyon ak aksyon pèsonn. Men olye de sa, Mwen fè travay Mwen dwe fè a, keseswa rasanble enfòmasyon, oswa pakouri latè, oswa fè yon bagay ki nan enterè Mwen. Nan moman esansyèl yo, Mwen kontinye travay Mwen pami lèzòm jan sa te planifye deja, san menm yon segonn twò anreta oswa twò alavans, alafwa avèk fasilite e rapidite. Sepandan, nan chak etap nan travay Mwen, mwen mete kèk moun akote, paske Mwen rayi fason yo flatè a ak soumisyon koken yo a. Sila yo ki deteste M yo, Mwen pral abandone yo sètènman, kit se entansyonèlman oubyen san fè espère. An brèf, Mwen ta renmen tout moun Mwen rayi yo pou yo rete lwen M’. Li pa itil pou M’ di, Mwen p’ap epanye mechan yo ki rete nan kay Mwen an. Paske jou chatiman lòm nan pre, Mwen pa prese pou M’ chase tout nanm ki meprizab yo nan kay Mwen an, paske Mwen genyen pwòp plan Mwen.

Kounyeya se moman pou Mwen detèmine lafen pou chak moun, se pa etap kote Mwen te kòmanse travay nan lòm nan. Mwen ekri nan Liv rejis Mwen, youn pa youn, pawòl ak aksyon chak moun, chemen yo te pran pou swiv Mwen, pwòp karaktesrisk ki nan yo, ak fason yo te finalman konpòte tèt yo. Nan fason sa a, kèlkeswa moun yo ye a, pèsonn p ap chape anba men M’, epi yo tout pral avèk pwòp espès yo, jan Mwen te ba yo li a. Mwen deside destinasyon chak moun, pa selon laj, ansyènte, kantite soufrans, ankò mwens selon nivo yo aksepte pitye, men selon si yo posede laverite a oswa yo pa posede l’. Pa genyen okenn lòt chwa ankò apa de sa. Ou dwe reyalize ke tout sila yo ki pa swiv volonte Bondye yo pral pini tou. Sa se yon reyalite ki p ap chanje. Pakonsekan, tout sila yo pini yo pini konsa poutèt jistis Bondye epi tankou retribisyon pou pil zak mechan yo a. Mwen pa te fè yon sèl chanjman nan plan Mwen an depi kreyasyon li. Se senpleman nan sa ki konsène lòm, moun mwen pale avèk yo sanble ap diminye an nonm, menm jan ak moun mwen vrèman apwouve yo. Sepandan, mwen kenbe ke plan Mwen an pa te janm chanje; olyede sa, se lafwa ak lanmou lòm ki toujou ap chanje, ki toujou ap degrade, nan yon nivo kote chak moun soti pou plenyen de mwen pou rive vin frèt avè M’ epi menm chase M’. Atitid mwen anvè nou p ap ni cho ni frèt, jiskaske mwen santi degou ak orè, epi bay pinisyon alafen. Sepandan, nan jou chantiman nou an, M’ ap toujou wè nou, men se nou ki p ap ka wè M’. Kòm lavi pami nou te deja vin nwizib epi aniyan pou Mwen, kidonk, li pa nesesè pou di, Mwen te chwazi diferan anviwònman kote pou M’ viv, pou M’ ka pi byen evite blesi mo malveyan nou yo epi evite konpòtman repinyan nou an, pou nou pa twonpe M’ ni trete M’ yon fason sipèfisyèl ankò. Anvan Mwen kite nou, Mwen dwe egzòte nou pou nou sispann fè bagay ki pa annakò ak laverite a. Olye de sa, nou ta dwe fè sa k’ap fè tout moun plezi, sa ki pote avantaj pou tout moun, ak sa ki avantaj pou pwòp destinasyon nou, otreman moun k’ ap soufri nan mitan katastwòf sa a p ap lòt moun ke noumenm.

Mwen eksprime mizerikòd Mwen anvè tout moun ki renmen M’ epi ki renonse ak tèt yo. Chatiman ki enflije ak mechan yo, nan ka sa a, se presizeman prèv karaktè lajistis Mwen, anplis, se temwanyaj kòlè Mwen. Lè katastwòf rive, tout moun ki opoze ak Mwen pral kriye pandan y’ap vin viktim famin ak fleyo. Moun ki te komèt tout kalite mechanste, men ki te swiv Mwen pandan anpil lane, p ap chape san yo pa peye pou peche yo; yo menm tou, yo pral plonje nan yon katastwòf, jan nou te konn raman wè sa pandan plizyè milyon lane, epi yo pral viv nan yon eta panik ak laperèz tout tan. Epi sila yo ki se disip Mwen yo ki te montre M’ lwayote pral rejwi epi aplodi pisans Mwen. Yo esperimante yon kontantman inestimab epi viv nan yon jwa ke Mwen pa te janm akòde ak limanite anvan sa. Paske Mwen ancheri bon zèv lòm epi Mwen deteste zèv mechanste yo. Paske depi lè Mwen te kòmanse dirije limanite, Mwen te espere ak anpil fòs pou genyen yon gwoup moun ki genyen menm lespri avèk Mwen. Sila yo ki pa genyen menm lespri avèk Mwen, annatandan, mwen pa janm bliye yo; Mwen deteste yo nan kè Mwen, pandan M’ ap tann chans pou M’ pote chatiman Mwen sou yo, yon bagay ke M’ ap pran plezi gade. Kounyeya jou Mwen an finalman rive, epi mwen pa bezwen tann ankò!

Travay final mwen se pa sèlman pou pini lòm, men tou pou ranje destinasyon lòm. Anplis de sa, se pou tout moun kapab rekonèt Zèv ak aksyon Mwen yo. Mwen vle pou chak moun wè tout sa mwen fè se bagay ki jis epi tout sa mwen fè se yon ekspresyon de volonte Mwen. Se pa aksyon lòm, ankò mwens nati lòm, ki te kreye limanite, men se Mwen menm ki nouri tout èt vivan nan kreyasyon an. San egzistans Mwen, limanite pral sèlman peri epi soufri ak fleyo klamite a. Okenn èt imen p ap janm wè bèl solèy la ak lalin nan ankò, oswa bèl monn lan; lòm pral rankontre sèlman yon lannwit ki glase e vale lonb lanmò a ki inevitab. Mwen se sèl sali limanite, Mwen se sèl espwa, anplis de sa, Mwen se Moun egzistans limanite repoze sou li a. San Mwen, limanite ap rive nan yon pwen darè touswit. San Mwen, limanite pral soufri katastwòf epi tout kalite fantom pral mache sou li, paske pèsonn pa pran ka M’. Mwen te fè travay pèsonn lòt moun pa ka fè, epi Mwen espere sèlman ke lòm ka ranbouse M’ ak kèk bon zèv. Byenke se kèk nan yo ki te ka ranbouse M, M ap toujou fini vwayaj Mwen an nan monn imen an epi kòmanse pwochen etap travay Mwen an k’ ap dewoule a, paske tout ale vini mwen fè nan mitan lòm pandan anpil lane sa yo te pote fwi, epi mwen trè kontan. Sa Mwen sousye M de li se pa kantite moun, men se bon zèv yo. Antouka, Mwen espere ke nou prepare ase bon zèv pou pwòp destinasyon nou. Apresa M’ ap satisfè; otreman, pèsonn nan nou p ap ka chape anba katastwòf ki pral rive nou an. Katastwòf la soti nan Mwen epi se Mwen ki òganize l vre. Si nou pa ka prezante kòm moun ki bon nan devan Zye m, kidonk nou p ap chape anba soufrans katastwòf la. Nan mitan tribilasyon an, akzyon ak zèv nou yo te konsidere kòm bagay ki pa fin apwopriye nèt, paske lafwa ak lanmou nou pa te genyen okenn sans, epi nou te sèlman fè tèt nou parèt tankou moun ki timid oswa moun ki fò/wobis. Konsènan sa, Mwen pral sèlman fè yon jijman sou byen ak mal. Enkyetid Mwen se toujou fason nou chak aji epi eksprime tèt nou, selon sa mwen pral detèmine lafen nou. Sepandan, Mwen dwe fè sa klè: Pou sila yo ki pat montre M’ menm yon ti kras lwayote pandan moman tribilasyon yo, Mwen p ap genyen mizerikòd ankò, paske mizerikòd Mwen sèlman rive la. Mwen pa renmen moun ki te trayi M yon fwa yo tou, epi plis toujou Mwen pa renmen asosye m ak sila yo ki vann enterè zanmi yo. Sa se karaktè Mwen, san konsidere moun li ta ye a. Mwen dwe di nou sa: Tout moun ki brize kè M p ap resevwa klemans nan Mwen yon dezyèm fwa, epi tout moun ki te fidèl ak Mwen ap toujou rete nan kè Mwen.

Avan:  Se Sèl Kris nan dènye tan an ki kapab bay lòm chemen lavi tènèl la

Pwochen:  Ak Kiyès ou Fidèl?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger