Se Sèlman Moun Ki Konnen Bondye Ki Ka Bay Temwayaj pou Bondye
Se yon lwa ki soti nan syèl la ak yon prensip ki sou tè a pou kwè nan Bondye e konnen Bondye, epi jodi a—nan yon epòk kote Bondye ki tounen moun nan ap fè travay Li an pèsòn—se yon bon moman espesyal pou konnen Bondye. Satisfè Bondye se yon bagay ki reyalize nan bati sou fondasyon konpreyansyon volonte Bondye, epi pou konprann volonte Bondye, li nesesè pou konnen kèk bagay sou Bondye. Konesans sa a sou Bondye se vizyon yon moun ki kwè nan Bondye dwe genyen; se baz kwayans lòm nan Bondye. Lè konesans sa a absan, kwayans lòm nan Bondye ap egziste nan yon eta ki vag, nan mitan yon teyori ki vid. Menm si se desizyon moun sa yo pou yo swiv Bondye, yo pa benefisye ansyen. Tout moun ki pa benefisye anyen nan kouran sa a se yo ki pral elimine—yo tout se parazit. Kèlkeswa etap eksperyans ou rive nan travay Bondye, ou dwe mache ak yon vizyon ki puisan. Si se pa sa, li ap difisil pou ou aksepte chak etap ki gen nouvo travay, paske nouvo travay Bondye a depase kapasite imajinasyon lòm, epi li depase limit konsepsyon li. Se poutèt sa, si yon nonm pa gen bèje k ap mennen l, si li pa gen yon bèje k ap patisipe ak li nan vizyon yo, nonm sa pa p kapab aksepte nouvo travay sa a. Si yon nonm pa ka resevwa vizyon, ebyen li pa ka resevwa nouvo travay Bondye a, epi si lòm pa ka obeyi nouvo travay Bondye a, ebyen lòm pa p kapab konprann volonte Bondye, epi konsa konesans li sou Bondye ap redwi a anyen. Avan pou lòm akonpli pawòl Bondye a, li dwe konnen pawòl Bondye a; sa vle di, li dwe konprann volonte Bondye. Se sèlman konsa pawòl Bondye ap kapab akonpli kòrèkteman epi annakò ak volonte Bondye. Sa se yon bagay tout moun k ap chèche verite a dwe posede, epitou se yon pwosesis tout moun ki ap eseye konnen Bondye dwe pase ladan. Pwosesis pou vin konnen pawòl Bondye se pwosesis pou vin konnen Bondye ak travay Bondye a. Se poutèt sa, gen vizyon pa sèlman vle di konnen nati moun Bondye ki vin nan lachè a, men tou li gen ladan konnen pawòl ak travay Bondye. Nan pawòl Bondye moun vin konprann volonte Bondye, epi nan travay Bondye a yo vin konnen dispozisyon Bondye ak sa Bondye ye. Kwayans nan Bondye se premye etap pou konnen Bondye. Pwosesis pou avanse soti nan premye kwayans sa a nan Bondye pou rive nan kwayans ki pi pwofon an nan Li se pwosesis pou vin konnen Bondye, se pwosesis pou fè eksperyans travay Bondye a. Si ou sèlman kwè nan Bondye pou kwè nan Bondye, e pa pou w vin konnen Li, ebyen pa gen ankenn reyalite nan lafwa w la, epi lafwa w la pa ka vin pwòp nèt—pa gen pyès dout nan sa. Si pandan pwosesis kote lòm ap fè eksperyans ak travay Bondye, li vin konn Bondye gradyèlman, ebyen dispozisyon li ap chanje gradyèlman, epi kwayans li a ap vin pi vrè toujou. Konsa, lè lòm reyisi nan kwayans li nan Bondye, li genyen Bondye nèt. Rezon ki fè Bondye te fè tout wout sa a pou Li tounen moun pou yon dezyèm fwa pou L’ ka fè travay an pèsòn, se pou lòm te ka konnen Li epi wè Li. Konnen Bondye se dènye rezilta pou yo atenn lè travay Bondye a fini; sa se dènye egzijans Bondye fè limanite. Rezon ki fèLi fè sa se akòz dènye temwayaj Li a; Li fè travay sa a pou lòm ka finalman retounen vin jwenn li nèt. Lóm ka vin renmen Bondye sèlman lè li konnen Bondye, e pou li renmen Bondye li dwe konnen Bondye. Kèlkeswa jan li chèche, oubyen sa li chèche genyen, li dwe kapab rive konnen Bondye. Se sèl fason sa a lòm ka satisfè kè Bondye. Se sèlman lè li konnen Bondye ke lòm ka gen yon lafwa tout bon nan Bondye, epi se sèlman lè li konnen Bondye li kapab vrèman respekte epi obeyi Bondye. Sila yo ki pa konnen Bondye pa p janm ka rive nan yon obeyisans ak yon respè tout bon pou Bondye. Konnen Bondye gen ladan konnen dispozisyon Li, konprann volonte Li, epi konnen kiyès Li ye. Epoutan kèlkeswa aspè yon moun rive konnen, yo chak mande pou lòm peye yon pri epi sa mande volonte pou obeyi, san sa pa gen moun k ap kapab kontinye suiv jouk sa kaba. Travay Bondye twò depaman ak konsepsyon lòm. Dispozisyon Bondye ak sa Bondye ye twò difisil pou lòm konnen, epi tout bagay Bondye di e fè, twò difisil pou lòm rive konprann yo: si lòm vle suiv Bondye epi li pa vle obeyi Li, ebyen lòm pa p benefisye anyen. Depi kreyasyon mond lan jouk jodi a, Bondye fè anpil travay lòm pa ka konprann epi lòm twouve ki difisil pou aksepte, epi Bondye te di anpil bagay ki rann konsepsyon lòm difisil pou geri. Men Li pa t janm sispann travay Li poutèt lòm gen twòp difikilte; okontrè Li te kontinye travay epi pale, e menm si gen yon bann vanyan “gèrye” ki tonbe sou wout la, Li kontinye ap fè travay Li, epi Li kontinye san rete pou chwazi yon gwoup moun apre yon lòt ki vle soumèt yo anba nouvo travay Li. Li pa gen ankenn pitye pou “ewo” sa yo ki tonbe, men pito li bay anpil valè ak sila yo ki aksepte nouvo travay ak nouvo pawòl Li yo. Men ak ki objektif Li travay nan fason sa a, etap pa etap? Poukisa Li toujou ap elimine kèk moun epi chwazi lòt moun? Poukisa Li toujou sèvi ak yon metòd konsa? Objektif travay Li se pèmèt lòm konnen Li, epi konsa pou Li ka genyen lòm. Prensip travay Li se travay nan sila yo ki kapab soumèt nan travay L ap fè jodi a, men se pa pou L travay nan sila yo ki soumèt nan travay Li te fè nan tan ki pase pandan y ap kenbe tèt ak travay L ap fè jodi a. Se la nou jwenn rezon ki fè Li te kontinye ap elimine tout bann moun sa yo.
Rezilta leson ou aprann pandan w ap vin konnen Bondye pa kapab reyalize nan youn oubyen de jou: lòm dwe anpile eksperyans, sibi soufrans, epi rive soumèt li tout bon. Avan tout bagay, kòmanse ak travay epi pawòl Bondye yo. Li nesesè pou w konprann sa ki anndan konesans Bondye, kòman pou w genyen konesans sa a, epi kòman pou w wè Bondye nan eksperyans ou yo. Se sa tout moun dwe fè lè yon gen pou yo konnen Bondye. Pèsòn pa kapab kapte travay ak pawòl Bondye yo yon sèl kou, epi pèsòn pa kapab rive konnen Bondye nèt nan yon ti bout tan. Gen yon pwosesis esperyans ki nesesè, san li menm pèsòn pa p kapab konnen Bondye oubyen swiv Li ak senserite. Plis Bondye fè travay, se plis moun konnen Li. Plis travay Bondye depaman ak konsepsyon lòm, se plis konesans lòm gen sou Bondye vin pi nèf epi pi fon. Si travay Bondye a te dwe rete fiks tout tan san chanje, ebyen pa t ap genyen anpil bagay lòm t ap konnen sou Li. Ant tan kreyasyon an e kounye a, sa Bondye te fè sou Tan Lalwa a, sa Li te fè sou Tan Lagras la, ak sa Li fè sou Tan Wayòm nan, vizyon sa yo dwe klè kou dlo kokoye pou nou. Nou dwe konnen travay Bondye. Se sèlman lè li te fin suiv Jezi ke Pyè te kòmanse ap konnen gradyèlman kantite travay Lespri a te fè nan Jezi. Li te di, “chita sou eksperyans moun sèlman pa sifi pou nou rive nan yon konesans konplè; dwe genyen anpil nouvo bagay ki soti nan travay Bondye a pou ede nou konnen Li.” Nan kòmansman an, Pyè te kwè Jezi se te yon moun Bondye voye, tankou yon apòt, epi li pa t wè Jezi kòm Kris la. Nan epòk sa a, lè li te kòmanse suiv Jezi, Jezi te mande li, “Simon pitit Jonas la, èske w vle suiv Mwen?” Pyè te di, “Mwen dwe suiv sila a Papa ki nan syèl voye a. Mwen dwe rekonèt sila a Sentespri a chwazi a. M ap suiv ou.” Nan pawòl sa yo nou ka wè Pyè senpman pa t gen ankenn konesans sou Jezi; li te fè eksperyans ak pawòl Bondye yo, li te egzamine pwòp tèt li, epi li te soufri eprèv pou Bondye, men li pa t gen ankenn konesans sou travay Bondye a. Apre yon tan eksperyans, Pyè obsève nan Jezi anpil nan zèv Bondye yo, li wè jan Bondye bèl, epi li wè anpil nan sa Bondye ye parèt nan Jezi. Li wè tou pawòl Jezi te pale yo pa t ka soti nan lòm, epi travay Jezi te fè a lòm pa t ap ka fè l. Nan pawòl ak aksyon Jezi yo, pi devan, Pyè te wè anpil nan sajès Bondye, epi anpil travay ki soti nan nati Bondye. Pandan eksperyans li yo, li pa t senpman rive konnen tèt li, men tou li pote bonjan atansyon sou tout aksyon Jezi yo, se la li dekouvri anpil bagay nouvo, pou n pi egzat, te gen anpil nan kalite Bondye pratik la nan travay Bondye te fè ak Jezi, epi Jezi te diferan ak yon nonm nòmal nan pawòl Li te pale yo ak aksyon Li te fè, tankou nan fason Li te pran swen legliz yo ak travay li te egzekite. Konsa, Pyè te aprann nan men Jezi anpil leson li te sipoze aprann, epi rive lè yo ta pral kloure Jezi sou kwa a, li te genyen yon bon kantite konesans sou Jezi—konesans ki lakòz li rete fidèl ak Jezi pandan tout lavi li jiskaske yo te kloure l tèt anba, li te pran soufrans sa a poutèt Seyè a. Menm si te gen kèk move konsepsyon ki t ap mennen l e li pa t gen yon konesans klè sou Jezi o kòmansman, se paske bagay sa yo fè pati yon nonm ki kowonpi. Pandan lè Jezi te prèske rive pou L ale, Li te di Pyè lè krisifiksyon Li a se te travay Li Li te vin fè: sa te nesesè pou moun epòk la te abandone Li, epi pou moun ansyen epòk pouri sa a te kloure L sou kwa a; Li te vini pou konplete travay redanmsyon an, epi, lè Li fin konplete travay sa a, ministè Li rive nan bout li. Lè Pyè tande sa, li te chaje ak lapenn, e li te vin pi atache ak Jezi toujou. Lè yo te kloure Jezi sou kwa a, Pyè te kriye rèd an kachèt. Avan sa, li te mande Jezi, “Seyè mwen! Ou di yo pral kloure w sou yon kwa. Apre w fin ale, kilè n ap wè w ankò?” Eske pa t gen ankenn eleman degrenngòch nan pawòl li te pale yo? Eske pa t gen ankenn move konsepsyon melanje ak yo? Nan kè li, li te konnen Jezi te dwe vini pou konplete yon pati nan travay Bondye a, epi apre Jezi te ale, Lespri a t ap avèk li; menm lè yo ta pral kloure Li sou kwa epi Li ta pral monte nan syèl, malgre sa Lespri Bondye a t ap avèk Li. Nan epòk sa a, Pyè te gen kèk konesans sou Jezi: Li te konnen se Lespri Bondye ki te voye Jezi, Lespri Bondye te nan Li, epi Jezi te Bondye Li menm, epi se Li ki te Kris la. Epoutan se te akoz lanmou li pou Jezi, epi akoz feblès li kòm moun, Pyè te pale pawòl sa yo. Si nan chak etap travay Bondye a, yon moun ka obsève epi eksperimante ak anpil prekosyon, ebyen moun sa a ap kapab dekouvri piti piti jan Bondye bèl. Epi kisa Paul te pran pou vizyon li? Lè Jezi te parèt devan l, Pòl te di, “Ki moun Ou ye, Seyè?” Jezi di: “Mwen se Jezi, sila w ap pèsekite a.” Sa se te vizyon Pòl la. Pyè te pran kòm vizyon pa l rezireksyon Jezi a, lè li te parèt pandan 40 jou, epi ansèyman Jezi pandan lavi Li, jiskaske li fini vwayaj li.
Lòm fè eksperyans travay Bondye a, li vin konnen tèt li, li debarase tèt li anba pwòp dispozisyon kowonpi li a, epi chèche grandi nan lavi a, tou sa pou li ka konnen Bondye. Si ou chèche konnen tèt ou epi korije pwòp dispozisyon kowonpi ou genyen, men ou pa gen ankenn konesans sou travay Bondye fè nan lòm, sou jan Sali a gran, oubyen sou kòman ou eksperimante travay Bondye a epi temwaye sou zèv Li yo, ebyen eksperyans ou a se bagay egare. Si ou panse lavi yon moun rive nan matirite, jis paske li kapab mete verite a an pratik epi kenbe fèm, sa vle di ou poko konprann sans lavi a oubyen objektif Bondye pou pèfeksyone lòm. Gen de lè ou ale nan legliz relijye yo, nan mitan mamb ki fè pati Legliz Repantans lan oubyen Legliz Lavi a, w ap fwote ak moun ki konsakre, ki gen “vizyon” nan lapriyè yo epi ki, pandan y ap chèche lavi a, yo santi gen pawòl ki touche epi gide yo. Anplis de sa, yo kapab nan anpil bagay sipòte epi abandone tèt yo, epi pa kite lachè mennen yo. Nan moman sa, ou pa p kapab fè diferans lan: W ap kwè tout sa yo fè se byen, ke se konsa lavi a ye nòmalman, epi se byen domaj non yo kwè nan li a se li ki pa bon. Eske sa yo se pa konsepsyon moun sòt? Poukisa yo di gen anpil moun ki pa gen lavi a? Paske yo pa konnen Bondye, epi konsa gen yon pawòl ki di yo pa gen pyès Bondye nan kè yo, epi yo pa gen lavi. Si kwayans ou nan Bondye rive nan yon pwen kote ou kapab konnen zèv Bondye yo nèt, reyalite Bondye, ak chak etap nan travay Bondye, ebyen ou se moun verite a. Si ou pa konnen travay ak dispozisyon Bondye, ebyen gen yon bagay ki manke nan eksperyans ou toujou. Fason Jezi te egzekite etap sa a nan travay Li, fason etap sa a ap egzekite, fason Bondye te fè travay Li nan Tan Lagras la epi ki travay ki te fèt, ki travay k ap fèt nan etap sa a—si ou pa gen yon konesans konplè sou bagay sa yo, ebyen ou p ap janm santi w asire epi w ap toujou santi w manke sekirite. Si, aprè yon peryòd eksperyans, ou kapab konnen travay Bondye fè ak chak etap nan travay Li, epi si ou vin genyen yon konesans konplè sou objektif Bondye lè Li pwononse pawòl Li yo, epi poukisa pakèt bann pawòl Li te di yo pa fèt, ebyen ou mèt kontinye avanse nan wout la avèk asirans epi san pè anyen, san enkyetid e san konplèks. Nou ta dwe gade pa ki mwayen Bondye akonpli travay Li. Li sèvi ak pawòl Li pale yo pou l amelyore lòm epi transfòme nosyon li yo pa mwayen divès kalite pawòl. Tout soufrans nou te pase yo, tout amelyorasyon nou te sibi yo, sa nou te aksepte viv anndan nou, eksperyans resevwa limyè nou te fè a—tout bagay sa yo te fèt pa mwayen pawòl Bondye pwononse yo. Pou ki rezon lòm suiv Bondye? Li suiv Li akoz pawòl Bondye yo! Pawòl Bondye yo se mistè ki pwofon, epitou yo ka touche kè lòm, revele bagay ki antere byen fon ladann, fè li konnen bagay ki te pase deja, epi pèmèt li antre nan sa ki gen pou vini. Se konsa lòm sipòte soufrans akoz pawòl Bondye yo, epi tou li vin pafè akoz pawòl Bondye yo: se sèlman lè sa a lòm suiv Bondye. Sa lòm dwe fè nan etap sa a se aksepte pawòl Bondye yo, epi kelkeswa li vin pafè oubyen li bezwen amelyore, pawòl Bondye yo se kle a. Sa se travay Bondye, epi tou se vizyon lòm dwe konnen jodi a.
Kòman Bondye rann yon moun pafè? Kisa ki dispozisyon Bondye? Kisa ki anndan dispozisyon Li? Pou rann tout bagay sa yo klè, yo rele sa fè konnen non Bondye, yo rele sa pote temwayaj pou Bondye, epi yo rele sa egzalte Bondye. Sou baz fondasyon konesans Bondye, lòm gen pou li fini pa jwenn transfòmasyon nan dispozisyon lavi li. Plis lòm fè esperyans epi amelyore, se plis li vin pi fò; plis travay Bondye gen etap, se plis lòm ap vin pafè. Jodi a, nan eksperyans lòm, chak grenn etap travay Bondye se yon gwo kou pou move konsepsyon li yo, e tout sa yo depase intèlijans lòm e andeyò atant li yo. Bondye pale pawòl Li yo nan moman feblès ou yo; se sèlman nan fason sa a Li ka pote pwovizyon pou lavi w. Lè Li atake nosyon w yo, Li fè w aksepte fason Bondye fonsyone; se sèl fason sa a ou kapab debarase tèt ou anba koripsyon ou. Jodi a, Bondye ki fèt nan lachè a, travay selon nati Bondye Li yon fason, men nan yon lòt fason Li travay selon eta nòmal li kòm lòm. Lè ou sispann kapab nye kèlkeswa travay Bondye, lè ou kapab soumèt ou anba kenpòt sa Bondye di oswa fè nan eta nòmal moun Li an, lè ou kapab soumèt ou e konprann kèlkeswa jan Li manifeste nan eta nòmal Li, epi lè ou fin genyen bon jan eksperyans, se sèlman lè sa w ap kapab sèten Bondye bon vre, se sèlman lè sa a w ap sispann pwodui move konsepsyon, epi se sèlman lè sa a w ap kapab suiv Li jouk sa kaba. Genyen sajès nan travay Bondye, epi Li konnen kòman lòm ka kanpe fèm pou temwaye pou Li. Li konnen ki kote pi gwo feblès lòm ye, epi pawòl Li pale yo kapab frape w nan pi gwo feblès ou, men tou Li sèvi ak gran pawòl saj Li yo pou fè w kanpe fèm pou temwaye pou Li. Se konsa zèv mirak Bondye yo ye. Travay Bondye fè se bagay entelijans lòm pa ka imajine. Ki kalite koripsyon k ap domine lòm ki nan lachè, epi kisa ki anndan esans lòm—tout bagay sa yo revele atravè jijman Bondye a, sa fè lòm pa gen ankenn kote pou l al kache pou wonte li a.
Bondye fè travay jiman ak chatiman an pou lòm ka gen konesans sou Li, epi poutèt temwayaj Li. Si li pa t jije dispozisyon kowonpi lòm, lòm pa t ap kapab rive konnen dispozisyon pa Li ki dwat, ki pa tolere ankenn ofans, epi nonplis lòm pa t ap kapab chanje ansyen konesans li te gen sou Bondye pou yon lòt tou nèf. Poutèt temwayaj Li, epi poutèt jan Li fonksyone, Li rann tout Li menm piblik, sa ki rann lòm kapab, atravè jan Li parèt an piblik, rive konnen Bondye, jwenn transfòmasyon nan dispozisyon li, temwaye pou Bondye angranjan. Dispozisyon lòm rive transfòme pa mwayen anpil kalite travay diferan Bondye reyalize; san chanjman sa yo nan dispozisyon li, lòm pa t ap kapab pote temwayaj pou Bondye, nonplis pou l ta vin selon kè Bondye. Transfòmasyon nan dispozisyon lòm vle di lòm libere tèt li anba esklavaj Satan epi anba enfliyans fènwa, epi li vin tounen yon modèl tout bon ak yon echantiyon pou travay Bondye, yon temwen pou Bondye, epi yon moun ki selon kè Bondye. Jodi a, Bondye ki tounen moun nan vini pou L fè travay Li sou latè, epi Li egzije pou lòm rive konnen Li, pou yo obeyi L, pou yo sèvi L temwen, pou yo konnen travay nòmal ak pratik Li, pou yo obeyi tout pawòl Li yo ak travay ki pa ann akò ak vye konsepsyon lòm, epi pou yo bay temwayaj sou tout travay Li fè pou sove lòm, menm jan ak tout zèv Li fè pou l genyen lòm. Sila yo ki bay temwayaj pou Bondye dwe genyen konesans Bondye; se sèlman kalite temwayaj sa a ki egzat epi reyèl epi se sèl kalite temwayaj sa a ki ka fè Satan wont. Bondye itilize sila yo ki vin konnen Li paske yo fè fas ak jijman ak chatiman Li, fason li ak jan li netwaye yo, pou yo ka pote temwayaj pou Li. Li sèvi ak sila yo Satan te kowonpi pou pote temwayaj pou Li, epitou li sèvi ak sila yo ki gen dispozisyon yo chanje, epi akoz de sa ki genyen benedisyon Li, pou yo pote temwayaj pou Li. Li pa bezwen moun k ap ba li lwanj nan bouch, ni Li pa bezwen lwanj ak temwayaj sila yo ki se moun Satan, moun li pa t janm sove. Se sèlman sila yo ki konnen Bondye ki kalifye pou pote temwayaj pou Li, epi se sèlman sila yo ki transfòme nan dispozisyon yo ki kalifye pou pote temwayaj pou Li. Bondye p ap pèmèt lòm fè eksprè lage wonte sou non Li.