Wayòm Milenè A Rive
Èske-w wè ki travay Bondye pral akonpli nan gwoup moun sa yo? Bondye te di yon fwa, menm nan Wayòm Milenè a moun yo dwe kontinye swiv pawòl Li san rete, e nan tan kap vini an pawòl Bondye yo ap kontinye gide direkteman lavi lezòm nan bon peyi Kanaan. Lè Moyiz te nan dezè a Bondye enstwi li e pale avè-l direkteman. Soti nan syel la Bondye voye manje, dlo ak laman pou moun yo pwofite, e jodia se toujou menm bagay: Bondye pèsonelman voye bagay pou manje ak bwe pou moun yo ka pwofite, e Li pèsonelman voye malediksyon pou pini moun yo. E konsa chak etap nan zèv Li se Bondye Li menm ki egzekite-L. Jodi a, moun yo ap swete pou gen bagay ki manifeste, yap cheche siy ak mevèy, e li posib ke tout moun sa yo yo mete yo deyò, paske travay Bondye ap vin pi pratik chak jou. Pa gen pèson ki konnen ke Bondye te desann soti nan syèl la, yo pa konnen nonpli ke Bondye te voye manje ak fòs soti nan syel—poutan Bondye egziste tout bon e sèn vibran nan Wayòm Milenè a ke moun yo ap imajine yo se pawòl Bondye en pèson ke yo ye tou. Se yon reyalite, e se selman sa yo rele gouvène ak Bondye sou latè. Gouvène ak Bondye sou latè fè referans a kò a. Sak pa gen a wè ak kò a pa egziste sou tè a. E konsa tout sa yo ki konsantre yo sou ale nan twazyèm syèl la ap fè sa pou granmesi. Yon jou, lè tout linivè a tounen nan men Bondye, sant travay Li nan tout kosmòs la pral swiv pawòl Li. Yon lòt kote, gen kèk moun ki pral sevi ak telefòn, kèk pral pran yon avyon, kèk pral pran yon bato sou lanmè, e kèk pral sèvi ak lazè pou yo resevwa pawòl Bondye yo. Tout moun pral adore, e yap swaf, yo tout ap vin pre Bondye, yap sanble kò yo kot Bondye e tout pral adore Bondye—e tout sa yo pral zèv Bondye. Sonje sa! Bondye sètenman pap janm rekòmanse yon lòt kote. Bondye pral akonpli reyalite sa: Li pral fè tout moun nan tout linivè a vin devan-L e adore Bondye sou latè, e travay Li lòt kote yo pral sispan, e moun yo a pral oblije chèche vre chemen an. Sa pral tankou Jozèf: tout moun vin jwenn li pou manje, epi yo mete ajenou devan-l paske-l te gen bagay pou bay manje. Pou yo sove tèt yo anba grangou, moun yo pral oblije chèche vre chemen an. Tout kominote relijye a pral soufri anpil grangou e se sèl Bondye jodia ki se sous dlo lavi a ki posede sous ki toujou ap koule a ke Li bay pou lezòm pwofite, e moun yo ap vini e yap depann de Li. Se nan moman sa ke zèv Bondye pral revele e Bondye pral glorifye; tout moun nan linivè a pral adore “moun” sa yo pat wè a. Eske sa se pa pral jou glwa Bondye? Yon jou, ansyen pastè yo pral voye telegram ap chèche dlo nan sous dlo vivan an. Yap granmoun, men ya pral vin adore moun sa ke yo te meprize a. Yap rekonèt Li ak bouch yo e yap fè-L konfyans nan kè yo—eske sa pa yon siy ak yon mèvey? Lè tout Wayòm nan ap rejwi, sa pral jou glwa Bondye, e kelkeswa moun ki vin jwen ou e ki resevwa bon nouvèl Bondye a Bondye ap beni-l, e peyi yo ak moun yo ki fè-l, Bondye ap beni yo e pran swen yo. Men kijan Direksyon kap vini an ap ye: moun ki jwen pawòl yo nan bouch Bondye yap gen yon chemen pou mache sou tè a, e kelkeswa yo se biznisman oswa syantis, oswa edikatè oswa endistryèl, sa ki san pawòl Bondye yo pral gen pwoblèm pou yo fè menm yon sèl pa, e pral oblije chèche vre chemen an. Se sa ki vle di: “Avèk laverite, wa-p mache nan lemond entye, san laverite ou pa pral okenn kote.” Reyalite yo se konsa: Bondye pral itilize mwayen (sa vle di tout pawòl Li yo) pou-L kòmande tout linivè e gouvène e konkeri lezòm. Moun yo toujou ap espere yon gwo chanjman nan fason ke Bondye travay. Pou pale pi klè, se avèk pawòl yo ke Bondye kontwole moun, e ou dwe fè Sa Li di, ke-w vle-l ke-w pa vle-l; se yon reyalite objektif, e tout moun dwe obeyi-l, e konsa tou li pa pran priyè e tout moun konen-l.
Lesentespri bay moun yo yon santiman. Apre yo fin li pawòl Bondye, nan kè yo moun yo santi yo fèm e an pè, pandan ke sa ki pa jwen pawòl Bondye yo santi yo vid. Se konsa pouvwa pawòl Bondye ye. Moun yo fèt pou li yo, e apre yo fin li yo, yo jwen nouriti e yo pa ka rete san li. Se tankou lè mou pran opyòm: li ba yo fòs, e san li, yo santi fòs li kap atire yo, e yo pa gen okenn fòs. Se tandans sa moun yo jodia genyen. Li pawòl Bondye bay moun fòs. Si yo pa li yo, yo santi yo pa enterese, men apre yo fin li yo, yo leve menm kote a sou “kabann maladi yo.” Se pawôl Bondye kap egzese pouvwa sou latè e Bondye kap gouvène latè. Sèten moun vle kite sa, oswa yo bouke avèk travay Bondye. Kelkeswa jan-l ye yo paka separe tèt yo ak pawòl Bondye; kelkeswa jan yo fèb, yo dwe kanmenm viv dapre pawòl Bondye, e kelkeswa jan yo rebel, yo pa oze abandone pawòl Bondye. Lè pawòl Bondye vreman montre pisans Li se lè Bondye ap gouvène ak ap egzese pouvwa Li; se fason sa Bondye travay. Apre tout bagay, se pa mwayen sa Bondye travay e pèson paka kite-l. Pawòl Bondye yo gen pou gaye nan kay ke yo pap ka konte, e tout moun gen pou konen yo, e se selman lè sa zèv li gen pou gaye toupatou nan linivè a. Ki vle di, si zèv Bondye gen pou gaye toupatou nan linivè a, alòs fòk pawòl Li gaye. Nan jou glwa Bondye, pawòl Bondye ap montre pouvwa yo ak otorite yo. Chak grenn nan pawòl Li depi nan tan yo paka sonje jis jodia gen pou akonpli et sa dwe rive. Nan fason sa, glwa a se pral pou Bondye sou latè—ki vle di ke pawôl Li yo pral gouvène sou latè. Tout sa ki mechan yo pral pini pa pawòl ki soti nan bouch Bondye, tout sa ki jis yo pral beni pa pawòl ki soti nan bouch Li, e yo tout pral vin fèm ak konplè pa pawòl ki soti nan bouch Li. Li pap fè parèt nonpli okenn siy oswa mèvey; tout bagay pral akonpli pa pawòl Li, e pawòl Li yo pral pwodwi reyalite. Tout moun sou tè a pral celebre pawòl Bondye, ke se granmoun oswa timoun, gason, fi, vye granmoun ou jèn moun, tout moun ap soumèt yo a pawòl Bondye. Pawòl Bondye yo parèt nan kò a, pou pèmèt moun wè yo sou latè, vivan ak nan reyalite. Se sa ki vle di pou pawòl la tounen lachè. Bondye te vini sou latè prensipalman pou akonpli reyalite sa “pawòl la tounen lachè,” sa vle di Li te vini pou pawòl Li yo ka soti nan kò a (pa tankou lè tan Moyiz la nan Ansyen Testaman, lè vwa Bondye soti direkteman nan syel). Apre sa, tout pawòl Li yo pral akonpli pandan tan Wayòm Milenè a, yap vin tounen reyalite ke yo ka wè devan zye moun, e moun yo a pral wè yo avèk pwòp je yo san okenn ti diferans. Sa a se pi gwo sans Bondye ki tounen lachè genyen. Sa vle di, travay Lespri a akonpli pa lachè, ak pa pawòl. Sa se vre siyifikasyon “Pawòl la tounen lachè” ak “Pawòl la ki parèt nan lachè.” Selman Bondye ka pale volonte Lespri a, e selman Bondye nan lachè ka pale nan non Lespri a; pawòl Bondye yo kle nan Bondye ki vin lachè, e yo sèvi gid pou tout lòt moun. Pèson pa egzante, yo tout egziste anndan sa a. Se selman ak pawòl sa yo moun ka vin gen la konesans; moun ki pa genyen nan fason sa yap reve je klè si yo panse yo ka genyen pawòl yo nan syel la. Se otorite sa ki demontre nan Bondye ki tounen lachè, ki lakòz tout moun vin kwè nan li ak yon konviksyon total. Menm ekspè yo pi respekte ak pastè relijye yo paka pale pawòl sa yo. Fòk yo tout soumèt tèt yo ba yo, e pèson pap kapab rekòmanse. Bondye pral itilize pawòl pou-L konkeri linivè. Li pa pral fè sa avek lachè li tounen an, men nan itilize pawòl nan bouch Bondye ki tounen lachè pou konkeri tout moun nan tout linivè a; selman sa se Pawòl la ki tounen lachè, e selman sa se Pawòl la ki parèt nan lachè. Petèt, pou lezòm, sanble Bondye pa fè anpil travay—men Bondye ka selman di pawòl Li yo, e yo (lezòm) pral kwè ak enpresyone totalman. San wè anyen, moun yo ap kriye ak rele; avèk pawòl Bondye, yo femen bouch yo. Bondye pral akonpli kanmenm reyalite sa, paske se nan plan Bondye depi lontan: akonpli reyalite sa ke Pawòl la rive sou latè. An reyalite, mwen pa bezwen eksplike—vini Wayòm Milenè a sou latè se vini Pawòl Bondye sou latè. Nouvo Jeruzalem ki desann sot nan syel se vini Pawòl Bondye pou-l viv pami lezòm, pou akonpanye chak aksyon lezòm e tout panse yo ki pi sekrè. Se yon reyalite tou ke Bondye pral akonpli; se la Wayòm Milenè a bèl. Se plan Bondye fè: Pawòl Li yo pral parèt sou latè pandan mil an, e yo pral manifeste tout aksyon Li yo e pral fin akonpli tout zèv li sou latè, apre sa etap sa nan limanite pral rive nan bout li.