Lè Fey Ki Tonbe Yo Retounen Nan Rasin Yo, Nou Pral Regret Tout Mal Nou Te Fè
Nou tout wè avèk pwòp je nou travay Mwen akonpli nan mitan nou, nou menm nou tande pawòl mwen pale, e nou tout konnen atitid mwen anvè nou, konsa nou ta dwe konnen poukisa M ap fè travay sa nan nou. M ap di nou ak tout onètete, nou pa lòt bagay ke zouti pou travay konkèt mwen an nan dènye jou yo, enstriman pou agrandi travay mwen nan mitan nasyon payen yo. M ap pale atravè enjistis, salte, rezistans ak rebelyon nou pou M kapab fè travay Mwen avanse pi byen e fè konnen non Mwen nan mitan nasyon payen yo, sa vle di, fè konnen Li pami tout nasyon yo ki pa nan Izrayèl. Se konsa pou non Mwen, aksyon Mwen ak vwa Mwen kapab simaye nan tout nasyon payen yo, e konsa tout nasyon sa yo ki pa sòti nan Izrayèl, Mwen kapab konkeri yo e yo kapab adore-M, pou yo tounen Tè sent Mwen ki pa nan tè Izrayèl ak Lejip. Agrandi travay Mwen se anreyalite agrandi travay konkèt Mwen ak agrandi Tè Sent Mwen; se agrandi plasman pye Mwen sou tè a. Nou dwe klè ke nou se senpleman kreyati pami nasyon payen yo ke M ap konkeri. Nan kòmansman, ou pa t gen ni estati ni okenn valè pou yo itilize w, ou pa t itil anyen ditou. Se selman paske Mwen leve vè yo sòti nan bann fatra yo pou tounen echantiyon nan konkèt Mwen nan tout tè a, pou nou se sèl “materyèl referans” nan konkèt Mwen nan tout tè a, ke nou te gen ase chans pou vi n an kontak avè M, e vi n sanble bò kote M kounye a. Se akòz estati ba nivo nou a ke mwen chwazi nou pou tounen echantiyon ak modèl nan travay konkèt Mwen an. Se selman pou rezon sa ke M ap travay ak pale nan mitan nou, e ke M ap viv ak pase tan avè n. Ou dwe konnen ke se selman akòz jan M regle sa e akòz jan M gen yon degou ekstrèm pou vè yo nan pil fatra yo ke M ap pale nan mitan nou—li rive nan pwen kote mwen fache. Travay mwen nan mitan nou pa menm jan ditou ak travay Jewova nan Izrayèl, e, an patikilye, li pa menm bagay ak travay Jezi te fè nan peyi Jide a. Se avèk gro tolerans ke M ap pale ak travay, e se avèk kòlè osi byen ak jijman ke M ap konkeri dejenere sa yo. Sa pa gen anyen pou l wè ak Jewova kap kondwi pèp Li an Iszayèl. Travay Li an Izrayèl se te bay manje ak dlo lavi, e Li te plen ak konpasyon ak lanmou pou pèp Li a pandan L ap bali sa li gen bezwen. Travay jodia ap fèt nan mitan yon nasyon moun ki modi ki pa sa yo chwazi. Pa gen anpil manje, ni manje dlo lavi ki pase swaf, e ankò mwens yon rezèv byen materyèl an kantite; gen selman yon provizyon jijman, madichon ak chatiman an kantite. Vè sa yo k ap viv nan pil fatra yo pa merite ditou pou rive nan montay yo—ki plen ak bèf ak mouton, gwo richès la ak timoun ki pi bèl yo nan tout peyi a, menm jan M te bay Izrayèl la. Izrayèl jounen jodia ofri sou lotèl bèt ak mouton ak bagay lò ak ajan ke Mwen nouri pèp li a avèk yo, sa ki depase dizyèm Jewova mande a dapre lalwa, e konsa Mwen ba yo plis ankò—plis pase san fwa sa pou Izrayèl ta dwe jwen anba lalwa. Sa M ap nouri Izrayèl la depase tout sa Abraham te jwen ak tout sa Isaac te jwen. M ap fè fanmiy Izrayèl pote fwi ak miltiplye, e M ap fè pèp Izrayèl Mwen an gaye sou tout tè a. Sa Mwen beni e M ap pran swen yo se toujou pèp chwazi Izrayèl la, sa vle di moun ki konsakre M tout bagay e ki jwen tout bagay nan Men m. Se paske yo kenbe Mwen nan lespri yo ke yo sakrifye ti towo bèf ak ti mouton ki fenk fèt sou lotèl Sent Mwen e ofri tout sa yo genyen devan Mwen, jis nan pwen pou ofri premye pitit gason yo an atandan Mwen retounen. E nou menm? Nou eksite kòlè Mwen, mande Mwen ak vòlè sakrifis moun yo k ap ofri M bagay e nou pa konnen ke nou ofanse Mwen; konsa, tout sa nou jwen, se kriye ak pinisyon nan fènwa. Nou provoke kòlè Mwen plizye fwa, e Mwen fè tonbe tankou lapli dife boule jiskaske yon bon valè moun fini trajik e kay ki nan kè kontan yo te vi n tounen tonb nan dezolasyon. Tout sa Mwen genyen pou vè sa yo, se kòlè san fen, e Mwen pa gen entansyon beni yo. Se selman pou travay Mwen ke Mwen fè yon eksepsyon e Mwen leve nou ak sipòte gwo imilyasyon e travay nan mitan nou. San volonte Papa m kijan pou M ta fè viv nan menm kay avèk vè yo k ap woule nan bann fatra sa? Mwen santi yon degou ekstrèm pou tout aksyon ak pawòl nou yo, e de tout fason, paske Mwen genyen kèk enterè nan salte ak rebelyon nou yo, sa vi n tounen yon gwo koleksyon pawòl Mwen yo. Otreman Mwen absoliman pa t ap rete si lontan pami nou. Poutèt sa nou dwe konnen ke atitid Mwen anvè nou se selman yon atitid senpati ak pitye; Mwen pa menm genyen yon sèl gout lanmou pou nou. Sa M genyen pou nou se senpleman tolerans, paske Mwen selman fè sa pou travay Mwen. E nou wè zèv Mwen yo selman paske Mwen chwazi salte ak rebelyon kòm “matyè premyè”; otreman Mwen absoliman pa t ap revele zèv Mwen bay vè sa yo. Mwen travay nan nou selman ak retisans, pa ditou tankou jan M te dispoze ak genyen volonte lè M t ap fè travay Mwen nan Iszrayèl. Mwen pote kòlè Mwen pandan M ap fòse tèt Mwen pale nan mitan nou. Si se pat pou pi gran travay Mwen, kòman M ta ka tolere ap gade toutan vè sa yo? Si se p at pou Non Mwen, Mwen t ap depi lontan monte nan wotè ki pi wo yo e konpletman boule an sann vè sa yo avèk bann fatra yo a! Si se pat pou glwa Mwen, kòman M ta ka fè pèmèt demon mechan sa yo lite avè M klè konsa avèk tèt yo ap bouje devan je Mwen? Si se pat pou travay Mwen fèt dous san okenn ti anpèchman, kòman M ta ka fè pèmèt a moun sa yo ki sanble vè sèvi avè M san rezon? Si yon santèn moun nan yon vilaj nan Izrayèl leve pou kenbe tèt avè Mwen konsa, menm si yo te fè sakrifis pou Mwen, Mwen t ap toujou efase yo e jete yo nan fant tè a pou anpeche moun nan lòt vil janm fè rebèl ankò. Mwen se yon dife ki boule tout bagay e Mwen pa tolere peche. Paske lezòm yo tout se Mwen ki kreye yo, kelkeswa sa Mwen di ak fè, yo dwe obeyi, e yo pa dwe pwoteste. Moun pa gen dwa mele nan travay Mwen, e ankò mwen yo pa kalifye pou analize sa ki byen ou mal nan travay Mwen e nan pawòl Mwen. Mwen se Seyè kreyasyon an, e bagay ki kreye yo dwe akonpli tout sa Mwen mande avèk yon kè obeyisan pou Mwen; yo pa dwe eseye rezone avè M, e espesyalman yo pa dwe kenbe tèt. Avèk otorite Mwen M ap gouvène pep Mwen, e tout sa ki fè pati kreyasyon Mwen dwe soumèt bay otorite Mwen. Malgre jodia nou gwo ak plen ògèy devan Mwen, Malgre nou dezobeyi pawòl M ap sèvi pou M anseye nou e pa pè anyen, Mwen selman reponn a rebelyon nou an ak tolerans; Mwen pap pèdi sanfwa Mwen e kontrarye travay Mwen paske ti vè san enpòtans ap brase pousyè nan pil fatra. Mwen tolere egistans san rete tout bagay ke Mwen deteste ak tout bagay ke Mwen rayi akòz volonte Papa M, e M ap fè konsa jiskaske deklarasyon Mwen yo Konplè, jiska dènye moman Mwen nèt. Pa enkyete! Mwen pa ka desann nan menm nivo ak yon vè san non, e Mwen p ap konpare degre konpetans Mwen avèk nou. Mwen deteste nou men Mwen kapab sipòte. Nou dezobeyi Mwen, men nou pa kapab chape anba jou M ap gen pou M pini nou ke Papa M te pwomèt Mwen an. Eske yon vè ki kreye kapab konpare avèk Seyè kreyasyon an? Nan tan otòn, fèy ki tonbe retounen nan rasin yo; N ap retounen nan kay “Papa” nou, e M ap retounen bò kote Papa m. M ap gen avè M dous afeksyon Li, e se pilonnen Papa nou k ap swiv nou. M ap gen glwa Papa M, e n ap gen lawont pa nou yo. M ap sèvi ak chatiman ke M kenbe lontan pou M akonpaye nou, e n ap jwen chatiman Mwen nan lachè santi nou an ki kowonpi depi dè dizèn milye ane. Ma va fini travay pawòl Mwen an nan nou, akonpaye ak tolerans, e nou pral kòmanse ranpli wòl soufri dezas pawòl Mwen yo. Mwen pral rejwi anpil e travay nan Izrayèl; nou pral kriye ak manje dan, viv ak mouri nan labou. Mwen pral reprann fòm Mwen tankou nan kòmansman e Mwen p ap rete ankò nan salte avèk nou, pandan ke nou pral retounen lèd tankou nan kòmansman e kontinye antre nan pil fatra. Lè travay ak pawòl Mwen yo fini, se va yon jou kontantman pou Mwen. Lè rezistans ak rebelyon nou fini, se va yon jou kriye pou nou. Mwen p ap gen lapenn pou nou e nou p ap janm wè M ankò. Mwen p ap pale avèk nou ankò, e nou p ap janm rankontre Mwen ankò. M ap rayi rebelyon nou an, e n ap regret bonte Mwen. M ap frape nou e n ap kriye pou Mwen. M ap kontan kite nou e n ap vi n rann nou kont dèt nou gen pou Mwen. Mwen pap janm wè nou ankò men n ap toujou espere Mwen. M ap rayi nou paske kounyea la n ap kenbe tèt avè M, e n ap regret Mwen paske kounyea la M ap pini nou. Mwen p ap vle viv bò kote nou men n ap ak kè sere swaf sa e kriye nan etènite a, paske n ap regret tout sa nou te fè Mwen. N ap santi remò pou rebelyon ak rezistans nou, n ap menm kouche fas anba atè ak regrè e tonbe devan Mwen e sèmante pou pa janm dezobeyi Mwen ankò. Nan kè nou poutan n ap selman renmen Mwen, menm si nou pap janm kapab tande vwa M ankò. M ap fè nou wont tèt nou.
Kounye a M ap gade lachè fèb nou an ki te ka deranje M, e mwen selman genyen yon ti avètisman pou nou, menm si Mwen p ap ba nou chatiman. Nou ta dwe konnen ki wòl nap jwe nan travay Mwen, e lè sa M ap satisfè. Nan lòt bagay, si nou kenbe tèt avè M ou depanse lajan Mwen, ou manje sakrifis yo pou Mwen, Jewova, ou si nou menm vè ap mòde youn ak lòt, ou si ou menm kreyati ki sanble chen nan konfli ou vyole youn ak lòt—Mwen pa gen a wè anyen nan sa. Ou selman bezwen konnen ki kalite bagay ou ye, e M ap satisfè. Apa tout bagay sa yo, si nou vle rale zam sou youn ak lòt ou batay youn ak lòt avèk pawòl, se byen; Mwen pa gen okenn anvi mele nan bagay konsa, e Mwen pa pou anyen enplike nan zafè moun. Se pa paske konfli ant nou pa enterese M; se ke Mwen pa youn nan nou e poutèt sa Mwen pa patisipe nan zafè ki genyen ant nou. Mwen menm pa yon kreyati e Mwen pa fè pati mond sa, konsa Mwen deteste lavi mouvmante moun yo ak dezòd la, relasyon pa kòrèk ant yo. Mwen patikilyeman deteste foul kap fè bwi. Poutan, Mwen gen yon konesans pwofon de malpwòte nan kè chak kreyati e anvan Mwen kreye nou, Mwen te gentan konnen peche ki egziste fon nan kè moun, e Mwen te konnen tout desepsyon ak malonètete nan kè moun. Poutèt sa, menm si pa gen okenn tras ditou lè moun ap fè bagay malonèt, mwen toujou konnen ke malonètete ki abite nan kè nou yo depase richès tout bagay Mwen kreye yo. Chak nan nou menm mete tèt li anlè tout lòt yo; nou mete tèt nou anlè pou nou kapab zansèt foul moun yo. Nou ekstrèman abitrè, e nou fi n dechennen nan mitan tout vè yo, nan cheche yon kote fasil e nan eseye devore vè yo ki pi piti pase nou. Nou mechan e nou gen kè di, depase menm fantom yo ki koule anba lanmè a. Nou abite nan fon fimye, n ap deranje sòti anwo rive anba vè yo jiskaske yo pèdi lapè yo, batay youn ak lòt pandan yon moman e apre nou kalme. Nou pa konnen plas nou, men nou toujou ap batay youn ak lòt nan fimye a. Kisa nou ka genyen nan batay sa? Si nou te vreman genyen reverans pou Mwen nan kè nou, kòman nou ta ka goumen youn ak lòt dèyè do Mwen? Kelkeswa jan estati ou wo, eske w pa toujou yon ti vè santi nan fimye a? Eske w ap kapab fè zèl pouse e tounen yon pijon nan syèl la? Nou menm ti vè santi n ap volè ofrann sou lotèl Mwen, Jewova; nan fè sa, eske w kapab sove repitasyon w ki fini ak echwe pou w tounen pèp chwazi Izrayèl la? nou se dè miserab sanwont! Sakrifis sa yo sou lotèl la se moun ki te ofri M yo, kòm ekspresyon santiman byenveyan sila yo ki respekte M. Yo pou kontwòl Mwen ak sèvis Mwen, konsa kijan l fè posib pou nou vòlè Mwen ti toutrèl ke moun yo ban Mwen? Nou pa pè tounen yon Judas? Nou pa pè ke tè nou an ka tounen yon jaden san? Nou bagay sanwont! Nou panse toutrèl ke moun ofri yo se pou nouri vant nou, vè! Sa M ba nou se sa Mwen kontan ak vle ba nou; sa Mwen pa ba nou se pou sèvis Mwen. Nou pa ka senpleman ap vòlè ofrann Mwen. Sila k ap travay la se Mwen, Jewova—Seyè kreyasyon an—e moun yo ofri sakrifis akòz Mwen. Nou panse se rekonpans pou tout sa n ap fè yo? Nou vreman sanwont! Pou kiyès n ap kouri? Eske se pa pou nou menm? Poukisa n ap vòlè sakrifis Mwen? Poukisa nap vòlè lajan nan sak lajan Mwen? Eske nou pa pitit gason Judas Iscariot? Sakrifis yo ban Mwen yo, Jewova, se pou pwofite prèt yo. Eske nou se prèt? Nou pèmèt nou manje sakrifis Mwen jis vant nou plen, e menm mete yo sou tab la; nou pa vo anyen! Mizerab san valè! Dife Mwen, dife Jewova, pral fè nou tounen sann!