Moun Ki Dwe Vin Pafè yo Dwe Sibi Rafinman

Si w kwè nan Bondye, alò ou dwe obeyi Bondye, pratike laverite, epi fè tout sa w dwe fè yo. Aprèsa, ou dwe konprann bagay ou ta dwe esprimante yo. Si ou sèlman fè eksperyans jan Li koresponn ak ou, disipline w epi jije w, si w kapab sèlman jwi Bondye men ou pa kapab santi lè Bondye ap disipline w oswa lè L ap koresponn ak ou, sa a pa akseptab. Pètèt nan sikonstans rafinman sa a, ou kapab kenbe fèm, men sa pa sifi toujou; ou dwe kontinye avanse. Moun pa janm sispans aprann renmen Bondye, sa pa gen fen. Moun yo konprann kwayans nan Bondye se yon bagay trè senp, men depi yo komanse ap fè esperyans ak pratik, lè sa yo reyalize kwayans nan Bondye pa senp jan yo te konprann nan. Lè Bondye ap rafine lòm, lòm soufri. Plis Bondye rafine yon moun, se plislanmou l pou Bondye ap vin pi gran, epi se plis Bondye ap revele pisans Li nan moun sa a. Nan yon lòt sans, mwens Li rafine yon moun, se mwens lanmoun moun sa a pou Bondye ap grandi, epi se mwens Bondye ap revele pisans Li nan moun sa a. Toutotan rafinman ak doulè moun sa a pi gran epi toutotan touman l ap esperimante yo plis, se plis lanmou l pou Bondye ap grandi, l ap vin gen plis lafwa nan Bondye, epi konesans Li sou Bondye ap vin pi pwofon. Nan esperyans ou, w ap wè moun k ap soufri anpil pandan y ap sibi rafinman, ki fè fas ak koreksyon ak disiplin, w ap wè se moun sa yo ki gen yon lanmou pwofon pou Bondye ak yon konesans apwofondi sou Bondye. Moun ki poko fè fas ak koreksyon gen yon konesans sipèfisyèl sou Bondye, epi yo kapab sèlman di: “Bondye bon, Li fè moun gras pou yo kapab jwi Li.” Si moun fè fas ak esperyans ak disiplin, lè sa yo prè pou pale de vrè konesans sou Bondye a. Kon sa, plis travay Bondye nan lòm mèvèye, se plis li gen sans ak valè. Plis ou pa ka penetre L, plis Li pa koresponn ak panse pa w, plis travay Bondye ap kapab konkeri w, jwenn ou, epi rann ou pafè. Ala enpòtans travay Bondye gran! Si Bondye pa t rafine lòm nan fason sa a, si Li pa t travay daprè metòd sa a, lè sa travay Li pa t ap fè efè epi li t ap san sans. Nan tan lontan yo te di Bondye t ap chwazi epi genyen gwoup sa a, epi fè yo vin konplè nan dènye jou yo; se lè sa, sa vin gen yon sinifikasyon ekstraòdinè. Plis travay Li fè nan nou an gran, plis lanmou n pou Bondye ap pwofon epi pwòp. Plis travay Bondye a gran, se plis lòm an mezi pou konprann kèk bagay nan sajès Li epi se plis lòm ap gen konesans de Li. Pandan dènye jou yo, sis mil ane plan jesyon Bondye a ap pran fen. Èske se yon bagay ki kapab fini fasil konsa? Depi L fin jwenn lòm, èske travay Li ap fini? Èske sa kapab senp kon sa? Poutan moun imajine se yon bagay tou senp, men sa Bondye fè pa senp. Kèlkeswa pati nan travay Bondye ou vle mansyone, tout se bagay lòm pa ka penetre. Si w te kapab penetre l, lè sa travay Bondye t ap san enpòtans epi san valè. Moun pa ka penetre bagay Bondye fè; li konplètman kontrè ak panse nou, epi plis nou pa ka fè l mache ak panse nou, se plis li montre kijan sa Bondye fè gen valè; si li te mache byen ak panse w yo, lè sa li pa t ap gen sans. Jodi a, ou santi travay Bondye bon anpil, e plis ou santi l bon, se plis ou konprann jan yo pa ka sonde Bondye, epi ou wè kijan sa Bondye fè yo gran. Si Li te sèlman fè bagay sipèfisyèl pou jwenn lòm aprè sa Li pa fè anyen ankò, lè sa lòm pa t ap kapab kontanple valè sa Bondye fè yo. Malgre ou resevwa yon ti rafinman kounye a, se yon gwo benefis pou kwasans lavi ou; alòs se pi gwo nesesite pou nou sibi difikilte sa yo. Jodi a, ou jwenn yon tikal rafinman, men aprè sa ou pral kapab vrèman an mezi pou kontanple sa Bondye fè yo, epi ou va di anfen: “sa Bondye fè yo mèveye!” Se va pawòl ki soti nan kè ou. Gen moun lè yo fè esperyans travay Bondye nan yo pandan yon ti tan (eprèv moun k ap fè travay la ak tan chatiman an), yo te di anfen: “kwè nan Bondye se yon bagay ki vrèman difisil!” Paske yo itilize mo “vrèman difisil la” montre sa Bondye fè yo moun pa ka penetre yo, sa Bondye fè yo gen anpil enpòtans ak valè, epi travay Li se yon bagay ki merite pou lòmancheri. Si aprè Mwen fin fè tout bagay sa yo, ou pa rive gen menm konesans ki pi minim nan, lè sa èske travay Mwen ta ka toujou gen valè? Sa pral fè w di: “Sèvi Bondye vrèman difisil, sa Bondye fè yo bon anpil, epi Bondye saj anpil! Bondye adorab anpil!” Si aprè ou fin pase yon tan esperyans, ou kapab di pawòl sa yo, lè sa se yon prèv ou gen travay Bondye nan ou. Yon jou, lè ou va pwopaje levanjil la lòt kote epi yon moun mande w: “Kijan lafwa w nan Bondye ye?” W ap kapab di: “aksyon Bondye yo vrèman mèveye!” Yo pral santi nan pawòl ou yo esperyans reyèl. Sa se vrè temwayaj la. Ou pral di pawòl Bondye chaje ak sajès, epi travay Li nan ou te vrèman konvenk ou epi jwenn kè ou. W ap toujou renmen L paskeLi plis ke merite lanmou lèzòm!! Si w kapab pale de bagay sa yo, lè sa ou kapab touche kè moun. Tout sa yo se temwayaj. Si w kapab pote yon temwayaj vivan pou fè moun kriye, pou montre ou se yon moun ki renmen Bondye, ou kapab temwaye lanmou w pou Bondye, epi pa mwayen ou menm, Bondye kapab fè aksyon nan temwayaj. Ak temwayaj ou, lòt moun vin kapab chache konnen sa Bondye fè, fè esperyans travay Bondye, ak nenpòt kote yo fè esperyans, y ap vin kapab kenbe fèm. Sa se pi bon fason pou temwaye, epi se sa menm Bondye rekalme nan men w kounye a. Ou dwe wè travay Bondye trè valab epi diy pou moun ba l enpòtans, Bondye presye anpil epi Li gen abondans; Li pa sèlman kapab pale men Li jije moun tou, Li chanje kè yo, Li pote lajwa pou yo, Li jwenn yo, konvenk yo, epi Li rann yo pafè. Nan espreryans ou w ap wè jan Bondye diy pou renmen L. Alò, kounye a nan ki nivo ou renmen Bondye? Èske kapab di bagay sa yo tout bon nan kè w? Lè w kapab di pawòl sa yo nan fon kè w, lè sa w ap kapab temwaye. Depi esperyans ou atenn nivo sa a w ap kapab temwaye pou Bondye, epi w ap kalifye. Si w pa atenn nivo sa a nan esperyans ou, lè sa w ap twò lwen toujou. Li nòmal pou wè feblès nan moun pandan y ap sibi rafinman, men aprè chnajman an ou ta dwe kapab di: “Bondye saj anpil nan travay Li!” Si w kapab vrèman atenn yon nivo konpreyansyon pratik, lè sa l ap vin tounen yon bagay ou renmen, epi eksperyans ou ap gen valè.

Ki sa w dwe chache kounye a? Kit ou kapab temwaye pou travay Bondye ou pa, kit ou kapab devni yon temwayaj ak yon manifestasyon Bondye ou pa, epi kit ou nan kondisyon pou Bondye itilize w ou pa—se bagay sa yo ou dwe chache. Ki kantite travay Bondye fè nan ou tout bon? Ki kantite bagay ou wè, ki kantite bagay ou touche? Ki kantite bagay ou eksperimante epi goute? Menm si Bondye ta epwouve w, koresponn avè w oswa discipline w, aksyon L ak travay Li reyalize nan ou. Men kòm yon kwayan nan Bondye epi kòm yon moun ki ap chache pou Li rann ou pafè, èske w kapab temwaye pou Bondye sou baz esperyans ou? Èske w kapab viv pawòl Bondye pa mwayen esperyans ou yo? Èske w kapab pote yon bagay pou lòt yo pa mwayen esperyans pratik ou, epi deplwaye tout vi w pou temwaye pou travay Bondye? Pou temwaye pou travay Bondye, ou dwe konte sou esperyans ou, konesans ou, ak pri ou peye a. Se sèlman konsa ou kapab satisfè volonte L. Èske w se yon moun ki temwaye pou travay Bondye? Èske w gen dezi sa a? Si w kapab temwaye non Li, e menm plis, temwaye pou travay Li, epi si ou kapab viv daprè jan Li mande pou moun Li yo viv la, lè sa ou se yon temwen pou Bondye., Kijan pou w temwaye pou Bondye reyèlman? Ou fè sa lè w chache epi anvi viv pawòl Bondye, epi lè w ap temwaye ak pawòl ou, ou pèmèt moun konnen travay Li epi wè aksyon Li yo. Si w vrèman chache tout sa yo, lè sa Bondye ap rann ou pafè. Si tout sa w ap chache se pou Bondye rann ou pafè nan objektif pou w ka beni alafen, lè sa pèspektiv lafwa nan Bondye pa pwòp. Ou ta dwe ap chache fason pou wè Bondye nan lavi reyèl, jan pou satisfè Li lè Li revele ou vonlonte Li, epi chache fason ou dwe temwaye mèvèy ak sajès Li, ak fason pou temwaye pou jan Li disipline w ak trete w. Ou dwe reflechi sou tout bagay sa yo kounye a. Si lanmou w pou Bondye se sèlman nan objektif pou w kapab pataje laglwa Li apre Li fin rann ou pafè, alò sa po ko anfòm toujou epi li pa reponn ak kritè Bondye yo. Ou dwe kapab temwaye pou travay Bondye, satisfè egzijans Li yo, epi fè esperyans travay Li fè nan moun yon fason ki pratik. Kit gen doulè, kriye, tristès, ou dwe fè tout esperyans sa yo nan lavi pratik ou. Yo la pou rann ou pafè pou temwaye pou travay Bondye. Ki sa egzakteman ki kontrenn ou soufri ak chache lapèfeksyon? Èske soufrasn ou yo jodi a se vrèman akoz lanmou w pou Bondye ak pou temwaye pou Li? Oswa se pou benediksyon lachè, pou sa w gen kòm plan w ak objektif? Tout entansyon w, motivasyon w, ak objektif w ap egzèse yo ta dwe korije epi se pa volonte pa w ki pou mennen yo. Si yon moun ap chache pèfeksyon pou l ka jwenn benediksyon ak pou domine nan pouvwa, pandan yon lòt moun ap egzèse lapèfeksyon pou satisfè Bondye, pou bay temwayaj pratik travay Bondye, kiyès nan de mwayen sa yo ou t ap chwazi? Si se premye a ou t ap chwazi, lè sa ou t ap toujou twò lwen standa Bondye yo. Gen yon lè M te di tout linivè tap konnen aksyon Mwen yo epi Mwen t ap reye kòm Wa nan linivè. Nan yon lòt fason, sa Bondye konfye nou pou n fè se pou n al temwaye pou travay Li, se pa pou n vin wa sou tout linivè. Kite sa Bondye fè yo ranpli kòsmòs la ak fimaman an. Se pou tout moun wè epi rekonèt yo. Pawòl sa yo pale pa rapò ak Bondye Li menm, epi sa lèzòm dwe fè se temwaye pou Bondye. Ki kantite bagay ou konn de Bondye kounye a? Ki kantite bagay ou ka temwaye pou Bondye? Ki objektif Bondye pou rann lòm pafè? Depi w konprann volonte Bondye, kijan ou dwe montre konsiderasyon pou sa Li vle a? Si ou vle vin pafè epi temwaye travay Bondye pa mwayen sa w ap viv, si w gen fòs sa k ap gide w, lè sa pa gen anyen ki twò difisil. Sa moun bezwen kounye a se lafwa. Si w gen fòs sa k ap gide w, lè sa li fasil pou kite ale tout bagay negatif, pasif, parès ak bagay lachè yo, filozofi lavi, nati rebelyon, emosyon, eks.

Nan moman difisil, li nòmal pou moun vin febli, oswa pou gen bagay negatif anndan yo, oswa pou yo pa fin klè sou volonte Bondye oswa jan y ap mache nan pratik la. Men kèlkeswa jan sa ye, ou dwe gen lafwa nan travay Bondye, epi men jan ak Jòb, pa rejte Bondye. Malgre Jòb te febli epi li te modi jou li te fèt la, men li pa t janm nye se Jewova ki pèmèt tout bagay nan lavi lòm, epi se Jewova ankò k ap fè tout ale. Kèlkeswa eprèv li te fè fas la, li te kenbe lafwa sa a. Nan esperyans ou, kèlkeswa sa w ap sibi pandan pawòl Bondye ap chanje w la, sa Bondye reklame nan men lòm, an brèf, se lafwa ak lanmou pou Li. Lè Li travay kon sa, sa L ap amelyore nan moun nan se lafwa li, lanmou li ak dezi li. Bondye fè travay pèfeksyon nan moun, epi yo pa ka wè sa, yo pa ka santi sa; jan de sikonstans sa a reklame lafwa w. Lafwa yon moun enpòtan lè l pa ka konprann yon bagay ak pwòp entelijans li, epi lafwa w enpòtan lè w pa ka abandone pwòp panse w. Lè w pa klè konsènan travay Bondye, sa mande pou w gen lafwa epi kenbe fèm nan temwayaj ou. Lè Jòb te atenn nivo sa a, Bondye te parèt epi pale ak li. Se sèlman pa mwayen lafwa w w ap kapab wè Bondye, epi lè w gen lafwa Bondye ap rann ou pafè. San lafwa, Li pa kapab fè sa. Bondye ap ba ou tout sa w espere jwenn. Si w pa gen lafwa, ou p ap kapab vin pafè epi ou p ap kapab wè aksyon Bondye yo, alevwa tout pisans Li (Omnipotans Li). Lè w gen lafwa w ap wè aksyon Li nan esperyans ou yo, lè sa Bondye va parèt ak ou menm, epi Li va eklere w epi dirije w. San lafwa sa a, Bondye p ap kapab fè sa. Si w pèdi espwa nan Bondye, kijan w ap fè kapab fè esperyans travay Li? Nan sans sa a, se sèlman lè w gen lafwa epi ou pa doute Bondye, sèlman lè w gen lafwa tout bon nan Li kèlkeswa jan sa ye, L ap eklere w nan espeyans ou yo, epi se lè sa sèlman w ap kapab wè aksyon Li yo. Tout bagay sa yo rive fèt pa mwayen lafwa. Lafwa grandi sèlman pa mwayen chanjman (transfòmasyon), epi depi pa gen chanjman, lafwa p ap kapab devlope. Ak ki sa mo “lafwa” fè referans? Lafwa se yon vrè kwayans ak kè sense lèzòm dwe posede lè yo pa kapab wè oswa touche yon bagay, lè travay Bondye pa mache daprè panse lèzòm, lè li depase sa lèzòm ta kapab konprann. Se lafwa sa a m ap pale de li a. Moun bezwen gen lafwa nan moman difisil ak chanjman, epi lafwa se yon bagay ki manche byen ak chanjman; chanjman ak lafwa pa ka separe youn ak lòt. Kèlkeswa fason Bondye travay, kèlkeswa kote w ye, ou kapab chache lavi ak laverite, epi chache konesans travay Bondye, konprann aksyon Li yo, epi ou kapab aji daprè laverite. Se kon sa ou gen vrè lafwa, epi sa montre ou pa pèdi lafwa nan Bondye. Ou kapab sèlman gen vrè lwafa nan Bondye si w kapab pèsiste nan chache laverite pa mwayen transfòmasyon, si w kapab renmen Bondye tout bon epi ou pa doute de Li, si w toujou pratike laverite epi satisfè Li malgre tout bagay, si w kapab chache konnen volonte Li tout bon pou fè L plezi. Nan tan lontan, lè Bondye te di ou va reye kòm yon wa, ou te renmen Li, epi lè Li montre w kiyès Li ye, ou te chache Li. Men kounye Bondye kache, ou pa kapab wè Li, epi ou vin twouble—èske kounye a ou pèdi espwa nan Bondye? Ou dwe toujou chache lavi epi satisfè volonte Bondye. Yo rele sa lafwa tout bon (lafwa otantik), epi sa se vrè ak pi bèl kalite lanmou an.

Lontan, moun t ap vin kot Bondye ap pwòp detèninasyon yo, epi you t ap di: “Menm si pa gen okenn lòt moun ki renmen Bondye, mwen dwe renmen Li.” Men kounye a, transfòmsyon an rive sou ou, epi piske sa pa mache ak panse pa w, ou te pèdi lafwa nan Bondye. Èske sa se lanmou tout bon? Ou li plizyè fwa konsènan aksyon Jòb yo—èske w gen tan bliye yo? Vrè lanmou kapab pran fòm li nan lafwa. Ou devlope vrè lanmou pou Bondye pa mwayen chanjman w ap sibi yo, epi se pa mwayen lafwa w ou kapab konsidere volonte Bondye nan esperyans ou yo, epi se pa mwayen lafwa tou ou abandone pwòp tèt pou chache lavi; se sa moun dwe fè. Si w fè sa, kon sa w ap kapab wè aksyon Bondye yo, men si w manke lafwa, lè sa ou p ap kapab wè aksyon Bondye yo ni fè esperyans travay Li. Si w vle Bondye sèvi ak ou epi rann ou pafè, lè sa ou dwe genyen tout bagay: volonte pou soufri, lafwa, andirans, obeyisans, ak abilite pou esperimante travay Bondye, konprann volonte Li, konsidere sa ki fè L tris, eks. Rann yon moun pafè pa yon bagay fasil, e nenpòt esperyans chanjman w ap fè, li reklame lafwa ak lanmou. Si w vle Bondye rann ou pafè, li pa sifi pou w jis vle kouri avanse nan etap yo, ni pou w senpman deplwaye w pou Bondye. Ou dwe genyen anpil bagay pou w kapab yon moun Bondye rann pafè. Lè w ap fè fas ak soufrans, ou dwe kapab mete sou kote sousi lachè ak pou w p ap plede plenyen de Bondye. Lè Bondye kache fas Li pou ou, ou dwe kapab gen lafwa pou suiv Li, pou w kenbe lanmou w te gen anvan an san w pa kite l fane oswa disparèt. Kèlkeswa sa Bondye fè, ou dwe kapab soumèt ak volonte L epi prepare pou w modi pwòp tèt ou olye pou w ta ap plenyen de Bondye. Lè w ap fè fas ak difikilte, ou dwe satisfè Bondye, menmsi w kapab ap kriye anpil oswa ou santi w pa anvi separe ak sa w renmen yo. Se sèlman sa ki vrè lanmou ak lafwa a. Kèlkeswa valè ou genyen kounye a, dabò ou dwe genyen volonte pou soufri nan difilkite ak vrè lafwa a, epi ou dwe gen volonte pou abandone bagay lachè yo. Ou dwe kapab sipòte pwòp difikilte w yo epi soufri pou pèdi enterè pèsonèl ou yo pou w kapab satisfè volonte Bondye. Ou dwe kapab an mezi pou santi regrè nan kè w: Nan tan lontan, ou p at kapab satisfè Bondye, epi kounye a ou kapab gen regrè pou tèt ou. Ou pa dwe manke anyen nan bagay sa yo—Se pa mwayen bagay sa yo Bondye ap rann ou pafè. Si w pa kapab ranpli kondisyon sa yo, alòs Bondye p ap kapab rann ou pafè.

Yon moun k ap sèvi Bondye pa ta dwe konnen sèlman fason pou soufri pou Li; Plis pase sa, li ta dwe konprann rezon pou kwè nan Bondye se pou chache lanmou Bondye. Bondye sèvi ak ou pa jis pou L rafine w oswa pou L fè w soufri, Li sèvi ak ou pito pou w ka konnen aksyon Li yo, konnen vrè siyifikasyon lavi lòm, an patikilye, pou w kapab konnen sèvi Bondye se pa bagay fasil. Fè esperyans gras Bondye se pa jwi gras, men se pito soufri pou lanmou ou gen pou Li. Piske w jwi gras Bondye, ou dwe jwi chatiman Li yo tou; Ou dwe fè esperyans tout sa yo. Ou kapab esperimante limyè Bondye nan ou, epi ou kapab esperimante tou fason Li trete w epi jije w. Nan sans sa a, esperyans ou ap konplè. Bondye akonpli travay jijman L ak chatiman L sou ou. Pawòl Bondye tretre ak ou, men se pa sèlman sa; li ba w limyè epi ouvri lespri ou. Lè w negatif epi fèb, Bondye enkyete L pou ou. Tout sa se pou fè w konnen se Bondye ki ranje tout sa ki konsène lòm. Ou kapab panse kwè nan Bondye se soufrans, oswa fè tout kalte bagay pou Li; ou ta kapab panse kwè nan Bondye se pou w kapab an pè, oswa pou tout bagay nan lavi w ap byen mache, oswa pou w kapab konfòtab epi alèz nan tout bagay. Men, moun pa ta dwe mare youn nan sa yo ak kwayans yo nan Bondye. Si se pou bagay sa yo ou kwè, lè sa pèspektiv ou a pa korèk, epi li senpman enposib pou w vin pafè. Aksyon Bondye, dispozisyon jistis Bondye, sajès Li, pawòl Li, ak mèvèy Li epi jan Li ensondab se tout sa yo moun dwe konprann. Lè w gen konpreyansyon sa, ou dwe sèvi ak li pou debarase kè w ak tout demand, espwa ak nosyon pesonèl ou. Sèlman lè w elimine bagay sa yo ou kapab ranpli kondisyon Bondye mande yo, epi se sèlman lè w fè sa ou kapab gen lavi epi satisfè Bondye. Rezon pou sèvi Bondye se pou satisfè Li epi viv daprè sa Li mande yon fason pou aksyon ak glwa Li kapab manisfeste pa mwayen gwoup moun sa yo ki pa diy. Sa se pèspektiv korèk pou kwè nan Bondye, epi sa se objektif ou ta dwe chache tou. Ou ta dwe gen panse ki korèk la konsènan kwayans ou epi ou ta dwe chache genyen pawòl Bondye. Ou bezwen manje epi bwè pawòl Bondye epi ou dwe kapab viv daprè laverite, an patikilye ou dwe kapab chache aksyon konkrè Li fè, bèl mèvèy Li nan tout linivè, ansanm ak aksyon pratik Li fè nan moun. Pa mwayen esperyans pratik yo, moun kapab jis apresye jan Bondye fè travay Li nan yo ak ki sa volonte L ye pou yo. Objektif tout sa se pou elimine dispozisyon satan ak koronpi nan lòm. Kouri dèyè tout salte ak enjistis nan ou, se retire move entasyon w yo, epi devlope vrè lwafwa nan Bondye—se sèlman pa mwayen vrè lafwa ou kapab renmen Bondye tout bon, ou kapab vrèman renmen Bondye nan fondman kwayans ou nan Li. Èske w kapab rive gen lanmou pou Bondye san w pa kwè nan Li? Piske ou kwè nan Bondye, ou pa kapab nan konfizyon sou sa. Kèk moun vin gen anpil fòs lè yo wè lafwa nan Bondye kapab pote benediksyon pou yo, apresa yo pèdi tout enèji lè yo wè yo dwe sibi rafinman. Èske sa se kwayans nan Bondye? Anfen, ou dwe rive gen yon obeyisans total devan Bondye nan lafwa ou. Ou kwè nan Bondye men toujou gen bagay li mande w, ou toujou gen yon pakèt nosyon relijye ak enterè pèsonèl ou pa ka kite, ou toujou ap chache benediksyon lachè epi ou vle pou Bondye delivre kò ou, sove nanm ou—tout sa se konpòtman moun ki gen move pèspektiv yo. Menm lè moun ki gen kwayans relijye gen lafwa nan Bondye, yo pa eseye chanje dispozisyon yo epi yo pa chache gen konsesans sou Bondye, men yo pito chache enterè lachè yo. Anpil nan nou gen lafwa ki fè pati kategori konviksyon relijye; se pa vrè lafwa nan Bondye. Pou kwè nan Bondye, moun dwe genyen yon kè ki prepare pou soufri pou Li ak volonte pou bay yo. Sof lè moun ranpli ak kondisyon sa yo, apresa lafwa yo pa gen valè, epi yo pa p kapab rive chanje nan dispozisyon yo. Sèlman moun ki chache laverite tout bon vre, ki chache konnesans sou Bondye ak lavi ki se moun ki kwè nan Bondye tout bon vre.

Lè zeprèv yo vini sou ou, kijan w pral aplike travay Bondye pou w fè fas ak difikilte sa yo? Èske w ap negatif oswa w ap konprann zeprèv Bondye ak rafinman lòm nan yon aspè pozitif? Ki sa w ap jwenn nan zeprèv ak rafinman Bondye yo? Èske lanmou w pou Bondye ap grandi? Lè w ap sibi rafinman, èske w ap kapab aplike zeprèv Jòb yo epi angaje w seryezman nan travay Bondye ap akonpli nan ou a? Èske w kapab wè kijan Bondye epwouve lòm pa mwayen zeprèv Job yo? Ki kalte enspirasyon zeprèv Job yo pote pou ou? Èske w kapab temwaye pou Bondye nan mitan rafinman w ap sibi yo, oswa èske w ap vle satisfè lachè ou nan yon anvirónman ki konfòtab? Ki sa ki vrè pèspektiv ou sou lafwa nan Bondye? Èske se pou Li tout bon, se pa pou tèt pa ou? Èske w dèyè yon bagay nan sa w ap chache a? Èske w prè pou w sibi rafinman pou Bondye kapab rann ou pafè, oswa èske w prefere Bondye chatye epi modi ou? Ki sa w vrèman panse sou koze temwaye pou Bondye a? Ki sa moun ta dwe fè kèk kote pou yo kapab temwaye pou Bondye? Piske Bondye pratik la revele travay L ap fè kounye a nan ou, pou ki sa ou toujou ap panse pou w kite sa? Èske kwayans ou nan Bondye se pou Bondye? Pou anpil nan nou, kwayans nou se yon pati nan kalkil nou fè pou kont nou, pou n kapab chache pwòp benefis nou. Pa gen anpil moun ki kwè nan Bondye pou Bondye; èske sa a se pa espri rebelyon?

Objektif travay rafinman premyeman se pou rann lafwa moun pafè. Alafen, sa ki rive se ou menm ki vle kite sa, men an menm tan, ou pa kapab; Kèk moun kapab toujou gen lafwa menm lè yo pa gen tikras lespwa; epi moun yo pa gen lespwa konsènan avni yo. Se sèlman lè sa a rafinman Bondye a ap fini. Lòm toujou po ko atenn stad pou ap plane ant lavi ak lanmò, epi yo po ko konn gou lanmò, kon sa pwosesis rafinman an po ko fini. Men sila yo ki nan etap ap egzekite pa t rafine nan dènye nivo a. Jòb te sibi rafinman ekstrèm, epi li pa t gen anyen pou l konte sou li. Moun dwe sibi rafinman nan yon nivo pou yo pa gen lespwa ak anyen pou yo konte sou li—se sèlman sa ki rele vrè rafinman. Pandan tan ou te konn ap sèvi la, si kè ou te toujou anpè devan Bondye, epi si kèlkeswa sa L te fè ak kèlkseswa sa volonte L te ye pou ou, ou te toujou obeyi ak aranjman Li yo, lè sa nan fen wout la ou t ap konprann tout bagay Bondye te fè yo. Ou te sibi zeprèv Jòb yo, epi an menm tan ou sibi zeprèv Pyè yo. Lè Bondye t ap epwouve Jòb, li te kenbe temwayaj li, epi alafen, Jewova te revele L ak Jòb. Se sèlman aprè li te kenbe temwayaj li li te vin diy pou wè fas Bondye. Pou ki sa yo di: “Mwen kache M pou salte nan peyi a men mwen montre M nan wayòm ki sen an”? Sa vle di se sèlman lè ou sen epi ou kenbe temwayaj ou w ap kapab gen diyite pou wè fas Bondye. Si ou pa ka kenbe temwayaj ou pou Li, ou pa diy pou ou wè fas Li. Si ou fè bak epi plenyen kont Bondye devan rafinman, nan sans sa a lè w pa kenbe temwayaj ou pou Li epi ou vin tounen yon larize nan men Satan, lè sa ou pa p sanble ak Bondye. Si menm jan ak Jòb, pandan l nan mitan zeprèv l ap modi pwòp chè li, li pa t plenyen kont Bondye, epi li te kapab rayi pwòp chè li san plenyen oswa san fè peche nan pawòl li, kon sa tou w ap kapab kenbe temwayaj ou. Lè w ap sibi zeprèv nan yon sèten degre epi w toujou kapab tankou Jòb, toujou obeyisan devan Bondye san okenn lòt bagay Li egjije oswa pwòp nosyon pa w mande, lè sa Bondye ap parèt ak ou. Kounye a Bondye pa parèt ak ou menm paske w gen twòp nosyon pa w, prejidis pèsonèl ou, panse egoyis, egzijans endividyèl ak enterè lachè, epi ou vin pa diy pou wè fas Li. Si w te dwe wè Bondye, èske w t ap mezire L ak pwòp nosyon pa ou, ebyen lè w fè l kon sa, se kloure t ap kloure L sou lakwa. Si nenpòt bagay vin sou ou epi li pa aliye ak nosyon w yo men ou toujou an mezi pou w mete yo sou kote epi jwenn konesans de aksyon Bondye apati bagay sa yo, epi si nan mitan rafinman an ou revele lanmou ou gen nan kè w pou Bondye a, ebyen lè sa ou kenbe temwayaj la. Si gen lapè lakay ou, ou pran plezi nan jan ou alèz, pyès moun pa p pèsekite w, epi frè w ak sè nan legliz yo obeyi ou, èske w kapab montre lanmou nan kè w pou Bondye? Èske sitiyasyon sa kapab rafine w? Se sèlman pa mwayen rafinman yo kapab wè lanmou w pou Bondye, epi se sèlman pa mwayen bagay k ap rive yo epi ki pa akòde ak nosyon pa w yo w ap kapab vin pafè. Nan sèvi ak anpil bagay kontrè ak negatif, epi nan anplwaye tout kalte manifestasyon Satan—aksyon l yo, akizasyon l yo, twoub ak desepsyon li yo—Bondye montre w aklè vye fas kache Satan, epi Li rann ou gen kapasite pou w distenge Satan, pou w kapab rayi Satan epi abandone l.

Tout esperyans echèk ak feblès ou yo, moman negatif ou yo, yo tout kapab konsidere kòm zeprèv Bondye. Se paske tout bagay soti nan Bondye, epi tout bagay ak zeprèv se nan men L yo ye. Kit ou echwe oswa fèbli epi trebiche, tout repoze sou Bondye ak nan sajès Li. Nan pèspektiv Bondye, sa se zeprèv pa w, epi si ou pa an mezi pou rekonèt sa, l ap vin tounen tantasyon. Gen de (2) gen kalte sityasyon moun ta dwe rekonèt: Youn sòti nan Sentespri a, epi lòt la ta sanse sòti nan Satan. Youn se yon sitiyasyon kote Sentespri a eklere w epi pèmèt ou konn tèt ou, pou rayi epi gen pitye pou tèt ou epi pou w kapab genyen vrè lanmou an pou Bondye, pou w prepare kè w pou satisfè Li. Lòt la se yon sitiyasyon kote ou konnen tèt ou, men ou negatif epi ou fèb. Yo ta kapab di sitiyasyon sa a se rafinman Bondye a, epitou se tantasyon ki soti nan Satan. Si w rekonèt sa se delivrans Bondye nan ou epi si w santi kounye a ou dwe Li anpil, epi si kounye a ou eseye peye sa L fè pou ou yo epi pou w pa janm tonbe nan jan depravasyon sa a, si w fè efò pou w manje ak bwè pawòl Li, epi si w toujou konsidere mankman w yo, epi ou gen yon kè k ap soupire, sa a se zeprèv Bondye. Aprè soufrans la fini epi ou kontinye avanse, Bondye ap toukou gide w, eklere w, epi pran swen ou. Men si ou pa rekonèt sa epi ou negatif, ou senpman lage tèt ou nan dezespwa, si se nan fason sa a ou panse, lè sa tantasyon Satan ap anvayi w. Lè Jòb t ap sibi zeprè yo, Bondye ak Satan te parye youn ak lòt, epi Bondye te pèmèt Satan fè Jòb tris. Menmsi se te Bondye ki t ap epwouve Jòb, se te Satan reyèlman ki te vin fè l mal. Pou Satan li t ap tante Jòb, men Jòb te nan bò pa Bondye a. Si se pa t sa, lè sa Jòb t ap tonbe nan tantasyon an. Depi moun tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan danje. Yo kapab di se zeprèv Bondye lè w ap sibi rafinman, men si w pa nan yon bon kondisyon, yo kapab di se tantasyon Satan. Si w pa klè konsènan vizyon an, Satan ap akize epi bwouye w nan aspè vizyon an. Anvan w konn sa, w ap gen tan tonbe nan tantasyon.

Si w pa fè esperyans travay Bondye, ou pa p janm kapab vin pafè. Nan esperyans ou yo, ou dwe antre nan detay yo tou. Pa egzanp, ki bagay ki mennen w devlope nosyon ak motivasyon eksesif, epitou ki bon pratik ou genyen pou w rezoud pwoblèm sa yo? Si w kapab esperimante travay Bondye, sa vle di ou gen enpòtans. Si w sèlman parèt gen fòs, se pa yon vrè grandè epi ou pa p kapab rete fèm tout bon vre. Sèlman lè w kapab esperimante travay Bondye, ou kapab fè esperyans epi medite sou li nenpòt lè ak nenpòt kote, lè w kapab kite bèje yo epi ou kapab viv endepandan pandan w apiye w sou Bondye, epi ou kapab wè aksyon reyèl Bondye yo—sèlman lè sa w ap kapab fè volonte Bondye. Kounye a, pi fò moun pa konn kijan pou fè esperyans, epi lè yo rankontre yon pwoblèm, yo pa konn ki fason pou jere li; yo pa kapab fè esperyans travay Bondye, epi yo pa kapab mennen yon lavi espirityèl. Ou dwe pran pawòl Bondye ak travay Li nan lavi pratik ou.

Dèfwa Bondye ba ou kèk santiman, yon santiman ki fè w pèdi lajwa enteryè ou ak prezans Bondye, jiskaske w vin plonje nan fènwa. Sa se yon tip rafinman. Nenpòt lè w ap fè yon bagay, sa toujou pase mal, oswa ou frape nan yon mi. Sa se disiplin Bondye. Dèfwa, lè w dezobeyi Bondye epi rebèl ak Li, pyès moun pa konn sa—men Bondye konnen. Li pa p kite w ale, L ap ba ou disiplin. Travay Sentespri a trè detaye. Li obsève anpil tout pawòl ak aksyon moun, chak aksyon ak mouvman yo, epi chak panse ak lide moun yon fason pou moun kapab konnen bagay sa yo anndan yo. Ou fè yon bagay yon sèl fwa epi sa mal pase, epi gradyèlman w ap vin konprann travay Sentespri a. Aprè anpil tan L ap disipline w, w ap konn sa pou w fè pou w kapab rete nan volonte Bondye ak sa ki pa mache ak volonte Li. Alafen, w ap genyen vrè repons gid Sentespri a nan ou. Kèk fwa w ap rebèl epi Bondye ap blame ou anndan w. Tout sa soti nan disiplin Bondye. Si w pa pran pawòl Bondye kòm yon trezò, si w inyore travay Li, lè sa Li pa p fè okenn ka de ou. Plis ou pran pawòl Bondye oserye, se plis L ap eklere w. Kounye a, gen kèk moun nan legliz ki gen konfizyon nan lafwa yo, epi yo fè anpil bagay ki pa bon epi yo aji san disiplin, kon sa yo pa ka wè travay Sentespri a aklè nan yo. Kèk moun kite responsablite yo dèyè pou yo kapab fè lajan, kouri al fè biznis san disiplin; jan de moun sa yo nan dnaje pi rèd. Non sèlman yo pa gen travay Sentespri a nan yo kounye a, men alavni, l ap difisil pou yo vin pafè. Gen anpil moun yo pa ka wè travay Sentespri a nan yo epi yo pa ka wè disiplin Bondye non plis. Genyen ki pa klè sou volonte Bondye epi ki pa konnen travay Li. Genyen ki kapab rete fèm nan mitan rafinman, ki suiv Bondye kèlkeswa sa Li fè, epi ki pa p abandone menm nan sa k pi piti a epi ki pa kapab akonpli menm 0,1% nan sa Pyè te akonpli ak fè byen, men yo pa gen okenn valè pou Bondye itilize yo. Anpil moun konprann bagay yo rapid, yo gen vrè lanmou an pou Bondye, epi yo ka depase nivo Pyè a, epi Bondye fè travay pèfeksyon nan yo. Disiplin ak limyè ap vin jwenn moun sa yo, epi si gen yon bagay nan yo ki pa akòde ak volonte Bondye, yo kapab chase li yon sèl kou. Jan de moun sa yo se lò, ajan, ak bagay ki presye—vale yo pi wo nèt! Si Bondye malgre rive fè anpil kalite bagay epi ou toujou tankou sab ak ròch, lè sa ou san valè!

Travay Bondye nan peyi gwo dragon wouj la mèveye epi li ensondab. Li ap rann pafè yon gwoup moun epi Li elimine kèk lòt, paske gen tout kalte moun anndan legliz—genyen ki renmen laverite, epi genyen ki pa renmen l; genyen ki fè esperyans travay Bondye epi genyen ki pa fè l; genyen ki fè travay yo, epi genyen ki pa fè l; genyen ki temwaye pou Bondye epi genyen ki pa fè l—epi yon pati ladan yo pa kwayan epi yo mechan, se sèten L ap elimine yo. Si w pa konnen aklè travay Bondye, lè sa w ap vin negatif; se paske travay Bondye se yon ti ponyen moun sèlman ki kapab wè li. Nan tan sa, moun ki renmen Bondye ak moun ki pa renmen L ap parèt aklè. Moun ki renmen Bondye tout bon yo gen travay Sentespri a, pandan sila yo ki pa renmen Li, L ap revele yo travay li etap pa etap. Y ap vin tounen objè pou elimine. Y ap revele moun sa yo pandan moman konkèt la, epi yo se moun ki pa gen okenn valè pou yo vin pafè. Sila yo ki te vin pafè se Bondye ki te genyen yo nèt, epi yo kapab renmen Bondye menm jan ak Pyè. Moun yo fòse lanmou yo pa natirèl, men sèlman yon lanmou pasif epi yo fòse yo renmen Bondye. Lanmou natirèl devlope pa mwayen konpreyansyon yo jwenn nan esperyans pratik. Lanmou sa a okipe kè yon moun epi li fè yo vin renmen Bondye ak volonte yo; pawòl Bondye vin tounen fondasyon yo epi yo vin kapab soufri pou Bondye. Se sèten, moun Bondye rann pafè yo posede bagay sa yo. Si w sèlman ap tann pou yo fòse ou, lè sa ou pa p kapab temwaye pou Bondye; si Bondye sèlman atenn objektif delivrans Li pa mwayen konkèt moun, lè sa jan moun k ap sèvi yo ap mache a t ap fini travay la. Men, fòse moun se pa dènye objektif Bondye. Kon sa olye pou n rele etap sa travay konkèt (lafòs), di pito li se travay pou rann pafè ak pou elimine. Yo pa t janm rive fè konkèt moun sa yo nèt vre, epi nan wout fè konkèt yo a, L ap vin rann yon gwoup moun pafè. De (2) moso travay sa yo vin reyalize ansanm. Moun yo pa t janm derape vre sa menm pandan peryòd travay ki long, sa montre yo te atenn objektif konkèt la—sa se prèv konkèt la. Rafinman pa la pou l fè konkèt, men pou rann pafè. San rafinman, moun pa p ka vin pafè. kon sa, rafinman gen valè tout bon vre! Jodi a gen yon gwoup moun y ap rann pafè epi atenn yo. Dis (10) benediksyon ki site anvan yo, tout te la nan pou moun ki te vin pafè yo. Tout sa ki konsèman chanje imaj sou latè yo la pou sila te ki vin pafè yo. Moun Bondye pa rann pafè yo, yo pa kalifye pou resevwa pwomès Bondye.

Avan:  Pawòl Bondye A Akonpli Tout Bagay

Pwochen:  Se Sèlman lè Ou Sibi Zeprèv Douloure W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger