Restore Lavi Nòmal Lòm epi Mennen Li nan yon Destinasyon Mèveye
Lòm konprann sèlman yon ti kras nan travay jodi a ak travay fiti a, men li pa konprann destinasyon kote limanite pral antre a. Antan ke yon kreyati, lòm dwe akonpli devwa yon kreyati: Lòm dwe swiv Bondye nan kèlkeswa sa l ap fè; nou dwe swiv kèlkeswa machaswiv Mwen mande pou nou swiv la. Nou pa gen okenn mwayen pou nou jere anyen nan fason pa nou, epi nou pa gen okenn metriz sou tèt nou; tout bagay dwe rete anba òganizasyon Bondye, epi se nan men L tout bagay ye. Si travay Bondye a te founi lòm yon desten, yon destinasyon mèveye davans, epi si Bondye te sèvi avèk sa pou l atire lòm—si L te fè yon antant ak lòm—ebyen sa pa t ap yon konkèt ankò, ni li pa t ap yon travay nan lavi lòm ankò. Si Bondye t ap sèvi ak desten lòm pou L kontwole l epi genyen kè l, Li pa t ap pèfeksyone lòm nan fason sa, ni Li pa t ap kapab genyen lòm, men pito Li t ap sèlman itilize desten lòm pou L kontwole l. Lòm pa gen anyen ki domine l plis pase kijan lavi a ap fini, ki destinasyon final lavi l, epi si gen yon bon bagay pou l espere ou non. Si lòm ta jwenn yon bèl espwa pandan travay konkèt la, epi si, anvan konkèt lòm nan, yo ta ba li yon destinasyon konfòm pou l swiv, ebyen non sèlman konkèt lòm nan pa t ap atenn efè li, men efè travay konkèt la t ap retwouve l anba yon enfliyans. Sa vle di, travay konkèt la reyisi fè efè lè li elimine desten ak atant lòm, epi lè l jije ak pini karaktè rebèl lòm. Se pa yon bagay ki fèt nan yon akò ak lòm, ki vle di nan bay lòm benediksyon ak gras, men sa fèt pito nan retire “libète” lòm epi siprime atant li yo pou revele fidelite l. Sa a se esans travay konkèt la. Si lòm te jwenn yon bèl espwa depi okòmansman, epi travay chatiman ak jijman an te akonpli aprè, ebyen lòm t ap aksepte chatiman sa a ak jijman sa a sou baz atant li te genyen, epi finalman, obeyisans ak adorasyon san kondisyon tout kreyati anvè Kreyatè a pa t ap reyisi; t ap sèlman gen yon obeyisans avèg, inyoran, oubyen lòm t ap fè Bondye nenpòt ki demand avèg, epi li pa t ap posib pou fè konkèt kè lòm totalman. Konsa, li pa t ap posib pou yon travay konkèt konsa rive genyen lòm, oswa, plis toujou, bay temwayaj pou Bondye. Kreyati konsa pa t ap kapab akonpli devwa yo, epi yo t ap sèlman konsantre yo sou fè antant avèk Bondye; sa pa t ap yon konkèt, men li t ap mizèrikòd ak benediksyon. Pi gwo pwoblèm avèk lòm se paske li p ap panse sou anyen aprè desten li ak atant li yo, epi li idolatre bagay sa yo. Lòm ap chèche Bondye pou asire desten li ak atant li yo; li pa adore Bondye paske li renmen Bondye. Konsa, nan travay konkèt lòm nan, egoyis lòm, anbisyon li, epi tout bagay ki anpeche li adore Bondye, tout dwe trete epi elimine. Depi sa fèt konsa, konkèt lòm nan ap fè tout efè pou l fè yo. Konsa, nan premye etap konkèt lòm nan, genyen nesesite pou wete tout anbisyon sovaj ak tout feblès ki pi fatal pou lòm yo, epi, atravè travay sa a, revele lanmou lòm pou Bondye epi chanje konesans li genyen sou lavi moun, jan li konprann Bondye, epi sans egzistans li. Pa mwayen sa a, lanmou lòm pou Bondye vin pirifye, sa vle di lòm vin soumèt nan kè li. Men nan konpòtman Bondye genyen anvè tout kreyati, Bondye pa fè konkèt sèlman pou plezi fè konkèt; okontrè, Li fè konkèt pou l kapab genyen lòm, pou pwòp laglwa pa Li, epi pou L rejwenn sa lòm te sanble depi okòmansman, nan tout orijinalite l. Si L te fè konkèt sèlman pou plezi fè konkèt, ebyen travay konkèt la t ap pèdi sans li. Sa vle di, si aprè Li te fin fè konkèt lòm, Bondye te lave men L nan sa ki regade lòm epi Li pa t bay lavi oswa lanmò lòm okenn atansyon, ebyen sa pa t ap jesyon limanite, epitou konkèt lòm pa t ap fèt pou li kapab sove. Sa ki nan sant travay sali a, se sèlman genyen lòm aprè konkèt li, pou li rive finalman nan yon destinasyon mèveye, e se sèlman sa ki kapab garanti bi sali lòm nan. Nou kapab di tou, sèl atant tout kreyati ta dwe genyen se sèlman pou lòm rive nan bèl destinasyon an epi antre nan repo a, e se sèl travay Kreyatè a ta dwe genyen pou L fè. Si se lòm ki ta dwe fè travay sa a, ebyen travay la t ap twò limite: lòm te kapab kanmenm rive nan yon pwen, men li pa t ap kapab rive nan destinasyon etènèl la. Lòm pa gen kapasite pou l deside pou pwòp desten li, epi dayè li pa kapab nonplis asire avni li ak destinasyon fiti li. Men, travay Bondye akonpli a diferan limenm. Depi Li fin kreye lòm, Li kondui li; depi Li fin sove lòm, L ap sove l nèt epi L ap genyen l nèt; depi se Li k ap kondui lòm, L ap Mennen l nan bon destinasyon an; epi kòm se Li ki te kreye epi k ap jere lòm, Li dwe pran reskonsablite desten lòm ak atant li yo. Se travay sa a Kreyatè a akonpli. Menmsi travay konkèt la reyalize nan elimine pwòp atant lòm te genyen yo, Bondye dwe kondui lòm nan bon destinasyon ke L prepare pou li a. Se ekzakteman paske Bondye fè yon travay nan lòm ki fè lòm gen yon destinasyon epi demen li asire. Destinasyon ideyal k ap pale la, se pa sa lòm te espere yo ak atant li yo ki te elimine nan tan pase a; se de(2) bagay diferan. Bagay lòm espere epi sa l ap pouswiv, se anvi ki sòti nan dezi ekstravagan lachè yo, men se pa destinasyon ki fèt pou lòm nan. Sa Bondye prepare pou lòm, antretan, se benediksyon ak pwomès Li dwe lòm depi lòm fin pirifye, ke Bondye te prepare pou lòm depi Li te fin kreye mond la, epi ki pa genyen ladan yo ni chwa, ni nosyon, ni imajinasyon, ni lachè lòm. Destinasyon sa a pa prepare pou yon moun espesyal, men se plas tout limanite. Kidonk, destinasyon sa a, se li ki pi bon pou limanite.
Kreyatè a prevwa pou L òkestre tout kreyati Li kreye yo. Ou pa dwe rejte ni dezobeyi anyen Li fè, ni ou pa dwe antre nan rebelyon ak Li. Lè travay L ap akonpli a rive finalman nan dènye bout li, se nan sa L ap jwenn laglwa. Jodi a, poukisa yo pa di ou se desandan Moab oubyen pitit gran dragon wouj la? Poukisa yo pa pale de pèp chwazi, men sèlman de kreyati? Kreyati—se te tit orijinèl lòm, e se idantite natirèl li sa. Non yo chanje sèlman paske tan yo ak peryòd travay yo chanje; an reyalite, lòm se yon kreyati òdinè. Tout kreyati, kit se sa ki pi kowonpi yo, kit se sa ki pi sen yo, tout dwe akonpli devwa yon kreyati. Lè Bondye ap akonpli travay konkèt la, Li pa sèvi ak atant ou yo, desten w oswa destinasyon w pou L kontwole w. An reyalite, li pa nesesè pou travay la fèt konsa. Bi travay konkèt la, se fè lòm akonpli devwa yon kreyati, fè l adore Kreyatè a; se sèlman aprè sa li kapab antre nan destinasyon mèveye a. Se men Bondye k ap kontwole desten lòm. Ou pa kapab kontwole tèt ou poukont ou: Malgre lòm toujou ap prese epi bay tèt li okipasyon poukont li, li rete enkapab pou l kontwole tèt li. Si ou te kapab konnen pwòp avniou, si w te kapab kontwole pwòp desten w, èske w t ap toujou yon kreyati? Brèf, kèlkeswa fason Bondye travay, tout travay Li se pou benefis lòm. An nou pran pa egzanp syèl la ak tè a, ak tout sa Bondye te kreye pou byennèt lòm: Lalin nan, solèy la, epi zetwal yo Li te kreye pou lòm, bèt yo ak plant yo, prentan, ete, lotòn ak livè, elatriye—tout te kreye pou byennèt egzistans lòm. Epi konsa, kèlkeswa jan Bondye chatye epi jije lòm, tout sa fèt pou lòm kapab sove. Menmsi Li debarase lòm anba esperans chanèl li yo, se pou lòm kapab pirifye, e pirifikasyon lòm akonpli pou l kapab gen lavi. Destinasyon lòm nan men Kreyatè a, nan ka sa a, kijan lòm ta kapab fè kontwole tèt li?
Depi travay konkèt la fin akonpli, Bondye pral mennen lòm nan yon mond mayifik. Lavi sa a, se sou latè l ap ye asireman, men l ap totalman diferan ak kondisyon lòm ap viv jodi a. Se lavi limanite ap genyen apre konkèt total limanite, se pral yon nouvo depa pou lòm sou latè; epi yon kalite lavi konsa pou limanite, se pral prèv ke limanite antre nan yon bèl wayòm tounèf. Se pral kòmansman lavi lòm ak Bondye sou latè. Sa ki dwe premye baz yon bèl lavi konsa, depi lòm fin pirifye epi anba kontwòl, se soumisyon lòm devan Kreyatè a. Epi konsa, travay konkèt la se pral dènye etap travay Bondye a anvan limanite antre nan destinasyon mèveye a. Yon kalite lavi konsa, se lavi fiti lòm sou latè, se pi bèl lavi sou latè, se kalite lavi lòm te toujou anvi viv la, yon kalite lavi lòm pako janm reyalize nan listwa limanite. Se rezilta final 6 000 lane travay jesyon; se pi gran dezi limanite epi se pwomès Bondye fè lòm tou. Men pwomès sa a pa kapab reyalize touswit: Lòm ap antre nan destinasyon fiti a sèlman lè travay dènye jou yo va fin akonpli, epi konkèt lòm va fin fèt nèt, sa vle di lè Satan fin pèdi batay nèt. Depi lòm fin rafine nèt, li p ap genyen nati peche a ankò paske Bondye ap gentan bat Satan, sa vle di p ap gen enfliyans okenn fòs mal, ni okenn fòs mal p ap kapab atake lachè lòm ditou ankò. Epi konsa, lòm ap lib epi l ap sen—l ap antre nan letènite. Se sèlman si fòs mal fènwa yo anba chenn lesklavaj lòm ap lib kèlkeswa kote l ale, epi konsa, li p ap ni nan rebelyon, ni nan opozisyon. Depi Satan anba chenn lesklavaj, tout bagay ap mache byen avèk lòm; sitiyasyon ki la kounye a egziste paske Satan toujou ap simen latwoublay toupatou sou latè, epi paske tout travay Bondye a pako rive nan dènye bout li. Depi Satan fin pèdi batay, lòm ap libere nètale; lè lòm va genyen Bondye epi lè li sòti anba pouvwa Satan, li pral wè solèy jistis la. Lòm ap jwenn ankò lavi yon moun nòmal merite; tout sa yon moun nòmal ta dwe posede—tankou kapasite pou l fè diferans ant byen ak mal, epi konprann kijan pou l manje ak abiye, kapasite pou l viv nòmalman—tout bagay sa yo pral retounen. Si Èv pa t tonbe nan tantasyon sèpan an, lòm ta dwe genyen kalite lavi nòmal sa a depi lè li te kreye okòmansman. Li te dwe manje, abiye, epi Mennen lavi nòmal yon moun sou latè. Epoutan, apre lòm te fin deprave, kalite lavi sa a te vin tounen yon rèv ki pa kapab reyalize, e menm jodi a, lòm pa oze imajine yon bagay konsa. An reyalite, bèl lavi sa a lòm ap soupire dèyè l la, se yon nesesite. Si lòm pa t genyen yon destinasyon konsa, ebyen lavi deprave l ap Mennen sou latè a pa t ap janm sispann, e si pa t genyen yon bèl lavi konsa, ebyen pa t ap genyen okenn finalite sou desten Satan, ni sou peryòd kote Satan kenbe pouvwa a sou latè. Lòm dwe rive nan yon wayòm kote fòs fènwa yo pa gen aksè, e lè li rive la, se pral yon prèv Satan pèdi batay. Konsa, depi Satan pa mete latwoublay, Bondye Limenm pral kontwole limanite, epi Li pral kòmande e kontwole tout lavi lòm nètale; se sèlman lè sa a Satan pral pèdi batay tout bon vre. Lavi lòm jodi a domine plisak salte; se toujou yon lavi ki ranpli ak soufrans e afliksyon. Sa a pa kapab rele Satan pèdi batay; lòm pako kapab chape anba lanmè afliksyon an, li pako kapab chape anba eprèv lavi lòm, oswa anba enfliyans Satan, epi se sèlman yon tizwit konesans li genyen sou Bondye. Tout difikilte lòm genyen se Satan ki kreye yo; se Satan ki pote soufrans nan lavi lòm, e se sèlman lè Satan fin anchennen lòm ap kapab chape nètalkole anba lanmè afliksyon an. Epoutan esklavaj Satan an ap akonpli atravè konkèt kè lòm, kote lòm vin tounen twofe batay k ap mennen kont Satan an.
Jodi a efò lòm ap fè pou li pote laviktwa epi pou li vin pafè, se sa l ap pouswiv anvan li reyisi genyen lavi yon moun nòmal sou latè, se objektif sa yo l ap chèche anvan Satan retwouve l anba chenn lesklavaj. Pou lesansyèl, objektif lòm ap rapouswiv pou l ranpòte laviktwa epi pou li vin pafè, oswa pou l byen pwofite, se chape anba enfliyans Satan: Konba lòm se pou l ranpòte laviktwa, men rezilta final la se lè li pral rive chape anba enfliyans Satan. Se sèlman lè li rive chape anba enfliyans Satan lòm kapab mennen yon lavi nòmal sou latè, yon lavi adorasyon pou Bondye. Jodi a, efò lòm ap fè pou li ranpòte laviktwa epi pou li vin pafè, se sa l ap rapouswiv anvan pou li vin genyen lavi yon moun nòmal sou latè. Pou lesansyèl, y ap chèche pou yo pirifye epi pou yo mete laverite anpratik, yon fason pou yo adore Kreyatè a. Si lòm posede lavi yon moun nòmal sou latè, yon lavi san eprèv ni afliksyon, ebyen lòm p ap angaje l pou l rapouswiv laviktwa. “Pote laviktwa” epi “vin pafè” se objektif sa yo Bondye bay lòm pou l rapouswiv, epi pandan lòm ap rapouswiv objektif sa yo, Li fè lòm mete laverite anpratik, epi viv yon lavi ki gen sans. Objektif la se fè lòm vin konplè epi genyen li, epi rapouswiv pou l ranpòte laviktwa a ak pou li vin pafè a, se sèlman yon mwayen. Si annapre, lòm antre nan destinasyon mèveye a, p ap genyen pwovizyon pou ranpòte laviktwa oswa vin pafè ankò; ap genyen sèlman pou chak kreyati akonpli devwa li. Jodi a, lòm kreye pou l rapouswiv bagay sa yo, yon fason pou defini degre fòs li senpman, pou lòm kapab vize epi pratike pi byen sa l ap rapouswiv la. Sinon, lòm t ap wè l ap viv nan mitan yon vid byen vag, pandan li t ap rapouswiv pou li antre nan lavi etènèl, epi si se te konsa, èske lòm pa t ap fè plis pitye? Rapouswiv nan yon kondisyon konsa, san bi ni prensip—èske se pa yon desepsyon pèsonèl? Finalman, yon kous konsa pa t ap pote okenn fwi; alafen, lòm t ap kontinye viv anba kontwòl Satan, san okenn mwayen pou l wete kò l. Poukisa yon moun ta angaje tèt li nan yon kous san bi konsa? Lè lòm va rantre nan destinasyon etènèl la, li pral adore Kreyatè a, epi paske lòm genyen sali a epi li rantre nan letènite, li p ap genyen pou l rapouswiv okenn objektif ankò, ni pè pou Satan pa vin anvayi l. Nan moman sa a, lòm ap konnen plas li epi l ap akonpli devwa li, e menmsi yo pa jwenn chatiman oswa jijman, chak moun pral akonpli devwa li. Nan tan sa a, lòm pral devni yon kreyati ki gen alafwa yon idantite ak yon pozisyon. P ap genyen okenn distenksyon ant anwo ak anba ankò; chak moun ap sèlman ranpli yon fonksyon diferan. Epi ankò, lòm pral viv pou tout tan nan yon destinasyon ki byen òdone epi adapte pou limanite; lòm pral akonpli devwa li pou l adore Kreyatè a, epi se limanite sa a ki pral limanite etènèl la. Nan moman sa a, lòm ap genyen yon lavi ki klere ak limyè Bondye, yon lavi anba swen ak pwoteksyon Bondye, yon lavi ak Bondye. Limanite pral Mennen yon lavi nòmal sou latè, epi tout moun ap antre nan bon chemen an. Plan jesyon 6 000 lane a pral pote yon viktwa total sou Satan, ki vle di Bondye pral rekipere imaj orijinal lòm te genyen lè l te kreye a, epi konsa, entansyon orijinal Bondye a ap akonpli. Okòmansman, anvan Satan te kowonpi limanite, limanite t ap Mennen yon lavi nòmal sou latè. Annapre, lè Satan vin kowonpi limanite, lòm te vin pèdi lavi nòmal sa a, epi se konsa travay jesyon Bondye a te kòmanse, epi batay ak Satan pou rekipere lavi nòmal lòm nan. Se sèlman lè 6 000 lane travay jesyon Bondye a rive nan dènye bout li, lavi lòm pral kòmanse ofisyèlman sou latè; se sèlman lè sa a lòm pral genyen yon lavi mèveye, epi Bondye pral rejwenn plan Li te genyen lè L te kreye lòm, ak tout lavi nòmal limanite sou latè. Epi konsa, depi lòm vin genyen lavi nòmal limanite sou latè, lòm p ap genyen ankò pou l ap chèche pote laviktwa oubyen pou l vin pafè, paske lòm ap vin sen. “Pote laviktwa” epi “vin pafè” moun ap pale a se objektif lòm dwe rapouswiv pandan Bondye ap goumen ak Satan, epi yo egziste sèlman paske lòm te kowonpi. Se paske yo ba ou yon objektif epi ou jwenn bourad pou w rapouswiv objektif sa a, ki pral fè Satan pèdi batay. Paske se yon egzijans pou w pote laviktwa oswa pou w vin pafè oswa pou yo sèvi avè w, sa egzije ke w gen yon bon temwayaj pou w kapab fè Satan wont. Finalman, lòm pral Mennen yon lavi nòmal sou latè, epi lòm ap vin sen; lè sa va rive, èske moun yo ap toujou kontinye chèche pou yo pote laviktwa? Èske tout se pa kreyati yo ye? Lè y ap pale pou pote laviktwa epi vin pafè, pawòl sa yo se kont Satan yo pwononse, epi kont bagay sal ki nan lòm. Èske pawòl sa a “pote laviktwa,” se pa de laviktwa sou Satan ak fòs mal yo l ap pale? Lè w di ou vin pafè, kisa ki vin pafè nan ou? Èske ou pa depouye w, retire dispozisyon satanik kowonpi yo sou ou, pou w kapab rive nan yon dimansyon lanmou siprèm pou Bondye? Pawòl sa yo pale pou sa ki regade bagay sal ki nan lòm, epi pou sa ki regade Satan; pawòl sa yo pa gen okenn rapò ak Bondye.
Si w p ap rapouswiv pou w pote laviktwa epi pou w vin pafè kounye a, ebyen alavni, lè limanite vin ap mennen yon lavi nòmal sou latè, p ap genyen okenn opòtinite pou rapouswiv yon bagay konsa ankò. Lè sa a, sa w ye a pral parèt aklè, e si w ta swete pou w yon moun ki pote laviktwa oswa ki vin pafè, sa ap vin enposib. Sa k ap genyen sèlman, lòm pral pini akoz rebelyon li, lè li fin demaske. Nan moman sa a, sa lòm pral rapouswiv, se pa yon pi gwo pozisyon pase lòt moun, oubyen pou lòt, pou yo pote laviktwa oswa vin pafè, oubyen pou lòt, pou yo premye pitit gason Bondye, epi pou lòt, pou yo pitit Bondye; yo pa pral rapouswiv bagay sa yo. Tout pral kreyati Bondye, tout pral viv sou latè, epi tout pral viv ansanm ak Bondye sou latè. Kounye a se tan batay ant Bondye ak Satan, se tan kote batay sa a pako rive nan dènye bout li, se tan kote Bonbye pako fin genyen lòm nèt, se yon peryòd tranzisyon. Konsa, lòm genyen egzijans pou li rapouswiv alafwa objektif pou l genyen laviktwa epi pou li konte kòm yon manm nan pèp Bondye a. Jodi a, pozisyon yo pa menm, men lè moman an rive, distenksyon sa yo p ap egziste ankò: Tout moun ki pote laviktwa ap genyen menm pozisyon, yo tout ap manm kalifye limanite epi yo pral viv egalego sou latè, ki vle di yo tout se kreyati kalifye y ap ye, epi tout ap resevwa menm bagay. Paske tan travay Bondye a diferan, epi objè travay Li a diferan, si travay sa a fèt nan nou, ebyen n ap kandida pou nou vin pafè epi pote laviktwa; men si se aletranje li te fèt, ebyen se moun aletranje yo ki t ap kandida pou yo vin premye gwoup moun Bondye t ap pran yo, epi se premye gwoup moun Li t ap rann pafè. Jodi a, travay sa a pa fèt aletranje, konsa, pèp nan lòt peyi pa kandida pou yo vin pafè epi pote laviktwa, epi li enposib pou yo ta vin premye gwoup la. Paske objè travay Bondye a diferan, tan travay Bondye a diferan, epi enfliyans li diferan, genyen premye gwoup la, sa vle di genyen sila yo k ap ranpòte laviktwa, epitou ap genyen yon dezyèm gwoup k ap vin pafè. Depi gen yon premye gwoup ki vin pafè, pral genyen yon echantiyon ak yon modèl, epi konsa, nan tan k ap vini yo, pral genyen yon dezyèm ak yon twazyèm gwoup pami sila yo ki vin pafè yo, men nan letènite, yo tout ap menm bagay, pa pral genyen ni klas ni pozisyon. Y ap senpman rann yo pafè nan diferan moman, epi p ap genyen okenn diferans nan pozisyon yo. Lè tan an rive pou chak moun vin konplè, epi travay tout linivè a rive nan dènye bout li, pa pral genyen okenn distenksyon sou baz pozisyon, epi tout moun ap genyen pozisyon egal. Jodi a, travay sa a ap fèt pami nou yon fason pou nou kapab sila yo ki ranpòte laviktwa. Si sa te fèt nan peyi Angletè, ebyen Angletè t ap genyen premye gwoup la, menmjan se nou ki pral premye gwoup la. Se tou senpman paske nou jwenn yon benediksyon espesyal avèk lagras nan fason travay la fèt nan nou jodi a, e si travay sa a pa t fèt nan nou, ebyen se nou ki t ap dezyèm gwoup la, oswa twazyèm nan, oswa katriyèm nan, oswa senkyèm nan. Se tou senpman akoz diferans ki genyen nan lòd travay la; premye gwoup la ak dezyèm gwoup la pa montre gen youn ki siperyè oswa enferyè pase lòt, sa sèlman montre nan ki lòd yo te rann moun sa yo pafè. Jodi a, yo kominike nou pawòl sa yo, men poukisa nou pa t jwenn enfòmasyon sa yo pi bonè? Paske, san machaswiv, moun yo gen tandans pran pozisyon ekstrèm, pa egzanp, Jezi te di nan tan pa Li: “Jan Mwen ale a, se konsa Mwen pral retounen.” Jodi a, anpil moun tonbe damou pawòl sa yo, epi yo sèlman vle pote rad blan epi tann enlèvman yo pou paradi. Konsa, genyen anpil pawòl ki pa dwe pale twò bonè; si yo te pale twò bonè, lòm ta pral gen tandans pran pozisyon ekstrèm. Dimansyon lòm twò piti, li pa kapab wè atravè verite ki nan pawòl sa yo.
Lè lòm va rive nan veritab lavi li sou latè, epi tout fòs Satan va anchennen nan lesklavaj, lòm pral viv alèz sou latè. Bagay yo p ap konplike tankou jan yo ye la jounen jodi a: Relasyon moun ak moun, relasyon sosyal, relasyon familial konplike—yo pote tèlman tèt chaje, tèlman lapenn! Lavi lòm tèlman mizerab! Depi lòm fin soumèt li, kè li ak panse li pral chanje: Li pral gen yon kè k ap adore epi ki renmen Bondye. Depi tout sila yo ki nan linivè, k ap chèche pou yo renmen Bondye fin soumèt yo, ki vle di, depi Satan fin pèdi batay, epi depi Satan—tout fòs fènwa yo—fin anchennen nan lesklavaj, lavi lòm sou latè p ap twouble ankò, epi li pral kapab viv sou latè nan libète. Si lavi lòm pa t gen okenn relasyon chanèl, epi si lachè pa t gen tout konplikasyon sa yo, ebyen bagay yo t ap tèlman pi fasil. Relasyon lòm ak lachè twò konplike, epi si lòm genyen bagay sa yo, se prèv li pako libere anba enfliyans Satan. Si ou te genyen menm kalite relasyon ak chak frè w ak sè w yo, si ou te genyen menm kalite relasyon ak chak manm nan fanmi w, ebyen ou pa t ap santi w enkyete, ni w pa t ap bay tèt ou pwoblèm pou pèsonn. Pa gen anyen ki t ap pi bon pase sa, epi konsa lòm t ap soulaje anba mwatye nan soufrans li yo. Si l ap viv yon lavi nòmal sou latè, lòm ap tankou yon zanj; menmsi li ta toujou nan lachè, li t ap plis sanble ak yon zanj. Se pwomès final la sa, se dènye pwomès pou lòm. Jodi a, lòm ap sibi chatiman ak jijman; èske w panse eksperyans lòm avèk bagay sa yo pa gen okenn sans? Èske travay chatiman ak jijman an ta fèt san rezon? Otrefwa pawòl la te di chatye epi jije lòm se te jete l nan yon labim san fon, ki te vle di retire desten l ak atant li yo nan men l. Sa a se pou yon sèl bagay: pirifikasyon lòm. Bondye pa plase lòm nan labim san fon an konsa, apre sa li pa konn afè l. Okontrè, se pou fè faskare ak rebelyon ki nan lòm nan, yon fason pou bagay li genyen nan li yo kapab netwaye alafen, pou li vin konnen Bondye tout bon vre epi vin sanble ak yon moun ki sen. Si sa rive fèt, ebyen tout bagay pral akonpli. An reyalite, lè bagay sa yo ki anndan lòm nan ki merite tretman vin trete, epi lòm rann temwayaj ak tout enèji l, Satan pral tou pèdi batay, epi menmsi gen yon ti kantite nan bagay sa yo ki nan lòm natirèl la ki pa ta fin netwaye nèt, depi Satan fin pèdi batay, sa pa pral lakoz pwoblèm ankò, epi nan moman sa a, lòm pral jwenn yon netwayaj konplè. Lòm pako janm fè eksperyans yon lavi konsa, men lè Satan fin pèdi batay, tout bagay ap regle epi tout ti bagay ki nan lòm yo ap jwenn solisyon, tout lòt pwoblèm pral fini. Pandan aktyèl enkanasyon Bondye a sou latè, lè L ap fè travay Li pèsonèlman pami lèzòm, tout travay L ap fè a se pou l kapab bat Satan, e Li pral bat Satan atravè konkèt lòm epi pandan L ap fè nou vin konplè. Lè nou rann temwayaj ak tout fòs nou, sa tou pral sèvi kòm yon mak echèk Satan. Konkèt lòm fèt toudabò, epi finalman yo vin rann li pafè pou l kapab bat Satan. Men pou lesansyèl, defèt Satan se sali tout limanite nan lanmè vid afliksyon sa a. Ke travay la te fèt nan tout linivè oswa an Chin, tout se pou bat Satan epi pote sali a pou tout limanite, yon fason pou lòm kapab antre nan plas pou l repoze a. Bondye enkane a, lachè nòmal sa a, la ekzakteman pou L bat Satan. Pawòl Bondye a nan lachè vini pou L pote sali a bay tout sila yo anba syèl la ki renmen Bondye, tout sa rive pou konkèt tout limanite, epi ankò, pou bat Satan. Nwayo travay jesyon Bondye a enseparab ak defèt Satan pou pote sali a bay tout limanite. Poukisa, nan bonkou nan travay sa a, toujou gen yon pawòl pou fè nou temwaye? Pou kiyès temwayaj sa a? Èske se pou Satan? Temwayaj sa a fèt pou Bondye, epi li fèt pou ateste ke travay Bondye a fin fè tout efè pou l te fè. Bay temwayaj fè pati travay pou pote laviktwa sou Satan an; si pa t genyen yon batay ak Satan, ebyen lòm pa t ap genyen okenn egzijans pou l bay temwayaj. Se paske Satan dwe pèdi batay ki fè, anmenmtan L ap sove lòm, Bondye egzije pou lòm rann temwayaj pou Li devan Satan, yon temwayaj ke l ap itilize pou L sove lòm epi konbat Satan. Ebyen, lòm se alafwa objè sali a epi yon zouti pou bat Satan, konsa, lòm nan kè totalite travay jesyon Bondye a, alòske Satan se sèlman objè destriksyon an, lennmi an. Ou kapab santi ou p ap fè anyen, men akoz chanjman ki fèt nan karaktè w, genyen yon temwayaj ki fèt, e temwayaj sa a fèt dirèkteman pou Satan, men pa pou lòm. Lòm pa adapte pou l benefisye yon temwayaj konsa. Kijan li t ap fè konprann travay Bondye fè a? Objè batay Bondye a se Satan; lòm, bò kote pa l, se sèlman objè sali a li ye. Lòm genyen dispozisyon satanik kowonpi nan li, epi li pa kapab konprann travay sa a. Se koripsyon Satan an ki lakoz sa, sa pa sòti nan lòm, men se Satan ki lakoz. Jounen jodi a, pi gwo travay Bondye se rive bat Satan, ki vle di, fè konkèt lòm konplètman, yon fason pou lòm kapab fè yon dènye temwayaj pou Bondye devan Satan. Epi konsa, tout bagay ap akonpli. Anpil fwa, se tankou li parèt devan je nou pa gen anyen ki fèt, men an reyalite, travay la gentan fin fèt deja. Sa lòm vle, se pou l ta kapab wè tout travay akonplisman an ak de(2) je l, men san Mwen pa rann li vizib pou ou, Mwen deja fin fè travay Mwen an, paske M gentan soumèt Satan, ki vle di li deja pèdi batay konplètman, tout sajès Bondye, pouvwa Li ak otorite Li mete do Satan atè nèt. Se temwayaj sa a ekzakteman ki dwe bay, e menm lè li pa fin eksprime nan lòm yon fason klè, menm lè moun pa kapab wè l ak de(2) je yo, Satan deja pèdi batay. Tout travay sa a nèt dirije kont Satan, epi li reyalize akoz batay k ap fèt avèk Satan an. Konsa, gen anpil bagay lòm pa konsidere ki reyisi, men nan je Bondye, bagay sa yo reyalize avèk siksè depi lontan. Se youn nan verite ki anndan tout travay Bondye a.
Depi Satan fin pèdi batay, sa vle di, depi konkèt lòm fin akonpli nèt, lè sa a lòm pral konprann ke tout travay sa a se pou sove li, epi mwayen sali sa a se rache moun yo nan men Satan. 6 000 lane travay jesyon Bondye a divize an twa etap: Tan Lalwa a, Tan Lagras la, epi Tan Wayòm nan. Toule twa etap travay sa yo se pou sali limanite, ki vle di, y ap akonpli pou sali limanite ke Satan kowonpi grav. Epoutan, anmenmtan, yo kowonpi tou pou Bondye kapab konbat Satan. Konsa, menmjan travay sali a divize an twa etap, batay ak Satan an divize tou an twa etap, epi toule de(2) aspè sa yo nan travay Bondye a ap reyalize ansanm. An reyalite, batay ak Satan an se pou sove limanite, epi paske travay sali limanite a se pa yon bagay ki kapab reyalize avèk siksè nan yon sèl etap, batay avèk Satan an tou vin divize an faz ak peryòd, epi batay la ap Mennen kont Satan selon bezwen lòm genyen yo, epi selon ki degre Satan gentan kowonpi li. Petèt, nan imajinasyon lòm, li panse, nan batay sa a, Bondye ap pran lèzam kont Satan, menmjan ak de(2) lame ki ta nan batay. Se egzakteman sa entelijans lòm kapab imajine; se yon lide ki vag alekstrèm epi ki enposib pou reyalize, men se sa lòm kwè. E paske Mwen di la sali lòm pase pa yon batay ak Satan, lòm imajine ke se konsa batay la ap mennen. Genyen twa etap nan travay sali lòm nan, ki vle di batay kont Satan an divize an twa etap, yon fason pou bat Satan pou toujou. Epoutan, verite ki anndan tout travay batay kont Satan an, se efè l ap pwodui yo nan plizyè etap travay: bay lòm lagras, pran plas sakrifis la pou peche lòm, padonnen peche lòm, soumèt lòm epi rann li pafè. An reyalite, batay ak Satan an, se pa pran lèzam kont Satan, men se sali lòm, travay nan lavi lòm epi chanjman karaktè lòm yon fason pou l kapab bay temwayaj pou Bondye. Se konsa echèk Satan an ye. Satan pèdi batay atravè chanjman ki opere nan karaktè kowonpi lòm nan. Lè Satan fin pèdi batay la nèt, ki vle di, lè lòm fin sove konplètman, lè sa a, Satan, tou imilye, pral anchennen nèt, epi konsa lòm ap sove konplètman. Konsa, esans sali lòm nan, se lagè avèk Satan an, e lagè sa a reflete sitou nan sali lòm. Etap dènye jou yo, kote lòm dwe soumèt li, se dènye etap nan batay ak Satan an, epitou se travay sali total lòm anba enfliyans Satan. Sans pwofon konkèt lòm nan se retou li, sòti nan enkanasyon Satan—lòm ke Satan te kowonpi—pou vin jwenn Kreyatè a apre konkèt li, ki pral pèmèt li vire do bay Satan epi retounen vin jwenn Bondye nèt. Nan fason sa, lòm vin sove konplètman. Se konsa, travay konkèt la se dènye travay nan batay ak Satan an, epi se dènye etap nan jesyon Bondye a pou konsakre echèk Satan an. San travay sa a, sali total lòm pa t ap posib finalman, echèk total Satan pa t ap posib nonplis, epi limanite pa t ap janm kapab antre nan destinasyon mèveye a, oswa libere anba enfliyans Satan. Pou rezon sa a, travay sali lòm nan pa kapab akonpli avan batay ak Satan an fini, paske lesansyèl travay jesyon Bondye a, se pou sali limanite. Lontan anvan sa, limanite te nan men Bondye, men akoz tantasyon ak koripsyon Satan, li vin anchennen lòm, epi lòm vin tonbe anba men malen an. Konsa, Satan vin tounen objè Bondye dwe bat nan travay jesyon Li an. Paske Satan te posede lòm, epi paske lòm se kapital Bondye sèvi pou L fè tout travay jesyon an, si lòm dwe sove, ebyen fòk Li rache l anba men Satan, ki vle di Bondye dwe reprann lòm apre Satan te fin fè li prizonye l. Konsa, Satan dwe echwe atravè chanjman ki opere nan ansyen karaktè lòm, yon seri chanjman k ap restore sans orijinal rezondèt lòm. Nan fason sa a, Bondye kapab rache lòm nan men Satan, ki te kenbe l prizonye. Si lòm libere anba enfliyans ak esklavaj Satan, ebyen Satan pral wont, finalman Bondye ap reprann lòm, epi Satan ap pèdi batay. E paske lòm libere anba enfliyans fènwa Satan an, lòm vin tounen twofe tout batay sa a, epi Satan vin tounen objè chatiman an kou batay la fini, apresa, tout travay sali limanite a pral akonpli.
Bondye pa genyen okenn mechanste anvè kreyati yo; Li sèlman swete bat Satan. Tout travay li—kit se chatiman oswa jijman—dirije kont Satan; travay la ap fèt pou sove limanite, tout sa, yon fason pou fè Satan echwe, nan yon sèl objektif: Batay ak Satan pou jouk lafen! Bondye p ap janm repoze jistan Li pote laviktwa sou Satan! L ap repoze sèlman lè Li fin bat Satan plat nèt. Paske tout travay Bondye ap fè dirije kont Satan, epi paske sila yo Satan te kowonpi, tout anba kontwòl teritwa Satan, epi tout ap viv anba enfliyans Satan, san yo pa ni lite ak Satan ni koupe relasyon avè l, Satan p ap lache priz li genyen sou moun sa yo, e Bondye p ap kapab genyen yo. Si Bondye pa ta rive genyen yo, sa t ap laprèv ke Satan pa echwe, ke li pa pèdi batay la. Se poutèt sa, nan 6 000 lane plan jesyon Bondye a, pandan premye etap la, Li fè travay lalwa a, pandan dezyèm etap la, Li fè travay Tan Lagras la, ki se travay krisifiksyon an, epi pandan twazyèm etap la, Li fè travay konkèt limanite a. Tout travay sa yo ekzekite nan mezi Satan te kowonpi limanite a, tout fèt yon fason pou fè Satan echwe, e chak grenn etap pwograme nan objektif pou bat Satan. Esans 6 000 lane travay jesyon Bondye a se batay avèk gran dragon wouj la, epi travay jesyon limanite a limenm tou, se travay pou fè Satan echwe, travay batay ak Satan an. Bondye batay pandan 6 000 lane, epi konsa Li travay pandan 6 000 lane pou Mennen lòm finalman nan nouvo wayòm nan. Lè Satan fin pèdi, lòm ap libere konplètman. Èske se pa direksyon sa a travay Bondye a pran jodi a? Se egzakteman direksyon travay jodi a: liberasyon total kapital lòm, yon fason pou l pa oblije soumèt anba okenn règ, pou l pa genyen okenn obligasyon oswa restriksyon k ap limite l. Tout travay sa a fèt an konfòmite ak kapasite nou epi ak bezwen nou, ki vle di nou genyen pwovizyon nan nou pou tout sa nou kapab akonpli. Se pa yon kesyon de “mennen yon kanna sou yon branch bwa,” oswa enpoze nou anyen; okontrè, tout travay sa a fèt an konfòmite ak bezwen reyèl nou yo. Chak etap travay reyalize an konfòmite ak bezwen epi egzijans reyèl lòm yo; chak etap travay vize echèk Satan. An reyalite, okòmansman, pa t genyen separasyon ant Kreyatè a ak kreyati li yo. Tout separasyon sa yo se Satan ki vin lakòz yo. Lòm vin pa kapab wè oswa touche anyen akoz fason Satan deranje l epi kowonpi li. Lòm se viktim nan, sila yo sedui a. Depi Satan fin echwe, kreyati yo ap wè Kreyatè a, epi Kreyatè a ap gade kreyati yo epi L ap kapab dirije yo Limenm. Se sèlman lavi sa a lòm te dwe genyen sou latè. Poutèt sa, lesansyèl nan travay Bondye a se bat Satan, epi depi Satan fin pèdi batay, tout bagay ap regle. Jodi a, ou kapab wè kijan li pa yon bagay senp pou Bondye vini pami lèzòm. Li pa vini pou L pase tout jounen Li yo ap chèche erè nan nou, pou di sesi sela, oubyen senpman pou pèmèt nou wè ak kisa Li sanble, kijan Li pale, kijan Li viv. Bondye pa t vini nan lachè senpman pou pèmèt nou gade Li oswa pou L ouvè je nou, oswa ankò pou L pèmèt nou tande mistè Li t ap pale yo ak sèt so Li te ouvè yo. Li te vini pito nan lachè pou L bat Satan. Li vini pèsonèlman pami lèzòm nan lachè pou L sove lòm, epi pou L batay ak Satan; se sa tout siyifikasyon enkanasyon Li an. Si se pa t pou L te bat Satan, Li pa t ap fè travay sa a Limenm. Bondye te vini sou latè pou L fè travay Li pami lèzòm, pou L revele tèt Li pèsonèlman bay lòm epi pou pèmèt lòm wè Li; èske sa a se yon bagay senp? Li vreman pa senp ditou! Se pa jan lòm imajine a: ke Bondye te vini yon fason pou lòm kapab gade Li, yon fason pou lòm kapab konprann ke Bondye reyèl, ni Li pa vag oswa vid, epi Bondye wo, men Li piti anmenmtan. Èske bagay la te kapab senp konsa? Se ekzakteman paske Satan kowonpi lachè lòm epi Bondye chwazi pou L sove lòm ki fè Li oblije vini nan lachè pou L goumen ak Satan epi pou L gide lòm Limenm pèsonèlman. Se sèl benefis travay Li a sa. De(2) enkanasyon Bondye nan lachè yo te egziste pou bat Satan epitou pou sove lòm pi byen. Se paske se sèl Bondye ki kapab batay ak Satan, kit se Lespri Bondye kit se lachè enkane Bondye. An rezime, se pa zanj yo ki kapab konbat Satan, alewè pou se ta lòm ke Satan deja fin kowonpi. Zanj yo pa gen ase pouvwa pou yo mennen batay sa a, lòm gen mwens pouvwa toujou. Nan kondisyon sa a, si Bondye bezwen travay nan lavi lòm, si Li swete vini pèsonèlman sou latè pou L sove lòm, ebyen Li oblije tounen lachè Limenm pèsonèlman—ki vle di, Li oblije jere lachè a pèsonèlman, epi, avèk pwòp idantite pa L epi travay Li dwe fè a, Li oblije vini pami lèzòm pou sove yo pèsonèlman. Si se pa t sa, si se te Lespri Bondye oswa lòm ki t ap fè travay sa a, ebyen batay sa a pa t ap pote anyen, epi li pa t ap janm fini. Se sèlman lè Bondye vin tounen lachè pou L ale pèsonèlman nan lagè kont Satan pami lèzòm, se sèlman lè sa a lòm gen yon chans pou l sove. Anplis, se sèlman konsa pou Satan sòti wont, epi pou l lage san okenn mwayen pou l pwofite, ni okenn plan pou l egzekite. Travay Bondye enkane a akonpli a, se pa yon travay Lespri Bondye t ap kapab fè, epi li t ap pi enposib toujou pou yon moun chanèl ta rive fè li nan non Bondye, paske travay Li fè a se pou lavi lòm, epi nan entansyon pou L chanje karaktè kowonpi lòm nan. Si lòm te patisipe nan batay sa a, li t ap sèlman pran lafuit nan yon egareman ki fè pitye, epi li t ap tou senpman enkapab pou l chanje karaktè kowonpi li a. Li t ap enkapab pou l sove lòm anba lakwa a, ni pou l fè konkèt tout limanite rebèl la, men li t ap sèlman kapab pou l fè yon ti travay ansyen ki pa kapab ale pi lwen pase prensip, oubyen yon travay ki pa gen anyen pou wè ak echèk Satan. Ebyen poukisa pou w bat kò w? Ki sans yon travay ki pa kapab sove limanite, alewè pou l ta garanti laviktwa sou Satan? Ebyen, se sèl Bondye Limenm ki kapab mennen l, epi li senpman enposib pou lòm ta kapab fè l. Devwa lòm se pou l obeyi epi pou l swiv, paske lòm pa gen kapasite pou l fè travay tankou kreyasyon syèl la ak tè a, ni, plis toujou, pou l ta kapab akonpli travay konbat Satan an. Lòm kapab sèlman satisfè Kreyatè a anba direksyon Bondye Limenm, epi konsa Satan ap echwe; se sèl bagay lòm kapab fè. Epi konsa, chak fwa yon nouvo konba kòmanse, ki vle di, chak fwa travay nouvo tan an kòmanse, se Bondye Limenm ki fè travay la pèsonèlman, se konsa Li dirije tout tan an, epi Li ouvè yon nouvo chemen pou tout limanite nèt. Douvanjou chak nouvo tan, se yon nouvo kòmansman nan batay kont Satan an; atravè nouvote sa a, lòm antre nan yon wayòm ki pi bèl, pi resan, epi yon nouvo tan Bondye Limenm ap dirije pèsonèlman. Lòm se mèt tout bagay, men sila yo Bondye rive genyen pral tounen fwi tout batay ki fèt ak Satan yo. Satan se koriptè tout bagay, li se sila a ki pral echwe nan finisman tout batay yo, li se sila a tou ki pral resevwa chatiman apre batay sa yo. Pami Bondye, lòm ak Satan, se sèlman Satan ki nan kondisyon pou yo rayi l epi rejte l. Sila yo ki te kite Satan genyen yo, men ke Bondye pa reprann antretan, yo devni sila yo ki pral resevwa pinisyon ansanm ak Satan. Nan twa yo, se sèl Bondye ki ta dwe resevwa adorasyon nan men tout sa ki egziste. Sila yo Satan te kowonpi, men ke Bondye reprann epi k ap swiv chemen Bondye, se yomenm ki pral resevwa pwomès Bondye a, epi ki pral jije mechan yo pou Bondye. Asireman Bondye ap pote laviktwa epi asireman Satan ap pèdi batay la, men pami lèzòm, genyen sila yo ki pral genyen epi sila yo ki pral pèdi. Sila yo ki genyen fè pati gwoup ki pote laviktwa a, epi sila yo ki pèdi, yo fè pati gwoup pèdan yo; se klasman chak moun selon kategori li, se dènye finisman tout travay Bondye a. Se bi travay Bondye a tou, e sa p ap janm chanje. Nwayo travay prensipal plan jesyon Bondye a santre sou sali lòm, e Bondye te tounen lachè espesyalman pou byen nwayo sa a, pou byen travay Li a, epi pou bat Satan. Premye fwa Bondye te vini nan lachè, se te toujou pou L bat Satan: Li te tounen lachè Limenm pèsonèlman, e yo te kloure Li sou kwa a pèsonèlman, yon fason pou Li te kapab akonpli travay premye batay la, ki se te travay redanmsyon limanite. Se menmjan, etap travay sa a, se Bondye Limenm ki fè l pèsonèlman, ki vini nan lachè pou fè travay Li pami lèzòm, pou Li pale pawòl Li an pèsonn epi pèmèt lòm wè Li. Natirèlman, se sèten Li fè kèk lòt travay sou pakou Li, men rezon prensipal ki fè Li te vin akonpli travay Li pèsonèlman se te pou L kapab bat Satan, fè konkèt tout limanite, epi genyen moun sa yo. Konsa, travay enkanasyon Bondye a pa senp ditou. Si objektif Li se te sèlman montre lòm ke Bondye tou senp epi kache, epi ke Bondye reyèl, si se te sèlman pou fè travay sa a, ebyen pa t ap vreman gen nesesite pou Li te vini nan lachè. Menm si Bondye pa t vini nan lachè, sa pa t ap anpeche L montre lòm imilite Li ak karaktè kache Li a, grandè Li ak sentete Li dirèkteman, men bagay sa yo pa gen anyen pou wè ak jesyon limanite. Yo pa kapab sove lòm ni rann li konplè, alewè pou yo ta kapab fè Satan echwe. Si defèt Satan te sèlman enplike batay Lespri a ak yon lespri, ebyen yon travay konsa t ap manke nan valè pratik li, li pa t ap kapab genyen lòm, epi li t ap detwi desten ak atant lòm. Kanta pou travay Bondye ap fè jodi a, li genyen yon enpòtans esansyèl. Se pa yon travay sèlman pou lòm kapab wè L, oswa pou je lòm ka louvri, oubyen pou bay lòm yon tikras santiman emosyon ak ankourajman; yon travay konsa pa genyen okenn sans. Si se sèlman sou yon kalite konesans konsa ou kapab pale, ebyen sa pwouve ou pa konnen sans reyèl enkanasyon Bondye a.
Se Bondye pèsonèlman ki akonpli tout plan jesyon li a Limenm. Premye etap la—kreyasyon mond la—Se Bondye ki te fè l pèsonèlman Limenm, epi si se pa t konsa, ebyen okenn moun pa t ap kapab kreye limanite; dezyèm etap la se te redanmsyon limanite, epi etap sa a tou, se Bondye ki te fè l pèsonèlman Limenm; twazyèm etap la nou pa menm bezwen di l: Genyen yon pi gwo bezwen toujou pou se Bondye Limenm ki akonpli finisman tout travay Li a. Travay redanmsyon an, konkèt la, genyen lòm nan, epi pèfeksyone tout limanite nèt, tout travay sa a se Bondye Limenm ki reyalize l pèsonèlman, Si Li pa t fè travay sa a pèsonèlman, ebyen lòm pa t ap kapab reprezante idantite Li, ni lòm pa t ap kapab fè travay Li. Pou L kapab bat Satan, Pou L kapab genyen limanite, epi Pou L kapab bay lòm yon lavi nòmal sou latè, Li dirije lòm pèsonèlman epi li travay pami lèzòm pèsonèlman; nan enterè tout plan jesyon Li a, epi pou tout travay Li, Li dwe fè travay sa a pèsonèlman. Si lòm kwè sèlman ke Bondye te vini pou moun kapab wè Li, nan lide pou l rann lòm byennere, ebyen kwayans sa yo pa gen okenn valè, ni okenn sans. Konpreyansyon lòm twò sipèfisyèl! Se sèlman paske Bondye akonpli travay sa a Limenm ki fè Li kapab reyalize li anpwofondè epi konplètman. Lòm pa kapab fè li nan non Bondye. Kòm li pa genyen ni idantite, ni esans Bondye, li pa kapab fè travay Bondye, e menmsi lòm ta fè travay sa a, li pa t ap genyen okenn efè. Premye fwa Bondye te vini nan lachè se te pou travay redanmsyon an, pou l rachte tout limanite nan peche, pou l te fè lòm kapab vin pwòp epi pou peche l yo padonnen. Bondye fè travay konkèt la tou pèsonèlman pami lèzòm. Si pandan etap sa a, Bondye te sèlman ap fè pwofesi, ebyen yo te kapab jwenn yon pwofèt oswa yon moun ki gen don pou pran plas Li; si se sèlman pawòl pwofesi ki te vin anonse, ebyen lòm te kapab fè l nan plas Bondye. Epoutan si lòm ta eseye fè pèsonèlman travay Bondye Limenm, epi eseye travay nan lavi lòm, ebyen li t ap enposib pou li fè travay sa a. Se Bondye Limenm ki dwe fè travay sa a: Bondye dwe pèsonèlman vini nan lachè pou l fè travay sa a. Nan Tan Pawòl la, si se pwofesi sèlman ki te pwononse, ebyen yo te ka pran Ezayi ak pwofèt Elize pou fè travay sa a, epi pa t ap gen bezwen pou se Bondye Limenm ki fè l pèsonèlman. Paske travay ki te fèt nan etap sa a, se pa t senpman pwononse pwofesi, epi, paske li enpòtan anpil pou travay pawòl la itilize pou konkèt lòm epi pou bat Satan, lòm pa kapab fè travay sa a, se Bondye Limenm ki pou fè l pèsonèlman. Pandan Tan Lalwa a, Jewova te fè yon pati nan travay Li, apre sa Li te pale kèk pawòl epi Li te fè kèk travay atravè pwofèt yo. Se paske lòm te kapab ranplase Jewova nan travay Li epi paske vwayan yo te kapab predi kèk bagay epi entèprete kèk rèv nan non Li. Travay ki te fèt okòmansman an se pa t yon travay pou te chanje karaktè lòm dirèkteman, epi li pa t gen rapò avèk peche lòm, epi lòm te sèlman gen egzijans pou l konfòme l anba lalwa. Konsa, Jewova pa t vini nan lachè epi revele tèt Li bay lòm; alaplas, Li te pale dirèkteman ak Moyiz epi lòt, Li te fè yo pale epi travay nan non Li, epi Li te pouse yo travay dirèkteman pami limanite. Premye etap travay Bondye a, se te lidèchip lòm. Se te kòmansman batay ak Satan an, men batay la pa t ko kòmanse ofisyèlman. Lagè ofisyèl ak Satan an te kòmanse avèk premye enkanasyon Bondye a, epi l ap kontinye pou jis jounen jodi a. Premye batay nan lagè sa a, se lè Bondye enkane a te krisifye sou kwa a. Krisifiksyon Bondye enkane a fè Satan echwe, epi se te premye etap ki reyisi nan lagè a. Lè Bondye enkane a te kòmanse travay nan lavi lòm dirèkteman, se te kòmansman ofisyèl travay pou rekonkèt lòm nan, epi paske se te travay pou chanje ansyen karaktè lòm nan, se te travay fè lagè ak Satan. Etap travay Jewova te fè okòmansman an se te senpman pran direksyon lavi lòm sou latè. Se te kòmansman travay Bondye a, epi malgre li pa t ko gen batay ladan, ni okenn gwo travay, li te jete baz travay lagè ki te gen pou vini an. Pita, dezyèm etap travay la pandan Tan Lagras la te enplike chanjman ansyen karaktè lòm nan, ki vle di se Bondye Limenm ki prepare lavi lòm. Se Bondye pèsonèlman ki te dwe fè sa: sa te mande pou Bondye pèsonèlman vini nan lachè. Si Li pa t tounen lachè, pa gen pèsonn ankò ki t ap kapab ranplase L nan etap travay sa a, paske li te reprezante travay goumen dirèkteman ak Satan. Si lòm ta fè travay sa a nan non Bondye, lè lòm ta kanpe devan Satan, Satan pa t ap soumèt, epi li t ap vin enposib pou pote laviktwa sou li. Se Bondye enkane a ki te vini pou bat li, paske esans Bondye enkane a se toujou Bondye, se Li ki toujou lavi lòm, epi se Li ki toujou Kreyatè a; nenpòt sa ki ta pase, idantite L ak esans Li p ap chanje. Ebyen konsa, Li asepte lachè a epi li fè travay pou pwovoke soumisyon konplè Satan. Pandan etap travay dènye jou yo, si lòm te genyen pou l te fè travay sa a epi si l te oblije pale pawòl la dirèkteman, ebyen li pa t ap kapab pwononse yo, epi si yon pwofesi ta pwononse, ebyen pwofesi sa a pa t ap kapab fè konkèt lòm. Lè Li asepte lachè a, Bondye vini pou l bat Satan epi pwovoke soumisyon li totalman. Lè li fin genyen Satan nèt, fè konkèt lòm okonplè, epi genyen lòm konplètman, etap travay sa a ap fini epi siksè a ap akonpli. Nan jesyon Bondye a, lòm pa kapab ranplase Bondye. An patikilye, travay direksyon tan yo ak lansman nouvo chantye bezwen pi plis toujou pou se Bondye ki fè yo pèsonèlman Limenm. Bay lòm revelasyon epi founi li pwofesi, se bagay lòm kapab fè, men si se travay Bondye dwe akonpli Limenm pèsonèlman, travay batay ant Bondye Limenm ak Satan, ebyen lòm pa kapab fè travay sa a. Pandan premye etap travay la, lè pa t genyen batay ak Satan, Jewova te dirije pèp Izrayèl la pèsonèlman, avèk pwofesi pwofèt yo te konn pwononse yo. Apre sa, dezyèm etap travay la se te batay ak Satan, e Bonbye Limenm pèsonèlman te tounen lachè e Li te vini nan lachè pou fè travay sa a. Tout sa ki enplike batay ak Satan an, li enplike enkanasyon Bondye tou, ki vle di lòm pa kapab mennen batay sa a. Si lòm ta deside antre nan batay, li pa t ap kapab pote laviktwa sou Satan. Ki kote li t ap jwenn fòs pou l konbat Satan pandan li toujou anba enfliyans li? Lòm nan mitan: Si w panche sou bò pa Satan an, ebyen se pou Satan ou ye, men si ou satisfè Bondye, ebyen se pou Bondye ou ye. Si lòm ta eseye ranplase Bondye nan travay batay sa a, èske li t ap kapab? Si l ta fè sa, èske li pa t ap gentan peri depi lontan? Èske li pa t ap gentan anba tè depi lontan? Konsa, lòm pa kapab ranplase Bondye nan travay Li, ki vle di lòm pa gen esans Bondye, e si ou ta goumen ak Satan ou pa t ap kapab pote laviktwa sou li. Lòm sèlman kapab fè kèk travay; li kapab fè kèk moun kwè, men li pa kapab pran plas Bondye nan travay pèsonèl Bondye. Kijan lòm t ap fè pou l goumen ak Satan? Satan t ap mete w anba chenn depi anvan menm ou kòmanse. Se sèlman lè Bondye Limenm ap goumen ak Satan epi lòm ap mache dèyè Bondye epi obeyi L sou baz sa a, se lè sa a Bondye kapab genyen lòm epi lòm kapab chape anba kòd Satan. Bagay lòm kapab reyalize avèk pwòp sajès li epi kapasite l limite anpil; li pa kapab rann lòm konplè, dirije lòm, epi, plis toujou, li pa kapab bat Satan. Entelijans ak sajès lòm pa kapab kontrekare plan Satan yo, konsa, kijan lòm ta kapab fè batay ak Satan?
Tout sila yo ki gen volonte pou yo vin pafè genyen chans pou yo vin pafè, konsa chak moun mèt poze: Alavni nou tout ap antre nan destinasyon an. Men, si ou pa gen volonte pou ou vin pafè, ni ou pa gen volonte pou w antre nan wayòm mèveye a, ebyen sa se pwoblèm pa w. Tout sila yo ki gen volonte pou yo vin pafè epi ki fidèl ak Bondye, tout sila yo ki obeyi, epi tout sila yo k ap akonpli travay yo ak fidelite—tout moun sa yo kapab vin pafè. Jodi a, tout sila yo ki p ap akonpli devwa yo ak fidelite, tout sila yo ki pa fidèl ak Bondye, tout sila yo ki pa soumèt yo anba volonte Bondye, an patikilye sila yo ki te resevwa ekleraj ak limyè Sentespri a, men ki pa mete li anpratik—okenn nan moun sa yo pa kapab vin pafè. Tout sila yo ki gen volonte pou yo fidèl epi obeyi Bondye kapab vin pafè, menmsi yo enpe iyoran; tout sila yo ki pare pou yo kontinye kapab vin pafè. Pa gen okenn rezon pou enkyete sou sijè sa a. Toutotan ou vle kontinye nan direksyon sa a, ou kapab vin pafè. Mwen pa dispoze pou M abandone oswa elimine youn nan nou, men si lòm pa vle fè efò pou l byen konpòte l, ebyen se oumenm k ap detwi tèt ou; se pa Mwenmenm k ap elimine w, men se oumenm menm. Si oumenm pèsonèlman, ou pa vle fè efò pou w aji byen—si w parese, oswa ou pa fè devwa w, oswa ou pa fidèl, oubyen ou pa mache nan laverite epi w ap aji jan w pito, si w ap konpòte w an temerè, goumen pou pwòp glwa w ak richès ou, ou san moralite nan relasyon fi ak gason, ebyen w ap oblije pote chay pwòp peche w; ou pa merite pitye pèsonn. Lide Mwen, se pou Mwen fè nou tout vin pafè, epi antouka genyen nou, yon fason pou etap travay sa a reyalize avèk siksè. Sa Bondye swete, se pou chak moun vin pafè, pou li vin pou Bondye finalman, pou Bondye netwaye l konplètman, epi pou l vin pami moun Bondye renmen yo. Sa pa anyen lè Mwen di nou estipid epi nou manke nivo—tout se reyalite. Sa Mwen di a pa vle di Mwen gen entansyon vire do ban nou, ke Mwen pèdi lespwa nan nou, oubyen pi plis toujou ke M pa ta gen volonte pou M sove nou. Jodi a, Mwen vini pou M akonpli travay sali nou, ki vle di travay M ap fè a se travay sali a k ap kontinye. Chak grenn moun genyen chans pou li vin pafè: Depi ou dispoze, depi w ap kontinye, alafen w ap kapab reyalize rezilta sa a, epi Mwen p ap abandone youn nan nou. Si nivo w fèb, sa M ap egzije w la ap annakò ak fèblès ou; Si nivo w wo, sa M ap egzije w la ap annakò ak wotè nivo w ye a; si w iyoran oswa ou pa kapab ni li ni ekri, sa M ap egzije w la ap annakò ak nivo edikasyon w; si w edike, sa M ap egzije w la ap annakò ak bon nivo edikasyon ou genyen an; si w fin granmoun, sa M ap egzije w la ap annakò ak laj ou; Si w gen mwayen pou w ofri ospitalite, sa M ap egzije w la ap annakò ak mwayen sa a ou genyen an; Si w di ou pa kapab ofri ospitalite, ou sèlman kapab ranpli tèl ou tèl fonksyon, se kapab gaye levanjil la, pran swen legliz la, oswa akonpli nenpòt lòt aktivite, pèfeksyon M ap egzije w la ap annakò ak fonksyon w ap ranpli a. Rete fidèl, obeyi jiskalafen, epi chèche genyen yon lanmou san limit pou Bondye—se sa ou dwe akonpli, e pa genyen okenn lòt pratik ki pi bon pase twa bagay sa yo. Finalman, sa lòm genyen kòm egzijans se akonpli twa bagay sa yo, e depi li kapab akonpli yo, ebyen l ap vin pafè. Men, pi plis toujou pase tout lòt bagay, ou dwe kontinye rapouswiv pou tout bon, ou dwe kontinye pouse pou pi devan, ni ou pa dwe pran bagay sa yo alalejè. Mwen te di chak grenn moun genyen chans pou li vin pafè epi li kapab vin pafè, e se laverite, men ou pa eseye amelyore tèt ou nan sa w ap pouswiv la. Si ou pa akonpli twa kondisyon sa yo, ebyen alafen w ap oblije elimine. Mwen vle pou chak moun konble reta li, Mwen vle pou chak moun gen travay ak limyè Sentespri a, epi kapab obeyi jiskalafen, paske se devwa sa a nou chak dwe akonpli. Lè nou tout akonpli devwa nou, nou tout ap vin pafè, n ap genyen tou yon temwayaj ki sonnen fò. Tout sila yo ki genyen temwayaj se yomenm k ap pote laviktwa sou Satan epi genyen pwomès Bondye a, epi se yomenm k ap la pou viv nan destinasyon mèveye a.