Travay nan Tan Lalwa a

Travay Jewova te fè sou Izrayelit yo etabli nan mitan lezòm plas orijin Bondye sou latè, se te sou menm plas sakre sa a Li te ye tou. Li te limite travay li ak pèp Izrayèl la. Anvan sa, Li pa t travay lòt kote pase ann Izrayèl, men Li te pito chwazi moun ki apwopriye pou limite chan travay Li. Izrayèl se kote Bondye te kreye Adan ak Èv, epi ak pousyè tè ki soti nan espas sa a, Jewova te kreye lòm; plas sa a te vin baz travay Li sou latè. Izrayelit yo, ki te desandan Noe ak desandan Adan tou, se te baz travay imen Jewova sou latè.

Nan tan sa a, enpòtans, objektif, ak etap travay Jewova an Izrayèl se te pou inisye travay Li sou tout latè, avèk Izrayèl kòm sant, epi ki te vin gaye nan lòt nasyon yo gradyèlman. Se daprè prensip sa a Li travay nan tout linivè—pou etabli yon modèl apresa Li etann li jiskaske tout moun sou latè kapab resevwa levanjil Li a. Premye Izrayelit yo se te desandan Noe. Moun sa yo te sèlman genyen souf lavi Jewova, epi yo te konprann ase pou jere premyebezwen debaz lavi a, men yo pa t konnen ki kalite Bondye, Jewova te ye, oswa volonte Li pou lòm, alewè pou fason yo dwe respekte Senyè tout kreyasyon an. Pou sa ki konsène si te gen prensip ak lwa pou yo te obeyi,[a] oswa si moun Li kreye yo te gen yon devwa anvè Kreyatè a, desandan Adan yo pa t konn anyen nan bagay sa yo. Tout sa yo konnen se mari a te dwe swe epi travay di pou pran swen fanmi l, epi madanm nan dwe soumèt ak mari l apresa pou yo fè ras lòm Jewova te kreye a dire lontan. Pou di sa yon lòt fason, moun sa yo ki te senpman genyen souf ak lavi Jewova nan yo, pa t konn anyen sou fason pou swiv lwa Bondye oswa pou satisfè Senyè tout kreyasyon an. Yo te konprann yon ti kras bagay. Konsa, menmsi yo pa t gen anyen malonèt oswa twonpri nan kè yo, epi te konn gen jalouzi ak dezakò raman nan mitan yo, men yo pa t gen ni konesans ni bon konprann sou Jewova, Senyè tout kreyasyon an. Zansèt sa yo te sèlman konn manje bagay Jewova yo, epi jwi bagay Jewova, men yo pa t konnen pou venere Jewova; yo pa t konnen se devan Jewova pou met ajenou pou adore Li. Alòs kòman pou yo ta fè rele yo kreyati Li? Si se te konsa, èske pawòl sa yo: “Jewova se Senyè tout kreyasyon an” epi “Li te kreye lòm yon fason pou lòm te kapab manifeste glwa Li epi reprezante Li” pa t pwononse anven? Kijan fè pou moun ki pa gen okenn respè pou Jewova ta kapab temwanye glwa Li? Kijan yo ta kapab devni manifestasyon glwa Li? Èske pawòl Jewova ki di: “Mwen te kreye lòm ak imaj Mwen” pa t ap tounen yon zam nan men Satan, mechan an? Èske pawòl sa yo pa t ap vin yon siy imilyasyon pou Jewova ki te kreye lòm? Pou nou konplete etap travay sa a, aprè Jewova te fin kreye lòm, Li pa t enstwi oswa gide yo depi Adan rive sou Noe. Men, se te jis aprè delij la te fin detwi lemond Li te kòmanse gide izrayelit yo kòm sadwa, ki te desandan Noe ak desandan Adan tou. Travay Li ak pawòl Li ann Izrayèl te sèvi kòm gid pou tout pèp Izrayèl la pandan yo t ap viv lavi yo toupatou sou teritwa Izrayèl la, se kon sa yo te montre limanite ke Jewova pa t sèlman kapab soufle nan lòm pou li te kapab jwenn lavi nan Li epi pran pousyè pou L kreye yon moun, men tou li te kapab redwi lèzòm an sann, modi ras lòm, epi sèvi ak baton L’ pou gouvène limanite. Se kon sa tou, yo te rive wè Jewova te kapab gide lavi lòm sou latè, epi pale ak travay pami yo lè li lajounen ak lannuit. Travay Li te fè yo se te sèlman pou kreyati Li yo te ka konnen lòm sòti nan pousyè latè ke Li te ranmase, e anplis pou konnen se Li ki te kreye lòm. Non sèlman sa, men Li te travay an Izrayèl anvan pou lòt pèp ak nasyon yo (ki pa t separe ak Izrayèl, men ki te pito gen branch nan Izrayèl, ki te toujou desandan Adan ak Èv) te kapab resevwa levanjil Jewova nan men Izrayèl, yon fason pou tout kreyati nan linivè kapab venere Jewova epi rekonèt Li gran. Si Jewova pa t kòmanse travay Li ann Izrayèl, men Li te annik kreye lòm, epi kite yo viv jan yo vle sou latè, lè sa a, akoz nati fizik lòm (nati nan sans sa a vle di lòm p ap janm ka konnen bagay li pa ka wè, sa vle di li pa t ap ka konnen se Jewova ki te kreye lòm, alevwa pou l ta konn pou ki sa Li te kreye l), li pa t ap janm konnen se Jewova ki te kreye lòm oswa se Li ki Senyè tout kreyasyon an. Si Jewova te kreye lòm epi mete l sou latè, epi Li te annik retire pousyè sou men L apresa L’ al fè wout Li olye pou L ta rete pami lèzòm pou L gide yo pandan yon sètan tan, lè sa tout limanite t ap tounen neyan; menm syèl la ak tè a ak tout lòt kalte bagay Li fè yo, ak tout limanite, t ap tounen neyan epi Satan t ap pase tout anba pye anplis. Nan sans sa a, sa Seyè a swete a “Sou latè, sa vle di, nan mitan kreyasyon Li a, Li dwe gen yon kote pou Li kanpe, yon kote ki sen” t ap kraze. Epitou, apre Li te fin kreye lòm, yon fason pou L kapab rete nan mitan yo pou gide lavi yo, epi pale ak yo—tout sa se te pou reyalize dezi Li e akonpli plan Li. Travay Li te fè an Izrayèl se te sèlman pou egzekite plan Li te genyen depi anvan L te kreye tout bagay, nan sans sa a, jan L te konn travay pami Izrayelit yo ak tout sa L kreye yo pa t depaman youn ak lòt, men tou lè de te fèt nan enterè jesyon pa Li, pou travay Li, ak laglwa Li, epi yo fèt konsa pou L te bay yon sans ki pi pwofon ak lòm li te kreye a. Li te gide lavi lòm sou latè pandan de mil an aprè Noe, pandan tan sa Li te aprann lèzòm pou konprann fason pou venere Jewova, Senyè ki kreye tout bagay, fason pou yo mennen lavi yo, ak fason pou yo kontinye viv, epi sitou fason pou aji kòm yon temwen pou Jewova, fason pou obeyi Li, ak pou respekte Li, e menm fè lwanj pou Li ak mizik menm jan David ak prèt li yo te konn fè.

Anvan de mil an Jewova te pran pou L akonpli travay Lia, lòm pa t konn anyen, epi prèske tout limanite te tonbe nan fè vye bagay, anvan delij la te detwi mond lan, jouk yo te vin rive byen fon nan imoralite seksyèl ak koripsyon kote kè yo te detounen nèt de Jewova epi yo pa t enterese ak chemen Li ditou. Yo pa t janm konprann travay Jewova t apral fèa; yo te manke larezon, yo te gen mwens konesans, epi, tankou machin k ap respire, yo te inyore lòm, Bondye, lemond, lavi, eks., konpltètman. Yo te tonbe nan anpil sediksyon sou latè, menm jan ak sèpan an, epi yo te di anpil bagay ki te ofanse Jewova men paske yo te inyoran, epi Jewova pa t pini yo oubyen disipline yo. Se sèlman aprè delij la, lè Noe te gen 601 an, Jewova te parèt ak Noe fòmèlman epi Li te gide l ak fanmi li, Li te dirije zwazo ak bèt ki te soti vivan nan delij la ansanm ak Noe ak desandan li yo, jouk rive nan fen Tan Lalwa a, pandan 2500 ane. Li te travay an Izrayèl fòmèlman pandan 2000 an, epi Li te travay an Izrayèl ak lòt kote an menm tan pandan 500 ane, ki vin bay antou 2500 ane. Pandan peryòd sa a, Li te aprann Izrayelit yo sèvi Jewova, yo te dwe bati yon tanp, mete wòb prèt sou yo, epi mache pye atè anndan tanp lan lè l pral fè jou pou soulye yo pa souye tanp lan ak pou dife pa soti nan anwo tanp lan tonbe sou yo epi boule yo jouk yo mouri. Yo te pran reskonsablite yo epi yo te soumèt ak plan Jewova yo. Yo te priye Jewova nan tanp la, epi aprè yo te fin resevwa relevasyon Jewova ki vle di, apre Jewova te fin pale, yo te gide foul la epi aprann yo yo dwe respekte Jewova, Bondye yo a. Epi Jewova te di yo yo dwe bati yon tanp ak yon lotèl, epi nan tan Jewova chwazi ki se fèt Pak la, yo te dwe prepare ti bèf ak ti mouton ki fenk fèt pou ofri kòm sakrifis sou lotèl la pou sèvi Jewova, pou kontwole yo ak pou fè yo gen respè nan kè yo pou Jewova. Obeyisans yo ak lwa sa a vin tounen baz lwayote yo ak Jewova. Jewova te ba yo jou Saba a kòm yon òdonans tou, ki se setyèm jou kreyasyon an. Jou ki vini apre Saba a, Li te fè premye jou a tounen yon jou pou louwe Jewova, pou ofri sakrifis ba Li, ak pou fè mizik pou Li. Nan jou sa a, Jewova te konvoke tout prèt yo ansanm pou pataje sakrifis sou lotèl la pou moun yo manje, yon fason pou yo ka savoure sakrifis Jewova a sou lotèl la. Epi Jewova te di Li beni yo paske yo pataje yon pòsyon ak Li, epi yo se pèp Li chwazi (se te kontra Bondye ak Izrayelit yo). Se poutèt sa, depi jou sa a, pèp Izrayèl la toujou ap di Jewova se Bondye pa yo sèlman, li pa Bondye moun lòt nasyon yo.

Pandan Tan Lalwa a, Jewova te bay Moyiz anpil kòmandman pou l te transmèt bay Izrayelit yo ki te suiv li aprè yo te kite Ejip. Jewova te bay kòmandmansa yo ak Izrayelit yo, epi Li pa t asepte okenn relasyon ak Ejipsyen yo; Tout sa se te pou L kontwole Izrayelit yo, epi Li te sèvi ak kòmandman sa yo pou L te ka egzije sa L vle nan men yo. Kit yo obsève Saba, kit yo respekte paran yo, kit yo adore zidòl, eks.—te gen prensip pou jije yo lè yo fè peche ak lè yo aji byen. Pami yo, genyen kèk Jewova te frape ak dife, genyen yo te konn touye ak kout wòch, epi genyen ki te konn resevwa benediksyon Jewova, daprè obeyisans oswa dezobeyisans yo ak komandman yo. Sa ki pa t obsève jou Saba yo te mouri ak kout wòch. Prèt ki pa t obsève jou Saba a Jewova te frape yo ak dife. Pou moun ki pa t respekte paran yo, yo te touye yo ak kout wòch. Se te Jewova ki te bay tout kòmandman sa yo. Jewova te bay kòmandman ak lwa Li yo pou pèp la te kapab tande ak obeyi pawòl Li epi pou yo pa fè rebèl pandan L ap dirije lavi yo. Li te sèvi ak lwa sa yo pou L te gen kontwòl timoun ki fenk fèt yo, yon fason pou L kapab mete baz sa Li pral gen pou fè pi devan yo. Kon sa, sou baz sa Jewova te fè, yo te rele premye tan an Tan Lalwa. Kwak Jewova te di ak fè anpil bagay, Li te sèlman dirije pèp la yon fason ki pozitif, Li aprann inyoran sa yo fason pou viv kòm moun ak fason pou konprann chemen Jewova. Men, sa L te konn fè yo se te plis pou fè moun obsève prensip Li ak suiv lwa Li. Travay la te konn fèt sou moun ki pa t twò fin gate; li pa t fèt pou chanje dispozisyon yo ak pwogrè yo nan lavi. Li te sèlman vle bay lwa pou limite ak kontwole pèp la. Pou Izrayelit yo nan tan sa a, Jewova te senpman yon Bondye nan tanp lan, yon Bondye nan syèl. Li te yon kolòn nyaj, yon kolòn dife. Tout sa Jewova te reklame se te pou yo obeyi sa moun konnen jodi a kòm lwa ak kòmandman Li—gen moun ki kapab menm di prensip yo—paske sa Jewova te fè a se pa t nan entansyon pou transfòme yo, men pou L te ba yo plis bagay lòm te dwe genyen epi pou enstwi yo ak pwòp bouch Li, paske aprè lòm te fin kreye li pa t dwe posede anyen. Epi konsa, Jewova te bay pèp la bagay yo te dwe posede pou lavi yo sou latè, fè moun li te dirije yo depase zansèt yo, Adan ak Èv, paske sa Jewova te ba yo a te depase sa L te bay Adam ak Èv nan kòmansman an. Kanmenm, travay Jewova te fè an Izrayèl la se te sèlman pou gide limanite ak pou fè lèzòm rekonèt Kreyatè yo a. Li pa t ni fòse yo soumèt ni transfòme yo, men Li te senpman gide yo. Se sa ki tout travay Jewova nan Tan Lalwa. Sa se kontèks travay Li, vrè istwa ak esans travay Li nan tout peyi Izrayèl la, epi se kòmansman sis mil ane travay Li akonpli—pou L kenbe Lèzòm anba kontwòl Jewova. Apa sa, gen plis bagay ki fèt nan plan jesyon L pandan sis mil ane.

Nòt anba paj:

a. Tèks original la pa genyen espresyon “pou yo obeyi” a.

Avan:  Travay Simaye Levanjil la se Travay pou sove Lòm li ye tou

Pwochen:  Vrè Istwa ki Dèyè Travay Laj Redanmsyon an

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger