Epòk Wayòm nan Se Epòk Pawòl la

Nan Epòk Wayòm nan, Bondye itilize lapawòl pou anonse nouvèl epòk la, pou chanje fason Li travay yo, epi pou fè travay nan tout epòk la. Sa se prensip Bondye itilize pou travay nan Epòk Pawòl la. Li te tounen moun pou pale nan divès kalite fason, pou lòm te kapab vrèman wè Bondye, ki se Pawòl la ki vin tounen moun, epi pou li te kapab gade sajès ak mèvèy Li. Travay konsa fèt nan lide pou pi byen akonpli objektif pou konkeri lòm, fè lòm vin pafè, ak pote limyè pou lòm, ki se vrè sinifikasyon itilizasyon pawòl yo pou travay nan Epòk Pawòl la. Atravè pawòl sa yo, moun vin konnen travay Bondye a, nati Bondye a, vrè nati lòm, ak chwa lòm dwe fè. Atravè pawòl yo, travay Bondye swete fè nan Epòk Pawòl la reyalize nan totalite li. Atravè pawòl sa yo, moun yo te ekspoze, jwenn limyè, epi pase anba eprèv. Moun te wè pawòl Bondye yo, yo te tande pawòl sa yo, epi rekonèt egzistans pawòl sa yo. Pou rezon sa, yo vin kwè nan egzistans Bondye, nan omnipotans ak nan sajès Bondye, menm jan ak nan lanmou Bondye gen pou lòm ak dezi Li pou sove lòm. Mo “pawòl” yo kapab senp e òdinè, men pawòl ki soti nan bouch Bondye enkane a tranble linivè, yo transfòme kè moun, transfòme konsepsyon ak ansyen nati yo, epi transfòme fason tout mond lan te konn parèt. Atravè peryòd yo, se sèlman Bondye jodi a ki te travay nan fason sa a, e ki te pale konsa epi te vini pou sove lòm konsa. Depiperyòd sa a, lòm ap viv anba direksyon pawòl Bondye a, se pawòl Li yo k ap dirije ak nouri yo. Moun ap viv nan mond pawòl Bondye a, nan mitan malediksyon ak benediksyon pawòl Bondye yo, e menm genyen plis moun ki vin viv anba jijman ak chatiman pawòl Li yo. Pawòl sa yo ak travay sa se pou koz sali lòm, pou koz akonplisman volonte Bondye, epi pou koz chanjman aparans orijinal mond nan ansyen kreyasyon an. Bondye te kreye mond lan avèklapawòl, Li dirije pèp atravè linivè a avèk lapawòl, epi Li konkeri epi sove moun avèk lapawòl. Finalman, L ap itilize lapawòl pou mete yon fen nan ansyen mond lan totalman, konsa L ap akonpli tout plan jesyon Li a. Pandan Epòk Wayòm nan, Bondye itilize lapawòl pou fè travay Li ak pou atenn rezilta travay Li a. Li pa fè mèvèy oswa mirak, men Li senpman fè travay Li atravè lapawòl. Akoz pawòl sa yo, lòm nouri ak jwenn pwovizyon, epi genyen konesans ak vrè esperyans. Nan Epòk Pawòl la, lòm te beni nan yon fason eksepsyonèl. Li pa soufri doulè nan kò epi li senpman jwi tout pwovizyon ki soti nan pawòl Bondye; san li pa bezwen ale chache oubyen mache tou avèg, nan mitan konfò li, li wè aparans Bondye, li tande Li k ap pale ak pwòp bouch Li, li resevwa pwovizyon Li fè, epi gade Li pèsonèlman k ap fè travay Li. Sa yo se bagay moun nan ansyen tan yo pa t kapab jwi, epi yo se benediksyon yo pa tjanm ka resevwa.

Bondye te pran desizyon pou fè lòm vin konplè, Kèlke swa pèspektiv li itilize pou Li pale yo, tout sa se pou fè moun vin bon nèt. Pawòl ki pale daprè pèspektiv Lespri a difisil pou moun konprann; yo pa gen okenn mwayen pou jwenn chemen k ap gide yo nan pratik, paske kapasite yo pou konprann limite. Travay Bondye a fèt nan diferan aspè, epi Li gen yon objektif pou chak etap nan travay Li. Anplis, li se yon obligasyon pou Li pale daprè diferan pèspektiv, paske se sèlman lè Li fè sa Li ka fè lòm vin pafè. Si li ta dwe sèlman leve vwa Li selon pèspektiv Lespri a, pa t ap gen okenn mwayen pou akonpli etap sa nan travay Bondye a. Daprè ton Li itilize pou pale a, ou kapab wè li detèmine pou fè gwoup moun sa yo vin konplè. Alò ki sa ki ta dwe premye etap pou chak moun sa yo ki swete vin pafè a? Angwo, ou dwe konn travay Bondye a. Jodi a, yon nouvo metòd kòmanse nan travay Bondye a; epòk la chanje, fason Bondye travay chanje tou, epi metòd Bondye itilize pou pale diferan. Jodi a, se pa sèlman metòd travay li a ki chanje, men peryòd la chanje tou. Kounye a se Epòk Wayòm nan. Li se yon epòk tou pou renmen Bondye. Li se yon avan-gou Peryòd Wayòm Milenè a—ki se Epòk Pawòl la tou, e kote Bondye itilize plizyè mwayen pou pale pou fè lòm vin pafè, epi pale selon diferan pèspektiv pou fè pwovisyon pou lòm. Nan rantre nan Peryòd Wayòm Milenè a, Bondye pral kòmanse itilize lapawòl pou fè lòm vin pafè, L ap pèmèt li rantre nan reyalite lavi a epi dirije l nan vrè chemen an. Lè li fin fè esperyans plizyè etap nan travay Bondye a, lòm wè travay Bondye a rete san l pa chanje, men l ap evolye ak apwonfondi san kanpe. Aprè lòm te fin esperimante l pandan lontan, travay la retounen a plizyè repriz, l ap chanje detanzantan. Sepandan, menm si li chanje anpil, li pa janm devye de objektif Bondye pou pote sali a bay lèzòm. Menm atravè dimil chanjman, li pa janm separe de objektif orijinal li a. Nenpòt jan metòd travay Bondye a ka chanje, travay sa pa janm separe de verite a oswa de lavi. Chanjman ki fèt nan metòd sou fason travay la fèt enplike senpman yon chanjman nan fòma travay la, ak nan pèspektiv Bondye itilize pou pale yo; pa gen okenn chanjman nan objektif santral travay Bondye a. Chanjman nan fason Bondye pale ak nan metòd travay Li fèt se pou bay yon rezilta. Yon chanjman nan fason Bondye pale pa vle di yon chanjman nan plan an oswa nan prensip ki dèyè travay la. Moun kwè nan Bondye espesyalman pou chache lavi; si ou kwè nan Bondye poutan ou pa chache lavi osinon chache verite a oswa konesans Bondye a, donk sa se pa kwayans nan Bondye! Epi èske sa reyalis pou toujou ap chache pou rantre nan wayòm nan pou rive wa? Rive genyen lanmou sensè pou Bondye pandan w ap chache lavi—se sèlman sa ki reyalite; Rechèch ak pratik laverite—sa yo se reyalite. Li pawòl Bondye a, ak fè esperyans pawòl sa yo, w ap rive konprann konesans Bondye nan mitan vrè esperyans, e se sa ki vrè rechèch la.

Kounye a se Epòk Wayòm nan. Si ou gentan antre nan nouvo epòk sa depann de si ou gentan antre nan reyalite pawòl Bondye a, de si pawòl Li a tounen reyalite lavi ou. Pawòl Bondye a rive nan zòrèy chak moun pou tout moun, finalman, ka rive viv nan mond pawòl Bondye a, epi pawòl Li a ap edifye e klere chak moun anndan yo. Si, pandan tan sa, ou neglijan nan lekti pawòl Bondye a, epi ou pa moutre okenn enterè nan pawòl Li a, donk sa pwouve ke eta ou mal. Si ou pa kapab antre nan Epòk Wayòm nan, alò Sentespri a p ap travay nan ou; si ou gentan antre nan epòk sa, L ap fè travay Li. Kisa w ka fè nan kòmansman Epòk Pawòl la pou w ka jwenn travay Sentespri a? Nan epòk sa, epi pami nou, Bondye ap akonpli verite sa a: ke tout moun pral viv pawòl Bondye a, pral ka mete verite a an pratik, epi yo pral renmen Bondye avèk senserite; ke tout moun ap itilize pawòl Bondye a tankou yon fondasyon ak tankou reyalite pa yo, epi yo pral gen kè ki gen krentif pou Bondye; epi ke, atravè pratik pawòl Bondye a, lòm pral egzèse otorite wayal ansanm avèk Bondye. Sa se travay ke Bondye genyen pou L reyalize. Èske ou ka rete san w pa li pawòl Bondye a? Jodi a, gen anpil moun ki santi yo pa ka pase menm yonn oubyen de jou san yo pa li pawòl Li a. Yo dwe li pawòl Li a chak jou, e si tan pa pèmèt yo, tande pawòl Li a ap sifi pou yo. Sa se santiman ke Sentespri a bay moun, e sa se fason Li kòmanse touche yo. Sa vle di, Li gouvène moun atravè pawòl, pou yo ka antre nan reyalite pawòl Bondye a. Si, aprè sèlman yon jou san manje ak bwè pawòl Bondye a, ou santi fè nwa ak swaf, epi ou pa ka sipòte sa, sa moutre ke Sentespri Bondye a touche w, epi ke Li pa vire do ba ou. Lè sa a, ou se yon moun ki nan Kategori sa. Sepandan, si aprè yonn oubyen de jou san w pa manje ak bwè pawòl Bondye a, ou pa santi anyen, si w pa gen okenn swaf, epi w pa touche ditou, sa pwouve ke Sentespri a vire do ba ou. Sa sinifi, alò, ke gen yon pwoblèm nan eta enteryè ou; ou poko antre nan Epòk Pawòl la, e ou se yonn pami sila yo ki an reta. Bondye itilize pawòl pou gouvène moun; w ap santi w byen si ou manje ak bwè pawòl Bondye a, e si w pa santi w konsa, ou pa gen chemen pou w swiv. Pawòl Bondye a tounen manje pou moun ak fòs ki kondui yo. Bib la di konsa “Lòm pa bezwen pen sèlman pou viv, men tou tout pawòl ki soti nan bouch Bondye.” Jodi a, Bondye ap mete yon fen nan travay sa, e L ap akonpli verite sa nan nou menm. Kòman li te fè posib, nan tan pase yo, pou moun te ka pase plizyè jou san yo pa li pawòl Bondye a epi poutan yo te ka manje ak travay kòm dabitid, men jodi a li pa konsa? Nan epòk sa, Bondye itilize pawòl prensipalman pou gouvène tout bagay. Atravè pawòl Bondye a, lòm jwenn jijman ak pèfeksyon, epi finalman yo antre nan wayòm nan. Se sèl pawòl Bondye a ki ka bay lòm lavi, epi se sèl pawòl Bondye a ki ka bay lòm limyè ak yon chemen pou pratike, espesyalman nan Epòk Wayòm nan. Toutotan ou pa ale lwen reyalite pawòl Bondye a, lwen manje ak bwè pawòl Li chak jou, Bondye ap ka fè w vin pafè.

Pouswit nan lavi se pa yon bagay ki ka presipite; grandi nan lavi pa rive fèt nan yonn ou de jou. Travay Bondye a nòmal epi li pratik, epi gen yon pwosesis ke li oblije swiv. Jezi enkane a te oblije pase tranntwa zan edmi pou akonpli travay krisifiksyon Li—alò e travay pirifye lavi lòm ak transfòme lavi li, travay ki pi difisil la? Se pa yon bagay fasil pou kreye yon moun nòmal epi ki manifeste Bondye. Sa se espesyalman pou moun yo ki fèt nan nasyon gran dragon rouj la, ki gen yon nivo enferyè e ki bezwen pawòl ak travay Bondye yo pou anpil tan. Alò pa pèdi pasyans jiskaske w jwenn rezilta. Ou dwe manje ak bwè pawòl Bondye a avèk aksyon, epi ou dwe fè efò pou w obeyi pawòl Bondye a. Lè ou fin li pawòl li a, ou dwe ka pratike li tout bon vre, grandi nan konesans, bon konprann, disèneman, ak sajès nan pawòl Bondye a. Atravè sa, w ap chanje san w pa reyalize sa. Si w ka pran manje ak bwè pawòl Bondye a tankou yon prensip, pou w li l, pou w vin konnen l, pou w eksperimante l, epi pou w pratike l, w ap vin gen matirite san w pa reyalize sa. Genyen sa yo ki di yo pa kapab mete pawòl Bondye a an Pratik menm aprè yo fin li l. Poukisa w prese konsa? Lè ou atenn nan yon sèten nivo, w ap ka mete pawòl Li an pratik. Èske yon timoun kat oubyen senk an tap di ke li pa ka sipòte oswa onore paran li yo? Ou dwe konnen kòman nivo ou gen kounye a gran. Mete an pratik sa ou ka mete an pratik, epi evite pou w pa yon moun k ap entèwonp jesyon Bondye a. Jis manje ak bwè pawòl Bondye a, epi pran sa tankou prensip ou depi kounye a. Pa enkyete w, pou moman sa, konsènan si Bondye ka fè w vin konplè. Poko antre twòp nan kesyon sa. Jis manje ak bwè pawòl Bondye a pandan l ap vin jwenn ou, epi Bondye ap asire Li ke ou vin konplè. Sepandan, gen yon prensip ou dwe swiv pou w ka manje ak bwè pawòl Li a. Pa fè sa tankou yon avèg. Pandan w ap manje ak bwè pawòl Bondye a, nan yon aspè, chache pawòl ke ou dwe vin konnen—sa vle di, pawòl ki gen rapò ak vizyon—e nan yon lòt aspè, chache sa ke ou dwe mete an pratik pou tout bon—sa vle di, sa ou dwe antre ladan yo. Yonn nan aspè yo gen rapò ak konesans, epi lòt la gen rapò ak antre. Depi ou konprann tou lè de—lè ou fin konprann sa ou dwe konnen ak sa ou dwe pratike—w ap konnen kòman pou w manje ak bwè pawòl Bondye a.

Pou kontinye, pale de pawòl Bondye dwe tounen prensip ou swiv lè w ap pale. Òdinèman, lè nou reyini ansanm, nou dwe angaje nou nan kominyon konsènan pawòl Bondye a, pran pawòl Bondye a tankou sijè ki defini rapò nou yonn ak lòt, pale de sa w konnen konsènan pawòl sa a, kòman pou w mete l an pratik, ak kòman Sentespri a travay. Toutotan ou fè zanmi ak pawòl Bondye a, Sentespri a ap klere ou. Pou mond pawòl Bondye a ka vin yon reyalite, lòm dwe kolabore. Si w pa kwè sa, Bondye p ap gen chemen pou Li travay; si ou fè silans epi ou pa pale de pawòl Li a, Li p ap gen fason pou Li klere ou. Nenpòt lè ou pa okipe avèk lòt bagay, pale de pawòl Bondye a, epi se pa jis angaje w nan konvèsasyon banal. Kite vi w ranpli avèk pawòl Bondye a—se sèlman lè sa w ap tounen yon kwayan fidèl. Sa pa yon pwoblèm si kominyon ou an sipèfisyèl. San sipèfisyalite pa ka gen pwofondè. Dwe genyen yon pwosesis. Atravè fòmasyon ou an, w ap konprann limyè Sentespri a sou ou, ak fason pou w manje e bwè pawòl Bondye a byen. Aprè yon entèval envestigasyon sou verite a, w ap antre nan reyalite pawòl Bondye a. Se sèlman si w deside kolabore w ap kapab resevwa travay Sentespri a.

Nan prensip manje ak bwè pawòl Bondye a, yonn gen rapò ak konesans, epi lòt la gen rapò ak antre. Ki pawòl ou ta dwe konnen? Ou dwe konnen pawòl ki gen rapò ak vizyon (tankou, sa ki gen rapò ak ki epòk travay Bondye a te kòmanse, sa Bondye swete reyalize kounye a, sa enkanasyon an ye, elatriye; tout sa yo gen rapò ak vizyon). Kisa chemen lòm dwe swiv la vle di? Sa sinifi pawòl Bondye ke moun dwe pratike epi antre ladan yo. De aspè ki te mansyone avan yo se de aspè manje ak bwè pawòl Bondye a. Depi kounye a, manje ak bwè pawòl Bondye a nan fason sa. Si ou genyen yon konpreansyon ki klè de pawòl Li konsènan vizyon, alò ou pa bezwen ap li tout tan. Sa ki pi enpòtan se manje ak bwè plis pawòl sou antre, tankou fason ou dwe bay Bondye kè w, fason ou dwe fè kè w silans devan Bondye, ak fason ou dwe abandone lachè. Sa yo se bagay ou dwe pratike. Si w pa konnen ki fason ou dwe manje ak bwè pawòl Bondye a, vrè kominyon an pa posib. Depi w konnen ki fason pou w manje ak bwè pawòl Li a, lè w fin konprann sa ki pi enpòtan, kominyon an ap vin lib, epi nenpòt problèm ki parèt, w ap ka antre an kominyon epi konprann reyalite a. Si. Lè w ap fè zanmi ak pawòl Bondye a, ou pa gen okenn reyalite, enben ou poko konprann sa ki pi enpòtan, sa ki moutre ke ou pa konnen kòman pou w manje ak bwè pawòl Bondye a. Kèk moun ka santi ke li pawòl Bondye a fatigan, e sa pa yon kondisyon nòmal. Sa ki nòmal la se lè ou pa janm fatige li pawòl Bondye a, lè ou toujou swaf yo, epi lè ou toujou wè pawòl Bondye a bon. Sa se fason yon moun ki vrèman antre manje ak bwè pawòl Bondye a. Lè ou santi ke pawòl Bondye a absoliman pratikab epi ke se egzakteman ladann lòm dwe antre; lè ou santi pawòl Li itil anpil epi li pwofitab pou lòm, epi ke li se pwovizon pou lavi lòm—se Sentespri a ki ba ou santiman sa, epi se Sentespri ki touche ou. Sa pwouve Sentespri a ap travay nan ou e ke Bondye pa vire do ba ou. Kèk moun, lè yo wè Bondye toujou ap pale, vin fatige ak pawòl Li, epi yo panse pa gen konsekans pou si yo li l oswa pou si yo pa li l—ki se yon eta nòmal. Yo manke yon kè ki swaf antre nan reyalite a, epi moun konsa pa ni swaf ni bay enpòtans ak lè yon moun vin pafè. Nenpòt lè ou santi ou pa gen swaf pou pawòl Bondye a, sa pwouve ou pa nan yon eta nòmal. Nan tan pase yo, ou te ka detèmine si Bondye vire do ba ou atravè lapè ke w genyen anndan w ak si ou eksperimante kontantman. Kounye a sa ki pi enpòtan se si ou swaf pawòl Bondye a, si pawòl li a se reyalite ou, si ou fidèl, ak si ou ka fè tout sa w kapab pou Bondye. Nou te ka di tou, Bondye jije lòm a travè reyalite pawòl Li. Bondye adrese pawòl Li ak tout limanite. Si ou dispoze pou li l, Bondye ap klere ou, men si ou pa dizpoze, Li pap klere ou. Bondye klere sila yo ki grangou ak swaf jistis, epi Li klere sila yo ki chache Li. Gen kèk moun ki di Bondye pa klere yo menm aprè yo fin li pawòl Li. Men nan ki fason ou te li pawòl sa a? Si ou li pawòl Li a menm jan ak yon moun ki sou yon chwal k ap gade flè, epi ou pa bay enpòtans ak reyalite a, kòman Bondye te ka fè klere ou? Kòman Bondye ka fè yon moun ki pa ancheri pawòl Li a vin pafè? Si ou pa ancheri pawòl Bondye a, ou p ap gen ni verite a ni reyalite a. Si ou ancheri pawòl Li a, lè sa a w ap ka mete verite a an pratik, epi se sèlman lè sa w ap posede reyalite a. Se poutèt sa ou dwe manje ak bwè pawòl Bondye tout tan, ke ou okipe oswa ou pa okipe, ke sikonstans yo difisil oswa yo pa difisil, epi ke w ap pase nan eprèv oswa ou p ap pase nan eprèv. An jeneral, pawòl Bondye a se fondasyon egzistans lòm. Pa gen moun ki ka vire do yo bay pawòl Bondye, men tout moun dwe manje pawòl Li menm jan yo manje twa repa chak jou. Èske li te ka fasil konsa pou Bondye rive jwenn epi rann yon moun pafè? Ke ou konprann kounye a oswa ou pa konprann, epi ke ou gen konesans nan travay Li oswa ou pa genyen, ou dwe manje ak bwè pawòl Li a toutotan li posib. Sa vle di antre nan yon chemen ki dinamik. Aprè ou fin li pawòl Bondye a, pa pran tan pou mete sa w ka antre ladann nan an pratik, epi pou kounye a mete sa w pa ka pratike yo sou kote. Ka genyen plizyè nan pawòl Bondye yo ou pa ka konprann o kòmansman, men aprè de oswa twa mwa, petèt menm aprè yon ane, w ap konprann yo. Kòman sa ka fè posib? Se paske Bondye pa ka rann yon moun pafè nan de ou twa jou. Pi plis fwa, lè ou li pawòl Li a, ou ka pa konprann touswit. Lè sa a, yo ka pa sanble ak lòt bagay ke senp tèks; ou dwe eksperimante yo pandan yon sèten tan anvan ou rive konprann yo. Bondye tèlman te pale, ou dwe fè pi gwo efò pou w manje ak bwè pawòl Li a, epi, san ou pa reyalize sa, w ap rive konprann, epi san ou pa reyalize sa, Sentespri a ap klere ou. Lè Sentespri a klere lòm, se souvan san lòm pa konnen sa. Li klere epi gide ou lè ou swaf epi ou chache Li. Prensip Sentespri a itilize pou travay baze sou pawòl Bondye ke ou manje ak bwè. Tout sila yo ki pa bay pawòl Bondye a enpòtans epi ki toujou gen yon atitid diferan anvè pawòl Li—ki kwè, nan panse yo ki twouble, ke pa gen diferans si yo li pawòl Li a oswa si yo pa li l—se moun ki pa posede reyalite a. Ni travay Sentespri a ni limyè Li pa vizib nan yon moun konsa. Moun konsa jis ap fonksyone nan routin san pyès efò, y ap pretann san yo pa gen okenn vrè kalifikasyon, tankou Mesye Nanguo nan parabòl la.

San pawòl Bondye a antan ke reyalite w, ou pa gen yon vrè nivo. Lè moman an rive pou w sibi eprèv, sètènman w ap tonbe, epi vrè nivo w la ap parèt. Men sila yo ki toujou ap chache antre nan reyalite, lè eprèv kouvri yo, y ap rive konprann objektif travay Bondye a. Yon moun ki gen konsyans, epi ki swaf Bondye, dwe poze aksyon Pratik pou rekonpanse Bondye pou lanmou Li. Sila yo ki pa gen reyalite a pa ka kenbe fèm menm an fas sikonstans ki pa enpòtan. Sa se diferans ant sila yo ki gen yon vrè nivo e sila yo ki pa genyen. Kisa ki lakoz, malgre yo toulède manje ak bwè pawòl Bondye a, gen kèk ki ka kenbe fèm nan mitan eprèv yo, pandan ke gen lòt ki kouri pou yo? Diferans klè a se paske gen kèk ki manke vrè nivo; yo pa gen pawòl Bondye a pou sèvi kòm reyalite yo, epi pawòl Li a pa pouse rasin anndan yo. Depi yo sibi eprèv, yo tou rive nan limit wout yo. Kisa ki lakoz, alò, ke gen kèk ki ka kenbe fèm nan mitan eprèv yo? Se paske yo konprann verite a epi yo gen yon vizyon, epi yo konprann volonte Bondye ak kondisyon li yo, nan sans sa yo ka kenbe fèm nan mitan eprèv yo. Sa se yon vrè nivo, epi sa tou, se lavi. Gen kèk tou ki ka li pawòl Bondye a, men ki pa mete li an Pratik, yo pa pran li o serye; sila yo ki pa pran li o serye pa bay pratik okenn enpòtans. Sila yo ki pa gen pawòl Bondye a pou sèvi kòm reyalite yo pa gen yon vrè nivo, epi moun sa yo pa ka kenbe fèm nan mitan eprèv yo.

Lè pawòl Bondye a anonse, ou dwe resevwa li imedyatman, epi manje ak bwè li. Kèlkeswa nivo konpreansyon w, ide ou dwe kenbe di a se manje ak bwè, pou w ka konnen, epi pou w ka pratike pawòl Li a. Sa se yon bagay ke ou sipoze ka fè. Pa enkyete w sou ki fason nivo ka vin gran; konsantre w sèlman sou manje ak bwè pawòl Bondye a. Se nan sa lòm ta dwe kolabore. Objektif vi espirityèl ou a se espesyalman pou w eseye antre nan reyalite manje ak bwè pawòl Bondye a epi mete l an pratik. Se pa zafè pa w pou w konsantre sou nenpòt lòt bagay. Lidè legiz yo dwe kapab gide tout frè ak sè an Kris yo pou yo kapab konnen kòman pou yo manje ak bwè pawòl Bondye a. Sa se responsablite tout lidè legliz yo. Ke yo jèn oswa granmoun, yo tout dwe konsidere manje ak bwè pawòl bondye a tankou yon bagay ki gen anpil enpòtans epi yo dwe kenbe pawòl li a nan kè yo. Antre nan reyalite sa vle di antre nan Epòk Wayòm nan. Jodi a, pi fò moun santi yo pa ka viv san yo pa manje ak bwè pawòl Bondye a, epi yo santi pawòl Li a tou fre kèlke swa lè yo tande li. Sa vle di yo kòmanse mache nan bon chemen an. Bondye itilize pawòl pou egzekite travay Li epi pou reponn a bezwen lòm. Lè tout moun dezire epi swaf pawòl Bondye a, limanite ap antre nan mond pawòl Li a.

Bondye te pale anpil. Ki kantite pawòl ou rive konnen? Nan ki kantite reyalite ou antre? Si yon lidè legliz pa gide frè ak sè an Kris li yo nan reyalite pawòl Bondye a, alò y ap vin neglijan nan responsablite yo, epi yo pa p rive akonpli tach yo! Ke konpreansyon ou pwofon oswa sipèfisyèl, kèlkeswa nivo konpreansyon ou, ou dwe konnen kòman pou w manje ak bwè pawòl Bondye a, ou dwe prete anpil atansyon ak pawòl Li, epi konprann enpòtans ak nesesite pou w manje ak bwè li. Bondye tèlman pale, si ou pa manje ak bwè pawòl Li, si ou pa eseye chache, oswa mete pawòl Li an pratik, sa pa ka rele kwè nan Bondye. Puiske ou kwè nan Bondye tout bon, ebyen ou dwe manje ak bwè pawòl Li a, experimante pawòl li, epi viv pawòl Li a. Se sèlman sa ki ka rele kwayans nan Bondye! Si w di ou kwè nan Bondye avèk bouch ou epi poutan ou pa kapab mete okenn nan pawòl Li an pratik oswa pwodui reyalite a, sa pa rele kwè nan Bondye. Pito, sa se “chache pen pou satisfè grangou.” Pale sèlman de temwanyaj ki pa enpòtan, bagay ki pa itil, ak sijè sipèfisyèl, san w pa posede menm yon ti kal reyalite: sa pa vle di kwayans nan Bondye, epi tou senpleman ou pa konprann fason ki adekwa pou w kwè nan Bondye. Poukisa ou dwe manje ak bwè kèlkeswa kantite ki posib la nan pawòl Bondye a? Si ou pa manje oswa bwè pawòl Li men ou sèlman ap chache ale nan syèl, èske sa se kwè nan Bondye? Ki premye pa yon moun ki kwè nan Bondye ta dwe fè? Pa ki chemen Bondye pèfeksyone lòm? Èske ou ka vin pafè san ou pa manje ak bwè pawòl Bondye a? Èske yo ka konsidere w tankou yon moun wayòm nan san ke pawòl Bondye a pa sèvi kòm reyalite ou? Kisa egzakteman kwayans nan Bondye vle di? Moun ki kwè nan Bondye dwe, pou pi piti, konpòte yo byen pou moun ka wè; sa ki pi enpòtan se pou yo posede pawòl Bondye a. Kèlke swa jan sa ye, ou pa ka janm elwanye w de pawòl Li a. Konnen Bondye epi akonpli volonte li, yo tout fèt a travè pawòl Li. Nan lavni, tout nation, denominasyon, relijyon, ak tout sektè ap vin konkeri a travè pawòl Bondye a. Bondye pral pale dirèkteman, epi tout moun pral kenbe pawòl Bondye a nan men yo, epi pa mwayen sa, limanite ap vin pafè. Anndan tankou deyò, pawòl Bondye a anvayi tout kote: Limanite pral pale pawòl Bondye a avèk bouch yo, yo pral aji an akò avèk pawòl Bondye, epi yo pral kenbe pawòl Bondye a anndan yo, pandan y ap rete plen ak pawòl Bondye a anndan yo ak nan aparans yo. Konsa, limanite ap vin pafè. Sila yo ki akonpli dezi Bondye epi ki kapab bay temwanyaj pou Li, se moun sa yo ki posede pawòl Bondye a tankou reyalite yo.

Antre nan Epòk Pawòl la—Epòk Wayòm Milenè a—se travay k ap akonpli jodi a. Depi jodi a, pratike antre an kominyon konsènan pawòl Bondye a. Se sèlman lè ou manje ak bwè epi tou lè w eksperimante pawòl Bondye a w ap kapab viv pawòl Bondye a. Ou dwe pwodui eksperyans pratik pou w ka konvenk lòt moun. Si w pa ka viv reyalite pawòl Bondye a, okenn moun p ap kwè! Tout moun ke Bondye itilize ka viv reyalite pawòl Bondye a. Si ou pa ka pwodui reyalite sa epi rann temwanyaj a Bondye, sa pwouve ke Sentespri a pa t travay nan ou, epi Bondye pa t rann ou pafè. Sa se enpòtans pawòl Bondye a. Èske ou gen yon kè ki swaf pawòl Bondye a? Sila yo ki swaf pawòl Bondye a swaf verite a, epi se sèlman moun konsa Bondye beni. Nan avni an, genyen plis pawòl ke Bondye pral di ak tout relijyon epi ak tout denominasyon. Li premye pale epi eksprime vwa Li pami nou pou fè nou konplè anvan li kontinye pou L pale epi eksprime vwa Li pami lòt nasyon yo pou L konkeri yo. Atravè pawòl Li, tout moun ap vin kwè totalman epi avèk senserite. Atravè pawòl Bondye a ak revelayon Li, nati kòwonpi lòm nan diminye, li vin gen aparans yon moun, epi nati rebelyon li an diminye. Pawòl la travay sou lòm avèk otorite epi li konkeri lòm nan limyè Bondye a. Travay Bondye fè nan epòk prezan an, ak tout moman desizif nan travay Li, yo tout nan pawòl Li a. Si ou pa li pawòl Li a, ou p ap konprann anyen. Atravè ou menm k ap manje ak bwè pawòl Li, atravè angajman w nan kominyon avèk frè w ak sè w yo, epi atravè eksperyans reyèl ou yo, w ap rive genyen konesans konplè sou pawòl Bondye a. Se sèlman lè sa w ap kapab vrèman viv reyalite li a.

Avan:  Sila yo Ki Obeyi Bondye Avèk yon Kè ki Pwòp Se Sèten Bondye Pral Genyen yo

Pwochen:  Pawòl Bondye A Akonpli Tout Bagay

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger