Sèlman Lè Ou Renmen Bondye Ou Vrèman Kwè nan Bondye

Jodi a, pandan n ap chache renmen epi konnen Bondye; nan yon sans, nou dwe andire soufrans ak pirifikasyon, epi nan yon lòt sans, nou dwe peye yon pri. Pa gen leson ki pi pwofon pase leson ou aprann sou fason pou renmen Bondye, epi nou ka di; leson moun aprann pandan tout tan li kwè se kòman pou l’ renmen Bondye. Sa ki vle di, si ou kwè nan Bondye ou dwe renmen Bondye. Si ou sèlman kwè nan Bondye men ou pa renmen Li epi ou pa rive genyen konesans sou Bondye, epi ou pa t janm renmen Bondye ak yon vrè lanmou ki soti nan kè w, kidonk kwayans ou nan Bondye pa vo anyen; Si, nan kwayans ou nan Bondye, ou pa renmen Bondye, lè sa a w ap viv an ven, epi tout lavi ou nèt pi mizerab pase tout lòt vi yo. Si, pandan tout lavi ou, ou pa t’ janm renmen oubyen satisfè Bondye, kidonk ki objektif lavi w? Epi ki objektif kwayans ou nan Bondye menm? Èske sa se pa yon gaspiyaj jefò. Sa vle di, si yon moun dwe kwè epi renmen Bondye, lè sa a yo dwe peye yon pri. Pase pou y ap eseye aji nan yon fason ki parèt deyò, yo dwe chache bon jan konpreyansyon nan fon kè yo. Si w pasyone pou chante ak danse, men ou pa kapab mete laverite a an pratik, èske yo ka di ou renmen Bondye? Renmen Bondye mande pou chache konn volonte Bondye nan tout bagay, epi ou sonde lè nenpòt bagay rive w, eseye konprann volonte Bondye, epi eseye konn kisa volonte Bondye ye nan pwoblèm nan, kisa Li mande pou ou akonpli, epi kòman ou dwe atantif ak volonte Li. Pa egzanp: Yon bagay rive ki mande pou andire zeprèv, ki lè ou dwe konprann sa volonte Bondye ye epi kòman ou dwe atantif ak volonte Li. Ou pa dwe satisfè tèt ou: premyeman ou dwe mete tèt ou sou kote. Pa gen anyen ki pi meprizab pase lachè. Ou dwe chache satisfè Bondye, epi ou dwe akonpli tach ou. Ak yon panse konsa, Bondye ap pote pi bon limyè pou ou nan pwoblèm sa a, epi kè ou ap jwenn rekonfò tou. Kit li gwo oubyen piti, lè yon bagay rive w, ou dwe mete tèt ou sou kote epi konsidere lachè kòm bagay ki pi meprizab pami tout bagay. Plis w ap satisfè lachè, se plis l ap pran libète; si ou satisfè li fwa sa a, pwochenn fwa l ap mande plis. Piske sa ap kontinye, moun yo vin renmen lachè plis toujou. Lachè toujou gen gwo dezi; li toujou mande pou satisfè l epi ba l’ plezi anndan ou, kit se nan bagay w’ap manje, nan sa w ap mete sou ou, oubyen lè ou fache, oubyen satisfè pwòp feblès ak parès ou…. Plis ou satisfè lachè, se plis anvi li yo ap ogmante epi plis lachè vin nan deboch, jouk li rive nan yon pwen kote dezi chanèl yo depase imajinasyon lèzòm, epi dezobeyi Bondye, epi moute tèt li, ak doute de travay Bondye a. Plis ou satisfè lachè, se plis lachè pi fèb; w ap toujou santi pa gen moun ki fè ka de feblès ou yo, w ap toujou santi Bondye ale twò lwen, epi w ap di: “Kòman Bondye fè sevè konsa? Poukisa Li pa bay moun vag?” Lè yon moun satisfè lachè epi ankouraje l twòp, lè sa a yo detwi pwòp tèt yo. Si ou renmen Bondye toutbon epi ou pa fè anyen pou fè kò a plezi, se lè sa w ap wè tout bagay Bondye fè dwat epi bon, epi malediksyon li lage sou rebelyon w yo ak jijman Li pote sou sa w’fè ki mal yo jis. Ap gen moman lè Bondye pini epi korije w epi mete ou nan yon anviwònman pou tanpere w, fòse ou pou vin devan L’—epi w ap toujou santi tout sa Bondye ap fè se gwo bagay. Konsa, w ap santi kòm si pa gen gwo doulè, epi Bondye gen anpil lanmou. Si ou ankouraje feblès lachè epi di Bondye ale twò lwen, lè sa a w ap toujou santi w gen doulè, epi w ap toujou fè depresyon, epi ou p ap byen konprann travay Bondye a, epi l ap parèt kòm si Bondye pa t fè ka de feblès lèzòm menm epi Li pa konnen difikilte lezòm. Epi konsa w ap toujou santi w mizerab epi pou kont ou, kòm si ou t ap soufri gwo lenjistis, epi nan moman sa a w ap kòmanse plenyen. Plis ou ankouraje feblès lachè nan fason sa a, plis w ap santi Bondye ale twò lwen, jouk li vin tèlman grav ke w rive abandonnen travay Bondye a, epi komanse kontrekare Bondye, epi vin totalman dezobeyisan. Konsa, ou dwe kenbe tèt ak lachè epi pa ankouraje li: “Mari mwen (madanm), pitit, esperans, maryaj, fanmi—yonn nan yo pa enpòtan! Nan kè mwen gen sèlman Bondye, epi mwen dwe fè tout sa m kapab pou m satisfè Bondye epi pa satisfè lachè.” Ou dwe gen rezolisyon sa a. Si ou toujou genyen jan de rezolisyon konsa, kidonk lè ou mete verite a an pratik epi mete tèt ou sou kote, w ap kapab fè sa ak yon jefò tou piti. Yo di yon lè te gen yon kiltivatè ki te wè yon koulèv ki t ap jele bò wout la. Kiltivatè a ranmase l epi mete l’ sou lestomak li, epi aprè koulèv la te reveye, li mòde kiltivatè jouk li mouri. Lachè lèzòm se tankou koulèv la: vrè nati li se pou fè lavi yo mal—epi lè li jwenn pwòp chemen li nèt, lavi ou vin pèdi. Lachè se pou Satan li ye. Anndan li gen anpil gwo dezi, li panse pou tèt li sèlman, li vle jwi konfò epi rejwi nan plezi, viv nan parès ak nan vanite, epi rive satisfè li jouk rive nan yon pwen li fin devore w nèt. Sa ki vle di, si ou satisfè li fwa sa a, pwochenn fwa l ap mande ou plis. Li toujou genyen gwo dezi ak nouvo demann, epi li pwofite lè w ap flate lachè pou fè ou cheri li plis epi fè ou viv nan konfò li yo—epi si ou pa ranpòte laviktwa sou li, w ap finalman detwi tèt ou. Kit ou kapab genyen lavi devan Bondye epi kòman finalman fen lavi ou va ye, tou depann de fason ou mennen rebelyon ou an kont lachè. Bondye te sove w epi chwazi w epi mete w apa depi davans, menm si jodi a ou pa vle satisfè Li, ou pa vle mete laverite an pratik, ou pa vle rebele kont pwòp kò w avèk yon kè ki vrèman renmen Bondye, finalman w’ap detwui lavi w epi konsa w’ap andire gwo lapenn. Si ou toujou ap flate lachè, Satan ap anglouti w ti kras pa ti kras, epi l ap kite w san vi, oswa kontak ak Lespri a, jiskaske jou a rive lè anndan w konplètman nwa. Lè w ap viv nan fènwa, Satan kenbe w kaptif, ou p ap gen Bondye nan kè w’ ankò, epi lè sa ou va nye egzistans Bondye epi kite Li. Konsa, si moun swete renmen Bondye, yo dwe peye pri doulè a epi andire soufrans. Pa gen okenn nesesite pou devouman ak difikilte ki parèt deyò, li plis epi vin okipe plis; olye de sa, yo dwe mete sou kote bagay ki nan yo: pil move panse yo, enterè pèsonèl yo, pwòp konsiderasyon pa yo, move imajinasyon yo, ak entansyon yo. Se sa a ki volonte Bondye.

Bondye aji ak dispozizyon eksteryè moun ki se yon pati nan travay Li tou; aji ak sa ki sou deyò moun, lèzòm ki eksepsyonèl, pa egzanp, oubyen kalite vi ak abitid yo, fason ak koutim yo, menm jan ak pratik eksteryè ak zèl yo. Men lè Li mande pou moun mete verite a an pratik ak chanje dispozisyon yo, sa ki trete an premye se entansyon ak imajinasyon ki nan yo. Aji sèlman ak dispozisyon eksteryè pa difisil; se tankou mande w pou pa manje bagay ou renmen yo, ki se yon bagay fasil. Sa ki touche imajinasyon w yo, sepandan, pa fasil pou kite yo ale. Sa mande moun pou rebele kont lachè, peye yon pri, epi soufri devan Bondye. Sa tèlman depase entansyon lèzòm. Depi lèzòm te kòmanse kwè nan Bondye, yo t ap abrite anpil entansyon ki pa bon. Lè w p ap mete verite a an pratik, ou santi tout entansyon w yo bon, men lè yon bagay rive w, n ap wè gen anpil entansyon ki pa bon ki nan nou. Konsa, lè Bondye fè moun vin bon nèt, Li fè yo reyalize yo gen anpil imajinasyon ki bloke konesans yo de Bondye. Lè w rekonèt ou gen move entansyon, Si w an mezi pou sispann pratike daprè imajinasyon ak entansyon w yo, e kapab sèvi Bondye temwen, ak kanpe fèm nan pozisyon w nan tout sa ki rive w yo, sa pwouve ou rebele kont lachè. Lè w rebele kont lachè, gen yon batay k ap fèt nan ou ki inevitab. Satan pral eseye epi fè w suiv li, li pral eseye epi fè yo suiv imajinasyon kò a ak sipòte enterè chanèl yo—men pawòl Bondye ap louvri je moun, e nan moman sa li ap depann de ou swa pou suiv Bondye oubyen Satan. Bondye mande lèzòm pou mete verite a an pratik anvan pou trete bagay ki anndan yo, pou aji ak panse epi imajinasyon ki pa selon kè Bondye. Sentespri a touche kè moun ak louvri je yo. Kidonk dèyè chak bagay ki rive se yon konba: chak fwa moun mete verite a an pratik, oubyen mete an pratik lanmou ou gen pou Bondye, gen yon gwo batay, e malgre tout bagay parèt byen nan kò a, nan fon kè yo yon batay lavi-ak-lanmò ap kontinye—e sèlman aprè batay san kanpe sa a, aprè yon bann refleksyon, èske yo ka deside fè viktwa osnon defèt. Gen moun ki pa konn si pou yo ri oswa kriye. Paske anpil entansyon ki nan moun yo pa bon, otreman pi fò travay Bondye a sou chans ak imajinasyon yo, lè moun mete verite a an pratik, yon gwo batay ap Mennen dèyè sèn nan. Mete an pratik verite a, dèyè sèn nan, moun ap kriye tristès yo anvan yo finalman deside satisfè Bondye. Se akoz batay sa lèzòm andire soufrans ak pirifikasyon; sa se vrè soufrans. Lè batay la rive sou ou, si w kapab kanpe bò kote Bondye, w ap an mezi pou satisfè Bondye. Pandan w ap mete verite a an pratik, li inevitab pou yon moun soufri anndan li; si, pandan yo mete verite a an pratik, tout bagay ki nan yo yo te bon, se lè sa a yo pa t ap bezwen pou Bondye fè yo vin bon nèt, e yo pa t ap gen okenn batay, epi yo pa t ap soufri. Se paske gen anpil bagay nan lòm ki pa bon pou Bondye itilize, e paske anpil dispozisyon kò a pran pou fè rebelyon, lèzòm bezwen aprann leson sou fason pou rebele kont lachè. Se soufrans sa Bondye te mande lèzòm pou pran pou li yo. Lè w rankontre difikilte, depeche epi priye Bondye: “O Bondye! Mwen vle satisfè w, mwen vle andire dènye soufrans lan pou mwen satisfè kè W, e san konsidere obstak mwen rankontre yo, mwen dwe toujou satisfè W. Menm si mwen ta dwe abandonen tout lavi mwen, mwen dwe toujou satisfè W!” Ak yon rezolisyon konsa, lè w priye konsa, w ap kapab rete fèm nan temwanyay ou. Chak fwa yo mete verite a an pratik, chak fwa yo anba pirifikasyon, chak fwa yo pase anba eprèv, chak fwa travay Bondye a rive jwenn yo, lèzòm dwe andire doulè ekstrèm. Tout sa se yon tès pou lòm, e si nan tout sa yo gen yon batay. Sa se pri aktyèl y ap peye a. Li plis sou pawòl Bondye a ak kouri plis se yon pòsyon nan pri sa a. Se sa moun konte fè, sa se travay yo, e se devwa yo dwe ranpli, men lèzòm dwe mete sou kote sa ki nan yo ki bezwen mete sou kote. Si w pa fè sa, alòs nenpòt ki gwòsè soufrans sou deyò yo ye, menm si w ale toupatou, tout sa ap an ven. Sa vle di, sèlman chanjman ki fèt nan ou yo kapab detèmine si soufrans eksteryè w yo gen valè. Lè dispozisyon anndan yo chanje ak mete verite a an pratik, lè sa a soufrans eksteryè w yo ap jwenn apwobasyon Bondye; si pa te gen okenn chanjman nan dispozisyon enteryè w, konsa nenpòt kantite soufrans ou andire oubyen nenpòt fason ou soti yon kote pou ale nan yon lòt, p ap gen apwobasyon Bondye—epi soufrans Bondye pa konfime yo an ven. Konsa, swa Bondye apwouve pri ou te peye a li detèmine swa oubyen pa gen okenn chanjman nan ou, e kit ou mete verite a an pratik ak rebele kont pwòp entansyon ak imajinasyon ou yo pou jwenn satisfaksyon nan volonte Bondye, konesans de Bondye, epi fidèl ak Bondye. Nenpòt jan ou kouri, si w pa te janm rebele kont pwòp entansyon w yo, men pou sèlman chache aksyon ak zèl eksteryè, epi pa janm prete atansyon ak lavi w, lè sa a soufrans ou yo p ap an ven. Si, nan yon sèten anviwònman, ou gen yon bagay pou di, men anndan w ou santi lè w di l li p ap bon, di li p ap nan pwofi frè ak sè w yo e petèt kapab blese yo. Konsa, ou p ap di li, ou prefere soufri ak li, paske pawòl sa yo p ap kapab satisfè volonte Bondye. Nan lè sa a, ap gen yon batay k ap fèt nan ou, men ou pral vle soufri doulè epi abandonen sa w renmen. Ou pral vle andire soufrans sa pou satisfè Bondye, epi w ap soufri anndan kè w, ou pa pral ankouraje lachè, ak kè Bondye te dwe satisfè, e ou pral santi rekonfò anndan w. Sa se vrèman peye pri a, e si Bondye vle pri a. Si w pratike nan sans sa a, Bondye va beni w toutbon; si w pa kapab akonpli sa, lè sa a nenpòt jan ou konprann, oubyen jan ou byen pale, tout sa p ap vo anyen! Si, nan wout pou renmen Bondye, ou an mezi pou kanpe bò kote Bondye lè l ap batay kont Satan e ou pa retounen al jwenn Satan, lè sa w ap akonpli lanmou Bondye, epi ou ta pral rete fèm nan temwayay ou.

Nan chak etap nan travay Bondye fè nan lèzòm, sou deyò li parèt tankou entèraksyon ant moun, kòm si aranjman nesans limanite oswa nan entèferans limanite. Men dèyè sèn nan, chak etap nan travay la, ak tout bagay ki rive, se yon paryaj Satan fè devan Bondye, epi mande lèzòm pou rete fèm nan temwayay pou Bondye. Pran lè Jòb te pase anba eprèv la kòm egzanp: Dèyè sèn nan, Satan t ap fè yon paryaj ak Bondye, e sa ki te rive Jòb se te zèv lèzòm ak entèferans lèzòm. Dèyè chak etap nan travay Bondye fè nan nou se yon paryaj Satan fè ak Bondye—dèyè tout sa se yon batay. Pa egzanp, si w pote jijman sou frè ak sè w yo, ou va gen pawòl w ap vle di—pawòl ou santi ki p ap fè Bondye plezi—men si w pa di yo, w ap santi w pa gen rekonfò anndan w, e nan moman sa a, yon batay ap kòmanse anndan w: “Èske mwen pale osnon pa pale?” Sa se batay la. Konsa, nan chak bagay w ap jwenn gen yon batay, e lè gen yon batay nan ou, grenmesi koperasyon ak soufrans aktyèl yo, Bondye ap travay nan ou. Finalman, w ap an mezi pou mete pwoblèm ki nan ou a sou kote epi kòlè a ap detwi natirèlman. Se konsa koperasyon w ak Bondye ye. Chak moun mande pou yo peye yon sèten pri nan efò yo. San soufrans aktyèl yo, yo p ap kapab satisfè Bondye, e y ap jis pale pawòl san sans. Èske pawòl san sans sa yo kapab satisfè Bondye? Lè Bondye ak Satan ap mennen konba nan wayòm espirityèl la, kòman w dwe satisfè Bondye, e kòman ou dwe rete fèm nan temwayay ou pou Li? Ou dwe konnen chak bagay ki rive w se yon gwo eprèv ak nan moman lè Bondye bezwen w pou pote temwayay pou li. Konsa yo pa parèt san enpòtans, lè bagay sa yo rive yo montre swa ou renmen Bondye osnon ou pa renmen Li. Si w renmen li, ou pral an mezi pou rete fèm nan temwayay ou pou Li, e si w pa mete lanmou w gen pou Bondye an pratik, sa montre w pa yon moun ki mete verite a an pratik, sa montre ou pa gen verite a, epi san vi, sa montre ou ridikil! Tout bagay ki rive lèzòm rive lè Bondye bezwen yo rete fèm nan temwayay yo pou Li. Konsa pa gen gwo bagay ki rive w nan moman an ak ou pa rann gwo temwayay, chak detay nan lavi chak jou w se yon mwayen pou temwaye pou Bondye. Si w kapab genyen admirasyon frè ak sè w yo, manm fanmi w yo, ak tout moun ki antoure w; si yon jou, non-kwayan yo vini, e admire tout sa w fè, epi wè tout sa Bondye fè se gwo bagay, lè sa a w apral pote temwayay. Malgre w pa gen okenn entisyon epi kalib ou fèb, atravè pèfeksyon Bondye, ou an mezi pou satisfè Li epi atantif ak volonte Li, montre lòt yo ki kalite gwo travay li fè nan moun ki gen fèb kalib yo. Lè moun vin konnen Bondye epi tounen venkè devan Satan, fidèl ak Bondye nan yon gran mezi, lè sa a pèsonn p ap plis kolonn vètebral pase gwoup moun sa yo, e sa se pi gwo temwayay. Malgre ou pa kapab fè gwo travay, ou an mezi pou satisfè Bondye. Lòt yo p ap mete sou kote imajinasyon yo, men ou kapab; lòt yo p ap kapab rann temwayay de Bondye pandan esperyans aktyèl yo, men ou kapab itilize estati ak aksyon w yo pou ranbouse lanmou Bondye epi rann temwayay de Li a wo vwa. Sèlman sa ki konte kòm lanmou pou Bondye aktyèlman. Si w pa kapab fè sa, lè sa a ou pa sèvi temwayay nan mitan manm fanmi w yo, nan mitan frè ak sè w yo, osnon devan moun nan lemonn. Si w pa ka pote temwayay devan Satan, Satan pral ri w, l ap trete w tankou yon blag, yon ti jwèt-a-pil, li pral souvan pase w nan betiz ak fè w vin fou. Alavni, gwo eprèv kapab rive w—men jodi a, si w renmen Bondye ak yon kè sensè, e si, san konsidere kòman eprèv ki devan yo gwo, malgre sa k rive w, ou an mezi pou rete fèm nan temwayay ou epi an mezi pou satisfè Bondye, lè sa a kè w ap rekonfòte, epi ou p ap pè nenpòt gwòsè eprèv w ap rankontre alavni yo ye. Nou p ap kapab wè sa k pral pase alavni; n ap kapab sèlman pral pase nan fiti; nou kapab sèlman satisfè Bondye nan sikonstans jodi yo. Nou pa kapab fè okenn gwo travay ak dwe konsantre sou satisfè Bondye pandan w ap esperimante pawòl Li nan vrè vi a, epi rann temwayay pisan e a wo vwa ki lage lawont sou Satan. Malgre kò w pral rete san l pa satisfè e apral soufri, ou va satisfè Bondye e apral lage lawont sou Satan. Si ou toujou pratike nan fason sa, Bondye pral louvri yon chemen devan ou. Lè, yon jou, yon gwo eprèv rive, lòt yo va tonbe, men ou va renmen fèm: akoz pri ou te peye a, Bondye va pwoteje ou pou kapab rete fèm ak pou pa tonbe. Si, òdinèman, ou an mezi pou mete verite a an pratik ak satisfè Bondye ak yon kè ki vrèman renmen Li, lè sa a Bondye va pwoteje w toutbon pandan eprèv k ap vini yo. Malgre ou fou ak gen ti estati ak fèb kalib, Bondye pa pral diskriminen w. Sa depann si entansyon w yo bon. Jodi a, ou an mezi pou satisfè Bondye, kote ou atantif ak pi piti detay la, ou satisfè Bondye nan tout bagay, ou gen yon kè ki vrèman renmen Bondye, ou bay Bondye kè w toutbon, epi malgre gen anpil bagay ou pa kapab konprann, ou kapab vin devan Bondye pou chanje entansyon ou yo ak chache volonte Bondye, epi ou fè tout bagay ki te dwe fèt pou satisfè Bondye. Petèt frè ak sè w yo va abandonen ou, men Bondye va satisfè kè w, epi w p ap anvi plezi chanèl yo. Si w toujou pratike nan fason sa a, ou va pwoteje lè eprèv yo rive sou ou.

Ki pati anndan moun eprèv vize? Yo sible yo pandan dispozyon rebelyon nan moun ki pa kapab satisfè Bondye. Genyen anpil bagay ki pa bon nan lòm, ak anpil bagay ki kritik, epi konsa Bondye pase moun anba eprèv nan lide pou pirifye yo. Men si, jodi a, ou an mezi pou satisfè Bondye, kidonk eprèv ki gen pou vini yo va yon pèfeksyon pou ou. Si, jodi a, ou pa an mezi pou satisfè Bondye, kidonk eprèv ki gen pou vini yo va tante w, epi ou va tonbe menm si se kont volonte w, e lè sa a ou pa pral an mezi pou ede tèt ou, paske ou p ap kapab kontinye fè travay Bondye a ak ou p ap posede vre estati w. Se konsa, si w swete an mezi pou rete fèm alavni, pou satisfè Bondye pi byen, e pou suiv Li jiska lafen, jodi a ou dwe bati yon fondasyon solid. Ou dwe satisfè Bondye pandan w ap mete verite a an pratik nan tout bagay epi prete atansyon ak volonte Li. Si w toujou pratike nan fason sa, va genyen yon fondansyon nan ou, e Bondye va ba w yon kè ki renmen Li, e Li va ba ou lafwa. Yon jou, lè yon eprèv tonbe sou ou toutbon, ou kapab santi anpil doulè ak santi ou atriste jouk rive nan yon sèten pwen, epi soufrans ki ravaje doulè, kòm si w te mouri—men lanmou w pou Bondye p ap chanje, e li va vin menm pi pwofon. Se benediksyon Bondye yo sa. Si w an mezi pou asepte tout sa Bondye di ak fè jodi a ak yon kè obeyisan, lè sa a Bondye va beni w toutbon vre, lè sa a ou va yon moun Bondye beni e ki resevwa pwomès Li. Si, jodi a, ou pa pratike, lè eprèv tonbe sou ou yon jou, ou p ap gen lafwa oubyen yon kè ki gen lanmou, epi nan lè sa a eprèv la va tounen yon tantasyon; ou va plonje nan tantasyon Satan e ou p ap gen okenn mwayen pou chape. Jodi a, ou kapab an mezi pou rete fèm lè yon ti eprèv tonbe sou ou, men sa pa vle di w ap an mezi pou rete fèm lè yon gwo eprèv tonbe sou ou yon jou. Anpil moun konprann epi panse yo prèske fin pafè. Si w pa ale pi pwofon nan moman sa yo, epi rete otosifizan, lè sa a ou va an danje. Jodi a, Bondye p ap fè travay pi gwo eprèv epi pou tout bagay sanble ale byen, men lè Bondye pase w anba eprèv, ou va dekouvri w manke twòp bagay, paske estati w twò piti e ou pa kapab andire gwo eprèv. Si w rete jan ou ye nan yon eta inisyal, kidonk, lè eprèv yo vini, ou va tonbe. Nou dwe gade kòman estati nou piti; sèlman nan fason sa ou va fè pwogrè. Si sèlman pandan eprèv yo ou wè estati w twò piti, epi volonte pou fè a twò fèb, sa ki twò piti anndan w yo reyèl, epi ou pa alawotè pou volonte Bondye—si w sèlman reyalize bagay sa yo lè sa a, li va twò ta.

Si ou pa konnen dispozisyon Bondye, lè sa a ou va tonbe pandan eprèv nan yon fason inevitab, paske ou pa prete atansyon ak fason Bondye fè moun vin pafè, pa ki mwayen Li rann yo pafè, e lè eprèv Bondye yo rive sou ou epi yo pa koresponn ak imajinasyon w, ou pa pral an mezi pou rete fèm. Vrè lanmou Bondye se tout dispozisyon Li, epi Bondye montre moun tout dispozisyon li, kisa sa rapòte pou kò a? Lè Bondye montre moun dispozisyon nan fè bagay ki dwat, kò yo ap soufri yon fason inevitab plis doulè. Si w pa soufri doulè sa a, kidonk Bondye p ap kapab fè ou pafè, ou p ap an mezi pou montre Bondye vrè lanmou ou nonplis. Si Bondye fè w pafè, Li va asireman montre ou tout dispozisyon Li. Depi kreyansyon jouk jodi a, Bondye pa janmè montre lòm tout dispozisyon Li—men pandan dènye jou yo Li revele li ak gwoup moun Li te chwazi davans ak mete apa yo, e pandan l ap fè moun vin pafè, Li mete aklè dispozisyon Li yo, atravè sa li fè yon gwoup moun vin konplè. Sa se vrè lanmou Bondye gen moun. Pou fè esperyan vrè lanmoun Bondye mande moun pou andire doulè ekstrèm, ak peyi yon gwo pri. Sèlman aprè sa Bondye va genyen yo ak an mezi pou bay Bondye vrlanmou yo an retou, e sèlman lè sa a kè Bondye va satisfè. Si moun swete Bondye fè yo vin pafè, e si yo swete fè volonte Li, e bay Bondye vrè lanmou yo nèt, lè sa a yo dwe esperimante anpil soufrans ak anpil toumant nan sikonstans yo, pou soufri pi mal pase lanmò. Finalman yo va fòse yo pou Bondye vrè lanmou yo an retou. Swa oubyen lè yon moun vrèman renmen Bondye revele pandan soufrans ak pirifikasyon. Bondye pirifye lanmou moun yo, e sa fèt nan mitan soufrans ak pirifikasyon yo.

Avan:  Se Sèlman lè Ou Sibi Zeprèv Douloure W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Pwochen:  Yon Ti Pale Sou “Wayòm Milene A Rive”

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger