Konsènan Apelasyon ak Idantite

Si ou swete anfòm pou Bondye itilize ou, ou dwe konnen travay Bondye a, ou dwe konnen travay Li te fè anvan (nan Nouvo ak Ansyen Testaman yo), epi, anplis, ou dwe konnen travay Li jodi a; sa ki vle di, ou dwe konnen twa etap travay Bondye yo ki te fèt pandan plis pase 6,000 ane a. Si yo mande w pou gaye bòn nouvèl la, enben ou p ap ka fè sa san ou pa konnen travay Bondye a. Yon moun kapab poze w kesyon sou sa Bondye nou an di sou Bib la, Ansyen Testaman an, e travay Jezi e pawòl tan sa. Si ou pa kapap pale de istwa ki andedan Bib la, enben ou pap konvenk yo. Nan tan sa a, Jezi te pale anpil de Ansyen Testaman an ak disip Li yo. Tout sa yo te li yo te soti nan Ansyen Testaman an; Nouvo Testaman an te ekri sèlman plizyè deseni apre Jezi te kloure sou kwa. Pou gaye levanjil la, nou ta dwe sezi prensipalman anndan verite Bib la, e travay Bondye a nan pèp Izrayèl la, ki se travay Jewova fè a, epi ou dwe konprann travay Jezi fè a tou. Sa yo se pwoblèm ki konsène tout moun, e andedan istwa 2 etap travay sa yo se sa yo pa t tande a. Lè w ap gaye levanjil la, mete dabò sou kote diskisyon sou travay Sentespri a jodi a. Etap travay sa a depase kote yo ka rive a, paske sa ou pousuiv la se sa ki pi wo nan tout la—yon konesans Bondye, ak yon konesans travay Sentespri a—e pa gen anyen ki plase pi wo pase 2 bagay sa yo. Si nou pale dabò de sa ki wo, li pral twòp pou yo, paske Sentespri a pa t fè pèsonn fè eksperyans travay sa a; li pa gen okenn presedan, epi li pa fasil pou moun aksepte. Eksperyans yo se bagay ansyen depi tan lontan yo, avèk kèk travay okazyonèl Sentespri a fè. Sa yo fè eksperyans lan se pa travay Sentespri a jodi a, oswa volonte Bondye jodi a. Yo toujou aji selon ansyen pratik yo, san okenn nouvo limyè, e san okenn bagay ki nouvo.

Nan epòk Jezi a, Sentespri a te fè travay li prensipalman nan Jezi, alòske moun ki te sèvi Jewova avèk rad prèt sou yo nan tanp lan te fè sa avèk yon lwayote san rete. Yo te gen travay Sentespri a tou, men yo pa t kapab sezi volonte prezan Bondye a, epi yo te rete fidèl senpleman ak Jewova selon ansyen pratik yo, epi yo te san gidans ki nouvo. Jezi te vini e Li te pote travay ki nouvo, poutan moun ki t ap sèvi nan tanp lan pa t gen gidans ki nouvo, ni yo pa t gen travay ki nouvo. Nan sèvis nan tanp lan, yo te kapab jis kenbe ansyen pratik yo, epi san yo pa kite tanp lan, yo pa t kapab gen yon nouvo antre senpleman. Jezi te pote nouvo travay la, epi Jezi pa t antre nan tanp lan pou fè travay Li. Li te fè travay Li deyò tanp lan sèlman, paske dimansyon travay Bondye a te chanje depi lontan. Li pa t travay nan tanp lan, epi lè moun t ap fè sèvis pou Bondye la a, yo te itilize l sèlman pou kenbe bagay yo jan yo te ye a, li pa t kapab pote okenn travay ki nouvo. Menm jan an tou, moun relijye yo jodi a toujou adore Bib la. Si ou gaye levanjil la ba yo, yo pral voye sou ou ti detay pawòl Bib la, epi yo pral jwenn anpil prèv, rann ou etoudi epi pa kapab pale; Lè sa a, yo pral mete yon etikèt sou nou epi yo pral panse nou fou nan lafwa nou. Yo pral di, “Ou pa menm konnen Bib la, pawòl Bondye a, konsa ki jan ou ka di, ou kwè nan Bondye?” Lè sa a, yo pral gade w anba anba, epi yo pral di tou, “piske moun ou kwè nan Li se Bondye, poukisa Li pa di nou tout bagay sou Ansyen ak Nouvo Testaman an? Piske Li fè laglwa Li soti nan pèp Izrayèl pou ale bò solèy leve a, poukisa Li pa konnen travay ki fèt nan pèp Izrayèl la? Poukisa Li pa konnen travay Jezi a? Si nou pa konnen, enben sa pwouve Li pa t di nou; piske Li se dezyèm enkanasyon Jezi a, ki jan Li fè pa t kapab konnen bagay sa yo? Jezi te konnen travay Jewova te fè a; ki jan li fè pa t kapab?” Lè lè a rive, yo tout pral poze w kalite kesyon sa yo. Tèt yo plen ak bagay sa yo; koman yo fè pa t kapab mande? Moun pami nou ki nan kouran sa a pa konsantre sou Bib la, paske nou te rete okouran sou travay etap pa etap Bondye fè jodi a, nou te temwen travay etap pa etap sa a ak pwòp je nou, epi nou te wè klè twa etap yo nan travay la, e konsa nou te dwe depoze Bib la epi sispann etidye li. Men, yo pa kapab pa etidye li, paske yo pa gen okenn konesans etap pa etap travay sa a. Gen kèk moun ki pral mande, “Ki diferans ki genyen ant travay Bondye enkane a ak travay pwofèt yo ak apòt nan tan pase yo? Yo te rele David Senyè a tou, e Jezi tou; byenke travay yo te fè yo te diferan, yo te rele yo menm jan. Di mwen, poukisa idantite yo pa t menm? Sa Jan te temwaye a se te yon vizyon, yonn ki te soti nan Sentespri a tou, e li te kapab di pawòl Sentespri a te vle di; poukisa idantite Jan te diferan ak idantite Jezi?” Pawòl Jezi te di yo te kapab reprezante Bondye nèt, e yo te reprezante travay Bondye nèt. Sa Jan te wè a se te yon vizyon, e li pa t kapab reprezante travay Bondye a konplètman. Poukisa Jan, Pyè ak Pòl te pale anpil pawòl, menm jan Jezi te fè sa, epoutan yo pa t gen menm idantite ak Jezi? Se paske travay yo te fè a sitou te diferan. Jezi te reprezante Lespri Bondye a e Li te Lespri Bondye a k ap travay dirèkteman. Li te fè travay nouvo epòk la, travay pèsonn pa te fè anvan. Li te louvri yon nouvo chimen, Li te reprezante Jewova, e Li te reprezante Bondye Li menm, tandiske avèk Pyè, Pòl e David, kèlkeswa jan yo te rele yo, yo te sèlman reprezante idantite yon kreyati Bondye, epi Jezi oswa Jewova te voye yo. Konsa, kèlkeswa kantite travay yo te fè, kèlkeswa jan yo te fè gwo mirak, se kreyati Bondye yo te jis toujou ye, e yo pa t kapab reprezante Lespri Bondye a. Yo te travay nan non Bondye oswa yo te travay apre Bondye te fin voye yo; anplis sa, yo te travay nan epòk Jezi oswa Jewova te kòmanse yo, e yo pa t fè okenn lòt travay. Apre tout sa, se kreyati Bondye yo te ye senpleman. Nan Ansyen Testaman an, anpil pwofèt te preche, oswa te ekri liv pwofesi. Pa gen moun ki di se Bondye yo te ye, men touswit Jezi te kòmanse travay, Lespri Bondye a te pote temwayaj sou Li kòm Bondye. Poukisa sa se konsa? Nan pwen sa a, ou ta dwe deja konnen! Anvan, apòt yo ak pwofèt yo te ekri plizyè lèt, epi yo te bay anpil pwofesi. Pita, moun yo te chwazi kèk ladan yo pou yo mete nan Bib la, epi gen kèk ki te pèdi. Piske gen moun ki di, tout bagay yo te pale yo te soti nan Sentespri a, poukisa kèk ladan konsidere kòm bon, e kèk ladan konsidere kòm move? Epi poukisa yo te chwazi kèk, e yo pa t chwazi lòt? Si yo te pawòl Sentespri a te di yo tout bon, èske li tap nesesè pou moun chwazi yo? Poukisa istwa Jezi te rakonte yo ak travay li te fè yo diferan nan chak nan kat Levanjil yo? Èske se pa fòt moun yo ki rapòte yo a? Gen kèk moun ki pral mande, “Piske lèt Pòl ak lòt otè Nouvo Testaman yo ekri yo e travay yo te fè a soti an pati nan volonte lòm, epi nosyon lòm yo te melanje yo, enben pa gen malpwòpte moun ki egziste nan pawòl Ou (Bondye) pale jodi a? Èske yo pa gen okenn nan nosyon lòm yo vreman?” Etap travay sa a Bondye fè a diferan konplètman ak sa Pòl e anpil apot yo ak pwofèt yo te fè. Pa sèlman gen yon diferans nan idantite, men, prensipalman, gen yon diferans nan travay ki fét la. Apre Pòl te frape epi li te tonbe devan Seyè a, Sentespri a te dirije l pou li travay, epi li te vin tounen yon moun yo te voye. Se poutèt sa, li te ekri lèt pou legliz yo, epi epit sa yo tout te swiv ansèyman Jezi yo. Senyè a te voye Pòl pou travay nan non Senyè Jezi a, men lè Bondye te vini Li menm, Li pa t travay nan okenn non, epi Li pa t reprezante pèsonn men Lespri Bondye nan travay Li. Bondye te vin fè travay Li dirèkteman: se pa lòm ki te rann Li pafè, e travay Li pa t chita anba ansèyman okenn moun. Nan etap travay sa a Bondye pa dirije nan pale de eksperyans pèsonèl Li, men olye sa Li fè travay Li dirèkteman, dapre sa Li genyen. Paregzanp, eprèv moun k ap fè sèvis yo, tan pinisyon an, eprèv lanmò a, tan renmen Bondye a…. Sa a se tout travay ki pa t janm fèt anvan, e se travay epòk prezan an, olye se travay eksperyans lòm. Nan pawòl mwen te pale yo, kisa ki se eksperyans lòm fè? Èske yo tout pa soti dirèkteman nan Lespri a, epi èske se pa zafè Lespri a yo ye? Se jis kapasite w tèlman pòv, ou pa kapab wè atravè verite a! Chimen pratik lavi mwen pale de li a se pou gide wout la, epi pèsonn pa t janm pale de sa anvan, ni pèsonn pa t janm fè eksperyans wout sa a, ni te konnen reyalite sa a. Anvan mwen te di pawòl sa yo, pèsonn pa t janm pale yo. Pa gen moun ki te janm pale de eksperyans sa yo, ni yo pa t janm pale detay sa yo, epi, anplis sa, pa gen moun ki te janm siyale eta gabay sa yo pou revele yo. Pa gen moun ki te janm dirije wout Mwen dirije jodi a, epi si moun te dirije l, enben li pa tap yon nouvo chimen. Pran Pòl ak Pyè, pou egzanp. Yo pa t gen pwòp eksperyans pèsonèl yo anvan Jezi te dirije chemen an. Se te sèlman apre Jezi te dirije chimen an, yo te fè eksperyans pawòl Jezi te pale yo, e chemen Li te dirije a; soti nan sa, yo te vin gen anpil eksperyans, e yo te ekri lèt yo. Epi konsa, eksperyans lòm yo pa menm ak travay Bondye a, e travay Bondye a pa tankou konesans nosyon ak eksperyans lòm yo dekri. Mwen te di, plizyè fwa, jodi a mwen ap dirije yon nouvo chimen, e Mwen ap fè nouvo travay, epi travay Mwen e pawòl Mwen yo diferan ak pa Jan e pa tout lòt pwofèt yo. Mwen pa janm gen eksperyans dabò epi lè sa a Mwen pale de yo ak nou—se pa sa ditout. Si se te sa, èske sa pa tap retade nou depi lontan? Nan tan pase, konesans anpil moun te pale de yo te plase wo tou, men tout pawòl yo te sèlman pale te chita sou sa yo rele figi espirityèl yo. Yo pa t gide chimen an, men yo te soti nan eksperyans yo, yo te soti nan sa yo te wè, ak nan konesans yo. Gen kèk ki te nan nosyon yo, ak kèk ki fèt nan eksperyans yo te rezime. Jodi a, nati travay Mwen an totalman diferan ak pa yo. Mwen pa t fè eksperyans se lòt moun ki t ap dirije Mwen, ni Mwen pa t aksepte lòt moun yo rann Mwen pafè. Anplis sa, tout sa Mwen te pale e Mwen te pataje nan relasyon, se diferan ak pa nenpòt lòt moun yo epi pèsonn lòt moun pa t janm pale l. Jodi a, kèlkeswa moun nou ye, travay nou chita sou pawòl Mwen pale yo. San pawòl ak travay sa yo, kiyès ki ta kapab fè eksperyans bagay sa yo (eprèv moun k ap fè sèvis yo, tan pinisyon an…), epi ki moun ki ta kapab pale de konesans sa a? Èske ou pa anmezi pou wè sa a vreman? Kèlkeswa etap travay la, pi vit pawòl Mwen yo pale, nou kòmanse pataje relasyon ann akò avèk pawòl Mwen yo, epi nou travay dapre yo, epi li pa yon fason pou nenpòt nan nou te panse. Lè w rive byen lwen konsa, èske ou pa kapab wè yon kesyon ki klè e ki senp konsa? Li pa yon fason pou yon moun panse, ni li pa chita sou sa ki gen nenpòt figi espirityèl. Sa se yon nouvo wout, e menm anpil nan pawòl sa yo Jezi te di yon fwa pa aplike ankò. Sa Mwen pale a se travay pou louvri yon nouvo epòk, epi li se travay ki kanpe pou kont li a; travay Mwen fè a, e pawòl Mwen pale yo, yo tout nouvo. Èske se pa nouvo travay la jodi a? Travay Jezi a te tankou travay sa a tou. Travay Li te diferan tou ak travay moun yo nan tanp lan, e konsa tou li diferan ak travay Farizyen yo, ni li pa t pote okenn resanblans ak sa tout pèp Izrayèl la te fè. Apre yo te fin temwaye Li, moun yo pa t kapab pran desizyon yo: “Èske se Bondye ki te fè sa vreman?” Jezi pa t kenbe lalwa Jewova a; lè Li te vin anseye lòm, tout sa Li te pale yo te nouvo e diferan ak sa ansyen sen yo e pwofèt Ansyen Testaman yo te di yo, e poutèt sa, moun yo te rete ensèten. Sa a se sa ki rann moun tèlman difisil pou fè fas. Anvan nou te aksepte nouvo etap travay sa a, wout majorite nan nou te mache a, se te pou pratike epi pou antre sou fondasyon sa yo ki nan figi espirityèl sa yo. Men jodi a, travay Mwen fè a diferan anpil, e konsa nou paka deside si wi ou non li bon. Mwen pa okipe sou ki chimen ou te mache anvan, ni mwen pa enterese ak ki “manje” ou te manje, oswa ki moun ou te pran kòm “papa” w. Piske Mwen vini e mwen pote nouvo travay pou gide lòm, tout moun ki swiv Mwen dwe aji ann akò avèk sa Mwen di a. Kèlkeswa jan “fanmi” ou soti nan li a pisan, ou dwe swiv Mwen, ou pa dwe aji dapre ansyen pratik ou yo, “papa adoptif” ou ta dwe demisyone, epi ou ta dwe vini devan Bondye w la pou chache pataj lejitim ou an. Tout ou menm nan men Mwen, epi ou pa ta dwe konsakre twòp kwayans avèg nan papa adoptif ou a; li pa ka kontwole ou konplètman. Travay jodi a kanpe pou kont li. Tout sa mwen di jodi a pa baze evidamman sou yon fondasyon nan tan pase; li se yon nouvo kòmansman, epi si ou di se men lòm ki kreye l, enben ou se yon moun ki tèlman avèg, li kite sove dèyè!

Ezayi, Ezekyèl, Moyiz, David, Abraram ak Danyèl se te lidè oswa pwofèt pami moun pèp Izrayèl la ki te chwazi. Poukisa yo pa te rele yo Bondye? Poukisa Sentespri a pa rann temwayaj sou yo? Poukisa Sentespri a te rann temwayaj sou Jezi depi Li te kòmanse travay Li e Li te kòmanse pale pawòl Li yo? Epi poukisa Sentespri a pa rann temwayaj sou lòt moun? Yo menm, moun lachè yo, yo te rele yo tout “Seyè.” Kèlkeswa sa yo te rele yo, travay yo reprezante sa yo ye ak esans yo, e sa yo ye ak esans yo reprezante idantite yo. Esans yo pa gen rapò ak apelasyon yo; se sa yo eksprime a ki reprezante l, ak sa yo te viv la. Nan Ansyen Testaman an, pa t gen anyen òdinè pou yo te ka rele Seyè, epi yon moun ta ka rele nan nenpòt ki fason, men esans li ak nannan idantite li pa t ka chanje. Pami fo Kris, fo pwofèt yo ak twonpè yo sa yo, èske pa gen moun yo rele “Bondye” tou? E poukisa yo pa Bondye? Paske yo pa kapab fè travay Bondye a. Nan rasin yo se moun, moun k ap twonpe moun, men yo pa Bondye, e konsa yo pa gen idantite Bondye. Eske yo pa t rele David Seyè tou pami douz branch fanmi yo? Yo te rele Jezi Senyè tou; poukisa se sèl Jezi yo te rele Bondye enkane? Èske yo pa t konnen Jeremi kòm Pitit lòm tou? Epi èske yo pa t rekonèt Jezi kòm Pitit lòm? Poukisa Jezi te kloure sou kwa sou non Bondye? Èske se pa paske esans Li te diferan? Èske se pa paske travay Li te fè a te diferan? Èske yon tit gen pwoblèm? Malgre yo te rele Jezi Pitit lòm tou, Li te premye enkanasyon Bondye a, Li te vin asime pouvwa, epi akonpli travay redanmsyon an. Sa pwouve, idantite e esans Jezi te diferan ak pa lòt moun yo te rele Pitit lòm yo tou. Jodi a, kiyès nan nou ki oze di, tout pawòl moun Sentespri a te itilize yo te pale, yo soti nan Sentespri a? Èske gen moun ki oze di bagay sa yo? Si ou di bagay sa yo, enben poukisa liv pwofesi Ezra a te abandone, e poukisa menm bagay la te rive liv ansyen sen ak ansien pwofèt yo? Si yo tout te soti nan Sentespri a, enben poukisa nou azade fè chwa kaprisye sa yo? Èske ou kalifye pou chwazi travay Sentespri a? Anpil istwa ki soti nan pèp Izrayèl la te abandone tou. Epi, si ou kwè ekri tan pase sa yo, tout te soti nan Sentespri a, enben poukisa kèk nan liv yo te abandone? Si yo tout te soti nan Sentespri a, yo ta dwe te kenbe tout, epi voye bay frè ak sè yo nan legliz yo pou yo li. Volonte moun pa ta dwe chwazi oswa jete yo; li pa bon pou yo fè sa. Lè yo di eksperyans Pòl ak Jan yo te melanje ak konesans pèsonèl yo, sa pa vle di, eksperyans yo ak konesans yo te soti nan Satan, men sèlman yo, yo te gen bagay ki te soti nan eksperyans pèsonèl yo ak konesans eksperyans yo. Konesans yo te selon kontèks vre eksperyans yo nan moman an, epi ki moun ki te kapab di avèk konfyans, tout sa te soti nan Sentespri a? Si tout Kat Levanjil yo te soti nan Sentespri a, enben poukisa Matye, Mak, Lik ak Jan chak te di yon bagay diferan sou travay Jezi a? Si nou pa kwè sa a, enben gade istwa yo nan Bib la sou ki jan Pyè te renye Seyè a twa fwa: Yo tout yo diferan, epi yo chak gen pwòp karakteristik yo. Anpil moun ki inyoran di, “Bondye enkane a se yon moun tou, konsa èske pawòl Li pale yo ka soti konplètman nan Sentespri a? Si pawòl Pòl ak Jan yo te melanje ak volonte lòm, enben èske pawòl Li pale yo pa melanje ak volonte lòm vreman?” Moun ki di bagay sa yo, yo avèg e yo inyoran! Li kat Levanjil yo avèk anpil atansyon; li sa yo te anrejistre sou bagay sa yo Jezi te fè, ak pawòl Li te pale yo. Chak rapò yo senpleman byen diferan, epi yo chak gen pwòp pèspektiv yo. Si tout sa otè liv sa yo te ekri yo te soti nan Sentespri a, enben yo tout ta dwe menm bagay la ei yy ta dwe konsistan. Enben, poukisa gen dezakò? Èske lòm pa twò fou, pou yo pa kapab wè sa? Si yo mande w pou rann temwayaj pou Bondye, ki kalite temwayaj ou kapab bay? Èske yon fason konsa ou konnen Bondye kapab rann temwayaj pou Li? Si lòt moun mande w, “Si rapò nan Jan ak Lik yo te melanje ak volonte moun, enben pawòl Bondye nou an pale yo pa melanje ak volonte lòm?” èske ou ta kapab bay yon repons klè? Aprè Lik ak Matye te tande pawòl Jezi yo, epi yo te wè travay Jezi a, yo te pale de pwòp konesans yo, nan yon fason yo sonje ki detaye kèk nan reyalite travay Jezi te fè a. Èske ou kapab di, Sentespri a te revele konesans yo konplètman? Andeyò Bib la, te gen anpil figi espirityèl ki gen yon konesans ki pi wo pase yo, ebyen poukisa jenerasyon pita a pa t pran pawòl yo? Èske Sentespri a pa t itilize yo tou? Konnen, nan travay jodi a, Mwen p ap pale de pwòp lide mwen ki baze sou fondasyon travay Jezi a, ni Mwen Mwen p ap pale de pwòp konesans Mwen kont kontèks travay Jezi a. Ki travay Jezi te fè nan moman sa a? E ki travay Mwen ap fè jodi a? Ki sa Mwen fè ak di ki pa gen okenn presedan. Wout Mwen mache jodi a pa t janm pilonnen anvan, moun epòk yo ak jenerasyon pase yo pa t janm mache sou li. Jodi a, li lanse, e èske sa se pa travay Lespri a? Menm si se te travay Sentespri a, tout lidè nan tan lontan yo te fè travay yo sou fondasyon lòt moun; sepandan, travay Bondye a Li menm diferan. Etap travay Jezi a te menm: Li te louvri yon nouvo chimen. Lè Li te vini, Li te preche levanjil wayòm syèl la, epi Li te di, lòm ta dwe repanti e konfese. Aprè Jezi te fin fè travay Li a, Pyè, Pòl ak lòt moun te kòmanse kontinye travay Jezi a. Apre yo te kloure Jezi sou kwa a epi Li te moute nan syèl la, Lespri a te voye yo al etann chimen kwa a. Menm si pawòl Pòl yo te plase wo, yo te chita tou sou fondasyon sa Jezi te di yo, tankou pasyans, lanmou, soufrans, kouvèti tèt, batèm, oswa lòt doktrin yo dwe swiv. Tout bagay sa yo te pale sou fondasyon pawòl Jezi yo. Yo pa t kapab louvri yon nouvo chimen, paske yo tout se te moun Bondye itilize.

Deklarasyon Jezi yo ak travay nan moman sa a pa t konfòme ak doktrin, epi Li pa t fè travay Li a dapre travay lalwa Ansyen Testaman an. Li te fèt dapre travay ki ta dwe fèt nan epòk Gras la. Li te travay dapre travay Li te pwodwi, selon pwòp plan pa Li, e dapre ministè Li; Li pa t travay selon lalwa Ansyen Testaman an. Pa gen anyen Li te fè selon lalwa Ansyen Testaman an, epi Li pa t vin travay pou akonpli pawòl pwofèt yo. Chak etap nan travay Bondye a pa te fèt yon fason ki byen klè pou akonpli prediksyon ansyen pwofèt yo, epi Li pa t vin soumèt li anba doktrin oswa fè espre reyalize prediksyon ansyen pwofèt yo. Men, aksyon Li yo pa t deranje prediksyon ansyen pwofèt yo, ni yo pa t deranje travay Li te deja fè a. Pwen enpòtan nan travay Li a pa t respekte okenn doktrin, epi pito pou fè travay Li menm Li ta dwe fè a. Li pa t yon pwofèt ni yon vwayan, men yon moun ki konn fè, ki te vin fè travay la Li te sipoze fè a vreman, epi Li te vin lanse nouvo epòk Li a e fè nouvo travay Li a. Natirèlman, lè Jezi te vin fè travay Li a, Li te tou akonpli anpil nan pawòl ansyen pwofèt yo te di nan Ansyen Testaman an. Konsa tou, travay jodi a rakonpli pwediksyon ansyen pwofèt nan Ansyen Testaman yo. Se jis, Mwen pa kenbe “ansyen almanak jòn,” sa a, se fini. Paske gen plis travay Mwen dwe fè, gen plis pawòl Mwen dwe pale avèk nou, e travay sa a ak pawòl sa yo gen plis enpòtans lontan pase eksplike pasaj nan Bib la, paske travay tankou sa pa gen okenn gwo enpòtans oswa valè pou nou, epi yo pa kapab ede nou, oswa chanje nou. Mwen gen entansyon fè nouvo travay se pa pou akonpli yon pasaj nan Bib la. Si Bondye te vin sou latè sèlman pou akonpli pawòl ansyen pwofèt yo nan Bib la, enben kiyès ki pi gran, Bondye enkane a oswa ansyen pwofèt sa yo? Dayè, èske se pwofèt yo ki responsab Bondye, oubyen èske se Bondye ki responsab pwofèt yo? Ki jan ou eksplike pawòl sa yo?

Nan kòmansman an, lè Jezi potko akonpli ofisyèlman ministè Li, tankou disip ki te swiv Li yo, pafwa Li te asiste reyinyon yo tou, e Li te chante kantik, Li te fè lwanj, Li te li Ansyen Testaman an nan tanp lan Apre Li te batize epi leve, Lespri a te desann ofisyèlman sou Li epi Li te kòmanse travay, nan revele idantite Li e ministè Li te dwe antreprann. Anvan sa, pèsonn pa t konnen idantite Li, e apa Mari, menm Jan pa t konnen. Jezi te gen 29 an lè Li te batize. Aprè batèm Li te fini, syèl la te louvri, epi yon vwa te di: “Sa se Pitit gason Mwen renmen anpil la, moun ki fè kè M kontan anpil la.” Yon fwa Jezi te fin batize, Sentespri a te kòmanse rann temwayaj sou Li nan fason sa a. Anvan Li te batize nan laj 29 an, Li te viv lavi yon moun nòmal, Li te manje lè Li te sipoze manje, dòmi ak abiye nòmalman, e pa gen anyen sou Li ki te diferan ak lòt moun, menm si natirèlman, sa a se te pou je lachè moun sèlman. Pafwa Li te fèb tou, epi pafwa Li pa t kapab disène bagay yo tou, menm jan sa ekri nan Bib la: entèlijans Li te grandi ansanm ak laj Li. Pawòl sa yo montre senpleman Li te gen yon eta moun ki òdinè e ki nòmal, ke Li pa t sitou diferan ak lòt moun nòmal yo. Li te grandi tou kòm yon moun nòmal, e pa t gen anyen espesyal sou Li. Poutan Li te anba swen ak pwoteksyon Bondye. Aprè Li te batize, Li te kòmanse tante, apre sa Li te kòmanse akonpli ministè Li epi travay, e Li te posede pouvwa, sajès ak otorite. Sa pa vle di, Sentespri a pa t travay nan Li anvan batèm Li, oswa Li pa t andedan Li. Anvan batèm Li Sentespri a te abite anndan Li tou, men Li pa t kòmanse travay ofisyèlman, paske gen limit nan lè Bondye fè travay Li e, anplis, moun nòmal yo gen yon pwosesis nòmal pou yo grandi. Sentespri a te toujou abite nan Li. Lè Jezi te fèt, Li te diferan ak lòt moun yo, e yon zetwal maten te parèt; anvan nesans Li, yon zanj te parèt sou Jozèf nan yon rèv epi Li te di li, Mari dwe akouche yon pitit gason, e se Sentespri a ki te mete li nan vant Mari. Aprè Jezi te batize, Sentespri a te kòmanse travay Li, men sa pa t vle di, Sentespri a te jis desann sou Jezi sèlman. Lè Li di, Sentespri a te desann tankou yon ti pijon sou Li se nan referans a kòmansman ofisyèl ministè Li. Lespri Bondye a te nan Li anvan, men Li potko kòmanse travay, paske tan an pa t rive, epi Lespri a pa t kòmanse travay san pran souf. Lespri a te rann temwayaj sou Li atravè batèm. Lè Li te leve soti nan dlo a, Lespri Bondye a te kòmanse travay ofisyèlman nan Li, sa ki te vle di, kò enkane Bondye a te kòmanse akonpli ministè Li, e Li te kòmanse travay redanmsyon an, sa vle di, Epòk Gras la te kòmanse ofisyèlman. Epi konsa, gen yon tan pou travay Bondye a, kèlkeswa travay Li ap fè a. Apre batèm Li, pa te gen okenn chanjman patikilye nan Jezi; Li te toujou nan kò orijinal Li a. Li jis te kòmanse travay Li ak revele idantite Li, e Li te plen otorite ak pouvwa. Nan sans sa a, Li pa t menm jan ak anvan. Idantite Li te diferan, sa ki vle di, te gen yon chanjman enpòtan nan pozisyon Li kòm moun; se te temwayaj Sentespri a epi se pa t travay lòm te fè. Nan kòmansman an, moun yo pa t konnen, epi yo te vin konnen sèlman yon ti kras yon fwa Sentespri a te rann temwayaj sou Jezi nan yon fason konsa. Si Jezi te fè yon gwo travay anvan Sentespri a te pote temwayaj sou Li, men san temwayaj Bondye Li menm, enben kèlkeswa jan travay li a gwo, lòm pa tap janm konnen idantite Li, paske je lòm nan pa tap kapab wè sa. San etap temwayaj Sentespri a, pèsonn pa tap kapab rekonèt Li kòm Bondye ki enkane a. Si, apre Sentespri a te rann temwayaj sou Li, Jezi te kontinye travay nan menm fason an, san okenn diferans, enben li pa tap gen efè sa a, epi nan sa a, travay Sentespri a sitou byen demontre tou. Aprè Sentespri a te rann temwayaj, Sentespri a te dwe montre tèt Li, yon fason pou ou te kapab wè aklè, se Bondye Li te ye, yon fason pou ou te kapab wè aklè, te gen Lespri Bondye a nan Li; Temwayaj Bondye a pa t move, e sa te kapab pwouve, temwayaj Li te kòrèk. Si travay Li anvan ak apre temwayaj Sentespri a te menm, lè sa a yo pa tap mete aksan sou ministè enkane Li a ak travay Sentespri a, e konsa lòm pa tap kapab rekonèt travay Sentespri a, paske pa tap gen okenn diferans ki klè. Apre Li fin rann temwayaj, Sentespri a te dwe konfime temwayaj sa a, e konsa Li te manifeste sajès Li ak otorite Li nan Jezi, sa ki te diferan nan tan pase yo. Natirèlman, sa se pa t efè batèm nan—batèm nan se senpleman yon seremoni—jis batèm nan se fason pou montre lè a te rive pou Li fè ministè Li. Travay sa a se te pou rann gwo pouvwa Bondye a klè, pou rann temwayaj Sentespri a klè, epi Sentespri a t ap pran responsablite temwayaj sa a jouk nan fen an. Anvan Li te fè ministè Li, Jezi te koute prèch tou, Li te preche e Li te gaye levanjil la nan divès kote. Li pa t fè okenn gwo travay paske lè a potko rive pou Li fè ministè Li, epi tou paske Bondye Li menm te kache avèk imilite nan kò a, epi Li pa t fè okenn travay jouk lè a te mi. Li pa t travay anvan batèm nan pou 2 rezon: Youn, paske Sentespri a pa t desann ofisyèlman sou Li pou travay (sa ki vle di, Sentespri a pa t bay Jezi pouvwa ak otorite pou fè travay sa a), e menm si Li te konnen pwòp idantite Li, Jezi pa t ap kapab fè travay Li te gen entansyon fè pita a, e li pa t ap oblije rete tann jouk jou batèm Li an. Se te tan Bondye a, e pa gen moun ki te kapab vyole l, menm Jezi Li menm; Jezi Li menm pa t kapab entèwonp pwòp travay Li. Natirèlman, sa a se te imilite Bondye a, epi tou lwa travay Bondye a; si Lespri Bondye a pa t travay, pesonn pa ta kapab fè travay Li. Dezyèmman, anvan Li te batize, Li te jis yon nonm trè komen e òdinè, e Li pa t diferan ak lòt moun nòmal e òdinè yo; sa a se yon aspè nan ki jan Bondye enkane a pa t sinatirèl. Bondye emkane a pa t kontredi aranjman Lespri Bondye yo; Li te travay nan lòd epi Li te travay yon fason ki trè nòmal. Se te jis apre batèm nan, travay Li te gen otorite ak pouvwa. Sa ki vle di, menm si Li te Bondye enkane a, Li pa t fè okenn zak sinatirèl, epi Li te grandi nan menm fason ak lòt moun nòmal yo. Si Jezi te deja konnen pwòp idantite Li, si Li te fè gwo travay toupatou nan peyi a anvan batèm Li, e si Li te diferan ak moun nòmal yo, nan montre tèt Li ekstraòdinè, lè sa a non sèlman Li tap enposib pou Jan fè travay li, men pa tap gen tou okenn fason pou Bondye kòmanse pwochen etap travay Li. Kidonk, sa ta pwouve, sa Bondye te fè a te ale mal, epi pou lòm, li ta parèt, Lespri Bondye a ak kò enkane Bondye a pa t soti nan menm sous la. Konsa, travay Jezi a ki ekri nan Bib la se travay ki te fèt apre Li te fin batize, travay ki te fèt sou yon peryòd twa zan. Bib la pa ekri sa Li te fè anvan Li te batize paske Li pa t fè travay sa a anvan Li te batize. Li te senpleman yon nonm òdinè epi Li te reprezante yon moun òdinè; anvan Jezi te kòmanse fè ministè Li, Li pa t diferan ak moun nòmal, e lòt moun yo pa t kapab wè okenn diferans nan Li. Se sèlman apre Li te rive nan 29, Jezi te konnen Li te vin pou konplete yon etap nan travay Bondye a; anvan, menm Li menm Li pa t konnen sa, pou travay Bondye a te fè a li pa t yon travay simatirèl. Lè Li te asiste yon reyinyon nan sinagòg la nan laj douzan, Mari t ap chèche L, e Li te jis di yon fraz, menm jan ak nenpòt lòt timoun: “Manman! Èske w pa konnen Mwen dwe mete volonte Papa Mwen pi wo pase tout lòt bagay?” Natirèlman, piske se Sentespri a ki te mete Li nan vant Mari, èske Jezi te kapab pa t espesyal nan kèk fason? Men, spesyalite Li pa t vle di, Li te sinatirèl, men senpleman, Li te renmen Bondye plis pase nenpòt lòt timoun piti. Malgre Li te moun nan aparans, esans Li te toujou espesyal e diferan ak lòt moun. Men, se te sèlman apre batèm nan Li, Li te santi reyèlman Sentespri a ap travay nan Li, Li te santi Li te Bondye Li menm. Se te sèlman lè Li te rive nan laj 33 zan, Li te reyalize vrèman, Sentespri a te vle reyalize travay Krisifiksyon an atravè Li. Nan laj 32 zan, Li te vin konnen anndan kèk verite, jis menm jan sa ekri nan Levanjil Matye a: “Epi Simon Pyè reponn epi li di: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an. … Depi lè sa a, Jezi te koumanse montre disip Li yo jan Li dwe ale Jerizalèm ak jan ansyen yo, chèf relijye yo, ak direktè lalwa yo gen pou fè L soufri e touye L, epi Li gen pou L resisite sou 3 jou.” Li pa t konnen davans ki travay Li te dwe fè, men nan yon moman espesifik. Li pa t konnen nèt, pi vit Li te fèt, Sentespri a te travay piti piti nan Li, e te gen yon pwosesis pou rive nan travay la. Si, depi nan kòmansman an, Li te konnen, Li se Bondye, e Kris la, e Pitit enkane lòm nan, Li te dwe akonpli travay krisifiksyon an, enben poukisa Li pa t travay anvan? Poukisa se sèlman apre Li te pale disip Li yo de ministè Li, Jezi te santi lapenn, epi Li te priye sensèman pou sa? Poukisa Jan te louvri chimen an pou Li epi batize li anvan Li te vin konprann anpil bagay Li pat konprann? Sa Bagay sa a pwouve a sèke se te travay Bondye ki enkane nan kò a, e konsa pou Li konprann, epi reyalize, te gen yon pwosesis, paske se kò enkane Bondye a Li te ye, Li menm ki gen travay ki te diferan ak sa Lespri a te fè dirèkteman.

Chak etap nan travay Bondye a swiv yon sèl ak menm kouran an, e konsa nan sis mil ane plan jesyon Bondye a, chak etap te ge yon lòt kole kole dèyè l, depi nan fondasyon mond lan jouk pou rive jodi a. Si pa t gen okenn moun pou pave wout la, enben pa tap gen pesonn pou vini apre; depi gen moun ki vini apre, gen moun ki pave wout la. Nan fason sa a travay la te transmèt, etap pa etap. Yon etap vin aprè lòt la, epi san yon moun pou louvri chimen an, li tap enposib pou kòmanse travay la, epi Bondye pa tap gen okenn mwayen pou Li fè travay Li vanse. Pa gen etap ki kontredi lòt la, epi chak swiv lòt la nan sekans pou yo fòme yon kouran; se menm Lespri a ki fè tout sa. Men, kit yon moun louvri chimen an oswa reyalize travay yon lòt, sa pa detèmine idantite yo. Èske sa pa bon? Jan te louvri chimen an, epi Jezi kontinye travay Li, kidonk èske sa pwouve, idantite Jezi pi ba pase idantite Jan? Jewova te fè travay Li anvan Jezi, kidonk, èske ou ka di Jewova pi gran pase Jezi? kit yo pave wout la oswa reyalize travay lòt moun, se pa enpòtan; sa ki pi enpòtan an se sans travay yo fè a, ak idantite li reprezante a. Èske sa pa bon? Piske Bondye te gen entansyon travay nan mitan lòm, Li te oblije leve moun ki te kapab fè travay pave chimen an. Lè Jan te fenk kòmanse preche, li te di: “Pare chemen Seyè a, fè wout Li a byen dwat.” “Tounen vin jwenn Bondye, paske wayòm syèl la pa lwen.” Li te pale konsa depi nan kòmansman, e poukisa li te kapab di pawòl sa yo? Nan lòd yo te di pawòl sa yo, se Jan ki te pale levanjil wayòm syèl la pou premye fwa, epi Jezi te pale apre. Dapre nosyon lòm yo, se Jan ki te louvri nouvo chimen an, e konsa natirèlman Jan te pi gran pase Jezi. Men, Jan pa t di se li ki Kris la, epi Bondye pa t rann temwayaj pou li kòm Pitit Bondye renmen anpil la, men tou senpleman Bondye itilize l pou louvri chimen an ak prepare chimen an pou Seyè a. Li te pave wout la pou Jezi, men li pa t kapab travay sou non Jezi. Sentespri a te kenbe tout travay lèzòm yo tou.

Nan epòk Ansyen Testaman an, se te Jewova ki te dirije chimen an, e travay Jewova a te reprezante tout epòk Ansyen Testaman an, e tout travay ki te fèt nan pèp Izrayèl la. Moyiz annik konfime travay sa a sou tè a, e travay li yo konsidere kòm koperasyon lèzòm bay. Nan moman sa a, se te Jewova ki t ap pale, Li te rele Moyiz, Li te leve Moyiz nan mitan pèp Izrayèl la, Li te fè l mennen yo nan dezè a epi ale Kanaran. Sa a pa t travay Moyiz li menm, men sa Jewova te dirije pèsonèlman an, epi konsa yo pa kapab rele Moyiz Bondye. Moyiz te tabli lalwa a tou, men se Jewova ki te dekrete lwa sa a pèsonèlman. Li te jis fè Moyiz eksprime li. Jezi te fè kòmandman tou, e Li te aboli lwa Ansyen Testaman an epi Li te etabli kòmandman yo pou nouvo epòk la. Poukisa Jezi se Bondye Li menm? Paske gen yon diferans. Nan moman sa a, travay Moyiz te fè a pa t reprezante epòk la, ni li pa t louvri yon nouvo chimen; Jewova te dirije l devan e li te senpleman yon moun Bondye te itilize. Lè Jezi te vini, Jan te fè yon etap nan travay pave wout la epi li te kòmanse gaye bòn nouvèl wayòm syèl la (Sentespri a te kòmanse sa a). Lè Jezi te vini, Li te fè pwòp travay Li dirèkteman, men te gen yon gwo diferans ant travay Li a ak travay Moyiz la. Ezayi te bay anpil pwofesi, men poukisa li pa Bondye Li menm? Jezi pa t bay anpil pwofesi, men poukisa Li te Bondye Li menm? Pyès moun pa t azade yo di, tout travay Jezi yo nan tan sa te soti nan Sentespri a, ni yo pa t azade yo di, tout te soti nan volonte lòm, oswa li te totalman travay Bondye fè Li menm. Lòm pa t gen okenn mwayen pou yo analize bagay sa yo. Yo ka di, Ezayi te fè travay sa a, epi li te bay pwofesi sa yo, epi yo tout te soti nan Sentespri a; yo pa t soti dirèkteman nan Ezayi, men se revelasyon Jewova te bay. Jezi pa t fè yon gwo kantite travay, epi li pa t di anpil pawòl, ni li pa t bay anpil pwofesi. Pou lòm, predikasyon Li a pa t sanble plase wo sitou, men se Bondye Li te ye Li menm, e sa lèzòm pa kapab eksplike a. Pesonn pa t janm kwè nan Jan, ni nan Ezayi, ni nan David, ni okenn moun pa t janm rele yo Bondye, ni David, ni Jan, ni Bondye; pèsonn pa t janm pale konsa, e se Jezi sèlman ki te janm rele Kris. Klasifikasyon sa a fèt dapre temwayaj Bondye, dapre travay Li te antreprann, ak dapre ministè Li te fè. Konsènan gran mesye yo nan Bib la—Abraram, David, Jozye, Danyèl, Ezayi, Jan ak Jezi—atravè travay yo te fè, ou kapab di kiyès ki se Bondye Li menm, e ki kalite moun ki se pwofèt, epi kiyès ki se apot. Ki moun Bondye te itilize, epi ki moun ki te Bondye Li menm, ki moun esans ak kalite travay yo te diferansye e detèmine yo. Si ou pa kapab di diferans lan, enben sa pwouve, ou pa konnen ki sa sa vle di kwè nan Bondye. Jezi se Bondye paske Li te pale anpil pawòl, e Li te fè anpil travay, an patikilye demonstrasyon anpil mirak Li yo. Menm jan an tou, Jan te fè anpil travay tou, epi li te pale anpil pawòl, tankou Moyiz te fè; poukisa yo pa t rele yo Bondye? Se Bondye ki te kreye Adan dirèkteman; poukisa yo pa t rele l Bondye, olye yo te jis rele l yon kreyati? Si yon moun di w, “Jodi a, Bondye fè anpil travay, Li pale anpil pawòl; Li se Bondye Li menm. Enben, piske Moyiz te pale anpil pawòl, li menm tou se Bondye li dwe te ye li menm!” ou ta dwe mande yo an retou, “Nan moman sa a, poukisa Bondye te rann temwayaj pou Jezi, epi non pou Jan, kòm Bondye Li menm? Èske Jan pa vini anvan Jezi? Kisa ki pi gran, travay Jan oswa travay Jezi? Pou lòm, travay Jan parèt pi gran pase travay Jezi a, men poukisa Sentespri a te rann temwayaj pou Jezi, e non pou Jan?” Menm bagay la ap pase jodi a! Nan moman sa a, lè Moyiz te dirije pèp Izrayèl la, Jewova te pale avè l nan mitan nyaj yo. Moyiz pa t pale dirèkteman, men olye sa, se Jewova ki te gide l dirèkteman. Sa a se te travay pèp Izrayèl Ansyen Testaman an. Anndan Moyiz pa t gen ni Lespri Bondye a, ni Bondye. Li pa t kapab fè travay sa a, e konsa gen yon gwo diferans ant travay li fè ak travay Jezi fè. E se paske travay yo te fè a te diferan! Kit se yon moun Bondye itilize, oswa li se yon pwofèt, oswa le se yon apot, oswa Li se Bondye Li menm, nati travay li kapab disène l, e sa pral mete yon fen nan dout ou yo. Nan Bib la li ekri, se sèlman ti Mouton an ki kapab louvri sèt so yo. Pandan tout epòk yo, te gen anpil ekspozan ekriti yo nan mitan gwo figi sa yo, e konsa, èske ou kapab di, yo tout se ti Mouton an? Èske ou kapab di, tout eksplikasyon yo soti nan Bondye? Yo se ekspozan senpleman; yo pa gen idantite ti Mouton an. Ki jan yo ta ka diy pou louvri sèt so yo? Se vre wi, “Se ti Mouton an sèlman ki kapab louvri sèt so yo,” men Li pa sèlman vini pou louvri sèt so yo; pa gen okenn nesesite pou travay sa a, li fè pa aksidan. Li klè nèt sou pwòp travay Li; èske li nesesè pou Li pase anpil tan ap entèprete ekriti yo? Eske “epòk ti Mouton an ap Entèprete Ekriti yo” dwe ajoute sou sis mil ane travay? Li vin fè nouvo travay, men Li bay kèk revelasyon tou sou travay tan pase yo, pou fè moun konprann verite sis mil ane travay la. Pa gen okenn nesesite pou eksplike twòp pasaj nan Bib la; se travay jodi a ki se kle, se li ki enpòtan. Ou ta dwe konnen, Bondye pa vini espesyalman pou kraze sèt so yo, men pou fè travay delivrans lan.

Ou konnen sèlman, Jezi va desann pandan dènye jou yo, men ki jan egzakteman Li pral desann? Yon pechè tankou nou, ki te jis delivre, epi kit pa t chanje, oswa Bondye te rann pafè, èske ou ka selon kè Bondye a? Pou ou, ou menm ki toujou ansyen moun ou te ye a, se vre Jezi te sove w, e ou pa konte kòm yon pechè akòz delivrans Bondye a, men sa pa pwouve, ou pa gen peche, e ou pa yon moun ki pa pwòp. Ki jan ou kapab tankou sen si ou pa t chanje? Anndan, malpwòpte, egoyis ak mechanste ap anbete w, men ou toujou vle desann ak Jezi—ou ta dwe tèlman gen chans! Ou te manke yon etap nan kwayans ou nan Bondye: Ou te annik rachte, men ou pa t chanje. Pou ou dapre kè Bondye, se Bondye ki dwe fè travay pou chanje ou ak netwaye w la pèsonèlman; si ou sèlman rachte, ou pa pral anmezi pou atenn sentete. Nan fason sa a ou p ap kalifye pou patisipe nan bon benediksyon Bondye yo, paske ou te manke yon etap nan travay Bondye ki ap jere lòm nan, sa ki se etap kle pou chanje epi rann pafè. Ou menm, yon pechè ki te jis rachte, poutèt sa, ou pa anmezi pou eritye eritaj Bondye a dirèkteman.

San kòmansman etap nouvo travay sa a, ki moun ki konnen jiski kote nou menm evanjelis, predikatè, ekspozan ak sa yo rele gwo mesye espirityèl yo ta ale! San kòmansman etap nouvo travay sa a, sa nou pale yo ta dwe demode! Se oswa li se yon kesyon monte sou fòtèy la, swa prepare nivo pou vin tounen yon wa; oswa nye tèt nou oswa soumèt pwòp kò nou; swa pou nou pasyan oswa aprann leson nan tout bagay; swa imilite oubyen lanmou. Èske sa se pa chante menm ansyen melodi a? Li se jis yon fason pou rele menm bagay la nan yon non diferan! Swa kouvri pwòp tèt e kraze pen, oswa etann men e priye, epi geri malad yo e chase move lespri yo. Èske ta kapab gen yon travay nouvo? Èske ta kapab gen yon lide devlopman? Si ou kontinye pou dirije nan fason sa a, ou pral soumèt ou anba doktrin je fèmen, oswa ou pral ou pral soumèt ou anba konvansyon. Nou kwè travay nou yo dwe tèlman wo, men ou pa konnen, “ansyen mesye” nan tan lontan sa yo te pase tout e anseye tout? Èske tout sa nou di e nou pa fè se dènye pawòl ansyen mesye sa yo? Èske se pa sa ansyen mesye sa yo te chaje anvan yo te mouri? Èske w panse aksyon ou yo depase aksyon apot yo ak pwofèt jenerasyon pase yo, e menm depase tout bagay? Konmansman etap travay sa a te pote yon fen nan adorasyon travay Temwen Lee nou an k ap chèche vin yon wa ak monte sou fòtèy la, epi li te arete awogans nou ak ofans nou, yon fason pou nou pa kapab mele nan etap travay sa a. San etap travay sa a, nou ta koule tout tan pi fon jiskaske nou pa tap ka chanje. Gen twòp bagay ki ansyen nan mitan nou! Erezman, travay jodi a te fè nou tounen; otreman, ki moun ki konnen ki direksyon nou tap pran! Piske Bondye se yon Bondye ki toujou nouvo e ki pa janm ansyen, poukisa ou pa chèche nouvo bagay yo? Poukisa ou toujou rete kole nan vye bagay yo? Epi konsa, konesans travay Sentespri a jodi a se sa ki gen pi gwo enpòtans lan!

Avan:  Ou ta Dwe Konnen Kòman Tout Limanite te Devlope jiska Jodi a

Pwochen:  Nou ta Dwe Mete Avantaj Estati Ba Nou Apa, epi Konprann Volonte Bondye pou Sove Lèzòm

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger