Yon Ti Pale Sou “Wayòm Milene A Rive”

Kisa-w panse sou vizyon Wayòm Milene a? Gen kèk moun ki reflechi anpil sou Li e yo di: “Wayòm Milene a pral dire mil an sou latè, konsa si ansyen manm nan legliz la pa marye, eske fòk yo marye? Fanmi mwen pa gen lajan, eske fòk mwen ta kòmanse fè lajan? …” Kisa Wayòm Milene a ye? Ou konen? Moun yo pa wè e yap sipòte yon gwo eprèv. An reyalite, Wayòm Milenè a poko ofisyèlman rive. Pandan etap pèfeksyonman moun yo, Wayòm Milenè a fenk kòmanse; Nan moman Wayòm Milene ke Bondye ap pale a, lezòm ap vi-n pafè. Anvan, yo te di ke moun yo ap tankou sen e yo ap kanpe fèm nan peyi Sinim. Selman lè yo ran moun yo pafè—lè yo vi-n tounen sen ke Bondye ap pale yo—ke Wayòm Milene a ap rive. Lè Bondye fè moun vi-n pafè, Li pirifye yo, e plis yo pi, plis Bondye fè yo vi-n pafè. Le yo retire malpwòpte, rebelyon, opozisyon ak bagay lachè ki nan ou yo, lè yo pirifye-w, lè sa Bondye ap renmen-w (pou di bagay yo yon lòt jan, wap vi-n yon sen); lè Bondye vi-n fè ou pafè e ou vi-n yon sen, wap nan Wayòm Milene a. Se kounye a moman Wayòm nan. Nan Wayòm Milene a, moun yo ap depann de pawòl Bondye pou yo viv, e tout nasyon yo ap vi-n anba non Bondye, e tout ap vi-n li pawòl Bondye. Nan moman sa, kèk moun pral rele ak telefòn, gen kèk ki pral faks … yo pral sèvi ak tout mwayen pou yo jwen pawòl Bondye, e ou menm tou ap vi-n anba pawòl Bondye. Tout bagay sa yo se sa k ap rive apre yo fi-n rann moun yo pafè. Jodia, yo rann moun pafè, rafine, ouvè je yo ak gide yo atravè la pawòl; se moman Wayòm nan, se etap kote y ap ran moun yo pafè, e sa pa gen okenn rapò avek moman Wayòm Milene a. Pandan moman Wayòm Milene a, y ap deja fè moun yo vi-n pafè e dispozisyon kowonpi ke yo genyen nan yo ap pirifye. Nan moman sa, pawòl ke Bondye pale pral gide moun yo etap pa etap, e pral revele tout mistè travay Bondye depi moman kreasyon an jiska jodia, e pawòl Li yo pral di moun yo zèv Bondye nan chak epòk e chak jou, koman li gide moun yo nan kè yo, travay ke L ap fè nan domèn espirityel, e pral di yo kijan domèn espirityel la fonksyone. Se lè sa ke se ap vreman moman pawòl la; kounye a li senpleman ap parèt. Si yo pa fè moun yo vi-n pafè ak pirifye yo, yo p ap gen okenn mwayen pou yo viv mil ane sou tè a, e kò yo inevitableman pral pouri. Si moun yo pirifye andedan yo e yo pa ak Satan ak kò a ankò, lè sa yo pral rete vivan sou tè a. Nan etap sa, ou toujou pa wè, e tout sa ou santi, se renmen Bondye e rann Li temwayaj pou chak jou wap viv sou tè a.

“Wayòm Milene A Rive” se yon pwofesi, li se menm jan ak prediksyon yon pwofèt, kote Bondye pwofetize sa ki pral pase nan tan kap vini. Pawòl ke Bondye pale nan lavni ak pawòl ke li pale jodia pa menm bagay: pawòl lavni yo pral gide moman sa, alòs ke pawòl Li pale jodia rann moun pafè, rafine yo epi trete yo. Moman pawòl la nan lavni diferan de moman pawòl la jodia. Jodia, tout pawòl ke Bondye pale—kelkeswa pa mwayen Li pale yo—se pou ka rann moun pafè, pou pirifye sa ki sal nan yo menm, pou fè yo sen, e pou ran yo jis devan Bondye. Pawòl ki pale jodia, ak pawòl ki pale nan lavni, se de bagay diferan. Pawòl ki pale nan epòk Wayòm nan se pou fè moun yo antre nan tout fòmasyon, mennen moun yo sou bon wout nan tout bagay, pou retire tout sa ki pa bon nan yo. Se sa Bondye fè nan epòk sa. Li kreye yon fondman pou pawòl Li nan chak moun, Li fè pawòl Li yo lavi chak moun, e Li sèvi ak pawòl Li yo pou li ouvè je ak gide yo nan kè yo san rete. E lè yo pa gen konsyans de volonte Bondye, pawòl Bondye yo ap nan kè yo pou repwoche yo ak disiplinen yo. Pawòl jodia, yo dwe lavi lezòm; yo founi direkteman tout sa lezòm bezwen, tout sa ou manke andedan-w pawòl Bondye founi yo, e tout moun ki asepte pawòl Bondye vi-n wè klè nan manje ak bwè pawòl Li. Pawòl ke Bondye pale nan lavni ap gide moun yo nan tout linivè a; jodia, pawòl sa yo pale selman nan peyi Lachin, e yo pa reprezante sa ki pwononse yo nan tout linivè a an entye. Bondye pral pale ak tout linivè a selman lè Wayòm Milene a vini. Konnen ke pawòl Bondye pale jodia se tout sa yo ki pou rann moun pafè; Pawòl ke Bondye pale pandan etap sa vize pou repon a bezwen moun yo, pa pou pèmèt ou konnen mistè oswa pou wè mirak Bondye. Lè lap pale pa pliziè fason se pou reponn a bezwen moun yo. Tan Milene a poko rive—tan Wayòm Milene a ke y ap pale a se jou glwa Bondye. Apre travay Jezi nan peyi Jide te fi-n fèt, Bondye transfere travay Li nan peyi Lachin Kontinantal e kreye yon lòt plan. Lap fè yon lòt pati travay Li nan ou menm, Lap fè travay pou rann moun pafè pa la pawòl, e li sèvi ak la pawòl pou fè moun soufri anpil osi byen ke jwen anpil nan favè Bondye. Etap travay sa pral kreye yon gwoup moun ki gen viktwa, e apre li fi-n fè gwoup moun ki gen viktwa sa yo, yo pral kapab temwaye zèv Li, yo pral kapab viv reyalite a, e yo pral satisfè Li tout bon vre e pral rete fidèl a Li jouk yo mouri, e se nan fason sa Bondye pral glorifye. Lè Bondye glorifye—sa vle di lè Li rann gwoup moun sa yo pafè—ce pral tan Wayòm Milene a.

Jezi te sou tè a pandan trant twa ane edmi, Li te vi-n fè travay krisifiksyon an, e atravè krisifiksyon an, Bondye jwen yon moso nan glwa Li. Lè Bondye te vini nan lachè, Li te kapab enb ak kache, e kapab andire anpil soufrans. Malgre li te Bondye li menm, li te kanmenm andire tout imilyasyon ak tout vye bagay, e li te andire gwo doulè nan klouwe sou lakwa pou konplete travay redanmsyon an. Apre etap travay sa te fini, malgre ke moun yo te wè Bondye te jwen yon gwo glwa, se pat tout glwa Li sa, se te selman yon pati nan glwa Li, ke Li te jwen nan men Jezi. Malgre Jezi te kapab andire tout difikilte, rete enb ak kache, krisifye pou Bondye, Bondye jwen selman yon moso nan glwa Li, e Li te jwen glwa Li nan peyi Izrayel. Bondye gen ankò yon lòt pati glwa Li: vini sou latè pou pratikman travay e rann yon gwoup moun pafè. Pandan etap travay Jezi a, Li te fè de bagay sinatirèl, men étap travay sa pat an okenn fason selman pou akonpli siy ak mèvey. Se te anvan tout bagay pou montre ke Jezi te kapab soufri e krisifye pou Bondye, ke Jezi te kapab soufri gwo soufrans paske-l te renmen Bondye e ke, malgre Bondye te abandone-l, li te toujou pre pou safrifye lavi Li pou volonte Bondye. Apre Bondye te fin akonpli travay Li nan peyi Izrayèl e Jezi te klouwe sou lakwa, Bondye te glorifye, e Bondye te pote temwayaj devan Satan. Ou pa ni konnen ni te wè koman Bondye vi-n tounen lachè nan peyi Lachin, alòs koman pou ta fè wè ke Bondye te glorifye? Lè Bondye ap fè anpil travay nan ou menm pou-l genyen-w, e ou rete fèm, konsa etap travay Bondye sa reyisi, e li fè pati glwa Bondye. Ou wè sa selman, e Bondye poko rann ou pafè, ou poko bay Bondye tout kè ou an entye. Ou poko fi-n wè glwa sa antyèman; ou wè selman ke Bondye gentan jwen kè-w, ke ou paka janm kité-l, e ke w ap swiv Bondye jis nan bout e kè-w pa pral change, e sa se glwa Bondye. Nan kisa ou wè glwa Bondye? Nan efè travay Li fè sou moun. Moun yo wè Bondye telman bèl, yo gen Bondye nan kè yo, e yo pa soti pou kite-L, e sa se glwa Bondye. Lè fòs frè ak sè nan legliz yo leve, e yo ka renmen Bondye ak kè yo, wè pouvwa siprèm travay ke Bondye fè, pouvwa san parèy pawòl Li yo, lè yo wè pawòl Li yo gen otorite e ke Li ka antrepran travay Li nan vil fontòm peyi Lachin Kontinantal la, menm lè moun yo fèb kè yo enkline devan Bondye e yo pre pou asepte pawòl Bondye, e menm lè yo fèb e pa merite sa, yo kapab wè ke pawòl Bondye yo telman adorab e telman merite ke yo renmen yo, e sa se glwa Bondye. Lè jou a rive kote Bondye pral rann moun yo pafè, e pral kapab abandone tèt yo devan Li, e kapab obeyi Bondye nèt, e kite pwojè yo ak sò yo nan men Bondye, alòs dezyèm moso glwa Bondye a pral reyalize nèt. Ki vle di, lè travay Bondye pratik la fini konplètman, travay Li nan peyi Lachin Kontinantal la pral pran fen. Pou di bagay yo yon lòt jan, lè moun Bondye te gentan destine ak chwazi yo, yo fè yo vi-n pafè, Bondye pral glorifye. Bondye di li pote dezyèm moso glwa Li a nan Lès, men je poukont li paka wè sa a. Bondye pote travay Li nan Lès: Li vini déjà nan Lès, e sa se glwa Bondye. Jodia, byen ke travay Li poko fini, paske Bondye deside travay, Li gen pou-l fini kanmenm. Bondye deside L ap fini travay sa nan peyi Lachin, e Li pran rezolisyon pou-L fè-w vi-n konplè. Konsa, Li pa ba-w okenn wout pou soti—Li gentan pran kè nou yo, e ou dwe kontinye ke-w vle-l ke-w pa vle-l, e lè Bondye pran-w, Bondye glorifye. Jodia, Bondye poko fi-n glorifye nèt, paske yo poko fin rann ou pafè. Malgre kè-w retounen al jwen Bondye, genyen toujou anpil feblès nan lachè-w, ou pa kapab satisfè Bondye, ou pa kapab pran konsyans volonte Bondye, e ou genyen toujou nan ou anpil bagay negatif ke-w dwe debarase tèt ou e ou dwe sibi ankò anpil esè ak ajisteman. Se selman konsa dispozisyon lavi-w kapab chanje e pou Bondye ka pran-w.

Avan:  Sèlman Lè Ou Renmen Bondye Ou Vrèman Kwè nan Bondye

Pwochen:  Se Sèlman Moun Ki Konnen Bondye Ki Ka Bay Temwayaj pou Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger