Mistè Enkanasyon an (2)
Nan epòksa a kote Jezi t ap travay nan peyi Jide, Li tefè l nan yon fason klè, men kounye a, Mwen travay e Mwen pale pami nou an sekrè. Moun ki pa kwè yo totalman pa okouran de sa. Travay mwen pami nou fèmen pou sila yo ki deyò a. Mo sa yo, chatiman ak jijman sa yo, se sèl nou ki konnen yo e pa lòt moun yo. Tout travay sa a reyalize nan mitan nou e devwale sèlman ak nou; pèsòn pami moun ki kwè yo pa konnen sa, paske tan an poko rive. Moun sa yo isi a prèt pou vin konplè apre yo fin sipòte chatiman, men sila yo ki deyò a pa konnen anyen nan sa. Travay sa a kache twòp! Pou yo, Bondye ki tounen moun nan kache, men pou sila yo ki nan kouran sa a, nou ka di Li devwale. Malgre nan Bondye tout bagay ouvè, tout bagay revele e tout bagay libere, sa sèlman vrè pou sila yo ki kwè nan Li; nan sa ki konsène rès moun yo, moun ki pa kwè yo, Bondye pa revele yo anyen. Travay ki ap fèt pami nou aktyèlman ak nan peyi Lachin fèmen nan fason strik, nan lide pou anpeche yo konnen. Si yo ta vin okouran de travay sa a, alò tout sa yo t ap fè se kondane l epi soumèt li anba pèsekisyon. Yo pa t ap kwè l. Travay nan nasyon gwo dragon wouj lan, peyi ki plis anreta sa a, pa yon bagay ki fasil. Si travay sa a ta dwe devwale, li t ap enposib pou kontinye. Etap sa a nan travay lasenpman pa ka reyalize kote sa a. Si travay sa yo ta dwe fèt a klè, kijan yo ta ka pèmèt li avanse? Èske sa pa t ap riske travay la plis? Si travay sa a pa t kache, men olye de sa li te reyalize menm jan ak nan tan Jezi a, lè Li te geri moun malad yo epi Li te chase demon yo nan yon fason grandyoz, eben èske demon yo pa t ap deja “fè l prizyone” depi lontan? Èske yo t ap kapab tolere egzistans Bondye? Si mwen te dwe antre nan sinagòg yo kounya pou preche epi anseye lòm, ebyen èske yo pa t ap mete m an pyès depi lontan? E si sa te pase, kijan zèv Mwen an te ka kontinye reyalize? Rezon ki fè okenn siy ak okenn mèvèy pa manifeste ditou nan yon fason klè se pou disimilasyon an. Kidonk, pou moun ki pa kwè yo, yo pa ka wè, konnen oswa dekouvri zèv Mwen. Si etap sa a nan zèv lan te dwe fèt nan menm fason ak pa Jezi an nan Epòk Lagras la, li pa t ap ka stab jan l ye a kounya. Kidonk, travay nan sekrè nan fason sa a nan avantaj nou ak pou zèv lan nan totalite l. Lè zèv Bondye sou latè a fini, sa vle di lè zèv sekrè sa a fini, alò etap sa a nan zèv la pral eklate gran jounen. Tout moun pral konnen gen yon gwoup venkè nan peyi Lachin; tout moun pral konnen Bondye ki tounen moun nan nan peyi Lachin e zèv Li an fini. Se lè sa a sèlman lòm pral konnen sa: Poukisa Lachin poko montre deklen oswa efondreman? Li sanble Bondye ap akonpli zèv Li pèsonèlman nan nan peyi Lachin e li rann yon gwoup moun san defo pou yo vin tounen venkè.
Bondye ki tounen moun nan manifeste l sèlman ak yon pati nan pèp laki ap swiv Li pandan period sa a lè Li pèsonèlman akonpli zèv Li a, e non pa ak tout kreyati yo. Li te senpman tounen moun pou konplete yon etap nan zèv Li a, e non pa pou montre lòm imaj Li. Toutfwa, se Li Menm ki dwe akonpli zèv Li a, kidonk li nesesè pou Li pou L fè l nan kò fizik la. Lè zèv sa a fini, Li ap kite mond imen an; Li pa ka rete lontan pami lèzòm yon fason pou Li pa opoze L ak travay k ap vini an. Sa Li manifeste bay foul lan se sèlman tanperaman jis Li an ak tout aksyon Li yo, e non pa imaj kote Li te tounen moun nan de fwa, paske imaj Bondye a sèlman parèt nan tanperaman Li e imaj enkanasyon kò fizik Li a pa ka ranplase l. Imaj mounLi a parèt sèlman ak yon kantite moun limite, sèlman bay sila yo ki swiv Li pandan Li ap travay nan kò fizik la. Se pou sa zèv k ap fèt kounye a fèt an sekrè. Nan menm fason an, Jezi te sèlman montre Tèt Li bay juif yo lè Li te fè zèv Li an, e Li pa t janm montre Tèt Li bay okenn lòt nasyon. Kidonk, yon fwa Li te fini zèv Li an, Li te kite mond imen an byen vit epi Li pa t rete; aprè sa, se pa t Li menm, imaj lòm sa a, ki te montre Tèt Li bay lòm, men se Sentespri an ki te reyalize travay lan dirèkteman. Yon fwa travay Bondye ki tounen lachè an totalman fini, Li ap kite mond lanmò sa a, e Li pa p janm fè okenn zèv ki sanble ak sa Li te fè lè Li te nan kò fizik la ankò. Aprè sa a, Sentespri an reyalize tout zèv la dirèkteman. Pandan peryòd sa a, lòm apèn ka wè imaj kò chanèl Li a; Li pa montre lòm Tèt Li ditou, men Li toujou rete kache. Tan pou zèv Bondye ki tounen moun nan limite. Li reyalize nan yon epòk, peryòd, ak nasyon espesifik epi pami moun espesifik. Zèv sa a reprezante sèlman zèv nan pandan peryòd enkanasyon Bondye an, e li patikilye ak epòk la; li reprezante zèv Lespri Bondye an nan yon epòk anpatikilye, e non pa totalite zèv Li an. Kòm konsekans, imaj Bondye ki tounen lachè an pa p parèt devan tout moun. Sa yo montre foul lan se lajistis Bondye ak tanperaman Li nan totalite l, olye de imaj Li kote l te tounen mounde fwa. Se pa ni sèl imaj yo montre lòm lan, ni de imaj yo met ansanm yo. Kòm konsekans, li obligatwa pou enkanasyon Bondye an ta kite latè lè zèv Li dwe fè an fini, paske Li sèlman vin akonpli zèv Li sipoze fè an, e non pa pou montre moun imaj Li. Menm si enpòtans enkanasyon an deja akonpli nan Bondye ki tounen moun nan de fwa a, men Li pa p manifeste Tèt Li nan yon fason klè bay yon nasyon ki pa t janm wè L deja. Jezi pa p janm montre Tèt Li bay juif yo antanke Solèy lajistis la, ni Li pa p monte Montay Oliv la epi parèt devan tout pèp yo; tout sa juif yo te wè se te pòtrè Jezi pandan sejou Li nan Jide. Se paske zèv Jezi a nan Enkanasyon Li an te fini sa gen de mil lane; Li pa p tounen nan peyi Jide nan imaj yon juif, ankò mwens pou Li montre Tèt Li nan imaj yon juif bay okenn nan lòt nasyon yo, paske imaj Jezi ki tounen mounnan se senpman imaj yon juif, e non pa imaj Pitit Lòm lan Jan te wè an. Menm si Jezi te pwomèt disip Li yo Li t ap tounen, Li pa p senpman montre imaj yon juif ak tout sila yo ki nan lòt nasyon yo. Nou dwe konnen senpman Bondye ki tounen moun nan se pou louvri yon epòk. Zèv sa a limite ak kèk lane e Li pa ka reyalize tout zèv Sentespri Bondye an. Nan menm fason an, imaj Jezi antanke yon juif ka reprezante sèlman imaj Bondye pandan Li t ap travay nan peyi Jide an, e Li te ka sèlman fè zèv krisifiksyon an. Pandan peryòd kote Jezi te tounen moun nan, Li pa t ka akonpli zèv pou mete yon fen nan epòk la oswa detwi limanite. Kidonk, apre yo te kloure Li sou lakwa e li te fini travay Li a, Li te monte anwo epi Li te kache lwen lòm pou toutan. Depi lè sa a, kwayan fidèl sa yo ki sot nan lòt nasyon yo pa t kapab wè manifestasyon Seyè Jezi an, men sèlman pòtrè Li yo te kole sou mi an. Pòtrè sa a se senpman yon pòtrè lòm desinen, e non pa imaj Bondye Li Menm te montre lòm. Bondye pa p montre Tèt Li nan yon fason klè bay foul la nan imaj kote Li te tounen moun nan de fwa. Travay Li akonpli pami limanite an se pou pèmèt yo konprann tanperaman L. Yo montre lòm tout sa atravè zèv ki fèt nan diferan epòk yo; sa akonpli atravè tanperaman Li te fè konnen an ak zèv Li te fè a, olye de atravè manifestasyon Jezi a. Sa vle di, yo fè lòm konnen imaj Bondye non pa atravè enkanasyon imaj la, men olye sa atravè zèv enkanasyon Bondye a ki gen alafwa imaj ak fòm; epi atravè zèv Li, yo montre imaj Li e yo fè konnen tanperaman Li. Sa se enpòtans zèv Li swete fè nan lachè an.
Yon fwatravay de enkanasyon Bondye yo rive nan fen yo, Li pral kòmanse montre tanperaman jis Li an nan lòt nasyon yo, pou pèmèt foul la wè imaj Li. Li pral manifeste tanperaman L epi atravè mwayen sa a presize fen diferan kategori lòm yo, konsa L ap mete totalman yon fen nan ansyen epòk la. Rezon ki fè zèv Li nan lachè an pa etann li sou yon gwo distans (menm jan Jezi te travay sèlman nan peyi Jide, e jodi an Mwen travay sèlman pami nou an) se paske zèv Li nan kò fizik la gen fwontyè ak limit. Li senpman ap reyalize yon kout peryòd travay nan imaj yon kò ki òdinè epi nòmal; Li pa p itilize enkanasyon kò sa a pou reyalize zèv letènite a oswa zèv pou l parèt devan pèp lòt nasyon yo. Zèv nan kò fizik la pa ka gen yon dimansyon limite (tankou travay sèlman nan peyi Jide oswa sèlman pami nou), epi aprè sa, atravè mwayen zèv ki reyalize nan limit sa yo, dimansyon l ka elaji. Byensi, Sentespri Li a dwe reyalize travay ekspansyon an dirèkteman epilè sa a li pa p zèv enkanasyon Li a ankò. Paske zèv nan kò fizik lagen limit epi li pa etann li nan tout kwen nan inivè a—li pa ka akonpli sa a. Atravè zèv nan kò fizik la, Lespri Li reyalize zèv ki dwe fèt aprè a. Kòm konsekans, zèv ki reyalize nan kò fizik la an gen yon nati inogiral ki fèt nan espas kèk limit; aprè sa, se Lespri Li an ki kontinye ak zèv sa a, epi Li fè sa plis nan yon dimansyon ki elaji.
Zèv Bondye vin fè sou tè sa a se sèlman pou gide epòk la, pou louvri yon nouvo epòk epi mete yon fen nan ansyen an. Li pa t vin viv pakou lavi yon nonm sou latè, pou l eksperimante pou Tèt Li lajwa ak lapèn lavi lèzòm nan mond lan, oswa pou rann yon moun san defo ak men L oswa pèsonèlman obsève yon moun pandan l ap grandi. Sa se pa zèv Li; zèv Li a se sèlman pou kòmanse epòk tounèf lan epi mete yon fen nan ansyen an. Sa vle di, Li pral fizikman kòmanse yon epòk, fizikman mete yon fen nan lòt lan, epi defye Satan nan akonpli zèv Li an fizikman. Chak fwa Li reyalize zèv Li an fizikman, se kòmsi Li ap mete yon pye sou chan batay la. Dabò, Li ranpòte laviktwa sou mond lan epi Li genyen Satan pandan Li te nan kò fizik la; Li pran tout lagwa epi leve rido an sou entegralite zèv de mil lane yo, sa ki pèmèt ke tout moun sou latè gen bon chemen pou suiv la epi yon vi lapè ak lajwa pou viv. Toutfwa, Bondye pa ka viv ak lòm sou latè pandan lontan, paske Bondye se Bondye, e li pa menm bagay ak lòm aprè tou. Li pa ka viv lavi yon moun nòmal, sa vle di, Li pa ka rete sou latè tankou yon moun ki pa gen anyen ekstrawòdinè nan Li, paske Li gen yon ti kal pati nan imanite nòmal yon moun nòmal pou sipòte lavi imen nòmal Li an. Oubyen tou, kijan Bondye ta ka fonde yon fanmi, gen yon karyè epi leve timoun soutè a? Èske se pa t ap yon wont pou Li? Li gen lakay li yon imanite nòmal se senpman nan objektif pou akonpli yon zèv nan yon fason nòmal, e non pa pou pèmèt Li gen yon fanmi ak yon karyè menm jan yon moun nòmal t ap fè l. Sans nòmal Li, lespri nòmal Li, ak manje epi rad nòmal sou kò Li an ase pou pwouve Li gen yon imanite nòmal; li pa nesesè pou Li gen yon fanmi oswa yon karyè pou pwouve Li gen lakay Li yon imanite nòmal. Sa t ap totalman initil! Vini Bondye soutè an se Pawòl la ki tounen moun; Li pèmèt senpman pou lòm konprann pawòl Li epi wè pawòl Li, savle di, pèmèt lòm wè travay kò fizik la akonpli. Entansyon L se pa pou moun yo trete enkanasyon Li a yon sèten fason, men sèlman pou lòm obeyisan jiskobou, sa vle di, pou obeyi tout pawòl yo ki sòti nan bouch Li, epi soumèt ak tout zèv Li fè. Li ap travay sèlman nan kò fizik la; Li pa p mande lòm nan yon fason entansyonèl pou egzalte grandè ak sentete kò Li, men Li montre lòm pito lasajès zèv Li a ak tout otorite Li ap egzèse a. Pou rezon sa, menm si Li gen yon imanite remakab, Li pa fè okenn anons, epi Li konsantre sèlman sou zèv Li ta dwe akonpli a. Nou ta dwe konnen poukisa Bondye te tounen moun e poutan Li pa rann piblik oswa temwanye sou imanite nòmal Li an, men olye de sa Li akonpli senpman zèv Li swete fè a. Kòm konsekans, tout sa nou kapab wè apati enkanasyon Bondye a se sa Li ye divinman; sa se paske Li pa janm pwoklame sa Li ye a nan sans imen pou lòm ka imite l. Se sèlman lè lòm ap mennen moun lòm pale sou sa Li ye nan yon fason imen, pou li pi byen jwenn admirasyon ak soumisyon moun epi atenn lidèchip lòt moun konsa. An revanch, Bondye konkeri lòm atravè zèv Li sèlman (sa vle di, yon zèv lòm pa ka atenn); pa gen kesyon pou lòm admire L, oswa pou L fè lòm admire L. Tout sa Li fè se mete nan lòm yon santiman reverans pou Li oswa yon sans kapasite ensondab Li an. Bondye pa bezwen enpresyone lòm; tout sa Li bezwen se pou ou venere L yon fwa ke ou temwen tanperaman L. Travay Bondye an se Pa L; lòm pa ka fè l nan plas Li ni lòm pa ka atenn li. Se sèl Bondye Li Menm ki ka akonpli pwòp zèv Li epi inogire yon epòk tounèf pou mennen lòm nan lavi tounèf. Zèv Li reyalize a se pou pèmèt lòm antre an posesyon de yon lavi tounèf epi antre nan yon epòk tounèf. Yo remèt rès travay la bay sila yo ki gen yon imanite lòtmoun yo admire. Donk, nan epòk lagras la, Li te fini travay kide mil lane a nan senpman twa lane edmi sou trantwazan nan kò fizik la. Lè Bondye vin sou latè pou akonpli travay Li, Li toujou fini travay ki gen de mil lane a oswa ki gen yon peryòd antye nan espas kèk lane sèlman. Li pa pèdi tan, e Li pa retade; Li kondanse tou senpman travay plizyè lane pou li ka fini nan kèk lane sèlman. Se paske travay Li akonpli fizikman an se totalman pou Li kapab louvri yon nouvo wout pou sòti epi dirije yon nouvo epòk.