Nan lafwa ou nan Bondye ou dwe obeyi Bondye

Poukisa ou kwè nan Bondye? Pifò moun anbarase pa kesyon sa a. Yo toujou genyen de opinyon totalman diferan sou Bondye pratik la ak Bondye ki nan syel la, sa ki montre ke yo kwe nan Bondye pa pou yo obeyi Li, men pou yo resevwa sèten benefis, oswa chape anba soufrans ke dezas pote; selman nan le sa yo yo on ti jan obeyisan. Obeyisans yo kondisyonèl; se pou pwòp lavni pesonèl yo, se sa ki fòse yo fèl. Alòs, poukisa ou kwè nan Bondye? Si se sèlman pou sèvi enterè ou ka jwen ak sa ki ka rive nan lavi w, konsa li ta pi bon si ou pat kwè ditou. Yon kwayans konsa se twonpe pwòp tèt ou, met konfyans nan pwòt tèt ou ak admire pwòp tèt ou. Si lafwa ou pa chita sou fondasyon obeyisans a Bondye, konsa alafen wap jwen pinisyon paske w te opoze-w a Li. Tout moun ki pa chèche obeyisans a Bondye nan lafwa yo opoze yo a Li. Bondye mande ke lezòm chèche laverite, ke yo swaf pawòl Li, manje ak bwè pawòl Li e mete yo an pratik, konsa pou yo ka akonpli obeyisans a Bondye. Si sa yo se vre entansyon-w, le sa Bondye pral siman leve-w e Li ap siman ba-w favè li. Pa gen dout ni chanjman nan sa. Si entansyon-w se pou-w pa obeyi Bondye e ou gen lòt objektif, konsa tout sa wap di ak fè—lapriyè-w devan Bondye e menm tout sa-w fè-ap opoze ak Li. Ou kapab gen vwa dous ak bèl manyè, chak aksyon ou ak ekspresyon ou ka sanble yo bon, e ou ka sanble yon moun kap obeyi, men pou sa ki gen a wè avek entansyon ou ak opinyon ou sou lafwa nan Bondye, tout sa ou fè kont Bondye; tout sa-w fè se mal. Moun ki sanble yo obeyisan tankou mouton men gen nan kè yo move entansyon, yo se lou abiye an mouton. Yo direkteman ofanse Bondye e Bondye pap sove menm youn nan yo. Sentespri a ap fè konen yo chak e ap fè tout moun wè ke tout sila yo ki ipokrit yo Sentespri a, avek sètitid, pral rayi ak rejte yo. Pa enkyete: Bondye pral jije ak voyé jete chak grenn nan yo youn apre lòt.

Si ou pa kapab asepte nouvo limyè ki soti nan Bondye a, e pa kapab konpran tout sa Bondye ap fè jodia e ou pa chèche Li oswa ou gen dout sou li, fè jijman-w sou li, oswa egzamine li ak analize li, konsa ou pa gen okenn lide obeyi Bondye. Si le limye isit la ak kounye a parèt, ou toujou renmen limye ayè a e ou kanpe kont travay nouvo Bondye ap fè, konsa ou pa anyen ankò ke yon moun san la rezon—ou fè pati de sila ki chwazi espre pou kanpe kont Bondye. Kle pou obeyi Bondye se apresye nouvo limyè a, e fè tèt ou kapab asepté-l e méte-l an pratik. Sa pou kont li se bon jan obeyisans. Sa ki pa gen volonte desire Bondye yo pa kapab fè lide soumèt tèt yo ba Li, e yo selman ka kanpe kont Li kòm konsekans satisfaksyon yo genyen pou rete jan yo ye a. Nonm sa paka obeyi Bondye paske li posede pa sa kite genyen anvan yo. Bagay ki te genyen anvan yo bay moun tout kalite nosyon ak imajinasyon sou Bondye, e bagay sa yo tounen imaj ke yo gen nan tèt yo de Bondye. Konsa, sa yo kwe ladan yo se pwòp nosyon pa yo, ak estanda pwòp imaginasyon yo. Si-w mezire Bondye kap fè vre travay la jodia avek Bondye ki nan imajinasyon-w lan, konsa lafwa ou se nan Satan li soti e li tache ak pwòp preferans ou—Bondye pa vle mòd lafwa sa. Kelkeswa jan referans yo nòb e kelkeswa devouman yo—menm si yo konsakre tou yon vi ap fè efò pou zèv Li, e fè tèt yo mati—Bondye pa apwouve pèson ak yon lafwa konsa. Li senpleman fè yo yon ti favè e li pèmèt yo jwi li pandan yon tan. Moun konsa yo yo pa kapab pratike laverite. Lesentespri pa travay nan yo, e Bondye pral elimine yo chak youn apre lòt. Jèn kou granmoun menm jan, moun ki pa obeyi Bondye nan lafwa yo ak ki genyen move entansyon se yo menm ki opoze e kap kontrarye, e moun sa yo Bondye pral elimine yo san poze kesyon. Moun ki pa genyen menm yon ti gout obeyisans pou Bondye, ki senpleman rekonèt Non Li, e genyen yon sèten konpreansyon de bonte ak bote Bondye men ki pap mache nan wout Sentespri e ki pap obeyi travay ak pawòl ke Sentespri ap fè kounyea—moun sa yo ap viv nan mitan favè Bondye e Li pap ni pran yo ni fè yo vin pafè. Bondye fè moun vin pafè pa obeyisans yo, lè yo manje, bwè ak pran plezi nan pawòl Bondye ak pa soufrans ak amelyorasyon nan lavi yo. Se sèl yon lafwa konsa ki ka change dispozisyon yon moun e se sèl lè sa li ka vreman konen Bondye. Pa santi-w satisfè lè wap viv nan mitan favè Bondye, aktivman dezire e cheche laverite ak cheche pou Bondye pran-w se sa ki vle di obeyi ak konsyans a Bondye e se ekzakteman mòd lafwa sa yo ke Li vle. Moun ki pa fè anyen ke jwi favè Bondye pap kapab vin pafè ni chanje pa Li; e obeyisans yo, pyete, lanmou ak pasyans yo yo supefisyel nèt. Sa kap jwi favè Bondye sèlman paka vreman konen Bondye, e menm lè yo konen Li, konesans yo supèfisyel e yap di de bagay tankou “Bondye renmen Lezòm” oswa “Bondye pran lapenn pou lezòm.” Sa pa reprezante lavi lezòm e li pa montre ke moun yo vreman konen Bondye. Si lè pawòl Bondye ap amelyore yo oswa lè tribilasyon Li vin sou yo, moun yo pa kapab obeyi Bondye—si okontrè yo vin nan dout e yo chite—konsa yo pat gen yon ti gout obeyisans. Nan yo menm genyen anpil regleman ak restriksyon konsenan lafwa yo nan Bondye; ansyen eksperyans ki se rezilta anpil ane lafwa oswa diferan doktrin ki chita sou Bib la. Moun konsa te kapab obeyi Bondye? Moun sa yo plen ak bagay lezòm-Koman yo ta ka fè obeyi Bondye? Obeyisans yo se dapre preferans pèsonèl yo—Eske Bondye tap bezwen yon obeyisans konsa? Se pa obeyisans a Bondye men aderans a doktrin. Se satisfaksyon pèsonèl ak apezman pou pwòp tèt yo. Si ou di se obeyisans a Bondye, eske se pa palé Bondye mal wap fè? Ou se yon Farawon peyi Lejip. Wap fè mal e wap angaje tèt ou espre nan travay fè opozisyon a Bondye-Eske se konsa Bondye vle ou sèvi? Ou ta fè pi byen prese al repanti ak eseye pran konsyans tèt ou. Sinon, ou ta fè pi byen kanpe lwen; Sa tap fè-w plis byen ke ap deklare ou nan sèvis Bondye. Ou pa tap kontrarye ni deranje; ou tap konen plas ou e ou tap viv byen-eske sa pa tap pi bon? e yo pa tap pini-w pou opozisyon a Bondye!

Avan:  Yo Dwe Pirifye Sèvis Relijye A

Pwochen:  Pwomès pou Sila yo Ki Byen Devlope

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger