Pwomès pou Sila yo Ki Byen Devlope
Pa ki chemen Bondye pase pou l pèfeksyone lòm? Ki aspè li gen ladan l? Èske w vle Bondye devlope w nèt? Eske w vle aksepte jijman Li epi pinisyon li? Kisa ou konnen sou kesyon sa yo? Si ou pa gen okenn konesans pou w pale sou sa, ebyen, sa se yon prèv ou poko konnen travay Bondye, ou poko resevwa limyè Sentespri a ditou. Li enposib pou kalite moun konsa byen develope. Se yon ti kras gras sèlman yo jwenn pou yo jwi pou yon ti moman, epi li pa p dire lontan. Moun pa ka byen devlope nan men Bondye si se gras Li sèlman y ap jwi. Genyen ki satisfè lè lachè yo jwenn lapè ak jwisans, lè lavi yo fasil epi san pwoblèm oubyen malè, lè tout fanmi yo ap viv ann amoni, san dezakò oubyen konfli—e yo ka menm kwè sa se benediksyon Bondye. An verite, se sèlman gras Bondye. Nou pa dwe satisfè ak sèlman jwi gras Bondye. Yon panse konsa pa kanpe sou anyen menm. Menm si ou li pawòl Bondye yo chak jou, epi ou priye chak jou, epi lespri ou santi yon gran jwisans epi yon lapè espesyal, si alafen ou pa gen anyen pou w di sou konesans ou genyen sou Bondye ak travay Li, epi ou pa fè okenn eksperyans, epi kèlkeswa kantite ou manje ak bwè nan pawòl Bondye a, si se sèlman lapè ak jwisans espirityèl ou santi, ak jan pawòl Bondye a dous epi san parèy, kòmsi ou pa ka janm jwi li ase, men ou pa gen okenn eksperyans pratik ditou ak pawòl Bondye yo epi ou dekonekte nèt ak reyalite pawòl Li yo, ebyen kisa ou ka benefisye nan yon kalite lafwa konsa nan Bondye? Si ou pa kapab viv esans pawòl Bondye yo, ebyen lè w ap manje ak bwè pawòl sa yo epi priyè w yo se sèlman kwayans relijye yo ye. Moun konsa pa ka byen devlope nan men Bondye e Bondye pa ka genyen yo. Moun Bondye genyen se sila yo k ap pouswiv verite a. Sa Bondye benefisye se pa lachè lòm, ni bagay ki pou lòm, men se pati ki anndan l lan ki pou Bondye a. Konsa, lè Bondye byen devlope moun, se pa lachè a Li devlope, men kè yo, sa pèmèt Bondye kapab genyen kè yo; sa vle di, lè Bondye ap devlope lòm, an reyalite, Bondye ap devlope kè lòm pou kè li kapab tounen vin jwenn Bondye pou li ka renmen Li.
Lachè lóm pa la pou lontan. Sa pa p sèvi Bondye anyen pou l genyen lachè lòm, paske lachè lòm se yon bagay ki gen pou pouri kan menm e li pa ka resevwa eritaj Bondye a oubyen benediksyon Li yo. Si Li ta genyen lachè lòm, epi se sèl lachè lòm ki ta anndan wonn nan, ebyen menm si non lòm t ap site anndan wonn nan, kè li se pou Satan li t ap ye. Si se ta konsa, non sèlman Bondye pa t ap kapab manifeste nan moun yo, men yo t ap tounen fado pou Li, e lè Bondye chwazi moun sa pa t ap gen okenn enpòtans. Sila yo Bondye gen entansyon fin devlope nèt, yo tout ap resevwa benediksyon Li yo ak eritaj Li a. Sa vle di, yo mete anndan yo sa Bondye genyen ak sa L ye pou li tounen sa yo genyen anndan yo; yo genyen tout pawòl Bondye yo ki byen fòme anndan yo; tout sa Bondye ye, nou kapab pran tout nan nou egzakteman jan l ye a, epi konsa viv verite a. Se kalite moun sa a Bondye devlope nèt epi Bondye genyen. Se sèlman yon moun konsa ki ranpli kondisyon pou resevwa benediksyon Bondye bay yo.
1. Li resevwa tout lanmou Bondye a
2. Li aji selon volonte Bondye nan tout bagay.
3. Li resevwa direksyon nan men Bondye, l ap viv nan limyè Bondye a, epi li resevwa bon konprann Bondye a.
4. Li viv sou tè a kalite lavi Bondye renmen an; li renmen Bondye tout bon menm jan Pyè te fè l, li te dakò yo krisifye l pou Bondye e li te aksepte mouri kòm rekonpans pou lanmou Bondye a; li genyen menm glwa ak Pyè.
5. Li resevwa lanmou, respè, ak admirasyon nan men tout moun sou tè a.
6. Li domine sou tout aspè nan esklavaj lanmò ak lanfè, li pa bay Satan okenn okazyon pou l fè travay li, se Bondye ki posede li, l ap viv ak yon lespri frèch e vivan, epi li pa santi li fatige.
7. Li gen yon santiman li pa ka eksprime ki rann li ozanj ak anpil kè kontan pandan tout vi li, tankou moun ki wè jou laglwa Bondye a rive.
8. Li resevwa glwa ansanm ak Bondye epi li gen resanblans moun ki sen Bondye renmen yo.
9. Li tounen sila a Bondye renmen sou latè, ki vle di, yon pitit Bondye renmen.
10. L ap transfòme pandan l ap monte ak Bondye nan twazyèm syèl la epi l ap monte kite lachè a.
Se sèlman moun ki kapab eritye benediksyon Bondye yo Li fin devlope nèt epi se yo Bondye genyen. Eske w benefisye anyen nan moman an? Nan ki nivo Bondye pèfeksyone w? Bondye pa devlope moun pa aza; gen kondisyon pou Li devlope yon moun, sa genyen rezilta ki klè epi vizib. Se pa jan lòm imajine l la, kòmsi depi li gen lafwa nan Bondye, Bondye ka pèfeksyone li epi genyen li, epi li ka resevwa sou latè benediksyon ak eritaj Bondye a. Bagay sa yo difisil depase—nou pa bezwen menm pale sou lè moun gen pou chanje fòm. Nan moman sa a, sa nou ta dwe chèche pi plis se pou Bondye devlope nou nèt nan tout bagay, epi pou Bondye devlope nou nèt nan sèvi ak tout moun, tout domèn, epi tout bagay nou fè fas ak yo, pou sa Bondye ye kapab pran plis rasin nan nou. Avan sa nou bezwen resevwa eritaj Bondye a sou latè; se sèlman lè sa a n ap vin ranpli kondisyon pou nou eritye plis ak pi gwo benediksyon nan men Bondye. Tout bagay sa yo se bagay nou ta dwe chèche, epi nou ta dwe konprann avan tout bagay. Plis ou chèche pou Bondye byen devlope w nan tout bagay, se plis w ap kapab wè men Bondye nan tout bagay, e kòm rezilta w ap kapab, nan plizyè fason ak nan plizyè domèn, chèche ak tout fòs antre nan nannan pawòl Bondye a epi antre nan reyalite pawòl Bondye a. Ou pa dwe satisfè lè w rete nan yon eta pasif tankou senpman pa fè peche, oubyen pa gen okenn direksyon pou lavi w, oubyen pou w pa gen okenn volonte kòm moun. Bondye devlope lòm nan anpil fason; nan tout domèn gen posiblite pou yon moun devlope, e li ka devlope w pa sèlman nan bagay pozitif men tout nan bagay negatif, pou l ogmante sa ou genyen an pi plis toujou. Chak jou ki pase gen opòtinite pou w jwenn devlopman ak akazyon pou Bondye genyen ou. Apre ou fin fè eksperyans sa a pandan yon tan, ou gen pou w chanje anpil, epi byen fasil ou ap konprann anpil bagay ou te inyore avan. Ou pa p bezwen ansèyman nan men lòt yo; san w pa menm konnen, Bondye ap eklere w, pou w kapab resevwa bon konprann nan tout bagay epi antre nan tout eksperyans ou yo an detay. Se sèten Bondye ap gide w pou w pa vire agoch oubyen adwat, epi se konsa w ap mete pye nan chemen pou jwenn bon jan devlopman nan men L.
Jwenn bon jan devlopman nan men Bondye pa ka rete sèlman nan manje ak bwè pawòl Bondye a. Yon eksperyans konsa t ap gen twòp fòs kote, li pa t ap gen twò piti bagay anndan l, epi li t ap fèmen yon moun nan yon espas ki vrèman piti. Si se ta konsa, moun yo t ap manke anpil nan nouriti espirityèl yo bezwen. Si nou vle Bondye devlope nou, nou dwe aprann kòman pou nou fè eksperyans nan tout bagay, epi pou nou kapab genyen bon konprann nan tout sa ki rive nou. Ke l te byen ou mal, li t ap pote benefis pou ou, epi li pa ta dwe fè w vin negatif. Antouka, ou ta dwe kapab egzamine bagay yo sou bò pa Bondye a, e pa analize yo oubyen etidye selon jan lòm konprann yo (sa se t ap move kout gidon nan eksperyans ou a). Si w fè eksperyans lan konsa, ebyen kè w ap ranpli ak fado lavi w yo; ou gen pou viv tout tan nan limyè prezans Bondye, ou pa p prese devye nan sa w ap fè. Moun konsa genyen yon avni ki byen bèl devan yo. Gen tèlman opòtinite pou Bondye byen devlope yon moun. Tout bagay depann de si nou se moun ki renmen Bondye tout bon epi si nou gen detèminasyon pou Bondye devlope nou, pou Bondye genyen nou, epi pou nou resevwa benediksyon Li yo ak eritaj Li a. Detèminasyon pou kont li pa sifi; nou dwe gen anpil konesans, si se pa sa n ap toujou devye nan sa n ap fè yo. Bondye vle byen devlope chak grenn nan nou. Jan bagay la ye kounye a, menm si pi fò moun te deja aksepte travay Bondye a pandan yon tan byen long, yo sèlman rete ap pran lèz kò yo nan gras Bondye a, epi yo sèlman vle kite Bondye ba yo yon ti alèz nan lachè, epoutan yo pa vle resevwa ni pi plis, ni pi gwo revelasyon. Sa montre kè lòm toujou kontinye konsantre l sou sa ki deyò. Menm si travay lòm, sèvis li, ak renmen li gen nan kè l pou Bondye genyen mwens dechè, nan sa ki konsène sa li ye anndan li ak panse pou li fè bak, lòm toujou kontinye ap chèche san rete lapè ak jwisans lachè, e li pa enterese ditou sou jan kondisyon ak objektif Bondye pou devlope lòm yo ye. E se sa k fè, lavi pi fò moun kontinye san sans epi ap anfonse. Lavi yo pa chanje yon ti kras; yo senpman pa konsidere lafwa nan Bondye kòm yon bagay ki gen enpòtans, se kòmsi yo jis genyen lafwa pou fè lòt moun plezi, pandan y ap suiv kouran an ak ansyen pratik yo, y ap vire tounen nan yon egzistans san objektif. Pa gen anpil moun ki kapab chèche antre nan pawòl Bondye a nan tout bagay, pou yo ka genyen plis bagay k ap fè yo rich, pou yo tounen moun ki gen plis richès nan kay Bondye jodi a, epi resevwa plis nan benediksyon Bondye yo. Si w chèche pou Bondye byen devlope w nan tout bagay, epi ou kapab resevwa sa Bondye te pwomèt sou latè, si ou chèche pou Bondye eklere w nan tout bagay epi ou pa kite ane yo pase nan parès, se mèyè chemen ou ta dwe fòse antre ladann. Se sèlman konsa w ap vin merite epi ranpli kondisyon pou Bondye fin devlope w nèt. eske se tout bon ou se yon moun k ap chèche pou Bondye fin devlope w nèt? Eske se vre ou se yon moun ki serye nan tout bagay? Eske w genyen menm lespri lanmou pou Bondye Pyè te genyen an? Eske w gen volonte pou w renmen Bondye menm jan Jezi te fè l? Sa fè anpil ane ou gen lafwa nan Jezi; èske w te wè jan Jezi te renmen Bondye? Èske se nan Jezi vre ou kwè a? Ou kwè nan yon Bondye ki pratik jodi a; èske w wè kòman Bondye pratik nan lachè a renmen Bondye ki nan syèl la? Ou gen lafwa nan Seyè Jezi Kris; se paske Jezi ki te kloure sou kwa a pou rachte limanite ak mirak Li te fè yo se evènman moun aksepte an jeneral. Epoutan lafwa lòm pa soti nan konesans ni bon jan konpreyansyon sou Jezi Kris. Ou kwè sèlman nan non Jezi, men ou pa kwè nan Lespri Li a, paske ou pa bay okenn atasyon sou jan Jezi te renmen Bondye. Lafwa ou nan Bondye twò nayif. Malgre ou kwè nan Jezi depi anpil ane, ou pa konnen kòman pou w renmen Bondye. Eske sa pa fè ou tounen moun ki pi fou nan mond lan? Sa se prèv ki montre kòman pandan plizyè ane, ou te konn manje manje Seyè Jezi Kris la pou granmesi. Anplis mwen degoute moun sa yo, mwen panse Seyè Jezi Kris—moun w ap koube byen ba devan l lan—Li t ap degoute yo tou. Kòman moun konsa ka byen devlope? Eske w pa vin wouj tèlman w santi w jennen? Eske w pa santi w wont? Eske w toujou gen odas pou fè fas ak Seyè ou Jezi Kris? Eske nou tout konprann sans sa m sot di yo?