Kòmandman Epòk Tounèf la

Nan eksperyans travay Bondye a, nou dwe li pawòl Bondye yo ak anpil atansyon epi ekipe tèt nou ak verite a. Men, konsènan sa nou vle fè oswa fason nou vle fè li, nou pa bezwen priye ak tout fòs ni ap sipliye, paske de tout fason yo initil. Men, aktyèlman, pwoblèm nou pral fè fas kounye a sè ke nou pa konnen ki jan yo fè eksperyans travay Bondye a, epi nou pasif anpil. Nou konnen anpil doktrin, men nou pa gen anpil reyalite. Èske se pa yon-siy ki montre nou nan erè? Gen anpil erè ki vizib nan nou menm, gwoup sa a. Jodi a, nou pa kapab reyalize eprèv tankou “rann sèvis,” epi nou pa kapab imajine oswa reyalize lòt eprèv ak rafinman ki gen rapò ak pawòl Bondye yo. Nou dwe rete kole sou bann bagay nou ta dwe mete an pratik yo. Sa vle di moun yo dwe rete atache ak anpil devwa yo ta dwe fè. Se sa moun yo ta dwe atache ak yo, e se sa yo dwe egzekite. Se pou Sentespri a fè sa Sentespri a dwe fè; moun pa ka jwe okenn wòl ladan l. Lòm ta dwe atache ak sa lòm ta dwe fè, sa ki pa gen okenn relasyon ak Sentespri a. Se pa lòt bagay, sèlman sa lòm dwe fè, epi ak sa li dwe atache kòm kòmandman, menm jan moun atache ak lalwa Ansyen Testaman an. Malgre kounye a se pa Epòk Lalwa, toujou gen anpil pawòl ki ta dwe respekte ki nan menm kalite ak pawòl yo pale nan Epòk Lalwa a. Pawòl sa yo pa ka aplike sèlman gras ak kontak Sentespri a, men de preferans, yo se yon bagay lòm ta dwe konfòme yo ak li. Pa egzanp:

Ou pa dwe jije travay Bondye pratik la.

Piga ou opoze ak moun Bondye temwaye pou yo.

Devan Bondye, ou dwe rete nan plas ou epi ou pa dwe dezobeyisan.

Ou ta dwe modere nan pawòl, epi pawòl ou ak aksyon w yo dwe swiv aranjman moun Bondye temwaye pou li.

Ou ta dwe respekte temwayaj Bondye a. Ou pa dwe inyore travay Bondye a ak pawòl ki soti nan bouch Li.

Ou pa dwe imite ton ak objektif pawòl Bondye yo.

Sou deyò, ou pa dwe fè anyen ki manifeste opozisyon ak moun Bondye temwaye pou li.

Se bagay sa yo chak moun ta dwe atache ak yo. Nan chak epòk, Bondye presize anpil règ ki sanble ak lwa epi lòm ta dwe atache ak yo. Gras ak sa, Li fòse lòm gen bon dispozisyon epi Li detekte senserite l. Konsidere mo sa yo pa egzanp “Onore papa w ak manman w” nan Epòk Ansyen Testaman an. Mo sa yo pa aplike jodi a; nan moman sa a, yo te sèlmanfòse lòm konpòte li byen devan je moun, yo te sèvi pou demontre senserite kwayans lòm nan Bondye, epi yon mak sila yo ki kwè nan Bondye. Malgre kounye a se Epòk Wayòm nan, genyen toujou anpil règ lòm dwe respekte. Règ tan lontan yo pa aplikab, epi jodi a gen anpil pratik ki pi apwopriye pou lòm respekte, epi ki nesesè. Yo pa enplike travay Sentespri a e se lòm ki dwe fè yo.

Nan Epòk Lagras la, anpil nan pratik Epòk Lalwa yo te abandone paske Lalwa sa yo pa t espesyalman efikas pou travay ki te genyen nan moman sa a. Aprè yo te abandone yo, anpil pratik te jije apwopriye pou epòk la, e ki te vin tounen anpil nan règleman jodi a. Lè Bondye jounen jodi a te vini, yo te pase sou règleman sa yo e yo pa te egzije yo respekte yo ankò, e yo te tabli anpil pratik ki apwopriye pou travay jodi a. Jodi a, pratik sa yo se pa règ, men de preferans yo la pou fè efè; yo konfòm pou jodi a—demen, petèt yo pral vin tounen règ. An rezime, ou ta dwe respekte sa yo ki pwodiktif pou travay jodi a. Pa fè atansyon ak demen: Sa ki fèt jodi a se pou jodi a. Petèt lè demen vini, pral gen pi bon pratik ou pral oblije mete an aplikasyon—men pa fè twòp atansyon ak sa. De preferans, respekte sa w ta dwe respekte jodi a yon fason pou evite opoze ak Bondye. Jodi a, pa gen anyen ki pi enpòtan pou moun respekte pasesa nou pral di la yo:

Ou pa dwe eseye woule Bondye ki kanpe devan je w la, oswa kache anyen pou Li.

Ou pa dwe pale mal oswa gen pawòl awogan devan Bondye ki devan w lan.

Ou pa dwe twonpe Bondye ki devan je w la ak bèl pawòl ni bèl diskou yon fason pou w ka genyen konfyans Li.

Ou pa dwe aji san respè devan Bondye. Ou dwe obeyi tout sa ki soti nan bouch Bondye, e ou pa dwe reziste, opoze, ni diskite pawòl Li yo.

Ou pa dwe entèprete jan lide w di w pawòl ki soti nan bouch Bondye yo. Ou ta dwe veye lang ou pou anpeche li lakòz ou viktim move plan mechan yo.

Ou ta dwe veye mak pye w pou evite depase limit Bondye te fikse pou ou yo. Si ou depase yo, sa ap lakòz ou kanpe nan pozisyon Bondye a epi pale pawòl pretansye ak gwo kòlèt, epi konsa Bondye ap vin rayi w.

Ou pa dwe fè neglijans lè w ap gaye pawòl ki soti nan bouch Bondye yo, pou lòt moun pa pase ou nan rizib, pou move lespri yo pa fè w pase pou moun sòt.

Ou dwe obeyi tout travay Bondye jodi a. Menm si ou pa konprann li, ou pa dwe jije li; tout sa ou ka fè se chache ak rete nan kominyon.

Okenn moun pa dwe depase limit espas Bondye te premye bay la. Ou pa ka fè anyen plis pase sèvi Bondye jodi a nan pozisyon lòm. Ou pa ka anseye sou Bondye jounen jodi a selon pozisyon lòm—moun ki fè sa pèdi wout yo.

Pesonn pa ka kanpe nan plas nonm Bondye bay temwayaj pou li a; nan pawòl ou, aksyon w, ak panse entim, ou kanpe nan pozisyon lòm. Yo dwe respekte sa, se responsablite lòm, epi pèsonn pa ka chanje li; si w eseye fè sa w ap vyole dekrè administratif yo. Tout moun ta dwe sonje sa.

Tout tan Bondye te pase ap pale, sa te lakòz lòm konsidere li epi aprann pawòl Bondye yo kòm travay prensipal li. Pa gen moun ki bay atansyon ak pratik, e menm sa ou ta dwe respekte yo ou pa fè sa. Sa te pote anpil difikilte ak pwoblèm nan sèvis nou. Si, anvan ou pratike pawòl Bondye yo, ou pa te respekte sa ou ta dwe respekte a, lè sa a ou fè pati youn nan gwoup moun Bondye rayi epi rejte yo. Lè ou respekte pratik sa yo, ou ta dwe serye ak sensè. Ou pa ta dwe trete yo tankou chenn, men respekte yo kòm kòmandman. Jodi a, ou pa ta dwe enkyete wpou rezilta ki dwe reyalize; an rezime, se konsa Sentespri a ap travay, e kèlkeswa moun ki komèt yon ofans dwe jwenn pinisyon. Sentespri a san emosyon, e li pa bay jan w konprann konprann bagay yo kounye a regle anyen pou li. Si w ofanse Bondye jodi a, donk, Li pral pini ou. Si ou ofanse Li nan limit jiridiksyon Li, Lè sa a, Li p ap epanye ou. Li pa bay jan ou serye nan konfòmite w nan pawòl Jezi yo regle anyen pou li. Si ou vyole kòmandman Bondye jounen jodi a, Li pral pini w, epi kondane w a mò. Kouman li ta kapab akseptab pou ou pa konfòme w ak yo? Ou dwe konfòme w, menm si sa vle di soufri yon ti doulè! Kèlkeswa relijyon, sektè, nasyon, oswa denominasyon li ye a, pi devan yo tout dwe respekte pratik sa yo. Okenn moun pa egzante, e yo youn p ap epanye! Paske yo se sa Sentespri a pral fè jodi a, e pèsonn pa sipoze vyole yo. Menm lè yo pa gwo bagay, tout moun dwe fè yo epi yo se kòmandman Jezi te mete la pou lòm, Li menm ki te resisite e ki te monte nan syèl la. Èske “Chemen An … (7)” a di ke definisyon Jezi a sou si ou jis oswa pechè se selon atitid ou anvè Bondye jodi a? Pèsonn pa dwe neglije pwen sa a. Nan Epòk Lalwa, jenerasyon apre jenerasyon Farizyen yo te kwè nan Bondye, men pandan Epòk Lagras la rive yo pa t konnen Jezi, epi yo te opoze ak Li. Se konsa tout sa yo te fè se te lave men siye atè, e Bondye pa t aksepte zèv yo. Si ou ka konprann sa, Lè sa a, ou p ap peche fasil. Petèt anpil moun te mezire tèt yo parapò ak Bondye. Ki gou sa genyen pou w opoze ak Bondye? Èske li anmè oswa dous? Ou ta dwe konprann sa; pa pran pòz ou pa konnen. Petèt, nan kè yo, gen kèk moun ki pa konvenk. Poutan mwen konseye w eseye li epi gade—wè ki gou li genyen. Sa ap anpeche anpil moun toujou mefyan parapò ak li. Anpil moun li pawòl Bondye yo, men an kachèt yo opoze ak Li nan kè yo. Apre ou te opoze ak Li konsa, èske ou pa santi kòmsi yon kouto te vire nan kè ou? Si se pa chirepit nan fanmi an, se malèz nan kò a, oswa soufrans nan pitit gason ak pitit fi. Malgre yo epanye kò w ak lanmò, men Bondye p ap janm soti sou ou. Èske ou panse ke li ta ka senp konsa? Espesyalman, li menm pi nesesè toujou pou bann moun ki pre Bondye yo konsantre sou sa. Firanmezi tan ap pase, ou pral bliye li, epi, san ou pa reyalize sa, ou pral plonje nan tantasyon epi w ap vin pa respekte anyen, e se konsa w pral kòmanse peche. Èske sa parèt san enpòtans pou ou? Si ou ka fè sa byen, lè sa a w ap gen chans pou yo rann ou pafè—pou ou vini devan Bondye epi pou ou resevwa konsèy Li nan pwòp bouch li. Si ou neglijan, lè sa a pral gen pwoblèm pou ou—ou pral defye Bondye, pawòl ou ak aksyon w yo pralpèvèti, epi finalman gwo van ak gwo vag pral pote w ale. Chak nan nou ta dwe pran nòt sou kòmandman sa yo. Si ou vyole yo, lè sa a menm lè moun Bondye temwaye pou li a gendwa pa kondane w, Lespri Bondye a pral gen kont pou regle avè w, epi Li pa p epanye ou. Èske ou ka sipòte konsekans peche w yo? Kidonk, kèlkeswa sa Bondye di, ou dwe mete pawòl Li yo an pratik, epi ou dwe respekte yo pa nenpòt mwayen ou kapab. Sa a se pa yon bagay ki senp!

Avan:  Konsènan Lè Bondye Itilize Lòm

Pwochen:  Wayòm Milenè A Rive

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger