Transgresyon yo Ap Mennen Lòm nan Lanfè
Mwen te bannou anpil avètisman e mwen te rakonte nou anpil verite ki te la pou konvenk nou. Jodi a, nou santi nou pi byen pase jan nou te ye anvan, nou konprann anpil prensip sou fason yon moun ta dwe ye, epi nou vin gen bon sans moun ki fidèl yo dwe genyen. Tout sa se rezilta grenn nou te simen pandan plizyè lane. Mwen pa meprize akonplisman nou yo, men onètman fòk mwen di nou tou mwen pa bliye anpil dezobeyisans ak rebelyon nou te konn fè kont Mwen pandan tout ane sa yo paske pa gen pyès moun nan mitan nou ki sen. Nou tout nèt, san ekspsyon, se moun Satan te fin konwonpi; nou se énmi Kris la. Jouk jodi a, transgresyon ak dezobeyisans nou yo te twòp pou moun te konte, kidonk sa pa etranj pou mwen oblije toutan ap raple nou kiyès mwen ye. Mwen pa t swete viv avèk nou nan fason sa, men pou m pwoteje lavi nou ak destinasyon nou, mwen pra l repete kounye a ankò sa m te deja di. Mwen swete nou va fè M favè e anplis, n ap anmezi kwè chak grenn pawòl Mwen yo epi konprann pwofondè yo. Pa mete dout sou sa mwen di yo, ankò mwens pou nou ta konsidere pawòl Mwen yo jan nou swete oswa voye yo jete lè lide nou di nou; bagay sa entolerab pou mwen. Pa jije pawòl mwen yo, ankò mwens pou nou pran yo ak lejète oswa di Mwen toujou ap tante nou, oubyen sa k ta pi grav, pou nou ta konprann sa Mwen te di nou yo pa bon. Bagay sa yo tou, mwen twouve yo entolerab. Paske nou gen sispisyon sou mwen ak sou sa Mwen di, pandan nou pa janm bay pawòl Mwen yo valè epi nou inyore Mwen, sa Mwen ap di nou la a, Mwen serye anpil sou li: Piga nou asosye sa mwen di ak filozofi; piga nou asosye pawòl Mwen yo ak pawòl chalatan. Ankò mwens pou nou ta reponn pawòl mwen yo ak mepri. Petèt pyès moun demen p ap kapab di nou sa Mwen di nou yo, oubyen pale avèk nou ak menm lanmou sa, oubyen ankò konseye nou sou sijè sa yo avèk menm pasyans sa. Nou ap pase jou sa yo ap sonje bon moman yo, oubyen ap kriye byen fò, oubyen soufri ak doulè, oubyen n ap viv anpil nwit byen fè nwa san yon ti kras limyè verite oubyen lavi, oubyen n ap chita ap tann san zespwa, oubyen n ap viv yon gwo regrè si tèlman amè, n ap pèdi tèt nou. Jan nou wè l la, pèsonn pami nou pa ka echape ak bagay sa yo. Paske pa gen youn nan mitan nou ki chita nan yon pozisyon kote n ap adore Bondye tout bon vre, men nou plonje tout nou menm nan mond debòch ak mechanste a, pandan n ap melanje kwayans nou lespri nou, nanm nou, e kò nou ak anpil bagay ki pa gen anyen pou wè ak lavi e laverite epi ki kont yo an reyalite. Sa Mwen swete pou nou, se pou nou ka rive sou chemen limyè a. Sèl espwa Mwen se pou nou vin kapab pran responsablite tèt nou, pran swen tèt nou epi pou nou pa mete tout enpòtans sa sou destinasyon nou pandan n ap gade konpòtman ak transgresyon nou yo avèk neglijans.
Depi lontan, tout moun yo ki kwè nan Bondye espere genyen yon bon destinasyon sensèman epi tout moun ki kwè nan Bondye yo ap espere gen richès san yo pa atann. Yo tout espere anvan menm yo konnen sa, yo pral chita anpè nan yon bèl plas oswa nan yon lòt plas nan syèl la. Men mwen di moun sa yo, pandan yo gen bèl panse sa yo, yo pa menm konnen si yo kalifye pou resevwa yon richès konsa ki soti nan syèl la oubyen menm chita sou yon chèz la. Nou menm, nan moman n ap pale la, nou konnen tèt nou trè byen, men nou espere pa viktim anba katastwòf ki gen pou rive nan dènye jou yo, ni anba men Bondye Toupisan an lè l ap pini mechan yo. Ta sanble fè bèl rèv ak swete bagay yo jan yo vle se yon karakteristik ki lakay tout moun yo Satan kowonpi, se pa yon bagay yon moun senp ka reyalize. Menm la ankò, mwen swete mete fren nan dezi estravagan nou yo, ni tou ak anvi pou nou resevwa benediksyon nou yo. Le nou konsidere transgresyon nou yo ki anpil epi nou pa sispann fè rebelyon, kounya kòman nou fè ap enskri bagay sa yo nan pwojè pou lavi nou? Si ou vle kontinye jan ou renmen l lan, pandan w ap rete nan erè a san anyen pa kenbe w, epitou ou vle pou rèv ou yo reyalize, alòs mwen envite ou kontinye dòmi nan betiz ou san ou pa janm reveye, paske rèv ou a vid epi nan prezans Bondye ki jis la, Li pa p fè eksepsyon pou nou. Si ou ta vle pou rèv ou yo reyalize, enben pinga ou janm reve olye sa, pito nou kanpe devan verite a ak reyalite yo. Sa se sèl fason pou nou sove. Ki etap konkrè ki gen nan metòd sa?
Premyeman, gade tout transgresyon nou yo, epi egzamine nenpòt konpòtman ak panse ou genyen ki pa konfòm ak verite a.
Se yon bagay ou ka fè byen fasil e mwen kwè tout moun ki entèlijan kapab fè sa. Men moun yo ki pa janm konn sa yo rele peche ak verite a yo se eksepsyon, paske sou yon plan fondamantal, moun sa yo pa entèlijan. M ap pale ak moun Bondye sonde, moun ki onèt, ki pa vyole prensip administratif yo epi ki kapab rekonèt transgresyon yo byen fasil. Menm si sa se yon bagay mwen mande nou, e nou dwe ka fè byen fasil, se pa sèl bagay sa mwen mande nou. Antouka, mwen swete nou p ap al kache pou nou ri sou ekzijans sa, epi nou p ap wè li twò wo nivo oubyen pran li avèk lejète. Nou dwe pran li byen serye epi pa voye l jete.
Dezyèmman, transgresyon ak dezobeyisans ou yo, ou dwe chache yon verite ki mache ak yo, epi itilize verite sa yo pou w rezoud pwoblèm sa yo. Apre sa, ou ranplase zak transgresif, panse epi zak dezobeyisans yo ak aksyon ou yo pa pratik verite a.
Twazyèmman, ou dwe yon moun onèt, pa yon malen e ki toutan ap twonpe. (La a, M ap mande nou ankò pou nou se yon moun ki onèt.)
Si ou ka akonpli twa bagay sa yo, kidonk ou se youn nan moun byenere yo—yon moun rèv li reyalize e ki benefisye benediksyon. Petèt nou pral konsidere twa egzijans ki pa twò konvenkan sa yo avèk enpòtans, oubyen nou pral konsidere yo yon fason ki vag. Nenpòt jan sa ta ye, objektif mwen se reyalize rèv nou yo epi mete lide nou yo an pratik, se pa pase sou nou oubyen pase nou nan betiz.
Egzijans Mwen yo ka petèt fasil, men sa Mwen di nou yo pa fasil pase sa tankou en plis en egal de. Si tout sa w fè se pale sou sa ak lejète, oubyen pale san bezwen sou yon bann deklarasyon san sans, kidonk plan ak rèv nou yo p ap janm rive lwen. Mwen p ap gen okenn pitye pou sila yo nan mitan nou ki soufri pandan tout ane sa yo e ki travay si tèlman di, poutan ki pa tire anyen nan sa. Okontrè M pral pini sila yo ki pa satisfè egzijans Mwen yo, yo p ap gen rekonpans, e ankò mwens konpasyon. Nou imanjine apre tout ane nou t ap viv yo, nou t ap travay tèlman di, san kondisyon, epi pou nou ta resevwa yon plat diri lakay Bondye a jis paske nou t ap rann sèvis. M ta di pifò nan nou reflechi konsa, paske nou toujou ap chache konnen kòman pou n jwenn avantaj sou bagay yo pou yo pa eksplwate nou. Konsa, dezòme M ap di nou sa, sensèman: M pa bezwen konnen si w fè yon travay valab, si w gen gwo kalifikasyon, si w ap mache deyè m, si w se yon notwa, oubyen si w te chanje konpòtman; toutotan ou pa satisfè egzijans Mwen yo, ou p ap janm jwenn favè Mwen yo. Kite tout lide ak analiz nou yo rapidman, epi kòmanse pran egzijans Mwen oserye; si se pa sa, M ap fè tout moun tounen sann dife pou M sispann travay Mwen, oubyen sa ki pi grav ankò, M ap efase tout ane soufrans travay Mwen yo, paske M paka mennen énmi Mwen yo ak moun sa yo ki gen sant mechanste epi ki tou sanble ak Satan anndan wayòm Mwen an oubyen fè yo antre nan lòt mond lan.
Mwen gen anpil espwa, Mwen gen espwa n ap kapab konpòte nou yon fason jis epi responsab, n ap akonpli devwa nou fidèlman, n ap posede verite a epi eta moun nan, n ap yon bann moun k ap kapab abandone tout sa yo genyen e menm lavi yo pou Bondye, menm plis ankò. Tout espwa sa yo soti nan fablès nou yo, nan koripsyon ak dezobeyisans nou yo. Si pyès nan diskisyon M te gen avèk nou yo pa t sifi pou te kenbe atansyon nou, kidonk li posib pou tout sa M ka fè kounya pa vle di anyen. Antouka, nou konnen konsekans sa yo ka bay. M pa janm pran repo, kidonk, si M pa pale, M ap fè yon bagay pou moun yo wè. M te ka fè Lang yon moun pouri anndan bouch li, oubyen touye yon moun rache tout manb li yo, oubyen fè moun yo vin fou epi fè yo parèt lèd nan tout sans. M te ka fè tout moun yo viv ak touman Mwen te prepare espesyalman pou yo. Konsa, M t ap santi Mwen kontan, byen kontan, kontan anpil anpil. Yo te toujou konn ap di “èy pou èy, dan pou dan,” poukisa sa pa kounya a? Si nou swete kanpe kont Mwen epi jije M, M ap avili nou epi sa ap rejwi kè Mwen nèt ale. Se paske finalman, sa nou te fè a se pa laverite, e ankò mwens li pa gen anyen pou wè ak lavi, tandiske tout sa Mwen fè se laverite; tout aksyon Mwen yo mache ak prensip travay Mwen yo e ak desizyon administratif Mwen bay yo. Se poutèt sa Mwen ankouraje chak grenn nan nou pou li devlope yon seri kalite, pou li sispann fè mal epi pratike egzijans Mwen pandan li pa gen anyen l ap fè. Konsa, M ap santi kè Mwen an jwa. Si nou te dwe kontribye (oubyen fè don) nan laverite a menmsi se ta yon ti pwèlyèm efò nou mete nan lachè a, kidonk Mwen di ou pa t ap komèt transgresyon souvan epi ou t ap avili. Se pa yon reyalite?
Plis ou komèt transgresyon, se mwens w ap gen chans gen yon bon destinasyon. Nan lòt sans lan, mwens ou komèt transgresyon, se plis ou gen posiblite pou Bondye rekonpanse w. Si transgresyon w yo ogmante nan yon nivo li enposib pou M padone w, kidonk ou gaspiye posiblite ki te genyen pou w jwenn padon. Konsa, destinasyon ou p ap anwo, men anba. Si w pa kwè Mwen, kidonk fè tèt di, fè sa ki mal, epi tann rekonpans ou. Si w se yon moun serye ki ap pratike laverite, kidonk w ap san dout gen posiblite jwenn padon pou transgresyon w yo, epi tanzantan w ap dezobeyi mwens. Si w se yon moun ki pa pre pou pratike verite a, konsa transgresyon w yo devan Bondye ap ogmante san dout pil sou pil epi tanzantan ou pral dezobeyi pi souvan jiskaske w rive nan dènye bout la, moman kote w pral disparèt totalman an. Konsa, bèl rèv ou yo pou w te resevwa benediksyon yo pral detwi. Pa konsidere transgresyon nou yo tankou senp erè yon moun ki pa gen eksperyans oubyen yon inyoran; pa itilize eskiz tankou rezon ki lakoz ou pa pratike verite a paske eta w te ye pa rann sa posib. Anplis, pa konsidere sèlman transgresyon w te komèt yo tankou aksyon yon moun ki pa t konnen sa ki te pi bon. Si w bon nan padone tèt ou epi trete tèt nou ak tolerans, kidonk Mwen di ou se yon moun lach ki p ap janm jwenn verite a, epi transgresyon w yo p ap janm sispan pèsekite w; l ap anpeche w satisfè egzijans verite a, epi l ap fè w toujou rete yon zanmi fidèl Satan. Konsèy Mwen se toujou sa: Pa sèlman konsantre w sou destinasyon w pandan ou neglije transgresyon kache w yo; pran transgresyon yo oserye, epi pa neglije youn nan yo nan fè sansiblite pou destinasyon w.