Vizyon Travay Bondye a (3)
Premye fwa ke Bondye te tounen moun nan, sa te fèt pa mwayen konsepsyon Lespri Sen an, e sa te esansyèl pou travay Li te gen entansyon fè a. Epòk Lagras la te kòmanse avèk non Jezi. Lè Jezi te kòmanse pèfòme ministè Li, Sentespri a te kòmanse temwanye non Jezi, e yo pa t pale de Jewova ankò; olye de sa, Lespri Sen an te pran responsablite nouvo travay la prensipalman avèk non Jezi. Temwayaj sa yo ki te kwè nan Li te bay pou Jezi Kri, e travay ke yo te fè a tou te pou Jezi Kri. Konklizyon Epòk Lalwa Ansyen Testaman an te vle di ke, travay ki te akonpli prensipalman avèk non Jewova a te fini. Depi lè sa a, non Bondye pa t Jewova ankò; olye de sa yo te rele Li Jezi, e apati de lè sa a Sentespri a te kòmanse travay la esansyèlman avèk non Jezi. Donk, jodi a moun ki toujou ap manje e bwè pawòl Jewovaa, e ki toujou ap fè tout bagay daprè travay Epòk Lalwa a—èske ou pa ap konfòme w avèk règ yo avègleman? Èske ou pa kole nan tan pase yo? Nou konnen kounye a ke dènye jou yo rive sou nou. Èske se posib ke, lè Jezi vini, yo va toujou rele Li Jezi? Jewova te di pèp Izrayèl la ke yon Mesi gen pou vini, e poutan lè Li te vini, yo pa t rele Li Mesi a men yo te rele Li Jezi. Jezi te di ke Li pral vini ankò, e ke Li va rive menm jan ke Li te ale nan syèl la. Sa yo se te pawòl Jezi, men èske ou te wè fason ke Jezi te ale nan syèl la? Lè Jezi te ale nan syèl, Li te monte sou yon nyaj blan, men èske se posib ke Li va retounen pèsonèlman pami lèzòm sou yon nyaj blan? Si sa te fèt konsa, èske yo pa ta toujou rele Li Jezi? Lè Jezi vini ankò, epòk la ap gentan chanje, donk èske yo ta kapab toujou rele Li Jezi? Èske se sèlman a travè non Jezi ke nou kapab konnen Bondye? Èske nou pa kapab rele Li yon nouvo non nan yon nouvo Epòk? Èske imaj yon moun ak imaj yon non an patikilye kapab reprezante Bondye konplètman? Nan chak Epòk, Bondye fè nouvo travay e yo ba Li yon nouvo non; kòman Li te kapab fè menm travay la nan diferan Epòk? Kòman pou Li ta atache Li ak sa ki ansyen an? Yo te pran non Jezi a pou avantaj travay redanmsyon an, donk èske yo ta ba Li menm non an lè Li retounen nan dènye jou yo? Èske Li t ap toujou fè travay redanmsyon an? Poukisa Jewova ak Jezi se youn, tandiske yo ba Yo diferan non nan diferan Epòk? Eske se pa paske Epòk travay Yo diferan? Èske yon sèl non t ap kapab reprezante Bondye konplètman? Si se konsa, Yo dwe bay Bondye yon non diferan nan yon Epòk diferan, epi Li dwe itilize non an pou chanje Epòk la e pou reprezante Epòk la. Paske pa gen yon non ki kapab konplètman reprezante Bondye Li menm, epi chak non kapab sèlman reprezante aspè nati Bondye pou yon ti tan, nan yon Epòk patikilye; tout sa non an bezwen fè se reprezante travay Li. Donk, Bondye kapab chwazi kèlkeswa non ki bon pou nati Li pou reprezante yon Epòk an antye. Menmsi se te Epòk Jewova, oswa Epòk Jezi a, chak Epòk reprezante avèk yon non. Nan fen Epòk Lagras la, Epòk final la rive, e Jezi gentan vini. Kòman pou yo ta kapab rele Li Jezi toujou? Kòman pou Li ta kapab pran fòm Jezi pami lèzòm? Èske ou bliye ke Jezi pa t plis pase imaj yon Nazareyen? Èske ou bliye ke Jezi se te sèlman Redanmtè lèzom Li te ye? Kòman pou Li ta pran responsablite travay pou konkeri e rann lòm pafè nan dènye jou yo? Jezi te ale nan syèl pandan Li te monte sou yon nyaj blan—sa se reyalite—men kòman Li ta kapab retounen sou yon nyaj blan pami lèzòm epi pou yo ta toujou rele Li Jezi? Si Li te vrèman rive sou yon nyaj, kòman lòm pa ta fè rekonèt ke se te Li menm? Èske tout moun nan tout mond lan pa t ap rekonèt Li? Nan ka sa a, èske Jezi Li menm sèl pa t ap Bondye? Nan ka sa a, imaj Bondye t ap bay aparans yon Jwif, e anplis Li t ap rete konsa pou tout tan. Jezi te di ke Li va tounen menm jan ke Li te ale nan syèl la, men èske ou konnen vrè sans pawòl Li yo? Èske se posib ke Li te di gwoup sa a pami nou? Tout sa ou konnen sè ke Li pral tounen jan Li te ale nan syèl la, monte sou yon nyaj, men èske ou konnen egzakteman kòman Bondye menm fè travay Li? Si ou te vrèman kapab wè, kòman yo ta eksplike pawòl ke Jezi te pale yo atò? Li te di: Lè Pitit Lòm nan vini nan dènye jou yo, menm Li menm p ap konnen, zanj yo p ap konnen, mesaje nan syèl yo p ap konnen, e tout lèzòm p ap konnen. Se sèlman Papa a ki va konnen, sa vle di, sèlman Lespri k ap konnen. Menm Pitit Lòm nan Li menm pa konnen, tandiske ou kapab wè e konnen? Si ou te kapab konnen e wè avèk pwòp zye ou, èske yo pa ta pale pawòl sa yo anven? Epi kisa Jezi te di nan lè sa a? “Men pou jou ak lè a pèsonn pa konnen, ni zanj yo ki nan syèl la, ni Pitit la, se sèl Papa a ki konnen. Men menm jan sa te rive nan tan Noye a, se menm jan an sa pral rive nan tan Pitit lòm nan. … Kidonk, nou dwe pare: paske Pitit lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse.” Lè jou sa rive, menm Pitit Lòm nan Li menm p ap konnen sa. Pitit lòm nan vle di, kò enkane Bondye a, yon moun nòmal e òdinè. Menm Pitit Lòm nan Li menm pa konnen, donk kòman fè pou w ta konnen? Jezi te di Li va vini menm jan Li te ale nan syèl la. Lè Li vini, menm Li menm pa konnen, donk èske Li kapab enfòme ou davans? Èske ou kapab wè Lè Li rive? Èske sa pa yon plezantri? Chak fwa Bondye vini sou latè, Li chanje non Li, sèks Li, imaj Li, ak travay Li; Li pa repete travay Li. Li se yon Bondye ki toujou nouvo e Li pa janm ansyen. Lè Li te vini anvan, yo te rele Li Jezi; èske yo kapab toujou rele Li Jezi fwa sa a lè Li vini ankò? Lè Li te vini anvan, Li te yon gason; èske Li kapab yon gason ankò fwa sa a? Lè Li te vini pandan Epòk Lagras la travay Li se te pou yo te klouwe Li sou kwa a; lè Li vini ankò, èske Li kapab rachte lèzòm nan peche toujou? Èske yo kapab klouwe Li sou kwa a ankò? Èske sa se pa ta repete travay Li? Èske ou pa t konnen ke Bondye toujou nouvo e Li pa janm ansyen? Genyen sa yo ki di ke Bondye pa ka chanje. Se vre, men se lè y ap pale de estabilite nati ak esans Bondye. Chanjman nan non Li ak nan travay Li pa pwouve ke esans Li chanje non; nou te ka di tou, Bondye ap toujou Bondye, epi sa p ap chanje Si ou di ke travay Bondye pa kapab chanje, èske Li t ap kapab fini plan jesyon sis mil (6000) ane Li a atò? Ou sèlman konnen ke Bondye pa ka chanje pou tout tan, men èske ou konnen ke Bondye toujou nouvo e Li pa janm ansyen? Si travay Bondye pa janm chanje, donk kòman Li te kapab dirije lèzòm rive jouk jounen jodi a? Si Bondye pa kapab chanje, alò poukisa Li gentan akonpli travay pou de (2) Epòk? Travay Li pa janm sispann avanse, sa vle di ke tikal pa tikal nati Li parèt aklè pou lòm, e sa ki vin aklè se karaktè natirèl Li. Okòmansman, nati Bondye te kache pou lòm, Li pa t janm revele nati Li aklè pou lòm, e lòm senpleman pa t konnen Li. Se poutèt sa, Li itilize travay Li pou revele nati Li pou lòm tikal pa tikal, men Lè L ap travay konsa a, sa pa vle di ke nati Bondye chanje nan chak Epòk. Se pa yon verite ke nati Bondye ap chanje tout tan paske volonte Li toujou ap chanje. Men pito, se paske Epòk travay Li yo diferan, Bondye pran karaktè natirèl Li konplètman e, etap pa etap, mete li aklè pou lòm, pou lòm kapab konnen Li. Men se pa ditou yon prèv ke Bondye pa genyen yon nati orijinèl ki patikilye, oswa ke nati Li chanje tikal pa tikal avèk Epòk tan ki a pase yo—yon entèpretasyon konsa t ap yon erè. Bondye revele karaktè natirèl e patikilye Li bay lòm—sa Li ye—selon Epòk k ap pase yo; travay yon sèl Epòk la pa kapab eksprime nati konplèt Bondye. Donk pawòl “Bondye toujou nouvo e Li pa janm ansyen” yo se referans a travay Li, e pawòl “Bondye pa kapab chanje” yo se referans a nati ke Bondye genyen e sa Li ye. Malgre sa, ou pa kapab fè travay sis mil (6000) ane opere sou yon sèl pwent, oswa limite li avèk pawòl ki pa gen vi. Sa se estipidite lòm. Bondye pa senp jan lòm panse Li ye a, e travay Li pa kapab trennen nan yon sèl Epòk. Non Jewova a, pa egzanp, pa ka toujou reprezante non Bondye a; Bondye tou kapab fè travay Li avèknon Jezi. Sa se yon siy ke travay Bondye a toujou ap pwogrese nan yon direksyon ki ale annavan.
Bondye ap toujou rete Bondye, e Li p ap janm tounen Satan; Satan ap toujou rete Satan, e li p ap janm tounen Bondye. Sajès Bondye, mèvèy Bondye, jistis Bondye, e Majeste Bondye p ap janm chanje. Esans Li, sa Li genyen ak sa Li ye p ap janm chanje. Poutan, kanta travay Li, li toujou ap pwogrese annavan, e toujou ap ale pi fon, paske Li toujou nouvo e Li pa janm ansyen. Nan chak Epòk, Bondye pran yon nouvo non, nan chak Epòk Li fè nouvo travay, e nan chak Epòk Li pèmèt kreyasyon Li yo wè nouvo volonte ak nouvo nati Li. Si, nan yon nouvo Epòk, moun pa resi wè ekspresyon nouvo nati Bondye, èske yo pa tap klouwe Li sou kwa a pou tout tan? E lè yo fè sa, èske se pa Bondye ke yo defini? Si lè Bondye tounen moun, Li te vini sèlman kòm yon gason, moun ta defini Li kòm gason, tankou Bondye tout gason yo, e yo pa ta janm kwè ke Li ta Bondye fanm yo. Gason yo donk ta kwè ke Bondye genyen menm sèks ak gason yo, ke Bondye se chèf gason yo—men e fanm yo atò? Bagay sila a enjis; èske sa se pa tretman pati pri? Si se te konsa, alò tout moun ke Bondye te sove ta gason tankou Li, e pa ta gen okenn fanm ki ta sove. Lè Bondye te kreye lèzòm, Li te kreye Adan e Li te kreye Èv. Li pa te sèlman kreye Adan, men Li te fè toulede, yon gason ak yon fanm nan imaj Li. Bondye se pa sèlman Bondye gason yo—Li se Bondye fanm yo tou. Bondye antre nan yon nouvo faz travay nan dènye jou yo. Li va revele plis toujou sou nati Li, e nati sa a se p ap konpasyon ak lanmou nan tan Jezi a. Kòm Li genyen nouvo travay nan men Li, va genyen yon nouvo nati ki va akonpanye nouvo travay sa a. Donk si se Lespri ki te fè travay sa a—si Bondye pa te tounen moun, e olye de sa, se te Lespri ki te pale nan yon loraj dirèkteman pou lòm pa te gen oken mwayen pou gen kontak avèk Li, èske lòm ta kapab konnen nati Li? Si se te sèlman Lespri ki te fè travay la, lòm pa ta genyen okenn mwayen pou vin konnen nati Bondye atò. Moun kapab sèlman obsève nati Bondye avèk pwòp zye yo lè Li tounen moun, lè Pawòl la parèt nan kò fizik la, e Li eksprime tout nati Li totalman nan kò fizik la. Se tout bon vre Bondye viv pami lòm. Ou kapab touche Li; lòm kapab reyèlman kolabore avèk nati Li, li kapab kolabore avèk sa Li genyen e sa ke Li ye; se sèlman nan fason sa a lòm kapab vrèman konnen Li. Anmenmtan tou, Bondye akonpli travay kote “Bondye se Bondye gason epi Bondye fanm yo,” e akonpli travay Li konplètman nan kò fizik la. Li pa fè travay Li de fwa nan okenn Epòk. Puiske dènye jou yo rive, Li va fè travay ke Li fè nan dènye jou yo, e revele nati Li konplètman nan dènye jou yo. An palan de dènye jou, sa vle di yon Epòk separe, yon Epòk kote Jezi te di ke nou va asireman fè fas a dezas, e konfwonte tranblemanntè, grangou, epi maladi, ki va montre ke sa se yon nouvo Epòk, e se pa Epòk Lagras la ankò. Sipoze ke, jan moun yo di l la, Bondye pa janm chanje, nati Li se toujou konpasyon ak lanmou, ke Li renmen lòm tankou pwòp tèt pa Li, e Li ofri chak moun sali a e Li pa janm rayi lòm, èske travay Li ta kapab janm fini? Lè Jezi te vini e yo te klouwe Li sou kwa a, lè Li te sakrifye tèt Li pou tout pechè e ofri tèt Li sou lotèl la, Li te gentan akonpli travay redanmsyon an e akonpli Epòk Lagras la. Donk ki sans sa ta fè pou L repete travay Epòk sa a nan dènye jou yo? Èske lè menm bagay la fèt ankò se pa yon demanti pou travay Jezi a li ye? Si Bondye pa t fè travay krisifiksyon an lè Li te vini nan etap sa a, men Li te kontinye ap renmen e bay konpasyon, alò èske Li ta kapab akonpli Epòk la? Èske yon Bondye ki plen ak lanmou e konpasyon te kapab akonpli Epòk la? Nan dènye travay Li, kote Li te akonpli Epòk la, nati Bondye se te nati chatiman ak jijman, kote Li te revele tout sa ki enjis, dekwa pou Li kapab jije tout moun piblikman, e pou rann pafè sa yo ki renmen Li avèk yon kè ki sensè. Se sèlman yon nati konsa ki kapab mete yon fen a Epòk la. Dènye jou yo gentan rive. Tout bagay nan kreyasyon an pral separe dapre espès yo, e yo va divize nan diferan kategori daprè nati yo. Sa se moman lè Bondye revele konsekans lèzòm avèk destinasyon yo. Si pèp la pa sibi chatiman ak jijman, p ap gen oken mwayen pou ekspoze dezobeyisans ak enjistis yo. Se sèlman atravè chatiman ak jijman ke konsekans tout kreyasyon kapab parèt klè. Lòm sèlman montre ki moun li ye vrèman lè li anba chatiman ak jijman. Yo va mete mechan avèk mechan, jis avèk jis, e tout limanite va separe daprè kalite moun yo ye. Avèk chatiman e jijman, yo va revele konsekans tout kreyasyon an, dekwa pou mechan ka resevwa pinisyon yo e jis la ka resevwa rekonpans yo, e tout moun va anba puisans Bondye. Tout travay sa a dwe akonpli avèk chatiman e jijman ki jis. Paske koripsyon lòm rive nan limit li epi dezobeyisans li vin grav depase, se sèlman nati jis Bondye a, yon nati ki makònen prensipalman avèk chatiman e jijman, e ki parèt aklè pandan dènye jou yo, se sèlman nati sa a ki kapab transfòme e konplete lòm totalman. Sèlman nati sa a kapab ekspoze mechanste e, konsa, mete yon pinisyon grav sou tout enjis yo. Donk, yon nati konsa tranpe avèk enpòtans Epòk la, epi revelasyon avèk prezantasyon nati Li se pou avantaj travay chak nouvo Epòk yo. Sa pa vle di Bondye revele nati Li konsa konsa e san oken enpòtans. Sipoze ke lè Bondye revele konsekans lòm pandan dènye jou yo, Bondye te akòde lòm yon konpasyon ak lanmou san fen toujou, e Li te kontinye gen afeksyon pou li, e Li pa t kite lòm pase nan yon jijman jis, men pito Li montre tolerans, pasyans, ak padon, e Li te padone lòm kèlkeswa jan peche li yo te grav, e san okenn jijman jis: Kilè atò tout jesyon Bondye a ta fin akonpli? Kilè yon nati konsa ta kapab dirije moun pou yo rive nan destinasyon ki bon pou lèzòm? Pran, pa egzanp, yon jij ki toujou plen afeksyon, yon jij ki gen yon vizaj k ap souri tout tan e yon kè ki dous. Li renmen moun kèlkeswa krim ke yo komèt la, e Li toujou gen afeksyyon ak tolerans avèk kèlkeswa moun nan. Nan ka sa, kilè Li va janm atenn yon jijman ki jis? Nan dènye jou yo, se sèlman jijman jis ki kapab separe lòm daprè kategori yo, e mennen lòm nan yon nouvo wayòm. Nan fason sa a, tout Epòk la vin fin akonpli avèk nati jis jijman e chatiman Bondye.
Travay Bondye nan tout Jesyon Li yo toutafè klè: Peryòd Lagras la se Peryòd Lagras, e dènye jou yo se dènye jou. Genyen diferans patikilye ant chak peryòd, paske nan chak peryòd Bondye fè travay ki reprezante peryòd sa. Pou travay dènye jou yo akonpli, dwe genyen dife, jijman, chatiman, kòlè, ak destriksyon pou mete yon fen a peryòd la. Dènye jou yo vle di peryòd final la. Nan peryòd final la, èske Bondye p ap mete yon fen a peryòd la? Pou mete yon fen a peryòd la, Bondye dwe pote chatiman e jijman avèk Li. Se sèlman nan fason sa a ke Li kapab mete yon fen a peryòd la. Objektif Jezi se te pou lòm te ka kontinye sibsiste, kontinye viv, e pou li te kapab egziste nan yon fason ki miyò. Li rachte lòm nan peche pou lòm kapab sispann desant li nan koripsyon, e pou li pa viv nan tenèb, e lè Jezi rachte lòm nan tenèb yo, Jezi te pèmèt li kontinye viv. Kounye a dènye jou yo rive. Bondye va ekstèminen lòm e detui ras imen an konplètman, sa vle di, Li va transfòme rebelyon lèzòm. Pou rezon sa a, li ta enposib, avèk konpasyon e dispozisyon byenveyan tan lontan an, pou Bondye mete yon fen a peryòd la oswa mete plan jesyon simil (6000) ane a annaksyon. Chak peryòd yo karakterize yon reprezantasyon espesyal dispozisyon Bondye, e chak peryòd genyen travay ke Bondye ta dwe fè. Konsa, travay ke Bondye Li menm fè nan chak peryòd yo genyen ekpresyon vrè dispozisyon Li, e toulede, non Li e travay ke Li fè, chanje ansanm avèk peryòd la—yo tout nouvo. Pandan Peryòd Lawa a, travay pou gide lèzòm se anba non Jewova ke li te fèt, e premye etap travay la te kòmanse sou tè a. Nan etap sa a, travay la se te pou bati tanp lan ak lotèl la, e itilize lalwa pou gide pèp Izrayèl la e pou travay nan mitan yo. Se nan gide pèp Izrayèl la ke Li te vin lanse yon baz pou travay Li sou tè a. De baz sa a, Li te etann travay Li odela Izrayèl, sa vle di, Li te kòmanse nan Izrayèl, epi Li etann travay Li andeyò peyi Izrayèl la dekwa pou jenerasyon ki vin apre yo, tikal pa tikal, te vin konnen ke Jewova se Bondye, e ke se te Jewova ki te kreye syèl la, tè a, e tout bagay, e ke se te Jewova ki te fè tout kreyati. Li te epapiye travay Li depi nan pèp Izrayèl la ale andeyò depase pèp la. Peyi Izrayèl se te premye plas sakre kote travay Jewova te fèt sou tè a, e se te nan peyi Izrayèl ke Bondye te premye ale travay sou tè a. Se te travay Peryòd Lalwa a. Pandan Peryòd Lagras la, Jezi se te Bondye ki te sove lòm. Sa Li te genyen e sa Li te ye se te gras, lanmou, konpasyon, andirans, pasyans, imilite, sousi, ak tolerans, e anpil nan travay ke Li te fè se te pou avantaj redanmsyon lòm. Dispozisyon Li se te dispozisyon konpasyon ak lanmou, e paske Li te plen ak konpasyon e lanmou, yo te blije klouwe L sou kwa a pou lòm, dekwa pou montre ke Bondye te renmen lòm menm jan ak pwòp tèt Li, Li te si tèlman renmen lòm ke Li te ofri tèt Li konplètman. Pandan Peryòd Lagras la, non Bondye se te Jezi, sa vle di, Bondye se te yon Bondye ki te sove lòm, e Li te yon Bondye plen ak konpasyon e lanmou. Bondye te avèk lòm. Lanmou Li, konpasyon Li, e sali Li te akonpanye chak grenn moun. Se sèlman lè yo te aksepte non ak prezans Jezi ke lòm te kapab jwenn lapè ak lajwa, pou resevwa benediksyon Li, gras Li yo ki imans e anpil, e sali Li. Pa mwayen krisifiksyon Jezi a, tout sa yo ki te suiv Li te resevwa sali a e peche yo te padone. Pandan Peryòd Lagras la, yo te bay Bondye non Jezi. Yon lòt fason nou kapab di sa, esansyèlman se te anba non Jezi ke travay nan Peryòd Lagras la te fèt. Pandan Peryòd Lagras la, yo te bay Bondye non Jezi. Li te pran responsablite pou yon etap nouvo travay ki te depase Ansyen Testaman an, e travay Li te akonpli avèk krisifiksyon an. Se sa ki te tout travay Li. Donk, pandan Peryòd Lalwa a Jewova se te non Bondye, e nan Peryòd Lagras la non Jezi a te reprezante Bondye. Pandan dènye jou yo, non Li se Bondye Tou Puisan—Tou Puisan an, ki itlize pouvwa Li pou gide lòm, konkeri lòm, ganye lòm, e alafen, mete yon fen a peryòd la. Nan chak peryòd, nan chak etap travay Li, dispozisyon Bondye klè.
Okòmansman, pou gide lòm pandan Peryòd Lalwa Ansyen Testaman an, se te menm bagay ak lè w ap gide lavi yon timoun. Lèzòm nan premye jou yo te fèt pran nesans nan Jewova; se te Izrayelit yo ke yo te ye. Yo pa t gen okenn konprann sou fason pou adore Bondye oswa kòman pou yo viv sou tè a. Sa vle di, Jewova te kreye lèzòm, ki siyifi ke, Li te Kreye Adan ak Èv, men Li pa t ba yo kapasite pou konprann kòman pou adore Jewova oswa kòman pou suiv lwa Jewova yo sou tè a. Si Jewova pa pèsonèlman bay konsèy sa yo, okenn moun pa ta kapab kareman konnen sa, paske okòmansman lòm pa t gen kapasite sa yo. Lòm te senpleman konnen ke Jewova se te Bondye, men kanta pou kijan yo dwe adore Li, kalite konduit yo dwe genyen pou adore Li, mantalite ki nesesè pou adore Li, oswa ki ofrann yo dwe pote kòm adorasyon pou Li, lòm pa t genyen okenn lide. Lòm te sèlman konnen kòman pou pwofite sa ke yo kapab jui pami tout bagay ke Jewova te kreye yo, e kanta pou ki kalite vi sou tè a ki te diy pou yon kreyati Bondye, lòm pa t menm gen yon sans sou sa ditou. San okenn moun pou enstui yo, san okenn moun pou dirije yo pèsonèlman, lòm sa yo pa t ap janm rive mennen yon vi ke lèzòm merite, men yo ta rete kaptif ankachèt anba men Satan. Jewova te kreye lèzòm, sa vle di, Li te kreye zansèt lèzòm, Èv e Adan, men Li pa t akòde yo oken intelijans oubyen sajès deplis. Malgre yo te gentan ap viv sou tè a, yo pa t prèske konprann anyen. Donk, travay ke Jewova te fè lè Li te kreye lèzòm nan te sèlman akonpli a mwatye, e li patko prèt pou li fin konplè. Li te sèlman fòme yon modèl lòm avèk labou e Li te mete souf Li ladan li, men Li te fè sa san Li pa t akòde lòm volonte ki sifizan pou adore Li. Okòmansman, lòm pa t gen intelijans pou adore oubyen pou gen lakrent pou Li. Lòm te sèlman konnen kòman pou yo koute pawòl Li, men yo te inyoran nan zafè konesans ki esansyèl pou lavi sou tè a, ansanm ak règ nòmal pou lavi imen. Donk, malgre Jewova te kreye gason ak fanm, e Li te fini pwojè sèt (7) jou a, Li pa t konplete kreyasyon lòm ditou, paske lòm se te sèlman yon kokiyaj, e yo te manke reyalite ki ta fè yo moun. Lòm te sèlman konnen ke se te Jewova ki te kreye lèzòm, men yo pa t gen okenn lide kòman pou yo obeyi pawòl ak lwa Jewova yo. Donk aprè kreyasyon lèzòm, travay Jewova patko prèt pou fini. Li te dwe konplètman dirije lèzòm toujou pou yo vini devan Li, dekwa pou yo kapab viv ansanm sou tè a e adore Li, e dekwa pou yo te kapab, avèk konsèy Li, antre sou bon chemen lavi nòmal pou moun sou tè a. Se te nan fason sa a sèlman ke travay ki te fèt esansyèlman anba non Jewova a te akonpli nèt; sa vle di, se te nan fason sa a sèlman ke travay Jewova te fè ap kreye mond lan te fini konplètman. Donk, yon fwa Li te kreye lèzòm, Li te oblije gide lavi lèzòm sou tè a pou plizyè milye ane, dekwa pou lèzòm kapab obsève òdonans ak lwa Li yo, e patisipe nan tout aktivite yon vi moun nòmal sou tè a. Se lè sa a sèlman ke travay Jewova te totalman konplè. Li te pran responsablite travay sa a aprè ke Li te kreye lèzòm e Li te kontinye travay sa a jouk epòk Jakòb la, se nan tan sa a Li te fè douz (12) piti gason Jakòb yo vini douz (12) branch ras Izrayèl yo. Apati de lè sa a, tout pèp Izrayèl la te vin ras moun ke Li te gide ofisyèlman sou tè a, e Izrayèl te tounen anplasman espesyal sou tè a kote Li te fè travay Li. Pèp sa a te devni premye gwoup moun ke Jewova te itilize pou travay sou yo sou tè a, e tout peyi Izrayèl la se te baz pou orijin travay Li, alò, Li te itilize yo kòm kòmansman yon travay ki pi gran toujou, dekwa pou tout moun ki te pran nesans nan Li sou tè a ta konnen kòman pou adore Li e kòman pou viv sou tè a. Konsa, zèv Izrayelit yo te devni yon egzanp ke tout lòt nasyon dwe suiv, e pawòl ke pèp Izrayèl la te pale te tounen pawòl ke tout lòt nasyon dwe koute. Paske se yo menm an premye ki te resevwa lwa e kòmandman Jewova yo, e donk se yo menm ki te premye konnen kòman pou adore Jewova. Se yo menm ki te zansèt ras moun ki te konnen chemen Jewova yo, e se yo ki te reprezantatif ke Jewova te chwazi pou ras imen an. Lè Peryòd Lagras la te rive, Jewova pa t gide moun konsa ankò. Lòm te peche e yo te lage tèt yo nan peche, e se konsa Li te kòmanse sove lòm nan peche. Nan fason sa a, Li te repwoche lòm jouktan lòm te delivre nèt nan peche. Nan dènye jou yo, lòm te tèlman tonbe fon nan koripsyon ke travay nan etap sa a te kapab fèt sèlman avèk jijman e chatiman. Se nan fason sa a sèlman ke travay la te ka akonpli. Sa se travay ki te pran plizyè peryòd. Yon lòt fason pou di sa se, Bondye itilize non Li, travay Li, e diferan imaj Bondye pou separe yon peryòd ak yon lòt e pou fè tranzisyon ant peryòd yo; Non Bondye e travay Li reprezante peryòd Li e reprezante travay Li nan chak peryòd. Sipoze ke travay Bondye nan chak peryòd yo te toujou menm bagay la, e yo toujou ba Li menm non an, kòman lòm t ap fè konnen Li? Yo dwe rele Bondye Jewova, e sof pou Bondye ke yo rele Jewova a, nenpòt moun ki gen okenn lòt non se pa Bondye yo ye. Osinon, se Bondye sèl ki kapab Jezi, e sof pou non Jezi a, yo pa dwe ba Li okenn lòt non; sof pou Jezi, Jewova pa Bondye, e Bondye Tou Puisan pa Bondye nonplis. Lòm kwè se tout bon ke Bondye tou puisan, men Bondye se yon Bondye ki demere avèk lòm, e yo dwe rele Li Jezi, paske Bondye demere avèk lòm. Lè ou fè sa, se avèk yon doktrin ke ou konfòme w, e se nan yon ti ankadreman ke ou limite Bondye. Donk, nan chak peryòd yo, travay ke Bondye fè, non ke yo ba Li, e imaj ke Li adopte—travay ke Li fè depi nan chak etap rive pou jouk jounen jodi a—travay sa yo pa suiv yon sèl grenn règ, e nanpwen anyen ki kapab limite yo. Li se Jewova, men Li se Jezi tou, e Li se Mesi a tou, ak Bondye Tou Puisan an. Travay Li kapab sibi transfòmasyon etap pa etap, ki koresponn ak chanjman nan non Li. Nanpwen yon sèl grenn non ki kapab reprezante Li konplètman, men, tout non ke yo ba Li kapab reprezante Li, e travay ke Li fè nan chak peryòd yo reprezante dispozisyon Li. Sipoze ke, lè dènye jou yo rive, Bondye ke ou konsidere kòm Jezi a toujou, e men Li ki monte sou yon nyaj blan, e Li gen aparans Jezi toujou, e pawòl ke L ap pale se menm pawòl Jezi yo toujou: “Nou dwe renmen pwochen nou tankou tèt nou, nou dwe jene e priye, renmen lenmi nou menm jan ke nou renmen pwòp lavi nou, tolere lòt yo, e genyen pasyans ak imilite. Nou dwe fè tout bagay sa yo anvan nou kapab vin disip Mwen. E lè nou fè tout bagay sa yo, nou kapab antre nan wayòm Mwen.” Èske bagay sa yo se pa nan travay Peryòd Lagras la ke yo te dwe ye? Èske sa L ap di yo se pa bagay chemen Peryòd Lagras la? Kòman nou ta santi nou si nou te tande pawòl sa yo? Èske nou pa ta santi ke sa se travay Jezi toujou? Èske sa se pa double travay Li? Èske lòm te kapab jwenn jwisans nan sa? Nou ta santi ke travay Bondye a kapab sèlman rete jan li ye kounye a, e ke li pa t ap pwogrese. Li sèlman genyen sèten pouvwa, e pa gen okenn nouvo travay pou fè ankò, e pouvwa Li rive nan limit li. Demil (2000) ane anvan kounye a se te Peryòd Lagras la, e demil (2000) ane pita Li toujou ap preche chemen Peryòd Lagras la, e Li ap fè moun repanti toujou. Moun ta di, “Bondye, Ou sèlman genyen sèten pouvwa. Mwen kwè Ou genyen sajès, e poutan Ou konnen sèlman tolerans e sèl sousi Ou genyen se pasyans. Ou konnen sèlman kòman pou renmen lènmi Ou, aprè sa, anyen ankò.” Nan panse lòm, Se pou tout tan Bondye va menm Bondye nan Peryòd Lagras la, e lòm ta toujou kwè ke Bondye plen ak lanmou e konpasyon. Èske ou panse travay Bondye va toujou fèt nan menm fason an? E alò, nan etap sa nan travay Li a, yo pa ta dwe krisifye Li, e tout bagay ke nou wè e manyen pa pral menm ak okenn bagay ke w te janm imajinen oswa tande. Jodi a, Bondye pa mele avèk Farizyen yo, ni Li pa pèmet mond lan konnen, e sa yo ki konnen Li se sèlman nou menm ki ap suiv Li, paske yo p ap krisifye L ankò. Pandan Peryòd Lagras la, Jezi te preche piblikman nan tout peyi a pou avantaj travay Levanjil Li a. Li te asosye avèk Farizyen yo pou avantaj travay krisifiksyon an; si Li pa t asosye avèk Farizyen yo, enpi moun yo ki te dirijan yo p at janm konnen Li, Kòman yo ta kapab kondane Li, e trayi Li, e klouwe Li sou kwa a atò? Donk, Li te asosye avèk Farizyen yo pou avantaj Krisifiksyon an. Jodi a, Li fè Travay Li an sekrè dekwa pou evite tantasyon. Nan de (2) diferan enkanasyon Bondye yo, travay la ak siyifikans yo diferan, anviwònman an diferan tou, donk kòman travay Li fè a ta kapab konplètman menm bagay la?
Èske non Jezi a—“Bondye avèk nou”—ta kapab reprezante dispozisyon Bondye konplètman? Èske li te kapab eksprime Bondye nèt? Si lòm di ke se sèlman Jezi pou rele Bondye, e Li pa dwe gen okenn lòt non paske Bondye pa kapab chanje dispozisyon Li, pawòl sa yo se blasfèm yo ye annefè! Èske ou kwè ke non Jezi a, Bondye avèk nou, sèlman kapab reprezante Bondye konplètman? Nou kapab bay Bondye plizyè non, men nan non sa yo, pa genyen youn ki kapab ankadre tout sa Bondye ye, pa gen you ki kapab reprezante Bondye konplètman. Donk Bondye genyen anpil non, men tout non sa yo pa kapab konplètman eksprime dispozisyon Bondye, paske dispozisyon Bondye tèlman rich, ke lòm senpleman pa gen kapasite pou konnen Li. Pa genyen oken fason pou lòm ta kapab itilize langaj moun, pou ankadre Bondye konplètman. Lèzòm genyen sèlman yon vokabilè ki limite pou l vlope tout sa yo konnen de dispozisyon Bondye: gran, onore, mèveye, ensodab, siprèm, sen, jis, saj, avèk anpil lòt ankò. Anpil mo! Vokabilè limite sa yo pa kapab dekri ti sa ke lòm obzève de dispozisyon Bondye. Avèk tan an, anpil lòt moun ajoute mo ke yo panse te miyò pou dekri antouzyas ki nan kè yo: Bondye tèlman gran! Bondye tèlman sen! Bondye tèlman emab! Jodi a pawòl sa yo, ke moun ap di, rive disèt wotè, poutan lòm pa kapab eksprime tèt yo klè toujou. Donk, pou lòm, Bondye gen plizyè non, e poutan Li pa genyen yon sèl non, e se paske egzistans li genyen anpil abondans, e langaj lòm tèlman mèg. Yon sèl mo oswa non an pa kapab reprezante Bondye nèt, donk èske ou panse ke non Li kapab rete fiks? Bondye tèlman gran e sen, poutan ou p ap pèmèt Li chanje non Li nan chak nouvo peryòd yo? An konsekans, nan chak peryòd kote Bondye pèsonèlman fè pwòp travay Li, Li itilize yon non ki merite peryòd la dekwa pou ankadre travay ke Li gen entansyon fè a. Li itilize non sa a espesyalman, youn ki genyen siyifikans pou yon ti tan, pou reprezante dispozisyon Li nan peryòd sa a. Sa se Bondye k ap itilize langaj lèzòm pou eksprime pwòp dispozisyon Li. Menm si sa, anpil moun ki fè eksperyans espirityèl e ki wè Bondye pèsonèlman sepandan santi ke non sa a espesyalman pa kapab reprezante Bondye nèt—elas, pa gen anyen nou kapab fè pou sa, men senpleman rele Li “Bondye.” Se kòm si kè lòm plen lanmou e poutan konfwonte avèk kontradiksyon, paske lòm pa konnen kòman pou yo eksplike Bondye. Sa Bondye ye a, tèlman gran ke, senpleman, pa genyen okenn fason pou dekri li. Pa gen okenn grenn non ki kapab kondanse dispozisyon Bondye, e pa genyen yon sèl non ki kapab dekri tout sa Bondye genyen e tout sa Li ye. Si yon moun mande Mwen, “Egzateman ki non Ou itilize?” Mwen va di yo, “Bondye se Bondye!” Èske sa se pa pi bon non pou Bondye? Èske non sa pa pi bon ankadreman pou dispozisyon Bondye? Si se konsa bagay yo ye, poukisa n ap depanse tout efò sa yo pou chache yon non pou Bondye? Poukisa pou n ap bat sèvo nou, rete san manje e san somèy, tou pou yon non? Jou an va rive lè yo p ap rele Bondye Jewova, Jezi, oswa Mesi a—Li va sèlman Kreyatè a. Nan lè sa a, tout non ke yo te ba Li sou tè sa va fini, paske travay Li sou tè a pral fini, aprè sa Li p ap gen non yo ankò. Lè tout bagay vin anba dominasyon Kreyatè a, ki nesesite pou Li ta genyen pou yon non ki trè bon men poutan ki pa konplè? Kounye a èske w ap chache non Bondye toujou? Èske ou gen kouraj di ke Bondye se sèlman Jewova pou rele Li? Èske ou fouti di ke Bondye se Jezi sèlman yo kapab rele Li? Èske ou kapab komèt peche blasfèm kont Bondye? Ou dwe konnen ke okòmansman Bondye pa t genyen okenn non. Li te pran youn, oswa de (2), oswa plizyè non paske Li te gen travay pou Li fè e li te gen pou jere lèzòm. Kèlkeswa non ke yo te ba Li a—èske se pa li menm menm ki te chwazi li? Èske Li ta bezwen ou—youn nan kreyasyon Li yo—pou deside yon non pou li? Non ke yo bay Bondye a se yon non ki akòde avèk sa lòm kapab pèsevwa, avèk langaj lèzòm, men non sa a se pa yon bagay ke lòm kapab konprann. Ou kapab sèlman di ke genyen yon Bondye nan syèl la, ke yo rele Li Bondye, ke Li menm se yon Bondye ki gen gran pouvwa, ki tèlman gen sajès, ki tèlman egzalte, tèlman mèveye, tèlman misterye, e tèlman puisan, e alò ou pa ka di anyen ankò; tikal sa a se tout sa ke ou kapab konnen. Si se konsa sa ye, èske senpleman non Jezi a kapab reprezante Bondye Li menm? Lè dènye jou an rive, menm si se Bondye ki ap fè travay Li toujou, non Li pral oblije chanje, pou yon peryòd diferan.
Bondye, se Li menm ki pi gran nan tout linivè nan wayòm anwo a, èske Li ta kapab itilize yon imaj kò moun pou eksplike tèt Li konplètman? Bondye abiye tèt Li nan kò yon moun dekwa pou li kapab fè yon etap nan travay Li a. Pa genyen okenn siyifikans espesyal nan imaj kò sa a, sa pa gen okenn relasyon avèk peryòd yo ki ap pase a, e sa pa gen anyen pou wè avèk dispozisyon Bondye nonplis. Poukisa Jezi pa t pèmèt imaj Li rete? Poukisa Li pa t kite lèzòm desine imaj Li dekwa pou yo ta pase imaj sila a bay jenerasyon ki ap vini yo? Poukisa Li pa t pèmèt pèp la rekonèt ke Imaj Li se te imaj Bondye? Malgre imaj lòm te kreye nan imaj Bondye, èske li ta posib pou aparans lòm te repezante imaj egzalte Bondye a? Lè Bondye te tounen moun nan, Li te tou senpleman desann sot nan syèl la pou antre anndann yon kò moun. Se te Lespri Li ki desann nan kò a, se avèk kò sa a Li fè travay Lespri a. Se Lespri a ki ap manifeste nan kò a, e se Lespri a ki fè travay Li nan kò a. Travay ki te fèt nan kò a totalman reprezante Lespri a, e kò a se te pou avantaj travay la, men sa pa vle di ke imaj kò a se yon ranplasman pou vrè imaj Bondye Li menm; sa se pa objektif, oswa siyifikans Bondye ki te tounen moun nan. Li te tounen moun sèlman pou ke Lespri a te kapab jwenn yon plas pou rete, ki te bon pou travay Li, pou Li te pi byen akonpli travay Li nan kòm yon moun, pou ke moun kapab wè zèv Li, konprann dispozisyon li, tande pawòl Li, e konnen mèvèy travay Li. Non Li reprezante dispozisyon Li, travay Li reprezante idantite Li, men Li pa janm di ke aparans li nan kò a reprezante imaj Li; sa se senpleman kwayans lòm. E donk, aspè fondamantal enkanasyon Bondye se non Li, travay Li, dispozisyon Li, ak sèks Li. Se sa ke Li itilize pou reprezante jesyon Li nan peryòd sila a. Aparans ke li te fè nan kò a pa gen okenn relasyon ak jesyon Li, se te senpleman pou avantaj travay Li nan lè sa a. Poutan li enposib pou Bondye enkane a genyen yon aparans espesyal, e alò Li chwazi fanmi ki konpetan an pou detèmine aparans Li. Si aparans Bondye te dwe genyen yon siyifikans reprezantatif, alò tout moun ki genyen menm fòm figi avèk Li ta reprezante Bondye tou. Èske sa pa ta yon erè ki grav? Lòm te desine pòtre Bondye dekwa pou lòm kapab adore Li. Nan tan sila a, Lespri Sen an pa t bay okenn enstriksyon espesyal, donk lòm fè pase pòtre ke yo panse a jouk jounen jodi a. An tout senserite, dapre entansyon orijinèl Bondye, lòm pa t dwe te fè sa. Se sèlmam antouzyas lòm ki koze pòtre Jezi a rete jouk jodi a. Bondye se Lespri, e lòm p ap janm kapab ankadre sa imaj Li ye finalman. Se sèlman dispozisyon Li ki kapab reprezante imaj Li. Kanta pou aparans nen Li, bouch Li, zye Li, e cheve Li, bagay sa yo depase kapasite ou pou jeneralize. Lè Jan te jwenn revelasyon an, li te kontanple imaj Piti Lòm nan: te gen yon epe file de (2) bò ki t ap soti nan bouch Li, zye Li te tankou flanm dife, cheve nan tèt Li te blan tankou lenn, pye Li te klere tankou kuiv, e te genyen yon sentiwon annò ki mare lestomak Li. Malgre pawòl li yo te vif, imaj Bondye ke li te dekri a se pa t imaj yon kreyati. Sa li te wè a se te sèlman yon vizyon, e se pa t yon imaj yon moun ki sot nan mond materyèl la. Jan te wè yon vizyon, men li pa t konstate vrè aparans Bondye. Imaj kò enkane Bondye a, ki se yon imaj yon kreyati, pa kapab reprezante dispozisyon Bondye konplètman. Lè Jewova te kreye lèzòm, Li te di ke li te fè sa nan pwòp imaj Li, e Li te kreye gason ak fanm. Nan tan sa a, Li di ke li te fè gason ak fanm nan imaj Bondye. Malgre imaj lòm sanble avèk imaj Bondye, nou pa ka entèprete sa kòm si sa vle di ke aparans lòm se imaj Bondye. Ou pa ka itilize langaj lezòm pou senbolize imaj Bondye nonplis, paske Bondye tèlman egzalte, tèlman gran, tèlman mèveye e ensondab!
Lè Jezi te vini pou fè travay Li, se te anba direksyon Lespri Sen an; Li fè sa ke Lespri Sen an te vle, Li pa’t fè travay Li dapre Peryòd Lalwa Ansyen Testaman an oubyen dapre travay Jewova a. Malgre travay ke Jezi te vin fè a se te pou Li pa t obzève lwa Jewova yo oswa kòmandman Jewova yo, sous Yo te menm bagay la. Travay ke Jezi te fè a te reprezante non Jezi, e li te reprezante Peryòd Lagras la; kanta pou travay ke Jewova te fè a, li te reprezante Jewova, e li te reprezante Peryòd Lalwa a. Travay Yo se te travay yon sèl Lespri nan de (2) diferan peryòd. Travay ke Jezi te fè a te kapab sèlman reprezante Peryòd Lagras la, e travay ke Jewova te fè a te kapab sèlman reprezante Peryòd Lalwa Ansyen Testaman an. Jewova te sèlman dirije pèp Izrayèl ak pèp Lejip, e tout nasyon odela Izrayèl. Travay Jezi a nan Peryòd Lagras Nouvo Testaman an se te travay Bondye te fè anba non Jezi pandan Li t ap dirije peryòd la. Si ou di ke travay Jezi a te baze sou travay Jewova a, ke Li pa t kòmanse okenn nouvo travay, e ke tout sa Li te fè se te dapre travay Jewova ak pwofesi Ezayi yo, Jezi pa t ap Bondye ki te tounen moun nan atò. Si Li te dirije travay Li nan fason sa, Li ta yon apot oswa yon travayè nan Peryòd Lalwa a. Si sa w di a se sa, Jezi pa ta kapab kòmanse yon peryòd atò, Li pa ta kapab fè okenn travay nonplis. Nan menm fason an, Lespri Sen an dwe esansyèlman fè travay Li pa Jewova, e si se pa t pa Jewova Lespri Sen an pa t ap kapab fè okenn nouvo travay. Se yon erè pou lòm ta konprann travay Jezi a nan fason sa a. Si lòm kwè ke travay ke Jezi te fè a te fèt dapre pawòl Jewova avèk pwofesi Ezayi yo, alò èske Jezi se te Bondye enkane, oswa èske Li te youn nan pwofèt yo? Dapre pèspektif sa a, pa t ap genyen okenn Peryòd Lagras, e Jezi pa t ap enkanasyon Bondye, paske travay ke Li te fè a pa t ap kapab reprezante Peryòd Lagras la, e te kapab sèlman reprezante Peryòd Lalwa Ansyen Testaman an. Te sèlman kapab genyen yon nouvo peryòd, lè Jezi te vini fè nouvo travay la, pou kòmanse yon nouvo peryòd, pou penetre travay ki te fèt anvan sa nan Izrayèl, e pou dirije travay Li, pa selon travay ke Jewova te fè nan Izrayèl, oswa avèk ansyen règ Li yo, oswa annakò avèk regilasyon yo, men pito pou te fè nouvo travay ke Li te dwe fè. Bondye Li menm vini pou derape peryòd la, e Bondye Li menm vini pou mete yon fen a peryòd la. Lòm pa kapab fè travay pou kòmanse yon peryòd avèk pou konkli peryòd la. Si Jezi p at mete yon fen nan travay Jewova a lè Li te vini an, sa ta prèv ke Li te senpleman yon moun e Li pa t kapab reprezante Bondye atò. Presizeman, paske Jezi te vini e fini travay Jewova a, kontinye travay Jewova, e dotanplis, reyalize pwòp travay Li, ki te yon nouvo travay, sa pwouve ke sa se te yon nouvo peryòd, e ke Jezi Li menm se te Bondye Li te ye. Yo te fè de (2) etap travay ki te vrèman diferan. Yon etap te akonpli nan tanp lan, e lòt etap la te akonpli andeyò tanp lan. Yon etap te pou dirije lavi lòm dapre lalwa, e lòt etap la se te pou fè yon ofrann pou peche. De (2) etap travay sa yo te klèman diferan; sa te separe nouvo peryòd la ak ansyen an, li absoliman kòrèk pou di ke yo se de (2) peryòd diferan. Lokasyon travay Yo te diferan, sibstans travay yo te diferan, e objektif travay yo te diferan. Konsa, yo kapab separe yo an de (2) peryòd: Nouvo ak Ansyen Testaman yo, ki vle di, nouvo ak ansyen peryòd yo. Lè Jezi te vini Li pa te ale nan tanp lan, sa pwouve ke peryòd Jewova a te fini. Li pa t antre nan tanp lan paske travay Jewova a nan tanp lan te fini, e Li pa t bezwen refè l ankò, e si Li ta fè li ankò, sa vle di Li ta repete li. Se sèlman lè Li te kite tanp lan, kòmanse yon nouvo travay, e ouvè yon nouvo chemen andeyò tanp lan, ke Li te kapab mennen travay Bondye a nan pi gan wotè li. Si Li pa te ale andeyò tanp lan pou fè travay Li, travay Bondye a ta rete chita la nan fondasyon tanp lan, e pa t ap janm genyen okenn nouvo chanjman. Donk lè Jezi te vini, Li pa t antre nan tanp lan, e Li pa t fè travay Li nan tanp lan. Li te fè travay Li andeyò tanp lan, e pandan ke Li t ap dirije disip yo, Li t ap mache fè travay Li avèk libète. Lefèt ke Bondye te kite tanp lan pou Li te fè travay Li, sa te vle di ke Bondye te genyen yon nouvo plan. Travay Li te sipoze fèt andeyò tanp lan, e se te sipoze yon nouvo travay ki pa t gen baryè nan fason ke li te dwe avanse. Osito ke Jezi te rive, Li te mete yon konklizyon nan travay Jewova a pandan Peryòd Ansyen Testaman an. Malgre yo te genyen de (2) diferan non, se te menm Lespri a ki te akonpli toude etap travay la, e travay ki t ap fèt la, se te yon travay san fen. Menm jan non an te diferan, e sibstans travay la te diferan, se konsa peryòd la te diferan. Lè Jewova te vini, se te peryòd Jewova, e lè Jezi te vini, se te peryòd Jezi. E donk avèk chak rive, yo te bay Bondye yon non, Li reprezante yon peryòd, e Li ouvri yon nouvo chemen; e sou chak nouvo chemen, Li te adopte yon nouvo non, ki montre ke Bondye toujou nouvo e Li pa janm ansyen, e ke travay Li pa janm sispann pwogrese nan yon direksyon annavan. Listwa toujou avanse annavan, travay Bondye toujou ap vanse annavan. Pou jesyon plan simil (6000) ane Li a rive akonpli, Li dwe kontinye ap pwogrese nan yon direksyon annavan. Chak jou Li dwe fè nouvo travay, chak ane Li dwe fè nouvo travay; Li dwe ouvè nouvo chemen, kòmanse nouvo epòk, kòmanse nouvo e pi gran travay, e ansanm avèk sa yo, pote nouvo non ak nouvo travay. De moman an moman, Lespri Bondye ap fè nouvo travay, Li pa janm kranponnen ak ansyen metòd oswa règ yo. Travay Li pa janm kanpe nonplis, men travay Li ap reyalize avèk chak moman ki ap pase. Si ou di ke travay Lespri Sen an pa ka chanje, poukisa Jewova te mande prèt yo pou sèvi Li nan tanp lan atò, poutan Jezi pa t antre nan tanp lan malgre, lè Li te vini, moun yo te di ke Li te gran prèt la, e ke Li te mezon David la, e Li te gran prèt la e gran Wa a tou? E poukisa Li pa t ofri sakrifis? Swa ke Li te antre nan tanp lan oubyen ke Li pa t antre nan tanp lan—èske tout sa se pa travay Bondye Li menm? Si, jan lòm panse l la, Jezi pral vini ankò e, nan dènye jou yo, yo va rele Li Jezi toujou, e Li va vini sou yon nyaj blan toujou, L ap desann pami lòm nan imaj Jezi: èske sa se pa ta repetisyon travay Li? Èske Lespri Sen an k ap demere nan sa ki ansyen an? Tout sa ke lòm kwè se konsèpsyon, e tout sa ke lòm konprann se dapre siyifikans literal, e se dapre imajinasyon li tou; yo pa koresponn avèk prensip travay Lespri Sen an, e yo pa konfòme ak entansyon Bondye. Bondye pa t ap travay nan fason sa a; Bondye pa derezonab e estipid konsa, e travay Li pa senp jan ou panse l la. Selon tout sa ke lòm panse, Jezi pral vini, monte sou yon nyaj, enpi l ap desann nan mitan nou. Nou pral admire Li ki, monte sou yon nyaj, Li va di nou ke Li se jezi. Nou va wè mak klou yo nan men Li tou, e nou va konnen ke Li se Jezi. E Li va sove nou ankò, e Li va Bondye puisan nou an. Li va sove nou, Li va akòde nou yon nouvo non, e Li va bay chak moun nan nou yon wòch blan, aprè sa Li va fè nou antre nan wayòm syèl la e resevwa nou nan paradi. Èske kwayans sa yo se pa konsèpsyon lòm? Èske Bondye travay dapre lide lòm, oswa èske travay Li opoze lide lòm? Èske lide lòm se pa nan Satan yo tout soti? Èske Satan pa kowonpi tout lòm? Si Bondye te fè travay Li dapre konsepsyon lòm, èske Li pa ta tounen Satan? Èske Li pa t ap menm bagay avèk pwòp kreyasyon Li yo? Puiske Satan tèlman fin kowonpi kreyasyon Li yo kounye a, ke lòm tounen yon senbòl pou Satan, si Bondye ta travay dapre bagay Satan yo, èske Li pa t ap nan menm divizyon avèk Satan? Kòman lòm ta kapab konprann travay Bondye? Donk, Bondye pa t ap janm travay dapre konsepsyon lòm, e Li pa ta janm travay nan fason ke ou panse yo. Genyen sa yo ki di ke Bondye Li menm te di ke Li va rive sou yon nyaj. Èske se vre ke Bondye te di sa Li menm, men èske ou pa konnen ke pa gen lòm ki konprann mistè Bondye? Èske ou pa konnen ke pa gen lòm ki ka eksplike pawòl Bondye? Èske ou sèten, san okenn dout, ke Lespri Sen an te ouvè lespri ou e eklere ou? Asireman se pa t ke Lespri Sen an te montre ou nan fason trè klè? Èske se Lespri Sen an ki te enstui ou, oswa èske se te pwòp konsepsyon pa w ki te pouse w pou panse konsa? Ou te di, “Se Bondye ki te di sa Li menm.” Men nou pa kapab itilize pwòp konsepsyon ak lespri nou pou mezire pawòl Bondye. Kanta pou pawòl ke Ezayi te pale yo, èske ou kapab esplike pawòl li yo avèk yon konviksyon total? Èske ou ta fouti eksplike pawòl li yo? Puiske ou pa fouti eksplike pawòl Ezayi yo, poukisa ou gen kouraj eksplike pawòl Jezi yo? Kilès ki pi egzalte, Jezi oswa Ezayi? Puiske repons lan se Jezi, poukisa ou eksplike pawòl Jezi te pale yo? Èske Bondye ta pale w de travay Li alavans? Pa menm yon grenn kreyati kapab konnen, pa menm mesaje yo nan syèl la, pa Pitit Lòm nan, donk kòman pou w ta kapab konnen? Lòm manke anpil bagay. Sa ki esansyèl pou nou kounye a se pou nou konnen twa (3) etap travay yo. De travay Jewova a jiska travay Jezi a, e de travay Jezi a jiska travay nan etap kote nou ye aktyèlman an. Twa (3) etap sa yo kouvri, nan yon lyen pèmanan, tout lajè jesyon Bondye a, e tout se travay yon sèl Lespri. Depi kreyasyon mond lan, Bondye te toujou ap travay pou jere lèzòm. Li se Kòmansman e Lafen Li se Premye e Dènye an, e Li se Sila ki kòmanse yon peryòd e ki mete lafen nan yon peryòd. Twa (3) etap travay yo, nan yon diferan peryòd e yon diferan lokasyon, se klèman travay yon sèl Lespri a. Tout sa yo ki separe twa (3) etap sa yo kanpe kòm opozisyon devan Bondye. Kounye a se responsablite ou pou konprann ke tout travay, depi nan premye etap la jouk jounen jodi a, se travay yon sèl Bondye a, travay yon sèl Lespri a. Pa dwe gen okenn dout nan sa.